23
100% aprantisaj an pèsòn An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl 19 Out 2021 Retounen san danje An pèson Enstriksyon

An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl

  • Upload
    others

  • View
    1

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

Page 1: An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl

100% aprantisaj an pèsòn

An nou Pale:

2021-2022 Retounen Lekòl

19 Out 2021

Retounen

san danje

An pèson

Enstriksyon

Page 2: An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl

Objektif

Sante ak Sekirite pral kontinye an tèt nan desizyon n'

ap pran nan Stamford. Objektif Connecticut State

Department of Education (CSDE) an se pou tout elèv

retounen lekòl nan aprantisaj 100% an pèsòn.

Page 3: An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl

Gid Kachnen

Dapre Dekrè Egzekitif 13A aktyèl la, kachnen yo

obligatwa andedan tout sikonskripsyon eskolè lokal yo

jouk 30 septanm. Daprè CSDE, yon lòd federal egzije

kachnen nan tout transpò piblik, ki gen ladan otobis lekòl

yo. Nou pral kontinye travay avèk Depatman Sante

Stamford la pou fè desizyon yo vanse.

Page 4: An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl

Daprè CSDE ak Department of Public Health (DPH)

Eta a, elèv yo ta dwe kenbe 3 pye distans sosyal

maksimòm posib. Lè yo retire yon kachnen pou

manje ak bwè, distans lan pral ogmante a 6 pye

maksimòm posib (yo ka itilize yon baryè nan kèk

sitiyasyon).

Distans Fizik

Page 5: An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl

Bon ijyèn men kontinye sèvi kòm yon estrateji

enpòtan pou nan lit k' ap mennen pou konbat

COVID-19. Dezenfektan men pral disponib tout

kote, nan salklas ak nan zòn komen yo. Yo pral

ankouraje elèv yo ak anplwaye yo lave men yo

pandan 20 segonn pou pi piti asesouvan pandan

tout jounen an.

Ijyèn Men

Page 6: An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl

Karantèn ki pa ki gen rapò ak espò - elèv yo ka

retounen lekòl apre 10 jou san yo pa bezwen yon tès

negatif, a kondisyon yo pa gen okenn sentòm COVID-

19 ki parèt pandan 10 jou yo. Yo dwe kontwole tout

elèv yo pou sentòm ki gen pou wè ak COVID-19

pandan yon peryòd 14 jou.

Egzjans Karantèn yo.

Page 7: An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl

Pandan ane lekòl 2021-2022 a, Lekòl Piblik

Stamford yo pral patisipe nan yon pwogram tès

volontè, depistaj gratis. Menm lè sa pa

obligatwa, anplwaye ak elèv ki pa vaksinen yo ap

gen opòtinite pou yo teste yo chak semèn nan

lekòl yo a. Se DPH ki bay founisè tès la.

Depistaj / Tès

Page 8: An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl

DPH dekri vaksinasyon kòm yon estrateji enpòtan pou

diminye epi ankouraje fanmi yo konsidere vaksinasyon

kòm yon opsyon pou elèv ki gen laj ki kalifye yo ak lòt

manm nan fanmi yo. Ale nan paj Enfòmasyon sou

Vaksinasyon COVID-19 nan sit entènèt vil la pou plis

enfòmasyon.

Vaksinasyo

n

Page 9: An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl

Vantilasyon

SPS ap swiv rekòmandasyon DPH ak CSDE yo pou remete

sistèm HVAC yo an sèvis nan sikonskripsyon an.

Sous Dlo yo

Tout sous dlo yo pral relouvri pou ranpli boutèy sèlman.

Depatman Enstalasyon yo pral itilize konsèy DPH yo pou

Retounen nan Sèvis pou relouvri sous dlo yo, ki pral gen

ladan tou tès depatman sante lokal la pral fè.

Enstalasyon yo

Page 10: An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl

Restriksyon Tanporè yo sou Vizitè ki Pa Esansyèl nan

Etablisman Lekòl yo--Pou kapab asire sante ak sekirite elèv ak

anplwaye SPS yo pandan pandemi COVID-19 la epi avèk

rekòmandasyon Connecticut DPH la, vizitè ki pa esansyèl yo pap

gen aksè nan establisman lekòl yo anvan, pandan, oswa apre

jounen lekòl la lè lekòl la ap fonksyone. Restriksyon sa a pap

aplike pou vizitè oswa anplwaye yo ki bezwen jwenn aksè nan

Biwo Santral SPS la pou travay sou papye, pou patisipe nan

reyinyon ak responsab lekòl yo, oswa vle patisipe nan yon

reyinyon konsèy edikasyon an oswa lòt reyinyon piblik k ap fèt

nan Biwo Santral la.

Fanmi yo / Vizitè yo

Page 11: An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl

Selon Konsèy Pwovizwa (Jiyè 2021) ki soti nan CSDE, an

jeneral, elèv yo pral retounen lekòl pou 2021-2022 epi

kounye a pa gen okenn opsyon pou ofri yon modèl

aprantisaj a distans. Sepandan, nou pral konsidere bezwen

espesifik endividyèl elèv yo epi devlope plan pou elèv ki

gen andikap oswa plan 504 yo, elèv ki izole oswa nan

karantèn yo, ak elèv ki ap viv avèk manm fanmi ki frajil yo.

Aprantisaj Adistans

Page 12: An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl

● Planning and Placement Teams (PPTs) ak ekip Seksyon 504 yo

dwe kontinye fè plasman ak detèminasyon pwogramasyon

endividyalize ki baze sou sèl bezwen elèv yo.

● Lè PPT yo rekòmande aprantisaj a distans kòm yon opsyon nan

kay la, yo dwe fè tout efò pou yo bay yon eksperyans aprantisaj

konplè a distans epi aplike IEP a jan sa prevwa pou aprantisaj

nan lekòl la.

● Pou elèv medikalman frajil yo ki bezwen enstriksyon nan kay

la, PPT yo ak ekip Seksyon 504 yo dwe swiv pwosesis

ansèyman lakay yo.

SPED ak 504

Page 13: An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl

● Fanmi yo ak administrasyon lekòl la pral enfòme sou bezwen nan

izole oswa mete an karantèn yon elèv atravè yon lèt Depatman Sante

Stamford la. Dat yo nan peryòd izolman oswa karantèn obligatwa yo

pral ekri nan PowerSchool pou pwofesè (a/yo) elèv la okouran.

● Lè yon elèv (yo) oblije izole oswa antre an karantèn, elèv la (yo) pral

patisipe nan aprantisaj li yo atravè apratisaj a distans pwofesè li a (yo)

bay.

Elèv an Izolman oswa Karantèn

Page 14: An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl

● Si gen yon epidemi nan yon salklas an patikilye, nivo

eskolè oswa lekòl, ki egzije yo fèmen tanporèman pou

yon peryòd tan, yo pral bay tout elèv fèmti a afekte

aprantisaj a distans.

Epidemi Lokalize

Page 15: An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl

Selon gid CSDE a, opòtinite aprantisaj a distans yo ka nesesè

nan sikonstans ra ak endividyèl, pou elèv ki gen risk wo yo fas a

COVID-19 la akòz yo abite ak manm fanmi yo ki gen

dokimante ki montre yo vilnerab fas a COVID-19. Nenpòt

paran/gadyen ki vle mande yon aranjman pou aprantisaj a

distans dwe swiv yon pwosesis fòmèl pou mande apwobasyon

nan Biwo Angajman Fanmi ak Kominote a. Elèv yo bay

akomodasyon pou aprantisaj a distans atravè pwosesis sa a ap

gen aksè a pwogram sou entènèt avèk sipò yon pwofesè SPS.

Elèv avèk Manm Fanmi Vilnerab yo

Page 16: An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl

Espò ak Lòt Aktivite yo ki pa nan Pwogram lan

Dapre CIAC, espò Otòn yo nan Connecticut pwograme pou kòmanse alè ak yon sezon

konplè. Yo dwe mete kachnen pou nenpòt espò andedan kay ak yon limit 2 envite pou

chak atlèt. Ekip atletik lekòl segondè yo pral swiv gid CIAC pou espò endividyèl yo.

Pli to vaksinasyon nan yon ekip wo, plis chans pou ekip sa a kapab kontinye pratike,

kenbe orè aktyèl yo, epi konplete sezon li a.

Yo ankouraje lè sa posib, aktivite deyò ki pa nan pwogram lan. Yo dwe respekte

tout pwotokòl sekirite yo epi elèv yo kenbe 6-pye distans nan lè sa posib. Yo dwe pran

patisipasyon nan pwogram sa yo nan ka kote swiv tras kontak yo nesesè. Anvan

premye jou pwogram nan, direktè bilding lan dwe soumèt chak plan pwogram lan epi

asosye sipèentandan an dwe apwouve li.

Page 17: An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl

SPS pral kontinye swiv Gid Klas Mizik Eta a pou

mizik enstrimantal ak bann. Pandan gid aktyalize a ap

sòti, SPS pral detèmine nenpòt chanjman ki nesesè.

Mizik Enstrimantal ak Bann

Page 18: An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl

Elèv yo ta dwe pase tan deyò, plis sa posib pou

rekreyasyon ak PE. Pa gen kachnen ki nesesè. Yo

pral mete anplas sou tout sit yo pwotokòl ijyèn-

Men yo anvan ak aprè.

Rekreyasyon ak PE.

Page 19: An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl

SPS pral angaje ak fanmi nou yo ak kominote yo epi ankouraje opòtinite

pou kominikasyon regilye nan de sans.

● Òganize Seminè sou Entènet pou Paran sou pwosedi relouvèti ak lòt

sijè enpòtan yo.

● Ankouraje tout moun pou yo respekte pratik pou diminye risk lakay

yo ak nan kominote a.

● Mete enfòmasyon yo disponib pou paran yo ak fanmi yo nan plizyè

lang lè sa posib.

● Itilize zouti kominikasyon ki bay opòtinite pou kominikasyon nan de-

sans ant anplwaye yo ak fanmi yo.

Angajman Fanmi ak Kominote

Page 20: An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl

Pwofesè yo ta dwe planifye aktivite ki sipòte opòtinite pou elèv yo konekte ak

anplwaye youn ak lòt sosyalman pandan nap relouvri lekòl yo nan mwa Out. Men

kèk egzanp:

● Pwogram Bridge yo anvan premye jou ofisyèl ane lekòl 2021-2022 la.

● Aktivite pou aprann Konnen tèt ou.

● Aplike estrikti tankou salye elèv yo nan pòt la, anjeristreman yo, reyinyon yo

nan maten, pratik reparatif, tan koneksyon, konsey pou elèv yo, elatriye.

● Opòtinite pou elèv yo pataje vwa yo.

● Ansèyman ladrès ak estrateji yo sou pwòp-konsyans ou, jesyon pwòp tèt ou,

konsyans sosyal, relasyon bati ak ladrès, ak pran desizyon responsab.

● Ekip sipò (savledi, psikològ ak travayè sosyal) ta dwe prezante tèt yo, eksplike

wòl yo bay tout elèv yo epi yo ta dwe disponib toutotan sa posib pou sipòte

aktivite sa yo.

Aprantisaj Sosyo-Emosyonèl ak Sipò

Sante Mantal yo

Page 21: An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl

SPS kontinye ankouraje fanmi yo pou depoze epi vinn

pran elèv yo pou bay plis distans nan bis lekòl yo. Jan

sa ekri a, kachnen yo obligatwa nan tout otobis lekòl

yo. Jan DPH rekòmande sa, elèv yo pral gen plas

make ak non yo lè sa posib epi fenèt yo ap louvri pou

ede avèk vantilasyon.

Pwen Otobis ak kote pou

depoze Elèv

Page 22: An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl

Yo te pwolonje pwogram manje gratis USDA pou tout elèv nan ane lekòl 2021-2022 a.

Elèv yo dwe swiv pwotokòl apwopriye distans sosyal lè y ap manje manje maten/manje midi nan

kafeterya a ak/oswa salklas yo. Sa gen ladan de opsyon prensipal:

1. Elèv yo te chita a 6 pye distans yon lòt nan menm direksyon an.

2. Elèv yo ki te chita a 3 pye distans yon lòt dwe gen yon baryè fizik.

Tanpri sonje:

● Yo dwe aprann elèv yo manje dèyè baryè a, kòm yo pral retire kachnen yo nan moman sa a.

● Elèv yo dwe gen yon plas konsistan nan kafeterya a ak/oswa salklas la.

● Elèv yo ka swa ale nan yon liy k ap sèvi manje oswa mande yo pote manje pou yo nan salklas la.

● Y'ao disponibilize tout manje yo san frè pou tout elèv yo epi yo pral kontinye sèvi pake tou prepare

kòm Manje anbwate.

Sèvis Repa ak Manje Midi

Page 23: An nou Pale: 2021-2022 Retounen Lekòl

Si ou gen nenpòt lòt kesyon ou ka voye l nan:

[email protected]