68
BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265 • Faks: 617-635-9568 [email protected] www.bostonpublicschools.org Gid Lekòl Piblik Boston nan disponib an Kreyòl Kapvèdyen, Chinwa, Angle, Kreyòl Ayisyen, Pòtigè, Somalyen, Panyòl ak Vyetnamyen. Piblikasyon sa a se yon rezime sou anpil lwa, regleman, gid ak pratik ki enpòtan pou elèv Lekòl Piblik Boston (BPS) ak paran yo epitou lòt moun ki responsab yo. Se pa entansyon nou nan liv sa a pou nou prezante yon lis konplè tout lwa ak regleman ki gen arevwa ak elèv epi paran. Lwa eta yo ak lwa federal, regleman BPS, gid ak pratik nan distri a ak nan etablisman lekòl yo kapab chanje a nenpòt ki moman. Kèk enfòmasyon ka deja chanje paske dènye Gid la te enprime an jiyè 2013. 2013–2014 Gid pou Fanmi ak Elèv Lekòl Piblik Boston yo

BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

  • Upload
    others

  • View
    1

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

Page 1: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

BOSTONPublic SchoolsFocus on Children

Pwodiksyon:

Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston

26 Court Street • Boston, MA 02108

Vwa: 617-635-9265 • Faks: 617-635-9568

[email protected]

www.bostonpublicschools.org

Gid Lekòl Piblik Boston nan disponib an

Kreyòl Kapvèdyen, Chinwa, Angle, Kreyòl Ayisyen, Pòtigè,

Somalyen, Panyòl ak Vyetnamyen.

Piblikasyon sa a se yon rezime sou anpil lwa, regleman, gid ak pratik ki enpòtan pou elèv Lekòl Piblik Boston (BPS) ak paran yo epitou lòt moun ki responsab yo. Se pa entansyon nou nan liv sa a pou nou prezante yon lis konplè tout lwa ak regleman ki gen arevwa ak elèv epi paran.

Lwa eta yo ak lwa federal, regleman BPS, gid ak pratik nan distri a ak nan etablisman lekòl yo kapab chanje a nenpòt ki moman. Kèk enfòmasyon ka deja chanje paske dènye Gid la te enprime an jiyè 2013.

2013–2014Gid pou Fanmi ak Elèv Lekòl Piblik Boston yo

Page 2: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

Gid 2013–2014Pou Fanmi ak Elèv

Lekòl Piblik Boston yoVil Boston

Thomas M. Menino, Majistra

Komite Lekòl Boston yoMichael D. O’Neill, Alatèt

Alfreda Harris, Alatèt AnnapreMeg Campbell

Hardin ColemanRev. Gregory G. Groover

Claudio MartinezMary Tamer

Lekòl Piblik BostonJohn P. McDonough, Sipèentandan Enterimè

Septanm 2013

Misyon Nou

Antan kote sistèm edikasyon piblik leta te kòmanse nan nasyon sa a, Lekòl Piblik Boston pran angajman pou li transfòme lavi tout timoun yo atravè

bonjan ansèyman inovatif premye klas epi ki akeyan. Nou travay koudakoud ak patnè nan kominote a, fanmi yo ak elèv yo dekwa pou devlope lakay chak elèv k ap aprann konesans, ladrès ak karaktè pou yo reyisi nan kolèj, nan karyè yo ak

nan lavi yo.

Regleman Non-Diskriminasyon

Lekòl Piblik Boston pa diskrimine nan pwogram li yo, aktivite yo, lokal li yo, travay ak opòtinite edikasyonèl sou baz ras, koulè, laj, enfimite, sèks/fi ak gason, idantite seksyèl, kwayans relijye, orijin nasyonal, zansèt, revanj, oryantasyon seksyèl, jenetik osinon estati militè epitou nou pa tolere kèlkilanswa fòm diskriminasyon, entimidasyon, menas, presyon oubyen zak ki kapab ensilte diyite lòt moun ak bloke

tout libète yo genyen pou yo aprann epi travay.

Page 3: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

www.bostonpublicschools.org 3

Kisa Ki Anndan anKalandriye Lekòl 2013–2014 Anndan Paj kouvèti a

Mesaj Sipèantandan an 4

Lis Sèvis pou Fanmi yo 5

Tèt Ansanm Lafanmi/LekòlKoneksyon ak Lekòl la 6Komite Konsèy Paran ak Komite Paran nan Lekòl 6-7Lòt Gwoup pou Paran 7Sant Dakèy BPS 7Inivèsite Paran 7Èd Sosyal pou Fanmi 7Vizitè nan Lekòl! 8Regleman Sou Kominikasyon 8Tchèk-Lis pou Rezoud Pwoblèm 9Pou Aprann Plis Sou Lafanmi ak Tèt Ansanm Kominotè 9Prepare pou yon Bonjan Reyinyon Paran-Pwofesè 10Koneksyon Lakay la: Fason Senp pou Ankouraje Aprantisaj 11Chwazi Liv pou Timoun 11Sijesyon nan Lekti ak Matematik pou Paran 12

Pwomosyon ak Evalyasyon Regleman Pwomosyon BPS 13Regleman Pwomosyon ak Prezans nan Lekòl 14Sipò pou Elèv ki Bezwen Èd Anplis 15Evalyasyon: Mezire Akonplisman Elèv 16MCAS 16Fèmen Baryè nan Akonplisman 17Lekòl Elemantè: Rezime Pwomosyon, Tès ak Devwa Lakay 18Lekòl Mwayen: Rezime Pwomosyon, Tès ak Devwa Lakay 20Lekòl Segondè: Rezime Pwomosyon, Tès ak Devwa Lakay 22

Pwogram EspesyalElèv k ap Aprann Lang Angle 24Sèvis Edikasyon Espesyal ak pou Elèv yo 25Opsyon pou Edikasyon 26Travay nan Klas Avanse 26Lekòl ak Konkou Dantre 27Enstriksyon Lakay ak nan Lopital 27Lekòl Lakay 27

Sèvis pou Elèv yoSante ak Byennèt: 28 Sèvis Sante 28 Edikasyon pou Sante 30 Anviwonman Ansante ak an Sekirite 31 Edikasyon Fizik 32 Regleman Byennèt 32Transpòtasyon 33

Kontra Akò Paran ak Elèv yo: 35-38TANPRI SIYEN EPI VOYE LI TOUNEN!

Sèvis pou Elèv yoSèvis pou Manje ak Nitrisyon 39

Regleman BPSSekirite Elèv ak Ka Dijans 40Pinga Diskriminasyon ak Dwa Sivil 42Kòd Konduit 43Itilize Entènèt nan Lekòl 46Regleman sou Lojman pou Elèv 47Enskripsyon Lekòl ak Plasman 48Dosye Elèv 50Seremoni Remiz Diplòm 51Devwa Lakay 51Reta 51Kazye Elèv 52Telefòn Selilè 52Pwopriyete Pèsonèl 52Kanè Eskolè 52Aktivite Atletik 53Lè Jounen Lekòl la Ranvwaye 53Angajman Elèv ak Gouvènans 53Inifòm Lekòl 54Swen Liv ak Lòt Materyèl Lekòl 54Dlo Pwòp pou Bwè 54Regleman sou Anviwonnman San Tabak 54

Resous Anplis pou Lafanmi 55Lwa Okenn Timoun Pa Dwe Ret Dèyè “(NCLB)” 56NCLB ak Kont Randi 56Kanè Lekòl ak Distri yo 57NCLB ak Kalifikasyon Pwofesè 57NCLB ak Regleman Angajaman Paran 58NCLB ak Kontra Lakay-Lekòl 59Plan Amelyorasyon Tout Lekòl la 59NCLB ak Elèv K ap Aprann Lang Angle yo 60NCLB ak Opsyon Chwa Lekòl ki pa an Sekirite 60

Òganizasyon ki Bay Sesyon Fòmasyon pou Paran ak Devlopman Pwofesyonèl 61

Lis Lekòl Piblik Boston yo 64

Kòmansman ak Finisman Seyans Kou yo ak Orè Kanè pou 2013–2014 Anndan kouvèti dèyè a

Page 4: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 4

Bwat pou Sijesyon

Akò Paran & Elèv la nan paj

35-38 Gid sa a trè enpòtan.

Sonje se yon dokiman legal n

ap kenbe nan dosye lekòl la.

Souple retire paj sa yo nan

livrè a, li epi siyen chak

seksyon lèfini voye Akò a

tounen nan lekòl pitit ou a

touswit.

Nou mande chak paran pou

fè sa pou nou asire nou yo li

gid la epitou yo konprann

regleman ak lwa k ap afekte

pitit yo. Nou bezwen siyati

yon paran oubyen moun ki

responsab la dekwa pou pitit

yo kapab patisipe nan kèk

aktivite lekòl yo.

Lekòl Piblik Boston ta renmen tande lektè Gid sa a.

Èske l itil?

Èske gen kèk enfòmasyon ki manke oubyen ki tètanba?

Èske ou gen kèk sijesyon pou Gid lòt ane a?

Tanpri kontakte: [email protected] 617-635-9265

Tanpri siyen

akò paran ak

elèv yo epi

voye li tounen!

Yon Mesaj Sipèentandan anChè Paran, Moun ki Responsab Timoun yo ak Elèv:N ap di nou tout onè-respè ak anpil chalè pou yon lòt ane tou nèf nan Lekòl Piblik Boston yo. Nou pare pou nou travay ak ou pou ede elèv yo devlope konesans, ladrès ak karaktè pou yo ka reyisi nan lekòl yo ak nan lavi yo.

Kòm ou konnen, ane sa a se yon ane tranzisyon pou distri nou an pandan kominote nou an ap chache yon nouvo sipèentandan ki kapab ede nou rann distri a ki deja younn nan pi bon distri gwo vil nan nasyon an vin pi djanm toujou. Ane sa a n ap rete konsantre sou travay nou pou nou ranfòse enstriksyon ak lidèship nan lekòl yo, redrese lekòl ki pap pèfòme byen yo, epi repwodui siksè anpil lekòl nou yo ki ekstrawòdinè yo. Nou ap fè posib nou pou ofri tout elèv nou

yo yon edikasyon premye klas ak esperyans anrichisan nan domèn atistik, espò, leson patikilyè apre lekòl ak pwogram an ete, ansanm ak yon sistèm sipò sosyal solid ak nan lasante tou.

Fanmi yo se patnè ki pi enpòtan pou nou nan akselerasyon reyisit elèv yo. Nou pare pou koute sa ou gen pou di nou epi nou asire ou n ap toujou ba ou tout enfòmasyon ou reklame. Pami angajman nou pran, nou ap prezante ak anpil plezi Gid Lekòl Piblik Boston yo. Se yon piblikasyon ki chaje ak anpil enfòmasyon enpòtan sou lekòl nou yo epi sou patisipasyon fanmi w nan edikasyon pitit ou. Tanpri souple, li liv sa a epi sere l. Ou ka tounen sou li tanzantan pandan ane lekòl la.

Poukisa Gid sa a Enpòtan?Premyèman, li esplike anpil nan regleman ki afekte elèv yo: pa egzanp kisa elèv yo dwe fè pou yo pase nan lòt klas, kisa nou espere elèv yo dwe fè dekwa pou espas lekòl la rete ansekirite ak respè pou travay ansèyman an ka pase byen ant pwofesè yo ak lòt elèv yo. Anpli, li esplike tou konsekans k ap rive si elèv yo pa reponn demann nou yo.

Dezyèmman, li esplike anpil mwayen fanmi yo ka fè pou ankouraje pitit yo aprann, ni lekòl ni lakay.

Twazyèmman, li deskri tout dwa lalwa garanti elèv ak paran yo, pa egzanp dwa pou yo jwenn tretman egal-ego menm jan ak tout moun san yo pa kondisere koulè po yo, kidonk ras yo, oswa enfimite yo, dwa pou yo patisipe nan dezisyon k ap pran nan lekòl yo, dwa pou yo konnen si pwofesè pitit yo kalifye pou fè lekòl, avèk dwa pou yo respekte oswa kenbe dosye elèv yo an sekrè. Gid sa a mete paran yo okouran sou kisa yo dwe fè oka yo ta panse yo vyole dwa yo.

Katriyèmman, Gid la bay anpil enfòmasyon konsekan sou plizyè sijè enteresan soti sou tès, pase sou transpòtasyon, rive sou sèvis sante yo ak jou espesyal kote lekòl fèmen.

Anfen, li bay enfòmasyon sou tout lekòl BPS yo ak biwo administratif yo, li founi yon lis resous pou solisyone pwoblèm, resous edikasyon pou paran yo epitou kalandrye ane lekòl la (anndan kouvèti paj devan an).

Regleman Entèn LekòlAnplis lalwa leta ak federal epi Kòd Konduit distri a, chak lekòl gen pwòp regleman pa yo Komite Konsèy Administrasyon Lekòl la apwouve. Direktè lekòl la oblije ba ou yon kopi Regleman Entèn lekòl la ansanm ak Gid sa a.

Tout prensip ak regleman nou yo genyen yon sèl bi... se pou ede elèv yo bay bèl pèfòmans akademik nan yon anviwonman pozitif k ap ankouraje elèv yo aprann nan respè san danje. Avèk ou epi ak patisipasyon ou, nou asire n ap rive nan bi sa a ansanm.

John P. McDonoughSipèentandan Enterimè

Page 5: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 5

Lis Sèvis pou Fanmi yoBiwo Lekòl Piblik Boston (BPS) yoNIMEWO PRENSIPAL ............................................................................617-635-9000Edikasyon Granmoun ak Lekòl Aswè ...................................................617-635-9300Prezans ...............................................................................................617-635-8035Komite Konsiltatif Elèv Boston (BSAC ..................................................617-635-8079Komite Konsèy Paran Vil La (CPC .........................................................617-635-9210Kominikasyon (medya, Sit entènèt ak piblikasyon) ............................617-635-9265Sèvis Konsèy Pedagojik .......................................................................617-635-8030Konte An Desandan Pou Jaden Danfan ................................................617-635-6816Done ak Kont Randi (tèste ..................................................................617-635-9450Edikasyon Matènèl ..............................................................................617-635-9701Opsyon pou Edikasyon (Edikasyon Altènatif) ......................................617-635-8035Pèmi Travay, Elèv .................................................................................617-635-8030Elèv k Ap Aprann Lang Angle ..............................................................617-635-9435Enskripsyon, Planifikasyon & Sipò (plas lekòl ......................................617-635-9516Ekite (pwoblèm diskriminasyon ak dwa sivil) ......................................617-635-9650Lekòl ak Konkou epi Travay nan Klas Avanse (AWC) .............................617-635-9512Angajman Elèv ak Lafanmi (biwo santral) ..........................................617-635-9660Angajman Elèv ak Lafanmi (sipò nan lekòl ak fanmi) ..........................617-635-7750Sant Alfabetizasyon Lafanmi ...............................................................617-635-9300Manje ak Sèvis Nitrisyon .....................................................................617-635-9144Sèvis Konseye Pedagojik .....................................................................617-635-8030Sèvis pou Revizyon Desizyon oka Opozisyon (Pwoblèm Disiplin ..........617-635-1577Sipò pou Elèv Lekòl Segondè ...............................................................617-635-8079Elèv Endijan ........................................................................................617-635-8037Resous Imen (Biwo Pèsonèl.................................................................617-635-9600Enstriksyon ak Enfòmasyon nan Teknoloji (OIIT) ..................................617-635-9199Sant Evalyasyon ak Konsèy pou Elèv Nouvo (Tès Lang). .......................617-635-1565Lidè Operasyon: Lekòl Elemantè ..........................................................617-635-6662Lidè Operasyon: Lekòl Mwayen ak K-8 ................................................617-635-6617Lidè Operasyon: Lekòl Segondè ...........................................................617-635-6711Inivèsite Paran ....................................................................................617-635-1683Sant Re-angajman ..............................................................................617-635-2273Sèvis Sekirite .......................................................................................617-635-8000Komite Lekòl .......................................................................................617-635-9014Rezo Lekòl: al gade nan paj 66-68 pou rezo lekòl pa w la:

Rezo A ak D .....................................................................................617-635-8182Rezo B ak F .....................................................................................617-635-6516Rezo C ak E ......................................................................................617-635-6988Rezo G (Lekòl Segondè ...................................................................617-635-7773Rezo H (Technical/Vocational) ........................................................617-635-9664

Edikasyon Espesyal & Sèvis Elèv ..........................................................617-635-8599Konsèy Direksyon Paran elèv ki gen Bezwen Espesyal (SpedPAC .........617-635-8600Dosye Elèv ...........................................................................................617-635-9507Kou an Ete ...........................................................................................617-635-9414Biwo Sipèentandan .............................................................................617-635-9050Komite Konsèy Paran Boston pou Tit I (BPAC). .....................................617-635-9660Sant Fòmasyon Tit I .............................................................................617-635-7750Transpòtasyon .....................................................................................617-635-9520Sèvis Dakèy .........................................................................................617-635-9085Byennèt ..............................................................................................617-635-6643

Sant Dakèy BPS Dorchester 617-635-8015Campbell Resource Center 1216 Dorchester Ave., Dorchester (akote Burger King la)

Roslindale 617-635-8040515 Hyde Park Ave., Roslindale (apre Cummins Highway)

Roxbury 617-635-9010Madison Park Complex75 Malcolm X Blvd., Roxbury (apre estasyon MBTA Roxbury Crossing nan)

East Boston 617-635-9597nan Lekòl Mario Umana Academy312 Border St., East BostonTelefone oswa vizite sit wèb BPS la pou orè.

Orè pou Sèvis 2013–2014:Pandan Ane Lekòl la: Lendi, madi, jedi ak vandredi 8:30 a.m.-5:00 p.m.

Mèkredi, midi-7 p.m.Ete 2014: Orè a varye; tanpri telefone nenpòt Sant Dakèy oswa vizite

sit entènèt nou an pou detay, bostonpublicschools.orgNou Fèmen: Pou tout fèt federal, eta ak lavil la Orè sa yo pa pou Sant East Boston lan.

Liy Telefònik Dirèk Pou Tounen Lekòl & Enskripsyon 617-635-9046

Èd pou enskripsyon lekòl, plasman nan lekòl, transfè, transpòtasyon, ak lòt kesyon sou lekòl. Lè fonksyònman se Lendi-Vandredi konsa:

19-30 Out 2013 8:30 a.m.–5:00 p.m.3-13 Septanm 2013 8 a.m.–5:00 p.m.2-31 Janvye 2014 8:30 a.m.–5:00 p.m.

Telefòn Ijans Lavil Boston Mete Pou Rapòte Zak Entimidasyon 617-592-2378

Rapòte tout zak entimidasyon ki pase nan lekòl, andeyò lekòl, sou entènèt ak lòt aparèy elektwonik.

Liy Ransèyman Konfidansyèl Pou Sekirite 1-877-SCH-SAFE

Pou elèv kapab repòte menas, zam, dwòg ak sitiyasyon danjre.

Liy Ransèyman sou Lojman 617-635-6775Rapòte san bay non ou tout soupson sou elèv ki ale nan Lekòl Piblik Boston

epi ki pa abite nan Vil Boston.

Lòt Sèvis Andiplis Boston: Sèvis Vil la/Lakomin (9 a.m.–5 p.m. .......................................617-635-4000

www.cityofboston.govNimewo 24 sou 24 Majistra a .........................................................617-635-4500 Sant Boston pou Jenn & Lafanmi (BCYF) ........................................617-635-4920Biwo Lojman nan Boston ................................................................617-988-4000Liy Majistra a pou Sante ............................................................. 1-800-847-0710Biwo pou Nouvo Bostonyen (Miltileng ...........................................617-635-2980Liy Majistra pou Jenn ......................................................................617-635-2240

Depatman Edikasyon Elemantè ak Segondè nan Mass. (DESE) ........ 1-781-338-3300www.doe.mass.edu

Enfòmasyon sou Lekòl Chatè.. ......................................................... 1-781-338-3227Òganizasyon ki Fè Sesyon Fòmasyon & Resous pou Paran .. Al gade nan Paj 61-63

Page 6: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 6

Tèt Ansanm Lafanmi/Lekòl:Koneksyon Ak Lekòl La

Angajman lafanmi jwe yon gwo wòl nan reyisit elèv yo epi rann lekòl byen fasil, sa pèmèt elèv yo devlope yon santiman fyète lè y ap palede kominote lekòl yo a. Se pou sa, Lekòl Piblik Boston (BPS) pran angajman pou l ede

lekòl yo, kore pwofesè yo, paran ak elèv yo ansanm ak kominote a dekwa pou yo tabli relasyon solid ant yo pou elèv la aprann pi byen enpi fè lekòl yo vin pi bon.

Biwo Angajman Fanmi ak Elèv “Office of Family and Student Engagement” travay ak tout lekòl BPS yo pou devlope kapasite lafanmi ak anplwaye lekòl yo, pou ede òganize Komite Konsèy Administrasyon Lekòl yo ansanm ak Komite Paran nan Lekòl, pou ede planifye aktivite ki ankouraje patisipasyon paran yo nan edikasyon pitit yo, li pouse paran ak anplwaye lekòl yo kolabore dekwa pou ogmante aprantisaj lakay timoun yo, espesyalman sila ki poko pale Angle byen yo epi ki ap Aprann Pale Angle anmenmtan ak sila ki nan pwogram edikasyon espesyal yo.

Men kèk egzanp sou kijan lekòl yo ka angaje fanmi yo epi ankouraje elèv yo aprann: konferans paran-pwofesè (2 fwa pa ane pou pi piti) atelye sou sijè elèv yo ap aprann epitou sou kijan pou ede elèv yo prepare

egzamen pwogram pou timoun yo fè lekti lakay vizit estaf oubyen lòt paran lakay lòt aktivite espesyal tankou sware rezève pou Matematik ak sware

Alfabetizasyon Komite Paran nan Lekòl la ak Komite Konsèy Administrasyon Lekòl yo sesyon aprantisaj Inivèsite Paran opòtinite pou travay kòm volontè nan klas yo, nan Sant Familyal lekòl la, nan

aktivite kolekte fon oswa nan aktivite pou lwazi

Chak lekòl piblik nan Boston dwe: kreye espas pou paran reyini ak resous pou fasilite sa mete tan apa chak semenn pou pwofesè yo kontakte osinon rankontre ak

paran reponn kesyon paran yo oubyen sa yo mande prese-prese kominike ak paran yo de tanzantan nan lang paran yo pale lakay yo enfòme

paran yo nan yon langaj byen senp sou metòd ak estrateji k ap pèmèt elèv yo fè pwogrè lekòl, epitou kijan paran yo kapab ede pitit yo lakay

founi paran yo pwogram (yon rezime alekri) sou sijè elèv yo ap gen pou yo kouvri pou chak matyè.

Angajman Lafanmi ak Okenn Timoun Pa Dwe Ret Dèyè Daprè lalwa federal ki di Okenn Timoun Pa Dwe Ret Dèyè (NCLB), tout lekòl ki kalifye pou resevwa lajan federal (Title 1) dwe genyen ekri sou papye “Regleman sou Patisipasyon Paran yo” ke yo devlope ak paran yo epi paran yo apwouve. Regleman sa yo dwe mete aklè pou paran yo kòman yo ka patisipe tankou yon patnè nan lekòl yo sou zafè edikasyon pitit yo.

Anplis, chak lekòl ki nan pwogram (Title 1) an dwe met sou pye yon Akò ant Lekòl ak Lafanmi. Se yon antant ki defini responsablite administratè, elèv, pwofesè, ak paran yo pral pran pou ede elèv yo reyisi. Apre Komite Konsèy Administrasyon Lekòl la fin apwouve akò sa a, tout paran yo dwe resevwa yon kopi pou yo ka siyen.

Al gade nan paj 58-59 pou aprann plis sou NCLB a epi tèt ansanm ant lekòl a lakay.

Komite Konsèy Paran nan LekòlTout lekòl nan BPS -- ak tout lekòl pilòt yo epi lekòl chatè nan distri a -- fèt pou gen yon Komite Konsèy Paran nan Lekòl la (SPC). “SPC” a reyini tout paran nan kominote lekòl la ansanm pou sipòte lekòl la epi pou defann bonjan kalite edikasyon. Kòm paran oubyen responsab yon elèv BPS, ou se yon manm Komite Konsèy Paran nan Lekòl la otomatikman. “SPC” a dwe fè eleksyon pou chwazi yon Komite Egzekitif an otòn epi pran etap pou asire yo komite a aktif epi li divèsifye, li reprezante tout fanmi anndan lekòl la. SPC a eli reprezantan pou sèvi nan Komite Konsèy Administrasyon Lekòl la (SSC) epi travay sere-sere ak “SSC” pou l pase men nan bidjè lekòl la, rekòmande pwogram, patwone aktivite, rezoud pwoblèm, epi kolekte fon pou aktivite lekòl la ap fè.

Si lekòl ou a pa ta gen yon SPC Kontakte Biwo Angajman Lafanmi ak Elèv “Office of Family and Student Engagement” (OFSE) nan 617-635-7750. Yo kapab ede ou devlope youn grasa konkou responsab lekòl la. Epitou ou kapab kontakte biwo OFSE si lekòl ou a pa mete w okouran eleksyon SPC ak SSC, reyinyon ak aktivite.

Komite Konsèy Administrasyon Lekòl yo Genyen anpil desizyon ki pran anndan lekòl yo menm ki afekte edikasyon elèv Lekòl Piblik Boston. Se Komite Konsèy Administrasyon Anndan Lekòl yo ki responsab kesyon sa yo. Tout lekòl dwe genyen yon Komite Konsèy Administrasyon Anndan Lekòl, nan ka lekòl pilòt yo, yo bezwen yon Komite Direksyon. Komite Konsèy Administrasyon Anndan Lekòl yo apwouve oryantasyon ak regleman lekòl la, yo revize bidjè lekòl la tou. Komite Konsèy Administrasyon Anndan lekòl yo konn mande tou pou mete kèk nan prensip lekòl piblik nan Boston yo sou kote. Paran yo se manm enpòtan nan komite konsèy sa yo.

Estaf Sou-Komite Konsèy Administrasyon Lekòl la apwouve anbochman ak transfè pwofesè ki se manm Sendika Pwofesè Boston “Boston Teachers Union”. Li dwe gen yon paran Komite Konsèy Administrasyon Lekòl la chwazi kòm manm

Page 7: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 7

Lòt Gwoup Pou Paran Anplis Komite Konsèy Administrasyon Paran nan Lekòl yo ak Komite Konsèy Administrasyon Lekòl yo, BPS gen gwoup pou paran ki pa pale Angle, ki gen pitit yo ki andikape, epitou ki gen pitit yo nan pwogram Title 1. Nou bay nimewo telefòn yo nan paj 9.

Sant Dakèy BPSSant Dakèy nan Lekòl Piblik Boston (yo te rele Sant Resous Lafanmi) ofri anpil sèvis pou fanmi. Yo nan paj 5. Vizite sant sa yo pou:

jwenn konsèy sou fason pou chwazi lekòl ak regleman sou BPS enskri elèv nouvo nan lekòl aplike pou transfè nan lòt lekòl ranpli fòmilè chanjman adrès si ou demenaje pran enfòmasyon (nan pliyzè lang) sou lekòl, pwogram an ete, resous sou sèvis

lasante ak sèvis imen ki disponib pou fanmi yo nan Boston.

SOUPLE PRAN NÒT: Paran oubyen responsab elèv yo fèt pou montre bonjan idantifikasyon pou TOUT aktivite y ap antreprann nan Sant Dakèy yo.

Inivèsite ParanInivèsite Paran an se yon eksperyans aprantisaj gratis BPS mete anplas pou ede paran yo ogmante konpreyansyon yo nan fason pitit yo aprann enpi devlope; kisa timoun yo dwe aprann; kijan pou ede timoun yo reyisi epi kijan pou rale lòt paran pou mete tèt ansanm dekwa pou lekòl ka vin pi bon. Inivèsite Paran yo ofri klas tou pou esplike fason moun dwe jere lajan, sante ak byennèt, klas Angle pou Moun Ki Pale Lòt Lang (ESOL) ak klas konpitè tou.

Enfòmasyon ak enskripsyon pa entènèt: bpsfamilies.org/parentuniversity 617-635-1683

Trèdinyon ak Fanmi yo BPS sèvi ak yon sistèm pou rele nan telefòn otomatikman epi pou kontakte fanmi

elèv ak moun k ap travay nan BPS. Nou itilize li pou bay enfòmasyon enpòtan rapid-rapid, tankou ka dijans nan lekòl ak rapèl sou aktivite ak dat limit. Ou kapab resevwa koutfil otomatik ki soti nan lekòl pitit ou a oubyen nan “biwo santral” BPS. LI ENPÒTAN ANPIL: pou kontakte lekòl la pou fè chanje telefòn ou depi ou gen lòt nimewo!

Biwo Angajman Lafanmi ak Elèv “Office of Family & Student Engagement” gen Kòdonatè Lafanmi ak Lyezon Kominotè (FCOC) a ki tabli nan 20 lekòl. FCOC ede tabli relasyon nan mitan paran yo epitou relasyon ant paran avèk pwofesè yo, devlope kapasite lakay paran yo pou pèmèt yo ede pitit yo anmenmtan pou yo vin lidè nan lekòl yo, epi rann kominote lekòl yo pi akeyan pou fanmi yo. 617-635-9660

Grasa Pòtay Paran nan “SIS” fanmi yo pral kapab ale sou entènèt pou gade nòt aktyèl yo ak devwa pou timoun yo, tcheke prezans chak jou, ak menm resevwa notifikasyon otomatik pa imel oswa mesaj tèks. Fanmi yo ap anmezi tou pou wè anons lekòl yo epi resevwa kominikasyon ki sòti nan men pwofesè yo. Enstriksyon, opòtinite pou fòmasyon, ak enfòmasyon sou kont yo ap distribye nan kòmansman sezon otòn 2013 lan.

Osijè Komite Paran Yo Nan Lekòl

� Chak lekòl dwe genyen yon Komite Paran nan Lekòl la (SPC). Tout paran se manm. Paran sèlman ka manm.

� SPC se kote paran yo ka esprime sa yo panse, defann kòz pitit yo epi planifye aktivite ak woumble pou lekòl la.

� SPC eli Komite Egzekitif li nan yon reyinyon ki fèt chak ane apre ouvèti lekòl la anvan dat 15 oktòb. Nan menm reyinyon sa a tou, yo eli paran ki pral chita nan Komite Konsèy Administrasyon Lekòl la.

� Manm SPC yo dwe rankontre regilyèman ak direktè lekòl la pou diskite tout sa ki anrapò ak lekòl la.

Osijè Komite Konsèy Administrasyon Lekòl La

� Chak lekòl dwe genyen yon Komite Konsèy Administrasyon.

� Komite Konsèy Administrasyon an genyen reprezantan paran, pwofesè, direktè lekòl ak manm asosye. Nan lekòl segondè yo Komite Konsèy Administration Lekòl la genyen de (2) elèv kòm manm tou. Kantite paran yo dwe egal ak kantite edikatè yo (ankontan direktè a tou).

� Reprezantan paran yo nan Komite Konsèy Administrasyon an eli pandan reyinyon anyèl pou eleksyon Komite Paran an (SPC). Eleksyon sa a dwe fèt anvan dat 15 oktòb.

� Komite Konsèy Administrasyon Lekòl la: revize epi apwouve Plan Amelyorasyon pou

tout Lekòl la apwouve bidjè pou depans akote (bagay ki pa

bloke nan gwo bidjè a “locked in”) revize epi fè kòmantè sou tout bidjè pou lekòl la devlope epi apwouve plan pou ogmante

angajman paran yo apwouve dispans pou regleman BPS yo oswa

kontra ak sendika a revize epi apwouve tout rekòmandasyon ki pral

gen gwo enfliyans sou kominote lekòl la voye je sou tout komite ki baze nan lekòl la

� Reprezantan paran ki nan Komite Konsèy Administrasyon Lekòl la dwe fè rapò bay manm SPC yo.

� Reyinyon Komite Konsèy Administrasyon an se reyinyon piblik, nenpòt paran ka patisipe.

Page 8: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 8

Pòt Louvri pou Vizitè nan Lekòl yo!

Lekòl Piblik Boston voye yon gwo kout chapo pou paran ak lòt vizitè ki vle vizite lekòl nou yo ak sal klas yo. Anmenm tan tou, nou fèt pou asire nou elèv nou yo ak anplwaye

nou yo an sekirite epitou anyen pa p entèwonp timoun ki ap aprann yo.

Lekòl yo dwe konnen ki moun ki nan lokal la epi pou ki rezon yo la. Tout lekòl yo gen yon sistèm videyo ak sonèt yon fason pou pèsonn pa ka antre nan lekòl yo san yon anplwaye nan biwo a pa okouran. Lekòl mwayen ak lekòl segondè yo ak

anpil pami lekòl K-8 nou yo genyen yon pèsonèl sekirite souplas ki byen fòme.

Anplis, nou devlope gid sa yo pou vizitè lekòl yo. “Vizitè” vle di paran, anplwaye nan lekòl yo, ak tout lòt moun.

Tout vizitè fèt pou yo rapòte nan biwo lekòl la epi pou yo siyen anvan yo al nenpòt ki lòt kote nan lokal la epitou yo fèt pou yo siyen anvan yo kite lokal lekòl la. Gen de lekòl ki gen yon biwo toupre pòt dantre a kote vizitè yo ka siyen lè y ap antre ak lè y ap soti. Men, si pa gen okenn moun ki chita nan biwo a, vizitè a fèt pou l antre nan ofis la.

Tout vizitè ap resevwa yon Kat Vizitè lè yo siyen. Yo fèt pou retounen Kat sa a nan ofis la oubyen nan biwo kote yo siyen an anvan yo ale. Souple, asire ou Kat Vizitè ou a vizib lè ou nan lekòl la oubyen nan lakou lekòl la. Ou pa bezwen gen yon kat vizitè lè gen Pòt Louvri, Sware Paran oubyen lòt aktivite piblik lekòl la patwone.

Pou sekirite elèv nou yo ak anplwaye nou yo, n ap konsidere vizitè ki pa siyen oubyen ki pa ka montre Kat Vizitè yo antre san pèmisyon. Yon anplwaye lekòl la kapab mande yo pou yo kite lekòl la ak lakou lekòl la.

Vizitè ki vle rankontre ak yon pwofesè oubyen yon administratè fèt pou pran yon randevou. Pwofesè yo gen lè apa chak semenn pou rankontre ak paran. Nou pa bezwen gen yon randevou lè gen Pòt Louvri, Sware Paran, oubyen lòt aktivite piblik lekòl la antreprann.

Pwofesè ki espere yon vizitè dwe notifye ofis la. Nan kèk ka, yon anplwaye kapab akonpaye vizitè a kote rankont la pral fèt la.

Gendelè, kapab gen yon pwoblèm ant yon pwofesè ak yon paran oubyen yon lòt anplwaye. Si gen yon reyinyon ki planifye pou adrese pwoblèm nan, reyinyon sa a ap fèt nan biwo a oubyen nan sal konferans la – pa nan sal klas la. Paran an fèt pou l rapòte nan ofis la epi pou yo eskòte l pou l al nan reyinyon an. Yon administratè lekòl la ap la nan reyinyon an.

Si yon paran oblije al pran pitit li anvan lekòl lage, paran an ta dwe rele biwo lekòl la davans pou l pran pitit li nan biwo a oubyen yon lòt kote lekòl la chwazi. Paran pa kapab pran pitit yo dirèkteman nan sal klas la. Lekòl la pap lage okenn elèv nan men lòt moun ki pa yon gadyen legal ak yon kat didantite apwopriye san konsantman paran an.

Okazyonèlman vizitè konn entèwonp aktivite lekòl la nan ensiste pou yo vizite sal klas san yo pa anonse, pale anpil ak anplwaye yo, rele fò oubyen itilize langaj ki pa apwopriye. Si konpòtman anwiyan sa a kontinye, administratè lekòl la ka limite vizit yo, oubyen enpoze moun sa a met pwent pye l nan lekòl la oubyen nan lakou lekòl la.

Tanpri al gade nan paj 40 pou enfòmasyon sou tchèk “CORI/SORI” pou volontè anndan lekòl .

Regleman sou KominikasyonLekòl Piblik Boston yo, Komite Lekòl Boston, Sipèentandan ak tout lòt pèsonèl nan depatman santral avèk lòt pèsonèl ki baze nan lekòl yo genyen responsablite pou kominike aklè epi kòrekteman avèk fanmi yo, elèv yo, kolèg yo, patnè yo epitou kominote a. Yon komikasyon manch long esansyèl pou devlope epitou mentni baz yon relasyon k ap mache toutbon nan tèt-kole lakay/lekòl/patnè nan kominote a pou amelyore reyisit elèv yo.

Komite Lekòl Boston yo chita dèyè prensip sa yo:

� Fanmi ak sitwayen gen dwa pou konnen sa kap pase nan lekòl piblik pa yo a.

� Tout anplwaye BPS yo gen obligasyon pou asire yo piblik la sistematikman enfòme kòrèkteman.

� Pèsonèl Lekòl Piblik Boston yo ak fanmi yo jwenn benefis nan bonjan pataj enfòmasyon – kit yo pozitif kit yo negatif.

� Komimasyon vèbal osinon alekri ki fèt ant lekòl yo ak anplwaye yo dwe reflete detèmisayon pou sipòte tout elèv ak fanmi yo, sou baz akonplisman elèv nan bonjan kalite ansèyman ak aprantisaj.

� Kominikasyon tout bon vre dwe fèt nan de (2) sans; lekòl yo avèk biwo santral la dwe jwenn fason pou tande fanmi yo, elèv yo, ak kominote a sou sijè ak desizyon ki enpòtan.

� Langaj ki itilize nan kominikasyon avèk fanmi epi kominote a fèt pou klè kou dlo kokoye, yon langaj ki pa dwe melanje okenn lòt gwo mo moun ki pa edikatè pa ka konprann.

� Tout kominikasyon dwe reflete epi pran an konsiderasyon sansiblite sou divèsite fanmi ak pèsonèl BPS yo, san magouy nan onè-respè pou ras, etnisite, lang, edikasyon, valè kòb ou fè, gason oswa fi, relijyon, oryantasyon seksyèl, osinon enfimite.

Pou plis enfòmasyon pou Regleman sou Kominikasyon an:

bostonpublicschools.orgSuperintendent’s Circular COM-1

617-635-9265

Page 9: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 9

Defann Enterè Pitit ou a:Lis aksyon pou Rezoud Pwoblèm yo

Si ou gen pwoblèm ki gen arevwa a lekòl, nou ta renmen rezoud li. Chak lekòl dwe genyen yon livrè ki dekri machasuiv pou rezoud pwoblèm nan lekòl la. Si ou bezwen plis èd, rele moun sa yo oubyen biwo sa yo nan lòd yo parèt la.

Si sa posib, bay yon deskripsyon pwoblèm ou an alekri. Ekri non tou moun ou pale ak yo epi kenbe tout dokiman ak lèt ki gen arevwa ak pwoblèm ou an.

Pwoblèm ki afekte aprantisaj pitit ou a Pwofesè Direktè Asistan Sipèentandan Rezo a

Pwoblèm Lekòl an Jeneral Direktè Asistan Sipèentandan Rezo a

Gouvènans Lekòl (Paran ak Komite Konsèy Administrasyon Lekòl yo) Direktè Biwo Angajman Fanmi & Elèv “Office of Family & Student

Engagement”, 617-635-7750 Asistan Sipèentandan Rezo a

DisiplinDirektè Lidè Operasyon Direktè Anchèf Operasyon, 617-635-99643

SekiriteDirektè Lidè Operasyon Liy ransèyman sekirite konfidansyèl 1-877-SCH-SAFE, Telefòn ijans kont Entimidasyon Lavil Boston 617-592-2378

TranspòtasyonDirektè Depatman Transpòtasyon, 617-635-9520 osinon [email protected]

Prezans Pwofesè Kowòdonatè Sipò Elèv Direktè Sipèvizè Prezans, 617-635-8035

Plasman nan Lekòl, Transfè, Lis Datant ak kote ou ReteLiy Sèvis Asistans Telefonik Lekòl, 617-635-9046 (al gade dat li

fonksyone nan paj 5) Sant Dakèy (al gade nan paj 5) Planifikasyon Enskripsyon & Sipò, 617-635-9516 Demann Annapèl sou Regleman Lojman: Biwo Ekite 617-635-9650 SONJE: Direktè lekòl yo paka fè enskripsyon oubyen chanje li

osinon garanti pitit ou a kapab ale nan yon lekòl kèlkonk.

Pwoblèm sou Elèv K ap Aprann AnglePwofesè Direktè Biwo Elèv K ap Aprann Angle, 617-635-9435

Pwoblèm sou Edikasyon EspesyalPwofesè Direktè Biwo Edikasyon Espesyal & Sèvis pou Elèv yo, 617-635-8599

Lekòl Boston yo òganize an “rezo”. Chak gen yon Asistan Sipèentandan Rezo a ak yon Lidè Operasyon alatèt yo. N a jwenn nimewo telefòn yo nan paj 5. Pou konnen nan ki rezo lekòl ou a ye, ale nan lis lekòl yo nan paj 64-68. Rezo a (let A rive sou H) parèt bò kote non lekòl la.

Pou aprann plis sou Patenarya Fanmi/Lekòl Vizite sit wèb BPS la, kontakte lekòl ou a, oswa telefone: Komite Konsèy Paran Boston pou “Title I” (BPAC) 617-635-9660 Konsèy Paran pou tout Vil La (CPC) 617-635-9210 Biwo Angajman Lafanmi ak Elèv 617-635-7750 Sant Dakèy BPS Al gade nan paj 5 Komite Konsèy Paran ak Bezwen Espesyal (SpedPAC) 617-635-8600

Al gade nan paj 61–63 ki gen lis òganizasyon ki bay resous anrapò ak edikasyon epi resous sipò pou paran yo.

Ou pa bezwen ret tann jounen Pòt Ouvè lekòl la pou rankontre ak pwofesè pitit ou. Pwofesè yo gen tan yo met apa pou yo kontakte paran chak semenn.

Rele biwo lekòl la pou pran yon randevou pou pale ak pwofesè a—swa nan lekòl la oubyen nan telefòn.

Nan fen mwa septanm, chak lekòl dwe bay paran yo non ak nimewo telefòn moun k ap travay lekòl la (anplis pwofesè pitit yo a) paran yo kapab rele si yo gen kesyon sou pwogrè pitit yo.

Chak otòn pwofesè yo dwe bay fanmi yo yon rezime sou objektif yo gen pou kouvri pou ane a, kourikoulòm, ak pwojè elèv yo ap gen pou yo fè.

Èske ou Konnen…

Page 10: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 10

Prepare Pou Yon Bonjan Reyinyon Paran-Pwofesè

Lè lè a rive pou yon konferans paran-pwofesè, bonjan preparasyon kapab ede paran an tire anpil nan reyinyon sa a epi ede yo konprann pi byen kisa yo kapab fè pou ede pitit yo a reyisi. Lè paran yo pran swen yo pou yo prepare, sa

ka ede yo tabli baz pou yon relasyon k ap dire ak pwofesè a.

Kòmanse Sou Yon Bon PantParan dwe eseye tabli yon bonjan rapò ak pwofesè a. Pou kòmanse, paran yo ta dwe fè remak sou bon bagay kay pwofesè a. Pa egzanp, remèsye pwofesè a paske l te fè yon bon remak nan devwa pitit li a oubyen pou atansyon espesyal li te bay pitit li a pou timoun nan te ka aprann plis.

Souvan, nan konferans paran-pwofesè, pwofesè yo konn montre paran yo kalite travay elèv oubyen petèt kopi kanè a. Se yon bon moman pou gen yon konvèsasyon sou metòd ansèyman ak kijan yo mezire pwogrè. Èske se tès yo itilize pou evalye pwogrè elèv la. Konpilasyon travay? Patisipasyon nan klas? Pwojè? Paran an kapab mande pwofesè a pou l klarifye regleman lekòl la.

Kijan Pitit Mwen an Ap Boule?Piske an mwayèn konferans paran-pwofesè a kapab dire 20 minit konsa, paran yo ta dwe planifye pou yo kouvri kèk sijè sèlman. Lè y ap mete yon lis kesyon sou pye, nou sijere pou paran yo ta poze kesyon ki pi enpòtan yo an premye.

Men kèk kesyon ou ta kapab konsidere poze sou pitit ou a:

Kijan pitit mwen ye pandan jounen an? Èske l patisipe nan diskisyon nan klas/aktivite yo?

Ki sijè pitit mwen an pi renmen/pi pa renmen? Nan ki fason m ka ede pitit mwen amelyore nan domèn li bezwen travay sou li yo?

Ki nivo ki nòmal pou klas pitit mwen an? Eske ou ka montre m yon echantiyon travay ki se egzanp kalite ki pi wo a?

Kijan pitit mwen aji ak lòt timoun epi granmoun?

Ki kantite èd m ka bay pitit mwen an nan devwa lakay yo.

Èske pitit mwen an nan diferan klas oubyen nan lòt gwoup pou diferan matyè? Kijan yo detèmine gwoup sa yo?

Èske pitit mwen an fè anpil efò otan li kapab?

Mete elèv la nan konvèsasyon anAnpil lekòl mwayen ak lekòl segondè kòmanse reyalize lè yo enkli elèv yo nan konferans paran-pwofesè sa bay timoun nan plis sans responsablite pou l aprann. Pandan konferans la, anpil fwa elèv yo diskite konpilasyon travay yo chwazi pou montre efò yo, pwogrè yo ak akonplisman yo nan youn oubyen plis matyè. Elèv la dekri bay paran ak pwofesè a kisa ki bon nan travay la, kisa li aprann sou travay la epi ki kalite amelyorasyon travay la bezwen.

Si yon elèv pa patisipe nan konferans la, paran yo kapab mande pitit yo davans kisa ki konsène yo sou lekòl la. Epitou, paran yo kapab mande pitit yo pwen fò yo ak pwen fèb yo, ki matyè yo pi renmen ak ki matyè yo pa fin renmen. Sa ap ekonomize tan pandan konferans la si paran yo deja diskite liv, klas ak orè yo ak pitit yo.

Paran yo kapab konsidere rakonte pwofesè a ki kalite gwo chanjman ki fèt nan lavi pitit yo a (tankou lanmò yon ti bèt yo te genyen, yon granparan ki malad, paran k ap divòse, oubyen yon fanmi ki demenaje), oubyen lòt aktivite ki enpòtan timoun nan patisipe ladan l (tankou espò, eskout, sèvis kominotè, travay apre lekòl).

Adrese PwoblèmKonferans paran-pwofesè se yon bon moman pou diskite nenpòt ki difikilte – akademik oubyen konpòtman – yon timoun kapab genyen lekòl. Lè pwoblèm sa yo rive paran dwe:

Evite reyaksyon ki parèt fache oubyen ap fè eskiz. Mande egzanp pito.

Mande kisa ki fèt pou rezoud pwoblèm nan epi ki estrateji ki sanble ki mache pou lekòl la.

Devlope yon plandaksyon ki kapab gen ladan l mezi paran an kapab pran lakay ak mezi pwofesè a ap pran lè pwoblèm sa a rive lekòl la.

Mete yon randevou pou yon lòt konferans paran-pwofesè epi deside sou mwayen ki pi bon pou rete an kontak (telefòn, imel, oubyen lèt yo voye lakay).

Fè SuiviAnnapre, lè ou ap diskite konferans la ak timoun nan, konsantre sou bon bagay nou te kouvri yo epi ale tou dwat sou pwoblèm nou te idantifye yo. Si l apwopriye, esplike timoun nan ki aranjman nou te fè pou yon plandaksyon.

Yon bon mwayen pou ankouraje bonjan relasyon ak pwofesè a se pou di “mèsi” nan yon nòt oubyen nan yon kout fil. Kontinye kenbe kontak ak pwofesè a, menm si tout bagay ap mache byen, kapab jwe yon wòl enpòtan nan ede pitit ou a fè pi byen lekòl. Lè yon timoun konnen paran l ak pwofesè a ap travay ansanm tout tan, timoun nan ap wè edikasyon se yon gwo priyorite ki mande angajman ak efò.

— Ted Villaire

(Lekòl Piblik Boston fè Aranjman)

Reenprime ak pèmisyon sit entènèt National PTA, www.pta.org

Page 11: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 11

Patenarya Fanmi/LekòlKoneksyon ak LakayFason Byen Senp Pou Ankouraje Elèv Yo AprannMen sa ou kapab fè lakay pou ede pitit ou aprann epi reyisi.

1 Fè pitit ou a konnen ou kwè nan li anpil. Fè pitit ou konnen depi l toupiti ti katkat, ou kwè li genyen abilite pou li reyisi nan lavi l. Kontinye di l sa nan tout laj. Ede yo konprann koneksyon ki genyen ant efò ak reyisit: si yo travay di lekòl, yo ap reyisi kanmenm.

2 Pale ak pitit ou, chante pou li, epi li pou pitit ou depi w kapab depi yo tibebe! Aktivite sa yo ede yo devlope langaj oral yo ansanm ak konesans yo, zouti ki ka ede yo jwenn siksè lekòl pita. Pale ak timoun yo sou lavi yo ak enterè yo. Rakonte yo istwa lavi pa ou. Li liv pou yo chak jou!

3 Fè tout fanmi an patisipe. Mande tout moun ki renmen pitit ou a — matant, tonton, grann, granpapa, kouzen, parenn, marenn, moun k ap gade pitit ou a, vzwazen ak zanmi — pou yo ankouraje pitit ou a aprann byen lekòl epi pou yo pa ezite montre jan yo renmen lekòl.

4 Limite tan pou gade televizyon. Limite kantite tan pitit ou pase ap gade televizyon oswa videyo, swa lè l avèk ou oubyen lè li ak moun k ap gade l la oubyen poukont li. Timoun anba dezan pa ta dwe gade televizyon ditou. Timoun ki gade televizyon plis pase twazèd tan pa jou nan yon jounen kapab plis gen pwoblèm pou yo aprann, kapab pa ka ret chita anplas, epitou yo ka pa bay bon rannman lekòl - mwens tan devan “ekran” kapab vle di plis tan pou fè egzèsis, pou jwe jwèt entèlijan imajinatif ak tan pou lekti.

5 Montre ou trè pozitif parapò a lekòl epi aprantisaj. Montre enterè nan sa pitit ou ap fè lekòl. Poze kesyon senp tankou “Èske pi bon zanmi w nan te vin lekòl jodi a? Ki travay nouvo ou te fè lekòl la?” Lèfini poze kesyon ki pa gen repons “wi” oubyen “non”, tankou “Kisa ou te fè nan atizay jodi a?” Depi w kapab, chache mawyen pou patisipe nan aktivite lekòl pitit ou. Nan ka timoun piti, gade nan sak lekòl yo pou wè ki devwa yo genyen oswa pou gade biyè ak ti mo pwofesè a ka voye pou ou.

6 Asire pitit ou fè devwa. Asire w ou tcheke devwa pitit ou chak swa. Mande yo pou yo eksplike w kisa y aprann. Asire w devwa yo fin fèt! Si sa posib, jwenn yon ti plas byen trankil nan kay la ki gen limyè pou pitit ou a etidye, epi rezève tan chak swa pou devwa. Fèmen televizyon lè pitit ou ap fè devwa. Si pitit ou rakonte w li pa gen devwa nan yon aswè, se pou mande pwofesè a si se vre.

7 Aprann pitit ou òganize epi kontwole tan li. Asire w pitit ou gen kaye ak yon klasè pou chak matyè. Eseye gen papye, kreyon, ak lòt founiti klasik sou lamen. Montre yo kijan pou yo pran nòt ak ki kote pou yo ekri devwa lekòl la bay. Etabli yon lè nan jounen an pou fè devwa. Gen timoun ki konsantre pi byen sou devwa yo apre yo pran yon kanpo oswa fè kèk mouvman egzèsis fizik - men pa kite yo ale dòmi toutotan yo pa fè devwa. Li pi bon pou yo fin fè devwa ki pi difisil yo anvan yo fatige. Men gen delè li konn pi bon pou konsantre lè ou kòmanse ak yon bagay ki kout epi ki fasil.

8 Asire w pitit ou dòmi ase. Timoun piti e menm adolesan bezwen omwens nèf èdtan dòmi chak swa pou yo bay bon rannman lekòl. Daprè Enstiti Nasyonal Lasante «National Institute of Health», yon timoun ki pa dòmi ase gen pwoblèm pou l met tèt li anplas pou l reponn kesyon rapid-rapid, epitou li kapab gen pwoblèm konpòtman. Youn nan fason byen senp pou ankouraje aprantisaj, se pou pitit ou gen yon lè regilye pou l dòmi.

Adapte sou: www.colorincolorado.org/home simpleways.html. (yon bonjan resous an Angle ak an Panyòl)

Pou plis enfòmasyon sou kijan pou ede pitit ou lakay, mande pwofesè a. Pwofesè gen tan ki rezève pou kontak ak paran chak semenn.

Fè Lekti ak Timoun yoPoukisa pou m li pou pitit mwen?

Timoun renmen lè paran yo, moun k ap gade yo a oubyen yon lòt granmoun li pou yo -- epi se sèl aktivite ki tou senp men ki ka ede timoun nan vin tounen yon gran lektè. Fè lekti pou timoun kapab ogmante dòz vokabilè yo epi bay yo konesans debaz ki ap ede yo pou yo konprann liv ki difisil nan lekòl pi byen.

Pitit fi m nan kapab li pou kont li. Èske m ta dwe kontinye ap li pou li toujou?

wi! Menm granmoun renmen lòt moun li pou yo. Timoun kapab konprann epi pran plezi nan liv ki twò difisil pou yo li poukont yo lè lòt moun li pou yo.

Kijan pou m fè konnen si liv mwen chwazi pou pitit gason m nan twò difisil?

Liv pou timoun li poukont yo ta dwe fasil dekwa pou yo pa dekouraje. Lè yo jwenn plezi nan li liv fasil, yo pral mande pou li plis toujou – epi nan yon ti bout tan y ap kapab li liv ki pi difisil. Si ou pa fin si liv la nan nivo pitit ou a, fè li pwente sou mo li pa konnen yo nan paj la. Si gen plis pase senk (5) ou ta dwe konsidere chwazi yon lòt liv oubyen li liv la ou menm ak pitit ou a.

Kisa pou pitit mwen an li?

Timoun ta dwe li tout kalite tèks: lodyans, reyalite, fantezi, biyografi, liv ti chante timoun, repòtaj nan jounal, memwa ak pwezi. Fè aranjman pou ale nan bibliyotèk regilyèman. Bibliyotekè yo se bonjan resous pou ede timoun jwenn liv yo pral renmen.

Page 12: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 12

Patenarya Fanmi/Lekòl: Koneksyon ak Lakay (kontinye)

Konsèy pou Matematik pou Paran yo Mande pitit ou a pou montre ou sit entènèt Premye nan Matematik “First in

Math” nan www.firstinmath.com epi montre ou kijan pou jwe. Chak semenn, mande pitit ou a konbyen tikè li genyen. Tout elèv nan premye ane rive sou 8yèm ane gen aksè nan “First in Math” kote yo ka patisipe nan yon pakèt aktivite matematik ak kont pèsonèl elèv yo ka kreye yo menm. Yon kont pou tout lafanmi ka tabli tou apati kont elèv la.

Poze timoun nan kesyon, “Kijan ou fè konn sa a?” dekwa pou ou ka konprann fason timoun nan reflechi. Eseye okouran sou fason ak metòd pwofesè a pou aprann pitit ou matematik. Pa itilize “chemen ki pi kout” ki kapab pa danse-kole ak metòd pwofesè a. Sa kapab mete konfizyon nan lespri pitit ou a. Genyen anpil lekòl ki fè sa yo rele “Sware Matematik” kote pou paran yo aprann metòd lekòl la nan enstriksyon sou matematik.

Sèvi ak travay nan kay la oswa nenpòt lòt opòtinite pou ankouraje timoun yo aprann fè matematik. Okazyon pou rezoud pwoblèm matematik chak jou kapab prezante sou fòm sa yo:

Konte: Poze kesyon tankou “Konbyen gwo kamyon ou wè?” Konbyen moun ki devan nou nan liy lan? Eske nou ka mete 10 bwat yogout nan panye a?

Sekans ak Patèn: Lòd se nosyon ki enpòtan anpil nan matematik. Aprann pitit ou obsève sekans tankou “Sanble nou an dezyèm nan liy lan!”. Chache patèn byen senp ansanm — tankou koulè mozayik, rit kijan moun mache. Mande pitit ou pou chache patèn ak zye li pandan l ap obsève bagay piti ki ozalantou li.

Fraksyon avèk pousantaj: “Si resèt la rekòmande pou nou mete 1⁄4 nan yon tas sik epi nou vle double resèt la, ki kantite sik n ap bezwen?” Si pè tenis la koute $34 (dola) e si ou jwenn tenis la nan likidasyon a 50% (senkant pou san), konbyen kòb tenis la koute?

Aprann kijan pou sèvi ak resous sou sit entènèt sa yo lakay: http://bpsmathematics.weebly.com/family-resources.html www.doe.mass.edu/frameworks/current.html www.illustrativemathematics.org www.nctm.org/resources/content.aspx?id=2147483782

Kenbe kontak ak pwofesè a pou ka okouran si pitit ou a ap travay nan nivo klas li a epi kisa fanmi an ka fè pou ede l pwogrese akademikman.

Konsèy nan Lekti pou Paran yo Fè pitit ou fè lekti pou ou byen fò chak swa (pa gen pwoblèm si se liv komik!),

epi fè lekti pou pitit ou byen fò an Angle oubyen nan lòt lang ou pale nan kay la.

Rezève yon ti plas byen poze, byen trankil ki pa gen distraksyon kote pitit ou a kapab fè devwa lekti li chak swa.

Fè pitit ou pran abitid fè lekti tout kote l pase tankou (nan machin, li kapab li resèt, nan makèt, lè l ap pran ti dejene -- menm lè l ap benyen nan basen an).

Si pitit ou wè w ap li, sa ap devlope enterè pa li nan lekti.

Lè pitit ou ap li, pwente fason yo eple mo ak fason yo pwononse mo tankou chat, tap, chapo.

Poze pitit ou kesyon sou karaktè ak evènman jan yo pase nan istwa l ap li yo a. Poze pitit ou kesyon pou kisa li panse yon karaktè aji nan tèl fason. Mande l tou pou repons li an gen sans dapre enfòmasyon li jwenn nan istwa l ap li a. Anvan l rive nan fen yon istwa, toujou poze pitit ou kesyon sa a: Dapre li menm kisa l panse k pral pase nan istwa a e poukisa li panse konsa?

Ekri se yon pòsyon enpòtan nan lekti. Ou kapab mande pitit ou lè l fin li yon istwa pou l ekri rès istwa a oswa pou l kreye yon lòt karaktè k ap rantre nan istwa a. Ankouraje pitit ou a pou l ekri yon lèt voye bay otè liv la.

Ou kapab kòmanse yon klib liv paran-pitit kote ou chwazi yon “liv pou mwa a” pou nou toulede li epi fè diskisyon sou sa nou li nan liv la.

Mennen pitit ou nan bibliyotèk oswa nan libreri otan w kapab. Mennen pitit ou aplike pou yon kat Bibliyotèk Piblik Boston — li gratis!

Ankouraje pitit ou li sou sijè ki enterese l yo nan jounal ak sou entènèt.

Poze pitit ou kesyon sou fim ak pyès teyat li wè, epi chache yon liv sou sijè sa a.

Ekspoze pitit ou a ak yon bann kalite materyèl ekri. Kite l dekouvri pou kont li diferans ant esè, istwa, liv, jounal, ak magazin.

Inivèsite Paran BPS la ofri sesyon fòmasyon nan lokal lekòl yo menm, nan lokal òganizasyon kominotè yo oswa bibliyotèk yo sou sijè tankou preparasyon MCAS ak tranzisyon pou timoun piti ki prale lekòl ak sou nitrisyon.

Pou plis enfòmasyon:

617-635-1683 www.bpsfamilies.org/[email protected]

Èske ou Konnen…

Pa Rate “An Aksyon – Tèt-Ansanm Lekòl Ak Lakay La”

Yon pwogram TV an dirèk, rele chak semèn nan Boston Neighborhood Network (BNN), Comcast Kanal 9, ak RCN Kanal 83

Louvri Televizyon ou chak jedi swa 6:00–6-30 p.m.

Tèm ki prezante nan pwogram yo se echanj ant edikatè ak paran yo k ap pale sou ekselans nan edikasyon, konsèy sou fason pou paran

patisipe plis nan koze lekòl, resous apre-lekòl, ak anpil lòt bagay ankò.

Kidonk, zorèy an twonpèt, je louvri, “Pare pou Aksyon!”

Page 13: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 13

Kondisyon pou Elèv Pase Klas Yo

Nòt Ki Pèmet Elèv Pase Kou Yo

Pwofesè yo baze nòt yo bay elèv yo sou plizyè pwen tankou:

� pwen pou tès nan klas yo

� pwen pou travay pwojè—pa egzanp rapò sou yon liv oubyen pwojè syans. Regleman Pwomosyon mande pou nòt pou pwojè sa yo reprezante omwens 20% nòt final pou kou a

� devwa lakay

� patisipasyon nan diskisyon ak aktivite nan klas la

� jan kaye kenbe

� tès ofisyèl administrasyon lekòl yo bay tout elèv an Angle, matematik, istwa ak syans.

Pou pase yon klas pou nenpòt ki kou, tès nan sal klas ak lòt devwa dwe reprezante 60% oubyen plis.

Kenbe Tras Pwogrè Elèv laParan yo kapab kenbe tras pwogrè pitit yo alèd:

� kanè (gade orè a nan paj kouvèti Gid sa a)

� konferans paran-pwofesè

� rapò endividyèl MCAS (poste lakay an otòn)

� gade devwa, tès, ak kaye nòt

� rapò sou pwogrè elèv ki gen enfimite yo epi ki la pou dekri fason elèv sila yo ap travay pou satisfè objektif ki souliye nan “iEP” yo a

Nan Lekòl Piblik Boston Yo

Lekòl Piblik Boston (BPS) yo angaje yo pou yo fòme elèv ki, apre yo fin diplome, ap kontinye aprann pandan tout lavi yo, ap bay bon rannman nan travay, ap sitwayen responsab epi ap patisispe ak lide pozitif nan lavi divès kominote nou yo. Chak pwofesè, chak administratè, chak paran/responsab ak tout lòt granmoun ki

nan lavi elèv nou yo gen yon mòso responsablite pou ede elèv yo rive nan wotè esperans/ekzijans sa yo.

Kondisyon pou elèv yo monte nan klas pi wo yo ranfòse esperans/egzijans ak responsablite nou fikse nan Kritè Aprantisaj pou tout Lekòl Piblik Boston yo. Kondisyon pwomosyon yo:

defini esperans/ekzijans nou fikse pou tout elèv yo ak estrateji sou sipò lekòl la ap mete sou pye pou garanti siksè yo

asire pwomosyon yo se rezilta efò, konesans ak bèl nòt nan kou yo redui otan nou kapab bezwen pou elèv double yon klas asire elèv yo kòmanse ane lekòl la ak kapasite ansanm ak konesans ki nesesè pou yo fè travay lekòl yo nan

nivo klas yo ye a epitou sila yo ki diplome yo ap gen konpetans pou yo etidye nan inivèsite, pou lavi yo ak pou travay yo

asire elèv yo prepare pou yo pase egzamen Sistèm Evalyasyon Okonplè Masachousèt (MCAS) yo “Massachusetts Comprehensive Assessment System

tabli yon sistèm ki sipòte elèv yo epi ki egzije yo fè anpil efò rekonèt elèv yo pa aprann ak menm vitès kidonk poutètsa yo bezwen chapant òganizasyon ki ka satisfè yo

malgre diferans yo defini fason pwofesè yo, administratè yo, paran yo ak elèv yo dwe pran responsablite yo

Kondisyon pou Elèv yo Pase Kèlkanswa Klas laElèv yo dwe satisfè anpil kondisyon pou yo ka pase al nan pi gwo klas. Tout elèv yo dwe fè mwayèn yo pou sèten kou epi yo dwe prezan nan kou yo. Nan kèk klas, elèv yo dwe pase tès ofisyèl nan lekti ak matematik.

Lekòl yo ka egzije elèv yo pou yo satisfè lòt kondisyon anplis pase sa nou layite nan paj 18-23 yo. Men pou sa ka fèt, Komite Konsèy Administrasyon Anndan Lekòl yo dwe bay dizon pozitif li sou kondisyon andiplis sa yo.

Administrasyon Lekòl Piblik Boston yo ap revize regleman pou bay diplòm dekwa pou yo ka aliyen yo ak egzijans Depatman Edikasyon Elemantè & Segondè nan Masachousèt (DESE) ak tout “Pwogram Etid Debaz Lekòl Segondè nan Masachousèt” (Massachusetts Core High School Program of Study). Souple al gade nan paj 22.

Elev k ap Aprann AngleElèv ki nan pwogram pou Elèv kap Aprann Angle yo (ELL) dwe pase tout klas yo epi yo dwe ranpli tout kondisyon yo mande yo pou yo resevwa diplòm yo. Sepandan, elèv ELL pa dwe double si sèl rezon an seke yo pa pase tès ofisyèl yo paske yo poko fin maton nan lang nan. Elèv yo ap gen dwa sèvi ak diksyonè bileng pandan egzamen ofisyèl yo anwetan tès ki fèt pou evalye devlopman aprantisaj yo ak konesans yo an Angle.

Elèv ki gen EnfimiteElèv ki gen enfimite yo dwe pase tout klas yo epi yo dwe ranpli tout kondisyon yo mande yo pou yo ka diplome yo. Plan Edikasyon Endividyèl (IEP) yon elèv oubyen Plan Seksyon 504 pral dekri machasuiv ki dwe pran dekwa pou fasilite elèv la pran egzamen ofisyèl yo pou chak matyè yo dwe pase egzamen, oubyen ankò si kondisyon elèv la reklame evalyasyon altènatif. Evalyasyon altènatif yo fèt pou yon ti gwoup elèv tou piti ki gen pwoblèm grav anpil epi ki pa ka pran tès MCAS yo, menmsi yo ta akomode yo. Plan 504 pou yon elèv ap dekri kisa, si genyen, ki dwe fèt pou akomode elèv la.

Page 14: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 14

Kondisyon pou Elèv Pase Klas Yo ak Prezans nan Lekòl

Anplis kondisyon pou kou yo, elèv yo dwe satisfè lwa eta a ak regleman BPS konsènan prezans nan lekòl la. Vini lekòl san rate yon jou mache bradsi-bradsou ak siksè nan lekòl. Plis yon elèv ap rate jou lekòl – menm lè li pat

gen chwa -- plis li di pou elèv la kenbe konpa etid nan klas la. Elèv ki prezan tout tan gen plis chans pou pase egzamen MCAS yo pase elèv k ap rate jou lekòl tout tan.

Regleman Prezans nan BPS Yon elèv dwe pase owmens mwatye yon jounen nan lekòl li pou BPS konsidere l

“prezan” pou jou a. Kontakte direktè lekòl la pou ka konnen kisa mwatye jounen an vle di. Nan pifò lekòl men kouman yo konsidere l: zè nan lekòl elemantè zè ak 5 minit nan lekòl mwayen zè ak 10 minit nan lekòl segondè

Elèv ki rive lekòl apre jounen an fin kòmanse dwe suiv regleman reta nan lekòl la pou lekòl la kapab konsidere yo prezan pou jounen an. Lekòl elemantè ak lekòl mwayen ka petèt pa konte twòp reta tankou yon absans.Lekòl segondè ka petèt konte twòp reta san ekskiz tankou yon absans. Chak lekòl segondè kreye pwòp regleman pa li nan tèt ansanm ak Komite Konsèy Administrasyon Lekòl la ak reprezantan elèv yo. Fanmi yo dwe notifye lekòl la alekri oubyen nan telefòn apre premye absans san ekskiz twòp reta lakòz oubyen ak lòt notis daprè regleman lekòl la.

Yon elèv ki genyen plis pase 3 absans (nan lekòl mwayen ak lekòl segondè) oubyen 4 absans nan lekòl primè nan yon tèm oubyen ki gen plis pase 12 absans san eskiz pandan yon ane, ap resevwa “NC” (zewo kredi) si li te sou pant pou l te pase kou a. Si elèv la te deja pa t ap pase kou a, l ap resevwa “F” oubyen on “1” (li pa pase).

Si yon elèv resevwa “NC” pou youn ou plizyè tèm, men li pa gen plis pase 12 absans pandan ane a, nan fen dane a y ap ranplase “NC” a ak nòt li te sipoze genyen an.

Yon elèv ka fè yon “NC” pou ane a tounen yon nòt an lèt oubyen yon chif epi jwenn kredi pou kou a si li pase egzamen final nan fen dane a oubyen pandan ete a.

Absans ki Eskize yo Elèv yo dwe pote yon lèt apre chak jou yo absan. Lèt la dwe genyen dat yo te absan an, rezon pou absans lan, yon nimewo telefòn kote yo ka rele paran an oubyen responsab la epi siyati moun ki voye lèt la.

Elèv yo kapab gen chans pou yo fè travay yo te rate yo. Pami absans ki eskize yo nou jwenn:

yon maladi oubyen yon domaj ki anpeche elèv la vin lekòl. Yon sant sante, enfimyè lekòl la, oubyen yon paran dwe verifye maladi a oubyen domaj la

lanmò yon fanmi pre (paran, sè, frè, granparan, matant, monnonk, kouzen) oubyen yon gwo kriz pèsonèl oubyen yon kriz enpòtan nan fanmi an

konvokasyon nan tribinal

egzamen medikal oubyen egzamen nan tèt pandan jounen lekòl la. Paran yo dwe bay prèv (tankou yon biyè sant sante a bay) egzamen an pat ka fèt okenn lòt lè

jou konje akoz relijyon

vizit nan lekòl edikasyon espesyal sitou pou etidyan ki enfim yo

lòt sitiyasyon mabyal Komite Konsèy Administrasyon Anndan Lekòl la apwouve.

Kisa yon Absans ki pa Eskize ye?Gen paran ki panse kèlkanswa absans lan li eskize depi yo voye yon biyè lekòl la. An reyalite, sa pa mache konsa. Men kèk egzanp absans ki pa eskize – menm si paran an voye yon biyè:

absans vitam-etènam akoz yon maladi oubyen yon domaj ki pa janm ka geri. Nan ka sa a, paran an dwe fè lekòl la jwenn yon lèt doktè nan sant kote elèv la ap pran swen an pou l ka pwouve elèv la pat ka vin lekòl paske li te malad twòp.

elèv la rete nan gade ti moun lakay

elèv la al nan fè woul

fanmi an al an vakans

elèv la al vizite peyi l

kontinye yon konje relijyon oubyen yon konje kilti pandan pi lontan pase tan ki te bay nan kalandriye lekòl la.

Apre yon reyinyon piblik, Komite Konsèy Administrasyon lekòl la ka ogmante lis absans ki pa eskize yo. Pou plis detay, ale nan regleman espesyal lekòl la. Si paran an pa twò si yon absans ap eskize, depi sa posib, li dwe kontakte direktè lekòl la anvan li aksepte pou pitit li pa al lekòl.

Se responsablite elèv yo pou yo konplete travay yo te manke yo pandan yo pat la. Men, lekòl la pa oblije ede yon elèv konplete tès ak travay li te manke akòz yon absans ki pat eskize.

Si yon elèv gen sis (6) oubyen plis absans ki pa eskize, yon pwofesè oubyen direktè lekòl la ap voye l nan Ekip Sipò Elèv (SST) yo (Student Support Team). SST a ap analize ka a epi l ap devlope yon plan ak fanmi an pou yo ka ede elèv la prezan pi souvan nan klas li yo.

Pou li Regleman Prezans ak Ponktyalite, souple ale nan www.bostonpublicschools.org, Superintendent's Circular ACA-18.

Sipèvizè Ki Kontwole Prezans nan LekòlNan tèt ansanm ak anplwaye ki baze nan lekòl la, sipèvizè ki kontwole prezans nan lekòl pou BPS envestige pwoblèm prezans andeyò anviwonman lekòl la. Yo travay nan kominote a, yo vizite kay, epi yo bay elèv yo ak fanmi yo konsèy. Lè sa nesesè, sipèvizè ki kontwole prezans nan lekòl yo ranpli epi reprezante ka kwonik yo devan Tribinal Jivenil yo nan Boston.

Sipèvizè Ki Kontwole Prezans nan Lekòl 617-635-8035

Page 15: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 15

Sipò pou Elèv ki Bezwen Èd Andiplis Pou Pase Klas Yo

Pou rive nan fen mwa septanm, chak lekòl dwe fè paran yo konnen non ak nimewo telefòn anplwaye lekòl la (anplis non pwofesè k ap fè klas pou pitit yo a) pou yo ka rele si yo gen enkyetid sou pwogrè pitit yo.

Nan mitan chak trimès, lekòl la dwe voye “nòt avètisman” pou paran elèv ki kouri risk pou yo pa pase. Orè pou tèm nan anndan kouvèti dènye paj la nan Gid sa a.

Rive nan mitan mwa oktòb la, pwofesè yo dwe idantifye elèv ki kouri gwo risk pou yo pa rive ranpli kritè ak egzijans nivo klas yo a. Yo dwe notifye paran yo sou pwoblèm nan alekri. Lekòl la ka konsidere plizyè fason pou l ede elèv yo pou yo avanse tankou: bay elèv yo leson pandan oubyen apre lekòl lage yon chanjman nan orè a oubyen yon chanjman

pwofesè voye elèv la nan sèvis sipò nan òganizasyon

kominotè yo.

Nan fen mwa janvye, lekòl yo dwe voye yon avètisman alekri bay paran elèv ki kontinye rete sou lis pou double klas la. Soti nan mwa fevriye rive nan mwa jen, lekòl la ap kenbe kontak alekri ak paran sa yo, pou l mete yo okouran sou pwogrè pitit yo a. Lekòl la dwe kenbe kopi lèt sa yo nan dosye.

Plan Konpetans nan EdikasyonElèv lekòl segondè ki te fè nòt pi piti pase 240 (anba nivo konpetans) nan egzamen MCAS yo, nan Atizay Lang Angle (ELA) ak/oswa matematik dwe gen yon Plan Konpetans nan Edikasyon (EPP) pou ede yo rive nan nivo konpetans. Direktè lekòl la responsab pou chwazi yon anplwaye pou ekri, aplike epi kowòdone EPP yo. Plan EPP a gen ladan:

Yon revizyon pwen fò elèv la ak feblès ki baze sou rezilta MCAS ak rezilta lòt evalyasyon, nòt li nan klas la ak opinyon pwofesè yo

Kou elèv la dwe pran epi konplete avèk siksè pwogram 11zyèm ak 12zyèm ane

Yon deskripsyon evalyasyon elèv la dwe pran chak ane pou detèmine si li ap fè pwogrè pou vin konpetan.

Elèv ki gen yon plan EPP dwe ranpli kondisyon ki nan EPP a epi fè nòt nivo konpetan oswa pi wo nan egzamen MCAS yo dekwa pou yo kapab diplome.

Pou plis enfòmasyon sou EPP a: www.doe.mass.edu/ccr/epp/qa.html

Akademi Akselerasyon Akademi Akselerasyon yo fèt pandan vakans mwa fevriye ak avril nan divès lekòl BPS. Yo ofri pwogram enstriksyon entansif bay elèv 3zyèm-8yèm ane ki bezwen koutmen anplis pou ede yo nan matyè Angle ak matematik.

Pwogram Pou Savan An EteElèv ki nan 3zyèm - 9yèm ane ap jwenn envitasayon nan Pwogram Savan an Ete si yo pat satisfè demann sa yo:

Pase Atizay Lang Angle (English Language Arts) /Angle Kòm Dezyèm Lang (ESL) osinon matematik; epi

Pase youn nan tès lekti ak youn nan tès matematik ki egzijib pou klas yo a (al gade nan paj 18-23)

Revizyon an Ete pou Lekòl SegondèRevizyon an Ete pou Lekòl Segondè fèt pou elèv ki nan lekòl segondè yo epitou pou elèv ki nan 7yèm ak 8yèm ane nan lekòl ak konkou yo ki pa t pase youn oubyen de (2) kou lè fini ki te pran yon nòt F+ (50%-59%) pou nòt final li. Pwogram sa a ofri elèv yo yon chans pou pase klas yo epi jwenn kredi yo bezwen pou yo monte nan klas pi wo epi pou yo kapab resevwa diplòm. Nou ofri tout matyè debaz yo. Kantite kou yon elèv ka pran varye yon ane ak yon lòt.

Elèv ki fè nòt ki pi ba pase 50% oubyen ki te absan pandan plis pase 30 jou yo pap ka ale nan Revizyon an Ete pou lekòl Segondè yo.

Elèv yo gen chans tou pou yo ta patisipe nan yon pwogram espesyal ki rele Retablisman Kredi “Credit Recovery”, yon aprantisaj sou entènèt ki bay elèv la opòtinite pou li repran kou li pat pase yo. Pou plis enfòmasyon ou ka kontakte konseye pedagojik lekòl pitit ou a.

Double Yon KlasRegleman pou Pase Klas yo di konsa elèv yo pa dwe rete nan lekòl elemantè yo (premye ane pou rive nan 5yèm ane) pandan plis pase sis ane oubyen nan lekòl mwayen (6yèm-8yèm ane) pandan plis pase kat ane. Sepandan, yon elèv ka oblije triple yon klas, si direktè a, pwofesè yo, paran ak anplwaye k ap sipòte l yo analize dosye l epi yo jwenn li:

pa t ale nan Pwogram pou Savan an Ete a, jan yo te mande l; OUBYEN

li pa pase tout kou li te dwe pase yo.

Direktè lekòl la gen dènye mo sou desizyon k ap pran pou fè yon elèv ale nan yon lòt klas oubyen pou l double.

Chemen Altènatif pou resevwa Diplòm Lekòl SegondèAdministrasyon Lekòl Piblik Boston yo ofri yon pakèt lòt pwogram pou ede jenn moun ak sila ki pi gran toujou ki te kite lekòl anvan lè pou jwenn yon lòt chans pou resevwa diplòm lekòl segondè yo oswa yon sètifika ekivalan ki rele GED.

Depatman Edikasyon pou Granmoun 617-635-9300 bostonpublicschools.org/department/adult-education Sant “Re-engagement” (pou elèv ki te abandone lekòl epi ki vle retounen) 617-635-2273

Page 16: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 16

Evalyasyon Sèvi Pou Plizyè Objektif

� Kanè. Nòt tès yo rantre nan pwen elèv la genyen nan kanè li pou chak matyè.

� “Benchmarks” (Nivo Egzije). Genyen kèk evalyasyon BPS itilize kòm gid pou l pran desizyon sou eta akademik yon elèv. Lè etidyan an pa rive nan nivo egzije a (minimòm pou pase) nan tès sa yo, yo kapab resevwa plis koutmen, yo kapab oblije al nan pwogram ete, oubyen yo kapab repran yon kou oubyen double yon klas. Egzanp: Tès DiBELS, egzamen fen dane BPS yo (al gade nan paj 18 rive sou 23).

� Evalyasyon nan Klas (Formative assessments) se aktivite ki enfòmèl pwofesè a mande elèv yo pou yo fè nan klas yon fason pou l ka “konnen” kisa chak elèv konnen ak ki lòt bagay yo merite aprann. Pwofesè yo itilize evalyasyon sa yo pou yo ka fè chanjman nan fason yo fè kou yo ak pou yo ka mezire efè brid-sou-kou chanjman sa yo sou jan elèv yo ap aprann. Egzanp: egzamen apre chak pati liv la, evalyasyon prediktif distri a.

� Evalyasyon ki baze sou yon Ranmase (Summative Assessments) mezire volim konesans yon elèv pran, souvan nan mitan ane a ak nan fen dane lekòl la. Yo ka ede yon pwofesè oubyen yon lekòl idantifye fòs ak feblès ki genyen nan kourikoulòm nan ak nan jan yo fè kou yo (tankou lè pi fò klas la bay move repons pou yon kalite kesyon). Egzanp: MCAS, egzamen fen dane BPS nan Atizay Lang Angle (ELA) ak matematik.

� Rezilta tès yo idantifye elèv ki gen dwa ale nan lekòl ak pwogram espesyal yo. Egzanp: Tès pou ale nan klas avanse ak pou antre nan lekòl ak konkou yo.

Sous: “Boston Plan for Excellence, FOCuS Newsletter for Boston Teachers,” Prentan 2004; ak Lekòl Piblik Boston

Evalyasyon: Mezire Reyalizasyon Elèv

Pandan tout ane lekòl la, pwofesè yo teste oubyen evalye elèv yo sou sa yo aprann ak sou sa yo ka fè. Evalyasyon fèt atravè tès ki mande papye ak kreyon, tès sou konpitè, rapò oral ak rapò ekri, pefòmans ak pwojè.

Pwofesè yo ekri kèk nan tès yo oubyen yo itilize tès konpayi ki fè liv ki itilize nan klas la pou elèv yo. Lòt tès, tankou tès matematik pou mitan ane ak fen dane yo, Atizay Lang Angle, istwa, ak syans se edikatè nan BPS ki ekri yo pou tout lekòl BPS yo an kolaborasyon ak konpayi ki prepare tès. Yo bay egzamen MCAS yo (The Massachusetts Comprehensive Assessment System), ki dekri nan paj sa a, nan chak lekòl piblik nan eta a. Lekòl Piblik Boston yo itilize tou yon katafal tès lekti ak matematik ki bay nan distri lekòl atravè tout Etazini an.

Pou plis enfòmasyon sou egzamen ki bay nan klas yo, souple ale nan paj 18 (Jaden Danfan rive 5yèm Ane), paj 20 (6zyèm-8yèm Ane) ak paj 22 (lekòl segondè).

Pou enfomasyon sou pèfòmans pitit ou a, pale ak pwofesè a oubyen direktè lekòl la.

Pou kalandriye evalyasyon 2013-2014 yo oswa pou kesyon jeneral sou evalyasyon ale sou: www.bostonpublicschools.org/testing-assessment

Egzamen MCASTout elèv ki nan yon lekòl piblik nan Masachousèt dwe pran MCAS. Yo bay tès sa a nan 3zyèm-10yèm Ane. Sijè yo varye, selon klas la. Anjeneral, sijè yo se Atizay Lang Angle (ELA) ak konpreyansyon lekti, matematik, syans, ak teknoloji/jeni. MCAS detèmine kijan elèv yo ak lekòl yo rive satisfè egzijans aprantisaj leta mande a.

MCAS se yon melanj kesyon ki mande pou chwazi yon repons nan mitan divès posiblite, repons kout ak kesyon opinyon (kote elèv ekri oubyen montre yon repons). Elèv nan 4yèm, 7yèm, ak 10zyèm ane ekri yon redaksyon tou nan kad egzamen atizay lang Angle a.

Pou wè kesyon ki te bay nan MCAS ant 1998-2013, ale nan: www.doe.mass.edu/mcas/testiems.html

Kisa ki Fèt ak Rezilta MCAS yo?Edikatè, paran ak elèv yo itilize rezilta MCAS pou yo: suiv pwogrè elèv yo: MCAS se youn nan divès tès Lekòl Piblik nan Boston yo itilize pou yo deside si yon

elèv pase yon klas idantifye fòs, feblès ak twou vid ki genyen nan kourikoulòm ak nan ansèyman rasanble enfòmasyon ki ka itilize pi devan pou ede elèv la bay pi bon rezilta idantifye elèv ki ka bezwen plis sipò akademik idantifye pwogrè akademik elèv yo fè lè yo monte nan lòt klas.

Depatman Edikasyon Elemantè ak Segondè nan Masachousèt (DESE) itilize rezilta MCAS ak lòt done pou detèmine si lekòl yo ak distri a satisfè egzijans pou amelyore pèfòmans elèv yo. Anplis, nan kad pwogram “Okenn Ti Moun Pa Dwe Ret Deyè” a (NCLB), DESE bay rapò baze sou rezilta yo pou mezire pwogrè ak rezilta elèv yo fè nan lekòl yo ak nan distri yo. Pou plis enfòmasyon, al gade nan paj 56.

Page 17: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 17

Kondisyon MCAS pou Resevwa DiplòmPou yon elèv ka resevwa diplòm lekòl segondè li, li dwe pase ak yon Detèminasyon Konpetans “Competency Determination (CD)” egzamen Atizay Lang Angle (ELA), matematik, ak syans ansanm ak teknoloji/jeni (STE) anmenmtan li dwe fè mwayèn li tou nan tout matyè yo enpi prezans li dwe bon. Pou genyen yon CD nan ELA enpi matematik, yon elèv dwe fè nòt nan nivo Konpetan oswa Avanse “Proficient or Advanced”. Yon elèv ki ta fè nòt Bezwen Amelyore “Needs Improvement” nan ELA ak/oubyen nan matematik oblije reyalize tou yon Plan Konpetans nan Edikasyon “Educational Proficiency Plan (EPP)”, ki se yon plan entèvansyon pèsonèl ki montre klas li pran anplis ak tout evalyasyon li te pase. (Souple mande direktè lekòl pitit ou plis enfòmasyon sou sa.) Pou pase yon CD nan STE, yon elèv dwe pase youn nan egzamen syans MCAS la (biyoloji, fizik, chimi, oubyen teknoloji/jeni).

Elèv ki pa pase egzamen MCAS lekòl segondè yo depi premye fwa a ka reprann egzamen yo pandan yo lekòl toujou enpi menm apre yo fin kite lekòl. Sepandan, si yon elèv pran egzamen yo omwen twa fwa oubyen patisipe nan Evalyasyon Altènatif pou MCAS pandan de fwa epi li pa rive ka pase tès ELA a ak/oubyen matematik, elèv la ka gen dwa mande pou yo fè konsiderasyon pou li nan kad Apèl Pèfòmans MCAS “MCAS Perfomance Appeal” la pou ELA ak matematik. Pou yon elèv gen dwa pou yo fè yon demann konsiderasyon pou li nan MCAS pou syans, li ta dwe pran egzamen sa a omwens yon fwa (oswa konplete yon evalyasyon altènatif) enpi li toujou ap suiv youn nan kou syans yo oubyen li fini ak klas 12zyèm ane li. N ap jwenn deskripsyon pwogram sa a ak kijan elèv ka patisipe ladan l sou sit entènèt BPS la. Pale ak direktè lekòl la pou konnen si pitit ou a gen dwa pou l mande Depatman Edikasyon Elemantè ak Segondè nan Masachousèt pou rekonsidere ka pa li a.

Pou plis enfòmasyon sou MCAS: Depatman Edikasyon Elemantè ak Segondè nan Masachousèt: www.doe.mass.edu/mcas/ Liy Dirèk Enfòmasyon sou MCAS pou Paran: 1-866-MCAS220 Sit entènèt Lekòl Piblik Boston an: www.bostonpublicschools.org/testing-assessment

Boukle Eka Nan ReyisitSe yon reyalite nan Lekòl Piblik Boston yo avèk distri lekòl lavil yo nan tout peyi a, genyen diferans nan rezilta nòt tès yo ak kantite elèv ki gradye nan mitan gwoup elèv yo dapre ras yo, etnisite yo, lang yo osinon enfimite yo. Diferans sa yo, yo konnen yo sou non eka nan reyisit.

Lekòl Piblik nan Boston angaje l djanm pou li jwenn bonjan rezilta nan men chak etidyan nan chak lekòl nan chak klas. Regleman sou Eka Nan Reyisit yo di konsa tout pratik ak regleman BPS ap reflete objektif li ki se elimine eka nan reyisit yo epi asire siksè akademik pou tout elèv. Nou atann nou pou tout moun k ap travay nan Lekòl Piblik Boston pran angajman pou atenn objektif sa a epi pou angaje elèv yo ak fanmi yo, sektè prive a, òganizasyon pa lafwa, òganizasyon kominotè debaz, san konte enstitisyon edikasyon siperyè yo pou travay nan tèt ansanm pou boukle baryè nan reyisit yo.

Pou li Regleman sou Eka nan Reyisit yo: vizite www.bostonpublicschools.org/gap, oswa telefone 617-635- 9124 pou resevwa yon kopi.

MCAS: Kesyon Moun Poze Tout Tan

Eske tout elèv gen pou yo pran MCAS?

wi, tout elèv ki nan lekòl piblik nan Massachousèt (menm lekòl Pilòt yo ak lekòl Chatè) dwe pran tès MCAS yo. Anplis, elèv edikasyon espesyal yo ki nan lekòl prive sou frè BPS oblije teste tou.

Kijan pou m fè konnen rezilta MCAS pitit mwen an?

Paran yo ap resevwa rapò MCAS pitit yo a swa pa lapòs oubyen nan men lekòl la. N ap jwenn rezilta MCAS pou prentan 2013 an otòn 2013.

E si pitit mwen an nan edikasyon espesyal?

Tout elèv nan edikasyon espesyal yo oblije pran tès yo, men sila ki gen yon Plan Edikasyon Endividyèl (iEP) oswa plan Seksyon 504 ka pran desizyon pou jwenn akomodasyon ki apwopriye pou tès la. Yon akomodasyon pou tès la se ti chanjman ki ka fèt nan fason yo bay tès la osinon fason pou elèv la reponn kesyon ki nan tès la dekwa pou li gen tout chans li pou demontre sa li konnen ak sa li ka fè. Fason y ap bay egzamen yo dwe ekri byen klè nan (iEP) oubyen plan Seksyon 504.

E si pitit mwen an se yon Elèv K ap Aprann Angle?

Tout elèv oblije pran egzamen MCAS yo nan matematik, syans, teknoloji/jeni. Men pou elèv ki nan premye ane yo nan Etazini, yo gen opsyon pou yo pran oubyen pou yo pa pran egzamen Atizay Lang Angle (ELA) nan MCAS.

Anplis, elèv ki ap aprann pale Angle yo ki nan klas K2-12zyèm Ane dwe pran tès Evalye Konpreyansyon ak Kominikasyon pou Elèv K ap Aprann Pale Angle Eta pa Eta “Assessing, Comprehension and Communication in English State-to-State for English Language Learners (ACCESS for ELLs)”. Tès “ACCESS for ELL” kontwole pwogrè nan aprantisaj akademik lang Angle kit lekti, redaksyon, koute ak pale.

Page 18: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 18

Rezime Kondisyon Pou Yon Elèv Pase yon Klas Lekòl Elemantè (Premye–5yèm Ane)Pou yon elèv pase klas 5yèm Ane a, li dwe… pase Angle/ Angle Kòm Dezyèm Lang (ESL) chak ane pase matematik chak ane pran syans ak istwa chak ane pase yon total twa kou sou kat kou syans ak istwa nan 4yèm-5yèm anepran kou edikasyon fizik chak anepran kou edikasyon sou sante//HIV nan 4yèm Ane fè 90 èdtan nan klas ki gen rapò ak Atizay chak ane (an mwayèn 30 minit chak jou).

Komite Konsèy Administrasyon Anndan Lekòl la ka vote pou mete kondisyon pou lòt kou ak tès ki depase sa k ekri nan paj sa yo.

Egzamen Elèv yo pran nan Lekòl Elemantè (primè)

Egzamen Klas Kisa yo Teste?

BPS – Evalyasyon Mitan Ane ak Fen Dane an Angle ak Matematik

K–5 Metriz nan nivo kritè elèv yo te etidye nan Angle (3zyèm-5yèm Ane) ak matematik (K-5yèm Ane)

Redaksyon (Common Writing Assignment) 3-5 Abilite pou prezante panse kritik alekri

Evalyasyon Tès-Alafen-Inite Envestigasyon 2–5 Tès BPS fè pou revize konsèp nan matematik pandan 4-6 semèn anvan yo.

LAP-DDIBELS NEXTTRCEvalasyon Predikif nan Atizay Lang Angle (ELA) ak matematik “Predictive Assessments ELA and Math”

K2–2K2–21–23–5

Konpreyansyon lekti, pale, lekti oral, konpreyansyon sa yo tande, kapasite pou ekriMetrize kritè Atizay Lang Angle ak Matematik nan Masachouset

MCAS 345

Atizay Lang Angle (ELA) ak lekti konpreyansyon, matematikAtizay Lang Angle (ELA), lekti konpreyansyon, redaksyon nan ELA, matematikLekti konpreyansyon nan Atizay Lang Angle; matematik syans & teknoloji/jeni

ACCESS for ELL K2–5 Kapasite pou li ak ekri an Angle, pale ak koute lang Angle pou elèv k ap Aprann Lang Angle yo

Evalyasyon Nasyonal sou Pwogrè nan Edikasyon (NAEP) 4 Lekti, matematik (yo bay chak ane)

Sondaj debaz Terra Nova an Angle pou tout elèv ak Supera an Panyòl pou elèv Panyòl k ap Aprann Lang Angle

3–5 Abilite nan vokabilè/mo epi konpreyansyon nan lekti; kapasite pou rezoud pwoblèm ki bay defi. Tès plasman pou Travay Klas Avanse (AWC); al gade nan paj 26 pou plis enfòmasyon.

Rekòmandasyon pou DevwaDevwa baze sou travay nan klas epi sa ankouraje devlopman oto-disiplin ak responsablite pèsonèl. Se yon mwayen enpòtan tou pou ankouraje kolaborasyon ant lakay ak lekòl.

JADEN DANFAN: Pwofesè yo ka bay elèv yo etidye ti powèm kout lakay yo epi vin resite yo nan klas.

Tan ki rekòmande an mwayèn: 30-60 minit pa jou.

PREMYE-3ZYÈM ANE: Devwa yo dwe kole ak kapasite ki te devlope pandan jounen lekòl la nan sijè enpòtan yo, tankou lekti ak matematik. Lide santral la baze sou etid lakay fasilite kowoperasyon lakay-lekòl la epi li ranfòse kapasite elèv yo.

Tan ki rekòmande an mwayèn: 30-60 minit pa jou.

4YÈM-5YÈM ANE: Devwa yo dwe santre sou sijè ki pi enpòtan yo epi yo dwe vini sou divès fòm. Pa egzanp, li ka gen ladan l egzèsis oraliti, ak ekriti, etidye, lekti pou plezi, devwa ekri ak preparasyon rapò.

Tan ki rekòmande pou devwa an mwayèn: 30-60 minit pa jou.

Page 19: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 19

Kondisyon pou yon Elèv Pase Klas Elemantè a: Jadendanfan – 5yèm Ane

K0-K2 Pa gen kondisyon pou yon elèv pase klas jadendanfan

1mye Ane Pou yon elèv monte nan 2zyèm ane li dwe ranpli tou de (2) egzijans sa yo:

Pase ak bèl nòt Angle (ELA) oubyen Angle Kòm Dezyèm Lang (ESL)

Pase ak bèl nòt matematik

2zyèm Ane Pou yon elèv monte nan 3zyèm ane li dwe ranpli tout egzijans sa yo:

Pase ak bèl nòt an Angle (ELA) oubyen Angle Kòm Dezyèm Lang (ESL)

Pase ak bèl nòt matematik

3zyèm Ane Pou yon elèv monte nan 4yèm ane li dwe ranpli tou de (2) egzijans sa yo:

Pase ak bèl nòt Angle (ELA) oubyen Angle Kòm Dezyèm Lang (ESL).

Pase ak bèl nòt matematik.

Elèv ki pa pase kou Angle ak Matematik ELA/ESL epitou ki pa pase tès lekti ak tès matematik yo ap jwenn “Enkonplè” kòm nòt epi yo dwe ale nan Pwogram Savan (Summer Scholars) an Ete si yo envite yo. Si yo pa pase tou de (2) kou yo ak yon tès Lekti nan fen Pwogram Savan an Ete a, y ap double klas 3zyèm ane a.

Si yo pase Lekti epi yo pase tout travay matematik men yo pa pase egzamen matematik nan fen Pwogram Savan an Ete a, y ap ka monte nan 4yèm ane epi y ap resevwa kout men andiplis.

4yèm Ane Pou yon elèv monte nan 5yèm ane li dwe ranpli tout egzijans sa yo:

Pase Angle oubyen Angle kòm Dezyèm Lang (ESL) ak bèl nòt

Pase ak bèl nòt matematik

Pase ak bèl nòt syans oubyen Istwa

5yèm Ane Pou yon elèv monte nan 6zyèm ane li dwe ranpli tout egzijans sa yo:

Pase ak bèl nòt Angle oubyen Angle kòm Dezyèm Lang (ESL)

Pase ak bèl nòt matematik

(a) Pase ak bèl nòt syans ak Istwa si yo te pase youn sèlman nan 4yèm ane; OUBYEN

(b) Pase ak bèl nòt syans oubyen istwa, si yo te pase tou de (2) sijè sa yo nan 4yèm ane.

Page 20: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 20

Rezime Kondisyon Pou Yon Elèv Pase Pou Yon Lòt Klas Lekòl Mwayen (6zyèm–8yèm Ane)Pou yon elèv pase klas nan lekòl mwayen, li dwe... Pase senk sou sis kou nan Atizay Lang Angle (ELA)/ Angle kòm Dezyèm Lang (ESL) ak matematik Pase dis sou douz kou syans, istwa, matematik ak ELA/ESL Pran twa semès kou nan kou atistik Konplete twa semès enstriksyon nan edikasyon fizik Pran de semès kou sou lasante

Komite Konsèy Administrasyon Lekòl la ka vote pou yo ka tabli kondisyon pou kou ak tès ki depase kondisyon ki bay nan paj sa a.

Rekòmandasyon pou DevwaEdikatè Lekòl Piblik Boston yo kwè lè elèv yo pase tan ki siyifikatif ap fè devwa lakay, yo gen plis chans pou yo atenn siksè akademik. Devwa lakay baze sou travay nan klas epi yo ankouraje devlopman oto-disiplin ak responsablite pèsonèl. Fè devwa lakay se yon mwayen enpòtan tou pou favorize kowoperasyon ant lakay ak lekòl.

Chak elèv nan lekòl mwayen 6zyèm-8yèm ane nan BPS yo dwe gen devwa pou yo fè lakay yo chak jou. Pwofesè k ap fè kou ki gen plis pwa yo dwe kowòdone aktivite devwa yo. Kèk sijè dwe chwazi pou kèk jou yon fason pou elèv yo genyen menm kantite devwa ototal chak swa epi tou yon fason pou yo ka fin fè yo atan. Pwen pou devwa yo dwe rantre nan nòt final elèv pou kou a nan kanè li.

Tan ki rekòmande pou devwa yo an mwayèn: De (2) zè chak jou.

Egzamen Elèv yo pran nan Lekòl MwayenEgzamen Klas Kisa yo Teste?

Tès BPS nan Fen dane 6–8 Metrize materyèl santral yo ki kouvri nan tout lekòl mwayen BPS yo

Egzamen Redaksyon 6–8 Abilite pou prezante panse kritik alekri

Egzamen pou Lekòl ak Konkou yo “Independent School Entrance” (ISEE)

6 ak 8 Tès sou konpetans an Angle ak matematik pou admisyon nan lekòl ak konkou yo (ale nan paj 27).

MCAS 6 Atizay Lang Angle (ELA) ak lekti konpreyansyon, matematik

7 Atizay Lang Angle (ELA) ak lekti konpreyansyon epitou redaksyon, matematik

8 Atizay Lang Angle (ELA) ak lekti konpreyansyon, matematik ak syans

ACCESS for ELL 6–8 Lekti an Lang Angle, redaksyon, pale, tande ak konpreyansyon pou elèv k ap aprann pale Angle yo

Evalyasyon Prediktif 6–8 Metrize Kritè Masachousèt yo pou egzamen Angle ak Matematik

Evalyasyon Nasyonal sou Pwogrè nan Edikasyon (NAEP)

8 Lekti ak matematik (yo bay chak ane)

Page 21: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 21

Kondisyon pou yon Elèv Pase Klas nan Lekòl Mwayen yo: Klas 6zyèm–8yèm Ane

6zyèm Ane Pou yon elèv monte nan 7yèm ane, elèv yo dwe resevwa bèl nòt nan yon total twa (3) matyè pami sijè sa yo: Angle (ELA)/Angle Kòm Dezyèm Lang (ESL), matematik, syans ak istwa/syans sosyal.

Elèv la dwe pase ELA/ESL nan egzamen fòmatif fen dane distri a bay. Elèv la dwe pase matematik nan egzamen fendane a oubyen

egzamen apre koudete.

Elèv ki pa pase nan ni youn ni lòt tès Angle/ESL ak matematik dwe patisipe nan Pwogram Savan an Ete (Summer Scholars Program).

Elèv ki pa pase ELA/ESL ak matematik alafen Pwogram Savan an Ete a ap koule nan kou sa yo epi y ap gen pou yo refè klas sa yo.

7yèm Ane Pou yon elèv monte nan 8yèm ane li dwe resevwa bèl nòt nan yon total sis (6) matyè pami sijè sa yo nan 6zyèm ak 7yèm ane: Angle (ELA)/Angle Kòm Dezyèm Lang (ESL), matematik, syans ak istwa/syans sosyal. Elèv la dwe pran omwens:

twa ELA/ESL + kou matematik yon kou syans yon kou istwa/syans sosyal.

Elèv ki pa pase ELA/ESL ak matematik dwe ale nan Pwogram Savan an Ete

Elèv yo ap jwenn kredi pou kou yo sèlman si yo ale nan Pwogram Savan an Ete epi yo pase travay nan sal klas yo. Elèv ki pa ale nan Pwogram Savan an pap pase kou yo.

8yèm Ane Pou yon elèv monte nan 9yèm ane, li dwe pase ak yon total dis (10) kou nan 6zyèm, 7yèm ak 8yèm ane nan sijè sa yo ak bèl nòt: Lang Angle oubyen Angle Kòm Dezyèm Lang (ESL), matematik, syans ak istwa/syans sosyal. Elèv la dwe pran omwens:

senk (5) ELA/ESL + kou matematik de (2) kou syans de (2) kou istwa/syans sosyal

Elèv ki pa pase ELA/ESL ak matematik dwe ale nan Pwogram Savan an Ete.

Elèv yo ap jwenn kredi pou kou yo sèlman si yo ale nan Pwogram Savan an Ete epi yo fè mwayèn yo pou travay nan sal klas yo. Elèv ki pa ale pa p pase kou yo nonplis.

Elèv ki pa ranpli kondisyon pou kou 8yèm ane yo nan fen Pwogram Savan an Ete a ap double. Pou elèv ki te deja double youn nan klas mwayen yo, yo kapab double ankò sèlman si direktè a, pwofesè yo, estaf sipò yo, ak paran an analize ka a.

Page 22: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 22

Kondisyon pou Diplome nan Lekòl Segondè Dapre regleman pou yon elèv pase nan klas segondè oswa pou resevwa diplòm fendetid, yon elèv dwe suiv «pwòp wout li» pou li diplome ak konkou konseye yo, pwofesè yo, gid yo ak manm fanmi yo.

Chak lekòl segondè nan BPS yo kapab suiv youn nan twa opsyon ki prepare tout etidyan pou y al nan inivèiste, lòt sant fòmasyon apre lekòl segondè, epi karyè ki rapòte. Tout opsyon sa yo bay kèk fleksiblite sou kilè elèv yo kapab pran kèk kou. Pa egzanp, yon etidyan kapab pran Istwa Etazini nan 10zyèm Ane, pandan yon lòt ka pran menm kou a nan 11yèm Ane. Gen kèk etidyan ki kapab bezwen plis pase kat (4) an pou yo konplete tout egzijans yo anvan yo diplome.

Lè n ap chwazi yon lekòl segondè, etidyan yo ak fanmi yo fèt pou pran bonjan enfòmasyon sou ki opsyon lekòl la suiv pou yon diplòm segondè nan BPS.

Kondisyon pou Elèv Resevwa Diplòm anba RevizyonResponsab Lekòl Piblik Boston yo ap revize reglèman pou elèv yo ka resevwa diplòm yo yon fason pou yo ka annakò ak sa Depatman Edikasyon Elemantè & Segondè nan Masachousèt (DESE) reklame epi pou sa yo aprann nan egal ak Pwogram Etid Debaz nan Lekòl Segondè “Massachusetts Core High School Program of Study” (www.doe.mass.edu/ccr/masscore/). Elèv ki pa reyisi fè omwens 240 nan MCAS matematik ak Angle nan 10zyèm ane oblije pran kou nan matyè sa yo epi pase yo pandan yo nan 11zyèm ak 12zyèm Ane. Plis enfòmasyon sou sa ap disponib nan sezon otòn 2013.

Rekòmandasyon pou DevwaEdikatè Lekòl Piblik Boston kwè lè elèv pase tan ki siyifikatif ap fè devwa lakay, yo gen plis chans pou yo atenn siksè akademik. Devwa lakay baze sou travay nan klas epi yo ankouraje devlopman oto-disiplin ak responsablite pèsonèl. Fè devwa lakay se yon mwayen enpòtan tou pou favorize kowoperasyon ant lakay ak lekòl.

Devwa yo pèmèt elèv yo pratike ak ranfòse leson ki fèt nan klas yo, prepare pou leson k ap vini epi/oubyen aktivite pou pèmèt elèv yo pwofonde pi plis. Lekòl la dwe genyen yon plan pou devwa ki mache ak kourikoulòm lekòl la.

Pwofesè yo dwe kowòdone devwa y ap bay elèv yo yon fason pou elèv yo pa gen twòp devwa pandan yon sèl sware. Pa egzanp yon lekòl ka bay devwa lekti ak ekriti chak jou; matematik ak istwa lendi, mèkredi ak vandredi; epi syans ak lang madi ak jedi. Pwen pou devwa yo dwe rantre nan nòt final elèv la pran pou kou yo nan kanè li.

Tan ki rekòmande pou devwa yo an mwayèn: 2èd ½ chak jou

Tès Elèv yo Pran nan Lekòl SegondèEgzamen Klas Kisa yo Teste?

Tès BPS nan mitan ak nan fen dane

9–12 Metrize materyèl kou prensipal yo nan tout lekòl segondè BPS yo nan mitan ak nan fendane a.

Evalyasyon Prediktif 9-10 Metrize kritè Atizay Lang Angle nan Masachousèt, matematik ak syans

MCAS: Atizay Lang Angle (ELA)

Nan 10zyèm (epi repran tès la jouk li

pase li)

Konpreyansyon lekti, redaksyon, ak konpreyansyon lang ak literati. Elèv yo dwe atenn nivo Konpetan/Avanse oubyen rive nan nivo Bezwen Amelyore epi ranpli Plan Konpetans nan Edikasyon (EPP) pou yo diplome yo. Al gade nan paj 15.

MCAS: Matematik 10 (epi repran tès la jouk li pase li)

Kalkil, fonksyon, aljèb, jewometri, estatistik, ak pwobabilite. Elèv yo dwe atenn nivo Konpetan/Avanse oubyen rive nan nivo Bezwen Amelyore epi ranpli EPP pou yo diplome yo.

MCAS: Syans, Teknoloji/Jeni

9yèm–11zyèm(epi repran tès la

jouk li pase li)

Pou etidyan k ap pran kou sa yo: biyoloji, chimi, entwodiksyon nan fizik, teknoloji/jeni. Elèv yo dwe pase youn nan egzamen syans yo pou yo ka diplome.

ACCESS for ELL 9–12 Kapasite pou li, ekri, pale ak tande lang Angle pou elèv k ap aprann pale Angle yo (ELL).

Tès Aptitid Eskolè (SAT)Tès ACTTM

11–12 Tès sa a egzijib pou aplike nan inivèsite. Tès Angle, ekri, matematik ak syans. Gen tès pou redaksyon ak lòt tès pou lòt sijè tou.

Tès Preliminè SAT (PSAT) 10–11 Pratik pou SAT, yo kapab itilize rezilta yo nan Merit Eskolè Nasyonal “National Merit Scholars”

Egzamen nan Redaksyon – Istwa ak Imanite

9–12 Abilite pou prezante panse analitik alekri

Evalyasyon Nasyonal sou Pwogrè nan Edikasyon (NAEP)

12 Lekti ak matematik (yo bay chak ane)

Page 23: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 23

Regleman ak Kondisyon pou Diplome nan Lekòl Segondè Responsab Lekòl Piblik Boston yo ap revize reglèman pou elèv yo ka resevwa diplòm yo yon fason pou yo ka annakò ak sa Depatman Edikasyon Elemantè & Segondè nan Masachousèt “Massachusetts Department of Elementary & Secondary Education (DESE)” reklame epi pou sa yo aprann nan ka egal ak plan Pwogram Debaz Lekòl Segondè nan Masachousèt “Massachusetts Core High School Program of Study”. Li paj 22 a ak seksyon Kesyon ak Repons nan paj sa a. Plis enfòmasyon ap disponib nan sezon otòn 2013 la.

Opsyon I Pran kat klas Angle enpi pase toulekatPran twa klas Istwa enpi pase yo ak tout Istwa Etazini 1 & 2 Pran kat klas matematik enpi pase omwen twa, ki gen ladan aljèb, jewometri, ak aljèb avansePran twa klas syans ki gen laboratwa enpi pase omwen de (2) nan kou sa yo tankou biyoloji, chimi, fizikPran klas lang etranje pandan dezan enpi pase yoPran klas atizay pandan de semès enpi pase yoPran enpi pase kat semès edikasyon fizikPran klas sante pandan yon semès enpi pase li Pran klas konpitè pandan yon semès enpi pase li Pran Egzamen MCAS la enpi pase li ak nòt Konpetans Detèminasyon (CD) “Competency Determination (CD)” pou Angle,

matematik, syans & teknoloji/jeni (al gade nan paj 17)

Opsyon II Pran enpi pase kat klas Imanite, yo dwe kouvri kritè Angle ak Istwa Etazini 1 & 2Pran kat klas matematik enpi pase omwen twa, ki gen ladan aljèb, jewometri, ak aljèb avansePran twa klas syans ak laboratwa enpi pase de (2) nan kou sa yo tankou biyoloji, chimi, fizikPran de (2) klas lang etranje pandan dezan enpi pase yoPran klas atizay pandan de semès enpi pase yoPran enpi pase kat semès edikasyon fizikPran klas sante pandan yon semès enpi pase li Pran Klas konpitè enpi pase li pandan yon semèsPran egzamen MCAs la epi pase li ak nòt Konpetans Detèminasyon “Competency Determination (CD)” pou Angle, matematik,

syans & teknoloji/jeni (al gade nan paj 17)

Opsyon III Yon lekòl ka devlope pwòp lis kou obligatwa pa li nan kondisyon pou kou sa yo reponn ak egzijans Leta a enpi direksyon Lekòl Piblik Boston lan apwouve li. Chemen III sa a se li lekòl ki bay egzamen dantre yo suiv ansanm ak kèk lekòl pilòt, lekòl Horace Mann chatè yo, lekòl “Madison Park Technical Vocational High School” ak pwogram Edikasyon Altènatif yo.

Komite Konsèy Administrasyon Lekòl la gen dwa pou li tabli lòt kou ak lòt tès ki mande plis egzijans pase sila ki nan lis ki detaye anwo a.

Si elèv yo pa pase kèk nan kou yo, èske yo oblije double tout ane lekòl la?

Non. Yo kapab reprann kou sa yo jan sa yo: pandan ete a, pandan ane akademik la nan pwogram “Twilight” la, osinon sou entènèt la nan pwogram Retablisman Kredi “Credit Recovery” (al gade nan paj 15 la) - men yo toujou ka avanse nan matyè yo pase deja yo. Pou plis enfòmasyon, ou ka pale ak konseye pedagojik lekòl pitit ou a.

Etidyan ki fini yo enpi ki gen dwa pou yo resevwa diplòm yo kapab patisipe tou nan seremoni “gradyasyon” ki fèt pandan ete a pou tout lekòl ansanm si yo te rate seremoni lekòl yo a.

Si elèv yo pran diferan kou nan diferan ane nan menm opsyon an, kilè y ap pran egzamen MCAS 10zyèm Ane a?

Tout elèv anwetan elèv ELL ki fenk rive yo dwe pran MCAS nan 10zyèm Ane.

Kisa ki Pwogram Debaz “MassCore” la?

Responsab Eta a rekòmande “MassCore” ki se yon pwogram solid ki aliyen kou nan lekòl segondè ak kolèj yo epi sa patwon travay yo mande. Pwogram lan rekòmande pou gen ladan: 4 ane etid Angle; 4 ane Matematik; 3 ane Syans ak laboratwa; 3

ane Istwa/Syans Sosyal; 2 ane yon menm lang etranje; 1 ane nan Atizay; 5 lòt ane nan kou “santral” nan pami nenpòt matyè ki anwo yo, edikasyon biznis, karyè ak edikasyon teknik, sante oswa teknoloji. Genyen plis opòtinite nou rekòmande tankou Kou Plasman Avanse, anwolman doub ak kolèj, pwojè pou finisan, kou sou entènèt pou lekòl segondè oswa kredi pou kolèj, ak sèvis -oswa travay aprantisaj. Elèv ki konplete pwogram etid MassCore la pral pi byen prepare pou kolèj ak pou karyè.

Kimoun elèv yo ak fanmi yo ta dwe mande enfòmasyon sou koze regleman Gradyasyon Lekòl Segondè?

Mande depatman Konseye Pedagojik Depatman Konseye Pedagojik BPS 617-635-8030 Biwo Sipò Lekòl Segondè 617-635-8079

Kesyon ak Repons sou Regleman pou Diplome nan Lekòl Segondè

Page 24: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 24

Pwogram Espesyal:Elèv k ap Aprann Lang Angle

Lekòl Piblik Boston (BPS) fè enstriksyon ki gen bonjan kalite pou Elèv k ap Aprann Lang Angle yo youn nan pi gwo priyorite l. BPS ofri plizyè chwa ak sèvis pou ede elèv sa yo aprann Angle pandan y ap etidye literati, lekti/ekriti,

matematik, syans, istwa/syans sosyal ak atizay. Kourikoulòm nan bati pou devlope talan akademik nan lekti, ekri, tande ak pale pou prepare yo pou gen siksè nan kolèj ak karyè.

Kilès Elèv K ap Aprann Angle yo ye?

Elèv k ap Aprann Angle yo (ELL) se elèv natif-natal yon peyi ki pale yon lang ki pa Angle, konsa yo ka gen difikilte pou yo travay nan matyè lekòl yo nòmalman nan lang Angle a. Yo konn rele elèv sa yo tou elèv ak Konpetans Limite nan Angle (LEP). Gen anviwon 17,000 elèv nan Lekòl Piblik Boston yo (30% elèv BPS yo ototal) ki nan pwogram pou Elèv k ap Aprann Angle.

Kouman yo mete elèv yo nan sèvis ELL yo?

Tout paran oswa moun ki responsab elèv k ap antre nan Lekòl Piblik Boston pou premye fwa dwe konplete yon sondaj sou ki lang yo pale lakay yo lè y ap fè enskripsyon an. Si sondaj sa a demontre timoun nan petèt kalifye pou sèvis pou ELL, distri a sipoze evalye timoun nan pou wè kapasite li nan kat kategori sa yo (tande, pale, li ak ekri) an Angle. Paran oubyen responsab elèv ki kalifye pou jwenn sèvis kòm ELL gen dwa legal pou resevwa enfòmasyon sou pwogram ak benefis sèvis ki la disponib pou ELL nan yon lang yo kapab konprann (nan mwayen ak lang yo itilize) epi pou yo kapab chwazi pwogram (paran oubyen responsab) la kwè k ap satisfè bezwen pitit yo a pi byen.

Ki opsyon ak pwogram Lekòl Piblik Boston yo ofri bay elèv k ap aprann Angle yo?

Tout elèv k ap aprann lang Angle, nan kèlkeswa pwogram li plase a, pral resevwa kou lang Angle (Lang Angle tankou yon dezyèm lang) ak ansèyman pou tout kontni matyè yo an Angle fasil. Lekòl Piblik Boston yo ofri pwogram sa yo:

Sheltered English Immersion “Imèsyon Pwoteje an Angle (lang espesifik separe)”: Nan klas sa a ki genyen yon pwofesè ki kalifye k ap anseye, tout elèv yo se moun ki pale menm lang epi k ap aprann Angle. Yo sèvi ak materyèl pou ranfòse akisizyon lang Angle elèv yo anmenmtan l ap pouse konesans elèv yo nan lòt matyè yo. Anplis, yo ba li enstriksyon pou li aprann Angle tankou yon dezyèm lang (English as a Second Language (ESL). Depi sa posib, pwofesè ki nan klas la kapab sèvi ak lang timoun nan pale a pou klarifye enstriksyon li, si sa nesesè.

Sheltered English Immersion “Imèsyon Pwoteje an Angle”: Nan klas sa a ki genyen yon pwofesè kalifye ki anseye li, yo mete tout elèv yo ansanm san yo pa bezwen pale menm lang. Materyèl ak metòd ansèyman pou fè klas yo la pou ede elèv yo aprann Angle anmenmtan y ap pouse konesans yo nan matyè yo. Anplis, yo ba yo enstriksyon pou yo aprann Angle tankou yon dezyèm lang (English as a Second Language (ESL).

Two-Way Bilingual Education “Pwogram Bileng nan de Sans”: Nan klas sa yo, nou jwenn elèv ki pale Angle kòm lang manman ak timoun ki pale lòt lang reyini ansanm pou yo aprann (pou kounyeya, se yon pwogram Panyòl sèlman ki egziste nan BPS). Lekti ak matyè yo anseye nan toulede lang yo. Yo anseye tou kou Angle tankou yon dezyèm lang (English as a Second Language (ESL).

Transitional Bilingual Education (TBE) “Pwogram Bileng Pou Yon Tan” : Nan klas sa yo, pwofesè a bay enstriksyon nan lang natif la pou fasilite aprantisaj nan matematik, syans ak syans sosyal. Pandan elèv yo ap vin pi konpetan nan lang Angle a, pwofesè a pral sèvi ak lang natif la mwens, pou jouk tout enstriksyon an ka fèt nan lang Angle sèlman epi elèv yo kapab fè tranzisyon nan klas edikasyon jeneral nan fen pwogram nan.

Native Language Literacy “Alfabetizasyon nan Lang Natif-natal” : Nan klas sa yo, gen yon pwogram enstriksyon espesyal pou timoun ki gen laj nèf (9) lane ou plis ki poko konn li ak ekri nan lang manman yo, oswa ki pat janm ale lekòl nan peyi kote yo soti a oubyen tou yo te fè antre-soti lekòl. Pwogram sa a ede elèv yo aprann pale ak aprann ekri anmenmtan yo ap ba yo fondasyon pou yo pran ladrès ak konesans pou yo kontinye etid yo ansanm ak tou sa yon moun bezwen pou yo degaje yo nan sistèm Etazini an.

Dapre lalwa, pou yon elèv ka patisipe nan pwogram TBE oswa Alfabetizasyon an paran/ moun ki responsab li a dwe siyen yon otorizasyon ki rekonèt pitit li a bezwen pwogram sa a enpi paran an espesyalman mande youn nan pwogram yo. Gade sa ki di anba a.

Newcomers Academy “Akademin Elèv Nouvo” se yon pwogram ki prepare espesyalman epi ki chita nan lekòl Boston International High School. Li sèvi elèv ki gen ant 14-18 lane ki te ale lekòl antre-soti oswa ki pat janm al lekòl ditou nan peyi yo; yo rive Ozetazini apre ane lekòl la fin kòmanse; yo genyen twa lane reta oubyen plis toujou parapò ak sa yo te dwe konnen nan pwòp lang yo; osnon yo te oblije kanpe sou lekòl depi yo te nan peyi kote yo soti a.

Nan Newcomers Academy, elèv yo resevwa:

Kou entansif pou aprann Angle ak pou devlope abilite yo nan lekti Enstriksyon prepare espesyalman pou ede yo aprann Angle, matematik,

syans, teknoloji, atizay ak edikasyon fizik.

Kilè yon elèv ki ap aprann Angle dwe mande yon dispans?

Paran yon timoun k ap aprann Angle ka mande otorizasyon pou pitit li a ale nan yon klas Edikasyon Bileng pou yon tan “Transitional Bilingual Education”, pase li ale nan “Sheltered English Immersion”, si li panse pitit li a t ap benefisye pi plis.

Ki fason pou yo ta mande dispans pou timoun anba 10 lane?

Elèv la dwe nan yon sal klas Konsantrasyon Ansèyman Pwoteje SEI an Angle pandan omwens 30 jou anvan paran l ka aplike pou li

Paran an dwe vizite lekòl la pou l mande dispans lan. Lè sa a direktè lekòl la va esplike paran an tout pwogram ELL yo ak kondisyon pou yo apwouve yon dispans. Enfòmasyon yo fèt pou yo nan lang paran an konprann.

Si direktè a dakò ak paran an, elèv la ta dwe gen yon dispans, direktè a dwe ekri rezon li genyen pou l rekòmande dispans lan.

Direktè lekòl la dwe otorize dispans la a. Dokiman sou otorizasyon an dwe rete nan dosye elèv la nan lekòl la. Paran an gen dwa ale annapèl oka yo ta refize li dispans lan.

Page 25: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 25

Eske gen posiblite mande otorizasyon dispans pou elèv ki gen plis pase 10 zan?

Wi. Pou elèv ki gen di zan ou plis, lalwa pèmèt Edikasyon Bileng Tranzisyonèl (TBE) lè direktè a ak pwofesè yo panse elèv la t ap fè pi bon pwogrè akademik epi li t ap pale Angle pi rapid si l te nan yon pwogram TBE, oubyen si paran an mande sa. Direktè a ap bay paran an yon fòmilè dispans pou yo siyen. Yo ap annik voye otorizasyon dispans la nan Sant Evalyasyon ak Konsèy pou Moun Nouvo “Newcomer Assessment and Counseling Center”, kote yo ap ranpli modalite yo.

Pou plis enfòmasyon sou Aprantisaj nan Lang Angle

Biwo BPS pou Elèv K ap Aprann Angle yo 617-635-9435 Biwo BPS Pou Trèdinyon ant Lafanmi Ak Angajman Elèv 617-635-7750 Depatman Edikasyon Elemantè ak Segondè nan Masachousèt www.doe.mass.edu/ell/

Edikasyon Espesyal ak Sèvis pou Etidyan

Elèv ki gen enfimite gen dwa ak anpil pwoteksyon dapre lalwa federal ak lalwa eta a. Dapre lwa federal la Lwa sou Edikasyon Moun ki gen Enfimite “Individu-als with Disabilities Education Act” (IDEA), tout timoun ki gen yon andikap gen

dwa pou resevwa edikasyon piblik gratis ki fèt pou satisfè bezwen endividyèl yo epi prepare yo pou edikasyon pi devan, travay, ak posibilite pou viv endepandan. Elèv ki gen andikap yo dwe resevwa edikasyon nan klas ak elèv ki pa andikape depi sa posib.

BPS ofri yon bann anviwònman pou elèv ki gen andikap:

Nan anviwònman “enklizyon okonplè”, elèv ki gen andikap modere yo resevwa edikasyon yo ansanm ak elèv ki pa gen bezwen espesyal. Lè sa posib, yo resevwa sèvis espesyal nan klas regilye yo.

Anpil elèv ki gen andikap ale nan sal klas regilye yo pou yon pati nan jounen an, men yo resevwa sèvis espesyal andeyò sal klas regilye yo. Se sa yo rele “enklizyon pasyèl.”

Elèv yo plase nan anviwonman “separe apa” pou tout jounen lekòl la akoz bezwen edikatif yo mande pou yo nan yon anviwonman an ti gwoup.

Elèv ki nan nivo gran bezwen enskri nan lekòl espesyal piblik pandan lajounen oubyen nan lekòl prive, oswa anviwonman rezidansyèl kote yo ka resevwa tout enstriksyon ak sèvis nan lekòl separe pou edikasyon espesyal. BPS gen twa lekòl espesyal pou elèv ki gen andikap ki reklame gran swen: Lekòl Horace Mann pou elèv ki gen defisyans nan tande Sant pou Devlopman Carter pou elèv ki gen plizyè kalite andikap Gwoup Lekòl McKinley yo pou elèv ki gen defisyans emosyonèl

Anplis, BPS ofri sèvis pou elèv ki swa gen andikap oswa ki pa genyen andikap, tankou:

Sèvis sante konpòtman — sikoloji, konsèy ajisteman elèv, prevansyon vyolans, sipò apre gwo chòk

Sèvis ki gen rapò ak — pwononsyasyon / terapi langaj, terapi okipasyonèl, terapi fizik, vizyon ak sipò pou tande, edikasyon fizik adapte, sipò teknoloji asiste

Sante nan Lekòl / sèvis medikal — premye swen, distribye medikaman yo, kontwole kondisyon medikal espesyal.

Si ou sispèk pitit ou a ta gen difikilte pou fè pwogrè nan yon salklas regilye akòz yon andikap, ou gen dwa pou mande pou yo fè yon evalyasyon pou pitit ou a dekwa pou chèche konnen si li gen yon andikap ki kalifye li pou sèvis espesyal. Mande direktè lekòl la oswa kowòdonatè Edikasyon Espesyal ak Sèvis Sipò “Special Education and Student Services” (SESS) nan lekòl ou a pou evalyasyon sa a.

Pou Plis Enfòmasyon sou Edikasyon Espesyal ak Sèvis pou Elèv Edikasyon Espesyal (biwo santral) 617-635-9234 Edikasyon Espesyal (nan lekòl) 617-635-8599 Sèvis Elèv 617-635-8030www.doe.mass.edu/sped/parents.html

Elèv San Lojman

Elèv ki pa gen kote pou yo rete pandan yon bout tan bezwen fè eksperyans aprantisaj nan lekòl san kontrariyete. Sant Resous Edikasyon pou Endijan nan BPS bay elèv sa yo ak fanmi yo tout sipò ak resous.

Pou Plis Enfòmasyon Sant Resous Edikasyon pou Endijan 617-635-8037 www.bostonhem.org

Elèv k ap Aprann Lang Anglè (kontinyè)

Sant Evalyasyon & Konsèy Pou Moun Nouvo

617-635-1565 • 55 Malcolm X Blvd., RoxburyYon sèvis pou elèv nan K2-12zyèm ane ki swa oubyen

petèt elèv k ap aprann Angle.Ouvè jou lekòl, 8 a.m.–5 p.m.

Egzamen lang nan lang nantif-natal ak Angle Konsèy sou edikasyon ak karyè Oryantasyon nan Lekòl Piblik Boston yo ak sèvis vil la bay Enfòmasyon ak resous pou fanmi

Page 26: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 26

Pwogram Espesyal: Opsyon pou Edikasyon

Lekòl Piblik Boston yo ofri yon bann pwogram edikasyon altènatif pou elèv lekòl mwayen ak lekòl segondè ki pa bay bon randman nan anviwonman yon lekòl regilye. Pwogram sa yo ofri sèvis sipò entansif ak apwòch diferan pou

aprantisaj la fèt.

Se pa tout elèv ki mande yon plas nan yon pwogram altènatif ki ap jwenn li, men tout elèv yo pral resevwa sipò anplis.

Kèk nan opsyon pwogram pou edikasyon:

Sant BPS pou Re-angajman (REC) ede elèv ki te abandone lekòl segondè yo (oswa moun ki ap konsidere kite lekòl) pou kontinye edikasyon yo.

“Boston Adult Technical Academy” (BATA) sèvi elèv ki gen laj 18-22 zan ke yo konsidere kòm twò gran nan laj yo ak pou klas yo a. Kèk nan elèv sa yo ap aprann pale lang Angle tou.

“Newcomers Academy” sèvi elèv k ap aprann lang Angle epi edikasyon fòmèl yo te antre-soti.

“Charlestown Diploma Plus” nan Lekòl Segondè Charlestown sèvi elèv ki soti nan tout lekòl segondè BPS yo ki pa ka travay byen nan pwogram regilye a.

“Community Academy” (klas 9yèm-12zyèm) ak “Middle School Academy” (klas 6zyèm-8yèm) resevwa elèv ki bezwen aprann nan yon anviwonman tou piti ki byen estriktire epi ki gen bonjan disiplin.

Prevansyon Abandon ak Devlopman Edikasyonèl Jeneral (GED). Elèv yo ak / oswa fanmi yo kapab chwazi pwogram sa yo si yo te gen yon eksperyans negatif lekòl oswa si yo vle pran yon yon lòt wout pou yo diplome nan lekòl segondè.

BPS ofri pwogram an plis nan tèt ansanm ak òganizasyon kominotè: Lekòl Segondè Ostiguy (rekiperasyon apre abi sibstans), “EDCO”, “ABCD University High School”, “Dorchester Youth Alternative”, “Little House”, “City Roots”, ak Lekòl Altènatif St. Mary (pou adolesan ki ansent).

Pou Plis Enfòmasyon sou Opsyon pou Edikasyon: Biwo Opsyon pou Edikasyon 617-635-8035 Sant pou Re-angajman 617-635-2273 Enfòmasyon jeneral sou GED doe.mass.edu/ged/

Travay Avanse Nan Klas

Travay Avanse Nan Klas (AWC) se yon pwogram pou elèv ki nan 4yèm, 5yèm ak 6zyèm ane. Pwogram AWC yo nan lekòl nan tou distri a. Gen katòz lekòl ki gen pwogram AWC nan 4yèm-5yèm epitou gen 14 lekòl ki genyen pwogram

AWC nan 6zyèm Ane. Genyen klas an Angle ak an Panyòl.

Elèv ki nan AWC etidye menm matyè ak sa ki nan klas regilye yo, men yo ale pi fon nan nannan sa y ap etidye yo. Elèv sa yo oblije fè plis travay nan sal klas la epi yo gen plis devwa lakay. Nan Matematik, yo kouvri kourikoulòm pou klas yo ye a lèfini yo etidye yon mòso nan pwogram lòt klas ki pi wo a. (Pa egzanp, elèv ki nan klas 6zyèm ane yo ap gentan etidye mwatye nan pwogram klas 7yèm ane distans tan pou yo rive nan fen dane lekòl la.) Nan atizay lang Angle, elèv yo ekri pi plis, epi yo li literati ki pi difisil pase sa ki nan kourikoulòm regilye a. Elèv yo etidye yon lang etranje tou – Panyòl, Franse, Chinwa oubyen Japonè.

Kouman elèv yo ka rantre nan pwogram travay Avanse Nan Klas?

Tout elèv ki nan 3zyèm, 4yèm ak 5yèm ane pran yon tès nasyonal ki evalye yo pou konnen si yo kalifye pou AWC. Yo bay tès sa yo nan fen septanm oubyen nan kòmansman mwa Oktòb chak ane. Elèv k ap aprann lang Angle yo kapab pran tès sa a an Panyòl.

Elèv ki nan 4yèm ane AWC pase otomatikman pou 5yèm ane AWC. Pou antre nan yon pwogram AWC nan 6zyèm ane, elèv ki nan 5yèm ane a dwe rive nan nivo 3 oswa 4 pou tout travay akademik lekòl li, gen bon prezans nan lekòl dapre regleman BPS, epi fè bon nòt nan tès nasyonal pou lekti ak matematik.

Kouman m ap ka konnen si pitit mwen an elijib pou pwogram sa a?

BPS voye lèt envitasyon bay nouvo elèv ki kalifye yo an janvye.

Kouman yo mete elèv yo nan AWC?

Elèv ki elijib yo ap resevwa yon aplikasyon ki bay lis chwa pou tout lekòl Travay Avanse Nan Klas (AWC) yo ak chwa lekòl ki pa AWC yo. Elèv yo plase nan lekòl AWC

yo dapre menm prensip nòmal BPS yo (baze sou chwa, frè/sè, preferans, ak yon tiraj osò).

Paran yo nimewote lekòl yo enterese yo nan lòd nimewo ki sou fèy aplikasyon an dapre preferans yo. Chwa yo ka yon konbinezon lekòl ki gen AWC oubyen ki pa genyen AWC — men pou asire ou jwenn yon lekòl ki genyen AWC chwazi tout lekòl ki genyen AWC lè w ap chwazi.

Pou plis enfòmasyon sou Travay Avanse nan Klas (AWC) rele: Admisyon pou AWC 617-635-9512 Kourikoulòm AWC 617-635-9202 Egzamen pou AWC 617-635-9450

Page 27: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 27

Lekòl ki gen Konkou Dantre yo

Gen twa “lekòl a konkou” pou etidyan nan BPS pou 7yèm-12zyèm ane: Lekòl “Boston Latin Academy”, Lekòl “Boston Latin” ak Lekòl “John D. O’Bryant School of Mathematics and Science.” Toulètwa lekòl yo asepte enskripsyon

pou elèv nan 7yèm ane ak 9yèm ane. O’Bryant aksepte yon ti ponyen elèv nan 10zyèm ane. Yo gen yon kourikoulòm djanm ki konsantre sou gradye elèv pou ale nan inivèsite. Lekòl a konkou yo egzije plis travay nan klas epi yo bay plis devwa pase prèske tou lòt lekòl segondè BPS yo.

Pou antre nan lekòl sa yo se sou konpetisyon. Envitasyon nan lekòl sa yo fèt dapre rezilta yon tès admisyon ak mwayèn jeneral.

Egzamen Endepandan pou Antre nan Lekòl yoTout aplikan pou lekòl a konkou yo dwe pran Egzamen Endepandan pou Antre nan Lekòl yo (ISEE) pou yo ka enskri nan lekòl sa yo. Pwochen administrasyon tès sa a ap fèt Samdi 2 novanm 2013 nan douz (12) sant nan Boston. Ou ka jwenn materyèl pou enskripsyon nan lekòl kote ou ye a epi ou dwe voye dokiman yo tounen bay direktè lekòl la anvan 27 septanm 2013.

Fanmi yo ka deside tou pou pran egzamen nasyonal ISEE la ki limenm fèt nan yon lòt dat ak nan yon lòt lokal. Nan ka sa a, paran yo dwe enskri pitit yo poukont yo pou ISEE a epi pran kontak ak Biwo Dosye sou Edikasyon “Educational Records Bureau” nan 800-446-0320 oubyen sou entènèt la: www.iseetest.org. Kandida ki deside pran egzamen nasyonal ISEE la dwe fè sa anvan 16 novanm 2013 epi voye rezilta yo bay Lekòl Ki bay Konkou Dantre “Boston Exam Schools” (nimewo kòd lekòl la se 888888).

Mwayèn Jeneral (GPA)Yo kalkile GPA apati nòt final elèv la te fè pou ane a an Angle ak Matematik nan lekòl kote yo te ye anvan an ansanm ak kanè de (2) premye trimès yo pou ane sa a. Pou elèv k ap aplike pou antre nan 7yèm ane, kanè 5yèm ane yo nan lekti, ekriti, ak matematik pou prentan ap konte. An janvye, tout aplikan pral resevwa yon fòmilè pou Otorizazyon Kandida pou paran/moun responsab yo siyen. Lekòl kote elèv la ye kounyeya dwe retounen fòmilè a bay Biwo Plasman nan BPS la premye vandredi mwa fevriye a. Souple nòt yo pap ka chanje apre yo fin voye fòm nan tounen.

Domisil pou Aplikan nan Lekòl ak Konkou Dantre yoTout aplikan pou lekòl ki bay konkou dantre yo dwe konfime alekri yo rete toutbon vre nan Vil Boston.

Tanpri detache epi ranpli fòmilè Akò Paran & Elèv Lekòl Piblik Boston “Boston Public Schools Parent & Student Agreement” epi voye li tounen nan lekòl kote pitit ou a ye kounyeya.

Sonje pou mete adrès ou ansanm ak enfòmasyon sou kijan pou yo kontakte ou ajou nan youn nan Sant Dakèy Boston yo oka ou ta chanje adrès.

Paran yo fèt pou siyen envitasyon lekòl a konkou yo epi retounen fòm nan nan dat yo ba yo nan fòm nan pou pitit yo kapab ale nan lekòl a konkou yo. Yon fwa paran an aksepte envitasyon an, li bay dizon l pitit li a rete toutbon vre nan vil Boston.

Pou plis enfomasyon sou Lekòl ak Konkou Dantre yo Planifikasyon & Sipò pou Enskripsyon 617-635-9512 Sit entènèt BPS la bostonpublicschools.org/exam Telefone nenpòt Sant Dakèy Boston (al gade nan paj 5) Al gade paj 46–47 pou plis enfòmasyon sou egzijans domisil

Enstriksyon Lakay ak nan Lopital

Lekòl Piblik Boston (BPS) yo bay fòmasyon lakay ak nan lopital pou elèv ki dwe rete lakay li oubyen nan lopital lajounen oubyen leswa, oubyen nan nenpòt ki konbinezon de bagay sa yo, pou 14 jou lekòl omwen nan yon ane lekòl. Anvan

yon elèv ka resevwa sèvis sa yo, yon doktè lisansye dwe ranpli yon fòm ofisyèl leta.

Pou Plis Enfòmasyon sou Enstriksyon Lakay ak nan lopital Operasyon/Sipò Elèv 617-635-9643

Lekòl Lakay

Paran ki rete nan Boston epi ki vle fè lekòl pou pitit yo lakay yo dwe aplike nan Biwo Opsyon pou Edikasyon BPS dekwa pou yo ka jwenn apwobasyon. Yo dwe demontre pwopozisyon edikasyon lakay yo a suiv Gid Pou Edikasyon

Lakay la nan Masachousèt epi li satisfè kondisyon lwa Obligasyon Pou Prezans lan (Compulsory Attendance law).

Pou Plis Enfòmasyon sou Lekòl Lakay Opsyon pou Edikasyon 617-635-8035

Page 28: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 28

Sèvis pou Elèv: Sante ak Byennèt

Lè elèv yo ansante, yo gen plis chans pou yo reyisi nan aprantisaj yo. Pou lekòl yo reyisi nan edike elèv yo, yo dwe pran swen sante fizik, mantal ak emosyonèl elèv yo tou. Koneksyon Ansante se nouvo plan Lekòl Piblik Boston yo genyen

pou amelyore sante ak byennèt tout elèv. Atravè Koneksyon Ansante, BPS ap:

amelyore swen sante ki baze nan lekòl la fè pwomosyon pou konpòtman ki sen kreye yon anviwonman lekòl ki sen amelyore kapasite elèv yo pou rete anfòm

Pou plis enfòmasyon: www.bpshealthyconnections.org

Sèvis SanteEnfimyè Lekòl laGen sèvis enfimri nan prèske tout lekòl. Gen lekòl ki genyen yon enfimyè anndan lekòl la chak jou, gen lòt lekòl ki oblije pataje enfimyè youn ak lòt. Si ou bezwen pale ak enfimyè lekòl la, souple rele biwo lekòl la.

Tout enfimyè lekòl yo gen lisans nan leta Masachousèt pou yo pratike metye a epi yo gen lisans Depatman Edikasyon Elemantè & Segondè “Department of Elementary & Secondary Education” ba yo. Anplis, yo tout sètifye nan respirasyon atifisyèl (CPR) ak lòt swen sekouris. Wòl ak responsablite enfimyè lekòl se pou:

Evalye epi kontwole bezwen lasante tout elèv yo nan lekòl la

Idantifye epi kontwole elèv ki bezwen swen espesyal lasante

Travay ak lòt gwoup ki baze nan lekòl la pou ofri yon anvironnman sennesof

Kontwole epi bay medikaman oswa akonpli aktivite medikal dapre preskripsyon doktè oubyen espesyalis medikal

Bay premye swen ak swen an ijans

Ede fanmi yo jwenn asirans sante lèfini ede yo chwazi yon doktè

Ede yo aprann kontwole maladi atrapan

Ou kapab ede enfimyè lekòl la pran swen pitit ou a si ou:

fè l konnen si pitit ou a genyen yon maladi kwonik grav epi si li bezwen pou enfimyè a ba li swen pandan li lekòl la

pale ak enfimyè a si medikaman yo oubyen kondisyon sante l chanje

kenbe nimewo telefòn an ka dijans pitit ou a ansanm ak enfòmasyon sou kontak yo ajou pou lekòl la ka toujou kapab pran kontak ak ou

VaksinasyonDaprè lalwa, fòk tout elèv yo pran vaksen atan avan yo antre lekòl. Lekòl Piblik Boston egzije pou elèv yo gen vaksinasyon yo ajou pou antre lekòl la lè y ap enskri a.

NOTE BYEN: Si yon timoun gen 4 an, li ta dwe deja vaksinen pou klas K1/K2. Men, si yon timoun gen 3 zan lè l ap enskri a, li PA bezwen te gentan pran vaksen timoun 4 an.

Tablo sa a se gid vaksen Depatman Sante Piblik nan Masachousèt ak pou antre lekòl:

Lis Vaksen ki Egzijib pou Enskri pou Lekòl(Note byen: regleman yo chanje ane apre ane;

enfòmasyon sa yo se pou ane sa a sèlman.)

K0(laj 3 an)

K1/K2(laj 4–5 an)

Ane1–6

Ane7–12

Hepatit 3 dòz 3 dòz 3 dòz 3 dòz

DtaP/DTP/DT/Td:

≥4 dòzDTaP/DTP

5 dòz DTaP/DTP

≥4 dòz DTaP/DTP oubyen ≥3 dòz Td

≥4 dòz DTaP/DTP oubyen ≥3 Td 1; epi 1 Tdap pou Gr. 7-9

Polyo ≥3 dòz 4 dòz ≥3 dòz ≥3 dòz

“Hib” 1-4 dòz 0 0 0

MMR 1 dòz 2 dòz Ane 1-2: 2 MMR Ane 3-6: 2 lawoujòl, 1 malmouton,1 rubella

Ane. 7-9: 2 MMR Ane. 10-12: 2 lawoujòl,1 malmouton,1 rubella

Varisèl (saranpyon)

1 dòz * 2 dòz * Ane. 1-2: 2 dòz*Ane. 3-6: 1*

Ane. 7-9: 2 dòz*Ane. 10-12: 1 dòz*

*oswa dokiman ki di li pase maladi a

Pou plis enfòmasyon, ale nan: www.mass.gov epi tape “immunization” nan bwat rechèch la. Souple kontake Sèvis Sante BPS nan 617-635-6788 si ou gen lòt kesyon.

Paran an dwe soumèt yon dosye medikal kote li konfime pitit li a te pran vaksen kont difteri, “pertussis” (koklich), tetanòs, polyomyelit, lawoujòl, saranpyon, malmouton ak epatit B. Dosye a fèt pou l montre ki jou, ki mwa epi nan ki ane timoun nan te pran vaksen an.

Anplis, nou vreman rekòmande pou fè yon Evalyasyon sou Risk Tibèkiloz pou pitit ou a.

Nou pa egzije vaksen “meningococcal” kont menenjit pou antre lekòl. Men, Depatman Sante Piblik nan Masachousèt la rekòmande vaksen sa a pou tout timoun ki nan laj 11-12 an epi pou adolesan ki nan laj lekòl segondè (15 an). Enfimyè lekòl la gen dokiman sou «Maladi Menenjit ak Elèv: Kesyon Moun ap Poze Tout Tan» (Meningococcal Disease and Students: Commonly Asked Questions) nan sant pou lasante a, oubyen ou kapab jwenn yon kopi nan men doktè ou.

Dokimantasyon pou vaksinasyon trè enpòtan. Se paran an ki responsab pou l mete dosye vaksinasyon yo ajou epi pou l kenbe enfimyè lekòl la okouran kilè pitit li a te pran lòt vaksen. Enfimyè lekòl la analize dosye vaksinasyon yo detanzantan.

Si yon elèv pa pran tout vaksen li ta dwe pran yo, lekòl la kapab ranvwaye li lakay li oka ta gen yon epidemi. Se Depatman Sante Piblik nan Masachousèt ak Komisyon sou Lasante nan Boston ki tabli prensip sa yo.

SITIYASYON ESPESYAL. Apa ka ijans oubyen epidemi, gen delè yon elèv kapab kòmanse lekòl si paran l oubyen gadyen legal la prezante yon deklarasyon alekri ki soti nan men (1) yon doktè ki deklare timoun nan pat vaksinen pou rezon medikal, oubyen (2) timoun nan pat vaksinen akòz kwayans relijyèz li.

Page 29: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 29

Konsiltasyon Egzamen FizikPandan paran an gen pou l pran tout responsablite l pou sante pitit li, lekòl la responsab pou byennèt ak sekirite elèv yo pandan yo nan lekòl la. Daprè lwa nan eta a, elèv ki fèk antre nan sistèm lekòl la dwe prezante rezilta tès medikal yo ak konsiltasyon kay doktè nan delè sis (6) mwa apre yo fin antre lekòl. Si pitit ou a nouvo nan lekòl la, li ta bon pou vini ak yon kopi kanè vaksen yo, epi egzamen fizik li bay enfimyè a premye jou li ale nan lekòl la, menmsi ou te bay yo deja pandan enskripsyon an.

Si pitit ou te pran kèk rapèl vaksen pandan peryòd vakans ete a, asire ou bay enfimyè a dosye medikal ki ajou a.

Tout elèv sipoze fè yon konsiltasyon fizik nan klas 4yèm, 6zyèm ak 9yèm Ane. Elèv ki nan espò yo dwe gen yon egzamen medikal ki pa pi ansyen pase trèz mwa anvan chak sezon espò kòmanse.

Sonje gen anpil nan sant sante yo ki bezwen pou pi piti de (2) semenn pou fè w jenn yon kopi dosye medikal.

Pran Medikaman LekòlNan pi fò ka yo, se sèlman enfimyè lekòl la ki dwe bay elèv la medikaman pandan li lekòl la. Sepandan gen twa (3) sikonstans kote kapab gen yon lòt moun ki bay medikaman an.

Lè elèv la pral nan pwomnad, enfimyè a kapab delege yon lòt moun li montre kijan pou l bay medikaman an (yo).

Nan yon ka dijans kote yon reyaksyon alèjik mete lavi yon elèv an danje, tankou “Epi Pen”, kote pèsonèl lekòl la ka bay yon medikaman prese-prese. Enfimyè lekòl la responsab pou l antrene epi sipèvize tout moun nan zafè bay medikaman.

Gen elèv ki kapab pran medikaman yo pou kont pa yo tankou respiratè pou opresyon. Pou sa fèt, paran an dwe kontakte enfimyè lekòl la pou fè aranjman pou yon Plan Pran Medikaman Pou Kont Ou.

Pou enfimyè a ka bay medikaman paran an dwe siyen otorizasyon ansanm ak preskripsyon doktè. Yo ka bay lòt medikaman san preskripsyon tankou Tylenol oubyen Motrin, men paran an dwe bay pèmisyon l. Mande enfimyè nan lekòl pitit ou a pou fòm pèmisyon an. Se paran an menm ki dwe founi medikaman pitit li a epi fòk medikaman an nan flakon famasi a te mete li a. Toujou met enfimyè a okouran si doktè a chanje kalite medikaman an oubyen dòz medikaman an.

Asirans SanteAsirans sante disponib pou tout timoun k ap viv nan Masachousèt. Si ou bezwen plis enfòmasyon sou asirans ak swen lasante, kontakte Liy Telefòn Lasante Majistra a nan 617-534-5050. Si ou gen asirans sante, tanpri mete enfòmasyon yo nan Akò Paran & Elèv ki nan paj 38 la.

Sitiyasyon Espesyal sou TranspòtasyonAle nan paj 33, “Sitiyasyon Espesyal pou Transpòtasyon” pou jwenn enfòmasyon sou sèvis tranpòtasyon pou elèv ki gen yon andikap kote kondisyon fizik oubyen medikal yo anpeche yo mache al lekòl oubyen ret kanpe tann otobis.

Ka Dijans MedikalSi yon elèv tonbe malad oubyen blese nan lekòl la, lekòl la ap fè tout efò posib pou li kontakte paran oswa moun pou rele an ka dijans la ki nan kat dijans elèv la nan dosye ki nan direksyon lekòl la. Direktè lekòl la ak enfimyè lekòl la ap deside sak pou fèt. Pifò maladi ak blesi ki rive nan lekòl la pa twò grav kidonk enfimyè lekòl la kapab trete yo. Si ka a trè serye, direktè a oubyen lòt manm pèsonèl lekòl la ap rele anbilans. Yon anplwaye lekòl la kapab rete ak elèv la nan anbilans la epi nan lopital la pou jiskaske petèt yon paran elèv la vini. Men, si paran an pa vini apre yon bon bout tan, sal dijans nan lopital la ap pran responsablite pou elèv la. Li trè enpòtan pou paran yo mete kat dijans yo ajou nan lekòl la konsa n ap kapab kontakte yo rapidman. Li enpòtan anpil pou paran yo mete ajou enfòmasyon yo mande nan kat dijans Enfòmasyon Medikal Enpòtan “Important Medical Information” nan seksyon ki nan paj 38 la.

Sant Sante Ki Tabli Nan Lekòl yoKomisyon Sante Piblik nan Boston, an kolaborasyon ak Sant Medikal Boston ap dirije kèk sant sante kominotè nan kèk lekòl BPS. Sant Sante Kominotè yo asosye ak kèk lòt lekòl pou founi sèvis sante nan lòt lekòls BPS. Gade lis la ki nan paj 30.

Nou ankouraje elèv ki al nan lekòl kote ki gen sant sante sa yo pou “mache” al nan sant sante sa yo ak lòt lokal ki bay sèvis lasante pou:

Sèvis konsiltasyon Trètman blesi Konsèy sou sante mantal Egzamen medikal okonplè ak egzamen pou ka patisipe nan espò Enskripsyon pou asirans sante Enfòmasyon sou lasante Swen ak enfòmasyon sou seksyalite ak repwodiksyon

Sant sante sa yo gen yon moun ki bay sèvis sante (yon asistan medsen oubyen yon enfimyè pratikan), konseye sante mantal, ak yon edikatè lasante. Yo disponib pandan jounen lekòl la yon fason pou elèv ki bezwen sèvis lasante pa pase anpil tan san yo pa nan klas.

Page 30: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 30

Edikasyon sou LasanteLekòl Piblik Boston mande pou elèv ki nan pre-jadendanfan rive nan 12zyèm ane pran kou sou lasante. Bi kou sou lasante a se pou montre tout elèv kijan pou devlope abitid ki sen pandan tout vi yo epi pou pran responsablite pou pwòp sante yo ak byennèt yo. Li enpòtan pou anseye timoun enfòmasyon sa a depi byen bonè nan lavi yo.

Pwogram sou sante a vize pou li kòrèk medikalman, apwopriye pou laj elèv yo, epi pou pran ka tout kalite kilti elèv yo an konsiderasyon. Se pwofesè ki kalifye ki anseye kou sa yo nan yon anviwonman ki an sekirite epi ki sipòtif kote TOUT elèv yo santi yo ba yo valè. Kourikoulòm nan adrese sijè sa yo, tankou:

tabak, alkòl ak abi dwòg manje ki sen/nitrisyon sante mantal ak emosyonèl sante pèsonèl ak byennèt aktivite fizik, sekirite ak prevansyon blesi prevansyon vyolans edikasyon sou sante seksyèl

Pou aprann plis sou kourikoulòm edikasyon sou sante BPS, vizite www.bpshealthyconnections.org oubyen rele Depatman Byennèt “Wellness Dept.” nan 617-635-6643.

Edikasyon Sante SeksyèlEdikasyon sante seksyèl se yon pati enpòtan nan pwogram edikasyon sante nan BPS pou elèv pre-jadendanfan rive sou 12zyèm ane. Se pwofesè ki kalifye ki gen fòmasyon pou sa ki anseye klas yo epi yo adrese aspè fizik, mantal, emosyonèl ak sosyal seksyalite moun nan yon nivo ki apwopriye pou laj elèv yo. Kourikoulòm nan gen ladan edikasyon sou idantite seksyèl fi ak gason ak tout lesbyèn, homseksyèl, biseksyèl, transeksyèl, epi eseye konprann elèv sa yo (LGBTQ). Pwogram nan la pou ede elèv yo rete an sante seksyèl pou yo pa prese al nan antre nan aktivite seksyèl, pa trape maladi oubyen vin ansent, epi redui konpòtman seksyèl ki gen twòp risk ladan yo.

Leson yo kapab gen sijè sa yo ladan:

Kwasans ak devlopman adolesan, ak tout chanjman pandan pibète Kijan pou fè yon relasyon mache epi kenbe relasyon an Kijan maladi ki atrapan (ak tout VIH/SIDA) gaye epi kijan pou pa kite li gaye Konpòtman ki poze yon risk kont lasante Pran desizyon ki reponsab ak tout redui konpòtman seksyèl ki ka nui lasante Reziste zanmi k ap detenn sou moun Bonjan fason pou di “non” pou yon konpòtman ki gen twòp risk Respekte dwa vi prive yo ak vi prive lòt moun

Nan materyèl pou klas la ap genyen: Michigan Model for Health, Get Real: FLASH (Family Life and Sexual Health) and Making Proud Choices (Modèl Michigan pou Sante, Met De Pye W Sou Tè: FLASH (Lavi Fanmi ak Sante Seksyèl) Epi Fè Chwa pou Fyè

Fanmi yo kapab epi yo ta dwe genyen yon gwo enfliyans sou desizyon k ap pran sou sante pitit yo. Lekòl Piblik Boston fè atelye pou paran pou ede w pale ak pitit ou sou kesyon sante ki delika. Souple kontakte lekòl pitit ou a oubyen Inivèsite Paran BPS, 617-635-1683, pou plis enfòmasyon.

Menm si paran yo pa bezwen bay pèmisyon pou pitit yo pran kou sou edikasyon sante, paran yo gen dwa pou yo pran dispans pou pitit yo pa bezwen patisipe nan klas sa yo.

Si w deside pou pitit ou a PA patisipe nan klas edikasyon seksyèl, souple kontakte direktè lekòl la alekri oubyen pa telefòn, osinon vizite lekòl la pou fè yo konnen desizyon w. Fòm dispans yo disponib nan lekòl pitit ou a pou siyen. Nou pap penalize akademikman elèv ki gen dispans.

Sèvis pou Elèv: Sante ak Byennèt (kontinyè)

Sant Sante ki Sèvi Lekòl yoLekòl Blackstone ElementarySouth End Health Center617-425-2000

Boston Community Leadership Academy/New Mission High School 617-910-2333

Boston Latin Academy 617-534-9964

Brighton High School 617-635-9880

Burke High School 617-534-9955

Charlestown High School North End Waterfront Health617-643-8000

East Boston High SchoolEast Boston Neighborhood Health Center617-569-5800

English High SchoolBrookside Health Center617-522-4700

Gardner Pilot AcademyJoseph Smith Health Center617-783-0500

Harbor Pilot Middle SchoolDorchester Multi-Service Center617-288-3230

Jackson/Mann K–8 SchoolJoseph Smith Health Center617-783-0500

Madison Park Technical Vocational High School 617-534-2184

Snowden International School 617-534-9967

TechBoston AcademyCodman Square Health Center617-825-9660

Young Achievers K–8 SchoolMattapan Health Center617-296-0061

Komisyon Sante Piblik Boston dirije Sant Sante ki nan lekòl yo. Pou plis enfòmasyon, kontakte:

Pwogram Sant Sante nan Lekòl yo, [email protected]/programs > Child, Adolescent & Family Health

Page 31: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 31

Sant Resous SanteKomisyon Sante Piblik Boston (BPHC) gen Sant Resous Sante (HRC) nan plizyè lekòl segondè Boston. Anplwaye HRC nan lekòl sa yo de (2) fwa pa senmenn. HRC yo bay elèv enfòmasyon sou kijan pou yo pran desizyon ki sen epi kijan pou yo pran prekosyon pou yo pa atrape enfeksyon nan maladi ki transmèt seksyèlman (STI), VIH, ak gwosès ki pa planifye. Anplwaye HRC yo fè kou sou kijan pou evite abi dwòg ak alkòl epi kijan pou sipòte byennèt emosyonèl, lèfini yo bay konsèy sou edikasyon sante endividyèl, yo refere pasyan, bay kapòt, teste pou STI, ak enfòmasyon sou planin familyal si elèv la mande sa.

Paran oubyen moun ki responsab timoun nan kapab pran dispans pou pitit yo pa resevwa kapòt si yo fè lekòl la konn sa pandan y ap ranpli fòm pou bay enfòmasyon sou fanmi an nan kòmansman ane a. Paran/moun ki responsab la pa kapab pran dispans pou pitit yo pa resevwa kapòt si: elèv la genyen 18 ane oubyen plis; 2) elèv la te marye deja oubyen li marye; 3) se yon paran, ak/osinon 4) dwe bay konsantman pou tèt pa li.

Lekòl segondè sa yo genyen Sant Resous Sante: Another Course to College Boston Arts Academy Charlestown High School Community Academy of Science & Health (CASH) Dorchester Academy Excel High School Fenway High School O’Bryant School of Mathematics & Science West Roxbury Academy/Urban Science Academy

Pou plis enfòmasyon:Jeremiah Woodberry, Project Manager617-534-2289 oubyen [email protected]

Aviwonman Ansante epi AnsekiriteTout lekòl nou yo ap travay pou kreye yon anviwonman lekòl ki ansante. Chak lokal Lekòl Piblik Boston yo dwe dapre regleman federal ak leta a oswa regleman Lekòl Piblik Boston gen yon plan jesyon kont amyant “asbestos” (plan AHERA a – Lwa Repons kont Danje Ijans Amyant) ak yon plandaksyon entegre pou detwi ensèk nuizib (IPM) nan tout lokal lekòl yo. Plandaksyon sa yo se yon obligasyon nan tout lokal lekòl yo menmsi yo pa idantifye okenn amyant oswa pa obsève okenn pwoblèm ensèk nuizib nan lokal la.

Plan AHERA a ak plan IPM lan (andedan epi deyò kay la) nan biwo administratif direktè a. Avi sou disponiblite plan sa yo dwe afiche aklè nan biwo prensipal la, saldatant pou pèsonèl la oswa pwofesè yo, nan chanm jeran lekòl la.

Enspeksyon anyèl etablisman an BPS fè l ak Komisyon Sante Piblik Boston kontwole, konplete plan sa yo. Dokiman enspeksyon an dekri kondisyon yo, tankou prezans ensèk nuizib, dlo k ap koule, mwazi ak reparasyon ki nesesè. Ou ka mande direktè a wè rapò a oswa ale li l nan www.bostonpublicschools.org > Schools. Klike non lekòl la, annapre “School Facility Environmental Report” Rapò Anviwonman Lokal Lekòl la.

Netwayan Ki Sen. Tout lekòl Boston yo netwaye kounyeya ak pwodui netwayan ki pi an sekirite. Pèsonn pa gen dwa vini ak pwodui yo soti lakay yo.

Byennèt nan Lekòl. Fanmi yo ka ankouraje byennèt lekòl la lè yo chèche konnen kondisyon lokal lekòl pitit yo. Avize enfimyè lekòl pitit ou a si li soufri opresyon oswa si li fè alèji ki ta kapab deklannche reyaksyon si li nan anviwonman ki mwazi, ak pousyè, parazit oswa lafimen fò, asire ou enfimyè a gen Plan pou Konbat Opresyon doktè a remèt ou pou pwoteje pitit ou a.

Kontakte direksyon lekòl la si ou ta gen nenpòt plent sou kondisyon sanitè ak sekirite lekòl la.

Pou plis enfòmasyon Biwo Operasyon Lokal -- Seksyon Anviwonman “BPS Facilities Management –

Environmental Section” 617-635-8300

Regleman sou ByennètGouvènman federal la egzije pou tout sistèm lekòl k ap resevwa finansman pou Pwogram bay Manje Nasyonal nan lekòl yo dwe genyen yon Regleman sou Byennèt. Dapre regleman sa a, chak lekòl nan distri a dwe gen yon Konsèy Byennèt Lekòl la, ki kreye yon Plandaksyon Byennèt anyèl. Plan sa a dwe gen ladan etap sa yo pou ankouraje edikasyon sou lasante, ti goute ak bon bwason nourisan epi aktivite fizik. Nou ankouraje paran yo aprann kijan sa ap fèt epi patisipe nan aktivite byennèt nan lekòl pitit yo a. Mande direktè a oswa Konsèy Byennèt lekòl la kijan lekòl ou a ap aplike regleman sou byennèt la. Pou plis enfòmasyon, kontakte Depatman Byennèt nan BPS “BPS Wellness Department” nan 617-635-6643.

Page 32: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 32

Komite Byennèt pou Distri aKomite Byennèt pou Distri a gen ladan li manm kominote a, sipèentandan an nonmen pou travay ansanm pou asire Lekòl Piblik Boston yo tounen yon modèl anviwonman ki ankouraje bonjan konpòtman pou lasante ak akonplisman akademik pou tout moun.

Manm komite a revize epi li bay distri lekòl la konsèy sou regleman ki chita sou byennèt elèv pou ka ankouraje yon mòd vi ki sen epi pratik byennèt ki dirab nan kominote lekòl la. Reyinyon yo piblik, manm kominote a ak piblik la gen dwa vin nan reyinyon nenpòt lè yo vle.

Pou plis enfòmasyon sou orè reyinyon yo oswa aprann kijan ou ka patisipe, rele Depatman Byennèt nan Lekòl Piblik Boston yo nan 617-635-6643.

Edikasyon FizikLwa Eta a di y ap anseye edikasyon fizik tankou yon sijè obligatwa nan tout klas ak tout lekòl yo. Anplis, nou ap travay pou ogmante aktivite fizik pandan jounen lekòl la nan rekreyasyon, pandan tranzisyon ant klas, ak anvan epi apre lekòl. Tout lekòl dwe bay tout elèv opòtinite pou yo fè aktivite fizik nan tout klas.

Kondisyon ak Rekòmandasyon pou Pre-jadendanfan-8yèm Ane: 150 minit aktivite fizik pa semenn Rekreyasyon chak jou Omwens 45 minit edikasyon fizik pa semenn (Pre-K-8yèm

ane) Vize 80 minit pa semenn pou edikasyon fizik (K-8yèm ane)

Egzijans pou 9-12 Ane: Yon semès edikasyon fizik pou tout elèv nan 9-12yèm ane

Regleman Lekòl Piblik Boston pale tou sou enpòtans atletik.

Ane sa a, elèv nan 4yèm ane rive pou 9yèm ane ap konplete yon seri aktivite fizik pou mezire sante fizik yo. Rezilta evalyasyon sa a rele “Fitnessgram” kapab ede lekòl yo vize bi yo sou sante fizik pou elèv yo, amelyore pwogram sante fizik yo, epi ede fanmi yo devlope mòd vi ki aktif epi ki sen.

Pou Plis Regleman sou Sante ak ByennètSante Konpòtman, sipò apre gwo chòk, prevansyon vyolans, ak lòt sèvis pou elèv ............................................................ paj 25Regleman sou goute ak bwason ......................................... paj 37 Prevansyon Blesi nan tèt: gade Atletik ................................ paj 53Regleman kont lizaj Tabak ak Dlo pou Bwè ......................... paj 54

Sèvis pou Elèv: Sante ak Byennèt (kontinyè)

Page 33: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 33

Transpòtasyon

Elèv kalifye pou jwenn transpòtasyon ale-retou nan lekòl yo si y ap viv nan yon distans ki plis pase: 1 mil apati lekòl elemantè yo a 1 mil edmi apati lekòl mwayen yo a (ak tout elèv ki nan 6zyèm-8yèm yo

nan lekòl K-8) 2 mil apati lekòl segondè yo.

Lè ou resevwa non lekòl pitit ou a l ap genyen ladan li tou si pitit ou a elijib pou transpòtasyon. Nan fen mwa Out, si pitit ou a elijib, n ap tou voye yon nòt pou fè w konnen ki kote otobis la ap kanpe, kilè otobis la ap pase ni nan maten ni nan apre midi ak tout nimewo otobis yo.

Elèv jadendanfan ak elèv lekòl elemantè ki al lekòl nan otobis jòn yo, otobis yo a ap pase pran yo oswa depoze yo nan yon kafou tou pre lakay yo, nan anpil ka apepre ¼ mil ak kote elèv la rete a. Pou elèv ki nan 6zyèm ane oubyen nan pi gwo klas yo, otobis la kapab rete nan yon distans ½ mil ak adrès lakay yo. Elèv lekòl mwayen ak lekòl segondè ki kalifye kapab jwenn sèvis nan otobis jòn lekòl yo oubyen nan MBTA osinon yon konbinezon toulede. Elèv ki kalifye ap resevwa kat otobis MBTA gratis nan lekòl yo a. Kat MBTA valab pou tout lè lendi rive vandredi. Elèv la ka ajoute sèvis wikenn sou kat yo a nan pri elèv. Elèv ki pa gen dwa pou genyen kat sa a pral resevwa yon pas “stored-value MBTA” (ajoute valè MBTA) nan lekòl la ki ap otorize yo peye pri elèv nan MBTA nan lè MBTA travay yo.

Souple, sonje chofè otobis yo ap depoze elèv yo, menm sa ki nan jadendanfan, kote otobis la fèt pou kanpe a menm si paran an pa la. Men, elèv la ka rete nan otobis la, si li pa vle desann (nan ka li pa wè paran oswa moun ki responsab li a nan estasyon an). BPS pral chèche kontakte paran oswa responsab la nan ka sa a. Paran yo dwe asire yo pitit yo abitye ak zòn nan kote otobis la ap kanpe a epi yo konnen ki wout ki pi an sekirite pou yo mache al lakay yo si pa genyen yon moun ki la k ap tann yo.

Sitiyasyon pou Transpòtasyon EspesyalNou bay sèvis transpòtasyon pou timoun ki andikape dapre akò Pwogram Edikasyon Endividyèl (IEP) oubyen plan Seksyon 504. Gen elèv ki resevwa sèvis sa a pòt-an-pòt oubyen “adrès” yo bay pou sèvis la”. Gen lòt elèv andikape otobis la al chache osnon depoze nan yon kafou toupre lakay yo, oubyen yo resevwa kat MBTA, oubyen tou yo mache al lekòl.

Gen kèk elèv ki gen kondisyon espesyal ki anpeche yo mache al lekòl oubyen al pran otobis nan pwent kafou. Nan ka ki ra sa yo, Lekòl Piblik Boston founi transpòtasyon medikal pòt-an-pòt (oubyen “adrès” yo bay) pou transpòtasyon medikal. Pou pitit ou jwenn konsiderasyon pou sèvis espesyal sa yo, fòk doktè pitit ou a ranpli yon fòm ki rele “Kolaborasyon Plan Sante Endividyèl”. Ou kapab jwenn fòm sa a nan men enfimyè lekòl la. Souple, retounen fòm nan bay enfimyè lekòl la, ki ap kapab detèmine si ka sante pitit ou a satisfè kondisyon Direktè Medikal Lekòl Piblik Boston tabli yo. Si pitit ou a pa satisfè tout kondisyon yo, enfimyè lekòl la ap pran kontak ak ou.

Sèvis Transpòtasyon PriveGenyen fanmi ki aranje yo pou fè yon sèvis transpòtasyon prive oubyen yon moun mennen pitit yo lekòl ale-retou. Pou mezi sekirite, lekòl la pap remèt yon elèv ba okenn moun ki pa paran oswa grandèt responsab san paran an pa bay pèmisyon alekri pou sa fèt. Si ou fè aranjman pou pitit ou jwenn transpòtasyon prive, asire ou

siyen fòm pou bay pèmisyon pou remèt pitit ou a. Ou k ap jwenn fòm sa a nan lekòl la oubyen sou sit entènèt BPS:

www.bostonpublicschools.org/view/circulars. Ale nan Supt. Circular SAF-8. Fòm sa a wete tout responsablite nan men Lekòl Piblik Boston si gen yon pwoblèm ak sèvis prive a.

Konduit nan Otobis Lekòl Piblik Boston konsidere otobis la tankou “pwolonjman yon sal klas”. Sa vle di elèv yo fèt pou konpòte yo nan otobis lekòl yo, nan MBTA a, nan estasyon kote otobis la rete pou yo a ak nan estasyon kote otobis MBTA kanpe yo menm jan ak anndan lekòl. Tankou pa egzanp, elèv yo dwe rete chita nan plas yo; epi yo pa dwe met tèt yo nan fenèt yo, pouse oubye goumen ak lòt elèv, voye bagay, oubyen ap eseye distrè chofè a.

Elèv ki pa respekte regleman lekòl yo ak Kòd Konduit lan pandan yo nan otobis la kapab jwenn pinisyon oubyen yo kapab refere yo nan Pwogram Sekirite Otobis nan Sant Konsèy & Entèvansyon nan BPS oubyen pèdi privilèj pou gen transpòtasyon.

Transpòtasyon Altènatif Paran an kapab mande pou yon otobis rete tou pre kote pitit li al nan pwogram anvan oubyen apre lekòl, osinon nan gadri, men gen kèk restriksyon:

Fòk kote ou mande pou otobis la rete nan wout nòmal otobis lekòl yo, epitou

Fòk gen yon plas disponib nan otobis la.

Paran yo fèt pou konnen BPS pa garanti y ap onore okenn demann ki fèt pou yon transpòtasyon altènatif. Nou travay sou demann pou estasyon altènatif yo nan lòd nou resevwa yo a. Tout demann ki rive anvan premye Out ap jwenn repons apeprè nan dat 15 Out. Demann nou te resevwa anvan premye Out epi ki apwouve ap efektif apati premye jou lekòl la. Souple, n ap fè w konnen demann ki fèt nan fen mwa Out epi nan mwa Septanm ap pran anpil semenn anvan nou travay sou yo. Pou jiskaske nou apwouve demann pou depoze oubyen pou pran pitit ou nan yon lòt estasyon, elèv yo kapab itilize estasyon nou te deja ba yo a, oubyen paran yo kapab pran responsablite pou mennen timoun yo oubyen al chache yo nan etasyon kote yo bezwen pou elèv la ale a.

Ou kapab soumèt demann ou dirèkteman bay Depatman Transpòtasyon oubyen direktè lekòl pitit ou a ki ap voye l bay Depatman Transpòtasyon. Pandan grannvakans dete, tanpri soumèt demann lan bay:

Depatman Transpòtasyon BPS26 Court Street, 4th FloorBoston, MA 02108Lè nou louvri se 9:00 a.m. - 5:00 p.m.

Pou plis enfòmasyon ak yon aplikasyon: Rele direktè lekòl ou a Vizite www.bostonpublicschools.org/transportation Rele Biwo Transpòtasyon nan 617-635-9520 imel: [email protected]

Page 34: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 34

Kesyon & Repons sou TranspòtasyonSi mwen chanje adrès nan mitan ane lekòl la, kijan pou m fè chanje estasyon otobis pitit mwen an?

Premyèman, se pou ale nan nenpòt Sant Dakèy ak prèv kote ou rete (ale nan paj 47) pou ranpli fòm ki rele “Chanjman Adrès” la. Depatman Transpòtasyon nan BPS pa pakab chanje adrès ou. Apre ou fin chanje adrès ou nan Sant Dakèy la, Depatman Transpòtasyon ap mete pitit ou a nan yon lòt estasyon otobis si li kalifye pou jwenn transpòtasyon. Si ou ale abite nan yon zòn ki pa nan zòn lekòl ou a, pitit ou kapab rete nan menm lekòl la -- men li pap kalifye pou jwenn okenn sèvis transpòtasyon.

Pitit mwen transfere nan yon lòt lekòl, kijan m ka chanje estasyon otobis pou li?

Li otomatik pou BPS mete pitit ou nan yon lòt estasyon otobis si pitit ou kalifye pou jwenn transpòtasyon. Chak semenn nan Mèkredi, nou travay sou nouvo plasman yo, kidonk kapab gen yon ti tan ki pase nan lè ou fè transfè a ak lè pou jwenn nouvo estasyon otobis la.

Si otobis la rive an reta, èske lekòl la ap make “reta” pou pitit mwen an?

Non. Lekòl la pap ekri “reta” lè se otobis lekòl la ki rive an reta.

Èske otobis yo gen radyo ak telefòn pou kontakte chofè yo oubyen pou chofè yo mande asistans?

Wi. Tout otobis yo gen radyo pale-reponn “wòki-tòki”. Yo tout genyen yon sistèm GPS (Sistèm Pozisyonnman Global) ki ede Depatman Transpòtasyon BPS lokalize machin yo sizoka gen yon ka dijans.

Pitit mwen an gen transpòtasyon, men mwen planifye pou m mennen l lekòl chak jou. Ki moun pou m fè konn sa?

Tanpri, ekri yon nòt bay Depatman Transpòtasyon pou fè l konnen. Ou ka bay direktè lekòl la lèt la oswa ou ka poste l sou adrès:

Depatman Transpòtasyon Boston Public Schools26 Court St., Boston, MA 02108Oubyen voye yon imel bay [email protected]

Si ou vle chanje lide ou epi ou vle pou pitit ou pran otobis, l ap pran nou yon semenn pou nou rekòmanse sèvis transpòtasyon an.

Ki moun pou m rele si pitit mwen gen pwoblèm ak chofè a oubyen yon lòt elèv nan otobis la?

Se pou toujou avèti direktè lekòl la an premye. Si direktè lekòl la pa ka rezoud pwoblèm nan, kontakte Depatman Transpòtasyon nan 617-635-9520 oubyen voye imel bay [email protected]

Si m panse estasyon otobis pitit mwen an pa an sekirite oubyen li twò lwen lakay mwen, kisa m ka fè?

Premyeman, kontakte lekòl pitit ou a pou asire ou adrès ki nan dosye pitit ou a kòrèk. Lè n ap deside sou yon estasyon otobis, Depatman Transpòtasyon an konsidere sekirite elèv ak ki wout ki pi ekonomik. Nan anpil ka, estasyon otobis yo

plase nan apepre ¼ mil a ½ mil ak lakay elèv la. Si ou panse BPS fè yon erè nan estasyon otobis kote pou pitit ou a desann nan, kontakte Depatman Transpòtasyon. Y ap revize estasyon an epi y ap fè yon ajisteman. Men souple, remake anpil timoun ki pa jwenn transpòtasyon toujou mache apepre yon mil a lekòl yo a.

Èske otobis lekòl yo gen monitè?

Akòz bidjè ki limite, pi fò otobis yo pa gen monitè. Gen kèk elèv ki gen yon monitè edikasyon espesyal jan Plan Edikasyon Endividyèl (IE) yo a mande l la. Men gen sikonstans espesyal kote direktè lekòl yo kapab mande lajan tou pou peye “moun k ap siveye nan otobis” yo lè genyen pwoblèm konpòtman serye.

Ki responsablite chofè otobis yo gen sou do yo lè y ap kondui timoun yo?

Chofè yo gen responsablite pou mennen timoun yo sen-e-sof ale-retou epi alè tapan lekòl. Yo responsab pou kondui otobis la, sipèvize lè elèv yo ap monte nan otobis la ak lè y ap desann sot nan otobis la, sipèvize elèv yo nan otobis la; repòte ensidan sekirite ak konpòtman elèv yo nan otobis la bay direktè lekòl la; epi (kote sa aplikab) asire yo senti sekirite yo, sistèm pou kenbe timoun an sekirite oubyen sistèm pou kenbe chèz woulant an sekirite yo an plas.

Eske chofè a gen dwa kite timoun piti nan yon estasyon otobis pou kont li san pa gen granmoun ki pou rankontre yo?

Wi. Paran an reponsab pou l asire l gen yon moun ki vin rankontre timoun nan chak jou. Si yon elèv parèt pè, oubyen li pa vle rete nan estasyon otobis la, chofè a ap kontinye fè lawout epi l ap kite elèv la nan otobis la pou jis li rive pran kontak ak yon paran. Se pou paran yo asire pitit yo abitye ak tout sa ki ozalantou estasyon otobis yo epi pou yo konnen tou ki wout ki pi asire pou mache al lakay yo si pa gen moun ki vin chache yo nan estasyon otobis la.

Konbyen elèv maksimòm yon otobis ka pran?

Kantite a varye avèk gwosè otobis la. Gwo otobis yo ka pran kisja 71 elèv klas elemantè. Yo pa pèmèt elèv kanpe pran sèso nan otobis yo. Pou rezon sekirite, se elèv ki gen plas yo nan otobis la sèlman ki kapab monte otobis lekòl yo.

Èske otobis lekòl yo gen senti sekirite?

Gwo otobis yo pa bezwen senti sekirite, malgre anpil nan ti otobis nou yo genyen Sistèm pou Kenbe Timoun an Sekirite ki la tankou yon opsyon sekirite pou elèv ki peze pi piti pase 40 liv. Tout otobis lekòl BPS yo respekte kritè sekirite daprè lalwa federal ak leta yo.

Pou plis enfòmasyon sou sèvis transpòtasyon Depatman Transpòtasyon 617-635-9520 www.bostonpublicschools.org/transportation Imel Jeneral: [email protected]

Page 35: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

35

Lekòl Piblik BostonAkò Paran & Elèv2013–2014

ENPÒTAN!Souple li paj 36–38 ak anpil atansyon.

FÒM ak DISPANS ak lòt fòmilè nan paj sa yo se DOKIMAN LEGAL.

Paran ak elèv yo dwe siyen chak seksyon jan yo mande l la.

ELÈV LEKÒL SEGONDÈ: Si ou pa vle pou nou bay rekritè ak/oubyen kolèj yo non ou, ou fèt pou tcheke epi siyen anwo paj 37 la. Paran ou pa oblije siyen seksyon sa a.

Detache seksyon sa a nan livrè a ak anpil atansyon epi voye l tounen bay lekòl la anvan oubyen VANDREDI 20 SEPTANM 2013.

Mèsi!

Souple, retire seksyon sa a nan livrè, siyen li epi voye li tounen bay lekòl la.

Page 36: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 36

Akò Paran ak Elèv Lekòl Piblik BostonSouple li paj 36–38 ak anpil atansyon. Konplete tout enfòmasyon yo mande yo. Siyen kote yo mande pou siyen an nan pati ki fonse yo nan tout paj yo, detache paj yo ak anpil atansyon nan liv la. Pa gaye paj yo. Souple voye akò a retounen nan lekòl la anvan oubyen Vandredi 20 Septanm 2013. Siyati ou apre chak seksyon fè konnen ou dakò ak tout seksyon an. Si ou pa dakò nan yon pati byen espesifik, souple, pase yon kwa sou li. Si ou gen kesyon oubyen ou bezwen èd pou konprann Akò sa a, rele direktè lekòl la.

Non Elèv la (AN LÈT ENPRIME) _______________________________________________________________________________

Ninewo Idantifikasyon Elèv la (si ou konnen l) ____ ____ ____ ____ ____ ____ ____

Non Paran (AN LÈT ENPRIME) _______________________________________________ Imel _____________________________

Lekòl_____________________________________________________ Klas________________ ”Homeroom”_______________

Nou resevwa yon kopi Gid Lekòl Piblik Boston pou Fanmi ak Elèv ak tout yon kopi regleman lekòl kote pitit mwen ale a.

Nou konprann Gid sa a genyen ladan l enfòmasyon enpòtan sou tèt-ansanm lakay-lekòl, Kondisyon Pwomosyon, prezans nan lekòl, Kòd Konduit, Regleman pou Domisil nan Boston, Regleman pou yon elèv itilize entènèt, lwa sou diskriminasyon, dosye elèv yo, swen ak liv lekòl yo epi pou remèt liv lekòl yo, ak liv nan bibliyotèk epitou lòt kondisyon ak regleman lekòl yo.

Nou konprann Komite Konsèy Administrasyon Lekòl la apwouve Regleman Lekòl la kidonk elèv ki vyole regleman sa yo kapab pèdi sèten privilèj nan lekòl la.

Nou dakò pou n travay ak anplwaye lekòl la pou nou asire nou pitit nou yo ale lekòl chak jou (eksepte jou pou absans ki gen eskiz yo), epitou pitit nou konplete devwa lakay yo.

Nou li rezime Kòd Konduit lan ak tout Regleman Lekòl la nan paj 43-45 Gid sa a. Nou diskite ansanm Kòd Konduit ak Regleman Lekòl la. Nou dakò pou n travay ak tout anplwaye lekòl la pou n asire nou pitit nou suiv Kòd Konduit la ak tout Regleman Lekòl la.

Siyati Paran _________________________________________________________ Dat ______________________________

Siyati Elèv __________________________________________________________ Dat ______________________________

Deklarasyon sou Domisil nan BostonMwen, paran oubyen responsab elèv non li ekri anwo a, deklare elèv la se yon moun ki rete legal nan Vil Boston. M dakò pou m avèti Lekòl Piblik Boston nenpòt ki lè m chanje domisil pandan ane lekòl la. Mwen konprann tout elèv yo siprann k ap vyole Regleman sou Domisil la y ap mete yo deyò tousuit nan Lekòl Piblik Boston yo epi ka gen lòt penalite toujou tankou rele yo nan tribinal, fè yo ranbouse lajan yo depanse pou sèvis edikasyon yo resevwa ak pèdi benefis tout bousdetid oswa pri yo te resevwa.

Siyati Paran _________________________________________________________ Dat ______________________________

ELÈV KI GEN 18 AN OU PLIS: M deklare m gen domisil legal mwen nan Vil Boston. M dakò pou m avèti Lekòl Piblik Boston nenpòt kilè m chanje domisil pandan ane lekòl la. Mwen konprann konsekans (ki detaye anwo a) ki ka rive m si yo bare m ap vyole Regleman sou Domisil la.

Siyati Elèv (18 an ou plis) _________________________________________________ Dat ______________________________

Page 37: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 37

Bay Enfòmasyon Sou ElèvPase Enfòmasyon bay Lekòl “Charter” Lwa Refòm sou Edikasyon nan Masachousèt “Massachusetts Education Reform Law” egzije lekòl piblik yo pou yo bay lekòl “charter” (lekòl prive sou kontra) yo non ak adrès elèv yo dekwa pou yo ka kontakte yo pou envite yo vin enskri. Si ou PA VLE yo bay enfòmasyon sa yo, tcheke ti bwat kare pi ba a epi siyen anba a:

PA pase enfòmasyon bay LEKÒL CHARTER.

Siyati Paran _________________________________________________________ Dat ______________________________ Paran OSWA Elèv (18 an oubyen pi gran)

Bay Rekritè Sèvis Militè ak Rekritè Ansèyman Siperyè EnfòmasyonDapre lalwa Okenn Timoun Pa Dwe Ret Dèyè yo, distri lekòl piblik yo dwe bay non, adrès, ak nimewo telefòn elèv lekòl segondè yo pou rekritman militè Ozetazini ak rekritman ansèyman siperyè. Elèv la OSWA paran li gen dwa pou reklame alekri pou PA pase enfòmasyon sa yo bay. Si ou PA VLE pou yo pase enfòmasyon sa yo bay, tanpri tcheke youn osnon toulede ti bwat kare ki pi ba yo epi siyen anba a

PA pase enfòmasyon bay REKRITÈ SÈVIS MILITÈ.

PA pase enfòmasyon bay REKRITÈ ANSÈYMAN SIPERYÈ.

Siyati Paran _________________________________________________________ Dat ______________________________ Paran OSWA Elèv (14 an oubyen pi gran)

Pase Enfòmasyon Bay Sou Elèv yoDistri a kapab bay “enfòmasyon sou elèv” yo san konsantman alekri, sof si ou te fè konnen sa lè ou tcheke ti bwat kare ki anba a ki esplike ou pa vle yo bay enfòmasyon yo. Enfòmasyon yo se enfòmasyon ki jeneralman pa konsidere kòm danjre oswa ki ka fè yo antre nan vi prive w. Pi gwo rezon an, li pèmèt distri a mete kalite enfòmasyon sa yo nan nan kèk piblikasyon lekòl la, tankou yon liv pwomosyon fendane, jounal, afich, oswa lisdonè (Honor Roll). Enfòmasyon Anyè genyen ladann: non elèv yo, laj, nimewo idantifikasyon yo, katye kote yo rete, oubyen klas yo, dat enskripsyon, patisipasyon nan aktivite ofisyèl yo, manm nan ekip atletik, degre, onè, ak prim, ak plan li genyen apre li diplome.

Sof si ou fè nou konnen ou pa vle sa, distri a kapab pase enfòmasyon nan Anyè (Katalòg) a bay dapre kèk sikonstans. Distri a rezève dwa li pou kenbe nenpòt enfòmasyon si Distri a kwè sa nan pi bon enterè elèv nou yo. Men, distri a pral revele enfòmasyon yo depi lalwa egzije sa.

Tanpri, tcheke ti bwat kare ki anba a si ou pa vle distri a pase enfòmasyon bay sou elèv ou a nan Anyè a.

MWEN PA VLE yo pase enfòmasyon bay sou pitit mwen an. Lè mwen chwazi opsyon sa a, mwen konprann non pitit mwen ak / oswa foto li PA pral parèt nan liv pwomosyon fendane lekòl la, bilten, pwogram, ak lòt ak piblikasyon lekòl la oswa distri a; epi okenn enfòmasyon PA pral pase bay lòt òganizasyon ki patnè yo ki ka bay elèv yo sèvis.

Siyati Paran _________________________________________________________ Dat ______________________________ Paran OSWA Elèv (18 an oubyen pi gran)

Aparisyon nan Medya M bay Lekòl Piblik Boston pèmisyon pou li fè potre, pou anrejistre fim, chita-pale, ak/oubyen ekspozisyon piblik, pou lekòl la distribye oubyen

pibliye alekri oswa nan medya elektwonik non pitit mwen an, aparans li ak sa l di ak travay li pandan ane lekòl 2013-2014 la, menm si se anplwaye lekòl la, elèv oubyen lòt moun ki pa nan lekòl la, ak tout medya a ki antreprann demach sa a. M dakò pou Lekòl Piblik Boston sèvi, oubyen pèmèt lòt moun sèvi ak travay sa yo gratis epi san limitasyon. M pap mete okenn chaj sou do lekòl pitit mwen an ak tout anplwaye Lekòl Piblik Boston, ni reklame anyen nan men yo apre pitit mwen an fin parèt oubyen patisipe nan travay sa yo.

MWEN PA BAY pèmisyon pou non pitit mwen, pòtre li, pawòl li di ak travay li parèt nan medya jan sa dekri pi wo a.

Siyati Paran _________________________________________________________ Dat ______________________________ Paran OSWA Elèv (18 an oubyen pi gran)

Akò Paran ak Elèv Lekòl Piblik Boston

Souple, retire seksyon sa a nan livrè, siyen li epi voye li tounen bay lekòl la.

Page 38: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 38

Kondisyon Ki Akseptab Pou Itilize Rezo Enfòmatik ak Entènèt Antan paran oubyen moun ki responsab elèv sa a, mwen te li Kondisyon Akseptab Itilizasyon Entènèt nan Lekòl Piblik Boston nan paj 46 Gid

Lekòl Piblik Boston sa a epi mwen te diskite li ak pitit mwen an. Mwen konprann sèvis konpitè Lekòl Piblik Boston yo bay la se pou ranfòse travay akademik dapre pwogram BPS yo, eke nenpòt lòt sèvis elèv la ta fè ak zouti sa a pa tolerab. Mwen rekonèt tou li enposib pou BPS ta rive bloke tout materyèl dwòl, epitou mwen pa pral rann lekòl la responsab pou anyen ki ta pase atravè rezo entènèt lekòl la. Mwen konprann menm lakay mwen dwe voye je sou aktivite konpitè pitit mwen an paske sa ka gen konsekans sou travay akademik li nan lekòl la. Konsa mwen bay pèmisyon pou otorize pitit mwen an sèvi ak konpitè ki nan lekòl piblik Boston yo.

MWEN PA BAY pèmisyon pou pitit mwen an sèvi ak resous konpitè Lekòl Piblik Boston yo.

Siyati Paran _________________________________________________________ Dat ______________________________

ELÈV YO DWE SIYEN DEKLARASYON ANBA A KI ANRAPÒ AK KIJAN POU SÈVI AK ENTÈNÈT:

Antan elèv nan Lekòl Piblik Boston, mwen konprann itilizasyon entènèt ak imel se yon privilèj nan lekòl Boston yo, se pa yon dwa. Mwen konprann rezo entènèt lekòl la ak kont imel yo se byen BPS epi yo pa zafè prive pèsonn. BPS gen dwa gade enfòmasyon ki nan bwatalèt mwen nenpòt kilè. Mwen konprann administratè BPS yo gen dwa deside ki konduit ki pa apwopriye menm si li pa defini nan kontra sa a. Mwen pral sèvi ak teknoloji yon fason ki respekte lalwa peyi Etazini ak Leta Masachousèt. Mwen konprann mwen dwe rele yon granmoun tousuit si mwen ta tonbe sou yon materyèl ki vyole itilizasyon ki pa akseptab sa a.

M konprann epi mwen dakò pou mwen soumèt mwen a Kondisyon Pou Sèvi ak Entènèt Ki Akseptab nan paj 46 Gid Lekòl Piblik Boston an. M pral sèvi ak resous teknoloji BPS yo yon fason ki responsab epi ki pwodiktif pou regle koze lekòl. M pa pral sèvi ak resous teknoloji a nan yon fason ki ta ka deranje aktivite lòt elèv yo. Mwen konprann konsekans m ka sibi se pèdi privilèj pou sèvi ak teknoloji ak lòt pinisyon jan sa ekri nan Kòd Konduit la epitou menm pase anba men lalwa kit eta a kit federal.

Siyati Elèv (5 an ou plis) _________________________________________________ Dat ______________________________

Enfòmasyon Medikal EnpòtanMwen li paj 28–30 Gid sa a epi mwen konprann ki mezi lekòl la pral pran si pitit mwen bezwen tretman medikal epi/oubyen ap pran medikaman pandan li lekòl la. Mwen konprann li trè enpòtan pou lekòl la kapab jwenn mwen si gen pwoblèm medikal dijans.

Nimewo Telefòn an Ka Dijans: ______________________________ __________________________________

Non Asirans Medikal pitit mwen an __________________________________________________________________

Non doktè pitit mwen an ak/oswa Sant Sante li a _________________________________________________________

Pitit mwen an gen pwoblèm sante sa yo epitou/oubyen fè alèji sa yo:

Pwoblèm sante: __________________________________________________________________________

____________________________________________________________________________________

Alèji: ________________________________________________________________________________

____________________________________________________________________________________

Lòt enfòmasyon lekòl la dwe konnen sou sante pitit mwen an: _________________________________________________

_______________________________________________________________________________________

Mwen otorize lekòl la pou l pase enfòmasyon pi wo yo bay lòt anplwaye nan lekòl la pou yo ka kowòdone sèvis pou pitit mwen.

Siyati Paran _________________________________________________________ Dat ______________________________

Akò Paran ak Elèv Lekòl Piblik Boston

Page 39: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 39

Chak jou Lekòl Piblik Boston (BPS) bay tout elèv ki nan K-12 ak sa yo ki nan edikasyon altènatif manje nourisan lematen ak lemidi. Anba regleman Re-otorizasyon Nitrisyon pou Timoun, nou sèvi manje nitritif nan maten ak lemidi

a ba pri oswa gratis dapre kantite lajan fanmi an rantre. Apre lekòl nou founi goute ak rafrechisman si yo mande l. Pandan vakans dete a, nou bay manje nan maten ak lemidi nan tout lokal nan vil la.

Meni lekòl yo sou sit entènèt BPS yo.

Pou elèv ki gen restriksyon sou rejim alimantè yo, tankou alèji ak manje, lekòl la kapab bay lòt manje nan plas manje abityèl yo bay la. Tanpri vizite bostonpublischools.org/meals pou plis enfòmasyon.

Pa gen aplikasyon ankò!Apati ane sa a, tout elèv BPS ap resevwa ti dejene ak manje lemidi GRATIS lekòl kèlkilanswa kantite lajan fanmi an fè. BPS kalifye pou benefis sa a anba pwogram federal distri lekòl ki pòv anpil ki rele Opsyon Elijiblite Kominotè (CEO). Fanmi yo pap gen pou yo ranpli yon aplikasyon pou manje gratis oubyen apri redui ankò.

Pou plis enfòmasyon Sèvis Manje ak Nitrisyon 617-635-9144 http://schoollunch.wordpress.com

Sèvis pou Elèv: Sèvis Manje ak Nitrisyon

BPS te entwodwi yon nouvo fason pou ankouraje plis elèv manje ti dejene le maten yo. Genyen manje maten apre klòch la sonnen, dejene “pran epi ale” nan kèk lekòl mwayen ak segondè epi manje maten nan salklas la.

BPS ap entwodwi plis manje lokal tankou fwi ak legim fre nan meni manje lemidi li yo. Tout lekòl ofri yon sèvis konplè ak manje lokal chak semèn.

BPS patisipe nan Pwogram Depatman Agrikilti nan Etazini (USDA) pou sèvi Fri ak Legim Fre. An 2012, 14,000 elèv nan 27 lekòl primè ak lekòl K-8 te resevwa fwi ak legim fre 3-4 fwa chak semenn anplis sa ki te sèvi nan manje lekòl yo.

Manje ki sèvi nan lekòl yo reponn a nouvo egzijans Gid Ak Timoun Ki Pa Grangou Ansante a “Healthy Hunger Free Kids Act”.

Pou plis enfòmasyon sou gid sa yo al nan:www.fns.usda.gov/cnd/governance/legislation/cnr_2010.htm

Regleman sou Goute ak bwason: Chwa pou Lasante

Sèvis Depatman Manje ak Nitrisyon epi Byennèt BPS kolabore ak lekòl yo pou bay ti goute ki bon pou lasante ak opsyon bwè bwason pandan nenpòt aktivite ki ap fèt nan lekòl la, tankou kafeterya “sèvis a-la-Carte”, machin pou lavant, magazen lekòl la, fèt nan klas, aktivite espò apre lekòl ak aktivite pou ranmase lajan ak lòt reyinyon yo.

Dapre regleman Gid Pou Nitrisyon ki revize a, elèv yo gen pi bon aksè ak manje ki pa gen anpil grès ak sik, ak anpil eleman nitritif yo jwenn nan grenn, fwi, ak legim. Pou bwason, lekòl yo pral ofri dlo fre sèlman ak lèt ki pa gra, lèt ki gen gou men ki pa gen grès epi ki pa gen anpil sik, ak ji fwi 100%.

Si ou fè plan pou pote manje ak bwason pou yon aktivite lekòl la ap òganize, tanpri, mande lekòl la pou sijere ou ki opsyon lasante ki pi bon. Nou vle travay avèk ou pou fè lekòl ou a tounen yon kote ki an sante pou aprann.

Èske Ou Konnen?

k

Page 40: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 40

Regleman BPS: Sekirite Elèv ak Ka Dijans

Pa gen anyen ki pi enpòtan pou nou pase sekirite elèv nou yo. Men kèk nan mezi nou genyen pou pwoteje pitit ou yo.

Timoun Nou Pa Wè oubyen Ki PèdiSa ka rive pou timoun nan kite lakay li nan maten men l pa rive lekòl la oswa li ka kite lekòl la epi l pa retounen lakay li. Si ou pa wè pitit ou a oubyen si l pèdi, premye kote pou rele se lekòl la. Si pèsonn nan lekòl la pa reponn ou, fè “911”. Lè fini, rele Sèvis Sekirite Lekòl yo nan 617-635-8000. Ofisye Sèvis Sekirite lekòl yo ap kolabore ak Lapolis Boston (ak Biwo Transpòtasyon BPS si pitit ou a gen sèvis transpòtasyon) epi n ap mete ou okouran tout demach k ap fèt jouk yo jwenn pitit ou a pou ou.

Ka Dijans Medikal Ale nan paj 29 ki pale sou mezi BPS pran pou l reponn ka dijans medikal ak ka mache-prese ki rive nan lekòl la oubyen lòt aktivite lekòl la patwone.

Tchèk Cori/Sori ki fèt sou Volontè ki travay nan lekòl la Tout moun ki ofri tèt yo pou fè volontè tankou akonpayatè nan pwomnad dwe pase anba envestigasyon lavi yo te genyen anvan ki rele CORI/SORI anvan pou yo gen dwa pou patisipe. CORI vle di Dosye Enfòmasyon Kriminèl yon moun. SORI vle di Enfòmasyon sou Ofans Atanta Seksyèl.

Remèt yon Elèv bay Yon Grandèt Ki pa Yon ParanLekòl yo pap kite nenpòt ki moun vin chache yon elèv nan lekòl la si se pa paran oswa moun ki responsab elèv la. Si ou vle pou yon fanmi ou, yon zanmi ou oswa moun k ap okipe pitit ou a vin chache l lekòl la, se pou ekri yon lèt ki di ou bay pèmisyon pou yon moun vin chache pitit ou a lekòl osinon rele lekòl la. Lè ou rele, direktè lekòl la dwe verifye se yon paran oswa yon lòt grandèt responsab ki nan telefòn nan. Moun kap vin chache elèv la dwe prezante yon pyès idantifikasyon anvan lekòl la aksepte remèt li elèv la.

Si se sèvis transpòtasyon prive ki mennen pitit ou a lekòl ale-retou, ou fèt pou ranpli epi sisyen yon fòmilè ki rele “Pèmisyon Paran pou Remèt Elèv la nan Men yon Moun Ki Otorize.” Fòmilè sa a ou ap jwenn li nan direksyon lekòl la oubyen nan sit entènèt Lekòl Piblik Boston lan. Lekòl Piblik Boston pa responsab aksidan ak domaj ki rive elèv ki pa sèvi ak transpòtasyon Lekòl Piblik Boston. Tanpri ale gade paj 33 la pou plis enfòmasyon.

Lè Yo Pa Vin Chache Timoun Nan LekòlDirektè lekòl la ak lòt manm lekòl la konnen ki elèv ki pran otobis, ki elèv ki mache ale lakay yo poukont yo avèk ki elèv paran oubyen lòt granmoun ki responsab pou vin chache elèv la lekòl nòmalman.

Se responsablite direktè lekòl la pou asire l tout timoun rive lakay yo an byen. Lè yo pa vin chache yon timoun lekòl, direktè a ap eseye kontakte paran an oswa moun pou yo rele nan ka dijans lan. Si direktè a pa ka kontakte yon manm fanmi an osinon yon granmoun avan senkè nan apremidi, BPS kapab transpòte timoun sa nan lekòl Mary Lyon ki nan Brighton ki rete louvri ta. Apre senk (5) è p.m., pèsonèl BPS kapab kontakte Depatman Sèvis Timoun & Lafanmi (DCF) nan Masachousèt pou pran timoun sa a an chaj.

Lè ou kontinye ap rate vin chache elèv la lekòl, direktè a ap ranpli yon fòm 51A (ale nan “Abi ak Neglijans Kont Timoun” nan paj sa a.)

Transfè pou Mezi SekiriteGendelè, li nesesè pou chanje yon elèv lekòl pou asire elèv la ap aprann san kè sote nan anviwonman li. Daprè lwa “Okenn Timoun Pa Dwe Ret Dèyè”:

Elèv ki viktim yon agresyon fizik serye oubyen lòt atak emosyonèl ak/oubyen mwayen elektwonik, oubyen ki viktim yon krim vyolan pandan l lekòl la oswa nan otobis lekòl la, oubyen nan yon lòt aktivite lekòl la patwone, yo kalifye legalman pou jwenn transfè pou yon lòt lekòl.

Elèv ki nan lekòl Depatman Edikasyon Elemantè ak Segondè nan Masachousèt deziyen kòm lekòl “ki pa an sekirite kote danje pèsiste” kapab transfere nan yon lekòl ki gen sekirite (Al gade nan paj 60). Lè nou te enprime gid sa a, pat gen okenn lekòl piblik Boston ki te nan lis la.

Pou mande yon transfè pou koz sekirite, fòk paran an oswa grandèt responsab la ranpli epi siyen yon fòmilè ki rele “Fòm Transfè pou Rezon Sekirite” epi remèt direktè lekòl la oubyen direktè pwogram nan fòmilè a pou yo etidye, analize epi fè rekòmandasyon. Pran kontak ak direktè a si ou bezwen plis enfòmasyon.

Abi ak Neglijans sou TimounDapre lalwa (M.G.L. Chapit 119, Seksyon 51A) ak regleman BPS si anplwaye yo sispèk yon elèv abize osinon neglije, yo sipoze rapòte sa bay Depatman pou Timoun & Lafanmi (DCF) nan Masachousèt. Tout rapò yo konfidansyèl. DCF gen yon liy telefonik 24 sou 24 ki se: 1-800-792-5200.

Regleman BPS la esplike tou kijan lekòl yo dwe aji pou rapòte yon ka abi oubyen neglijans sou timoun, epitou pou kowopere ak envestigasyon DCF.

Page 41: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 41

Ka Dijans nan Lekòl oubyen nan Kominote aChak lekòl piblik nan Boston gen yon plan daksyon nan ka dezas oubyen ka dijans kominotè. Plan ka dijans chak lekòl la pou karakteristik patikilye lekòl sa a senpman.

Li enpòtan pou paran yo oubyen gadyen legal timoun yo okouran plan pou chak lekòl kote pitit yo ye a, espesyalman plan pou paran jwenn pitit yo si pèsonn pa kapab soti lekòl la oubyen si tout moun oblije evakye kite lekòl la.

Pòt Fèmen nan Lekòl (Mòd Sekirite ou“Safe Mode”) Gen de fwa, ak kowoperasyon Depatman Lapolis nan Boston, nou mande lekòl yo pou yo ogmante nivo sekirite a akòz sa ki ap pase nan katye a. Mezi pye kout pran devan sa a rele Pòt Fèmen oubyen “mòd sekirite” (“safe mode.”)

Lè sa rive, sa vle di nou pap kite vizitè antre nan lokal la, elèv ak ekip travay la pa ka sot deyò, epitou nou ranfòse mezi sekirite ki deja sou plas yo. Men aprantisaj ak ansèyman kontinye ap fèt nan sal klas yo lè nou mete mezi sekirite anplis sa yo sou pye. Nou vle asire fanmi BPS nou yo ke sekirite elèv nou yo ak ekip travay la se youn nan pi gwo priyorite nou pandan tout tan. Kidonk tout moun nan lekòl la abitye ak sa paske nou pratike egzanp kijan pòt fèmen an fèt nan tout lekòl.

Si ou gen kesyon sou pwosede sa yo, souple kontakte direktè lekòl pitit ou a.

Si Gen yon Ka Dijans:Rele 911 ak/oubyen telefòn BPS:

Sekirite Lekòl 617-635-8000 Transpòtasyon 617-635-9520

Kenbe Enfòmasyon Ka Dijans Pitit ou a Ajou!

Asire ou lekòl la toujou gen enfòmasyon ki valab KOUNYEYA

pou ou!

Telefòn lakay, telefòn travay ak telefòn pòtab paran an oswa responsab la

Adrès imel

Pi bon nimewo pou resevwa koutfil otomatik (al gade nan paj 7)

Adrès kay la kounyeya

Non ak telefòn yon moun pou kontakte nan ka dijans (lè yo pa ka jwenn paran an)

Enfòmasyon sou asirans sante

Telefone lekòl la touswit depi ta gen nenpòt chanjman!

Sekirite Elèv ak Ka Dijans (kontinyè)

Page 42: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 42

Regleman BPS:Pinga Diskriminasyon ak Dwa Sivil

Opòtinite egal-ego pou edikasyon ak tout lwa kont diskriminasyon pwoteje dwa elèv yo genyen pou patisipe nan tout aktivite ki gen arevwa ak edi-kasyon yo. Anba lwa eta a ak lwa federal:

Pèsonn pa dwe jwenn kanpe-lwen oswa sibi diskriminasyon pou admisyon nan lekòl piblik nan nenpòt ki vil, oubyen pa jwenn avantaj, privilèj ak klas pou pran pou etidye nan yon lekòl piblik sou do ras, koulè, sèks, idantite fi/gason, relijyon, nasyonalite, andikap, oryantasyon seksyèl, jenetik oswa karyè militè.

Pi devan an ou ap jwenn deskripsyon anbrèf sou pakèt mezi kont diskriminasyon Lekòl Piblik Boston (BPS) pran.

Si ou bezwen yon kopi konplè sou nenpòt nan mezi sa yo, souple vizite sit entènèt BPS la. Nimewo sikilè Sipèentandan yo anrapò ak chak ka parèt anba chak regleman.

Si ou kwè pitit ou sibi diskriminasyon oswa yo anbete li nan Lekòl Piblik Boston oubyen si ou genyen kesyon sou nenpòt nan mezi kont diskriminasyon sa yo, souple kontakte Biwo BPS sou Ekite nan 617-635-9650, oubyen direktè lekòl ou a.

Elèv avèk pèsonèl ki vyole nenpòt nan mezi sa yo, ap resevwa disiplin epi yo ka menm mete yo deyò nan lekòl la (si se elèv), oubyen jwenn revokasyon (pou moun k ap travay).

Regleman sou PINGA Diskriminasyon ak ZeroTolerans Mezi sa a deklare BPS pran angajman pou kenbe yon anviwonnman edikasyonèl kote pa gen plas pou prejidis ak entolerans epi diskriminasyon baze sou ras, koulè, orijin nasyonal, idantite fi/gason, oryantasyon seksyèl, kwayans relijye, enfimite, jenetik, oubyen laj; epitou nou pa asepte okenn fòm agresyon, kraponnay ak zak ki ensilte diyite lòt moun epi kreye yon anvironman edikasyonèl nan entimidasyon, menas, abi sou lòt moun. EQT-04

Diskriminasyon sou Baz Ras oubyen Etnisite/Anbete ElèvMezi sa yo entèdi diskriminasyon ak anbètman elèv tankou trete elèv yo nan yon manyè ki diferan ak fason yo trete tout lòt elèv, sèvi ak mo deplase pou ensilte oswa pran aksyon pou kreye yon anviwonnman pou edikasyon k ap entimide, menase, abize osinon refize pou kite yon elèv patisipe nan yon aktivite akòz ras li, koulè po li, orijin etnik ousinon nasyonalite l. LGL-05

Regleman sou Fòfè SeksyèlMezi sa yo deklare nou p ap tolere fòfè seksyèl yon moun k ap travay, elèv oubyen yon twazyèm pati fè; epitou nou pap tolere revanj kont yon moun ki rapòte fòfè seksyèl oubyen ki kowopere nan envestigasyon an. Mezi sa yo tou tabli kijan pou elèv yo rapòte yon fòfè seksyèl. LGL-13

Regleman sou Asèlman Seksyèl Kont Elèv (ak tout Asèlman Seksyèl Elèv kont Elèv)Mezi sa yo deklare nou pap tolere asèlman seksyèl sou nenpòt ki fòm sou teritwa lekòl la, nan evènman ak aktivite lekòl la patwone oubyen pandan y ap vwayaje ale-retou nan aktivite lekòl la patwone. Mezi sa yo defini epi dekri asèlman seksyèl an menm tan tou yo bay kijan pou pote yon konplent ak lòt bagay.EQT-06

Regleman Pou Pwoteksyon Elèv Kont Diskriminasyon Baze sou Oryantasyon Seksyèl yoMezi sa yo adrese efò Depatman Lekòl yo ap fè pou asire gen ekite epitou pou pwoteje tout elèv, ata sa ki omoseksyèl, lesbyèn, biseksyèl, epi sa ki chanje sèks yo, kont vyolans, asèlman, ak diskriminasyon. LGL-11

PINGA Diskriminasyon Kont Elèv ki Enfim BPS angaje l sou yon mezi pou pa fè diskriminasyon kont elèv ki kalifye kòm elèv ki enfim dapre Seksyon 504 nan Lwa Reyabilitasyon 1973 la, Lwa 1990 la sou Ameriken ki Enfim, epitou Lwa Kont Diskriminasyon nan Masachousèt (M.G.L. 151B). Yo pa kapab met elèv ki kalifye sou kote poutèt yo enfim ni yo pa kapab refize elèv sa yo avantaj, benefis oubyen refize ba yo aksè nan nenpòt ki pwogram oswa akitivite senpman akòz enfimite yo a.

Regleman sou BrimadRegleman sa a adrese brimad (yon krim nan Masachousèt) ki se nenpòt konpòtman ak metòd yon moun anplwaye pou inisye elèv yo nan òganizasyon, kit li pase nan espas piblik oswa nan kò kay kote konpòtman an ak metòd la kapab fèt pa eksprè oswa pa neglijans, mete sante fizik ak mantal elèv yo oubyen nenpòt ki lòt moun andanje. Regleman sa a diskite obligasyon legal yon moun genyen pou l rapòte bay otorite lalwa si l konnen yon moun pran brimad oubyen si li te la kote yo t ap bay brimad la. LGL-01

Kijan pou Elèv Pote Plent Kont DiskriminasyonRegleman sa yo esplike kijan pou pote plent ki gen arevwa ak diskriminasyon baze sou ras, koulè, orijin, sèks, relijyon, laj, oryantasyon seksyèl, idantite fi/gason, jenetik, karyè militè ak enfimite/andikap.EQT-03

Pou Plis Enfòmasyon sou Koze Diskriminasyon ak Dwa Sivil Tanisha Sullivan, Administratè Anchèf Biwo Ekite 617-635-9650

Page 43: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 43

Kòd Konduit

Elèv yo bezwen yon anviwonman ki gen lòd ak sekirite pou yo ka aprann. Pou nou ka garanti sa, tout lekòl nou yo suiv Kòd Konduit BPS yo. Nan chak lekòl, pwofesè yo ak paran yo devlope epi suiv Regleman Lekòl la Tabli (School-Based Rules). Genyen yon ranmase Kòd Konduit yo nan paj apre yo. Ou ka resevwa yon kopi,

Regleman Lekòl la Tabli ki soti nan lekòl pitit ou a ak tout Gid sa a. Yo toulede trè enpòtan.

Regleman Lekòl la TabliChak lekòl gen pwòp regleman pa yo ki rele “Regleman Lekòl la Tabli”. Elèv yo oblije suiv regleman sa yo. Nan yon lekòl mwayen, pa egzanp, regleman yo ka mande elèv yo pou yo mache an liy ak an silans lè y ap chanje klas. Nan yon lòt lekòl mwayen, elèv yo ka gen dwa mache an ti gwoup pou yo ale nan sal klas yo.

Si yon elèv vyole youn ou plizyè regleman lekòl la, lekòl la ka disipline l. Direktè lekòl la ka mande elèv la pou l siyen yon kontra pou l ka chanje konpòtman li, oubyen li ka kenbe elèv la nan pinisyon apre lekòl.

Se yon komite ki genyen administratè, pwofesè ak paran nan chak lekòl yo ki ekri Regleman Lekòl la Tabli. Komite Konsèy Lekòl la revize regleman sa yo chak prentan. Nan lekòl mwayen ak segondè, gen elèv ki nan komite k ap ekri regleman yo. Regleman Lekòl la Tabli dwe afiche nan chak sal klas epi yo dwe voye yo bay paran yo chak mwa septanm.

Kòd Konduit nan BPSAnplis aplike Regleman Lekòl la Tabli, chak lekòl dwe suiv Kòd Konduit Lekòl Piblik Boston yo. Kòd sa a make regleman tout elèv yo dwe respekte.

Yon elèv ki vyole Kòd Konduit lan ka resevwa sispansyon lakay ak/oubyen yo ka mete l deyò nèt nan lekòl la. Pa egzanp, yo ka ranvwaye yon elèv paske li te gen zam fann fwa, yon pwodui ilegal, oubyen li ka te atake yon anplwaye lekòl la. Mete yon elèv deyò nan yon lekòl se yon desizyon serye, li enpòtan pou elèv yo- espesyalman elèv ki pi gran yo - konprann aksyon yo ka gen konsekans grav.

Regleman Lekòl la Tabli ak Kòd Konduit Lekòl Piblik Boston yo dwe gide konpòtman elèv yo lè yo nan lekòl yo, nan aktivite lekòl la òganize epi lè yo sou wout pou yo vin lekòl la oubyen lè y ap kite lekòl la (nan otobis lekòl, nan estasyon otobis, nan MBTA, ak lè y ap mache).

Pa Rate Privilèj Ou Gen nan Lekòl la!Elèv yo gen okazyon pou yo patisipe nan plizyè aktivite nan lekòl la, tankou vizit andeyò lekòl la, selebrasyon/fèt, pèfòmans, jou klas yo, bal fendane yo ak seremoni remiz diplòm, pami anpil lòt. Patisipasyon nan aktivite sa yo se yon privilèj yon elèv dwe travay pou l benefisye- se pa yon “dwa.” Yon elèv ki vyole regleman lekòl li oubyen Kòd Konduit lan oubyen ki nan aktivite ilegal andeyò lekòl la ka pèdi privilèj sa yo. Direktè lekòl la gen otorite pou li limite oubyen refize yon elèv patisipe nan aktivite espesyal sa yo.

Pèdi Privilèj TranspòtasyonSi yon etidyan mete pwòp sekirite li oubyen sekirite lòt moun an danje pandan li nan otobis lekòl la, direktè a gen dwa derefize kite elèv sa a itilize sistèm transpòtasyon lekòl la. Yo ka derefize elèv la transpòtasyon pandan twa jou san yo pa ba l posiblite defann tèt li. Pou yo ka derefize elèv la transpòtasyon pandan kat jou afile ou plis, oubyen plis pase sis jou pandan yon trimès, yo dwe tande elèv la. Nan nenpòt ki ka, direktè lekòl la dwe enfòme paran yo anvan li derefize elèv la monte nan otobis yo. Elèv la dwe vini lekòl nòmalman pandan li pa ka monte otobis yo, sof si yo sispann li tou.

Yon Moso nan Seksyon Kòd Konduit Lekòl Piblik

Boston yo Alapapòt

Lekòl Piblik Boston yo gen konviksyon solid disiplin djanm favorize opòtinite egal-ego pou edikasyon tout elèv epi ofri yon anviwonman ki gen sekirite lèfini ki bon pou edikasyon...

Tout lekòl dwe gen yon anviwonman pou elèv aprann, ki ankouraje yo vin fò, bay lide yo lib-e-libè ak devlope tèt yo nètale. Pandan yo nan lekòl la, elèv yo gen tout dwa konstitisyon an bay: pa egzanp, dwa pou yo jije yo selon prensip legal, libète lapawòl, rasanbleman nan lòd, respè dwa prive yo ak dwa pou yo pa sibi diskriminasyon. Elèv yo gen responsablite tou pou yo pa deranje lekòl la oubyen pou yo pa kanpe tankou towo gronde k ap met moun an danje oubyen k ap wete dwa lòt yo genyen pou yo edike tèt yo nan men yo.

Estrateji Lekòl Piblik Boston yo se pou yo rezoud pwoblèm disiplin yo nan fason ki pa mande pou yo mete elèv deyò nan lekòl la. Lekòl yo suiv prensip ki jis epi ki rezonab pou yo asire dwa elèv yo...

An menm tan, elèv yo dwe rekonèt responsab lekòl yo dwe egzèse otorite ki rezonab pou yo ka asire y ap ka tabli yon atmosfè kote moun ka aprann.

Komite Lekòl la ak administrasyon an espere tout moun ki konekte ak lekòl la ap montre respè pou dwa lòt moun yo; epi yo espere tou tout moun k ap anseye oubyen k ap aprann ap aksepte responsablite yo anfas tout lòt moun ak anfas sistèm lekòl piblik Boston yo.

Page 44: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 44

SispansyonSispansyon se lè yon lekòl pa pèmèt yon elèv suiv kou pandan yon kantite tan limite nan jou lekòl yo. Pou yon elèv ki poko gen kenz (15) an, li ka sibi sispansyon ki rive jiska sis jou youn deyè lòt. Pou yon elèv ki gen omwens sèz an, li ka sibi sispansyon ki rive jis nan dis (10) jou afile.

FASON SISPANSYON AN MACHE. Anvan yon direktè ka sispann yon elèv, li dwe fè yon rankont pou sispansyon ak elèv la ansanm ak paran/moun ki responsab li a. Nan rankont lan, direktè a ap tande tout evidans yo epi l ap deside si elèv la dwe sispann. Si elèv la ak paran/moun ki responsab li a pa dakò ak sispansyon an, yo ka mennen kesyon an devan moun ki Responsab Rankont pou Sispansyon yo nan biwo sipèentandan an nan yon peryòd dis jou ki gen lekòl.

Nan kèk ka yo ka sispann yon elèv anvan yon rankont sispansyon. Sispansyon dijans sa a ka fèt sèlman pou rès yon jounen lekòl si elèv la ta kontinye ap renmèt dezagreman apre li te fin fè yon premye move lobo. Anvan pou yon direktè bay yon elèv yon sispansyon dijans, li dwe eseye avèti paran an. Yon rankont sispansyon dwe fèt nan yon dat apre.

Mete Deyò Mete yon elèv deyò se lè yon lekòl pa pèmèt elèv la suiv kou pandan 11 jou omwens rive sou yon ane lekòl. Direktè a ka rekòmande mete yon elèv deyò lekòl la sèlman nan ka ki pi grav yo.

Elèv yo te mete deyò nan lòt distri lekòl paske yo te gen zam fann fwa sou yo, yo te gen yon sibstans ki pa legal, yo te fè asèlman sou anplwaye lekòl la, oubyen yo te kondane pou yon krim, yo pap kapab anwole nan Lekòl Piblik Boston. Si BPS ta vin konnen yo te mete yon elèv deyò nan lekòl li te ye anvan an pou nenpòt ki rezon nou site la yo, n ap mete elèv la deyò tou nan BPS.

Demach pou Mete Deyò a, youn apre lòt Nan kèk ka, lè elèv la komèt yon zak ki mande pou yo mete l deyò, direktè lekòl

la ka mande yon sispansyon dijans pou rezon sekirite.

Apresa, nan pi fò ka yo, direktè a, oubyen yon lòt administratè fè yon rankont sispansyon epi yo sispann elèv la. Objektif sispansyon an se pou mete elèv la sou kote pandan direktè a ap prepare l pou rankont mete deyò ki parèt posib la. Kidonk, pa bezwen gen yon rankont sispansyon si elèv la deja andeyò lekòl la pou rezon legal ak medikal.

Pandan sispansyon an, direktè a koumanse demach pou l ka fè rankont mete deyò a. Li dwe tou fè randevou pou elèv la ale nan Sant Konsèy ak Entèvansyon BPS la (ki dekri pi ba a). Paran yo dwe resevwa yon lèt ki anonse yo rankont pou mete deyò a nan lang yo pale lakay yo a. Si lè ki fikse pou rankont lan pa bon pou paran yo, yo ka mande ranvwaye l yon fwa.

Nan rankont mete deyò a, direktè a tande sa temwen yo gen pou yo di epi egzaminen evidans yo. Elèv la oubyen paran/moun ki responsab li a ka mache ak yon avoka oswa yon moun pou sipòte l nan rankont lan. Si sa nesesè, lekòl la ap bay yon entèprèt pou paran ki pa maton nan Angle. Lekòl la dwe tepe rankont lan epi pèmèt elèv la ak paran l itilize tep la si yo ta mande sa.

Règleman BPS:Kòd Konduit (kontinyè)

Vyolasyon Prensip ki ka Fè yo Sispann Oubyen Mete yon Elèv Deyò

Kòd Konduit lan di YO AP mete yon elèv deyò depi li ta pote yon zam pou tire nan lekòl la.

Kòd Konduit lan di YO KAPAB ranvwaye yon elèv al lakay li osnon menm mete yon elèv deyò si li komèt youn nan gwo zak sa yo, menm si lis sa a pa konplè: atake epi frape yon anplwaye lekòl la oubyen nenpòt lòt moun. Sa vle di

bay kou, eseye bay kou, menase bay yon moun kou avek zam osnon san zam oubyen ak nenpòt bagay danjre

itilize yon zam danjre oubyen bagay ki pa gen rapò ak lekòl la yon fason ki menasan

fòfè seksyèl posede, vann oubyen distribye pwodui ilegal (tankou dwòg), alkòl,

osninon nenpòt lòt kalite entoksikan mete sekirite fizik oubyen mantal yon lòt moun andanje kit ak zak brital

oswa menas britalite. Ofans sa yo ka brimad, grafiti, agresyon vèbal, agresyon nan entènèt, menas ki fèt sou nenpòt kèl mwayen: alekri, ak lapawòl oswa ak imel

agresyon vèbal oswa elektwonik: se lè yon elèv oswa plizyè elèv poze yon zak alekri, ak lapawòl, mwayen elektwonik oswa menm yon jès, konbibezon nenpòt nan sa ki mansyone yo dekwa pou fè yon viktim soufri fizikman osinon emosyonèlman epitou kreye yon atmosfè chen-manje-chen nan lekòl la ki pou afekte viktim nan

“sèkstin”: voye mesaj oswa foto ki anrapò ak sèks yon fason klè pa mwayen elektwonik

pote zam nan lekòl la menase moun ak zam anjwèt oubyen zam toutbon mete oubyen eseye met dife andomaje oubyen volè bagay lekòl la oubyen afè lòt moun fè kè moun sote nan bay manti sou bonm k ap eklate oubyen rale aparèy

alam dife a osinon rapòte fo dife vyole dwa sivil lòt moun fè asèlman seksyèl sou lòt moun itilize pawòl pou denigre ras moun ak gwo mo betiz oubyen mo ki pa

apwopriye vyole regleman sou fason moun ka ale sou entènèt la ak nan imel deranje lekòl la oubyen aktivite sal klas, ak itilizasyon telefòn selilè san

otorizasyon ale nan espas nan lekòl la kote yo defann elèv ale refize idantifye tèt ou fè koken nan dosye lekòl la kite lekòl la san pèmisyon oubyen al fè woul tout tan pa ale nan Sant Konsèy & Entèvansyon BPS oubyen ale la tout tan san

bonjan eskiz; oubyen vyole Seksyon 7 Kòd Konduit la pandan ou nan Sant la

Nan kèk sikonstans yo ka sispann yon elèv san limit oubyen yo ka mete l deyò pou konpòtman ki pa gen rapò ak lekòl la oubyen aktivite lekòl la, tankou lè yo akize elèv la oubyen kondane l pou yon krim epi direktè a detèminen elèv sa a se yon atoufè k ap kraze lekòl la.

NOTE: Lis sa a se senpman yon gid. Tanpri souple al gade Kòd Konduit lan, nan Seksyon 7 pou ka jwenn yon lis ki gen tout kalite vyolasyon ak pinisyon yo.

Page 45: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 45

Apre rankont lan, direktè a voye yon rekòmandasyon ki apwopriye alekri bay ofisyèl nan biwo Sipèentandan Akademik la ki responsab jijman an pou l ka wè si tout bagay fèt selon prensip lajistis. Si direktè a deside l ap mete yon elèv deyò, elèv la ak paran/moun ki responsab li a dwe resevwa yon lèt ki esplike sa aklè.

KONTESTE METE DEYÒ A. Si paran/moun ki responsab la epi elèv la pa dakò ak desizyon mete deyò a, yo ka mande yon lòt jijman devan sipèentandan an oubyen yon moun li chwazi nan yon peryòd dis jou. Yo ka mande sipèentandan an tou pou li regade ka a apre 90 jou lekòl.

APRE PERYÒD METE DEYÒ A. Lè peryòd yo mete yon elèv deyò rive nan bout li, paran/moun ki responsab la (oubyen elèv la, si l gen 18 an ou plis) dwe ale nan yon Sant Dakèy BPS epi re-enskri elèv la nan Lekòl Piblik Boston yo. Elèv la pa p ka retounen nan lekòl kote yo te mete l deyò a, sof si direktè lekòl la te rekòmande pou yo remete l nan lekòl la nan moman rankont mete deyò a.

Transfè Pou DisiplinDirektè a ka rekòmande pou yo voye yon ti moun demeplè ki nan lekòl elemantè nan yon lòt lekòl.

Elèv demeplè nan lekòl mwayen ak nan lekòl segondè yo ka sèlman transfere nan pwogram altènatif pou elèv k ap renmèt dezagreman yo. Transfè sa a ap kenbe jouk nan fen dane lekòl la. Apresa, direktè lekòl la, paran ak direktè pwogram altènatif la va deside si elèv la ap (1) retounen nan lekòl ki te mande transfè a, (2) transfere nan yon lòt lekòl, oubyen (3) rete nan pwogram altènatif la.

Sant Konsèy & Entèvansyon Lekòl Piblik Boston yoSant Konsèy & Entèvansyon BPS nan Roslindale la pou elèv ki pote zam nan lekòl la oubyen k ap tann yon rankont pou konnen si y ap mete yo deyò.

Sant Konsèy & Entèvansyon an anseye elèv yo lòt fason pasifik ak enpòtans pou moun mache selon regleman. Yo voye yon elèv nan Sant Konsèy & Entèvansyon an pou yon kantite jou. Lekòl la ap otomatikman mete elèv ki chwazi pa ale nan Sant Konsèy & Entèvansyon an deyò.

Pinisyon K Ap Prita Kò ElèvAnba lwa eta a ak regleman Komite Lekòl la, anplwaye lekòl yo pa gen dwa pini elèv yo ak kout makak, pouse yo, oubyen itilize kèlkanswa fòs fizik la. Anplwaye lekòl yo ka itilize fòs fizik ki rezonab pou yo kenbe yon elèv sèlman si (1) entèvansyon san fòs pa t ap efikas oubyen pa janm mache ak elèv sa a ak/oubyen (2) yo kwè aksyon elèv la ka met san pa l deyò oubyen san lòt elèv yo deyò. Nenpòt ki anplwaye ki itilize fòs ki pa rezonab ap tonbe anba mezi disiplin.

Elèv ki gen AndikapKòd Konduit lan la pou tout elèv. Sepandan, genyen yon estrateji espesyal pou disipline elèv ki gen difikilte yo. W ap jwenn estrateji sa a nan sit entènèt BPS. Li dekri nan Sikilè Sipèentandan an “Superintendent’s Circular” SPE-15. Ou ka rale l sou entènèt epi ou ka enprime li. Si w mande lekòl pitit ou a, l ap ba w yon kopi dokiman sa a. W ap jwenn machasuiv sa a tou nan Liv Dwa Paran yo ou resevwa ansanm ak Pwogram Edikasyon Endividyèl (IEP) pitit ou a.

Okenn elèv ki gen difikilte pa ka resevwa sispansyon ki depase 10 jou lekòl afile pandan ane lekòl la jan lwa ak regleman federal yo egzije l.

Kouman Paran Ka Ede?Kòm yon paran, ou ka ede pitit ou a obeyi règ yo epi ede lekòl la rete yon kote ki an sekirite nan:

pataje responsablite nan sa ki konsène konpòtman pitit yo nan lekòl la, nan aktivite lekòl la òganize epi lè yo prale oubyen lè y ap sòti lekòl yo

prepare pitit ou pou l ka pre pou l pran responsablite pou l ale lekòl ak pou l konpòte l byen nan lekòl la

ankouraje pitit ou a pou l gen konpòtman pozitif ak tèt li, anfas lòt moun, lekòl la ak kominote a

kominike ak anplwaye lekòl la sou fonksyonman pitit yo

ale nan rankont/konferans pèsonèl ak an gwoup

rekonèt anplwaye lekòl la gen dwa pou yo fè elèv yo respekte estrateji, règ ak regleman Komite Lekòl Boston yo

konpòte yo an moun sivilize san fè tapaj lè y ap vizite lekòl la

asire pitit yo pote bagay ki gen rapò ak etid yo nan lekòl la sèlman

Pou Jwenn yon Kopi Kòd Konduit lan nan ak Regleman Lekòl la Mande direktè lekòl la yon kopi nenpòt nan dokiman yo

Gade Kòd Konduit la sou sit entènèt BPS la www.bostonpublicschools.org/policies-and-procedures

Ou ka jwenn yon kopi Kòd Konduit la nan nenpòt ki Sant Dakèy BPS yo (ale nan paj 5) oubyen nan Biwo Sipèentendan an nan 617-635-9050.

Kòd Konduit (kontinyè)

Page 46: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 46

Regleman BPS: Itilize Entènèt nan Lekòl

Lekòl Piblik Boston (BPS) ofri yon gran etalaj resous teknoloji pou sèvis elèv yo. Yo dwe sèvi ak resous teknoloji sa yo sèlman pou rezon edikasyon. Regleman Akseptab Pou Itilize Entènèt nan BPS ekri a defini fason ki responsab pou sèvi

ak entènèt epi entèdi move aktivite lè y ap itilize tout resous teknoloji ak aparèy elektwonik, jan administratè lekòl la defini sa. Chak elèv dwe suiv tout règ yo ak kondisyon ki nan lis la, menm jan tou ak tout lòt lòd pwofesè ak administratè “BPS” yo bay yo vèbalman, yo aji an bon sitwayen epitou yo gen konpòtman etik tout tan.

Se administratè BPS, pwofesè, elèv ak paran, polis lekòl ak konseye legal BPS ki te devlope Regleman Aksetap pou Itilize Entènèt .

Regleman Akseptab Pou Itilize Rezo Entènèt la: Responsablite Elèv la Mwen responsab pou kont òdinatè mwen ak kont imel mwen. Mwen

konprann modpas yo prive kidonk mwen pa ta dwe pataje modpas mwen ak nenpòt moun. Mwen konprann mwen responsab pou tout aktivite ki fèt ak kont mwen an. Mwen pa pral pèmèt lòt moun sèvi ak non kont mwen an ak modpas mwen, oswa eseye sèvi ak pa lòt moun. Mwen konprann mwen ap vyole lalwa si mwen eseye devine epi volè ak mwayen elektwonik modpas yon lòt moun. Mwen konprann li enpòtan pou fèmen sesyon “Log off” nan òdinatè a dekwa pou yon lòt itilizatè pa kapab sèvi ak modpas mwen.

Mwen responsab pou langaj mwen. Mwen pral sèvi ak lang ki apwopriye nan mesaj imèl mwen, sa mwen afiche sou entènèt la, ak lòt kominikasyon dijital. Mwen pa pral itilize pwofanite, langaj vilgè oswa nenpòt lòt langaj ki pa apwopriye dapre sa administratè lekòl la mande.

Mwen responsab pou jan mwen trete lòt moun. Mwen pral sèvi ak imèl ansanm ak tout lòt mwayen kominikasyon (tankou blogs, wiki, chat, mesaj-enstantane, tablo diskisyon, elatriye) ak responsablite. Mwen pa pral voye oswa poste mesaj rayisab oswa menase moun, fè remak diskriminatwa oswa meprizan bay lòt moun, oubyen ankò angaje m nan entimidasyon, asèlman, oswa lòt konpòtman antisosyal swa pandan mwen nan lekòl la osinon lè mwen pa nan lekòl la.

Mwen responsab nan fason mwen itilize rezo entènèt Lekòl Piblik Boston. Mwen pral itilize resous teknoloji “BPS” yo ak responsablite. Mwen pa pral chèche, rekipere, sere, sikile oswa afiche materyèl rayisman, ofansif oubyen ki montre pati seksyèl klè. Mwen pa pral chèche, rekipere, konsève oswa sikile imaj oswa enfòmasyon sou zam lè m ap sèvi avèk nenpòt resous òdinatè “BPS” sof si administratè lekòl/pwofesè otorize sa tankou yon pati nan devwa lekòl la.

Se mwen menm ki responsab pou konduit mwen sou entènèt la. Mwen konprann sa mwen fè sou sit entènèt rezo sosyal pa ta dwe enfliyanse anviwònman aprantisaj lekòl la negatifman epi/oswa elèv parèy mwen yo, pwofesè yo ak administratè yo.

Mwen responsab pou onèt pandan mwen sou entènèt. Mwen konprann maske, mistifye, oswa parèt tankou mwen se yon lòt moun, bagay sa yo entèdi. Sa gen ladan, menm si se pa sa sèlman, voye imèl, kreye kont, oswa poste mesaj oswa lòt kontni sou entènèt (tankou tèks, imaj, son oswa videyo) sou non yon lòt moun.

Mwen responsab pou pwoteje sekirite rezo entènèt Lekòl Piblik Boston nan. Mwen pa pral eseye kontoune anviwònman sekirite oswa filtè entènèt, oswa entèfere ak operasyon sou rezo a lè mwen enstale lojisyèl ilegal, dosye pataje ranpli, “shareware”, “freeware” nan konpitè lekòl la.

Mwen responsab pou pwoteje pwopriyete lekòl la. Mwen konprann vandalis (kraze-brize) entèdi. Sa vle di menm si se pa sa sèlman antre nan konpitè yo pou modifye, oswa detwi ekipman, pwogram, dosye, oswa pwogram nenpòt òdinatè oswa resous teknolojik. Mwen konprann mwen bezwen otorizasyon yon administratè lekòl/pwofesè pou itilize aparèy elektwonik pèsonèl mwen pote nan lekòl la, ki gen ladan men ki pa limite a aparèy pou memorize (tankou lektè USB).

Mwen responsab pou respekte pwopriyete lòt moun sou entènèt la. Mwen pral obeyi lwa sou Dwa Dotè “Copyright”. Mwen pa pral plajye oswa itilize travay lòt moun san mwen pa fè sitasyon apwopriye oswa san pèmisyon. Mwen pa pral kopye materyèl ilegalman Dwa Dotè “Copyright” pwoteje tankou mizik ak sinema, lis la pa fini.

Mwen responsab pou suiv regleman lekòl la lè mwen pibliye nenpòt bagay sou entènèt. Mwen pral suiv tout regleman “BPS” oswa pwofesè lekòl mwen tabli lè mwen pibliye sou entènèt (travay tankou yon sit entènèt, blog, Wiki, tablo diskisyon, podcasts oswa videyo). Mwen konprann li pa senesòf pou bay nenpòt enfòmasyon pèsonèl sou tèt mwen, tankou men se pa sèlman sa: non mwen, adrès, nimewo telefòn oswa lekòl la. Mwen pa pral mete foto elèv ansanm ak non epi siyati yo sou sit entènèt, kit se sou sit entènèt, blog, wiki, fowòm diskisyon, ak tout lòt mwayen ki pa di la a san pèmisyon paran/moun ki responsab la oubyen elèv yo (si yo nan laj 18 an epi pi gran).

Aprann plis toujou sou Sekirite Entènèt nan BPS

Pou elèv ak fanmi yo gen plis enfòmasyon sou Regleman Akseptab pou Sèvis la:

www.bpscybersafety.org (li seksyon sou Regleman Akseptab pou Sèvis la)

Page 47: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 47

Regleman Domisil pou Elèv yo

Se sèlman elèv ki abite nan vil Boston ki kapab enskri epi ale nan Lekòl Piblik Boston yo. Domisil yon elèv ki poko gen 18 an se domisil legal paran l (yo) oubyen moun ki responsab li (yo) ki gen dwa fizik sou timoun nan. Yon elèv ki

gen 18 an osinon plis pase 18 an kapab etabli domisil li andeyò kay paran l oubyen moun ki responsab li a pou l kapab al lekòl.

”Domisil” (Residence) se kote moun nan rete nèt la. Nou pa konsidere domisil tanporè nan Vil Boston, pou sèlman kapab al lekòl nan Boston kòm “domisil”.

Regleman domisil sa a pa aplikab pou elèv ki endijan. Kontakte Biwo Konseye Legal la nan 617-635-9320 pou tout kesyon ki gen pou revwa ak elèv ki endijan.

Prèv Domisil nan Vil BostonPou enskri epi pou yo asepte yon elèv nan nenpòt Lekòl Piblik Boston, paran elèv la oswa gadyen legal li dwe founi de prèv pami lis ki anba a ki pwouve li domisilye nan Vil Boston. Dokiman yo dwe enprime tou ak non epi adrès paran/rmoun ki responsab la (oswa elèv la si li gen 18 an oubyen plis pase 18 lane). Pyès yo pa fèt pou soti nan menm liy alineya a.

Yon bòdwo (ki pa pou dlo oswa selilè) date pandan yon peryòd 60 jou Yon kontra afèmaj (lease), Akò Sekson 8 “Section 8”, oswa Afidavi Mèt Kay BPS

[ki sou sit wèb BPS la] Yon papye kay (deed), bòdwo pèyman ipotèk kay date pandan yon peryòd 60

jou, oswa enpo lokatif ki pa depase ennan  Yon fòmilè W2 ane sa a, oswa yon souch chèk date pandan yon peryòd 60 jou   Bòdwo labank oswa kat kredi date pandan yon peryòd 60 jou Yon lèt ki soti nan yon biwo gouvènman leta* date pandan yon peryòd 60 jou  

* Biwo gouvènman leta ki apwouve: Depatman Enpo “Departments of Revenue (DOR)”, Sèvis pou TImoun ak Fanmi “Children and Family Services (DCF)”, Asistans Tranzisyonèl “Transitional Assistance (DTA)”, Sèvi pou Jenn Moun “Youth Services (DYS)”, Sekirite Sosyal “Social Security”, nenpòt kominikasyon ki gen antèt “Commonwealth of Massachusetts“.

Domisil pou Aplikan Lekòl ak Konkou Dantre yoPou regleman espesyal sou domisil elèv k ap aplike nan 3 lekòl ak konkou dantre yo – Boston Latin, Boston Latin Academy ak John D. O’Bryant School of Mathematics and Science – souple al gade nan paj 27.

Deklarasyon Domisil nan BostonParan oubyen responsab elèv Lekòl Piblik Boston, ak elèv ki gen 18 an ou plis dwe siyen deklarasyon sa a ki di yo menm ak elèv la se nan Vil Boston domisil legal yo ye. Yo fèt pou yo dakò tou pou avèti BPS si yo demenaje pandan ane lekòl la. Deklarasyon sa a nan paj 34 nan gid sa a. Pa bliye siyen paj 34–36 epi voye yo tounen!

Si yon elèv demenaje soti Boston pandan ane lekòl la Elèv ki nan lekòl segondè yo kapab rete nan lekòl BPS pandan ane lekòl la si yo

demenaje apre yo fin kòmanse 12zyèm ane.

N ap ranvwaye touswit elèv nan jadendanfan rive nan 11zyèm ane ki demenaje sot Boston anvan oubyen jou ki 30 avril.

Elèv ki nan jadendanfan rive nan 11zyèm ane ki demenaje soti Boston apre 30 avril kapab rete lekòl la pou yo fin konplete ane lekòl la. Lekòl Piblik Boston ap ranvwaye yo lè ane lekòl la fini.

BPS pap bay elèv ki pap viv Boston transpòtasyon

Egzekisyon Regleman DomisilLè depatman lekòl la sispèk yon fanmi yon elèv Lekòl Piblik Boston pa rete Boston, n ap fè yon envestigasyon. Lekòl Piblik Boston ka sispèk yon elèv pa rete Boston, pa egzanp si lèt yo voye pa lapòs retounen jwenn yo poutèt adrès la pa bon, oubyen prèv adrès paran an te bay la pa konsistan oubyen li parèt sispèk, direktè lekòl la ba nou yon ti soupson oubyen nou jwenn yon kout fil anonim.

Anplis envestigasyon sou fanmi nou sispèk ki pa rete Boston, envestigatè pou domisil yo ap kondui kèk envestigasyon yo chwazi pa aza pou tcheke domisil elèv ki nan lekòl ki bay konkou dantre yo ak lòt lekòl. Envestigatè pou domisil la ap travay tou ak MBTA pou l kondui kèk tchèk nan estasyon tren yo pou wè nan ki lòt vil elèv yo ap vwayaje pou vin lekòl Boston.

Sak ka pase elèv ki vyole regleman domisil la?N ap mete nenpòt ki elèv ki an vyolasyon ak lwa domisil la deyò imedyatman nan Lekòl Piblik Boston.

Anplis nou ap mete yo deyò nan lekòl la, responsab Lekòl Piblik Boston yo pral egzije yo peye lajan sèvis yo te resevwa deja a koute, epi yo kapab menm pousuiv fanmi an nan leta pou plis sanksyon toujou epitou n ap kenbe tout bous ak prim elèv la ta resevwa.

Paran/responsab yon elèv yo mete deyò dapre regleman domisil la kapab ale annapèl pou desizyon an. Elèv la kapab otorize rete nan lekòl la annatandan demach annapèl la ap vanse. Gade pati “Defann Enterè Pitit ou” nan paj 9 la.

Telefòn Pou Veye Domisil 617-635-6775Rele san ou pa bezwen bay non ou pou rapòte yon soupson sou elèv ki al lekòl nan Lekòl Piblik Boston men ki pa rete nan Vil Boston.

R

Page 48: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 48

Regleman BPS:Enskripsyon Lekòl – Kòmanse Bonè pou Pran Ransèyman Sou Chwa ou Yo!

Vil Boston an gen plis pase 120 lekòl piblik, tout lekòl sa yo gen yon kalite ki pwòp a yo menm. Anba regleman plasman nan Lekòl Piblik Boston (BPS), fanmi yo kapab chwazi lekòl yo vle pami tout lekòl ki egziste yo. Sepandan

nou pa ka “garanti” pou reponn nenpòt chwa. Yo plase elèv yo baze sou yon sistèm lotri ki bay aplikan ki deja gen frè ak sè nan lekòl la priyorite.

Anpil etidyan bezwen aplike pou “klas tranzisyon yo”: jaden danfan, 6zyèm ane (kòmansman lekòl mwayen) epi kòmansman lekòl segondè. Aplikasyon pou enskripsyon ak demann transfè pou ane lekòl 2014-2015 la ap kòmanse 6 Janvye 2014 pou klas tranzisyon yo epi 5 Fevriye 2014 pou tout lòt klas yo. Pou gen plis chans pou jwenn lekòl ou vle a, aplike pandan premye peryòd enskripsyon pou klas pitit ou a.

Si pitit ou a ap kòmanse nan jaden danfan lòt ane, oubyen si pitit ou a nan dènye klas yo ofri nan lekòl li a, nou rekòmande pou kòmanse pran enfòmasyon pandan otòn sa a pou ka chwazi lekòl.

domisil (al gade nan paj 47), kat vaksen elèv la, batistè li, paspò li oubyen Fòm 1-94, foto idantifikasyon paran/moun ki responsab la, ak relve nòt dènye lekòl kote elèv la te ye a (si sa posib). Pou jwenn plis enfòmasyon okonplè kijan pou enskri nan lekòl, vizite www.bostonpublicschools.org/register, rele nenpòt Sant Dakèy BPS (al gade nan paj 5), oubyen al chache yon kopi Jounal Chwa Lekòl nou yo, Dekouvri Lekòl Piblik Boston, Sant Dakèy yo, ak nan youn nan Bibliyotèk Piblik Boston.

DISCOVER BPSAn oktòb: Chache konnen nan ki lekòl ou ka enskri pitit ou. Vizite

bostonpublicschools.org epi klike sou “DiscoverBPS” (Dekouvri BPS) pou ka jwenn yon lis pèsonalize pou chwa lekòl ou yo. ENPÒTAN: BPS genyen yon nouvo plan pou plasman nan lekòl ki ranplase plan twa-zòn anvan an. Chwa lekòl ou yo pou ane 2014-2015 ap baze sou adrès lakay ou. Ale sou (sit entènèt la) pou detay.

Panse sou kisa w ap chache nan yon lekòl, tankou kote pwogram espesyal, akonplisman elèv, chapant nivo klas yo (K0-1, K-5, K-8, elatriye), epi gwosè lekòl la.

An novanm rive an janvye: Aprann kisa k ap pase nan chak lekòl nan lis pèsonalize ou a. Pa kwè

sèlman sa zanmi ak fanmi di ou. Chak lekòl diferan, enpi lekòl yo chanje ak tan an. Fèy enfòmasyon Dekouvri BPS ki disponib an novanm nan Sant Dakèy yo ak nan DiscoverBPS.org se yon bon entwodiksyon pou chak lekòl. Kanè lekòl yo (al gade nan paj 57) bay plis detay sou reyalizasyon chak lekòl. Ou ap jwenn yo nan Sant Dakèy yo epi nan www.bostonpublicschools.org/schools.

Vizite lekòl yo pandan Peryòd pou Vizite Lekòl (detay nan paj sa a). Se pi bon fason pou gen yon sans “klima” lekòl la ak sa yo ap atann nan men elèv yo.

Aplike an pèsòn pandan premye peryòd enskripsyon yo pou klas pitit ou a pral antre a. Si se yon elèv ki ap antre nan Lekòl Piblik Boston pou premye fwa, pou aplike nan yon Sant Dakèy BPS w ap bezwen pote de prèv

Peryòd Pou Vizite LekòlPandan Peryòd pou Vizite Lekòl -- Novanm pou rive an Janvye -- lekòl yo resevwa vizitè epitou gen aktivite espesyal pou ede paran yo fè bonjan chwa sou pwochen lekòl pitit yo a.

Siveye enfòmasyon sou Egzibisyon nan Lekòl nou yo ki se premeye opòtinite pou vizite lekòl nou yo. Nan yon jou samdi an otòn sa a, tout lekòl elemantè yo ak lekòl mwayen yo ap louvri pou vizitè. Fè yon ti kout pye pou vin rankontre ak Direktè a epi pwofesè, fè yon tou lokal la, epi tou gade egzibisyon travay elèv nou yo.

Ap genyen yon Egzibisyon Lekòl Segondè nou yo nan yon lokal santral.

Tcheke sit entènèt BPS pou plis enfòmasyon sou dat ak lè Peryòd pou Vizite Lekòl. Si ou pa ka vizite nan youn nan lè sa yo, rele lekòl yo pou ka mete yon randevou pou vizite.

Anplwaye aplentan Vil Boston yo ki paran oubyen responsab timoun ki gen laj lekòl ka pran jiska 4 èdtan nan travay yo pou y al vizite lekòl yo pandan Peryòd Pou Vizite Lekòl. Pou elijib pou benefis sa a, anplwaye a dwe gen yon pitit k ap enskri nan Lekòl Piblik Boston pou premye fwa, oubyen gen yon pitit ki se yon elèv Lekòl Piblik Boston men ki ap aplike pou yon lòt lekòl ki gen klas tranzisyon yo (jaden danfan, 6zyèm ane ak 9yèm ane). Tan sa a, “tan lib peye” yo pap retire nan jou vakans moun nan oubyen nan jou konje pèsonèl li yo, oubyen ankò nan jou konje maladi l yo. Anplwaye ki elijib yo dwe kontakte Biwo Resous Imen “Human Resources” anvan yo sèvi ak benefis sa a.

Anba òdonans Vil Boston Deplasman Paran pou Lekòl (Chapit 12-13.3), paran elèv ki nan jadendanfan-12zyèm ane kapab pran jiska 21 èdtan lib pa ane pou y al vizite lekòl. Òdinèman yo fèt pou itilize tan vakans yo, jou pèsonèl yo, oubyen lè yo gen anplis yo (compensatory “comp” time). Òdonans sa a aplike pou kote ki gen 25 anplwaye omwens ki ap travay nan yon menm lokal. Paran an dwe avèti bòs li alavans sou pwojè vizit li a.

Pou plis enfòmasyon, ale nan Sikilè Sipèentandan BPS SUP-3), “Vizit Paran Nan Lekòl”, nan sit entènèt BPS la.

Page 49: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 49

Transfè ak lòt Sitiyasyon Espesyal Demann Transfè Volontè. Yon paran oubyen yon elèv ki genyen 18 an

oubyen plis pase 18 an kapab mande pou yo plase l nan yon lòt lekòl. Transfè volontè – sa yo ki pa fèt akoz adrès ki chanje, sekirite, pwogramatik, oubyen rezon disiplinè – kapab fèt konsa: Lekòl Elemantè: yon transfè pa ane. Lekòl Mwayen: yon sèl transfè pandan ane lekòl mwayen yo

(6zyèm-8yèm ane) Lekòl Segondè: yon sèl transfè pandan ane lekòl segondè yo.

Pou mande yon transfè volontè, vizite Sant Dakèy BPS yo. Ou fèt pou prezante pyès idantifikasyon w (foto ID) pou kèlkilanswa sa w ap regle a. Avan ou ranpli fòm nan, mande si gen plas nan lekòl ou ta vle ale a.

Transfè pou Rezon Sekirite. Gen delè li nesesè pou plase yon elèv nan yon lòt lekòl pou asire yon anviwonman ki an sekirite ki ka pèmèt elèv la aprann. (Souple al gade nan paj 40, Sekirite & Ka Dijans Elèv, epi paj 60, NCLB: Opsyon Chwa Lekòl ki pa an Sekirite).

Elèv Anbetan. Lekòl Piblik Boston BPS kapab plase elèv lekòl elemantè nan yon lòt lekòl pase yo anbetan. Men, n ap plase elèv lekòl mwayen ak lekòl segondè ki anbetan yo nan pwogram altènatif sèlman. Souple al gade nan paj 45, (“Transfè Disiplinè”, pou plis detay.)

Transfè Akòz Chanjman Adrès. Nan anpil ka, elèv ki al abite nan yon lòt zòn fèt pou mande transfè pou yon lòt lekòl nan nouvo zòn yo a nan vil Boston. Men, yon elèv kapab kontinye ale nan lekòl li a nan zòn li te ye anvan an pou jis li rive nan klas ki pi wo lekòl la genyen an si paran l dakò alekri y ap bay pwòp transpòtasyon pa yo pou elèv la al lekòl la. Yon chanjman adrès nan zòn ou an kapab afekte estati zòn mache apye oubyen transpòtasyon nan otobis jòn yo.

Elèv Endijan. Elèv fanmi yo vin endijan gen dwa pou yo rete nan dènye lekòl kote yo te ye a, oubyen al nan yon lekòl nan zòn oubyen vil ki tou pre yo a kote y ap viv tanporèman. Pou plis enfòmasyon, rele Biwo Sèvis Endijan “BPS Homelessness Services”, 617-635-8037.

Elèv ki Gen Laj Avanse. N ap plase elèv ki gen ant 20 a 22 zan nan lekòl ki rele “Boston Adult Technical Academy.” Pwogram sa a la pou elèv nouvo ak pou elèv ki te deja la epitou elèv k ap retounen nan Lekòl Piblik Boston. Men, direktè lekòl yo ka deside pou kite kèk elèv nan lekòl kote yo ye kounyeya. Elèv yo tou gen dwa pou mande pou rekonsidere plasman yo nan “Adult Technical Academy”. Rele Biwo Planifikasyon & Sipò Enskripsyon yo nan 617-635-9516 si ou bezwen èd.

Anvan ou Vizite Yon Lekòl

Lekòl yo resevwa vizitè prèske tout jou lekòl. Li ta pi bon pou rele anvan ou al vizite pou asire w gen yon moun kap disponib pou mache ak ou epitou pou reponn kesyon ou yo. Chache konnen si gen lè espesyal ki la pou vizitè pou fè yon tou nan lekòl la epitou pou rankontre ak direktè a.

Kisa Ou Dwe Chache Konnen Epi ki Kesyon pou Poze Lè ou Ap Vizite Yon Lekòl

� èske lekòl la akeyan epi respekte timoun ak granmoun?

� èske lekòl la an òd, tankou gen ekspozisyon travay elèv yo ki gen kalite sou mi lekòl la?

� èske direktè lekòl la, pwofesè, ak lòt moun k ap travay nan lekòl la sanble yo se bonjan pwofesyonèl epi yo pran swen moun byen?

� èske elèv yo pase prèske tout tan yo sou matyè akademik yo -- sitou li, ekri, matematik, syans ak syans sosyal?

� èske elèv yo enterese epi yo sou aprann?

� èske gen opòtinite pou mizik, atizay, ak egzèsis fizik?

� èske lekòl la gen pwogram anvan epi apre lekòl? Akilè yo fèt epi konbyen kòb yo koute? Ki kalite aktivite yo ofri?

� Kijan yo sipèvize aktivite sa yo?

� èske lekòl la gen yon bonjan dosye sou sekirite?

� Ki lè ki pi bonè yo ka depoze timoun nan lekòl? Ki lè ki pi ta pou al chache timoun nan lekòl?

Pou Plis Enfòmasyion

Kontakte Sant Dakèy BPS yo nan nimewo ki nan paj 5 la.

Pou plis enfòmasyon sou lis kesyon pou poze lè ou pral vizite yon lekòl, ale nan: www.countdowntokindergarten.org/ steps/choose.html

Page 50: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 50

Regleman BPS:Dosye Elèv

Dosye Elèv k ap Kite Lekòl Piblik BostonLè yon elèv kite Lekòl Piblik Boston pou ale nan yon lòt lekòl ki pa nan BPS, BPS ap voye dosye l dirèkteman bay lòt lekòl la. Sonje lè yon elèv transfere nan yon lòt lekòl pandan ete a, sa kapab pran plizyè jou oubyen plizyè semenn anvan pou paran an jwenn dosye a nan men lekòl la. Anplwaye yo pa nan lekòl la pou tout jounen an nan mwa Jiyè ak nan mwa Out.

Bay Enfòmasyon Sou ElèvDabitid, yo pa pèmèt ni moun ni òganizasyon jwenn enfòmasyon sou dosye elèv daprè lalwa san paran oubyen elèv kalifye pa ekri yon pèmisyon. Mèzalò, gen kèk eksepsyon ki pèmèt lekòl yo bay enfòmasyon sou elèv yo san paran pa bezwen konsanti epi gen defwa ak avètisman jan nou esplike l nan Gid sa a. Egzanp eksepsyon se:

Daprè lalwa eta a, lè yon elèv transfere ale nan yon lòt lekòl, dosye elèv sa a (ak tout dosye edikasyon espesyal) kapab transfere ale nan lòt lekòl la san paran pa konsanti, depi chak ane paran an resevwa notifikasyon sou sa lalwa di.

Bay enfòmasyon kapab nesesè pou pwoteje sante oubyen sekirite yon moun, lèfini Depatman Timoun & Lafanmi (DCF), Depatman Sèvis Jenn Moun (DYS) kapab mande enfòmasyon sa a, yon ajan pwobasyon, oubyen lòt ajans leta oubyen ajans edikasyon kapab mande dosye sa yo.

Anba lwa federal “Okenn Timoun Pa Dwe Ret Dèyè a”, fòk distri lekòl piblik remèt non, adrès ak telefòn elèv ki nan klas segondè yo bay Lame Etazini ak moun k ap rekrite pou inivèsite ak ansèyman siperyè. Men, yon paran oubyen yon elèv gendwa pou yo mande pou pa bay enfòmasyon sa yo. Gen de (2) fason yo kapab mande sa:

Ranpli seksyon “Pase Enfòmasyon Bay Lame ak Rekritè Inivèsite” nan paj 37 gid sa a. Tcheke youn oubyen toude bwat yo. Swa paran an oubyen elèv la kapab siyen seksyon sa a.

Soumèt demann lan a lekri oubyen imel bay direktè lekòl la. Piske an jeneral rekritè yo mande enfòmasyon sa yo byen bonè nan kòmansman ane lekòl la, fòk ou soumèt demann pa ou la pa pita pase 20 septanm 2013 pou evite yo mande w enfòmasyon an.

Jan lalwa egzije sa dapre Lwa Refòm nan Edikasyon nan Masachousèt “Massachusetts Education Reform Law”, distri lekòl piblik yo dwe bay lekòl “charter” yo non ak adrès elèv yo pou rezon rekritman. Si ou pa vle yo bay enfòmasyon sa a, tanpri ranpli Seksyon “Bay Lekòl Charter Enfòmasyon” (Release of Information to Charter Schools) nan paj 37 la.

Dosye Elèv la gen tout enfòmasyon ki konsène yon elèv epitou nou kenbe l sou yon fòm oubyen yon lòt nan Lekòl Piblik Boston, nou òganize yo daprè non elèv

la oubyen nan yon fason nou kapab idantifye elèv la sou yon baz endividyèl.

Relve nòt elèv la oubyen dosye pèmanan elèv la genyen non elèv la, dat li fèt, adrès li, ane ak klas li fin fè yo, kou ak nòt li pran. Nou kenbe dosye pèmanan yo pou 60 an apre elèv la fin kite sistèm lekòl la.

Tout lòt dosye ki gen a revwa ak elèv yo se dosye tanporè epi nou kenbe yo pou sèt (7) an apre elèv yo kite sistèm lekòl la. Paran ak moun ki responsab timoun yo gen dwa pou resevwa kopi dosye tanporè yo avan nou detwi yo. Pou yo mande kopi sa a se pou yo pran kontak ak administratè dènye lekòl pitit yo te ale a.

Paran nenpòt elèv, oswa elèv ki rantre nan lekòl segondè oubyen ki gen 14 zan gen dwa pou enspekte dosye l si l mande sa. Lè paran an oswa elèv la fin mande dosye a, sa pap pran pase plis de (2) jou pou yon pwofesyonèl ki kalifye oubyen yon moun direktè a bay manda pou entèprete dosye a pou yo si paran an mande sa. Rele lekòl pitit ou a si ou ta renmen wè dosye pitit ou a.

Pou plis enfòmasyon sou dosye elèv

Sikilè Sipèentandan an "Machasuiv pou Dosye Elèv" (Superintendent Circular LGL-7 “Student Record Procedures” )

www.doe.mass.edu/lawsregs/603cmr23/html

Dosye Medikal ElèvAnba Reglemam federal ak eta a sou Dosye Elèv, dosye medikal dwe sou pwoteksyon konfidansyèl. Malgre yon dosye medikal fè pati dosye tanporè, ou paka gen menm aksè ak li menm jan ak relve nòt oubyen dosye tanporè. Anjeneral, se enfimyè lekòl la sèlman ki gen tout aksè ak dosye medikal elèv la nan dosye tanporè a. Pou plis enfòmasyon sou lè lalwa pèmèt sèten enfòmasyon sou sante dwe pase bay anplwaye lekòl la ki pa enfimyè a san konsantman paran an, gade Sikilè Sipèentandan an LGL-16, “Enfòmasyon sou Sante Elèv yo,” sou sit entènèt BPS lan.

Pou Jwenn Dosye Ansyen Elèv BPS yoAnsyen BPS elèv yo ka jwenn yon kopi relve nòt yo ak prèv diplòm yo lè yo soumèt yon demann alekri. Tanpri vizite sit entènèt BPS la pou plis detay epi pou jwenn yon kopi Fòmilè Demann lan: www.bostonpublicschools.org/request-transcript

Si lekòl segondè ou a toujou louvri ...

Ranpli yon Fòmilè Demann relve nòt epi fakse li oswa voye l pa lapòs nan lekòl la. Enfòmasyon sou kontak pou chak lekòl sou paj lis lekòl yo nan sit entènèt BPS la.

Si lekòl segondè ou a fèmen ...

Tanpri Fakse Fòmilè Demann relve nòt la bay Charles Childress nan 617-635-9164. Ou kapab voye demann lan tou nan:

OIIT, attention Charles ChildressBoston Public Schools26 Court Street, Boston, MA 02108

Komite Konsèy Elèv Boston di…BPS gen responsablite pou li fè elèv yo ak paran yo konnen dwa yo pou retire non yo nan lis yo pataje ak lòt òganizasyon. Ou ka deside, apre ou byen reflechi, si sèvis militè se yon bon chwa pou ou. Ou dwe enfòme tou sou pwomès san fondman kèk moun k ap mache chèche rekri ka fè, poze kesyon sou tout sa ou pa fin konprann oubyen ki pa klè. Nou gen dwa chwazi sa nou vle pou demen nou men nou konnen tou nan kisa n ap foure tèt nou.

Page 51: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 51

Lekòl Piblik Boston ka bay kèk enfòmasyon san konsantman paran: se non elèv yo, nimewo idantifikasyon pèsonèl Leta bay la, dat nesans, katye kote yo rete, klas y ap fè, dat yo te lekòl, patisipasyon yo nan aktivite ofisyèl, si yo manb nan ekip atletik, degre, onè ak prim yo resevwa, epitou plan yo apre lekòl segondè. Si ou pa vle nou pase enfòmasyon sa yo bay san konsantman w, ou fèt pou fè direktè a konn sa anvan 20 septanm 2013. Al gade nan paj 37.

Lalwa Massachusetts [M.G.L. Chapit 71, seksyon 34H ak 603 CMR 23.07 (5) (a)] dekri kijan ak ki fason pou lekòl piblik yo founi enfòmasyon sou dosye elèv bay moun ki pa responsab legal elèv la. Pou plis enfòmasyon, ale sou: www.doe.mass.edu/lawsregs/603cmr23.html?section=07

Kopi regleman dosye elèv ak dwa paran ak elèv sou dosye yo disponib nan chak lekòl. Yon paran oubyen yon elèv kapab pote plent bay Biwo Konfòmite Ak Regleman Lafanmi nan Depatman Edikasyon nan Etazini pou swadizan Lwa Vyolasyon Dwa Edikasyon ak Dwa Prive Fanmi (FERPA) ak regleman ki mache ak dwa sa yo.

Seremoni Remiz Diplòm

Gradye nan lekòl segondè trè enpòtan epi se yon okazyon espesyal. Tout lekòl segondè nan BPS onore elèv k ap gradye yo nan bèl seremoni fòmèl kote yo

pwofite prezante diplòm yo, bous detid, ak lòt fason yo rekonèt yo. Se sèlman elèv ki satisfè egzijans lekòl segondè BPS, ansanm ak nòt yo egzije pou Detèminasyon Konpetans nan MCAS (Competency Determination) pou Angle, matematik, ak syans & teknoloji/jeni ki kapab patisipe nan seremoni remiz diplòm yo epi pou resevwa yon diplòm. Elèv ki pa rive konplete egzijans pou diplome pap kapab “defile sou tribin nan” pou resevwa diplòm yo epi resevwa yon fèy papye vid nan plas diplòm yo a.

Gen sèlman 3 eksepsyon nan regleman sa a:

Elèv ki konplete 2 zan nan yon pwogram teknik-vokasyonèl nan Madison High Park epi ki pran Sètifika Konpetans kapab patisipe nan seremoni gradyasyon yo.

Elèv edikasyon espesyal ki gen gwo enfimite ki ap kite lekòl segondè poutèt laj yo pase yo gen 22 zan ak sa yo rive akonpli nan Plan Edikasyon Endividyèl (IEP) ap resevwa yon Sètifika Prezans epi y ap kapab patisipe.

Lòt elèv ki enfim ki ranpli egzijans a yo kapab chwazi pou yo patisipe:

Elèv la pa gen plis pase nèf (9) absans san motif nan ane lekòl anvan an

Elèv la te pran MCAS 10zyèm ane omwens twa (3) fwa nan chak matyè elèv la pat pase yo, oubyen elèv la te remèt omwens 2 pòtfèy «evalyasyon altènatif»

Elèv la te nan klas 12zyèm ane a san pwoblèm jan yo dekri l nan IEP la epi li te ranpli tout egzijans lekòl la ak kritè BPS ki pa akademik.

Anpil lekòl gen gwo aktivite nan fen dane a pou rekonèt elèv ki pase nan Jaden danfan, 5yèm ane ak 8yèm ane. Sepandan, sa yo se selebrasyon yo ye se pa gradyasyon. Nou dekouraje lekòl sa yo rele selebrasyon sa yo gradyasyon ak seremoni prezante “diplòm” enpi elèv ki mete kwaf ak wòb gradyasyon an.

Dosye Elèv (kontinyè)

Tout elèv dwe fè 180 jou lekòl, eksepte elèv nan dènye ane lekòl segondè yo – menm si seremoni fen dane a fèt anvan dènye jou lekòl la, n ap konsidere elèv yo absan si yo pa vin lekòl.

Devwa Lakay

Edikatè Lekòl Piblik Boston kwè ke lè elèv pase tan ki siyifikatif ap fè devwa lakay, yo gen plis chans pou yo reyalize siksè akademik. Devwa lakay baze sou travay

nan klas epi yo ankouraje devlopman oto-disiplin ak responsablite pèsonèl. Li favorize kowoperasyon ak kominikasyon tou ant fanmi yo ak lekòl la.

Chak elèv BPS dwe gen devwa lakay chak jou lekòl. Al gade nan paj 18 (Elemantè), paj 20 (Lekòl Mwayen), epi paj 22 (Lekòl Segondè) pou gid devwa lakay. Pwofesè yo responsab pou bay devwa lakay.

Si ou gen kesyon sou devwa lakay, oubyen si pitit ou a gen pwoblèm poutèt kantite oubyen valè devwa yo bay yo, kontakte pwofesè a anvan, apresa kontakte direktè lekòl la.

Page 52: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 52

Rive Lekòl Anreta

Nou atann pou tout elèv repòte yo lekòl alè chak jou. Elèv ki rive apre

jounen an kòmanse, anreta. Yo dwe suiv regleman lekòl la sou reta, pou lekòl la ka konsidere yo prezan pou jou sa a. Lekòl segondè yo kapab konte twòp reta tankou yon absans. (Al gade nan paj 14 pou plis enfòmasyon).

Dapre regleman Komite Lekòl Boston, se pou yo pèmèt elèv ki anreta yo nan etablisman lekòl la. Responsab anchèf ak direktè yo fèt pou (a) revize regleman ki ekziste sou reta avèk Konsèy Direksyon Lekòl la, (b) devlope konsekans rezonab ki koresponn ak reta elèv yo avèk sipò pozitif k ap ankouraje yo vin alè, epitou (c) siveye deprè si elèv yo konfòme yo dapre regleman yo.

Kazye Elèv

Lekòl mwayen ak lekòl segondè bay chak elèv kazye pou yo sere founiti klasik ak lòt afè pèsonèl yo. Lekòl la bay kadna ak kle. Elèv yo pa dwe itilize pwòp kadna

pa yo.

Li enpòtan pou paran yo ak elèv yo konprann kazye yo se pwopriyete Lekòl Piblik Boston pandan elèv yo ap itilize yo a. Anplwaye lekòl la gen dwa fouye kazye yo ak atik pèsonèl yo anndan kazye yo (tankou pòch manto yo).

Anplwaye lekòl la fouye kazye elèv yo owmen yon fwa pa ane pou pwòpte jeneral. Yo enspekte kazye yo tou lè yo sispèk yon pwoblèm pwoteksyon ak sekirite. Pandan n ap fouye kazye yo, si nou jwenn nenpòt ki atik ilegal, atik entèdi, oubyen atik ki potansyèlman danjre oubyen atik ki bay prèv te gen yon krim ki te komèt, n ap bay otorite ki konsène yo li.

Tchekte Regleman ki Tabli nan Lekòl la pou plis enfòmasyon sou regleman kazye.

Telefòn Pòtab Selilè

Regleman Lekòl Piblik Boston sou telefòn selilè la pou l asire itilizasyon telefòn selilè pa entèfere ak aprantisaj ak ansèyman k ap fè pandan jounen lekòl la.

Nou te devlope regleman sa a an ko-laborasyon ak manm Komite Direksyon Konsèy Elèv nan Boston (BSAC) ki repre-zante tout lekòl segondè nan Boston. Regleman sa a aplikab pou tout elèv ki anwole nan Lekòl Piblik Boston nan tout nivo, ak tout lekòl pilòt yo epitou lekòl Horace Mann Charter yo.

Nou pèmèt elèv pou itilize telefòn selilè pandan lè sa yo sèlman:

anvan oubyen apre lekòl anndan oubyen deyò lekòl la.

nan aktivite apre lekòl tankou espò, ak pèmisyon antrenè a, enstriktè a, oubyen direktè pwogram nan sèlman.

nan aktivite aswè oubyen nan wikenn anndan lekòl la.

Nou pa pèmèt itilizasyon telefòn pou kèlkilanswa rezon an – tankou apèl telefonik, mesaj alekri oubyen lòt fonksyon nenpòt ki lòt lè nan lekòl la.

Telefòn selilè yo pa dwe sou zye pandan jounen lekòl la.

Telefòn selilè yo fèt pou fèmen nèt (pa sèlman sou mòd silans oubyen pou yo vibre) pandan jounen lekòl la.

Konsekans pou elèv ki vyole regleman sa a pati konsa:

Premye ofans: N ap konfiske telefòn nan epi n ap retounen l bay elèv la lè lekòl lage.

Dezyèm ak lòt ofans: N ap konfiske telefòn nan epi n ap retounen l sèlman bay paran oubyen gadyen elèv la. Elèv la pap kapab vin ak telefòn selilè nan lekòl la pandan tout rès ane a.

Vyolasyon regleman sa a tout tan: Nou kapab pran lòt aksyon disiplinè ki anrapò ak Kòd Konduit pou pini elèv ki kontinye vyole regleman sa yo.

Pwopriyete Pèsonèl

Li annwiyan pou lè elèv ak anplwaye lekòl la pèdi afè pèsonèl enpòtan yo tankou bijou, jwèt ak ekipman elektwonik oubyen pou lòt moun vòlè atik sa yo. Nou

reyèlman ankouraje paran yo pou yo asire yo timoun yo pa pote okenn atik ki gen valè pou yo nan lekòl la.

Si atik sa a yo koze entèripsyon, Regleman Ki Tabli nan Lekòl la kapab pèmèt anplwaye lekòl la pran atik la nan men elèv la pandan lekòl la. Regleman Ki Tabli nan Lekòl la kapab deside tou ke se pa tout atik yon moun kapab pote lekòl.

Nou fèt tou efò pou nou remèt paran oubyen elèv yo pwopriyete prive yo. Men, nou pa ka responsab pou nou ranplase pwopriyete ki pèdi oubyen yo vòlè, ni tou pou nou remèt fanmi lajan valè pwopriyete sa a.

Règleman BPS:

Komite Konsèy Elèv Boston Di…Regleman sou elèv k ap rive anreta lekòl se pou respè li ak reyisit edikasyon li. Administrasyon BPS gade sa mal lè yo pini yon elèv voye li lakay li paske li anreta. Lekòl yo fèt pou kontinye chèche mwayen ki ta ka ankouraje elèv yo VLE vin lekòl; pa egzanp, amelyore anbyans lekòl la enpi chèche ki fason yo ka ede elèv la nan plas retni ak pinisyon. Epitou elèv yo dwe montre jan yo pran edikasyon yo oserye nan vini lekòl alè.

Komite Konsèy Elèv Boston Di…Telefòn pòtab (selilè) enpòtan pou anpil elèv ki bezwen kominike ak fanmi oswa travay yo fè apre lekòl. Nou bezwen telefòn men nou pa vle pou yo kontrarye pèsonn nan edikasyon yo. BPS gen regleman elèv te devlope pou elèv parèy yo dekwa pou yo kenbe yon balans ant respè pou travay edikasyon an ak respè pou dwa elèv yo.

Page 53: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 53

Kanè Eskolè

Lekòl yo bay kanè nan fen chak tèm. Anjeneral, lekòl elemantè yo ak Jadendan-fan rive 5yèm Ane nan lekòl K-8yèm yo gen twa tèm. Pifò lekòl mwayen yo,

6zyèm-8yèm ane epi lekòl segondè yo genyen 4 tèm. Tèm pou ane lekòl 2013-2014 la anndan kouvèti dènye paj Gid sa a. Komite Administrasyon Lekòl ki nan yon lekòl kapab mande lòt orè ki pa menm ak sila Biwo santral la etabli pou tèm yo.

Anjeneral, elèv yo pote kanè yo lakay yo pou paran yo oubyen moun ki responsab yo siyen. Elèv yo pote kanè sa yo tounen lekòl la bay pwofesè a. Gen lekòl ki bay kanè lè gen pòt louvri pou vizit nan lekòl la oubyen pandan konferans ant paran ak pwofesè.

Nan mitan chak tèm, lekòl yo mande pou voye yon nòt avètisman lakay elèv ki an danje pou yo pa pase.

Pou konnen kijan pitit ou a ap pwogrese, rele lekòl la pou mete yon randevou pou yon konferans paran-pwofesè. Sant Dakèy BPS yo kapab ba ou konsèy sou kijan pou gen yon rankont ki byen pase ak pwofesè pitit ou a. Yo make nan paj 5. Epitou al gade nan paj 10, “Prepare yon Bonjan Rankont Paran-Pwofesè.”

Fanmi yo kapab siveye pwogrè akademik pitit yo sou sit entènèt pa filyè Sistèm Enfòmasyon Elèv (SIS) Pòtay Paran. Ap genyen plis enfòmasyon ki disponib nan lekòl ou a an otòn.

Aktivite Atletik

Tout lekòl mwayen BPS ak lekòl segondè yo ofri opòtinite pou elèv yo patisipe nan konpetisyon espò jinyò. BPS se yon manm nan Asosyasyon Atletik Entèes-

kolè nan Masachousèt (Massachusetts Interscholastic Athletic Association), epi pwogram pou atlèt li yo dwe suiv règ MIAA yo.

“Commonwealth of Massachusetts” gen lwa ki te pase epi ki egzije pou tout elèv-atlèt yo ak paran yo, osibyen antrenè yo, direktè atletik yo, enfimyè lekòl yo ak doktè ranseye sou konsekans grav aksidan moun ki blese nan tèt oubyen ki frape tèt yo atravè pwogram fòmasyon ak materyèl ekri. Paran elèv volontè ki patisipe nan nenpòt aktivite lekòl andeyò pwogram atletik regilye pral resevwa plis enfòmasyon nan men lekòl la. Ou ka jwenn tèks lalwa a nan: http://www.malegislature.gov/Laws/GeneralLaws/PartI/TitleXVI/Chapter111/Section222.

Chak elèv atlèt dwe pase yon egzamen fizik san pwoblèm pandan trèz mwa ki vini apre kòmansman chak sezon espò.

Enfòmasyon sou aktivite atletik BPS disponib nan lekòl yo ak sou sit entènèt BPS la, bostonpublicschools.org/athletics.

Lè Jounen Lekòl la Ranvwaye

Gen de jou kote n ap oblije fèmen pòt lekòl yo akòz move tan oubyen lòt ka enprevi. Nou kominike lè lekòl la ranvwaye nan fason sa yo:

Kout fil otomatik lakay elèv yo

Nan pifò estasyon radyo ak televizyon, apati 5:30 a.m.

Sant Kontwòl Move Tan 617-635-3050

Biwo Santral BPS 617-635-9000

Sit entènèt BPS la www.bostonpublicschools.org

Sit entènèt Vil Boston an www.cityofboston.gov/snow

Siyen pou yo kapab notifye w pa telefòn oubyen imel lè gen ka lanèj dijans, entèdiskyon pou pake, ak lè lekòl ranvwaye.

Kèlkanswa desizyon nou pran sou louvri lekòl, se paran an ki dwe pran desizyon final la sou èske li fè sans pou voye yon timoun lekòl. Si paran an deside kenbe timoun nan lakay li pou rezon sekirite, absans la ap eskize lè paran an voye yon nòt. (Ale gade nan paj 14 nan “Regleman pou Pwomosyon: Prezans”.)

Si lekòl fèmen: N ap ranplase jou a nan fen dane a.

Si gen move tan pandan jounen lekòl la: N ap lage lekòl nan lè nòmal.

Pwogram Apre Lekòl: Lè lekòl ranvwaye, nou ranvwaye tout pwogram apre lekòl, tout aktivite atletik, ak tout klas leswa nan BPS.

Daprè lalwa, ane lekòl la pou elèv dwe dire 180 jou. Dapre kontra Sendika Pwofesè yo, dènye jou lekòl la pa pita pase 30 jen. Si sa nesesè, n ap ajiste kalandriye BPS pou nou mache dapre regleman sa yo. W ap resevwa enfòmasyon nan men lekòl pitit ou a.

Page 54: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 54

Angajman Elèv nan Administrasyon

Tout lekòl segondè piblik nan Boston (ou jwenn lekòl segondè distri, lekòl ak konkou, altènatif ak pilòt) dwe genyen yon regleman ekri ki esplike opòtinite

elèv yo jwenn pou yo ka jwe yon wòl nan sa k ap pase nan klas yo ak nan yon nivo pi laj anndan kominote lekòl la. Youn nan pati regleman sa a di chak lekòl dwe tabli yon Komite Elèv pou ede nan pran desizyon. Manm komite sa a sèvi kòm konseye, anketè ak patnè nan tout demach k ap fèt pou pran desizyon pou lekòl la ak distri a tou. Tout direktè lekòl yo responsab pou monte komite elèv pou ede nan administrasyon an pa pita pase 15 oktòb. Lekòl mwayen ak elemantè yo ka monte komite elèv pa yo tou. Sepandan li pa egzijib nan nivo sa yo.

Komite Konsèy Elèv Boston (BSAC) gwoupe ansanm tout elèv ki se manm komite direksyon sa a nan tout lekòl vil Boston an enpi yo reprezante pòtpawòl kanmarad yo devan Komite Lekòl Boston yo “Boston School Committee”. Reprezantan BSAC yo ofri konsèy yo sou jefò k ap fèt pou refòm lekòl yo ak lòt bagay ki pa kòrèk nan lekòl nan vil la. Yo deside tou sou regleman ki dwe tabli nan enterè kanmarad yo. Chak lekòl segondè nan BPS dwe voye yon reprezantan, oubyen menm de (2) nan komite BSAC la. Al gade Sikilè Sipèentandan an FAM-02 (Superintendent’s Circular)

Elèv BPS gen anpil dwa ak responsablite anplis sila yo ki nan gid sa a. Kòd Konduit BPS la (al gade nan paj 44) genyen yon lis okonplè. Ou kapab aprann sou dwa ak responsablite elèv nan sit entènèt sa a: www.bsaconline.org; klike sou “Students” (Elèv) sou ti ba chwa yo.

Inifòm Lekòl

Lekòl Piblik Boston pa genyen yon regleman pou distri a an jeneral sou inifòm. Men li genyen yon Regleman Inifòm Lekòl. Dapre regleman sa a, Komite Konsèy

Anndan Lekòl nan chak lekòl kapab genyen youn nan twa chwa:

pa gen inifòm inifòm volontè oubyen fason pou abiye osinon inifòm obligatwa oubyen fason obligatwa pou abiye

Menm si lekòl pitit ou a gen inifòm obligatwa, ou pa oblije patisipe; ou gen dwa pou pa patisipe. Pou jwi dwa sa a, voye yon lèt bay direktè lekòl la pou esplike poukisa ou pa vle pitit ou a patisipe. Anplwaye lekòl pa ka anpeche elèv ki pa vle met inifòm yo vin lekòl.

Swen Liv pou Klas ak Lòt Materyèl

Lekòl nou yo bay tout elèv liv pou klas ak lòt materyèl yo bezwen pou lekòl, gratis. Liv pou klas ak liv nan bibliyotèk yo se pwopriyete BPS.

Anpil liv pou klas n ap itilize nan lekòl yo gen mwens pase senk an nan sèvis epi yo an bon eta. Kindonk, nou mande pou elèv yo retounen liv yo an bon eta. Elèv yo fèt pou kouvri tout liv pou klas nou kite yo al lakay yo ak yo.

Si yon elèv dechire yon liv, pèdi yon liv oubyen lòt pwopriyete lekòl la, elèv la oubyen paran l dwe peye pou ranplase yo. Tout fanmi sipoze konnen anpil nan liv pou klas yo chè anpil.

Dlo pou Moun Bwè

Dapre lalwa, lekòl yo dwe bay dlo potab gratis pou tout elèv yo bwè pandan tout jounen lekòl la. Tout lekòl gen pou mete machin distribisyon dlo swa nan

kafeterya a oubyen nan zòn kote elèv yo manje a pandan yo ap sèvi manje. Pou plis enfòmasyon sou disponiblite dlo, kontakte Depatman Byennèt, 617-635-6643.

Regleman sou Anviwonman San Tabak

Tout sa entèdi: posesyon, itilizasyon epi montre nenpòt pwodui ki fèt ak tabak nan lokal lekòl yo, ak nan espas 50 pye apati pwopriyete lekòl la pandan tout

tan, epitou pandan tout aktivite lekòl la patwonnen menm si li pa nan lokal la. “Pwopriyete Lekòl la” vle di lokal lekòl la, biwo, depo, teren atletik, otobis lekòl la ak machin, pakin, twotwa/pasaj pyeton, ak nenpòt lòt byen ki anba kontwòl Lekòl Piblik Boston. Regleman sa a aplike pou tout moun, tankou manm pèsonèl lekòl la ak vizitè yo. Vyolatè yo kapab sijè pou peye yon amann. Elèv ki vyole regleman sa yo pral jwenn sanksyon disiplinè jan sa endike nan Kòd Konduit ak/oswa Liv Lekòl la. Gade Sikilè Sipèentandan an SHS-18 pou li regleman yo okonplè.

Règleman BPS:

Page 55: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

55

� “Okenn Timoun Pa Dwe Ret Dèyè” (NCLB) 56

•NCLB Kont Randi Lekòl 56

• Kanè Lekòl la ak Kanè Distri a 57

•NCLB ak Kalite Pwofesè yo 57

•NCLB ak Patisipasyon Paran 58

•NCLB ak Kontra Lakay- Lekòl 59

• Plan pou Amelyore Tout Lekòl la Annantye 59

•NCLB ak Elèv k Ap Aprann Angle yo 60

•NCLB ak Opsyon pou kite Lekòl ki pa an sekirite 60

� Òganizasyon ki Bay Fòmasyon ak Devlopman Pwofesyonèl pou Paran Lekòl Piblik Boston 61

� Lis Anyè Lekòl Piblik Boston yo 64

� Kalandriye Distribisyon Kanè pou 2013-2014 Anndan Kouvèti dèyè a

Plis Resous pou Fanmi yo

Page 56: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 56

Responsablite Lekòl yo Kanè Lekòl la ak Kanè Distri a Kalite Pwofesè yo Regleman sou Patisipasyon Paran Kontra Lakay-Lekòl Plan Pou Amelyore Tout Lekòl la Annantye Elèv K ap Aprann Angle Opsyon Chwa pou kite Lekòl ki pa an Sekirite

NCLB ak Reponsablite Lekòl

Anba NCLB, lekòl piblik (ak lekòl chatè yo) nan chak eta fèt pou bay tès chak ane pou ka mezire ki kantite amelyorasyon elèv yo fè pandan ane a. Nan Masachousèt, tès leta a rele MCAS — Sistèm Evalyasyon Konpreyansif Okon-

plè. Lekòl piblik nan Masachousèt mezire amelyorasyon lekòl yo baze sou pwogrè lekòl yo nan objektif yo te genyen pou redui eka nan konpetans yo a mwatye an 2017. Eka nan konpetans yo se diferans ki genyen ant gwoup elèv ki nan nivo konpetans nan MCAS la. Gwoup yo klase sou ras/etnisite, Elèv K Ap Aprann Angle, elèv ki gen andikap, ak elèv ki pa genyen bonjan mwayen ekonomik. Elèv ki nan nivo “konpetan” demontre bonjan konpreyansyon nan matyè ki di yo epi yo kapab rezoud yon bann kalite pwoblèm.

Baze sou rezilta MCAS yo, distri yo ak lekòl yo nan youn nan senk (5) nivo “Kont Randi ak Nivo Asistans” Lekòl Nivo 1 gen pi gwo pèfòmans. Lekòl nan Nivo 3 ak nan Nivo 4 yo nan dènye 20% nan pèfòmans lekòl. Lekòl sa yo resevwa sipò anplis, ki kapab genyen ladann yon jounen lekòl pi long epi pwogram gratis leson patikilye apre lekòl nan kèk lekòl, pou ede yo amelyore. Boston pa genyen okenn lekòl ki nan Nivo 5.

Lwa sou Lekòl Elemantè ak Segondè ki rele “Okenn Timoun Pa Dwe Rete Deyè a (NCLB), se pi gwo pwogram edikasyon elemantè ak segondè Ozetazini pwogram federal la fonde. NCLB pote yon bann chanjman nan fason lekòl

opere. Pa egzanp, NCLB: ensiste pou lekòl yo aprann elèv yo nosyon avanse epi atann anpil rannman

nan men yo rann lekòl yo responsab rezilta elèv yo ankouraje metòd pedagoji ki fè prèv yo bay paran yo plis chwa bay anpil regleman ki ede paran yo jwe gwo wòl nan edikasyon pitit yo

Genyen 10 “tit” oubyen pwogram edikasyon ki fè NCLB a. Pi gwo pwogram nan se Tit I. Pwogram Tit I an bay lekòl k ap sèvi elèv ki pa gen gwo mwayen ekonomik yo lajan pou ede elèv sa yo jwenn bonjan edikasyon. An 2012-2013, tout lekòl piblik Boston te resevwa lajan Tit I.

Anretou, lekòl yo oblije aprann elèv yo nosyon avanse eta a mande yo epi fè gwo efò pou fè paran yo patisipe nan edikasyon pitit yo. Anfèt, NCLB a di paran yo se poto mitan nan ede pitit yo reyisi nan lekòl ak nan ede lekòl vin pi bon.

Seksyon sa a nan Gid pou Lekòl Piblik Boston yo esplike divès pati ki genyen nan NCLB a epi li layite dwa ou kòm paran. Li pale sou kesyon sa yo:

“Okenn Timoun Pa Dwe Ret Dèyè”

Page 57: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 57

Kanè Lekòl ak Distri Yo

Chak ane, tout lekòl nan eta yo ak distri yo dwe distribye kanè sou lekòl yo. Kanè sa yo pa menm ak kanè ki di ou sa pitit ou a ap remèt nan klas li chak trimès.

Kisa kanè a gen ladan l?Nan kad NCLB a, Kanè Lekòl la dwe di w:

konbyen pwofesè ki trè kalifye (ki byen fòme epi ki sètifye) nan matyè y ap anseye yo

sa elèv nan lekòl la te remèt nan dènye ekip egzamen MCAS yo pou mat ak ELA

sa divès gwoup elèv yo te bay nan MCAS la:

ti gason ak ti fi elèv divès ras ak gwoup etnik elèv ki gen dwa jwenn manje gratis oubyen ak rabè elèv ki ap aprann Angle yo elèv andikape ki nan klas edikasyon espesyal elèv migran

pousantaj etidyan nan chak sou-gwoup ki te pran tès MCAS yo

sa distri lekòl la ak eta a te remèt an gwo nan tès MCAS yo

kantite elèv ki prezan

kantite elèv ki diplome nan lekòl segondè yo

Kanè distri a dwe gen ladan l enfòmasyon sou:

sa elèv nan divès gwoup etnik yo te bay nan MCAS parapò ak mwayèn tout lòt elèv nan eta a

rezilta ki soti nan tès Leta yo ak tès nasyonal NAEP pou evalyasyon lekti epi matematik

nivo patisipasyon elèv ki gen andikap ak elèv ki limite nan pale Angle yo nan NAEP.

Poukisa kanè lekòl yo ak kanè distri yo enpòtan konsa?Kanè sa yo bay paran yo enfòmasyon ki pemèt yo fè desizyon parapò ak edikasyon pitit yo anvan lòt ane lekòl la koumanse.

Kouman epi ki lè m ap ka jwenn kanè lekòl pitit mwen an ak kanè distri a?Lekòl yo dwe voye kanè lekòl la bay paran yo pa lapòs oubyen bay elèv yo pou yo pote lakay. Lekòl yo dwe bay paran yo kanè lekòl la ak kanè distri a si yo mande yo. Moun ka jwenn yo tou nan Sant Dakèy BPS yo (BPS Welcome Centers) ak sou sit entènèt BPS la.

Ki kote m ka jwenn kout men pou m ka konprann kanè lekòl ak kanè distri pitit mwen an?Kanè a dwe bay enfòmasyon yo klè yon fason pou tout moun ka konprann yo san pwoblèm. Poze direktè lekòl la kesyon si w pa konprann yon bagay nan kanè a.

NCLB ak Kalifikasyon Pwofesè yo

Nan kad NCLB a, tout distri lekòl yo dwe asire yo se pwofesè trè kalifye k ap anseye matyè debaz yo. Matyè debaz yo se matematik, syans, lekti, istwa, Atizay Lang Angle (ELA), lang etranje, ekonomi, sivik ak gouvènman, jew-

ografi, ak atizay. Pwofesè ki pa p anseye matyè fondasyon yo pa oblije trè kalifye.

Kisa trè kalifye vle di?“Trè kalifye” vle di pwofesè pitit ou a dwe:

genyen yon diplòm lisansye

gen yon sètifika leta kòm pwofesè oubyen yon lisans pwofesè

kapab montre li gen konesans ak kapasite ki nesesè pou anseye matyè l ap anseye a ki pwouve yo konn matyè y ap anseye a byen.

Nan kad NCLB, lekòl Tit I yo ka anplwaye sèlman pwofesè ki trè kalifye. Menm pwofesè ki t ap anseye depi dikdantan ka gen bezwen al resikle pou yo ka satisfè kondisyon pou yo vini pwofesè trè kalifye.

Kisa ou ka konnen sou kalifikasyon pwofesè pitit ou a?Ou gen dwa pou konnen kalifikasyon pwofesè nan lekòl ou a, ak enfòmasyon dirèk sou pwofesè pitit ou a. Lekòl yo dwe gen enfòmasyon sa yo la epi fè w jwenn yo si w mande yo. Gen lekòl ki ka egzije pou ekri yon lèt pou fè demann lan.

Ou ka chache konnen:

si pwofesè a satisfè kondisyon leta fikse pou klas ak sijè l ap fè a

si pwofesè a ap anseye nan kad kondisyon dijans akoz sikonstans espesyal

nan kisa pwofesè a te diplome nan inivèsite

si pwofesè a gen diplòm avanse epi nan ki domèn

si gen parapwofesyonèl (asistan pwofesè) k ap bay pitit ou a sèvis epi ki kalifikasyon yo

Yon fwa pa ane, distri lekòl ou a dwe di w konbyen pwofesè nan lekòl pitit ou a ki trè kalifye. Enfòmasyon sa a ap nan kanè lekòl pitit ou a. (Gade seksyon sou “Kanè Lekòl ak Kanè Distri yo” nan paj sa a.

Kisa NCLB di sou parapwofesyonèl yo?Parapwofesyonèl yo se gran moun ki bay pwofesè yo ak paran yo kout men. Tout nouvo parapwofesyonèl k ap vin ede pwofesè yo nan lekòl Tit I yo dwe pase omwens de (2) ane nan inivèsite oubyen yo dwe pase yon tès distri lekòl la bay.

Parapwofesyonèl k ap travay kòm tradiktè ak nan pwogram paran aktif yo pa gen pou yo satisfè kondisyon sa yo.

Page 58: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 58

NCLB ak Kalifikasyon Pwofesè yo (kontinyè)

Eske y ap fè m konnen si pwofesè pitit mwen an pa trè kalifye?Nan kad NCLB a direktè lekòl pitit ou a dwe fè ou konnen si pwofesè pitit ou a pa trè kalifye. Direktè a dwe di w tou si pitit ou a gen yon pwofesè sibtiti ki pa trè kalifye pandan plis pase kat semèn afile. Pandan senkyèm semèn travay afile yon pwofesè sibstiti k ap la pou lontan, direktè a dwe fè paran yo konnen sa.

NCLB ak Regleman sou Patisipasyon Paran

Paran yo enpòtan nan reyisit pitit yo lekòl. Nan kad NCLB a, lekòl Tit I yo dwe gen yon papye ki detaye Plan pou Patisipasyon Paran yo. Paran yo dwe patisipe nan devlope dokiman sa a epi apwouve li. Dokiman sa a dwe esplike

aklè kouman paran yo ap ka patisipe kòm patnè nan edikasyon pitit yo. Plan sa a dwe revize detanzantan, ofiramezi pwoblèm paran yo santi genyen nan sistèm nan ap chanje. Paran yo dwe aktif nan devlope, revize ak evalye plan sa a.

Ki enfòmasyon ki nan Plan pou Patisipasyon Paran yo?Plan yo dwe ranmase twa gwo domèn:

(1) devlopman plan an,

(2) pataj responsablite pou siksè elèv la, ak

(3) kapasite edikatè yo ak paran yo pou yo travay ansanm pou yo ede tout elèv yo reyalize objektif aprantisaj yo.

Devlopman plan an. Plan yo dwe di kouman paran yo ap aktif nan devlope ak apwouve Plan pou Patisipasyon Paran yo. Dwe gen yon plan pou tcheke paran yo pou bay dizon yo sou regleman ak plan pwogram Tit I. Tankou tou, ta dwe gen yon plan pou lè desizyon enpòtan ap pran sou fason pou yo depanse lajan Tit I an. Plan sa a dwe di kouman lekòl la ap ede paran yo pou yo ka patisipe nan reyinyon enpòtan yo sou Tit I an, tankou ba yo transpòtasyon, manje ak gadri pou ti moun yo.

Pataj responsablite. Plan an dwe gen ladan l yon kopi Kontra Lakay-Lekòl la ki layite kouman lekòl la ap fonksyone ak paran yo pou l ka ede elèv yo fè pwogrè nan travay lekòl yo. Plan an dwe bay objektif kontra a. Li dwe di tou kouman paran yo ak lekòl la pral ekri kontra a ansanm. (Pou plis enfòmasyon sou kontra a, al gade “NCBL ak Kontra Lakay-Lekòl” nan paj 59).

Kapasite ak konesans edikatè yo ak paran yo. Plan an dwe di sa k ap fèt pou yo ka satisfè bezwen fòmasyon ak enfòmasyon paran yo ak edikatè yo. Paran yo dwe gen yon chans pou yo aprann:

regleman ak objektif aprantisaj elèv yo dwe satisfè

fason yo mezire pwogrè elèv yo

fason y ap evalye travay elèv yo

kouman paran ka travay ak pwofesè yo pou yo ka ede pitit yo travay pi byen nan lekòl la

materyèl ak opòtinite pou pran fòmasyon ki ka ede paran yo gen kapasite pou yo ka travay ak pitit yo.

Anplwaye yo dwe gen yon chans pou yo aprann enpòtans ki genyen pou yo entegre paran yo kòm patnè egal-ego. Chak fwa sa posib, paran yo dwe fè pati sesyon fòmasyon anplwaye yo.

Kilès ki ekri plan an?Lekòl yo dwe rantre paran yo nan ekri plan pou patisipasyon paran yo. Lekòl pitit ou a ap fè yon reyinyon nan kòmansman ane lekòl la pou l ka jwenn dizon w.

Kouman m ka jwenn yon kopi Plan Patisipasyon Paran yo nan lekòl pitit mwen an?Mande direktè lekòl pitit ou a oubyen paran-kowòdonatè (“parent liaison”) a nan lekòl pitit ou a pou yon kopi plan an. Plan an dwe fasil pou moun konprann. Si w bezwen kèk esplikasyon tcheke direktè lekòl pitit ou a. Plan an dwe tradui nan lòt lang apre Angle.

Kouman m ka vin aktif nan ekri Plan Patisipasyon ak Angajman Paran yo?Lekòl la dwe esplike pwogram Tit I an nan yon reyinyon anyèl oubyen “Pòt Louvri” pou paran yo. Pifò lekòl yo fè rasanbleman Pòt Louvri yo nan koumansman ane lekòl la. Lekòl la dwe fè paran yo konnen yo gen dwa pou yo vin aktif epi li dwe fè paran yo konnen kouman yo ka aktif nan tout lekòl la ak kijan yo ka patisipe nan ekri Plan Patisipasyon Paran yo. Si w pa ka patisipe nan reyinyon sa a, angajman w toujou enpòtan – pou pitit ou a ak pou lekòl la. Rele direktè a epi mande l kouman ou ka patisipe.

Page 59: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 59

NCLB ak Kontra Lakay-Lekòl

Tout lekòl Tit I yo dwe genyen yon Kontra Lakay-Lekòl. Kontra sa a dekri fason lekòl la ak paran yo ap fè yon tèt-kole pou yo ka ede elèv yo ranpòte siksè nan aktivite lekòl yo. Li layite fason lekòl la ap satisfè bezwen elèv li yo ak

wòl ansanm ak responsablite paran yo ak elèv yo. Kontra a sèvi tou kòm fondasyon pou yon antant sou papye ant chak grenn elèv, paran/moun ki responsab elèv la, ak lekòl la. Paran/moun ki responsab elèv la, elèv la ak direktè lekòl la dwe siyen antant lan.

Kisa kontra a gen ladan l?Kontra a gen ladan l tout travay paran, elèv, pwofesè, ak direktè dakò pou yo fè ak responsablite y ap pran pou elèv yo ka aprann. Kontra yo diferan nan chak lekòl.

Kontra a dwe di kouman lekòl la pral itilize gwo kalite pedagoji ki bay rannman nan ede tout elèv ranpòte siksè nan travay lekòl yo. Li dwe di tou sa lekòl la pral fè pou:

tout pwofesè yo trè kalifye

itilize bonjan kalite pedagoji pou tout elèv

kontwole pwogrè tout elèv

asire l tout elèv ap gen travay ki pèmèt yo reflechi ak bonjan kalite pedagoji

fè fanmi yo konnen plis pase yon fwa chak ane fason lekòl la ap ede elèv yo pou yo pwogrese

kreye fason pou paran yo ak pwofesè yo antann yo

asire l pwofesè yo fè paran yo konnen pwogrè pitit yo ap fè

asire l paran yo gen aksè a anplwaye yo san difikilte

asire l fanmi yo gen enfòmasyon, materyèl ak fòmasyon pou yo ede elèv yo ak sijè ki difisil anpil yo tankou matematik ak syans

bay paran yo resous, tankou transpòtasyon ak gadri pou ti moun yo pou yo ka patisipe nan aktivite lekòl yo

Kontra a dwe di tou kisa y ap atann nan men paran yo ak elèv yo. Pa egzanp, li ka gen ladan l:

asire w tout devwa yo fèt

pran tan pou li lakay ou

fè tout efò w pou pa an reta epi pou pa absan

respekte anplwaye lekòl yo

Kouman m Ka Jwenn yon Kopi Kontra Lekòl-Lakay Mwen an?Ou dwe resevwa yon kopi pou siyen nan koumansman ane lekòl la. Ou ka mande yon kopi tou nan lekòl ou a.

Plan Pou Amelyore Tout Lekòl la Annantye

Yon Plan Pou Amelyore Tout Lekòl la (WSIP) se plan lekòl pitit ou a mete sou pye pou l ka gide ansèyman ak aprantisaj pandan ane lekòl la. Plan an di kisa lekòl la ap fè pou l ka garanti tout elèv ap monte nan klas pi wo oubyen y ap

diplome.

WSIP la reprezante tou “Plan Pwojè Atravè Tout Lekòl la” nan kad Tit I lekòl la. Li dwe satisfè tout kondisyon Tit I yo.

Kisa yon WSIP gen ladan l?WSIP la gen ladan l:

yon evalyasyon bezwen yo ki genyen enfòmasyon sou pèfòmans yo

objektif ak estrateji nan kad ansèyman an

estrateji pou refòme lekòl la

estrateji pou sipòte epi ede elèv ki gen difikilte pou yo aprann yo

fason lekòl la ap entegre paran yo nan aprantisaj pitit yo

fòmasyon pwofesè yo ap resevwa pou ede yo fè yon pi bon travay

fason lekòl la ka itilize tout resous li yo pi byen

fason lekòl la pral itilize rezilta tès elèv yo pou amelyore ansèyman an

ki kalite sipò ki pi bon pou elèv yo

kisa lekòl la ap fè pou l fèmen eka ki genyen nan pèfòmans ant diferan gwoup elèv yo

bidjè lekòl la pou l itilize lajan lekòl la ak don lekòl la jwenn

plan lekòl la pou fasilite byennèt elèv ki rele “Plandaksyon pou Byennèt”

Kouman m ka analize WSIP lekòl pitit mwen an?Se ak anpil plezi lekòl la ap kite w li l.

Lekòl yo dwe gen yon rezime plan pou bay paran yo ak lòt moun ki vle konnen plan lekòl la. Lekòl yo dwe tradui rezime plan an nan lang ki an majorite yo.

Si ou pa ka konprann WSIP lekòl pitit ou a, ou ka mande direktè lekòl pitit ou a pou l esplike w sa k anndan l.

Page 60: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 60

NCLB ak Elèv K ap Aprann Angle Yo

NCLB di si w se paran yon Elèv K ap Aprann Angle (ELL), ou dwe espere:

N ap teste nivo Angle pitit ou a epi n ap ba w rezilta yo.

Si Lekòl Piblik Boston yo panse pitit ou a dwe rantre nan yon pwogram pou l aprann Angle, ou gen dwa chwazi pwogram ou panse ki pi bon an. Pou plis enfòmasyon sou divès pwogram ELL Lekòl Piblik Boston yo ofri, tanpri, al gade nan paj 24-25, «Elèv K ap Aprann Angle.»

Pwogram ELL pou elèv ki andikape dwe satisfè tou bezwen Pwogram Edikasyon Individyèl yo (IEP).

Anplis kou Angle yo, pitit ou a dwe ap aprann menm kalite sijè ak tout lòt elèv yo nan matematik, istwa ak lòt matyè yo.

Enfòmasyon ou jwenn yo dwe fasil pou konprann. Toutotan sa posib, ou dwe resevwa enfòmasyon yo nan lang ou konnen pi byen an.

NCLB ak Opsyon pou chanje Lekòl pou rezon Ensekirite

NCLB bay paran yo dwa parapò ak Lekòl ki genyen Ensekirite pou yo:

Retire pitit yo nan yon lekòl (lekòl elemantè oubyen segondè) ki plase nan kategori lekòl “ki nan ensekirite oubyen ki toujou danjre”.

Retire pitit yo nan yon lekòl (lekòl elemantè oubyen segondè) si li se:

yon viktim akoz move baf fizik oubyen emosyonèl li sibi

yon viktim maspinay ki fèt sou li ak zam danjre (tankou revolvè, kouto, elatriye)

yon viktim yon zak kriminèl vyolan pandan l te nan lokal lekòl la, nan yon otobis lekòl, oubyen nan yon aktivite lekòl la te mete sou pye.

Kisa ki yon lekòl ki nan ensekirite oubyen ki toujou danjre?Kounye a, pa gen ankenn lekòl nan Lekòl Piblik Boston yo ki nan kategori lekòl ki nan ensekirite yo.

Nan Masachousèt, yon lekòl ki nan ensekirite oubyen ki toujou danjre se yon lekòl kote, pandan twa ane afile oubyen plis:

yo te mete youn oubyen plizyè elèv deyò paske yo te vini lekòl la ak yon zamafe

kantite elèv yo mete deyò nan lekòl la paske yo te gen zam, oubyen yo te fè maspinay, oubyen yo te komèt krim vyolan pandan plis pase 45 jou depase 1.5% popilasyon elèv nan lekòl la.

Kijan m ap ka konnen si yon lekòl sou lis lekòl ensekirite a?Paran yo ap resevwa enfòmasyon ki di yo si lekòl la tonbe nan kategori lekòl ensekirite yo. Ou ka tcheke direktè lekòl ou a tou pou ka enfòme w.

Kisa m ka fè si pitit mwen an santi l pa an sekirite nan lekòl li a?Pou yon paran/moun ki responsab yon elèv mande pou yo transfere pitit li a akoz ensekirite li dwe ranpli enpi siyen papye Fòm Demann Transfè pou Sekirite a “Safety Transfer Request Form” apresa remèt li bay direktè lekòl la oswa direktè pwogram nan pou revizyon ak rekòmandasyon. Kontakte direktè lekòl la pou plis enfòmasyon.

Souple al gade “Sekirite Elèv ak Ka Dijans” nan paj 40.

Page 61: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 61

Òganizasyon Sit Entènèt ak Telefòn Tip Fòmasyon yo Bay

Action for Boston Community Development (ABCD)

bostonabcd.org617-348-6000

Yon banm resous pou fanmi nan Boston san konte “Head Start” pwogram pou jenn, fòmasyon pou travay, ak ede jwenn kay pou rete.

American Student Assistance College Planning Centers

asa.org/plan/centers617-536-0200

Èd gratis pou moun tout laj dekwa pou gide yo nan planifikasyon ak fason pou peye pou lekòl siperyè oswa pwogram pou karyè yo vle antreprann. Yo chita nan Bibliyotèk Piblik Boston, Copley Square, Sant Sivik Azyatiik-Ameriken “Asian-American Civic Center (Chinatown)”, “Harborside Community Center”, ak lòt branch bibliyotèk sa yo: Codman Square, Egleston Square, Hyde Park, ak South Boston.

Boston After School & Beyond and BOSTONavigator

bostonbeyond.orgbostonavigator.org

617-345-5322

Pou ede paran ak moun k ap pran swen timoun jwenn pwogram apre lekòl nan zòn Boston an, epitou ak lòt kalite enfòmasyon itil ki gen arevwa ak pran swen timoun apre lekòl. BOSTONavigator.org gen yon lis plis pase 1,500 pwogram ki fèt apre lekòl, anvan lekòl, pandan wikenn ak pandan vakans.

BEST Initiative (Building Exemplary Systems of Training for Youth Workers)

youthworkcentral.org617-451-0049 / TTY 617-451-0007

Travay pou amelyore talan jenn travayè epitou pou yo gen aksè ak opòtinite sou devlopman pwofesyonèl. Li ofri yon pwogram Sètifika pou Jenn Travayè ak Inisyativ Best, yon pwogram Resous Lasante An Aksyon “Health Resources in Action”.

Boston Career Link bostoncareerlink.org617-541-1400

Sant Karyè fètefouni, devlopman pou mache travay, sèvis anplwa.

Boston Centers for Youth and Families (Sant Kominotè)

cityofboston.gov/bcyf617-635-4920

Pwogram ak sèvis pou timoun piti, timoun, jenn, ak granmoun tout laj. Pwogram edikasyon ak lwazi ki rich epi amizan nan chak katye nan Boston.

Boston Chinatown Neighborhood Center

bcnc.net617-635-5129 x 1035

Pwogram apre lekòl, atizay ak anrichisman, devlopman jenn, pwogram ESL pou granmoun. Pwogram Sèvis pou Lafanmi ki gen ladann atelye pou paran, klas ak sipò endividyèl. Sipò pou paran ki gen pitit yo ki bezwen sèvis espesyal oubyen ki nan edikasyon espesyal. Sèvis nan lang natif-natal Chinwa tankou Kantoniz ak Mandarin.

Boston Parent Advisory Council for Title I (BPAC)

bpsfamilies.org617-635-9660

Opòtinite pou lafanmi patisipe nan Lekòl Piblik Boston epitou pou yo patisipe nan desizyon k ap pran sou sèvis Tit I yo.

Boston Parent Organizing Network (BPON)

bpon.org 617-522-2766

Yon inisyativ ki chita sou òganize paran ak kominote yo nan tout Boston, yon fason pou yo travay pou amelyore Lekòl Piblik Boston.

Boston Partners in Education bostonpartners.org617-451-6145

Fòmasyon pou volontè ki travay ak BPS pou ede elèv yo aprann li, ekri, fè matematik, etidye istwa epi ba yo teknik sou kijan moun etidye, pale devan moun; pou fèmen eka ki gen nan akonplisman nan rezilta MCAS; epi pou devlope konfyans nan tèt yo.

BPS Adult Education bostonpublicschools.org/department/adult-education617-635-9300

Progwam ki ede moun k ap viv nan Boston aprann li epi konsolide ladrès akademik yo. Se yon lòt chans pou resevwa diplòm lekòl segondè oswa GED ki ofri pou grandèt ki pat fini lekòl oubyen jenn moun ki te abandone lekòl anvan lè yo.

BPS Department of Extended Learning Time, Afterschool, and Services (DELTAS)

617-635-1578 Kolaborasyon avèk kominote epi ajans gouvènman yo, òganizasyon lasante yo, enstitisyon edikasyon siperyè yo, ak fanmi yo pou asire chak elèv BPS rive jwenn akitivite ak bonjan kalite sèvis nan tan ki pa nan lè lekòl dekwa pou sipòte siksè akademik yo ak devlopman yo ansante. Sous enfòmasyon ak resous pou pwogram ak sèvis apre lekòl ki fèt nan lekòl la menm tankou yon tan pi long pou aprantisaj.

BPS Family Literacy Program/Adult Learning Center

boston.k12.ma.us/adulted/Adult_Learning_Center.html

617-635-9300

Edikasyon pou paran ki gen elèv lekòl, san konte Angle kòm Dezyèm Lang (ESL), alfabetizasyon, ak matematik, soti nan klas debaz rive sou preparasyon GED, anplis kourikoulòm sou talan pou okipe timoun. Atelye chak mwa pou paran ak timoun, enstriksyon nan òdinatè, ak konsèy ki disponib.

BPS Parent University bpsfamilies.org/parentuniversity 617-635-1683

Klas gratis BPS mete anplas pou ede paran yo ogmante konpreyansyon yo nan fason pitit yo aprann enpi devlope; kisa timoun yo dwe aprann, kijan pou ede timoun yo reyisi epi kijan pou rale lòt paran pou mete tèt ansanm dekwa pou lekòl ka vin pi bon. Inivèsite Paran yo ofri klas tou nan yon bann lòt matyè, tankou klas pou esplike fason moun dwe jere lajan, sante ak byennèt, klas ESL pou ede moun aprann Angle ak klas konpitè tou.

BPS Special Education and Student Services

617-635-8599 Sèvis pou elèv ki genyen oswa ki pa genyen andikap ak sipò pou paran yo tankou konsèy, asistans pou elèv ki pa gen lojman pou yo rete ak plis lòt bagay toujou.

Òganizasyon ki Founi Sesyon Fòmasyon ak Devlopman Pwofesyonèl pou Paran

Page 62: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 62

Òganizasyon Sit Entènèt ak Telefòn Tip Fòmasyon yo Bay

BPS Special Needs Parent Advisory Council (SpedPAC)

617-635-8600 Sipò, sesyon fòmasyon, ak defann fanmi elèv nan BPS ki nan pwogram edikasyon espesyal.

BPS Title I Training Center for Families and Staff

617-635-7750 Opòtinite pou paran ak anplwaye yo patisipe nan atelye fòmasyon epi pou aprann fason moun ka angaje tèt yo nan kore Lekòl Piblik Boston, Inivèsite Paran an ansanm ak lòt sèvis ki disponib nan fon Tit I.

BPS Welcome Services 617-635-9085 Sipòte fanmi yo ak lekòl yo nan aktivite chwazi lekòl, enskripsyon epi travèse vin nan lekòl BPS, ak konsantrasyon sou elèv k ap prale nan yon lòt nivo yo: tankou jadendanfan, 6zyèm Ane ak 9yèm Ane. Sipò pou elèv yo, atelye fòmasyon pou paran ak devlopman pwofesyonèl pou administratè responsab yo ak anplwaye yo tou.

Child Care Choices of Boston childcarechoicesofboston.org617-542-KIDS (5437)

Enfòmasyon ak resous sou gadri ki gen lisans ak òganizsyon ki fè pwogram apre lekòl ki nan Boston. Fòmasyon pou ede pwofesyonèl ki nan biznis okipe timoun piti jwenn oswa renouvle sètifika “Child Development Associate (CDA)” yo.

Children’s Services of Roxbury csrox.org617-445-6655 (Pale Angle ak Panyòl)

Pwogram sèvis sosyal pou timoun ki nan fanmi ki pa fè anpil kòb, fanmi yo ak granmoun ki ap viv nan Massachusetts, tankou “Intensive Foster Care”, Adopsyon, “Family Stabilization & Support (FSS)”, Estabilizasyon Lafanmi & Sipò, “Parent Mentor”, Paran Konseye “Massachusetts Families for Kids (MFFK)”, Fanmi Masachousèt pou Timoun ak pwogram pou moun oswa fanmi ki pa gen gen kote pou yo rete.

City Connects bc.edu/schools/lsoe/cityconnects/617-552-4231

Se Boston College ki administre “City Connects” ak èd plis pase 200 patnè kominotè pou konekte paran yo ak divès sèvis BPS mete pou fanmi yo, yo jwenn konsantman pou sèvis yo, finansman ak transpò, èd pou elimine baryè lang, founi bezwen debaz tankou lojman ak rad.

Citywide Parents’ Council (CPC) 617-635-9210 Defann dwa pou bonjan edikasyon pou tout elèv Lekòl Piblik Boston, asistans teknik, sèvis pou sipò, sesyon fòmasyon, sipò ak resous pou paran BPS.

Countdown to Kindergarten countdowntokindergarten.org617-635-6816

Enfòmasyon pou ede timoun ak fanmi yo prepare pou jadendanfan. Konte andesandan rasanble fanmi, edikatè ak manb kominote a nan yon efò tout vil la pou selebre epitou sipòte tranzisyon pou jadendanfan. Gwoup pou jwe ki reyini timoun tikatkat ak paran yo, timoun piti ak yon pwofesyonèl ki travay ansanm ak yo pou monte yon kominote tèt ansanm pou sipòte youn ak lòt, aprann bon konpòtman pou ede devlopman timoun yo, ede fanmi jwenn sèvis yo bezwen, pratike modèl devlopman ki apwopriye.

Dudley Street Neighborhood Initiative (DSNI)

dsni.org 617-442-9670

Kenbe paran yo, fanmi, moun katye a ak òganizasyon patnè yo enfòme sou rankont ki gen arevwa ak edikasyon, sesyon fòmasyon, konferans, ak depozisyon ki afekte fanmi nan katye “Dudley Street”.

East Boston Ecumenical Community Council

ebecc.org617-567-2750 (Pale Angle ak Panyòl)

Sipò pou imigran Panyòl tout laj ki gen ladan edikasyon, sèvis, pran defans, òganize kominote, ak devlopman lidèship.

EDCO Collaborative edcollab.org617-738-5600

Bay pwogram akademik okonplè, konsèy ak sèvis sipò epi travay a mwatye tan pou elèv ki kite lekòl anvan lè, elèv ki pa prezante lekòl yo ak lòt elèv ki kouri anpil risk.

Families First families-first.org617-868-7687

Pwogram nan plizyè lokal nan Boston, pou devlope talan paran ki soti nan tout kouch ak tout kalite sikonstans lavi a. Pwogram sa yo chita sou disiplin, amou-pwòp, ak kominikasyon.

Family Nurturing Center of Massachusetts

familynurturning.org617-474-1143

Pwogram ak resous ki sible fanmi ki riske viktim abi yo pou ka amelyore talan leve timoun yo, amelyore relasyon yo, konekte lafanmi youn ak lòt pou yo ka sipòte youn lòt, epi konekte paran ak resous kominotè ki apwopriye kiltirèlman.

Federation for Children with Special Needs

fcsn.org 1-800-331-0688

Enfòmasyon, fòmasyon, ak referans ki gen arevewa a edikasyon espesyal, pran kòz swen lasante, entèvansyon rapid pou sipòte paran ki gen pitit enfim. Liy telefonik 24 sou 24 pou fanmi ki bezwen èd sou Pwogram Edikasyon Endividyèl (IEP).

Freedom House freedomhouse.com(Sit entènèt la nan konstriksyon)

617-445-3700

Anpil pwogram ki fè demach pou ekselans nan edikasyon jenn yo ak grandèt tou, konprann ekonomi, angajman nan aksyon kominotè ak sosyal nan katye ki pi defavorize yo nan vil Boston.

Health Resources in Action hria.org617-451-0049

Enfòmasyon ak zouti pou ede moun, pwofesyonèl, gwoup kominotè, kowalisyon, ak òganizasyon k ap travay pou amelyore sante kominote yo. Pwogram pou lidèship jenn ki p ap fè anyen ki gen kòm deviz rann jenn yo pi djanm.

Òganizasyon ki Founi Sesyon Fòmasyon ak Devlòpman Pwofesyonèl pou Paran (kontinyè)

Page 63: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 63

Òganizasyon ki Founi Sesyon Fòmasyon ak Devlòpman Pwofesyonèl pou Paran (kontinyè)

Òganizasyon Sit Entènèt ak Telefòn Tip Fòmasyon yo Bay

Hyde Square Task Force hydesquare.org617-524-8303

(Pale Angle ak Panyòl)

Pwogram Edikasyonèl ak òganize kominote pou jenn ak granmoun nan Hyde Park/Jackson Square nan zòn Jamaica Plain/Roxbury. Leson patikilye ak aktivite pou anrichi konesans pou amelyore pèfòmans akademik elèv yo, sitou nan lang ak alfabetizasyon, pwogram apre lekòl ak preparasyon pou edikasyon siperyè.

La Alianza Hispana laalianza.org617-427-7175 (Pale Angle ak Panyòl)

Sèvis sipò pou lafanmi, kou pou aprann Angle, sèvis pou grandèt ak granmoun, edikasyon pou granmoun, antrènman pou djòb ak pwogram apre lekòl.

Massachusetts Advocates for Children

massadvocates.org617-357-8431 (Pale Angle ak Panyòl)

Sipò pou kominote ki ap òganize paran Boston, responsab relijye ak lidè nan kominote a devlope talan yo pou kenbe bonjan tèt ansanm ak ekselans pou timoun ki frekante Lekòl Piblik Boston yo.

Parents Forum parentsforum.org617-864-3801

Rezo sipò ak atelye (an Angle ak an Panyòl) pou ede paran timoun piti ak jenn granmoun pou yo gen plis konfyans nan tèt yo epi devlope plis kapasite pou yo rezoud pwoblèm, kriz ak konfli lavi fanmi gen ladann. Atelye nan Roxbury ak lòt lokal nan Boston.

Parents’ PLACE pplace.org(Pale Angle, Panyòl ak Pòtigè)

1-877-471-0980 (gratis)617-236-7210

Atelye fòmasyon gratis, sesyon fòmasyon devlopman pwofesyonèl, enfòmasyon ak resous pou ede fanmi jwe yon wòl enpòtan nan edikasyon pitit yo. Enfòmasyon ak fòmasyon an Angle, Panyòl, Pòtigè nan tout eta a sou Okenn Timoun Pa Dwe Ret Dèyè (NCLB), lekòl ki akeyi paran ak patisipasyon paran.

Project B.I.N.D. (Boston Inclusion Network for Disabilities)

bgcdorchester.org/programs/BIND.html

617-288-7120

Pwogram apre-lekòl pou timoun ki gen andikap, ofri patisipasyon total nan aktivite kominote a, li nan lokal “Boys & Girls Clubs” nan Dorchester; pran defans fanmi an jeneral epi sipòte yo tou.

Project Hope prohope.org617-442-1880

Ajans milti-sèvis ki bay aksè a edikasyon, djòb, kay, ak sèvis dijans.

ReadBoston readboston.org617-918-5286

Hotline: 617-635-READ

Pwogram alfabetizasyon nan lekòl pou fanmi pou asire tout timoun nan Boston kapab li byen nan fen 3zyèm ane. Atelye pou paran, fon pou bibliyotèk k ap prete liv, èd ak pwogram lekti, ak lyezon paran ki tabli nan lekòl yo.

Team BPS 617-635-6751bostonpublicschools.org/teambps

Yon rezo volontè ak anbasadè bon volonte pou Lekòl Piblik Boston (BPS). Li fèt ak paran yo, ansyen elèv, edikatè yo ak patnè kominotè, Ekip BPS la ede atire atansyon sou travay ki pozitif nan lekòl BPS yo. Anbasadè yo ede tou ak aktivite ki selebre elèv nou yo, ranfòse lekòl nou yo, epi amelyore tout distri nou an.

Technology Goes Home techgoeshome.org617-635-2822

Fòmasyon Teknoloji pou paran BPS yo ak elèv yo. Fòmasyon an konsantre sou ladrès konpitè, kominikasyon efikas, resous entènèt, resous chèche travay ak konpreyansyon finansye. Tout moun ki konplete pwogram nan kapab achte yon òdinatè pou yon pri ki ba anpil epi yo elijib pou sèvis entènèt orabè.

Urban League of Eastern Massachusetts

ulem.org617-442-4519

Pwogram sa a genyen pou objektif transfòme edikasyon ak kondisyon ekonomik manm kominote yo. Sèvis pou moun, pou fanmi ak biznis kap chache fòmasyon avèk sètifika nan domèn konpitè ak teknoloji. Fòmasyon pou jwenn travay.

Urban Pride urbanpride.org617-206-4570

Sipòte dirèkteman fanmi ki genyen timoun ak jenn gason osnon jenn fi ki enfim depi yo fèt pou jous yo rive gen 22 zan. Ede prepare fanmi osinon moun pou patisipe kòrèteman nan reyinyon Planifikasyon Edikasyon Endividyèl (IEP) ak reyinyon Planifikasyon pou Tranzisyon Endividyèl (ITP). Ede konprann dwa ak wòl paran ak tout dwa moun. Fè gwoup pou sipòte fanmi yo.

WAITT House waitthouseinc.org617-445-5510

Alfabetizasyon pou granmoun nivo fèk kòmanse. Klas pou lekti, redaksyon, konpitè ak matematik pou sila ki gen nivo lekòl segondè epi ki vle ale nan Inivèsite, pwogram pou aprann metye oswa jwenn travay. Sèvis ESOL pou ede moun aprann Angle epi pase nan pwogram Edikasyon Debaz pou Granmoun, Diplòm pou Granmoun, ale nan Inivèsite, chèche travay ak lòt kapasite ankò. Pwogram sou karyè, konesans pou jere lajan ak Inisyasyon nan etid konpitè.

Page 64: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 64

Lis Lekòl Piblik Boston yoLekòl Primè Elemantè ak Lekòl Jadendanfan–8yèm Ane (K–8)Adams Elementary School (A)Hannah Irvin, Direktris 165 Webster Street, East Boston [email protected]

Baldwin Early Learning Pilot Academy (D)Graciela Hopkins, Direktris 121 Corey Road, Brighton [email protected]

Bates Elementary School (E)Kelly Hung, Direktris 426 Beech Street, Roslindale [email protected]

Beethoven Elementary School (E)Edward Puliafico, Direktè 5125 Washington Street, West Roxbury [email protected]

Blackstone Elementary School (B)Danielle Morrissey, Direktris 380 Shawmut Avenue, Boston [email protected]

Boston Teachers Union School (D)Lindsay Chaves ak Betsy Drinan, Pwofesè Anchaj25 Walk Hill Street, Jamaica Plain [email protected]

Bradley Elementary School (A)Linda Manzo, Direktris 110 Beachview Road, East Boston [email protected]

Channing Elementary School (E)Corrinna Horton, Direktris35 Sunnyside Street, Hyde Park [email protected]

Chittick Elementary School (E)Michelle Burnett-Herndon, Direktris 154 Ruskindale Road, Mattapan [email protected]

Clap Innovation School (C)Justin A. Vernon, Direktè 35 Harvest Street, Dorchester 02125617-635-8672 [email protected]

Condon Elementary School (C) Ann Garofalo, Direktris 200 D Street, South Boston [email protected]

Conley Elementary School (E)Joseph Foley, Direktè 450 Poplar Street, Roslindale [email protected]

Curley K–8 School (D)Katherine Grassa, Direktris 40 Pershing Road, Jamaica Plain [email protected]

Dever Elementary School (C) Michael Sabin, Direktè325 Mt. Vernon Street, Dorchester [email protected]

Dudley St. Neighborhood Charter School (B)Christine Landry, Direktris 6 Shirley Street, Roxbury [email protected]

East Boston Early Education Center (A)Olga Frechon, Direktris 135 Gove Street, East Boston [email protected]

Edison K–8 School (D)Mary Driscoll, Direktris 60 Glenmont Road, Brighton 02135 [email protected]

Eliot K–8 School (A)Traci Walker Griffith, Direktris K1-4: 16 Charter Street, Boston 021135-8: 585 Commercial Street, Boston [email protected]

Ellis Elementary School (B)Cynthia Jacobs-Tolbert, Direktè 302 Walnut Avenue, Roxbury [email protected]

Ellison/Parks Early Education School (F)Natalie Ake, Direktris 108 Babson Street, Mattapan [email protected]

Everett Elementary School (C)Laura Miceli, Direktris 71 Pleasant Street, Dorchester [email protected]

Gardner Pilot Academy (D)Erica Herman, Direktris 30 Athol Street, Allston [email protected]

E. Greenwood Leadership Academy (F)Catarina A. da Silva, Direktris 612 Metropolitan Avenue, Hyde Park [email protected]

S. Greenwood K–8 School (F)Alexander Mathews, Direktè189 Glenway Street, Dorchester 02121 [email protected]

Grew Elementary School (E)Maud Wright, Direktris40 Gordon Avenue, Hyde Park [email protected]

Guild Elementary School (A)Anthony Valdez, Direktè 195 Leyden Street, East Boston [email protected]

Hale Elementary School (B)Sandra Mitchell-Woods, Direktris 51 Cedar Street, Roxbury [email protected]

Haley Elementary School (E)Angel Charles, Direktè 570 American Legion Highway, Roslindale [email protected]

Harvard/Kent Elementary School (A)Jason Gallagher, Direktè 50 Bunker Hill Street, Charlestown [email protected]

Haynes Early Education Center (B)Donette Wilson-Wood, Direktris 263 Blue Hill Avenue, Roxbury [email protected]

Lèt ki apre chak non lekòl yo se “rezo” lekòl la ladann nan. Souple al gade paj 9 pou ka konnen kisa sa vle di.

Page 65: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 65

Henderson Elementary School (F)Patricia Lampron, Direktris1669 Dorchester Avenue, Dorchester [email protected]

Hennigan Elementary School (D)Maria Cordon, Direktris 200 Heath Street, Jamaica Plain [email protected]

Hernandez K–8 School (F)Ana Tavares, Direktris 61 School Street, Roxbury 02119 [email protected]

Higginson School (K0–2) (B)Marie Mullen, Direktè 160 Harrishof Street, Roxbury [email protected]

Higginson/Lewis K-8 School (B)Joy Salesman-Oliver, Direktris 131 Walnut Avenue, Roxbury [email protected]

Holland Elementary School (C)Jeichael Henderson, Direktè 85 Olney Street, Dorchester [email protected]

Holmes Elementary School (C)Yeshi Gaskin, Direktris/Direktè 40 School Street, Dorchester [email protected]

Hurley K–8 School (B)Marjorie Soto, Direktris 70 Worcester Street, Boston [email protected]

Jackson/Mann K–8 School (D)Andy Tuite, Direktè 40 Armington Street, Allston [email protected]

J. F. Kennedy Elementary School (D)Waleska Landing-Rivera, Direktris 7 Bolster Street, Jamaica Plain [email protected]

P. J. Kennedy Elementary School (A)Walter Henderson, Direktè 343 Saratoga Street, East Boston [email protected]

Kenny Elementary School (F)Suzanne Federspiel, Direktris 19 Oakton Avenue, Dorchester [email protected]

Kilmer K–8 School (E)Jennifer Cramer, Direktris 35 Baker Street ak 140 Russett Road, West Roxbury 02132Baker Street (K–3): 617-635-8060Russett Road (4–8): [email protected]

King K–8 School (B)Khita Pottinger, Direktris 77 Lawrence Avenue, Dorchester [email protected]

Lee Academy (K0–1) (F)Amelia Gordon, Direktris 25 Dunbar Avenue, Dorchester [email protected]

Lee K–8 School (F)Kimberly Crowley, Direktris 155 Talbot Avenue, Dorchester [email protected]

Lyndon K–8 School (E)Kathleen Tunney ak Andre Ward, Ekip Anchèf 20 Mt. Vernon Street, West Roxbury [email protected]

Lyon K–8 School (D)Deborah Rooney, Direktris 50 ak 95 Beechcroft Street, Brighton 02135 [email protected]

Manning Elementary School (D)Ethan d’Ablemont Burnes, Direktè 130 Louder’s Lane, Jamaica Plain [email protected]

Mason Elementary School (B)Lauretta Lewis-Medley, Direktris 150 Norfolk Avenue, Roxbury [email protected]

Mather Elementary School (F)Emily Cox, Direktris 1 Parish Street, Dorchester [email protected]

Mattahunt Elementary School (E) Genteen Lacet Jean-Michel, Direktris 100 Hebron Street, Mattapan [email protected]

McKay K–8 School (A)Jordan Weymer, Direktè 122 Cottage Street, East Boston 02128 [email protected]

Mendell Elementary School (B)Julia Bott, Direktris 164 School Street, Roxbury [email protected]

Mildred Avenue School (3–8) (F)Deborah Dancy, Direktris 5 Mildred Avenue, Mattapan 02126 [email protected]

Mission Hill K–8 School (D)Ayla Gavins, Direktris 20 Child Street, Jamaica Plain [email protected]

Mozart Elementary School (E)Erin Borthwick, Direktè 236 Beech Street, Roslindale [email protected]

Murphy K–8 School (F)Karen Cahill, Direktris 1 Worrell Street, Dorchester 02122 [email protected] Satellite (edikasyon espesyal):215 Dorchester Street, South Boston [email protected]

O’Donnell Elementary School (A) C. Sura O’Mard, Direktris 33 Trenton Street, East Boston [email protected]

Ohrenberger School (3-8) (E)Naomi Krakow, Direktris175 West Boundary Road, West Roxbury [email protected]

Orchard Gardens K–8 School (B)Andrew Bott, Direktè 906 Albany Street, Roxbury 02119 [email protected]

Lekòl Primè Elemantè ak Lekòl K–8 (kontinyè)

Page 66: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 66

Otis Elementary School (A)Paula Cerqueira-Goncalves, Direktris218 Marion Street, East Boston [email protected]

Perkins Elementary School (C)Craig Martin, Direktè 50 Burke Street, South Boston [email protected]

Perry K–8 School (C)Edward Lee, Direktè 745 E. Seventh Street, South Boston [email protected]

Philbrick Elementary School (E)Amy Sprott, Direktris 40 Philbrick Street, Roslindale [email protected]

Quincy Elementary School (A)Simon Ho, Direktè 885 Washington Street, Boston [email protected]

Roosevelt K–8 School (E)Lynda-Lee Sheridan, Direktris 95 Needham Road (Klas 2–8) ak30 Millstone Road (K1–1), Hyde Park [email protected]

Russell Elementary School (C)Tamara Blake, Direktris 750 Columbia Road, Dorchester [email protected]

Sumner Elementary School (E)Catherine MacCuish, Direktris 15 Basile Street, Roslindale [email protected]

Taylor Elementary School (F)Jennifer Marks, Direktris 1060 Morton Street, Mattapan [email protected]

Tobin K–8 School (D)Efrain Toledano, Direktè 40 Smith Street, Roxbury 02120 [email protected]

Trotter Elementary School (B)Mairead Nolan, Direktris 135 Humboldt Avenue, Dorchester [email protected]

Tynan Elementary School (C)Leslie Gant, Direktris650 E. Fourth Street, South Boston [email protected]

Umana Academy (A)Alexandra Montes McNeil, Direktris 312 Border Street, East Boston 02128 [email protected]

UP Academy Dorchester (C)Lana Ewing, Direktris35 Westville Street, Dorchester 02124 [email protected]

Warren/Prescott K–8 School (A)Michele Davis, Direktris 50 School Street, Charlestown [email protected]

West Zone Early Learning Center (D)Jean Larrabee, Direktris 200 Heath Street, Jamaica Plain [email protected]

Winship Elementary School (D)Nadine Marcellus, Direktris 54 Dighton Street, Brighton [email protected]

Winthrop Elementary School (B)Leah Blake, Direktris 35 Brookford Street, Dorchester [email protected]

Young Achievers Science and Math K–8 School (F)Virginia Chalmers, Direktris 20 Outlook Road, Mattapan [email protected]

Dearborn Middle School (6-9) (G)Souple al gade nan paj 67.

Edwards Middle School (A)Robert Rametti, Direktè 28 Walker Street, Charlestown 02129 [email protected]

Frederick Pilot Middle School (C)James Brewer, Direktè270 Columbia Road, Dorchester 02121 [email protected]

The Harbor School (F)Nadya Cyprien, Direktris 11 Charles Street, Dorchester 02122 [email protected]

Irving Middle School (E)Arthur Unobskey, Direktè 105 Cummins Highway, Roslindale 02131 [email protected]

McCormack Middle School (C)Michael Sabin, Direktè 315 Mt. Vernon Street, Dorchester 02125 [email protected]

Quincy Upper School (6–12) (G)Souple al gade nan paj 67.

Rogers Middle School (E)Corbett Coutts, Direktè 15 Everett Street, Hyde Park 02136 [email protected]

TechBoston Academy (6–12) (G)Souple al gade nan paj 68.

Timilty Middle School (B)Renee McCall, Direktris 205 Roxbury Street, Roxbury 02119 [email protected]

UP Academy Boston (C)Jamie Morrison, Direktris 215 Dorchester Street, South Boston 02127 [email protected]

Lekòl Primè Elemantè ak Lekòl K–8 (kontinyè)

Lekòl Mwayen

Lèt ki apre chak non lekòl yo se “rezo” lekòl la ladann nan. Souple al gade paj 9 pou ka konnen kisa sa vle di.

Page 67: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

POu FANMi AK ELèV

www.bostonpublicschools.org 67

Another Course to College (G)Lisa Gilbert-Smith, Direktris 20 Warren Street, Brighton 02135 [email protected]

Boston Adult Technical Academy (G)Sheila Azores, Direktris 429 Norfolk Street, Dorchester 02124 [email protected]

Boston Arts Academy (G)Anne Clark, Direktris 174 Ipswich Street, Boston 02215 [email protected]

Boston Community Leadership Academy (G)Brett Dickens, Direktris655 Metropolitan Avenue, Hyde Park 02136 [email protected]

Boston Day and Evening Academy (G)Beatriz Zapater, Direktris 20 Kearsarge Avenue, Roxbury 02119 [email protected]

Boston Green Academy (G)Mathew Holzer ak Natalie Jaeger, Ko-Direktè Enterimè 95 G Street, 3rd floor, South Boston 02127 [email protected]

Boston International High School (G)Nicole Bahnam, Direktris 100 Maxwell Street, Dorchester [email protected]

Boston Latin Academy (G)Emilia Pastor, Direktris 205 Townsend Street, Dorchester 02121 [email protected]

Boston Latin School (G)Lynne Mooney Teta, Direktris 78 Avenue Louis Pasteur, Boston 02115 [email protected]

Brighton High School (G)Patrick Tutwiler, Direktè 25 Warren Street, Brighton 02135 [email protected]

Burke High School (G)Lindsa McIntyre, Direktris 60 Washington Street, Dorchester [email protected]

Charlestown High School (G)William Thomas, Direktè 240 Medford Street, Charlestown 02129 [email protected]

Community Academy (G)Harold Miller Jr., Direktè 25 Glen Road, Jamaica Plain 02130 [email protected]

Community Academy of Science and Health (G)Tanya Freeman-Wisdom, Direktris 11 Charles Street, Dorchester 02122 [email protected]

Dearborn School (6–9) (G) Jose Duarte, Direktè 35 Greenville Street Roxbury 02119 [email protected]

Dorchester Academy (G)Kwesi Moody, Direktè 18 Croftland Avenue, Dorchester [email protected]

East Boston High School (G)Phil Brangiforte, Direktè 86 White Street, East Boston 02128 [email protected]

The English High School (G)Ligia Noriega-Murphy, Direktris144 McBride Street, Jamaica Plain 02130 [email protected]

Excel High School (G)Stephanie Sibley, Direktris 95 G Street, South Boston 02127 [email protected]

Fenway High School (G)Peggy Kemp, Direktris 174 Ipswich Street, Boston 02215 [email protected]

Greater Egleston High School (G)Julie Coles, Direktris 80 School Street, Roxbury [email protected]

Harbor High School (G) Isabel Depina, Direktris 11 Charles Street, Dorchester 02122 [email protected]

Kennedy Academy for Health Careers (G)Caren Walker Gregory, Direktris Klas 9-10: 10 Fenwood Road, Boston 02115 617-635-8450Klas 11-12: The Fenway, Boston [email protected]

Lyon High School (G)Jean-Dominique Anoh, Direktè 95 Beechcroft Street, Brighton, MA [email protected]

Madison Park Technical Vocational High School (H)Diane Ross Gary, Direktris75 Malcolm X Boulevard, Roxbury 02120 [email protected]

Muñiz Academy (G)Dania Vázquez, Direktris 20 Child Street, Jamaica Plain [email protected]

New Mission High School (G)Naia Wilson, Direktris 655 Metropolitan Avenue, Hyde Park 02136 [email protected]

O’Bryant School of Math and Science (G)Steven Sullivan, Direktè 55 Malcolm X Boulevard, Roxbury 02120 [email protected]

Quincy Upper School (6–12) (G)Richard Chang ak Stephen Cirasuolo, Ko-Direktè Lekòl152 Arlington Street, Boston [email protected]

Snowden International School at Copley (G)Cara Livermore, Direktris 150 Newbury Street, Boston 02116 [email protected]

Lekòl Segondè

Page 68: BOSTON Public Schools · 2013. 12. 23. · BOSTON Public Schools Focus on Children Pwodiksyon: Biwo Kominikasyon Lekòl Piblik Boston 26 Court Street • Boston, MA 02108 Vwa: 617-635-9265

2013–2014 GiD LEKòL PiBLiK BOSTON

ViziT wEBSiTE NOu: 68

TechBoston Academy (6–12) (G)Keith Love ak Nora Vernazza, Ko-Direktè 9 Peacevale Road, Dorchester 02124 [email protected]

Carter Development Center (B)Marianne Kopaczynski, Direktris 396 Northampton Street, Boston 02118 [email protected]

Counseling and Intervention CenterJodie Elgee, Direktris Enterimè Pwogram 515 Hyde Park Avenue, Roslindale 02131 [email protected]

Roland Hayes School of MusicGreg Gazzola, Direktè Pwogram55 Malcolm X Boulevard, Roxbury 02120 [email protected]

Horace Mann School for the Deaf and Hard of Hearing (PreK-12) (D)Jeremiah Ford, Direktè 40 Armington Street, Allston 02134 [email protected]

McKinley SchoolsVelecia Saunders, Direktris 90 Warren Avenue, Boston 02116617-635-9976

McKinley Elementary School (D)Christine Stella, Direktris Pwogram90 Warren Avenue, Boston 02116 [email protected]

McKinley Middle School (D)Joseph Brown, Direktè Pwogram50 St. Mary Street, Boston 02215 [email protected]

McKinley Preparatory High School (G)Joseph Brown, Direktè Pwogram97 Peterborough Street, Boston 02215 [email protected]

McKinley South End Academy (G)Christine Stella, Direktris Pwogram90 Warren Avenue, Boston 02116 [email protected]

Lekòl ak Pwogram Espesyal

Lekòl Segondè (kontinyè)

Urban Science Academy (G)Nicole Gittens, Direktris 1205 VFW Parkway, West Roxbury [email protected]

West Roxbury Academy (G)Rudolph Weekes, Direktè 1205 VFW Parkway, West Roxbury [email protected]

Middle School Academy (C)Yvonne Vest, Direktris Pwogram215 Dorchester Street, South Boston 02127 [email protected]

Newcomers Academy (G)Yon pwogram nan Lekòl Segondè Boston InternationalNicole Bahnam, Direktris100 Maxwell Street, Dorchester [email protected]

Re-Engagement CenterGail Forbes-Harris, Direktris Madison Park Complex55 Malcolm X Blvd., Roxbury 02120617-635-2273

Lèt ki apre chak non lekòl yo se “rezo” lekòl la ladann nan. Souple al gade paj 9 pou ka konnen kisa sa vle di.