258
<< Ranplase/Ajoute/Efase logo(s)>> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON Ankèt sou Alfabetizasyon Manyèl Anketè << Dat>>

Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

  • Upload
    others

  • View
    5

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

Page 1: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

<< Ranplase/Ajoute/Efase logo(s)>>

KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Ankèt sou AlfabetizasyonManyèl Anketè

<< Dat>>

<< Mete lòt enfòmasyon enpòtan nan paj kouvèti Gid la>>

Page 2: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON
Page 3: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Tab Matyè

Prefas.........................................................................................................................................................................5RemèsimanChapit 1

Koudèy jeneral sou ankèt la ....................................................................................................................7Chapit 2...................................................................................................................................................................13

Seksyon ankèt la...................................................................................................................................13Chapit 3...................................................................................................................................................................20

Orè ak founiti.......................................................................................................................................20Chapit 4...................................................................................................................................................................28

Pwosedi pou ankèt la............................................................................................................................28Chapit 5...................................................................................................................................................................34

Kontak la.............................................................................................................................................34Chapit 6...................................................................................................................................................................44

Kesyonè sou istwa moun yo(KI)............................................................................................................44Chapit 7...................................................................................................................................................................97

Deskripsyon ti liv yo.............................................................................................................................97Chapit 8.................................................................................................................................................................101

Ti liv Seleksyon .................................................................................................................................101Chapit 9.................................................................................................................................................................103

Ti Liv Reperaj oubyen Prensipal..........................................................................................................103Chapit 10...............................................................................................................................................................106

Egzèsis Lekti......................................................................................................................................106Chapit 11...............................................................................................................................................................108

Kòd Rezilta........................................................................................................................................108Chapit 12...............................................................................................................................................................115

Pou toujou gen repons.........................................................................................................................115Chapit 13...............................................................................................................................................................119

Rapò..................................................................................................................................................119Chapit 14...............................................................................................................................................................120

Rapò ak Swivi Depans ak Pwogrè........................................................................................................120Chapit 15...............................................................................................................................................................122

Livrezon Dokiman ak Founiti Ankèt la.................................................................................................122Chapit 16...............................................................................................................................................................125Kontrandi..............................................................................................................................................................125

Page 4: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Nòt pou peyi yo:

Manyèl Anketè sa disponib kòm baz kap pèmèt ou kreye vèsyon manyèl pa w la. Chak peyi dwe gade sak ladan l yo ak anpil atansyon epi adapte enfòmasyon ki bay la.

Page 5: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Prefas<<Esprime rekonesans>>

Page 6: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Remèsiman

<<Ekri remèsiman yo>>

Page 7: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Chapit 1

Koudèy Jeneral sou Ankèt la

Istwa

Ankèt sou alfabetizasyon an planifye pou l bay yon seri mezi valid, fyab epi yo ka konpare sou konpetans nan alfabetizasyon popilasyon granmoun/majè nan peyi kap patisipe yo. Ankèt la ranmase tou enfòmasyon sou istwa popilasyon granmoun/majè a, yon fason pou l ka founi yon pwofil karakteristik popilasyon sa, konsènan nivo konpetans li nan lekti ak kalkil.

<< Non peyi a >> deside fè ankèt sa pou l jwenn enfòmasyon sou distribisyon konpetans alfabetizasyon pami popilasyon an, ak zòn kote entèvansyon pou alfabetizasyon ta pi itil.

<< Mete non peyi a >> bay Devlopman Resous Imèn yon pakèt enpòtans poutèt Resous Imèn se yon resous enpòtan pou devlopman dirab ekonomi an. Relasyon ant alfabetizasyon ak endikatè sosyo ekonomik yo ap fè parèt enpòtans alfabetizasyon, ak nesesite amelyorasyon pou pèmèt moun viv nan meyè kondisyon.

Anplis de sa <<Mete non peyi a>> espere tire benefis nan rezilta ankèt la, kap pèmèt evalye ak planifye pi byen pwogram pou diminye kantite moun ki pa konn li yo. Se <<Non ajans kap fè ankèt la>> kap fè ankèt sou alfabetizasyon << Mete non peyi a>> an, nan tèt kole ak <<Mete non Ministè/Ajans/Patnè>>.

Metòd yo anplwaye nan ankèt sa chita sou ankèt sou alfabetizasyon ki te fèt anvan nan tan pase yo, tankou Ankèt Entènasyonal sou Alfabetizasyon Granmoun (AEAMM/International Adult Literacy Survey/IALS), ak sak te fèt annapre li a: Ankèt sou Alfabetizasyon Granmoun ak Konpetans pou yo Viv (AMV/ALL/Adult Literacy and Life-skills). Ankèt sou alfabetizasyon peyi <<Mete non peyi a>> a gen ladann evalyasyon alfabetizasyon nan lekti tèks, lekti dokiman ak kalkil. Sepandan kontrèman ak (IALS/AEAMM) ak (AMV/ALL), li gen yon modil tou pou mezire konpetans nan lekti yon seri eleman, kap aplike pou popilasyon ki gen ba nivo konpetans nan alfabetizasyon.

Prensipal objektif Ankèt sou alfabetizasyon an

Prensipal Objektif Ankèt sou alfabetizasyon yo se pou: Jwenn bon jan done sou jan konpetans nan alfabetizasyon yo distribye pami granmoun ak jenn

moun; Ankouraje bon itilizasyon l pou defini politik nasyonal, fè swivi epi evalye pwogram li yo; Planifye pwogram adapte pou entèvansyon pou amelyore nivo alfabetizasyon; epi Devlope kapasite nasyonal evalyasyon alfabetizasyon atravè itilizasyon metòd ankèt yo.

2.3 Objektif

Jan nou wè annapre a, objektif spesifik Ankèt sou Alfabetizasyon an se:

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 7Manyèl Anketè

Page 8: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Pou ede gouvènman dyagnostike san pati pri diferan nivo alfabetizasyon yo pami moun 16 rive 65 lane;

Pou jwenn solisyon ak sijesyon pratik pou diminye afè pa konn li pa konn ekri a nan tout fòm li, epi elimine li nèt alkole;

Pou dokimante kijan konpetans enfliyanse mache travay la, sante, siksè sosyal ak nan edikasyon; Pou bay yon apèsi sou konpetans jenn moun nan laj 16 rive 25 lane. Sa va bay enfòmasyon sou

kalite moun ki kite lekòl pa gen twò lontan; Pou bay apèsi sou yon seri ti zòn, pou planifikasyon ak egzekisyon pwogram; Pou leve nivo alfabetizasyon popilasyon an pou yo ka ogmante nivo vi l sou plan sosyal, sante ak

ekonomik, epi pou elimine afè pa konn li pa konn ekri a sou tout fòm li yo.

2.4 Itilizasyon enfòmasyon

Enfòmasyon yo gen dwa itilize pa: moun kap defini politik pou planifye pwogram nasyonal ki vize amelyore konpetans

alfabetizasyon (ladann gen idantifikasyon meyè pratik yo) gras ak enfòmasyon yap bayo sou distribisyon konpetans lekti ak kalkil, ki ka ede nan devlopman politik ak pwogram sou amelyorasyon konpetans;

ofisyèl wo nivo lokal/kominotè pou amelyore edikasyon pou granmoun ak lòt pwogram alfabetizasyon;

òganizasyon biznis ak edikasyon pou yo ka konprann pi byen konpetans fòs travay la epi planifye pwogram pou fè fas ak defisi konpetans;

ajans pwoteksyon/byennèt sosyal ak ajans ki gen rapò ak yo, sosyete sivil, pou ede idantifye endividi/fanmi ki menase poutèt konpetans alfabetizasyon yo twò ba, yon fason pou pwogram yo ka pi byen devlope pou amelyore konpetans yo.

chèchè ak lòt itilizatè pou enfòme piblik la sou kote nivo alfabetizasyon popilasyon plizyè peyi sanble epi diferan ant yo.

Definisyon Alfabetizasyon

Alfabetizasyon ka defini tankou kapasite pou idantifye, konprann, entèprete, kreye, kominike ak konte, ak materyèl enprime epi ekri alamen ki asosye ak divès kontèks.

Nan alfabetizasyon gen yon mouvman aprann pèmanan kap pèmèt yon endividi (gason/fi) reyalize objektif li, devlope konesans ak potansyèl li, epi patisipe nan lavi kominote a ak ansanm sosyete1a.

<< Nan kad ankèt sa, alfabetizasyon gen sans "alfabetizasyon nan lang ofisyèl" epi defini tankou: “Konpetans nan pwosesis enfòmasyon (an palan de konpetans lekti, ekriti ak kalkil)nesesè pou itilize materyèl enprime yo jwenn lepli souvan nan travay, nan kay epi nan kominote a’’ [Fòm altènatif yo pran sou ALLS/AMV peyi Bèmid].

1 Divès Aspè Alfabetizasyon ak enplikasyon yo nan zafè Politik ak Pwogram, Dokiman ki bay pozisyon UNESCO sou sektè a: 13. 2004.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 8Manyèl Anketè

Page 9: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Ya va mezire konpetans alfabetizasyon nan twa domèn annapre sa yo:

Konn li pwoz – konesans ak konpetans nesesè pou konprann ak itilize enfòmasyon nan tèks tankou editoryal, nouvèl, pwezi, ak fiksyon; pa egzanp jwenn yon enfòmasyon nan yon atik jounal, entèprete enstriksyon nan yon bwochi sante, jwenn yon tèm nan yon pwezi, oubyen opinyon ki pa dakò youn ak lòt nan yon editoryal.

Konn Li dokiman – konesans ak konpetans ou bezwen pou jwenn ak itilize enfòmasyon nan materyèl tankou aplikasyon pou dyòb, orè transpò, kat direksyon, tablo ak chema; pa egzanp jwenn yon entèseksyon byen presi sou yon kat direksyon wout, itilize yon orè pou jwenn bon bis la, oubyen ekri enfòmasyon sou yon fòm aplikasyon. Konn fè kalkil – konesans ak konpetans ou bezwen pou aplike operasyon aritmetik, separeman oubyen an sekans, itilize chif ki nan materyèl enprime; pa egzanp, fè total konbyen kòb pou youn oubyen de acha, travay ak fraksyon ak desimal, ranpli yon fòm pou fè yon kòmand, oubyen detèmine pwofi oswa pèt sou yon envestisman.

Konpetans lekti

Etid montre gen plizyè kapasite ki enpòtan anpil pou aprann li. Kapasite sa yo defini pi ba:

Idantifikasyon mo – Kapasite pou dechifre ak rekonèt nouvo mo. Se yon eleman fondamantal pou lekti kourant.

Konesans vokabilè – Kapasite pou gen aksè ak anpil vokabilè. Sa pèmèt yon lektè li nouvo ak diferan tèks ak mwens difikilte. Vokabilè fè li posib pou li, epi li amelyore ak lekti.

Konpreyansyon sa w tande – Kapasite pou konprann enfòmasyon yo li ak vwa byen fò. Gen granmoun ki ka gen difikilte ak lekti poutèt yo gen difikilte konpreyansyon an jeneral. Granmoun sa yo va gen pwoblèm tou pou konprann tèks konplike yo li pou yo.

Tretman enfòmasyon ak memwa – Kapasite dekoupe yon tèks epi òganize l nan memwa.

Metòd pou ranmase done

Ankèt Alfabetizasyon an va fèt ak <<Metòd Entèvyou Papye ak Kreyon (PAPI/EPK)/ Entèvyou pèsonèl ak asistans òdinatè (CAPI/EPAK). >> [efase selon bezwen]

Popilasyon yo vize

Popilasyon yap vize nan ankèt la se rezidan abityèl, nan laj 16 rive 65 lane, kap viv nan inite lojman prive nan moman ankèt la ap fèt la. Moun kap viv nan enstitisyon pa ladann.

Enstitisyon se kote moun rete epi okipan yo ap viv ansanm pou rezon disiplin, sante, edikasyon, relijye oubyen lòt rezon. Popilasyon enstitisyon yo gen ladann moun ki pa manm yon fanmi. Nou konte pami yo moun ki nan enstalasyon militè, enstitisyon koreksyonèl epi penal, dòtwa lekòl ak inivèsite, enstitisyon

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 9Manyèl Anketè

Page 10: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

relijye, lopital, eks. Pèsonèl ki responsab pou fè yon enstitisyon mache, epi ki pa viv nan dòtwa oubyen kote konsa, pa fè pati popilasyon enstitisyonèl la. Anplis de sa, moun kap viv nan otèl oubyen pansyon pa fè pati popilasyon enstitisyonèl la, poutèt sa yo dwe distenge yo kòm manm yon kay ki gen youn oubyen plizyè moun, sou baz aranjman yo fè pou founi tèt yo bagay esansyèl pou yo viv.

Kidonk popilasyon enstitisyonèl gen ladann rezidan prizon, lopital, lazil pou granmoun, kazèn, dòtwa etidyan, eks.

Echantiyon

Echantiyon yo chwazi a va bay yon bon reprezantasyon endividi dapre edikasyon, laj, ak sèks, ki va reflete stati sosyo ekonomik kominote <<Non Peyi a>>.

Ankèt sou Alfabetizasyon an se yon ankèt ki chita sou kay kote ya va chwazi yon moun ki kalifye pou l patisipe nan ankèt la ak metòd seleksyon kish la.

Peryòd ranmasajRanmasaj done pou ankèt alfabetizasyon an va kòmanse <<Mete dat kòmansman ranmasaj>> epi li pwograme pou l fini << Mete dat ranmasaj ap fini>>.

Konfidansyalite

Ankèt Alfabetizasyon an ap fèt anba otorite Lwa sou Statistik la <<Chapit>>. Tout moun ki anplwaye nan ankèt sa ap gen pou prete yon sèman pou l pa mete sekrè deyò.

Ankèt sou Alfabetizasyon an ranmase enfòmasyon pèsonèl nan men moun ki reponn yo. Lap jere dapre règleman ki nan Lwa sou Statistik la. Lwa sou Statistik la mande pou yo pwoteje idantite endividi ki reponn yo.

Anplis de sa, ranmasaj done nan Ankèt sou Alfabetizasyon an fèt anba kontwòl tout aspè Lwa sou Statistik la ki bay pwosedi trè strik pou trete epi pwoteje enfòmasyon pèsonèl. Enfòmasyon yo pa dwe pibliye oubyen livre yon fason ki pèmèt idantite moun ki reponn nan soti deyò.

Lwa sou Statistik la pa pèmèt piblikasyon ankenn done nan yon nivo pèsonèl.

2.9 Entèvyou endirèk/entèprèt

Entèvyou endirèk

Ankèt sa pa pèmèt entèvyou endirèk. Tout entèvyou ki fèt dwe dirèk (se moun ki te chwazi pou reponn nan ap reponn dirèkteman). Entèvyou endirèk ak lòt moun nan kay la ap fèt sèlman nan ka estrèm, lè yo chwazi yon moun ki pou reponn, men li pa kapab pase entèvyou a poutèt youn nan rezon sa yo:

Eta sante mantal oswa fizik li pa pèmèt li reponn pandan peryòd tan ankèt la ap dire a; Baryè lang.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 10Manyèl Anketè

Page 11: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Sèl pati nan entèvyou a ki gen dwa fèt endirèkteman se kesyonè filtraj la ak kesyonè sou istwa moun yo. Se moun ki te chwazi pou reponn lan ki dwe reponn Ti liv evalyasyon yo san èd ankenn lòt moun.

Malgre yon lòt moun ap reponn epi bay repons yo, moun ki te chwazi pou reponn lan DWE prezan epi l dwe ap bay entèprèt la enfòmasyon yo. Si moun ki te chwazi pou reponn nan pa disponib, alòs entèvyou a paka fèt.

Entèprèt

Yon moun kap reponn ka bezwen èd yon entèprèt pou konprann epi reponn kesyon nan ankèt la. Se PA menm bagay ak yon entèvyou endirèk. Yo ka itilize yon entèprèt pou tradi kesyon yo si moun yap entèvyouve a pa pale angle oubyen lang yap teste a. Yo ka sèvi ak entèprèt SÈLMAN pou kontak inisyal la, pou jwenn enfòmasyon sou moun kap reponn nan, nan Kesyonè sou Istwa Moun nan (gade nan manyèl Anketè a) ak Sòti a. Ti Liv Seleksyon an, Ti Liv Reperaj Anketè ak Ti Liv Prensipal la (gade nan Manyèl Administratif la) PAKA ranpli ak èd yon entèprèt.

Pousantaj Repons

Yo mezire siksè yon ankèt tankou Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non peyi a>> apati kantite moun ki pou reponn ki bay enfòmasyon. Pousantaj repons yo vize pou Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi a>> a se 85%. Kidonk, nou bezwen gen pi piti pousantaj moun ki pa reponn posib. Enfòmasyon yo dwe al jwenn Sipèvizè w chak jou pou swivi a ka fèt, si pou nou reyalize pousantaj repons yo mande a.

Yon entèvyou ap konsidere kòm fini si li koresponn ak youn nan twa senaryo ki parèt nan tablo annapre a.

Tablo Senaryo Ankèt

Senaryo 1 Senaryo 2 Senaryo 3Kontak/Antre (Fini) Kontak/Antre (Fini) Kontak/Antre (fini)Kesyonè sou Istwa moun yo (KI) - (eseye fè chak kesyon)

Kesyonè sou Istwa moun yo (KI) - (eseye fè chak kesyon)

Kesyonè sou Istwa moun yo (KI) - (eseye fè chak kesyon)

Ti Liv Reperaj(eseye fè chak kesyon)

Ti Liv Reperaj(eseye fè chak kesyon)

Ti Liv Reperaj(eseye fè chak kesyon)

Nòt pou Ti liv Seleksyon an 05 oubyen mwens

Nòt pou ti Liv Seleksyon an 06 rive 15

Nòt pou ti Liv Seleksyon an 16 oubyen plis

Ti Liv Reperaj (eseye fè chak kesyon)

Ti Liv Prensipal (eseye fè chak kesyon)

Egzèsis Lekti (eseye fè chak kesyon)

Egzèsis Lekti (eseye fè chak kesyon)

Sòti Sòti Sòti

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 11Manyèl Anketè

Page 12: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Chapit 2

Seksyon Ankèt yo

Dewoulman Ankèt la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi a>> va itilize plizyè enstriman pou ranmase done yo bezwen yo. <<Eksepte pou Egzèsis Lekti yo, tout seksyon yo va fèt sou fòm papye ak kreyon (PAPI)>>.

Annapre gen yon esplikasyon tou kout sou tout seksyon ankèt la.

Kontak/Antre (Kesyonè pou moun ki manm fwaye a) – nan seksyon sa w ap jwenn kontak ak moun ki abite yon kay yo chwazi, prezantasyon tèt ou, esplikasyon sou rezon vizit la, poze kesyon filtraj ak chwazi yon moun pou entèvyouve. Ya va itilize Griy Seleksyon Moun nan pou chwazi yon moun andedan kay la.

Kesyonè sou Istwa moun yo (KI) – Kesyonè sa ranmase enfòmasyon jeneral sou moun kap reponn nan, sou faktè yo kwè ki asosye ak konpetans alfabetizasyon, tankou istwa moun nan, edikasyon, sitiyasyon sou mache travay la, pratik alfabetizasyon, eks.

Ti Liv Seleksyon – ti liv sa sanble ak aktivite ki gen rapò ak alfabetizasyon moun fè souvan. Anketè a va bay fè yon seri 21 tès epi la korije yo. Pa egzanp siyen yon kat bibliyotèk, oubyen li yon piblisite.

Ti liv Reperaj – ti liv sa va mezire konpetans alfabetizasyon pou li pwoz ak dokiman. Bagay sa yo sanble ak aktivite ki gen rapò ak alfabetizasyon moun fè souvan òdinèman li yon jounal, oubyen swiv yon resèt. Gen 49 kesyon nan ti liv sa. Yo va bay moun kap reponn ki fè nòt 06 rive 15 nan ti Liv Seleksyon an fè ti liv sa. Ti liv sa va korije nan <<Biwo Egzekitif Ankèt la>>.

Ti Liv Prensipal – ti liv sa va mezire konpetans nan alfabetizasyon pou li pwoz ak dokiman. Bagay sa yo sanble aktivite ki gen rapò ak alfabetizasyon moun fè odinèman tankou li jounal oubyen swiv yon resèt. Gen 57 kesyon nan ti liv sa. Ya va bay moun ki fè nòt 16 oubyen plis nan ti Liv Seleksyon an fè ti Liv sa. Ti liv sa va korije nan << Biwo Egzekitif Ankèt la >>.

Egzèsis Lekti – ya va bay moun kap reponn ki fè nòt 5 oubyen mwens, ak moun ki reponn ki fè nòt 05 rive 16, nan ti Liv Filtraj la fè egzèsis sa yo. Egzèsis sa yo va mezire yon seri konpetans nan lekti. Sèten nan egzèsis lekti yo ap anrejistre sou tep. Pou sèten nan Egzèsis Lekti yo, gen fòm papye anketè a oubyen moun kap reponn nan va ranpli. Gen 5 Egzèsis Lekti. :

o TVFP/PPVT (Tès Vokabilè ak Foto Peabody a/Peabody Picture Vocabulary Test) – Vèsyon kout lao SOSNR/RAN – Sistèm Otomatik pou Site Non Rapid/Rapid Automatized Namingo TELM/TOWRE – Tès Efikasite nan Li Mo/test of Word Reading Efficiencyo Tès Memwa sou Chif Annavan/Pabako Eple

Sòti – anketè a bay ka sa yon kòd rezilta, epi remèsye moun ki reponn nan. Wap jwenn bagay sa nan paj 2 kesyonè Filtraj/moun ki manm fwaye a.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 12Manyèl Anketè

Page 13: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Chema dewoulman annapre a montre dewoulman ankèt sa.

Tout moun ki reponn yo ap pase egzamen Kontak/Antre (Kesyonè pou moun ki manm fwaye a), Kesyonè Istwa moun yo (KI), Ti Liv Seleksyon an, ak Sòti a.

Ya va bay moun ki reponn ki fè nòt 06 rive 15 nan ti Liv Seleksyon an fè ti Liv Reperaj la.

Ya va bay moun ki reponn ki fè nòt 16 oubyen plis nan ti Liv Seleksyon an fè ti Liv Prensipal la. Ya va bay moun ki reponn ki fè nòt 05 oubyen mwens nan ti Liv Seleksyon an, ak 06 rive 15 nan ti Liv Seleksyon an fè Egzèsis Lekti a.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 13Manyèl Anketè

Kontak/AntreKesyonè Moun ki abite kay la

Kesyonè sou Istwa Moun yo (KI/)

Ti Liv Seleksyon (21 kesyon)

Ti Liv Reperaj (49 kesyon)

Ti Liv Prensipal (57 kesyon)

Egzèsis Lekti- TVFP- SOSNR- TELM- Memwa Chif- Eple

Sòti

Nòt ti Liv Seleksyon05 oubyen mwens

Nòt ti Liv Seleksyon 06 rive 15

Nòt ti Liv Seleksyon16 oubyen plis

Page 14: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Etap Entèvyou

Annapre la gen etap yon anketè dwe pase pou jwenn yon entèvyou konplè. Senaryo 1 aplike lè moun ki reponn nan fè nòt mwens pase 05 nan ti Liv Seleksyon an. Senaryo 2 aplike lè moun ki reponn nan fè nòt mwens pase 06 rive 15 nan ti Liv Seleksyon an.Senaryo 3 aplike lè moun ki reponn nan fè nòt 16 oubyen mwens nan ti Liv Seleksyon an.

Senaryo 1 Senaryo 2 Senaryo 3

Etap 1: Bay fè Premye Kontak la (Kesyonè moun ki manm fwaye a – met ladann kesyon filtraj /lis) epi chwazi moun ki pou reponn nan.

Bay fè Premye Kontak la (Kesyonè moun ki manm fwaye a) – met ladann kesyon filtraj/lis epi chwazi moun ki pou reponn nan.

Bay fè Premye Kontak la (Kesyonè moun ki manm fwaye a) – met ladann kesyon filtraj/lis epi chwazi moun ki pou reponn nan.

Etap 2: Bay fè Antre (moun ki chwazi pou reponn nan)

Bay fè Antre a (moun ki chwazi pou reponn nan)

Bay fè Antre a (moun ki chwazi pou reponn nan)

Etap 3: Bay fè KI Bay fè KI Bay fè KI a

Etap 4: Bay fè ti Liv Seleksyon an Bay fè ti Liv Seleksyon an Bay fè ti Liv Seleksyon an

Etap 5: Korije ti Liv Seleksyon an

Si nòt la mwens oubye egal ak 5

Korije ti Liv Seleksyon an

Si nòt la plis pase 6 oubyen pi piti pase 15

Korije ti Liv Seleksyon an

Si nòt la plis oubyen egal ak 16

Etap 6: Bay fè ti Liv Reperaj la Bay fè ti Liv Prensipal la

Etap 7: Bay fè Egzèsis TVFP a Bay fè Egzèsis TVFP a

Etap 8: Anrejistre repons Egzèsis TVFP yo

Anrejistre repons Egzèsis TVFP yo

Etap 9: Bay fè Egzèsis SOSNR la Bay fè Egzèsis SOSNR la

Etap 10: Bay fè Egzèsis TELM nan Bay fè Egzèsis TELM nan

Etap 11: Bay fè Seri Chif Avan/Pabak Bay fè Seri Chif Avan/Pabak

Etap 12: Anrejistre repons egzèsis memwa chif Annavan/Pabak yo

Anrejistre repons egzèsis Memwa Chif Annavan/Pabak yo

Etap 13: Bay fè Egzèsis Eple a Bay fè Egzèsis Eple a

Etap 14 Bay fè Sòti a Bay fè Sòti a Bay fè Sòti a

Etap 15 Revize Travay la pou wè sil Konplè, Presi ak Lizib

Revize Travay la pou wè sil Konplè, Presi ak Lizib

Revize Travay la pou wè sil Konplè, Presi ak Lizib

Etap 16 Mete Kòd Stati Final la Mete Kòd Stati Final la Mete Kòd Stati Final la

Etap 17 Retounen dokiman yo bay <<Biwo Egzekitif Ankèt>> <<Non Peyi a>> a

Retounen dokiman yo bay <<Biwo Egzekitif Ankèt>> <<Non Peyi a>> a

Retounen dokiman yo bay <<Biwo Egzekitif Ankèt>> <<Non Peyi a>> a

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 14Manyèl Anketè

Page 15: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Yap jwenn enfòmasyon ak enstriksyon pou anketè a, epitou enstriksyon yap li byen fò bay moun ki pou reponn nan, nan dokiman, ‘Enstriksyon Detaye sou Itilizasyon Materyèl Ankèt sou Alfabetizasyon an pandan Dewoulman l’.

Seksyon Kontak ki gen ladann eleman Filtraj la

Kontak la se yon Entèvyou Papye ak Kreyon (EPK/PAPI)/ Entèvyou pèsonèl ak asistans òdinatè (EPAO/CAPI) epi se oumenm, anketè a, ki bay fè li. Kontak la ap fèt pa yon vizit pèsonèl.

Bay fè Seksyon Kontak la nan tout kay yo chwazi yo. Li gen ladann enfòmasyon kontak ak demografi epitou kesyon sou moun ki manm fwaye a.

Apre kay ki chwazi a mete sou lis, moun ki pou reponn nan chwazi sou baz laj (16-65 lane), sèks ak edikasyon, gras ak itilizasyon Griy/Kota Seleksyon pèsonèl la. Lè ankenn kontak pa fèt ak moun ki chwazi pou reponn nan, yap mande anketè a fè tout efò l kapab pou l rankontre ak moun ki pou reponn nan. Li dwe fè pou pi piti twa (3) vizit pèsonèl pou eseye fè entèvyou a. Vizit sa yo dwe stratejik epi dwe varye nan lè jounen an ak jou nan semenn nan, sou baz enfòmasyon ki resevwa nan men moun ki manm fwaye a, oubyen vwazen, sou lè ki posib pou moun ki chwazi pou reponn yo ka disponib. Si twa tantativ yo echwe, ka sa pral nan men Sipèvizè a pou l kontinye fè swivi.

Yo ka jwenn enstriksyon spesyal pou anketè a, enstriksyon pou yo li bay moun kap reponn yo nan dokiman, ‘Enstriksyon Detaye sou Itilizasyon Materyèl Ankèt sou Alfabetizasyon an pandan Dewoulman l’.

Nòt

Li posib, konsideran egzijans ankèt la ak kontrent nan pwosesis seleksyon an, pou yo deside yon kay pa ka nan ankèt la epi ankenn entèvyou pa fèt ladann.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 15Manyèl Anketè

Page 16: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Kesyonè sou Istwa moun yo (KI/BQ)

Bay tout moun yo chwazi pou reponn yo fè Kesyonè sou istwa moun yo (KI/BQ). Li sitou gen kesyon ki reponn ak egzijans entènasyonal ankèt la. Gen 9 seksyon.

Seksyon Sijè

1. Seksyon A Enfòmasyon jeneral/Istwa ak Edikasyon

2. Seksyon B Enfòmasyon sou lang/lengwistik

3. Seksyon C Enfòmasyon Paran

4. Seksyon D Aktivite sou mache travay la

5. Seksyon E Pratik lekti ak kalkil nan travay

6. Seksyon F Patisipasyon nan edikasyon ak aprantisaj

7. Seksyon G Pratik lekti ak kalkil anjeneral, kapital ak byenèt sosyal

8. Seksyon H NATEK/ICTL - Nivo Alfabetizasyon pou Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon

9. Seksyon K Enfòmasyon sou moun ki manm fwaye a ak kantite lajan yo touche

Anketè a bay fè Kesyonè sou Istwa moun yo (KI) kòm yon Entèvyou Papye ak Kreyon (PAK/PAPI)/CAPI.

Yo ka jwenn enstriksyon spesyal pou anketè a, enstriksyon yo dwe li bay moun yap poze kesyon an, nan dokiman, ‘Enstriksyon Detaye sou Itilizasyon Materyèl Ankèt sou Alfabetizasyon an pandan Dewoulman l’.

Ti Liv Seleksyon

Moun ki pou reponn nan ranpli ti Liv Seleksyon an kòm yon Entèvyou Papye ak Kreyon (PAPI)/ CAPI.

Pandan moun kap reponn nan ap ranpli ti liv la, anketè a va bay chak repons yon nòt. Moun kap reponn nan dwe ka wè nòt la .

Yo ka jwenn enstriksyon spesyal pou anketè a, enstriksyon yo dwe li bay moun yap poze kesyon an, nan dokiman, ‘Enstriksyon Detaye sou Itilizasyon Materyèl Ankèt sou Alfabetizasyon an pandan Dewoulman l’.

Ti Liv Reperaj oubyen Prensipal

Bay moun yo chwazi pou reponn ki fè nòt 06 rive 15 nan ti Liv Seleksyon an fè ti Liv Prensipal la.

Bay moun yo chwazi pou reponn ki fè nòt 16 oubyen plis nan ti Liv Seleksyon an fè ti Liv Prensipal la.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 16Manyèl Anketè

Page 17: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Kidonk yo pa dwe bay moun yo chwazi pou reponn ki fè 05 oubyen mwens fè ni ti Liv Seleksyon an ni Prensipal la.

Kesyon nan ti Liv Seleksyon ak ti Liv Prensipal yo planifye pou sanble aktivite asosye ak alfabetizasyon moun fè òdinèman, tankou li jounal ak swiv yon resèt.

Moun kap reponn nan ranpli ti Liv Reperaj oubyen ti Liv Prensipal la kòm yon Entèvyou Papye ak Kreyon (PAPI). Ti liv sa korije nan <<Biwo Egzekitif Ankèt la>>.

Yo ka jwenn enstriksyon spesyal pou anketè a, enstriksyon yo dwe li bay moun yap poze kesyon an, nan dokiman, ‘Enstriksyon Detaye sou Itilizasyon Materyèl Ankèt sou Alfabetizasyon an pandan Dewoulman l’.

Egzèsis Lekti

Se moun yo chwazi pou reponn ki fè 05 oubyen mwens nan ti Liv Seleksyon an, ak moun yo chwazi pou reponn ki fè nòt 06 rive 15 nan ti Liv Seleksyon an, yo bay fè Egzèsis Lekti yo. Pou n di sa yon lòt jan, yo PA dwe bay moun yo chwazi pou reponn ki fè 16 oubyen plis nan ti Liv Seleksyon an fè egzèsis sa yo.

Pandan entèvyou a, se wou kap poze tout kesyon yo. Wap bezwen poze kesyon epi anrejistre repons pandan sèten nan egzesis yo, moun kap reponn nan va ekri repons yo pandan sèten egzèsis, epi wa va itilize yon aparèy kasèt ak yon taymè pandan sèten nan egzèsis yo. Varyete sa reprezante nan tablo annapre a.

Enstriman Repons Anrejistre pa: Korije pa:

1. TVFP/PPVT Anketè a Anketè a

2. SOSNR/RAN Anrejistre sou kasèt tep <<Biwo Egzekitif Ankèt la>>

3. TELM/TOWRE Anrejistre sou kasèt tep <<Biwo Egzekitif Ankèt la>>

4. Seri Chif Anrejistre sou kasèt tep Anketè a

5. Eple Moun kap reponn nan Anketè a

Yo ka jwenn enstriksyon spesyal pou anketè a, enstriksyon yo dwe li pou moun yap poze kesyon an, ak enstriksyon pou koreksyon, nan dokiman, ‘Enstriksyon Detaye sou Itilizasyon Materyèl Ankèt sou Alfabetizasyon an pandan Dewoulman l’.

Sòti

Sa se dènye seksyon entèvyou a, kote yo bay ka sa yon kòd rezilta final. Li nan paj 2 Kontak/Antre a (Kesyonè sou moun kap viv nan kay la). Tan pou Entèvyou a fèt

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 17Manyèl Anketè

Page 18: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

<< yo mande peyi yo ajiste tan sou baz yon etid pilòt>>

Tan annapre yo se tan yo kalkile diferan eleman nan ankèt la ka dire.

Seksyon Tan

Kontak/Antre (Kesyonè pou moun ki manm fwaye a) 10 minit

Kesyonè sou Istwa moun yo 30 minit

Ti Liv Seleksyon 12 minit

Ti Liv Reperaj oubyen Prensipal 50 minit

Egzèsis Lekti 40 minit

Sòti 5 minit

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 18Manyèl Anketè

Page 19: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Chapit 3

Orè ak FounitiOrè Aktivite

Aktivite Dat

Fòmasyon:

Kit Dokiman pou Anketè a etidye lakay li Anvan fòmasyon Li Manyèl Anketè a Fè Egzèsis pou bese kantite kesyon san repons yo Fè Egzèsis Revizyon anFòmasyon nan Klas (5 jou) <<Dat Kòmansman Fòmasyon>>

jouk <<Dat Fòmasyon Fini>>

Ranmasaj Done:

Anketè sou teren yo <<Dat Fòmasyon Kòmanse>> jouk <<Dat Fòmasyon Fini>>

Dat ki fikse:

60% fini nan dat: <<Dat Fikse 1>> 75% fini nan dat: <<Dat Fikse 2>> 100% fini nan dat: <<Dat Fikse 3>>

Lè pou yo remèt dokiman yo:

Anketè yo dwe remèt ka ki fini yo bay Sipèvizè yo chak semenn pandan ranmasaj done yo

Lendi chak semenn

Kontrandi:

Anketè yo va ranpli Kesyonè Kontrandi Anketè yo <<Dat fen Ranmasaj + 1 semenn>>

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 19Manyèl Anketè

Page 20: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Founiti

Anketè a ap founi

Kat Idantifikasyon

<<Biwo Egzekitif Ankèt la>> ap founi

Lis Kontwòl travay ki bay fèt (LKTBF/ACL) Kat Repons Kesyonè sou Istwa moun yo (KI/BQ) Kalandriye Kopi Lèt Entwodiksyon an Egzèsis pou diminye kantite kesyon yo pa reponn Manyèl Anketè Sak Anketè Kesyonè Anketè pou Kontrandi Rapò Anketè sou Pwogrè ak Depans Fòm pou remèt Materyèl Nòt pou Anonse vizit Kit zouti pou kalkil – Kalkilatris, Foto, Règ Kanè Nòt TVFP/PPVT – Vèsyon kout Kat Egzèsis Lekti (6) Kat Referans Egzèsis Revizyon/Repasaj Anvlòp Moun kap Reponn (prepare davans nan <<Biwo Egzekitif Ankèt la>>)

o Lis verifikasyon Moun kap Reponno Kesyonè sou kayo Kesyonè Istwa moun yo (KI)o Ti Liv Seleksyono Fèy koreksyon Seleksyono Ti Liv Reperaj oubyen Prensipalo TVFP/PPVT – Fèy Anrejistreman Anketèo Seri chif Annavan – Fèy anrejistreman Anketèo Seri chif Pabak – Fèy Anrejistreman Anketèo Fèy repons Epleo Nòt Obsèvasyon Entèvyou o Rapò ki di pat gen Entèvyouo Fòm chanjman adrès

Echantiyon fè Kota Aparèy kasèt, Kasèt tep, etikèt pou kasèt, pil rechanj, taymè Fòm Transmisyon Kreyon 2B, gòm, tay kreyon

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 20Manyèl Anketè

Page 21: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Materyèl ak Founiti an vrak

Materyèl ak founiti an vrak wap resevwa yo gen ladan yo materyèl wa va itilize lè wap fè kontak epi fè entèvyou ak moun yo chwazi pou reponn; ak lè wap dokimante epi livre materyèl ankèt.

Wa va itilize materyèl annapre yo lè wap fè kontak epi fè entèvyou ak moun yo chwazi pou reponn:

Lis Kontwòl Travay ki bay fèt (LKTBF/ACL) Kat Repons Kesyonè sou Istwa moun yo KI/(BQ) Kalandriye Sak Anketè: kreyon 2B, gòm, tay kreyon, Lèt entwodiksyon Nòt pou anonse vizit Kit zouti pou kalkil – Kalkilatris, Foto, Règ. TVFP/PPVT Kanè nòt – Vèsyon kout Kat Egzèsis Lekti (6) Kat Referans Anvlòp moun kap reponn ki gen ladann bagay annapre yo:

o Lis Kontwòl Anvlòp moun ki reponno Kesyonè pou moun ki manm fwaye ao Kesyonè sou Istwa moun (KI/BQ)o Ti Liv Seleksyono Fèy Koreksyon ti Liv Reperaj o Ti Liv Reperaj oubyen Prensipalo TVPF/PPVT – Fèy Anrejistreman Anketèo Seri Chif Annavan/Pabak – Fèy Anrejistreman Anketèo Fèy Repons Epleo Nòt Obsèvasyon Entèvyouo Rapò sou Entèvyou k pa fèto Fòm Chanjman Adrès

Echantiyon Fèy Kota Aparèy Kasèt, kasèt, etikèt pou kasèt, batri rechanj, taymè

Wa va itilize bagay annapre yo lè wap dokimante ak livre materyèl:

Lis Kontwòl Travay ki bay fèt (LKTBF/ACL) Lis Retou Materyèl. Rapò sou Pwogrè ak Depans Fòm Transmisyon

Yon deskripsyon materyèl ki itilize pou Ankèt sou Alfabetizasyon peyi <<Non Peyi a>> vini apre.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 21Manyèl Anketè

Page 22: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Lis Kontwòl Travay ki bay fèt (LKTBF/ACL)

Anketè/Sipèvizè/<<Biwo Egzekitif Ankèt la>> itilize Lis Kontwòl Travay ki bay Fèt la (LKTBF/ACL) pou jere ka yo. Enfòmasyon nan rapò sa va rezime nan Rapò sou Pwogrè ak Depans lan epi ya va rapòte l bay Sipèvizè a chak lendi.

Enfòmasyon kap swiv la va anrejistre nan Lis Kontwòl Travay yo bay fè: ID Moun ki Reponn nan (NIMEWOED, NOKAY, ak NOPER) Lojman yo chwazi/Adrès ak Nimewo Telefòn Kay Stati/Sitiyasyon ka sa kounye a

Kesyonè sou Istwa Moun yo (KI/BQ)

Anketè a bay tout moun yo chwazi pou reponn yo Kesyonè sou Istwa Moun yo (KI/BQ) pou yo fè, epi yo ka jwenn li anndan Anvlòp Moun ki Reponn nan. Kesyonè sou Istwa Moun (KI/BQ) yo itilize pou sanble enfòmasyon demografik jeneral.

Kat Repons Kesyonè sou Istwa Moun yo (KI/BQ)

Anketè a itilize Kat Repons sou Istwa Moun yo (KI/BQ) lè lap fè reponn Kesyonè sou Istwa Moun yo. Li gen ladann sèten kategori repons yo itilize pou yon seri kesyon.

Kalandriye

Anketè a itilize Kalandriye a lè lap fè reponn Kesyonè sou Istwa Moun yo (KI/BQ). Yo itilize l tankou yon dokiman referans lè yap pale de aktivite ki te fèt anvan.

Fòm Chanjman Adrès

Anketè a itilize Fòm Chanjman Adrès sa pou anrejistre yon chanjman adrès si moun yo chwazi pou reponn nan chanje adrès pandan peryòd yap sanble done a. Seri Chif Annavan/Pabak – Fèy Anrejistreman Anketè a

Anketè a itilize Fèy Anrejistreman Anketè a pou Seri Chif Annavan/Pabak yo pou anrejistre repons moun kap reponn egzèsis Seri Chif Annavan/Pabak yo, ak pou fè wè move repons yo.

Ti Liv Seleksyon

Se Anketè a ki bay fè ti Liv Seleksyon an. Li gen 21 kesyon yo mande tout moun yo chwazi pou reponn yo. Ya va korije ti Liv Seleksyon an pandan moun kap reponn nan ap fè travay la.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 22Manyèl Anketè

Page 23: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Fèy Koreksyon Seleksyon

Anketè a itilize Fèy Koreksyon Seleksyon an pou anrejistre/korije repons moun kap reponn nan bay sou ti Liv Seleksyon an.

Kesyonè moun ki manm fwaye a

Anketè bay Kesyonè Moun ki manm fwaye a pou tout moun ki pou reponn yo chwazi andedan kay la, epi se nan Anvlòp Moun kap reponn nan yo jwenn li.

Anketè a itilize Kesyonè Moun ki manm fwaye a

pou anrejistre tout tantativ pou kontakte lojman/moun yo chwazi pou reponn nan, pou chwazi yon moun pami moun ki manm fwaye a pou yon entèvyou, pou anrejistre dat, lè, kòd rezilta entèvyou a, epi pou mande yon seri kesyon sou moun ki manm fwaye a. Nòt Obsèvasyon Entèvyou

Anketè a itilize Nòt Obsèvasyon Entèvyou a pou rapòte nenpòt ki difikilte li jwenn pandan lap fè entèvyou a.

Kesyonè Kontrandi Anketè a

Se Anketè a ki ranpli Kesyonè Kontrandi an. Kesyonè a mande w eksperyans ou ak ankèt la ak nenpòt ki pwoblèm ou ka te rankontre pandan w tap fè entèvyou yo. Repons ou bay nan kesyonè sa va sèvi pou amelyore pwosedi ankèt yo, manyèl yo, ak fòmasyon pou lòt ankèt. Lèt Entwodiksyon

<<Biwo Egzekitif Ankèt la>> va prepare lèt entwodiksyon yo. Anketè yo va remèt Lèt Entwodiksyon an nan premye vizit nan kay la.

Ti Liv Reperaj

Anketè a va remèt ti Liv reperaj la bay moun ki reponn ki te fè nòt 06 rive 15 nan ti Liv Seleksyon an. Gen 49 kesyon nan ti liv sa. Bagay yo sanble ak aktivite ki gen rapò ak alfabetizasyon moun fè òdinèman tankou li yon jounal oubyen swiv yon resèt.

Ti Liv Prensipal

Anketè a va remèt ti Liv Prensipal la bay moun ki reponn ki fè nòt 16 oubyen plis nan ti Liv Seleksyon an. Gen 57 kesyon nan ti liv sa. Bagay yo sanble aktivite ki gen rapò ak alfabetizasyon moun fè òdinèman tankou li yon jounal, oubyen swiv yon resèt.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 23Manyèl Anketè

Page 24: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Fòm pou Retounen Materyèl

Anketè yo itilize Fòm pou Retou Materyèl yo lè yap retounen dokiman ak materyèl yo pat itilize bay <<Biwo Egzekitif Ankèt la>> nan fen ranmasaj done yo. Rapò sou Entèvyou ki pat fèt

Anketè a, Sipèvizè a, ak/oubyen <<Biwo Egzekitif Ankèt la>> itilize Rapò sou Entèvyou ki pat fèt yo pou esplike nenpòt ka entèvyou ki pat fèt ak aksyon swivi ki te pran.

Nòt pou Anonse vizit

Anketè a itilize Nòt pou Anonse Vizit la pou enfòme yon moun ki pou reponn li te eseye fè yon vizit, epi pou di l Anketè a va retounen nan yon dat annapre. Kit Zouti pou kalkil

Kalkilatris - Pou moun yo chwazi pou reponn nan ka fè yon seri travay nan Ti Liv Seleksyon, Reperaj oubyen Prensipal lan.

Foto 24 Moun – Pou Moun yo chwazi pou reponn nan itilize pou l fè sèten travay nan ti Liv Reperaj la.

Règ – Pou moun yo chwazi pou reponn nan ka fè sèten travay nan ti Liv Reperaj la.

Kanè Nòt TVFP/PPVT – Vèsyon kout

Kanè Nòt pou TVFP a (Tès Vokabilè ak Foto Peabody a) – vèsyon kout la, se yon enstriman Anketè a itilize pou bay moun yo chwazi pou reponn nan fè egzèsis TVFP a.

Fèy Anrejistreman TVFP a

Anketè a itilize Fèy Anrejistreman Anketè a – pou anrejistre repons moun yo chwazi pou reponn nan bay nan egzèsis TVFP a, epi montre repons ki pa bon yo.

Rapò sou Pwogrè ak Depans

Anketè a/Sipèvizè a/<<Biwo Egzekitif Ankèt la>> itilize Rapò sou Pwogrè ak Depans lan pou anrejistre pwogrè ak depans pou tout ka yo. Anketè a va ekri rapò sa chak lendi epi voye l ale bay Sipèvizè a.

Kat Egzèsis Lekti yo (6)

Anketè a itilize Kat Egzèsis Lekti yo (6) pou bay moun yo chwazi pou reponn nan fè Egzèsis Lekti annapre yo.

1. SOSNR (Sistèm Otomatik pou Site Non Rapid)2. TELM (Tès Efikasite nan Li Mo)

Kat Referans

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 24Manyèl Anketè

Page 25: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Anketè a itilize Kat Referans la ki gen anpil enfòmasyon sou ankèt la ladann.

Anvlòp Moun kap Reponn nan

Chak ka w yo ap bezwen yon Anvlòp pou moun kap Reponn nan. Anvlòp la (prepare davans nan <<Biwo Egzekitif Ankèt la>>) gen ladann materyèl sa yo:

Lis Verifikasyon Anvlòp Moun kap Reponn nan Kesyonè pou moun ki manm fwaye a Kesyonè sou Istwa Moun yo(KI) Ti Liv Seleksyon Fèy Koreksyon Seleksyon Ti Liv Reperaj oubyen Ti Liv Prensipal TVFP – Fèy Anrejistreman Anketè Seri Chif Annavan – Fèy Anrejistreman Anketè Seri Chif Pabak – Fèy Anrejistreman Anketè Fèy Repons Egzèsis Eple Nòt Obsèvasyon Anketè a Rapò sou Entèvyou ki pat Fèt Fòm Chanjman Adrès

Lis Verifikasyon Moun kap Reponn

Anketè a, Sipèvizè a ak <<Biwo Egzekitif Ankèt la>> itilize Lis Verifikasyon Anvlòp la pou anrejistre/reponn de tout sa ki andedan anvlòp Moun kap Reponn nan.

Echantiyon Fèy Kota

Anketè a itilize Echantiyon Fèy Kota pou detèmine si premye moun kalifye sou rejis la ki abite kay la koresponn ak youn nan pwofil sou Fèy Echantiyon Kota.

Fèy Repons Egzèsis Eple

Moun yo chwazi pou reponn nan itilize Fèy Repons Egzèzis Eple a pou anrejistre repons li yo nan Egzèsis Eple a.

Aparèy Kasèt, kasèt tep, Etikèt, ak Taymè

Anketè a itilize aparèy kasèt la ak taymè a lè lap bay fè sèten nan Egzèsis Lekti yo. Wa va resevwa yon stòk kasèt tep ak etikèt, ak pil rechanj tou. Yo dwe fè anpil atansyon kote yap sere aparèy kasèt la pou l pa domaje.

Fòm Transmisyon

Anketè a ak Sipèvizè a itilize Fòm Transmisyon an chak fwa yap livre kesyonè ranpli oubyen materyèl ankèt nan <<Biwo Egzekitif Ankèt la>>.

Founiti ki dwe tounen al nan <<Biwo Egzekitif Ankèt la>>

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 25Manyèl Anketè

Page 26: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Nan fen rasanblaj done yo, yo dwe retounen founiti annapre yo bay <<Biwo Egzekitif Ankèt la>>:

Kat Egzèsis Lekti (6) Kanè Nòt TVFP – Vèsyon Kout Kat Repons pou Kesyonè sou Istwa Moun yo (KI) Anvlòp moun ki pou Reponn ki pat sèvi ki gen nan yo:

o Kesyonè sou Fanmio Kesyonè sou Istwa Moun yo (KI)o Ti Liv Seleksyono Ti Liv Reperaj oubyen Prensipalo Tout fèy Koreksyon yoo Fòm Administrasyon

Aparèy Kasèt, kasèt tep, etikèt, taymè Kit pou kalkil – Kalkilatris, Foto, Règ Sak Anketè

Nan fen rasanblaj done yo, retounen dokiman ankèt yo bay:

<<Enfòmasyon Kontak la>>

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 26Manyèl Anketè

Page 27: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Chapit 4

Pwosedi Ankèt

Preparasyon Entèvyou

Yon fwa w resevwa materyèl ou, verifye si bagay sa yo ladann. Si nenpòt ki founiti manke, kontakte Sipèvizè w touswit.

Asire w ou gen materyèl annapre sa yo pou chak ka:

1 Anvlòp Moun kap Reponn (ki gen dokiman annapre sa yo ladann)

Kesyonè Istwa Moun yo (KI) Fòm Chanjman Adrès Seri Chif Annavan – Fèy Anrejistreman Anketè Seri Chif Pabak – Fèy Anrejistreman Anketè Ti Liv Seleksyon Fèy Koreksyon Seleksyon Kesyonè Fanmi Nòt Obsèvasyon sou Entèvyou Ti Liv Reperaj oubyen Prensipal Rapò sou Entèvyou ki pat fèt TVFP – Fèy Anrejistreman Anketè Lis Verifikasyon Moun kap reponn nan Fèy Repons Egzèsis Eple

Asire w ou gen materyèl annapre sa nan chak entèvyou:

Kat Repons Kesyonè sou Istwa Moun yo (KI) Kalandriye Sak Anketè: kreyon 2B, gòm, tay kreyon Kit pou kalkil – Kalkilatris, Foto, Règ Kanè Nòt TVFP – Vèsyon kout Kat Egzèsis Lekti (6) Kat Referans Echantiyon Fèy Kota Aparèy kasèt, kasèt tep, etikèt, pil rechanj, taymè

Nòt: Asire w yo eseye ekipman anrejistreman kasèt la anvan w ale nan lojman yo chwazi a.

Eseye kontakte tout lojman w chwazi yo depi sou premye semenn ranmasaj done a pou yo ka idantifye tout ka san repons yo bonè.

Pare pou w fè yon entèvyou nenpòt ki lè w kontakte yon lojman yo chwazi.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 27Manyèl Anketè

Page 28: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Pwosedi Ankèt, Swit

Kontak – Premye Kontak ak Antre

Ou va fè premye Kontak la pèsonèlman. <<Biwo Egzekitif Ankèt >> <<Non Peyi a>> a va prepare Lis Kontwòl Travay yo Bay Fè (LKTBF) a.

Yap jwenn enstriksyon spesyal anketè a, ak enstriksyon pou yo li bay moun kap reponn yo nan Dokiman, ‘Enstriksyon Detaye sou Itilizasyon Materyèl Ankèt sou Alfabetizasyon an pandan Dewoulman l’.

Si … Alòs …

Ou fè kontak ak moun ki abite kay yo chwazi a…

Prezante tèt ou Anrejistre moun ki manm fwaye a Chwazi yon moun ki pou reponn Pwograme yon randevou Anrejistre nenpòt ki enfòmasyon ou

ta jwenn nan Kesyonè moun ki manm fwaye a

Ou vizite lojman chwazi a epi pèsonn pa la …

Kite yon Avi ki di te Gen yon Vizit Anrejistre nenpòt ki enfòmasyon ou

ta jwenn nan Kesyonè sou Fanmi an

Ou pa kapab fè kontak pèsonèlman ak moun yo chwazi pou reponn nan…

Eseye jwenn moun ki pou reponn nan

Asire w ou di ou soti nan <<Biwo Egzekitif Ankèt >> <<Non Peyi>> a

Anrejistre nenpòt ki enfòmasyon ou ta jwenn sou Kesyonè moun ki manm fwaye a

Gen yon maksimòm (3) vizit pèsonèl ki fèt nan lojman moun yo chwazi pou reponn nan pandan peryòd rasanblaj done yo.

Kontinye nan paj annapre a

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 28Manyèl Anketè

Page 29: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Pwosedi Ankèt, Swit

Kijan w chwazi yon Moun ki pou Reponn

Pandan premye kontak la wa va chwazi yon moun ki pou reponn pou fini entèvyou a. Annapre a gen pwosedi pou e swiv yo:

Etap Aksyon

1. Anrejistre tout moun ki abite nan lojman yo chwazi a, kòmanse pa sak gen plis laj la

2. Detèmine si tout moun ki manm fwaye a elijib, sètadi gen ant 16-65 lane

3. Bay tout moun ki manm fwaye a ki elijib yon nimewo lis

4. Detèmine si premye moun elijib sou rejis la ki abite kay la koresponn ak youn nan pwofil sou Echantiyon Fèy Kota.

5. Si se wi, anrejistre nimewo lis moun yo chwazi pou reponn nan nan Kesyon S9 Kesyonè sou Moun ki manm fwaye a. Kontinye Entèvyou a.

6. Si se non, kontinye desann sou lis moun elijib ki abite kay la jouk tan w jwenn yon manm kay la ki koresponn ak pwofil sou Echantiyon Fèy Kota.

7. Li posib, poutèt egzijans ki nan ankèt la ak pwosesis seleksyon an, pou yo deside yon lojman paka nan ankèt la.

Kontinye nan paj annapre a

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 29Manyèl Anketè

Page 30: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Pwosedi Ankèt, Swit

Entèvyou a Tout kesyonè ak egzèsis dwe fèt pandan yon vizit pèsonèl.

Si Entèvyou a koupe pandan Egzèsis ti Liv Seleksyon, ti Liv Reperaj, ti Liv Prensipal oubyen Egzèsis Lekti yo ap fèt epi w dwe kite kay moun kap reponn nan, ou paka retounen vin kontinye entèvyou a.

Dokiman Enstriksyon Detaye sou Itilizasyon Materyèl Ankèt sou Alfabetizasyon an pandan Dewoulman l lan gen tout enstriksyon sou kòman pou bay fè Kontak/Antre (Kesyonè sou Fanmi), Kesyonè sou Istwa Moun yo (KI), ti Liv Reperaj oubyen Prensipal, Egzèsis Lekti ak Sòti a.

Etap Aksyon

1 Fè Premye Kontak la (Kesyonè sou moun ki manm fwaye a) – anrejistre epi chwazi moun ki pou reponn nan

2 Fè Antre a (moun ki chwazi a)

3 Fè Kesyonè sou Istwa moun yo (KI)

4 Fè ti Liv Seleksyon

5 Korije ti Liv Seleksyon an

6 Fè ti Liv Reperaj oubyen Prensipal la

7 Fè Egzèsis TVFP a

8 Anrejistre repons Egzèsis TVFP yo

9 Fè Egzèsis SOSNR la (anrejistre sou kasèt epi tayme)

10 Fè Egzèsis TELM nan (anrejistre sou ka sèt epi tayme)

11 Fè Egzèsis Seri Chif Annavan/Pabak la (anrejistre sou kasèt epi tayme)

12 Anregistre repons Egzèsis Seri Chif Annavan/Pabak la (anrejistre sou kasèt epi tayme)

13 Fè Egzèsis Eple a

14 Fè Sòti a

15 Revize Travay la pou wè si l fini, si l presi epi lizib

16 Bay Kòd Stati final la

17 Retounen dokiman yo bay <<Biwo Egzekitif Ankèt >> <<Non Peyi>> a

Kontinye sou paj annapre a

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 30Manyèl Anketè

Page 31: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Pwosedi Ankèt, Swit

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 31Manyèl Anketè

Page 32: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Dewoulman ankèt la

Pandan entèvyou a, se wou kap itilize enstriman ankèt yo. Sèten nan enstriman yo va itilize ak yon aparèy kasèt. Pandan sèten nan egzèsis yo wa va korije/anrejistre repons yo; pandan lòt egzèsis moun kap reponn kesyon yo va anrejistre repons yo. Divès fason pou itilize enstriman yo parèt nan tablo sa:

Enstriman Egzekite ak: Moun kap fè anrejistre repons yo

Kontak Kesyonè Moun ki abite kay la

Anketè

Kesyonè Istwa Moun yo Kesyonè Istwa Moun yo Anketè

Ti Liv Seleksyon Gid Egzekisyon Moun kap reponn nan

Ti Liv Reperaj oubyen Prensipal

Gid Egzekisyon Moun kap Reponn nan

Egzèsis Lekti

TVFP Kanè Nòt TVFP Anketè

SOSNR 1 ak 2 Gid/Kat Egzekisyon Aparèy Kasèt

TELM 1 ak 2 Gid/Kat Egzekisyon Aparèy Kasèt

Seri Chif Annavan/Pabak Fèy Anrejistreman Seri Chif Annavan/Pabak

Aparèy Kasèt + Anketè

Eple Gid Egzekisyon Moun ki pou Reponn

Sòti Gid Egzekisyon Anketè

Apre Entèvyou a Apre Entèvyou a, swiv etap annapre yo:

Etap Aksyon

1 Revize Lis Verifikasyon Anvlòp moun ki pou reponn nan epi asire w tout dokiman ranpli, lizib epi yo tout la.

2 Fin Ranpli Nòt Obsèvasyon entèvyou a – si nesesè

3 Fin Ranpli Rapò sou Entèvyou ki pat fèt yo – si nesesè

4 Mete tout dokiman ankèt yo nan Anvlòp Moun ki pou Reponn nan

5 Ajiste enfòmasyon nan Lis Kontwòl Travay yo bay Fè (LKTF)

6 Refrechi enfòmasyon nan Rapò sou Pwogrè ak Depans yo epi voye enfòmasyon sa bay Sipèvizè w.

7 Voye tout ka ki konplè yo bay <<Biwo Egzekitif Ankèt la>> chak lendi. Senk premye ka yo ta dwe voye bay Sipèvizè w pou garanti w ap obsève pwosedi kòrèk yo

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 32Manyèl Anketè

Page 33: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Pwosedi Ankèt, Swit

Kominike ak Sipèvizè w

Sipèvizè a se premye moun ou kominike avèk li pou tout pwosedi ankèt yo epi li la pou ede w.

Kontakte Sipèvizè w:

Si w bezwen nenpòt asistans sou pwosedi ankèt ak/oubyen si w jwenn ak difikilte oubyen sikonstans ou pa abitye;

Si w gen pwoblèm teknik ak Egzèsis Lekti yo;

Pou rapòte tout entèvyou ki pat fèt;

Pou rapòte transmisyon dokiman;

Pou rapòte pwogrè w ak depans ou (itilize chak semenn Rezime Rapò Anketè a sou Pwogrè ak Depans – Fòm 1);

Fè swivi Pwogrè Pandan peryòd ankèt la, Sipèvizè w va fè swivi pwogrè w ak depans ou, fè koreksyon nan kalite travay ki fin fèt yo epi va pwograme lè ki bon pou tout moun pou diskite nenpòt ki pwoblèm oubyen sitiyasyon yo pa wè souvan ki ka te rive.

Nan sèten sitiyasyon, Sipèvizè w ka transfere oubyen wete sèten ka nan travay ou gen pou fè a pou l ka respekte egzijans operasyon an. Yap fè w konnen si sitiyasyon sa ta rive.

Fòm Administrasyon

Ajiste enfòmasyon nan Lis Kontwòl Travay yo ba w fè (LKTF) regilyèman.

Fin ranpli Rezime Rapò sou Pwogram ak Depans Anketè a – Fòm 1 chak lendi epi rapòte pwogrè w fè bay Sipèvizè w;

Ranpli Fòm Transmisyon an chak fwa w livre kesyonè ak dokiman ki anrapò ak li bay Sipèvizè w, ak/oubyen <<Biwo Egzekitif Ankèt la>>;

Ranpli fòm pou Retounen Materyèl yo nan fen rasanblaj la, lè wap retounen materyèl ankèt la;

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 33Manyèl Anketè

Page 34: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Chapit 5

Kontak la

Enfòmasyon Jeneral

Seksyon Kontak Entèvyou a divize an de pati – premye kontak la ak antre a.

Egzekisyon Kontak la – Premye Kontak

Premye Kontak la, ki se premye pati entèvyou a, kapab fèt ak nenpòt moun responsab ki abite kay la.

Li gen seksyon annapre yo ladann:

Entwodiksyon Anketè Enfòmasyon pou Kontak Anrejistre moun ki manm fwaye a – enfòmasyon demografik (laj, eta sivil,

relasyon ak chèf/responsab moun ki abite kay yo, edikasyon ak sèks) Eseye konnen si yo elijib pou entèvyou, ak Kesyon jeneral konsènan moun ki manm fwaye a.

Yo ka jwenn enstriksyon spesyal pou anketè a ak enstriksyon pou yo li bay moun kap reponn nan nan Dokiman, ‘Enstriksyon Detaye sou Itilizasyon Materyèl Ankèt sou Alfabetizasyon an pandan Dewoulman l’.

Egzekisyon Kontak la – Antre

Antre a egzekite nan kòmansman entèvyou a ak moun yo chwazi pou reponn nan. Objektif la se:

Prezante ankèt la, konfidansyalite, Chwazi yon bon espas pou fè entèvyou a. Wap bezwen yon chanm ki pa

gen bri ak ase limyè pou moun ka li, yon biwo oubyen yon tab ak espas ki pa ankonbre pou travay sou li, epi de chèz. Asire w moun kap reponn nan chita anfas ou, lòt bò yon tab oubyen yon chèz, epi

Di moun kap reponn nan sèten aktivite ap nesesite itilizasyon yon aparèy kasèt ak yon taymè.

Yo ka jwenn enstriksyon spesyal pou anketè a ak enstriksyon pou yo li bay moun kap reponn nan nan Dokiman, ‘Enstriksyon sou Itilizasyon Enstriman pou Egzekite Ankèt sou Alfabetizasyon yo’.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 34Manyèl Anketè

Page 35: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Kontak la, Kontinye

Premye Kontak – Entwodiksyon Anketè

Kesyonè pou Moun ki manm fwaye a – Ranpli espas sa yo anvan w kòmanse entèvyou a.

NIMEWOED, NO FWAYE A Adrès ak Nimewo Telefòn fwaye a CO2. – Nimewo Int. Travay yo bay fè a

Bonjou, Mwen se <non anketè a> ki soti nan <<Biwo Egzekitif Ankèt la>> <<Non Peyi>> a.

ANKETÈ: Bay prenon w ak siyati w pou prezante tèt ou.

<<Biwo Egzekitif Ankèt>> <<Non Peyi>> a ap fè yon ankèt entènasyonal sou alfabetizasyon nan tèt kole ak <<Patnè>>.

Se fraz sa ki itilize pou prezante anketè a epi fè moun ki manm fwaye a/moun kap reponn nan konnen vizitè a se yon anketè <<Biwo Egzekitif Ankèt >> <<Non Peyi>> a.

Konfime Adrès M ta renmen konfime adrès ak nimewo telefòn ou. Èske se:

Ankèt sa mande pou w verifye se bon lojman an w kontakte. Si adrès la chanje oubyen gen yon fot òtograf nan yon pati nan adrès la, ajiste enfòmasyon nan Kesyonè sou Moun ki manm fwaye a, fin ranpli fòm chanjman adrès nan anvlòp Moun ki Reponn nan, epi ajiste enfòmasyon nan Lis Kontwòl Travay yo bay Fè. (LKTF).

Rejis S1

S2

S3

Mwen ta renmen chwazi yon moun pami moun ki abite kay ou a pou yon entèvyou. Ann kòmanse ak moun ki pi gran an, ki prenon ak ki siyati chak moun ki abite oubyen ki isit la kounye a epi ki pa gen yon lòt adrès kote lap viv abityèlman?

Èske gen moun ki abityèlman abite kay sa ki pa la kounye a paske yo lekòl, yal rann yon vizit, yap vwayaje oubyen yo lopital?

Èske gen lòt moun kap viv nan lojman sa ki abityèlman abite kay la antanke yon lòt fanmi w, yon moun ki lokatè, pansyonè oubyen anplwaye?

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 35Manyèl Anketè

Page 36: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Definisyon Moun ki abite yon kay

<<chak peyi va bay sans pa l >>

<<chak peyi va bay sans pa l>>Chèf moun ki manm fwaye a

Abite abityèlman Sonje, pou bezwen ankèt sa, “abite abityèlman” vle di yon moun ki abite nan yon kay

abityèlman pou yon peryòd 6 mwa youn dèyè lòt osnon plis.

Enfòmasyon Demografik

S4,5,6,7,8b,Sèks

Non moun nan, Laj, Eta Sivil, Relasyon ak moun ki Chèf moun ki manm fwaye a, edikasyon ak sèks

Kounye a w pral rasanble enfòmasyon demografik sou chak moun ki manm fwaye a ki sou lis la. Enfòmasyon demografik la gen ladann laj, eta sivil, relasyon ak chèf moun ki manm fwaye a, edikasyon, sèks.

Laj ak edikasyon se enfòmasyon obligatwa paske yo detèmine si moun kap reponn nan ap elijib pou ankèt la.

S5- Laj: Si moun kap reponn nan pa konn laj yon lòt moun ki manm fwaye a, chèche konnen si moun sa ki abite kay la elijib, sètadi sil ant laj 16 rive 65 lane. Anrejistre estimasyon an epi ekri yon nòt nan Paj 4 Kesyonè sou Moun ki manm fwaye a, nan seksyon Kòmantè yo ak sou Nòt Obsèvasyon Entèvyou a. Nap eseye detèmine si moun kap reponn nan ant laj 16 rive 65 lane, donk elijib. Si laj mwens pase 15 lane ale nan S7

S6- Eta Sivil- <<chak peyi va bay sans pal>>

S7- Relasyon ak moun ki chèf moun ki manm fwaye a- Ekri nimewo repons kòrèk la nan ti espas yo bay pou w dekri relasyon chak moun ak moun yo di sou lis la se li ki chèf moun ki manm fwaye a. Si moun ki fè pati moun ki manm fwaye a pa fin klè oubyen deside pou di kilès ki chèf moun ki manm fwaye a, sijere moun ki pi aje a oubyen moun kap fè lajan pote nan kay la. <<chak peyi va bay sans pal>>

S8b- Èske <non moun nan> fini fè Klas Segondè l? Si moun kap reponn nan pa konn nivo edikasyon yon lòt moun pami moun ki manm fwaye a, chèche konnen nivo dènye lekòl li te ladann nan, epi si moun sa ki pami moun ki manm fwaye a te fin fè tout ane etid ki gen nan nivo/lekòl sa, pou pèmèt ou detèmine si yo gen mwens oubyen plis pase nivo edikasyon segondè. Anrejistre repons la epi ekri yon nòt sou paj 4 Kesyonè pou Moun ki manm fwaye a nan seksyon Kòmantè yo ak sou Nòt Obsèvasyon Entèvyou yo.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 36Manyèl Anketè

Page 37: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Kontak la, swit

Seleksyon Moun ki pou Reponn nan

S9 Kounye a m pral chwazi moun ki pou pase entèvyou a.

Etap Aksyon

1. Detèmine elijiblite tout moun kap viv nan kay la, sètadi si yo ant 16 rive 65 lane.

2. Bay chak moun elijib nan kay la yon nimewo pou lis la.

3. Pran Fèy Echantiyon Kota, an kòmansan nan tèt rejis la, detèmine si premye moun pami sak abite nan kay la koresponn ak youn nan pwofil yap chèche sou Fèy Echantiyon Kota.

4. Si wi, pa egzanp mal, 16 rive 24, Edikasyon A oubyen B, fè entèvyou a.

5. Si non, kontinye desann nan lis la jouktan w jwenn yon moun ki ka reponn.

It is possible that due to the requirements of the survey and the constraints on the selection process, a dwelling could be deemed out of scope and no interview will be conducted.

S9 Lis nimewo moun yo chwazi

Etap Action

1. Antre nimewo lis moun kap reponn nan nan bwat Kesyon 9 sou Kesyonè pou Moun ki manm fwaye a.

2. Mete Fèy Echantiyon Kota ajou, bare non moun ki chwazi pou reponn yo ki sou fèy sa.

3. Kontinye jouktan yo fini ak tout kota yo.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 37Manyèl Anketè

Page 38: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Kontak la, Swit

Seleksyon Moun ki pou reponn, Swit

S10 Si se yon lòt moun ki pa moun kap reponn kounye a yo chwazi, alòs di moun kap reponn kounye a se <non moun ki pou reponn yo chwazi a> yo chwazi. Èske <moun yo chwazi pou reponn nan> disponib?

Si moun yo chwazi pou reponn nan disponib, refè prezantasyon ankèt la epi kontinye ak entèvyou a.

Randevou Si Moun ki pou reponn yo chwazi a pa disponib, pran yon randevou pou w ka kontinye yon lòt lè. Anrejistre enfòmasyon randevou yo nan Kesyonè pou moun ki manm fwaye a.

Ou pa kapab kontakte Moun yo chwazi pou reponn nan

Si w pa kapab kontakte moun yo chwazi pou reponn nan eseye jwenn moun ki dwe reponn nan. Anrejistre tout tantativ ki fèt pou jwenn moun ki pou reponn nan sou Kesyonè pou Moun ki manm fwaye a.

Nenpòt ki deplasman pou eseye jwenn moun ki pou reponn nan dwe otorize alavans pa <<Biwo Egzekisyon Ankèt la>>.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 38Manyèl Anketè

Page 39: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Kontak la, Swit

Entwodiksyon Ankèt la – Moun yo chwazi pou Reponn, Swit

Bonjou, mwen se … ki soti nan <<Biwo Egzekisyon Ankèt>> <<non Peyi a>> a.

ANKETÈ: Prezante tèt ou, bay prenon w ak siyati w tou.

<<Biwo Egzekisyon Ankèt >> <<Non Peyi a>> ap fè yon ankèt entènasyonal sou alfabetizasyon nan tèt kole ak << Non Patnè a>>

Rezilta ankèt la pral sèvi pou planifye pwogram lekti ki koresponn ak bezwen popilasyon <<Non Peyi a>>. Lap sèvi tou pou konpare bezwen <<Non Peyi>> yo ak pa lòt peyi kap fè yon etid parèy ak sa.

Rasanble anba Otorite Dekrè sou Statistik la <<Chapit>>.

Ankèt la gen plizyè pati ladann. Na va kòmanse ak yon Kesyonè sou Istwa Moun. Li ta dwe pran 15 minit pou fini. Apre sa ma ba w yon seri egzèsis lekti pou w fè.

Sèten pati ankèt la ap gen enpe lekti ladann. Poutèt sa, si nòmalman w pote linèt/… , wap bezwen yo pou fè ankèt la.

Nap bezwen itilize yon aparèy kasèt pou yon pati nan ankèt la.

Èske w gen kesyon?

Se entwodiksyon ankèt la pou moun yo chwazi pou reponn nan.

Si nou pap pale ak yon moun ki pale angle, Anketè a ta dwe eseye pale ak yon lòt moun pami moun ki manm fwaye a ki kapab, si sa enposib alòs anketè a paka kontinye.

Egzijans pou Sal travay la

Wap bezwen yon sal ki pa gen bri ladann epi ki gen ase limyè pou pèmèt moun li, yon biwo oubyen yon tab ak espas lib pou travay sou li epi de chèz. Asire w moun kap reponn nan chita anfas ou, lòt bò tab oubyen biwo a.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 39Manyèl Anketè

Page 40: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Kontak la, Swit

Premye Kontak – Kesyon Moun ki manm fwaye a

Objektif kesyon sou moun ki manm fwaye a se ede detèmine nivo sosyal ak ekonomik moun ki manm fwaye a epi pèmèt done yo klasifye ak analize dapre kentil lamizè yo.

Nenpòt moun ki manm fwaye a kapab reponn kesyon sa yo.

H1 What is the construction material of the outer walls of your drelling?

1 Bwa/Bwa Dèv2 Beton/Blòk3 Bwa ak Beton4 Wòch7 Nenpòt kisa (Eksplike …)

5 Brik/Blòk6 Playwoud8 Lòt materyo/Pa konnen

7 Nenpòt kisa – Savledi nenpòt ki materyo yo pa itilize nòmalman pou bati kay tankou tòl, katon, eks. Sèten moun ka itilize yon vye otomobil/kamyon, pa egzanp, pou abrite yo; oubyen viv anba yon pon oubyen yon lòt strikti yo pa abitye sèvi pou lojman. Materyo sa yo dwe antre nan kategori sa. Asire w ekri repons lan nan espas yo bay pou sa.

8 Lòt/Pa Konnen – Jan n te di anvan, kategori sa dwe itilize an dènye.

H2 Ki PRENSIPAL kalite enstalasyon twalet ki itilize nan kay sa?

1 Konfò Modèn (twalèt ki flòch) konekte ak egou2 Konfò Modèn (twalèt ki flòch) konekte ak tank Septik/Pwiza3 Latrin4 Latrin ki gen ouvèti5 Lòt (tanpri eksplike………….)6 Okenn

1 Konfò Modèn konekte ak yon egou se yon watè flòch oubyen klozèt ki plen ak dlo ki pase nan tiyo pou l al vide nan yon sistèm egou kap evakye l.

2 Konfò Modèn ki pa konekte ak egou sèvi ak dlo epi al devide nan yon tank septik oubyen yon pwiza. Se fason k pi popilè pou vide egou lè w konpare l ak opsyon 1.

3 Latrin – pa sèvi ak dlo.4 Lòt – nenpòt ki lòt kalite diferan ak sak sou lis pi wo a. Fòk yo ekri repons

sa.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 40Manyèl Anketè

Page 41: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Kontak la, Swit,

Kesyon sou moun ki manm fwaye a, Swit

H3 Ki kalite limyè kay sa plis itilize?

1 Gaz2 Kewozin3 Elektrisite – Piblik4 Kouran –Dèlko Prive

5 Lòt (Tanpri eksplike)6 Okenn

H4 Konben chanm inite lojman w lan genyen? (Pa konte twalèt, galeri, kizin, sal lesiv, balkon, grenye, koridò)

Kantite pyès kay

Yo defini yon chanm kòm yon kote k separe nèt ak rès inite lojman ak yon mi; men galeri, twalèt, ofis, koridò ak kizin pa konte ladann. Konte chanm, salon, chanmakouche, salamanje, sal kouti, bibliyotèk, depandans (kole oubyen dekole ak kay la). Si w jwenn yon pyès ak yon pòsyon separe ak rido kòm separasyon tanporè, tout espas la dwe konte kòm yon chanm. Si okontrè gen yon separasyon pèmanan ki divize atè a, ou dwe konte sa pou de chanm. Rido ak pèsyèn pa separe pyès kay, mi ak separasyon pèmanan fè sa. Chanmakouche se pyès ki sèvi sèlman pou dòmi. Mi chanmakouche yo dwe yon jan pèmanan. Yon chanm ki sèvi pou lòt aktivite lajounen epi pou dòmi leswa pa yon chanmakouche. Aranjman, pèsyèn k fèt nenpòt ki jan, eks. pa konte kòm yon pyès kay. Yon kay yon sèl pyès PA gen chanmakouche.

H5 Di si moun ki manm fwaye a posede nenpòt nan atik annapre yo. (Atik yo dwe nan bon kondisyon fonksyonman epi mèt pou nenpòt nan moun ki manm fwaye a?

Chwazi Tout sa k Aplike

1 Aparèy televizyon2 Frijidè3 Machin pou lave rad4 Telefòn – fiks pa kab

5 Recho elektrik/agaz6 Otomobil7 Aparèy Videyo/VCR/DVD 8 Fè arepase elektrik

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 41Manyèl Anketè

Page 42: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 42Manyèl Anketè

Page 43: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Chapit 6

Kesyonè sou Istwa Moun yo (BQ)

Istwa moun nan kay yo (IK) – Enfòmasyon Jeneral

Chapit sa bay enfòmasyon sou kòman pou ranpli Kesyonè sou Istwa Moun nan Kay yo (IK). Li gen tou enstriksyon ak klarifikasyon ki ka nesesè pandan entèvyou yo.

Se Anketè a ki itilize Kesyonè sou Istwa Moun ki nan Kay yo (IK) sou moun yo chwazi pou reponn nan nan chak kay yo chwazi pou ankèt la, yon fwa Premye Kontak la fin fèt.

Yap jwenn enstriksyon spesyal pou Anketè a ak enstriksyon pou yo li bay moun kap reponn nan nan dokiman, ‘Enstriksyon Detaye pou itilizasyon Enstriman Ankèt Alfabetizasyon an’.

Règ Jeneral Li obligatwa pou yo itilize kreyon 2B pou ranpli tout fòm ak kesyonè ankèt yo. Ni Anketè, ni moun kap reponn yo dwe sèvi ak kreyon sa yo <<Biwo Egzekisyon Ankèt la>> va bayo. Kreyon sa yo ideyal si Biwo Egzekisyon Ankèt la ta itilize skanè pou trete done yo.

Chwazi yon sèl repons pa kesyon, amwens yo ba w lòt enstriksyon. Kode tout sa k aplike.

Amwens yo ta bay enstriksyon diferan, kategori repons ki parèt ak lèt gra yo fèt pou li bay moun kap reponn nan.

Pou kesyon ki gen yon lis kategori repons yo deja bay (pa egzanp kesyon ki fèmen yo/ou reponn wi oubyen non), mete yon “X” nan kare a oubyen kare yo ki sou kote kategori repons apwoprie a. Si w fè yon erè epi w mete yon “X” nan move kare a, sèvi ak kreyon w pou w fin plen move kare a nèt epi mete yon “X” nan bon kare a.

Lè repons moun kap reponn nan pa koresponn ak ankenn nan opsyon ki nan lis la, mete yon “X” akote opsyon an, “Lòt (Presize)” epi anrejistre repons moun kap reponn nan espas yo bay pou fè sa. Tanpri anrejistre repons lan jan yo bay li a, yon fason klè, kout epi pwòp. Fè atansyon anpil ak kesyon ki mande repons detaye yo.

Opsyon “Pa konnen” ak “refize” yo ta dwe anrejistre sèlman nan dènye minit, lè yo pa resi jwenn bon repons apre anpil kesyonman. Pi fò moun kap reponn yo ap sonje dat, ane, eks. lè yo poze yo kesyon endirèkteman ak san presyon. Pou sèten kesyon w ka itilize Kat Repons Kesyonè sou Istwa Moun yo (KI) ki gen lis opsyon repons pou de oubyen plis kesyon.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 43Manyèl Anketè

Page 44: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Kesyonè sou Istwa Moun yo (BQ), Swit

Introduction Jan tit la sijere a, seksyon sa pale sou enfòmasyon demografik an jeneral. Enfòmasyon sa yo itilize nan/pou analiz rezilta ankèt la. Poutèt relasyon sere ki gen ant alfabetizasyon ak edikasyon seksyon sou pi wo nivo edikasyon an vin kritik pou mezire alfabetizasyon kòmsadwa.

Modil Kesyonè sou Istwa Moun yo (KI) gen ladan 9 seksyon/modil jan l ye annapre la:

Seksyon Sijè

Seksyon AA:

Enfòmasyon Premye Kontak

Seksyon A Istwa ak Edikasyon moun yo

Seksyon B: Enfòmasyon lengwistik

Seksyon C: Enfòmasyon sou Paran

Seksyon D: Aktivite sou mache travay la

Seksyon E: Pratik Alafabetizasyon ak kalkil nan travay ou

Seksyon F: Patisipasyon nan Edikasyon ak Aprantisaj

Seksyon G: Pratik Alfabetizasyon ak kalkil jeneralman, Kapital Sosyal ak Byennèt

Seksyon H: ATEK – Alfabetizasyon nan Teknoloji Enfòmasyon ak kominikasyon

Seksyon K: Enfòmasyon sou Moun ki manm fwaye a ak lajan k antre

Itilize chapit sa lè yon moun kap reponn bezwen klarifikasyon konsènan yon kesyon nan Kesyonè sou Istwa Moun yo (KI). Tout Anketè dwe abitye ak sa k anndan manyèl sa epi ta dwe toujou genyen l pre men yo pandan entèvyou yo.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 44Manyèl Anketè

Page 45: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Kesyonè sou Istwa Moun yo (KI), SwitPaj kouvèti

Moun kap reponn C01 Èske gen yon 3yèm moun te ede ranpli Kesyonè sou Istwa Moun nan?

Kesyon sa sèvi pou detèmine si moun yo te chwazi a te bay repons kesyonè sou istwa moun yo ak asistans yon lòt moun ki manm fwaye a oubyen yon entèprèt. Ankèt sa pa pèmèt yo fè entèvyou endirèk san patisipasyon moun yo te chwazi a. Li komen/fasil pou sitiyasyon sa rive nan ka kote konpetans langaj endividi/moun kap reponn yo chwazi a fèb, pa egzanp yo se imigran resan. Li akseptab pou yo pran repons sou KI ak asistans lòt moun ki manm fwaye a oubyen entèprèt. Sepandan yo pa pèmèt sa pou ti Liv Seleksyon an, Reperaj la oubyen Prensipal la. Ka sa yo moun yo chwazi a dwe ranpli ti Liv sa yo san asistans pèsonn.

SeksyonKOMANTÈ

Seksyon sa dwe itilize pou kòmantè, sousi ak difikilte yo rankontre pandan entèvyou sa menm. Lè yap pale de yon kesyon an patikilye nimewo kesyon an dwe mansyone anvan yo fè kòmantè a.

Pou Anketè a POU ANKETÈ A

Kalkile 12 mwa anvan entèvyou sa epi antre enfòmasyon annapre yo:

Soti:______________<mwa> <ane> Rive: ______________<mwa> <ane>

Nòt: ‘soti <mwa> <ane> rive <mwa> <ane>’ koresponn ak 12 mwa anvan entèvyou a. Pa egzanp si entèvyou ap fèt nan mwa jen 2012, alòs yo ta dwe konble espas yo soti mwa <jen> 2011 rive <me> 2012

Anketè a itilize pati ki di Pou Anketè a pou l kalkile peryòd referans entèvyou a. Peryòd referans sa va sèvi nan plizyè kesyon

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 45Manyèl Anketè

Page 46: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon AA: Enfòmasyon Premye Kontak

Laj AA1 Ki dat ou fèt?

Laj se yon enfòmasyon obligatwa, paske se li kap detèmine si moun kap reponn nan ap elijib pou ankèt la. Yo dwe fè tout efò pou jwenn enfòmasyon sa.

Si tout efò yo echwe, fouye pou konnen si moun ki reponn nan elijib pou ankèt la, sètadi si li/gason oubyen fi, gen 16 rive 65 lane. Anrejistre estimasyon an epi note li sou paj kouvèti Kesyonè sou Istwa Moun yo (IK) nan seksyon pou Kòmantè a ak nan Nòt sou Obsèvasyon Entèvyou a.

Mete jou, mwa ak ane a nan espas yo bay la, antre laj la nan espas yo bay la.

Sèks AA2 Èske moun kap reponn nan se yon gason oubyen yon fi? (Si se nesesè mande).

Chwazi ‘1’ pou ‘Gason’ epi ‘2’ pou Fi

Nòt: Nan kòmansman ak nan fen chak modil, anketè a dwe ranpli yon so Dat/Lè kap di ki dat ak ki lè modil la te kòmanse, ak ki dat ak ki lè modil la te fini respektivman (gade pi ba) So Dat/ Lè

AT1, BT1, CT1, DT1, ET1, FT1, GT1, HT1, KT1

Anketè, sil vou plè mete dat ak lè w kòmanse modil sa

Sa se yon enstriksyon sou jan Entèvyou a dwe fèt, yo pa dwe li l pou moun kap reponn nan. Enfòmasyon sa pral sèvi pou enfòme lòt ankèt menm jan ak li sou tan sa pran an mwayèn pou egzekite modil sa.

So Dat/ Lè

AT2, BT2, CT2, DT2, ET2, FT2, GT2, HT2, KT2

Anketè sil vou plè mete dat ak lè w te fini modil sa

Sa se yon enstriksyon sou jan Entèvyou a dwe fèt, yo pa dwe li l pou moun kap reponn nan. Enfòmasyon sa va sèvi pou enfòme lòt ankèt menm jan ak li sou tan sa pran an mwayèn pou egzekite modil sa.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 46Manyèl Anketè

Page 47: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon A: Istwa ak Edikasyon Moun yo

Premyèman, mwen ta renmen mande w kèk kesyon sou istwa w ak edikasyon w.

Fèt nan peyi <<Non Peyi>>

A1Èske w te fèt nan peyi <<Non Peyi>>?

Seleksyone ‘1’ pou ‘Wi’ ak ‘2’ pour ‘Non’. Si se ‘Wi’ oubyen ‘Refize’, al nan Kesyon A3. Opsyon ‘98- Refize’ ta dwe chwazi sèlman kòm dènye opsyon.

Depandan de echantiyon k chwazi a, ta ka pa gen ankenn moun ki elijib pou reponn nan yon sèten lojman.

Imigran A2 Nan ki ane w te vin viv an premye nan peyi <<Non Peyi>>?Mete ane a nan espas yo bay la. Opsyon ‘Pa konnen’ ak ‘Refize’ ta dwe chwazi kòm dènye opsyon.

Si pou reponn kesyon sa moun kap reponn nan di li te fèt nan peyi <Peyi>, alòs konfime se byen sa epi seleksyone ‘9996’ epi mete yon nòt sou paj kouvèti Kesyonè sou Istwa moun yo (KI) nan seksyon Kòmantè yo epi tou sou Nòt Obsèvasyon sou Entèvyou a epi kontinye entèvyou a. PA retounen nan kesyon A1 pou korije l.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 47Manyèl Anketè

Page 48: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Formal Education A3 Konbyen ane edikasyon fòmèl ou fini, kòmansan ak edikasyon nivo primè epi san konte ane w double nan menm nivo a. Konvèti nenpòt lekòl ou tale pat taym nan ekivalan foul taym li..

Pou kesyon sa, anrejistre kantite ane edikasyon fòmèl moun kap reponn nan fini ak siksè. Pa egzanp si moun kap reponn nan te nan Fòm 4/10yèm Ane nan Lekòl Segondè epi te kite lekòl anvan l te fini ane sa, anrejistre ‘09’ (pa egzanp 6 ane nan primè ak 3 ane nan Segondè). Sonje sa, malgre fòm 4/10yèm ane te pi gwo ane lekòl ki te fèt la, moun ki reponn nan se 9 ane lekòl li fin fè. Si moun ki reponn nan te kòmanse grad 1 nan Lekòl Primè men pat fini ane lekòl la, anrejistre ‘00’ pou ane lekòl li fini.

Opsyon ‘Pa konnen’ ak ‘Refize’ ta dwe chwazi kòm dènye opsyon.

Edikasyon fòmèl: Se sistèm edikasyon striktire ki gen yon klas apre lòt la, ki soti nan lekòl primè rive nan inivèsite, anplis etid akademik jeneral, yon seri pwogram ak enstitisyon spesyalize pou fòmasyon teknik ak pwofesyonèl foul taym.

Ane Akademik: tap ekivalan ak yon ane lekòl oubyen yon klas nan lekòl primè ak segondè. Nan twazyèm nivo a, se enstitisyon ki nòmalman detèmine longè ane akademik la (pa egzanp nan laplipa enstitisyon tèsyè/twazyèm nivo yo ane akademik la tap wit oubyen nèf mwa). Pou laplipa pwogram nan nivo tèsyè yo li posib pou detèmine longè nòmal foul taym pwogram nan. Yo dwe mande moun ki reponn ki te fini edikasyon yo pat taym pou yo estime kantite ane akademik foul taym ekivalan yo ta dwe pran pou fini pwogram nan.

Pi gwo nivo edikasyon lekòl

A4 Ki pi gwo nivo edikasyon w janm fini?

Chwazi nivo edikasyon k pi wo moun ki reponn nan rive ladann

Nivo edikasyon k pi wo w fini : Sa rapòte l ak pi wo nivo edikasyon k fin fèt nan nivo k pi avanse moun nan te frekante nan sistèm edikasyon an. Sa vle di moun ki reponn nan te pase dènye egzamen an; moun ki reponn nan te remèt dènye devwa, rapò oubyen pwojè oubyen te prezante tèz li ak siksè.

Egzanp nivo edikasyon moun ka rive se primè, segondè, apre segondè, diplòm tèsyè, premye degre, Mastè, Doktora.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 48Manyèl Anketè

Page 49: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon A: Istwa ak Edikasyon Moun yo, Swit

Pi gwo nivo Edikasyon, swit - ISCED 2011 Nivo (1/2)

Nivo ISCED

Nivo Edikasyon NòtEgzanp Lekòl/Pwogram

ISCED0 Pwogram edikasyon pou ti katkat – Pwogram yo prepare pou timoun ki gen mwens pase twa zan

Tout gadri piblik ak prive

Edikasyon anvan klas primè, ankontan Jadendanfan – Pwogram yo prepare pou timoun 3 zan rive nan laj pou kòmanse klas primè

Tout gadri piblik ak prive

ISCED1 Edikasyon primè Klas 1 rive 6 Tout lekòl primè piblik ak prive

ISCED2 Edikasyon Segondè enferyè ki ofri sitou pwogram jeneral

Fòm 1-3/ Klas 7 rive 9

Tout lekòl segondè piblik ak prive ak fòm 1 – 3 ak tout lekòl primè klas 7-9 (Pati Segondè lekòl Primè yo)

ISCED3 Pwogram segondè siperyè kap ofri sitou pwogram jeneral

Fòm 4 - 5/ Klas 10- 11

Tout lekòl segondè piblik ak prive ak fòm 4 ak 5 (segondè senyò, konplè)

ISCED4 Pwogram jeneral apre klas segondè men ki pa tèsyè – Pwogram kap bay eksperyans aprantisaj ki monte sou edikasyon segondè epi prepare moun pou antre sou mache travay la ak/oubyen edikasyon tèsyè. Kontni an pi laj pase edikasyon segondè men pa konplèks menm jan ak edikasyon tèsyè

Dire 2 zan (sètifika oubyen Diplòm nivo Asosye)

Divizyon Nivo A’ nan SALCC ak Vieux-Fort, Divizyon Edikasyon Kontini nan SALCC

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 49Manyèl Anketè

Page 50: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

ISCED4B Pwogram teknik/ apre segondè men ki pa tèsyè

Dire 2-3 zan (Sètifika, Diplòm oubyen Diplòm nivo Asosye)

Divizyon Edikasyon Teknik ak Etid Jesyon, Etid Sante, Agrikòl, Edikasyon Pwofesè nan SALCC, pwogram Ekonomi Domestik nan SALCC, Depatman apre segondè nan Vieux-Fort Kanpis B

ISCED4C Nivo apre segondè ki konsantre sou pwogram metye pou mache travay la sèlman

Pwogram Sant Nasyonal Devlopman Konpetans (NSDC).

ISCED5A Pwogram jeneral nivo tèsyè

Kou pou diplòm Lisans oubyen Metriz

Premye ane UW1 nan SALCC, Inivèsite West Indies ak lòt Inivèsite, UWIDITE, Pwogram Edikasyon Kontini nan SALC, Pwogram Edikasyon Delwen yo rekonèt

ISCED5B Pwogram teknik/metye tèsyè ki pèmèt gen kalifikasyon pwofesyonèl

Kou pou Lisans oubyen Metriz ak lòt kalifikasyon pwofesyonèl, pa egzanp ACCA, MBA, Enjenyè

Bachelors of Education pwogramme at SALCC and other universities, Medical Schools, Recognized distant education e.g. Sheffield and Leicester pwogrammes

ISCED6 Masters

ISCED7 Doctorate level pwogrammes

Universities overseas and Recognized Distant Pwogrammes

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 50Manyèl Anketè

Page 51: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon A: Istwa ak Edikasyon Moun yo, Swit

Pi wo nivo Edikasyon, swit- eksplikasyon kategori repons yo (1/2)

Sètifika oubyen diplòm teknik/metye: tèm sa itilize pou klase kou sou konpetans ki prepare stajyè pou travay ki pa nan nivo pwofesyonèl ni demi pwofesyonèl. Yon lekòl teknik/metye se yon enstitisyon edikasyon piblik ki ofri kou pou prepare moun pou jwenn travay nan yon okipasyon spesifik tankou operatè ekipman/anjen lou, mekanik ak refè wouss otomobil. Anpil Kolèj kominotè oubyen enstiti teknik ofri sètifika ak diplòm nan nivo metye.

Sètifika aprantisaj: Yon pwogram ki konbine fòmasyon sou plas (gras ak obsèvasyon epi pratik) ak peryòd fòmasyon teknik nan klas pou de titan kout, pou pwodi yon ouvriye byen kalifye nan yon metye. Anplwayè a siyen kontra pou l angaje anplwaye ak fòme yon apranti anba sipèvizyon yon ouvriye byen kalifye. Pou w vin apranti, abityèlman gen yon pwosesis enskripsyon fòmèl nan yon ministè oubyen yon depatman pwovens. Kòm egzanp nou ka site sètifika ouvriye kalifye nan fè manje, masonri, chapant finisyon, plonbye, ak ouvriye kalifye sou machin.

Kolèj Kominotè: Abityèlman se apre youn oubyen de zan etid yo bay sètifika oubyen diplòm Kolèj Kominotè. Sak vin annapre la se ekivalans nan ansyen sistèm edikasyon an:

Kolèj/seminè sou la Bib = bakaloreya (Pretriz) teyoloji Enfimyè = diplòm kolèj kominotè.

Diplòm inivèsite oubyen sètifika anba diplòm lisans: abityèlman sètifika inivèsite yo se pwogram 1 an ki bay yo epi yo ka fèt nan laplipa domèn etid.

Kategori sa aplike lè yon Depatman Edikasyon remèt yon sètifika anseyman nan yon enstitisyon yo apwouve tankou lekòl nòmal oubyen kolèj edikasyon.

Sa gen ladann sètifika oubyen diplòm yon asosyasyon pwofesyonèl bay si kou yo te pran nan yon inivèsite men li pat nesesè pou gen yon diplòm lisans anvan sa.

Diplòm lisans: Abityèlman yon diplòm ‘Lisans’ oubyen ‘diplòm endègradye’ se premye diplòm yon kolèj oubyen yon inivèsite bay. Diplòm onè pou lisans konte pami sa yo tou. Egzanp: B.A., B.Sc., B.Ed., B.A.Sc., ak B.Eng.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 51Manyèl Anketè

Page 52: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon A: Istwa ak Edikasyon Moun yo, Swit

Pi wo nivo edikasyon, swit- eksplikasyon kategori repons (2/2)

Diplòm oubyen sètifika inivèsite anlè diplòm lisans: Yap pale de posesyon yon sètifika oubyen diplòm inivèsitè ki piwo pase lisans, san konsidere si moun nan gen lòt kalifikasyon edikasyon ou non. Abityèlman yon moun gen mòd sètifika apre yon premye diplòm nan menm domèn etid la. Yo ka jwenn egzanp sètifika sa yo nan spesyalizasyon medikal yo, jeni aplike, teknoloji avanse oubyen kou kote diplòm lisans la te egzijans alavans.

Premye diplòm pwofesyonèl: Li gen ladann diplòm nan Dwa (LI.B.), medsin (M.D.), dantis (D.D.S.), medsen veterinè (D.V.M.) ak optometri (O.D.) yo pran nan yon inivèsite.

Diplòm Metriz: yon diplòm akademik ki pi wo pase yon lisans men pi ba pase yon doktora. An jeneral sa pran youn oubyen de zan pou fini yon diplòm Mastè apre w resevwa yon diplòm lisans. Egzanp: M.A., M.Sc., M.Ed., M.B.A., M.A.,Sc., M.Eng, Metriz Teyoloji/Divinite.

Diplòm Doktora: Yon diplòm ki otorize yon moun itilize tit Doktè a (pa egzanp doktora, D.Sc., D.Ed). Yo ka gen diplòm sa nan nenpòt ki gwo domèn etid epi li pran yon minimòm twa zan pou fini apre w resevwa yon diplòm Mastè. Doktora “Onorè” yo bay pou onore moun ki enpòtan pa dwe ladann.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 52Manyèl Anketè

Page 53: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon A: Istwa ak Edikasyon Moun yo, Swit

Pi wo nivo Edikasyon, Swit

A4(i) Èske w te janm kòmanse men PAT fini nenpòt ki etid pou yon sètifika, diplòm nivo apre segondè, lisans, metriz oubyen doktora?

Chwazi ‘1’ pou ‘Wi’ ak ‘2’ pou ‘Non’. Si se ‘Non’ oubyen ‘Refize’, al nan kesyon A6, sinon kontinye nan A5. Sonje, opsyon ’98 - Refize’ ta dwe chwazi kòm dènye opsyon.

Kesyon sa ap bay enfòmasyon sou kantite moun ki reponn ki te pran kèk kou apre segondè yo (ladann gen tèsyè ak sak pa tèsyè) men pat fini yon sètifika oubyen yon diplòm.

A5 Ki laj ou te genyen lè w te pran kou sa yo pou yon sètifika oubyen diplòm apre segondè, pou lisans, metriz oubyen doktora?

Anrejistre laj la pa ane nan espas yo bay pou sa. Si laj la mwens pase 15, tanpri verifye ak moun kap reponn nan epi mete yon nòt sou paj kouvèti Kesyonè sou Istwa Moun yo nan seksyon kòmantè yo epitou nan Nòt Obsèvasyon sou Entèvyou a, apre al nan A7.

Si moun kap reponn nan refize oubyen di li pa konn laj la chwazi ‘97’ pou ‘pa konnen’ oubyen ‘98’ pou ‘Refize’ epi apre al nan A7. Sepandan, opsyon ’97- pa konnen’ak ‘98- Refize’ ta dwe chwazi kòm dènye opsyon.

A6 Ki laj ou te genyen lè w te fini pi wo nivo edikasyon w? (_____________Anketè a mete pi wo nivo edikasyon k te fèt la)

Tyeke A4 pou pi wo nivo edikasyon k te fèt la epi mete l nan espas ki nan kesyon an.

Anrejistre laj la nan bwat yo bay pou fè sa yo. Si laj ki bay la mwens pase 15, tanpri verifye ak moun ki reponn nan epi mete yon nòt sou paj kouvèti Kesyonè sou Istwa Moun (KI) yo nan seksyon sou kòmantè yo ak nan Nòt sou Obsèvasyon Entèvyou a. Mete pi gwo nivo edikasyon k te fèt la nan nòt la tou.

Si moun kap reponn nan refize oubyen di li pa konn laj la, chwazi ‘97’ pou ‘Pa konnen’ oubyen ‘98’ pou ‘Refize’ epi al nan A7. Sepandan, opsyon ’97- Pa konnen ak ‘98- Refize’ ta dwe chwazi kòm dènye opsyon.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 53Manyèl Anketè

Page 54: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

A7 Anketè tyeke pwen sa yo. Éske pi gwo nivo edikasyon moun kap reponn nan fini nan Kesyon A4 la = Primè oubyen preskolè?

Nòt: Anketè tyeke pwen sa yo va parèt nan tout Kesyonè sou Istwa moun yo (KI) yo pa dwe li yo pou moun kap reponn nan. Repons yo bay pwen pou tyeke yo va detèmine dewoulman kesyonè a.

Si se ‘Wi’, chwazi ‘1’ epi ale nan A10, sinon chwazi ‘2’ pou ‘Non’ epi ale nan A8.

A8 Nan ki <mete mo kòrèk la sètadi pwovens, distrik, rejyon, oubyen eta> ou te nan lekòl segondè pou dènye fwa?

Chwazi kòd ki dwe aplike a.

Si dènye lekòl segondè moun ki reponn nan te frekante a se te lòt bò dlo, chwazi opsyon ‘tal Lekòl Segondè lòt bò dlo' oubyen 'Pa aplikab'

A9 Reflechi sou aprann matematik ak kijan yo te aprann ou matematik lè w te elèv nan lekòl segondè. Tanpri di m si w dakò anpil, dakò, pa dakò, oubyen pa dakò menm ak deklarasyon annapre sa: …

a) Mwen te renmen matematik lekòl.b) Mwen te konn gen bèl nòt nan matematik.c) Pwofesè yo te konn al twò vit kidonk mwen te konn pèdi anpil fwa. d) Mwen te konn konprann sak tap fèt nan matematik la.

Li chak deklarasyon bay moun kap reponn nan epi make kare ki koresponn nan dapre repons moun kap reponn nan te bay yo.

‘Pa gen opinyon’ ak ‘Refize’ ta dwe chwazi sèlman kòm dènye opsyon.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 54Manyèl Anketè

Page 55: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon A: Istwa ak Edikasyon Moun yo, Swit

Remedial Help A10 Èske w janm resevwa èd pou amelyore w oubyen kou spesyal pou ede w nan lekti nan lekòl ou nan nenpòt ki nivo etid?

Kesyon sa ap mande enfòmasyon sou èd pou amelyore jan wap li LEKÒL. Kidonk èd lakay ou, leson, eks. pa antre ladann.

Chwazi ‘1’ pou ‘Wi’ ak ‘2’ pou ‘Non’. Sonje, opsyon ‘8- Refize’ ta dwe chwazi sèlman kòm dènye opsyon.

Èd pou amelyore: vle di asistans anplis yo bay elèv la lekòl la menm nan lekti, men ki depase sa yo taka bali nan yon sitiyasyon klas ‘nòmal’. Egzanp ta gen ladann bagay tankou tan anplis ki pase anndan oubyen deyò klas la ak yon pwofesè oubyen yon èd pwofesè swa poukont ou oubyen nan yon gwoup, leson patikilye spesyal nan lekòl la, yon pwogram lekti spesyalize yo devlope lekòl la menm, ak lòt bagay.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 55Manyèl Anketè

Page 56: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon B: Enfòmasyon Lengwistik

Objektif Lang pami faktè ki afekte opòtinite yon endividi pou devlope konpetans lekti – tankou opòtinite pou patisipe nan aktivite aprann.

Lang yon moun chwazi itilize lakay li, lang yon moun te aprann an premye lè l te timoun, lanj yon moun pito itilize nan moman lap relaks, tout gen efè sou konpetans li. Konbine ak enfòmasyon sou pwòp evalyasyon moun (gason/fi) nan fè de konpetans li nan lang angle, seksyon sa pèmèt wè kijan pèsepsyon yon moun sou tèt li ak istwa l ka gen konsekans sou konpetans li (gason/fi)nan alfabetizasyon.

Premye Lang B1 Ki lang w aprann lakay ou an premye lè w te timoun epi w konprann toujou? (Make youn sèlman, amwenske de lang te aprann egzakteman menm lè a).

Note gen peyi ki ka mande pou kategori repons yo kòrèk sou plan nasyona epi ajoute lòt lang pou yo ka koresponn ak sitiyasyon nasyonal la.

Pa li kategori yo bay moun kap reponn nan. Si w li de premye kategori yo byen fò – Angle ak Kreyòl – sa ka fè yo rapòte mwens lòt lang pasee sak te genyen.

Di ki premye lang moun ki reponn nan te pale lè l te ti katkat.

Si moun ki reponn nan te pale plis pase yon lang antre plis pase yon kategori, si sèlman lang sa yo te itilize menm jan.

Si moun kap reponn nan bay yon lang yo pa jwenn pami repons kode alavans yo, tanpri chwazi ‘Lòt (presize)_______’ epi spesifye ki lang nan espas yo bay pou sa.

Sonje, opsyon ‘98- Refize’ ta dwe chwazi sèlman kòm dènye opsyon.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 56Manyèl Anketè

Page 57: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Lang ou pale pi souvan

B2 Ki lang ou pale pi souvan lakay ou? (MAKE YOUN SÈLMAN)..

Note gen peyi ki ka mande pou kategori repons yo apwopriyet sou plan nasyonal epi ajoute lòt lang pou yo ka koresponn ak sitiyasyon nasyonal la.

Pa li kategori yo bay moun kap reponn nan. Si w li de premye kategori yo byen fò – Angle ak Kreyòl – sa ka fè yo rapòte mwens lòt lang pase sak te genyen.

Antre yon sèl opsyon sèlman. Si yon moun kap reponn di gen plis pase yon sèl, mande l (gason/fi) pou l di kilès ki prensipal la.

Kesyon sa konsène lang moun ki reponn nan pale pi souvan. Li pa ta dwe entèprete tankou lang tout manm fanmi an pale pi souvan. Li trè posib diferan manm fanmi pale diferan lang (paegzanp Ti moun lang kreyòl ka pale angle pi souvan alòs ke paran yo plis pale kreyòl).

Si moun ki reponn nan abite poukont li, di ki lang li itilize chak jou.

Seksyon B: Enfòmasyon Lengwistik, Swit

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 57Manyèl Anketè

Page 58: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon C: Enfòmasyon Paran

Objektif Yo rasanble enfòmasyon sou paran yo pou yo ka bay endikasyon sou sipò kay la te ofri pou akizisyon konpetans.

Sa fè lontan yap di okipasyon ak edikasyon paran yon moun ka gen yon efè sou konpetans moun sa. Seksyon sa ap eseye kalkile enpak sa.

Fi ki Responsab Kesyon annapre sa yo (C1- C4) konsène manman w/fi ki responsab ou a.

Fèt nan peyi a C1 Èske manman w/fi ki responsab ou a te fèt nan peyi <<Non Peyi>>?

Chwazi ‘1’ pou ‘Wi’ oubyen ‘2’ pou ‘Non’ epi avanse sou kesyon C2.

Sonje, opsyon ‘3- Pa konnen’ ak ‘8- Refize’ ta dwe chwazi sèlman kòm dènye opsyon, nan ka sa avanse sou kesyon C2.

Chwazi ‘7- Pa aplikab’, si moun kap reponn nan XXXXXXXXXX

Fi ki Responsab: sa vle di moun ki te plis tankou yon manman pou moun kap reponn nan. Li gen dwa yon manman biyolojik, manman adoptif, bèlmè, yon manm fi nan fanmi an oubyen yon gadyen tribinal nonmen.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 58Manyèl Anketè

Page 59: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Pi wo nivo l te rive Lekòl C2 What was the highest level of education that your mother/ female

guardian ever completed? (MARK ONE ONLY).Countries will have to derive national questions that allow them to Kòd to the following ISCED97 levels: levels 1 and 2; levels 3 and 4; levels 5A, 5B, 6.

Highest level of education: This refers to the highest level of education the female parent has attained (see A4).

Travay Prensipal

C3 Kisa k te travay prensipal manman w/fi responsab ou a lè w te gen 16 zan? (pa egzanp, pwofesè, enfimyè, sèvez restoran, vandèz).Tanpri ekri non travay la

Travay prensipal: pou paran yo sa ta dwe travay kote yo pase plis tan pa semenn lè moun kap reponn nan te gen laj16 zan. Travay prensipal pa gen anyen pou l wè ak ki travay ki te rapòte plis revni, ki travay ki dire plis semenn pa ane, oubyen ki travay yo te ret ladann pi lontan.

Tit travay: evite non okipasyon jeneral tankou manadjè, komi oubyen kiltivatè. Repons kòrèk yo ta pi spesifik tankou kontab endistriyèl sètifye, komi nan stòk, vandè, enjenyè sivil, elvè vach, kiltivatè sereyal, pwofesè lekòl primè, manadjè bank, manadjè rejyonal vant.

Deskripsyon DyòbC4 Kisa manman w/fi responsab ou a te konn fè nan travay prensipal li

a? (pa egzanp fè lekòl primè, okipe pasyan nan yon lopital, travay nan yon otèl, vann machandiz nan mache).Tanpri eksplike kisa l te konn fè nan travay sa.

Job description: get a full description what the parent did in their job. Descriptions must always reflect the most important activities or duties of the job. For example, stocking shelves, keeping track of costs and payments, looking after sick animals, caring for sick people, fixing sore teeth, building roads, and bridges, etc.

Gason k te Responsab ou

Lòt grenn kesyon ki vin annapre yo (C5- C8) konsène papa w/gason responsab ou a.

Fèt nan peyi aC5 Èske papa w/gason responsab ou a te fèt nan peyi <<Non Peyi>>?

Chwazi ‘1’ pou ‘Wi’ oubyen ‘2’ pou ‘Non’ epi avanse nan kesyon C2.

Sonje, opsyon ‘3- Pa konnen’ ak ‘8- Refize’ ta dwe chwazi sèlman kòm dènye opsyon, nan ka sa avanse nan kesyon C2.

Chwazi ‘7- Pa aplikab’, si moun ki reponn nan XXXXXXXXXX

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 59Manyèl Anketè

Page 60: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Gason k te Responsab: konsène yon moun sèks mal ki te plis tankou yon papa pou moun kap reponn nan. Li ka yon papa byolojik, yon papa adoptif, yon bòpè, yon gason ki manm fanmi an oubyen yon gadyen gason tribinal la te nonmen.

Pi wo nivo l te rive Lekòl C6

Kisa k te pi wo nivo edikasyon papa w/gason responsab ou a te janm fin fè? (MAKE YOUN SÈLMAN).

Pi wo nivo edikasyon: Sa konsène pi wo nivo edikasyon paran gason an te janm rive fini. (gade A4).

Travay prensipalC7

Kisa k te travay prensipal papa w/gason responsab ou a lè w te gen 16 zan? (pa egzanp, pwofesè lekòl, mason, kiltivatè).Tanpri ekri non travay la

Travay prensipal: pou paran yo sa ta dwe travay kote yo pase plis tan pa semenn lè moun kap reponn nan te gen laj16 zan. Travay prensipal pa gen anyen pou l wè ak ki travay ki te rapòte plis revni, ki travay ki dire plis semenn pa ane, oubyen ki travay yo te ret ladann pi lontan.

Tit travay: evite tit pozisyon jeneral tankou manadyè, komi oubyen kiltivatè. Repons kòrèk yo ta pi spesifik tankou kontab endistriyèl sètifye, komi nan stòk, vandè, enjenyè sivil, elvè vach, kiltivatè sereyal, pwofesè lekòl primè, manadyè bank, manadyè rejyonal vant.

Deskripsyon Travay C8

Kisa papa w/gason responsab ou a te konn fè nan travay prensipal li a? (pa egzanp fè lekòl pou elèv lekòl primè, mason sou yon chantye, kiltivatè nan plantasyon bannann).Tanpri eksplike kisa l te fè nan travay sa.

Deskripsyon Travay: fè yo ba w yon eksplikasyon konplè de kisa paran an te konn fè nan travay li a. Eksplikasyon an dwe pale de aktivite oubyen travay ki te pi enpòtan nan dyòb la. Pa egzan, ranplase machandiz sou etajè, swiv depans ak peman, swen bèt malad, swen moun malad, ranje dan kap fè moun mal, konstwi wout, ak pon, eks.

Fi/gason responsab: konsène moun ki te plis tankou yon manman oubyen papa pou moun kap reponn nan respektivman. Se gen dwa yon paran byolojik, yon paran adoptif, yon bèlmè/bòpè, yon manm fanmi an oubyen yon responsab tribinal nonmen.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 60Manyèl Anketè

Page 61: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon C: Enfòmasyon Paran, Swit

Travay Prensipal, Swit

Travay prensipal: pou paran yo sa ta dwe travay kote yo pase plis tan pa semenn lè moun kap reponn nan te gen laj16 zan. Travay prensipal pa gen anyen pou l wè ak ki travay ki te rapòte plis revni, ki travay ki dire plis semenn pa ane, oubyen ki travay yo te ret ladann pi lontan.

Tit travay: evite tit pozisyon jeneral tankou manadyè, komi oubyen kiltivatè. Repons kòrèk yo ta pi spesifik tankou kontab endistriyèl sètifye, komi nan stòk, vandè, enjenyè sivil, elvè vach, kiltivatè sereyal, pwofesè lekòl primè, manadyè bank, manadyè rejyonal vant.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 61Manyèl Anketè

Page 62: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon D: Aktivite sou mache travay la

Entwodiksyon Si w gen yon dyòb ki peye byen epi mete anvalè konpetans ou, sa depann de konpetans ou genyen yo. Kalite travay wap fè yo ak stablite dyòb ou a se yon faktè enpòtan pou mezire enpak ekonomik konpetans yo.

Sitiyasyon Travay D1 Kounye a m ta renmen pale de sitiyasyon travay ou. Kisa sitiyasyon travay ou ye kounye a? Èske kounye a ou … (MAKE YOUN SÈLMAN). Yo ta dwe li kategori Repons yo

Anplwaye – Vle di ‘Ap travay nan yon dyòb oubyen nan yon biznis’, al sou paj anfas la pou yon definisyon anplwaye.

Travay ak tèt ou: yon moun kap travay dirèkteman pou limenm. Yon moun kap travay ak tèt li ka oubyen ka paka genyen yon biznis, yon fèm agrikòl oubyen yon biwo pwofesyonèl. Egzanp moun kap travay ak tèt yo ka gen ladan yo yon gason ak stidyo bote pa l, yon fanm ak klinik li kote l pratike medsin. Egzanp moun kap travay ak tèt yo ki pa posede yon biznis ta ka yon menajè kap travay pou yon sèten kantite moun lakay yo, yon ekriven kap ekri pou kòb, yon moun kap livre jounal, travayè atoufè ak bebisitè kap travay pou yon sèten kantite moun

Lòt bagay (spesifye) gen ladann bagay annapre sa yo:

Yon maladi ki dire anpil tan oubyen andikape, Pèdi travay, Konje sabatik, Fè travay volontè, Moun kap viv sou lajan yo te envesti.

Anvan w mete kategori sa, chèche konnen pou asire w se la repons lan dwe ye. Repons tankou “boule piti piti” ka vle di sitiyasyon yo ta dwe mete ‘’pap travay’’ oubyen ‘’pran retrèt’’ pou yo.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 62Manyèl Anketè

Page 63: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon D: Aktivite sou mache travay la, Swit

Te nan yon Travay oubyen yon Biznis

D2 Èske w te travay nan yon dyòb oubyen yon biznis nenpòt ki moman pandan 12 dènye mwa sa yo; sa vle di soti <mwa ak ane> rive <mwa ak ane> (san konsidere kantite lè pa semenn nan)? TANPRI METE KÒM TAN TRAVAY TAN K PRAN POU VAKANS, MALADI, KONJE MATÈNITE/PATÈNITE, GRÈV AK GRÈV PATWON.

Travay nan yon dyòb oubyen yon biznis’ vle di nenpòt ki aktivite moun kap reponn te fè pou kòb oubyen pwofi epi gen ladann ‘peman ki pa lajan’ (peman ak machandiz oubyen sèvis alaplas lajan).

GEN LADANN:

Tan k pase nan ‘fòmasyon sou plas’ si moun nan ap resevwa lajan nan men anplwayè a pou machandiz oubyen sèvis li pwodi pandan fòmasyon an (pa egzanp apranti, etidyan dwa ki stajyè, entèn, eks.)

Tan yon moun kap reponn ki pat touche lajan nan nenpòt ki aktivite ki kontribye dirèkteman pou fè biznis lan mache, fèm agrikòl oubyen yon aktivite pwofesyonèl yon manm fanmi an posede oubyen ap fè mache.

Konje matènite/patènite. Li gen ladann moun kap resevwa benefis pou konje matènite.

Grèv kap fèt oubyen patwon k fèmen travay la. Konje maladi pou yon ti bout tan (pa pèmanan) ak tan k

pran pou al nan vakans.

PA GEN LADANN:

Tan k pase nan ‘fòmasyon sou plas’ lè lajan yo resevwa pa gen rapò ak machandiz oubyen sèvis ki pwodi yo, men se yon senp frè pou pèmèt moun nan resevwa fòmasyon an (pa egzanp moun kap etidye pou vin enfimyè, rezèvis nan lame).

Tan k pase nan pwogram fòmasyon adilt kap fèt sou inisyativ gouvènman (pa egzanp pwogram yo planifye pou pèmèt adilt kalifye pou travay) si fòmasyon sa fèt anndan klas sèlman epi moun nan pap travay nan yon dyòb oubyen yon biznis.

Travay volontè san salè pou òganizasyon tankou Kwa Wouj, lopital nan z, eks.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 63Manyèl Anketè

Page 64: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon D: Aktivite Moun kap travay

Travay nan yon dyòb oubyen yon Biznis, swit

Pou moun kap reponn ki travay ak tèt yo:

GEN LADAN LI:

Tan k pase nan chèche kliyan potansyèl aktivman, prepare estimasyon, kotasyon oubyen pwopozisyon, eks.

Tan k pase nan fè biznis mache, fè travay pwofesyonèl, oubyen fèm agrikòl menm si pat gen vant ki te fèt, ankenn sèvis pwofesyonèl pat bay oubyen pat gen anyen k te pwodi reyèlman.

Tan k pase nan aktivite konsènan ouvri yon nouvo biznis, fèm agrikòl oubyen yon biwo pwofesyonèl.

Tan yon moun ki mèt epi ap jere biznis li oubyen fèm agrikòl li depanse, menm si fizikman li pa kapab fè travay la.

D3 Ki dènye fwa w travay nan yon dyòb oubyen yon biznis?

Travay pandan yon mwa

D4

D5

D6

Pandan 12 dènye mwa yo: sa vle di, depi <<mwa ak ane>> rive <<mwa ak ane>>, èske w travay pandan chak mwa (omwens 8 èdtan chak mwa)? SONJE POU OU METE KOM TRAVAY TAN OU PRAN POU VAKANS, MALADI, KONJE MATÈNITE/PATÈNITE, GRÈV AK GRÈV PATWON.

Pandan ki mwa ou te travay (omwens 8 èdtan chak mwa) SONJE POU OU METE KOM TRAVAY TAN OU PRAN POU VAKANS, MALADI, KONJE MATÈNITE/PATÈNITE, GRÈV AK GRÈV PATWON.

Pandan ki mwa ou te travay pandan tout mwa a, sa vle di, omwens 8 èdtan chak semenn epi pandan ki mwa ou te travay pandan yon pati nan mwa a?

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 64Manyèl Anketè

Page 65: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon D: Aktivite Moun kap travay

Travay nan yon dyòb oubyen yon Biznis

D7 Pandan 12 dènye mwa yo, èske w te plis travay foul taym, sa vle di 35 èdtan nan yon semenn oubyen plis oubyen ou te travay pat taym, sa vle di mwens pase 35 èdtan pa semenn?

Foul taym: vle di travay pandan 35 èdtan oubyen plis pandan yon semenn.

Pat taym: vle di travay pandan 34 èdtan oubyen mwens pandan yon semenn.

Si moun kap reponn kesyon an travay foul taym ak pat taym an menm tan, antre “foul taym”.

Si moun kap reponn kesyon an travay pandan 35 semenn pat taym epi pandan 15 semenn foul taym, antre “pat taym”.

San travay D9

D10

Èske w pat gen travay pandan yon semenn oubyen plis tan pandan 12 dènye mwa yo paske w chanje konpayi?

Pandan ki mwa ou pat gen travay pandan yon semenn oubyen plis paske w chanje konpayi?

Leyòf pou yon bout tan

D11

D12

Èske w pat al travay pandan yon semenn oubyen plis pandan 12 dènye mwa yo paske yo te leyòf ou pou yon bout tan?

Pandan ki mwa yo te leyòf ou pou yon bout tan?

Leyòf pou yon bout tan: patwon moun kap reponn nan ka ranvwaye li pou yon bout tan paske pwodiksyon an tonbe, te kanpe pandan yon moman oubyen paske biznis la diminye. Ni patwon an ni moun kap reponn kesyon an pa oblije konnen konbyen tan sa ap pran, men moun kap reponn kesyon an gen espwa lap retounen nan travay li. Pa egzanp, yon moun kap vann òdinatè ki ranvwaye paske gen yon pwoblèm ekipman nan izin pwodiksyon an; yon sèvant kap travay nan yon otèl ki pap travay paske gen yon grèv nan yon lòt pati endistri a.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 65Manyèl Anketè

Page 66: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon D: Aktivite Moun kap travay

Chèche travay D13

D14

Èske w te chèche travay pandan 12 dènye mwa yo, sa vle di chèche yon nouvo travay oubyen youn ki diferan?

Pandan ki mwa ou te chèche travay?

Chèche travay: Youn oubyen plizyè mwayen pou chèche yon nouvo travay oubyen pou chanje travay. Pa egzanp: Gade anons pou travay, verifye ak patwon oubyen yon ajans plasman piblik, verifye ak zanmi oubyen fanmi, chèche sou Entènèt. Moun kap travay ak tèt yo kap chèche kontra travay pa antre nan kategori sa pou kesyon sa.

Travay Prensipal D18

D19

D20

D21

D23

D24

Kesyon ki annapre yo sou dènye travay oubyen dènye konpayi kote w travay. Nap rele li travay prensipal.

Kesyon ki annapre yo sou travay oubyen konpayi kote w travay pou PLIS LÈ pandan dènye 12 mwa yo. Nap rele li travay prensipal ou.

Kesyon ki annapre yo sou travay oubyen konpayi kote w travay PLIS LÈ pa semenn kounye a. Nap rele li travay prensipal ou.

Kilè w kòmanse travay sa oubyen kòmanse travay ak konpayi sa?

Èske w toujou nan travay sa oubyen ak konpayi sa?

Ki dènye fwa w te ale fè travay sa oubyen te ale nan konpayi sa?

Travay prensipal: travay kote moun kap reponn kesyon an travay plis lè pandan 12 dènye mwa yo. Travay prensipal la pa vle di travay ki pote plis lajan, travay kote li pase plis semenn nan yon ane oubyen travay li ladan l depi pi lontan.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 66Manyèl Anketè

Page 67: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon D: Aktivite sou Mache travay la, Swit

Non Anplwayè a D25 Pou kiyès ou te/w ap travay (NON BIZNIS, DEPATMAN GOUVÈNMAN, OUBYEN MOUN)

Pou kiyès ou te travay: Ekri egzakteman tout non konpayi, biznis, depatman oubyen ajans gouvènman, biwo pwofesyonèl, fèm agrikòl oubyen patwon kay prive moun kap reponn kesyon an te travay pou yo.Non konpayi: ekri egzakteman tout non konpayi a, men pa ekri non sipèvizè, chèf ekip oubyen pwopriyetè a. Si moun kap reponn kesyon an travay pou yon patwon tankou yon dantis, avoka oubyen yon entreprenè ki travay nan konstriksyon ki pa gen yon non pou konpayi li a, ekri non pwòpryetè a. Anplwaye gouvènman: ekri depatman spesifik kote moun kap reponn kesyon an te travay.Travay ak tèt li: ekri non bizniz la si gen youn (tankou Elgin Barber Shop, Capital Construction oubyen pwòp non moun kap reponn kesyon an (egz. John Smith: Kontab)). Pa ekri “poukont li”oubyen travay ak tèt li”. Plis pase yon patwon: mete non patwon an pou travay prensipal la.

Si moun kap reponn kesyon an pap travay nan moman, li dwe di kisak te travay prensipal li a pandan li tap travay la. Si moun kap reponn kesyon an gen plis pase yon travay pandan 12 mwa ki sot pase yo, li dwe deklare travay prensipal la.

Kategori Biznis, Endistri oubyen Sèvis

D26 Ki kategori biznis, endistri oubyen sèvis li te ye/li ye? (bay deskripsyon konplè, egz. magazen pou konsève pwason, shòp pou repare machin, gouvènman lokal).

Kategori Biznis, Endistri oubyen Sèvis: Dekri ki kalite biznis, endistri oubyen sèvis kote moun kap reponn kesyon an te travay. Pa repete non konpayi ki anplwaye li a. Bay yon deskripsyon egzak sou endistri a, epi ekri yon fonskyon jeneral ak spesifik pou konpayi ki anplwaye l la. Pa egzanp: min kwiv, izin stilo lank, magazen manje angwo, magazen liv, sèvis konstriksyon wout ak repare soulye.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 67Manyèl Anketè

Page 68: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon D: Aktivite sou Mache travay la

Kategori Travay D27 Ki kategori travay ou tap/ap fè nan travay sa? (bay deskripsyon konplè oubyen tit ou, egz. anplwaye biwo, pwofesè lekòl primè, enfimyè pou timoun.)

Kategori travay: vle di travay moun kap reponn kesyon an fè. Repons la dwe plis pase tit travay la. Evite tit tankou manadyè, anplwaye biwo, oubyen fèmye. Deskripsyon an dwe toujou eksplike sa ki pi enpòtan nan travay moun kap reponn kesyon an. Pa egzanp, kontab ap kontab sètifye ki spesyalize nan endistri, anplwaye biwo ap anplwaye biwo ki travay nan vant, fèmye ap fèmye ki pwodi lèt, epi manadjè ap manadjè rejyonal responsab vant.

Aktivite ak responsablite ki pi enpòtan

D28 Kisa ki aktivite oubyen responsablite ki pi enpòtan? (Bay yon deskripsyon konplè, tankou ranpli dokiman.)

Aktivite ak responsablite ki pi enpòtan: deskripsyon an dwe toujou eksplike aktivite oubyen reponsablite ki pi enpòtan nan travay moun kap reponn kesyon an. Pa egzanp, mete pwodi sou etajè, kenbe enfòmasyon sou depans ak peman, swen bèt ki malad, okipe moun ki malad, ranje dan ki fè mal, konstwi wout ak pon.

Pozisyon nan travay

D29 Kisa ki pozisyon w nan travay ou? Èske w/ ou te…

Adrès travay D30

D31

D33

Konbyen moun ki te/ ki anplwaye nan adrès kote w travay (te travay) la? Èske li ta mwens pase 20, 20 rive 99, 100 rive 499 oubyen 1000 epi plis?

Èske konpayi ki anplwaye ou a te/ap opere nan plis pase yon adrès nan <<Non Peyi>>?

Ki kantite total moun ki te/ki anplwaye nan tout adrès yo? Èske li te ka pi piti pase 20, 20 rive 99, 100 rive 499, 500 rive 999, 1000 oubyen plis?

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 68Manyèl Anketè

Page 69: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon D: Aktivite sou Mache Travay la

Kantite lè nan travay

D34

D35

D36

D37

Konbyen mwa nan yon ane w jeneralman te/travay nan travay oubyen konpayi sa? SONJE POU W METE KÒM TRAVAY TAN W PRAN POU VAKANS, MALADI, KONJE MATÈNITE/PATÈNITE, GRÈV AK GRÈV PATWON.

Èske w jeneralman te/ap travay chak semenn nan mwa pou travay oubyen konpayi sa? SONJE POU W METE KÒM TRAVAY TAN W PRAN POU VAKANS, MALADI, KONJE MATÈNITE/PATÈNITE, GRÈV AK GRÈV PATWON.

Konbyen semenn anviwon w te/ap travay nan yon mwa pou travay oubyen konpayi sa?

Konbyen èdtan pa semenn ou jeneralman te/ap travay nan travay oubyen konpayi sa?

Nan kèk travay, kantite lè ki travay chak semenn ka varye dapre peryòd nan ane a. Nan ka sa yo, eseye detèmine mwayèn lè ki peye ak lè ki pa peye nan yon ane.

Salè D39

D40

D41

D42

D43

Ki mwayen k pi fasil pou w di nou salè nòmal ou pou travay sa? Èske se pa è, semenn, mwa oubyen yon lòt baz?

Konbyen jou pa semenn ou te/ap travay jeneralman nan travay oubyen konpayi sa?

Kisa ki te/ki salè w anvan taks ak tout lòt dediksyon nan travay sa (ekri tèks la jan li ekri nan D39, egz, pa è, pa semenn, eks)? Lè w konsidere tep ak komisyon?

Anviwon konbyen yo te/ yo peye w pa mwa nan travay sa? Lè w konsidere tep ak komisyon epi anvan taks ak dediksyon?

Kisa ki te/ki revni pèsonèl ou apre taks chak ane ou anvan taks ak dediksyon ki soti nan konpayi a – sa vle di, apre tout depans konpayi a?

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 69Manyèl Anketè

Page 70: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon D: Aktivite sou Mache Travay la

Salè, swit Salè: Nap mande pou salè anvan taks ak lòt dediksyon. Moun kap reponn kesyon an ka chwazi nenpòt ki peryòd ki pi fasil pou l ka bay enfòmasyon ki kòrèk la. Si moun kap reponn kesyon an paka bay enfòmasyon sou salè li anvan taks ak dediksyon, nap aksepte salè nèt men repons lan dwe ekri nan kesyon D43.

Ladann pa gen jwèt paryaj, lajan ki genyen nan loto, lajan ki erite pandan ane a yon sèl kou, peman lwaye, ranbousman taks, ranbousman sou taks pwopriyete, ranbousman sou kontribisyon pansyon, peman k soti nan komite sendika pou grèv ak maladi, eks.

Bonis: nan kèk sitiyasyon yo peye salè sou fòm chèk pou salè regilye epi bonis pa peryòd ki baze sou pèfomans nan travay. Nan ka sa yo, bonis yo dwe konte pou peryòd pèfomans ki peye a, epi salè pou menm peryòd la dwe ajoute sou li.

Tep ak komisyon: kèk moun kap reponn kesyon ka pa asire sou kijan pou yo ajoute tep, bonis ak komisyon nan salè yo. Nenpòt ki tep, bonis oubyen komisyon dwe konte pou peryòd yo resevwa yo a epi salè pou menm peryòd la dwe ajoute sou li;

Egzanp:Andy se yon sèvè; yo peye li chak de semenn. Tep li varye chak semenn. Pou w jwenn bon repons lan, ajoute tep li resevwa pandan de semenn. Ajoute montan sa sou salè regilye li pou jwenn salè li pou de semenn.

Nòt: Sa aplike pou salè pa semenn, pou chak de semenn, chak kenz jou, chak mwa ak chak ane.

Chak ane: salè an dwe koresponn ak 12 dènye mwa yo, menm si moun kap reponn kesyon an pa travay pandan tout 12 mwa yo, (egz. moun kap reponn kesyon an kòmanse travay kèk mwa anvan ankèt la). Montan ki ekri a dwe koresponn ak sa moun kap reponn kesyon an touche nomalman, si li te travay pandan tout 12 mwa yo.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 70Manyèl Anketè

Page 71: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon E: Itilizasyon Konesans Li ak Ekri nan travay

Objektif Kesyon ki nan seksyon sa konsène itilizasyon konesans nan travay ak andeyò travay oubyen lekòl – spesyalman pratik lekti ak kalkil.

Sèten travay mande plis konesans, sèten mande mwens. Kalite travay lekti ak kalkil travay ou mande w fè chak jou ka gen yon gwo efè sou jan w devlope konesans sa yo. Sa ki rive, lè wap pran laj, se travay ou fè nan travay ou ki pèmèt ou kenbe konesans ou te aprann lekòl lè w te jèn.

Kesyon ki annapre yo sou aktivite lekti, ekri ak matematik ou fè nan travay prensipal ou an – keseswa aktivite ou fè sou papye oubyen sou odinatè.

Pratik Lekti ak kalkil nan travay

E1Konbyen fwa ou li/ou te li oubyen itilize enfòmasyon sou chak sa ki annapre yo nan travay prensipal ou an? Èske w ta di se yon fwa pa semenn, mwens pase yon fwa pa semenn, pa souvan oubyen w pa janm itilize yo?

E2Konbyen fwa w ekri/te ekri oubyen ranpli chak nan pati ki annapre yo nan travay prensipal ou an? Èske w ta di se yon fwa pa semenn, mwens pase yon fwa pa semenn, pa souvan oubyen w pa janm fè sa? a) Lèt, nòt oubyen imèlb) Rapò, atik, revi, oubyen jounalc) Manyèl, oubyen liv referans (katalog nan kategori sa tou)d) Desen oubyen chemae) Enstriksyon oubyen endikasyonf) Fakti, fèy kalkil ak tablo bidjè.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 71Manyèl Anketè

Page 72: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon E: Itilizasyon Konesans Li ak Ekri nan travay

Itilizasyon Li ak Ekri nan travay, swit

E3 Konbyen fwa w/ou te fè chak sa ki annapre yo nan travay prensipal ou an? Èske w ta di se yon fwa pa semenn, mwens pase yon fwa pa semenn, pa souvan oubyen w pa janm fè yo.

a) Mezire oubyen estime gwosè bagayb) Kalkile pri, kou oubyen bidjèc) Konte oubyen li chif pou kontwole bagayd) Jere tan oubyen prepare kalandriye pou echeyanse) Bay oubyen swiv enstriksyon oubyen itilize kat ak pankat sikilasyon nan lari.f) Itilize enfòmasyon statistik pou konprann yon sitiyasyon.

E4 Tanpri di mwen si w dakò anpil, dakò, pa dakò oubyen vreman pa dakò ak sa ki annapre yo:

a) Ou gen konesans lekti nan lang angle ou bezwen pou byen fè travay prensipal ou. b) Ou gen konesans ekri nan lang angle w bezwen pou byen fè travay prensipal ou.c) Ou gen konesans matematik nan lang anglè w bezwen pou byen fè travay prensipal ou.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 72Manyèl Anketè

Page 73: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon F: Patisipasyon nan Edikasyon ak Fòmasyon

Objektif Patisipasyon nan aktivite edikasyon ak fòmasyon se yon faktè ki amelyore konesans epi/oubyen ki kenbe konesans. Patisipasyon nan edikasyon ak fòmasyon se yon endikatè klè sou aksè ki genyen pou jwenn opòtinite pou aprann.

Yon lòt jan pou kenbe konesans ou se pran kou pandan ou se yon granmoun. Seksyon sa ap eseye jwenn detay sou edikasyon w pandan w se yon granmoun, epi gen kesyon sou kiyès ki bay edikasyon an, kiyès ki peye pou li ak poukisa w pran li.

Fòmasyon oubyen Edikasyon

F1 Kesyon ki annapre yo sou patisipasyon w nan aktivite edikasyon ak fòmasyon pandan 12 dènye mwa yo, sa vle di depi <mwa ak ane> rive <mwa ak ane>.

Pandan tan sa, èske w te pran/patisipe nan kèk pwogram edikasyon oubyen fòmasyon? Ou mèt mete kòm edikasyon oubyen fòmasyon pwogram kou, leson prive, kou pa korespondans, atelye travay, fòmasyon nan travay, fòmasyon apranti, kou sou a, atizana ak lwazi, oubyen nenpòt ki fòmasyon oubyen edikasyon.

Asire w ou li tout kesyon yo bay moun kap reponn kesyon yo, menm si yo di “wi” anvan w fini. Lè w di plizyè varyete, diferan kategori fòmasyon, moun kap reponn kesyon yo ap sonje tout fòmasyon yo te resevwa pandan ane a.

Nenpòt ki fòmasyon oubyen edikasyon: gen ladann kou, kou prive, kou pa korespondans, atelye travay, fòmasyon nan travay, fòmasyon apranti, kou sou a, atizana oubyen lwazi, oubyen nenpòt ki kou oubyen edikasyon.

Konferans, seminè ak atelye travay ki gen pou premye objektif fè fòmasyon nan kategori sa tou.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 73Manyèl Anketè

Page 74: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon F: Patisipasyon nan Edikasyon ak Fòmasyon, swit

Pwogram Etid F2 Yon pwogram etid se yon ansanm kou ki bay yon sètifika espesyal, yon diplòm oubyen yon diplòm inivèsitè.

Pandan 12 dènye mwa yo, sa vle di depi <mwa ak ane> rive <mwa ak ane> èske w te pran kou ki anndan yon pwogram etid pou w jwenn yon sètifika, diplòm oubyen yon diplòm inivèsitè? Kòm egzanp ta ka gen UWIDITE, pwogram etid kontini nan SALCC, pwogram Sant Nasyonal Devlopman Konesans [National Skills Development Center (NSDC)], Premye ane UWI nan SALCC; yon diplòm yon lekòl prive bay apre yon pwogram etid, yon sètifika inivèsitè oubyen diplòm?

Lekòl, kolèj oubyen inivèsite

F3 Èske pwogram etid sa te bay nan yon lekòl, yon kolèj oubyen yon inivèsite (lekòl prive ladan li tou)?

Kategori Sètifika, Diplòm inivèsite oubyen Diplòm

F4 Ki kategori sètifika, diplòm inivèsitè oubyen diplòm ou te vle ki fè w te pran kou oubyen fòmasyon sa yo? Si te gen plis pase yon sèl, pale de pwogram ou fenk fè yo avè m.

Al swiv kou F5 Nan ki mwa w te al lekòl, nan kolèj oubyen inivèsite?

Mwa yo dwe koresponn ak 12 dènye mwa anvan entèvyou an.

Ale swiv kou: vle di plis pase sitiyasyon kote w anrejistre nan yon lekòl, kolèj oubyen inivèsite – li vle di w patisipe nan yon pwogram – men, sa ka kou de lwen.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 74Manyèl Anketè

Page 75: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon F: Patisipasyon nan Edikasyon ak Fòmasyon, swit

Foul taym/pat taym

F6

F7

F8

F9

F10

F11

F12

Èske w te sitou yon elèv foul taym oubyen pat taym?

Kisa ki ta pi byen dekri kantite tan w pase nan pwogram etid sa, semenn, jou oubyen èdtan?

Depi <mwa ak ane> rive <mwa ak ane> konbyen semenn ou pase nan pwogram etid sa?

Anviwon konbyen èdtan pa semenn sa te ye?

Depi <mwa ak ane> rive <mwa ak ane>, konbyen jou total ou pase nan pwogram etid sa?

Anviwon konbyen èdtan pa jou sa te ye?

Depi <mwa ak ane> rive <mwa ak ane>, konbyen jou total pwogram etid sa te ye?

Elèv pat taym/foul taym: Ki anrejistre pou foul taym oubyen pat taym pa oblije gen relasyon ak kantite èdtan ki pase lekòl chak semenn. Chak lekòl klasifye elèv yo dapre kantite kou yo anrejistre pou yo. Kidonk, yon moun fè foul taym oubyen pat taym dapre jan lekòl, kolèj oubyen inivèsite kote l prale a klasifye l. Definisyon ak kondisyon yo varye dapre lekòl la. Asire w moun kap reponn kesyon an konnen stati li antanke elèv nan enstitisyon kote li ale a.

Rezon Prensipal pou pran Pwogram etid sa

F13 Kisa ki rezon prensipal ki fè w pran pwogram etid sa? Èske se te pou (MAKE YOUN SÈLMAN).

‘Pou travay ak karyè’ vle di objektif fòmasyon/etid la se aprann nouvo konesans pou travay aktyèl oubyen fiti, ogmante revni, amelyore opòtinite travay nan domèn aktyèl oubyen yon lòt domèn, amelyore opòtinite pou avansman/promosyon, eks.

‘Pou enterè pèsonèl’ vle di pwogram ki pran pou rezon ki pa pwofesyonèl. Sa ka gen ladan l kou oubyen pwogram pou amelyore konpetans sosyal ak kou pou devlopman pèsonèl.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 75Manyèl Anketè

Page 76: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon F: Patisipasyon nan Edikasyon ak Fòmasyon, swit

Kontribiye nan depans yo

F14 Kiyès ki kontribiye nan depans dirèk pou pwogram etid la, sa vle di, depans pou kou, materyèl kou, vwayaj, lojman epi lòt depans nan kategori sa? (EKRI TOUT SA KI KORESPONN AK KATEGORI SA).

Pa nan pwogram etid la

F15

F16

Pandan 12 dènye mwa yo, èske w patisipe nan kou ki PAT NAN PWOGRAM ETID OU AN?

Pandan 12 dènye mwa yo, èske w patisipe nan kou ki PAT NAN YON PWOGRAM ETID?

Kantite Tan ki pase

F17

F18

Mwen pwal poze ou kèk kesyon sou kantite tan w pase nan pran kou ki PAT NAN PWOGRAM ETID OU AN depi <mwa ak ane> rive <mwa ak ane>. Map pran enfòmasyon sou yon maksimòm kou. Si w pran plis pase de kou, jis pale de (twa) dènye kou w te pran yo avèm.

Mwen pwal poze w kèk kesyon sou kantite tan w pase ap pran kou depi <mwa ak ane> rive <mwa ak ane>. Map poze w kesyon sou yon maksimòm twa kou. Tanpri jis pale de twa dènye kou w yo avèm.

Kantite tan etid oubyen fòmasyon an dire: Nap pale de kantite tan patisipayson aktyèl moun kap reponn kesyon an nan pwogram oubyen kou lè w konte semenn/jou ak lè pa jou pou nou ka detèmine kantite total lè ki pase nan patisipasyon nan pati ansèyman yon pwogram oubyen yon kou. Nou pa enterese nan tan ki pase ap etidye, fè devwa, eks, ki pa fè pati tan ki pase nan resevwa enstriksyon.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 76Manyèl Anketè

Page 77: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon F: Patisipasyon nan Edikasyon ak Fòmasyon, swit

Tan ki pase, swit Pa egzanp, si you moun kap reponn kesyon te pran yon jounen kou pandan 8 èdtan, anketè a dwe ekri moun kap reponn kesyon an pran kou sa pandan yon (1) semenn. Yon jou nan semenn nan, epi 8 èdtan nan yon jounnen – total èdtan an se 8.

Si yon moun kap reponn kesyon pran yon kou pandan 6 semenn, foul taym chak jou nan semenn nan pandan 6 èdtan pa jou, repons lan tap tap 6 semenn, 5 jou pa semenn, 6 èdtan pa jou – total èdtan ap 180.

Si yon moun kap reponn kesyon pran yon kou pandan 4 jou epi 7 èdtan pa jou pandan 4 mwa (egz. 1 jou pa mwa pandan 4 mwa) repons la ap ekri konsa: 4 semenn, 1 jou pa mwa, epi 7 èdtan pa jou pou yon total 28 èdtan.

Yon pwogram ki pran pandan sesyon akademik septanm- avril, pat taym (2 kou) pandan 2 jou nan semenn nan epi 3 èdtan pa jou ta sipoze gen sa ki annapre a pou repons (menm si semenn yo gen chans pou yo varye lè ou kontwole vakans): 32 semenn (8 mwa), 2 jou pa semenn, 3 èdtan pa jou pou yon total 192 èdtan.

Li enpòtan pou enfòmasyon ki ekri yo pèmèt èdtan patisipayon reyèl nan kou oubyen pwogram nan ka kontwole korèkteman.

F18A/B/C

F19A/B/C

F20A/B/C

F21A/B/C

F22A/B/C

F23A/B/C

Èske li ta pi bon pou dekri tan total ou pase nan kou sa pa semenn, pa jou oubyen pa èdtan?

Soti<<mm/aaaa>> rive <<mm/aaaa>> konbyen semenn ou pase nan kou sa?

Anviwon, konbyen èdtan pa semenn sa te ye?

Soti <<mm/aaaa>> rive <<mm/aaaa>>, konbyen jou total ou pase nan kou sa?

Anviwon, konbyen èdtan pa semenn sa te ye?

Soti <<mm/aaaa>> rive <<mm/aaaa>>, konbyen èdtan total kou sa te ye?

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 77Manyèl Anketè

Page 78: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon F: Patisipasyon nan Edikasyon ak Fòmasyon, swit

Kesyon ki annapre yo sou kou kote w pase plis tan pandan 12 dènye mwa yo (si w pase menm kantite tan nan tout kou yo, chwazi sa ou fè an dènye a).

Kote plis tan pase F24Ki rezon prensipal ou te genyen ki fè w pran klas sa? Èske se te

1 Travay ak karyè2 Enterè pèsonèl tankou lwazi, aktivite volontarya, amelyore kèk konesans jeneral (li, ekri) oubyen pou edikasyon jeneral.

Si w pase menm kantite tan pou tout kou yo, chwazi sa w fè an dènye a.

‘Travay ak karyè’ vle di objektif fòmasyon/etid la se aprann nouvo konesans pou travay aktyèl oubyen fiti; ogmante revni, amelyore opòtinite nan domèn aktyèl oubyen yon lòt domèn, amelyore opòtinite pou avansman/promosyon, eks.

‘Enterè pèsonèl tankou lwazi … vle di pwogram ki pran pou rezon ki pa pwofesyonèl. Sa ka gen ladan l kou oubyen pwogram pou amelyore konpetans sosyal ak kou pou devlopman pèsonèl.

Kontribisyon pou depans

F25 Kiyès ki kontribiye nan depans dirèk pou kou sa, sa vle di, depans pou kou, materyèl kou a, vwayaj, lojman ak lòt depans nan menm kategori sa? (EKRI TOUT SA KI KORESPONN AK KATEGORI SA).

Aktivite fòmasyon ki PA yon aktivite fòmasyon fòmèl

F26 Nou enterese sou tout jan moun aprann. Kounye a mwen pral poze w kèk kesyon sou jan ou enplike nan aktivite fòmasyon ki PA yon aktivite fòmasyon fomèl tankou yon kou oubyen yon pwogram etid.

Pandan 12 dènye mwa yo, sa vle di, soti <<mm/aaaa> rive <mm/aaaa> èske w ou te fè youn nan aktivie fòmasyon ki annapre yo?

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 78Manyèl Anketè

Page 79: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon F: Patisipasyon nan Edikasyon ak Fòmasyon, swit

Aktivite fòmasyon ki PA yon aktivite fòmasyon fòmèl, swit

F27

F28

F30

Pandan 12 dènye mwa yo, èske te gen fòmasyon oubyen etid ou te vle pran pou rezon pwofesyonèl oubyen karyè w men w pa pran?

Pandan 12 dènye mwa yo, èske te gen okenn lòt fòmasyon oubyen etid ou te vle pran men w pat pran tankou lwazi oubyen kou pou enterè pèsonèl ou?

Sa ki annapre a se yon lis rezon ki fè moun PA pran fòmasyon oubyen etid yo te vle pran yo.

Kiyès nan rezon yo, si genyen, ki aplike nan ka pa w?

a) Pwoblèm tan (twò okipe, pa gen tan pou etidye).b) Kou ki te disponib yo pat koresponn ak sa w te bezwen oubyen vle aprann yo.c) Pa ase kwè nan tèt ou oubyen pa gen ase preparasyon (egz. santi w pa prepare, pa gen konfyans nan kapasite aprann ou).d) Pran kou pa enpòtan nan lis priyorite w nan moman sa.e) Pat ka peye pri/kou yo paske yo te twò chè.f) Responsablite pèsonèl oubyen fanmi (timoun, swen granmoun).g) Sante pèsonèl.h) Tout lòt rezon, eksplike ____________-

‘Kou pou lwazi’ se kou ki pran nan objektif aprann yon lwazi; devlopman fizik, sosyal oubyen sikolojik; oubyen enterè pèsonèl nan yon sijè patikilye.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 79Manyèl Anketè

Page 80: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon G: Pratik Li, Ekri ak kalkil Anjeneral, Kapital Sosyal ak Byennèt

Objektif Kesyon ki annapre nan seksyon sa konsène itilizasyon konesans nan lavi chak jou a – spesyalman pratik konesans li, ekri ak kalkil..

Moun kap reponn kesyon yo ap reponn kesyon sou asosyasyon sosyal yo ak fanmi epi zanmi, epi sou patisipasyon yo nan aktivite volontarya fomèl.

Yap mande Moun kap reponn kesyon sou benefis sosyal tankou sante ak byennèt yo jwenn nan konesans li ak ekri.

Twa dimansyon byennèt ap konsidere:

Kalite lavi (dè fwa yo refere a sa tankou “bonè” oubyen efè jeneral); Byennèt fizik; epi Byennèt mantal.

Pratik bagay sa yo bon nan travay ou, men si w pap travay, pratik pèsonèl lekti, ekriti ak kalkil enpòtan pou kenbe konesans ou.

Yo jeneralman konsidere jan w santi w fizikman ak mantalman tankou yon rezilta yon nivo konesans ki wo. Seksyon sa eseye mezire relasyon ki genyen ant sante ak alfabetizasyon, epi tou gade ki kantite travay ou fè nan kominote w.

Aktivite lè w pap travay

G1 Kesyon ki annapre yo sou aktivite w lè w pap travay oubyen lè w pa lekòl.

Konbyen fwa w fè aktivite ki annapre yo, keseswa alamen oubyen sou òdinatè? Èske sa ta chak semenn, pa mwa, plizyè fwa nan ane a, yon fwa oubyen de fwa pandan ane a, oubyen w pa janm fè yo?

a) itilize yon bibliyotèk?b) vizite yon magazen liv?

G2 Konbyen tan w jeneralman pase chak jou ap gade televizyon oubyen videyo?

Opsyon 5- mete ladann lòt VCR ak lòt jwèt videyo

Kontinye nan lòt paj la

Seksyon G: Pratik Li, Ekri ak Kalkil Anjeneral, Kapital Sosyal ak Byennèt, Swit

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 80Manyèl Anketè

Page 81: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Aktivite lè w pap travay, swit

G3 Konbyen fwa w li oubyen itilize enfòmasyon de chak bagay sa yo nan lavi toulèjou w?

Tanpri, pa mete tan w pase nan travay ou oubyen lekòl. Èske w ka di omwen yon fwa pa semenn, pafwa oubyen sa pa janm rive?

a) Konbyen fwa w li oubyen itilize enfòmasyon ki nan jounal?b) Konbyen fwa w itilize oubyen li enfòmasyon nan revi ak atik?c) Konbyen fwa w li oubyen itilize enfòmasyon ki nan liv sou la vi tout bon vre a oubyen liv ki sòti nan imajinasyon moun ki ekri l la?d) Konbyen fwa w li oubyen itilize enfòmasyon ki nan lèt, nòt ak imèl?

Jounal G5 Kounye a mwen pral li yon lis diferan pati yon jounal. Tanpri di mwen ki pati w konn li lè wap gade yon jounal.

Liv G6 Konbyen liv ou genyen lakay ou? Pa konte revi ladan yo.

G7 Tanpri di mwen si w dakò nèt, dakò, pa dakò oubyen vreman pa dakò ak sa k annapre yo:

a) Ou bon nan chif ak kalkilb) Ou santi w strese lè wap fè kalkil pou rabè, taks sou vant ak tepc) Ou li sèlman lè w oblijed) Li se youn nan aktivite w pi renmene) Ou renmen pale de sa w li ak lòt moun

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 81Manyèl Anketè

Page 82: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon G: Pratik li, Ekri ak kalkil Anjenral, Kapital Sosyal ak Byennèt, SwitTravay volontè

Kesyon ki annapre yo se sou travay volontè ak òganizasyon kote w patisipe.

G8Pandan 12 dènye mwa yo, èske w patisipe nan okenn nan gwoup oubyen òganizasyon sa yo?

a) Yon òganizasyon politikb) Yon òganizasyon pou spò oubyen pou detant (egz. Klib Foutbòl, Klib Tenis, etc.)c) Yon gwoup kiltirèl, pou edikasyon oubyen yon gwoup pou pastan (eg. Group Teyat, Klib Liv, Klib Dans, etc.)d) Yon klib pou sèvis (egz. Kiwanis, Rotary, Lions)e) Yon asosyasyon katye, sivik oubyen kominòtè oubyen yon gwoup skolè (egz. Asosyasyon Paran/Pwofesè, yon asosyasyon kominotè katye, yon gwoup Manman ak Papa)f) Yon gwoup asosye ak yon gwoup kominotè pou lapriyè Bondye (egz. Yon gwoup jèn ki asosye ak yon legliz)g) Tout lòt gwoup oubyen òganizasyon

Travay volontè G9 Pandan 12 dènye mwa yo, èske w fè okenn nan aktivite ki annapre yo alòske TRAVAY LA PA PEYE avèk yon gwoup oubyen yon òganizasyon?

a) Aktivite pou rasanble kòbb) Manm yon komite san w pa touche pou sac) Antrenè, pwofesè oubyen konseyed) Rasanble manje ak lòt bagay pou fè charite) Lòt aktivite tankou (òganize/sipèvise evenman; travay biwo oubyen bay enfòmasyon antanke reprezantan yon òganizasyon)

Rès la nan paj ki annapre a

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 82Manyèl Anketè

Page 83: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon G: Pratik li, ekri, ak kalkil Anjeneral, Kapital Sosyal ak Byennèt, SwitSante ak byennèt jeneral Kesyon ki annapre yo sou sante ak byennèt ou.

G10Anjeneral, kijan ou santi w pa rapo ak lavi ou pandan 12 dènye mwa yo? Èske w trè satisfè, satisfè, ni satisfè ni pa satisfè, pa satisfè oubyen ou vreman pa satisfè?

G11 Anjeneral, kijan w panse sante w ye?

1 Ekselan2 Trè Bon3 Bon4 Pa mal5 Pa Bon Menm

G12 Kesyon ki annapre yo sou aktivite w ka fè pandan yon jounen nòmal. Èske sante w fè w paka fè aktivite sa yo jan sa dwa? Nan ka sa, nan ki pwen w paka fè yo, èske w paka fè yo menm, ou ka fè yon ti kras ladan yo, oubyen ou ka fè pi fò nan aktivite w yo?...oubyen w pa gen pwoblèm sante ditou ki anpeche w fè aktivite w.

a) Aktivite ki pa mande anpil efò, tankou deplase yon tab, pouse yon bale, oubyen jwe foutbòlb) Monte plizyè eskalye pou plizyè etaj

G13 Pandan 4 semenn, èske w te genyen okenn nan pwoblèm sa yo nan travay ou oubyen pandan w ap fè lòt aktivite poutèt sante w?

a) Fè mwens pase sa w ta vleb) Pat ka fè nenpòt ki travay oubyen pat ka fè lòt aktivite

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 83Manyèl Anketè

Page 84: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon G: Pratik Li, Ekri ak kalkil Anjenral, Kapital Sosyal ak Byennèt, Swit

Sante ak byennèt jeneral

G14 Pandan 4 dènye semenn yo, èske w te gen pwoblèm ak travay ou oubyen lòt aktivite toulèjou w akoz pwoblèm emosyonèl ou (tankou w santi w deprime oubyen strese)?

a) Fè mwens pase w ta vleb) Pat fè travay oubyen lòt aktivite yo ak atansyon w ta bayo anjeneral

G15 Pandan 4 dènye semenn yo, a ki pwen doulè te fè w pat ka travay nòmalman (sa gen ladann travay ou fè lè w pa lakay ou oubyen travay ou fè lakay ou èske sa te…

G16 Kesyon ki annapre yo sou kijan w santi w ak kijan bagay yo te ye pou wou pandan 4 semenn ki sot pase yo. Pou chak kesyon, tanpri bay yon sèl repons ki pi pre ak sa w te santi a.

Konbyen tan pandan 4 dènye semenn yo …

a) Ou te santi w kalm epi an pè? Èske sa ta …b) Ou te genyen anpil enèji? Èske sa ta …c) Ou te santi w deprime? Èske sa ta ...

G17 Pandan 4 dènye semenn yo, konbyen fwa sante oubyen pwoblèm emosyonèl ou te afekte aktivite sosyal ou (tankou al vizite fanmi ak zanmi w, etc.)? Èske li te …

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 84Manyèl Anketè

Page 85: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon H: ICTL (Konesans sou Teknoloji Enfòmatik ak Kominikasyon)

Objektif Objektif seksyon sa a se pou ranmase efikasman enfòmasyon sou tout kalite itilizasyon ak konesans popilasyon ki majè a fè oubyen genyen nan Konesans sou Teknoloji Enfomatik ak Kominikasyon (ICTL). Seksyon sa ap pale de pwen ki enpòtan sou ICTL: itilizasyon jeneral teknoloji kominikasyon; itilizasyon odinatè ak entenèt nan sitiyasyon spesifik; itilizasyon odinatè nan travay; devlopman konesans sou òdinatè; benefis itilizasyon odinatè; epi\ akseptans moun ki pa konn itilize odinatè pou yo itilize l.

Òdinatè vin de plizanpli enpòtan nan lavi moun kounye a. Menm si li difisil pou mezire konesans nan domèn sa, seksyon sa ap eseye wè nan ki pwen w santi w alèz ak kategori teknoloji sa.

Mwa nòmal H1 Kesyon ki annapre yo sou itilizasyon pèsonèl ou de diferan kategori teknoloji lakay ou, nan travay ou oubyen nenpòt ki lòt kote?

Nan yon mwa nòmal, konbyen fwa w itilize chak nan sa ki annapre yo?

(Yon mwa nòmal se youn ki òdinè, yon mwa ki reprezante 12 dènye mwa w yo)

a) Yon selilèb) Kalkilatris (menm si se sou selilè w)c) Yon faks (sa vle di, yon faks ki se yon aparèy apa, pa yon lojisyèl pou faks sou yon òdinatè.)d) Yon selilè oubyen yon telefòn pou achte yon bagay, peye yon fakti, fè tranzaksyon finansyee) Yon machin labank otomatik (egz. ATM, Bankomat,…)

Mwa nomal: vle di yon mwa ki òdinè pou ou (moun kap reponn kesyon an); yon mwa ki reprezante 12 dènye mwa ou yo. Pa egzanp, nan mwa janvye, Lucy pran vakans pandan 4 semenn. Jeneralman, li travay pandan 5 jou pa semenn. Pou li, mwa janvye a pa yon mwa ki pa odinè. Pou ou gen repons la, fok ou ta mande li panse a kijan li itlize entenèt pandan yon mwa ki odinè.

Machin labank otomatik (egz. ATM, Bankomat): Tranzaksyon labank ki elektronik pemèt ou fè tranzaksyon labank tankou depo, transfè, peye fakti oubyen ipotèk kay sou Entènèt.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 85Manyèl Anketè

Page 86: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon H: ICTL (Konesans sou Teknoloji Enfòmatik ak Kominikasyon), Swit

Itilizasyon òdinatè H2 Kesyon ki annapre yo sou itilizasyon òdinatè w (egz. Pèsonèl, pou biwo oubyen laptop, odinatè ki konekte sou yon sistèm).

Èske w deja itilize yon òdinatè?

Itilizasyon òdinatè H3 Pandan yon mwa nòmal, konbyen fwa w itilize yon òdinatè pou fè sa ki annapre yo?

a) Ekri oubyen korije yon tèksb) Kont, fèy kalkil oubyen analiz statistikc) Fè grafik/shema, desen, foto, oubyen prezantasyond) Fè pwogramasyon oubyen ekri kòd òdinatèe) Kenbe yon kalandrye oubyen yon ajandaf) Li enfòmasyon sou yon CD, DVD oubyen nenpòt ki lòt aparèy pou stoke enfòmasyong) Jweh) Lòt itilizasyon, di egazakteman: _______________

Entènèt H4 Èske w janm itilize Entènèt?

Entènèt: se yon sistèm nan lemond antye ki konekte plis pase milyon òdinatè youn ak lòt pou pataje enfòmasyon tankou done, nouvèl ak opinyon. Ou ka konekte sou Entènèt avèk yon telefòn oubyen yon kab epi ak yon òdinatè (monitè oubyen inite tretman done) ak modèm oubyen w ka konekte gras ak yon kab ak sèlman televizyon antanke monitè epi yon modèm, men san inite tretman done an. Egzanp konpayi ki distribiye Entènèt pa telefon se: Cable and Wireless and Karibe Cable Lòt jan w ka konekte sou Entènet gen ladan yo teknoloji satelit epi telefòn dijital (san fil).

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 86Manyèl Anketè

Page 87: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon H: ICTL (Konesans sou Teknoloji Enfòmatik ak Kominikasyon), Swit

Patisipasyon nan gwoup diskisyon oubyen lòt diskisyon sou entènet

H5 Pandan yon mwa nomal, konbyen fwa w itilize Entènèt pou fè sa ki annapre yo?

a) Kourye elektronik (e-mail)b) Patisipe nan yon gwoup diskisyon oubyen lòt diskisyon sou entènetc) Achte (sa gen ladann chache pwodi oubyen sèvis menm lè w pa achte)d) Tranzaksyon labanke) Etid Fòmèl oubyen fòmasyon (yon pati nan aktivite etid fòmèl tankou yon kou oubyen yon pwogram etid)f) Telechaje oubyen anrejistre mizikg) Li nouvèl ak evènman aktyèlh) Chèche travayi) Chèche enfòmasyon sou santej) Chèche enfòmasyon sou meteok) Chache enfòmasyon sou gouvènmanl) Jwe ak lòt mounm) Gade diferan bagay anjeneraln) Lòt itilizasyon, di egzakteman:

… Imèl elektronik (e-mail): imèl genyen ladann nenpòt ki kategori sèvis imèl elektronik. Imèl se yon mesaj elektronik w voye depi yon odinatè rive nan yon lòt. Ou ka voye oubyen resevwa yon kantite enfòmasyon tankou foto, pwogram odinatè ak dokiman fomate. Pou voye yon imèl, ou bezwen yon koneksyon entènet ak yon kont sou yon konpayi ki ofri sèvis imèl. Imèl se aplikasyon entènet plis moun itilize. Gen anpil moun ki itilize entènet sèlman pou voye epi resevwa imèl.

… Gwoup diskisyon oubyen lòt diskisyon sou entènèt: Gwoup diskisyon se gwoup kote moun ka “diskite” youn ak lòt, jeneralman “an tan reyèl”. “Tan Reyèl” vle di yon konvèsasyon ekri oubyen nan telefon ki entèraktif (sa vle di, yon moun ap wè sa lòt la ap ekri oubyen ap di pandanke lòt moun nan ap ekri oubyen di li). Yon moun bezwen anrejistre sou gwoup sa yo. Li genyen ladann Bulletin Board Services (BBS), Newsgroups ak videyokonferans nan konsèp sa.

… Achte: Moun ka kòmande diferan byen ak sèvis tankou flè, ekipman, bijou ak machin sou Entènèt.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 87Manyèl Anketè

Page 88: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon H: ICTL (Konesans sou Teknoloji Enfòmatik ak Kominikasyon), Swit

Patisipasyon nan gwoup diskisyon oubyen lòt diskisyon sou entènet, Swit

… Tranzaksyon labank: Tranzaksyon labank elektronik pèmèt fè tranzaksyon labank tankou depo, transfè, peye fakti ak ipotèk kay sou Entènèt.

… Etid fomèl oubyen fòmasyon: Etid fòmèl oubyen fòmasyon vle di kou w pran lekòl, nan kolèj, enstitisyon komès, ak inivèsite oubyen edikasyon de lwen. Fòmasyon an dwe striktire ak yon kòmansman epi yon fen.

… Telechaje oubyen anrejistre mizik: Pa egzanp, telechaje mizik ki popilè tankou fichye MP3. Sa pa gen kat son ladann.

… Gade diferan bagay anjeneral: Sa vle di itilizatè yo ale sou diferan sit san yon objektif spesifik (sa vle di, pap chèche yon enfòmasyon espesyal).

Òdinatè nan travay ou

H7 Pandan 12 dènye mwa yo, èske w itilize òdinatè nan travay ou? (Si w gen plis pase yon travay, pale de sa kote wpase plis tan ap travay la).

Pwogram enfòmatik

H8 Pandan 12 dènye mwa yo, èske w kòmanse itilize yon nouvo pwogram enfòmatik nan travay ou an (egz. Windows, Windows XP, Firefox, eks …, ak nouvo vèsyon pwogram yo tou)?

Pwogram enfòmatik: se yon pwogram ki di òdinatè a sa pou li fè. Egzanp: Microsoft Office, Corel Draw, Windows 98, WordPerfect, Excel.

Aparèy pou òdinatè

H9 Pandan 12 dènye mwa yo, èske w kòmanse itilize yon nouvo aparèy pou òdinatè (egz, nouvo òdinatè, ekipman òdinatè ki amelyore, aparèy periferik tankou skanè oubyen enprimant)?

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 88Manyèl Anketè

Page 89: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon H: ICTL (Konesans sou Teknoloji Enfòmatik ak Kominikasyon), Swit

Teknoloji H10 Nan yon mwa nòmal, èske w itilize youn nan teknoloji ki annapre yo nan travay ou?

a) Selilè

b) Kalkilatris, menm si se sou yon selilèc) Faks d) Ajanda elektronik pèsonèl

Òdinatè lè w pap travay

H11 Kesyon ki annapre yo sou kijan w itilize òdinatè lè w pap travay.

Èske w ka itilize yon òdinatè lakay ou (menm si se yon laptòp ou pote lakay ou soti nan travay ou?)

Koneksyon entènèt H12 Èske òdinatè w itilize lakay ou a konekte ak Entènèt (pa egzanp, grasa yon modèm, yon kab ki ofri gwo vitès pou koneksyon, oubyen nenpòt ki lòt koneksyon fizik?)

Koneksyon entènèt: vle di genyen yon koneksyon fizik ki bay Entènèt nan kay la. Aksè fizik la ka grasa yon telefon oubyen yon kab koneksyon.

Mwa nòmal H13 Nan yon mwa nòmal, konbyen èdtan w pase sou òdinatè lakay ou?

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 89Manyèl Anketè

Page 90: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon H: ICTL (Konesans sou Teknoloji Enfòmatik ak Kominikasyon), Swit

Mwa nòmal, Swit H14 Pandan yon mwa nòmal, èske w itilize òdinatè …

a) Kay yon zanmib) Kay yon fanmic) Nan yon bibliyotèk piblik( katalog biblyotèk la pa ladann)d) Yon sibè kafee) Yon sant resous kominotè (egz. sant anplwa)f) Yon lekòl, enstiti fòmasyon oubyen pou edikasyong) Kèk lòt kote, di egzakteman:

Jeneral H15 Tanpri, di m si w dakò nèt, dakò, pa dakò oubyen pa dakò ditou ak sa k vini annapre yo:

a) Nivo konesans ou sou òdinatè ase pou wou pou kounye ab) Ou santi w kapab enstale oubyen mete nouvo vèsyon pwogram òdinatè c) Òdinatè pèmèt ou pran mwens tan pou fè plis bagay. d) Òdinatè fè w ka jwenn bon jan enfòmasyon pi fasil. e) Òdinatè banm chans aprann lòt konesans apa òdinatèf) Òdinatè fè m ka kominike ak lòt moun. g) Òdinatè banm chans reyalize objektif travay mwen.

Enterè pou kòmanse itilize òdinatè

H16 Èske w entèrese kòmanse itilize yon òdinatè?

12 mwa kap vini yo

H17 Èske w panse wap itilize òdinatè nan 12 mwa kap vini yo, keseswa lakay ou, kay yon zanmi oubyen yon fanmi oubyen nan yon espas piblik?

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 90Manyèl Anketè

Page 91: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon K: Enfòmasyon sou Moun ki manm fwaye a ak Revni

Objektif Seksyon sa poze kesyon pou jwenn enfòmasyon jeneral sou moun ki manm fwaye a.

Yo rasanble enfòmasyon standa popilasyon dapre kantite moun ki manm fwaye a, si gen timoun ki depandan ak si gen plis pase yon moun ki responsab pou timoun yo. Analiz ki fèt deja montre alfabetizasyon gen yon gwo relasyon ak revni nan kèk peyi, men li gen yon relasyon ki mwayèn nan lòt peyi.

Si gen yon relasyon ant byennèt ekonomik ak konesans, seksyon sa endispansab. Analiz la ap pi korèk si gen plis detay nan seksyon sa.

Enfòmasyon Jeneral sou Moun ki manm fwaye a

Kesyon ki annapre yo mande enfòmasyon jeneral sou moun ki manm fwaye a.

K1 Konbyen moun ki viv nan kay ou a lè w konte tèt ou?

Timoun ki depandan

K2 Èske w gen timoun ki depandan kap viv avèk ou nan kay la?

(Timoun w responsab pou depanse pou yo ak/oubyen w gen gad konjwen oubyen poukont ou).

K3 Ki laj timoun ki pi piti nan kay la?

Tout lòt moun K4 Èske gen lòt moun ki viv nan kay la epi ki pataje responsablite finansyè oubyen gad pou timoun sa yo?

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 91Manyèl Anketè

Page 92: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon K: Enfòmasyon sou moun ki manm fwaye a ak Revni, Swit

Revni K5 Pandan ane <aaaa>, èske w resevwa revni ki soti nan …

a) Salè oubyen salè avèk komisyon, tep ak bonis?b) Pwòp aktivite wou tankou travay latè ak lòt kalte travay (tankou biznis, pwofesyonèl, komisyon, lapèch, ak revni nèt ki soti nan men lokatè ak pansyonè)?c) Enterè, dividand, enterè sou kapital oubyen lòt envestisman finansye tankou revni nèt lwaye kay, eks.?d) Konpayi Asirans Nasyonal, Sipleman Revni ki Garanti oubyen Alokasyon pou Mari/Madanm?e) Benefis Asirans Travay?f) Asistans sosyal ak sipleman pou pwovens?g) Lòt sous govènman tankou Avantaj fiskal pou Timoun?

Salè oubyen Salè ak komisyon, tep ak bonis

Revni ki soti nan salè oubyen salè ak komisyon, tep ak bonis: Sa gen ladann tout revni ki soti nan tep, komisyon ak tout lòt revni ou resevwa pou nenpòt kategori travay tankou livre papye, siveye timoun, netwaye kay, etc. Tout salè w resevwa paske w se yon manm yon inite rezèv dwe nan kategori revni w tou.

Nòt: Ladann gen salè ki resevwa chak semenn, chak de semenn, chak mwa ak chak ane.

Bonis: nan kèk sitiyasyon, yo peye salè sou de fòm, chèk salè nòmal ak bonis tanzantan ou resevwa dapre pèfomans ou.

Travay ak tèt ou Travay ak tèt ou: Se pou moun ki genyen epi kaj jere yon biznis pèsonèl oubyen yon biwo pwofesyonèl pandan 12 dènye mwa yo, poukont li oubyen ak lòt patnè. Pou pechè ak chasè ki travay ak tèt yo, pou moun kap siveye timoun lakay yo, moun ki travay kòm distribitè dirèk tankou vann epi pote makiyaj oubyen jounal kay kliyan, oubyen moun ki jwenn kontra pou fè ti dyòb.

Konpayi Asirans Nasyonal, Sipleman Revni ki Garanti oubyen Alokasyon pou Mari/Madanm

Konpayi Asirans Nasyonal, Sipleman Revni ki Garanti oubyen Alokasyon pou Mari/Madanm: benefis ou ka resevwa gras ak plan gouvènman tankou pansyon retrèt, prestasyon pou sivivan ak pansyon pou moun ki andikape?

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 92Manyèl Anketè

Page 93: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon K: Enfòmasyon sou Moun ki manm fwaye a ak Revni, Swit

Benefis Asirans Anplwa

Benefis Asirans Anplwa: benefis ou resevwa nan Asirans Anplwa. Gen ladann benefis pou maladi, konje matènite/patènite, pataj travay ak resiklaj.

Asistans sosyal ak sipleman pou provens

Asistans sosyal ak sipleman pou pwovens: Ministè Transfòmasyon Sosyal Gouvènman <<Non Peyi>> bay moun benefis sa yo. Benefis yo gen ladan yo asistans pou manman/papa ak timoun ki sou kont yo, moun ki granmoun, moun ki avèg ak ki gen andikap. Gen ladan yo tou benefis yo bay kach pou bezwen debaz/elemantè (egz. manje, gaz, kay ak rad).

Lòt sous gouvènman

Konpansasyon Travayè se lajan yon moun resevwa lè l blese pandan lap travay. Se Konpayi Asirans Nasyonal la ki peye lajan sa.

Pansyon retrèt Plan Epay Retrèt Anrejistre, rant oubyen retrè. Fon Envestisman Anrejistre pou Retrèt.

Pansyon prive se yon pansyon moun kap reponn nan resevwa nan men konpayi kote l te travay la.

Gen ladann nenpòt ki enterè sou kapital, revni enterè plan retrèt yo, dividand, kash dividand asirans vi, aksyon konpayi, dwa dotè sou yon liv, revni sou petwòl ak lokasyon kay.

Tout lòt revni Lòt revni yo se pansyon, lajan moun ki pap viv nan kay la voye pou ede peye depans, bous detid, bous pou rechèch, pansyon retrèt, lajan w genyen nan loto, eks. tout lòt lajan/revni ki PA nan pwen a) rive h) ki anwo a, tankou pansyon alimantè ou resevwa nan men yon moun w te marye avèk li, bous detid ki pa ranbousab, revni moun dyaspora voye nan <<Non Peyi>>, lajan ou resevwa lè yo ranvwaye w, etc.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 93Manyèl Anketè

Page 94: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Seksyon K: Enfòmasyon sou Moun ki manm fwaye a ak Revni, Swit

Revni Pèsonèl K6

K7

Ki pi bon estimasyon w ka fè sou revni pèsonèl ou pandan ane <aaaa> la, lè w konte tout sous lajan w, san bliye sa yo fenk pale de yo la, anvan taks ak dediksyon?

Apre, èske w ka estime si revni pèsonèl total ou te mwens pase $20.000 oubyen li te $20.000 oubyen plis?

Sa se revni pèsonèl total pou moun ki chwazi pou reponn kesyon an sèlman. Deklare montan total tout travay anvan dediksyon pou taks sou revni, kontribisyon pou pansyon, asirans sante, obligasyon retrèt, eks.

SA YO PA LADANN: lajan w genyen nan jwèt, lajan w genyen nan loto, lajan w erite nan yon ane yon sèl kou, ranbousman pou taks, peman ipotèk, peman lajan asirans peye yon sèl kou pou dedomajman, ranbousman sou taks pwopriyete, ranbousman sou kontribisyon pansyon, peman komite sendika pou grèv ak maladi, eks.

Si moun kap reponn kesyon an pa vreman anvi reponn kesyon yo, raple l enfòmasyon an ap rete stikteman konfidansyèl.

Si moun kap reponn kesyon an deklare lajan lòt peyi, mande l konvèti montan an nan lajan <Non Peyi> a (otan li kapab) oubyen pou li di ki lajan l ye.

Revni total K11

K12

Ki pi bon estimasyon w fè sou revni total tout moun ki manm fwaye a (ou dwe konte tèt ou tou) lè w konsidere tout sous lajan nan ane <aaaa> avan taks ak dediksyon?

Apre sa, èske w ka estime si revni total moun ki manm fwaye a te mwens pase $40.000 oubyen te $40.000 oubyen plis?

Kounye a nap poze kesyon pou gen enfòmasyon sou revni total anvan taks pou tout moun ki manm fwaye a. Sa ka difisil pou jwenn nan yon kay kote genyen pansyonè ak moun ki pa fanmi. Ankouraje moun kap reponn nan bay pi bon estimasyon l fè sou tout sous yo.

Si montan yo bay la se <0> (pa gen revni), anketè a dwe verifye ka sa pou asire l de repons lan, sitou si moun kap reponn nan te deklare yon revni pèsonèl nan kesyon ki anvan.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 94Manyèl Anketè

Page 95: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Chapit 7

Deskripsyon Ti Liv yo

Entwodiksyon pou Ti Liv Seleksyon, Reperaj ak Prensipal yo

Pou mezire nivo alfabetizasyon an, li nesesè pou devlope yon seri kesyon kap evalye nivo lekti moun kap reponn kesyon an dapre de dimansyon alfabetizasyon ki se lekti proz ak dokiman. Yo ekri twa ti liv ki gen pou objektif fè evalyasyon sa – Ti Liv Seleksyon, Reperaj ak Prensipal.

Tout moun kap reponn kesyon yo ap fè Ti Liv Seleksyon an.

Moun ki fè 06 rive 15 nan Ti Liv Seleksyon an ap fè Ti Liv Reperaj la.

Moun ki fè 16 oubyen plis nan Ti Liv Seleksyon an ap fè Ti Liv Prensipal la.

Ti Liv sa yo genyen yon seri kesyon sou bagay moun jwenn nan lavi chak jou yo. Ti Liv Prensipal la pi konplike epi pi divèsifye nan nivo sijè ak konpleksite. Touletwa ti liv yo te fèt pou ka konprann nivo alfabetizasyon popilasyon jeneral adilt lan.

Pa genyen yon limit tan pou fè Ti Liv Seleksyon, Reperaj ak Prensipal la. Bay moun kap reponn kesyon an tout tan li bezwen. Ou ka rankontre ka kote li klè moun kap reponn kesyon an paka reponn kesyon an men pa vle kite sa. Nan ka sa yo, ou ka di l ak jantiyès li ka eseye yon lòt kesyon epi la retounen sou kesyon kap ba l pwoblèm nan pita nan entèvyou a.

Dokiman k rele, ‘Enstriksyon detaye sou Itilizasyon Materyèl Ankèt sou Alfabetizasyon an pandan dewoulman l’ genyen tout enstriksyon sou kijan ou dwe bay fè Ti Liv Seleksyon, Reperaj ak Prensipal yo ak enstriksyon ou dwe li bay moun kap reponn kesyon yo.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 95Manyèl Anketè

Page 96: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Kijan pou w reyaji nan diferan sitiyasyon

Sansiblite Granmoun ki pa gen anpil konesans alfabetizasyon jeneralman santi yo pa gen pouvwa paske yo depann de lòt moun pou ede yo fè anpil nan responsablite yo genyen antanke granmoun. Pami sa yo gen aktivite labank, ranpli fòmilè, li enfòmasyon sou dozaj sou boutèy medikaman ak siyen yon kontra lokasyon pou yon kay oubyen yon apatman.

Paske sosyete a bay alfabetizasyon anpil valè, kèk granmoun ki pa fin kon li pa santi yo alèz pou di yo nan sitiyasyon an epi yo devlope yon kantite strateji defans pou moun pa wè sa. Se pral travay ou pou konvenk yo pou yo patisipe nan ankèt la.

Ankèt sa diferan ak lòt yo, nan sans moun kap reponn kesyon an ka santi gen “bon” ak “move” repons.

Li enpòtan pou prezante tèt ou yon jan ki mete yo alèz, sa vle di moun kap reponn kesyon an santi li kontwole sitiyasyon an.

Reyaksyon moun kap reponn kesyon an

Pandan entèvyou an, ou dwe pare pou de sitiyasyon ki annapre yo:

moun kap reponn kesyon an poze kesyon moun kap reponn kesyon an vle sispan reponn kesyon anvan yo fini ak

tout egzèsis yo.

Men yon règ debaz pou reyaji nan sitiyasyon sa yo:

Repons pou kesyon yo pa dwe gen ladan yo esplikasyon sou kesyon, kontni oubyen mwayen pou solisyon yo. Si kesyon yo se sou definisyon yon mo oubyen yon fraz, di moun kap reponn kesyon an pou l li kesyon an ankò epi pou l bay pi bon repons li dapre konesans li. Toujou reponn kesyon ki konsène enstriksyon yo.

Entèripsyon pandan entèvyou an

Si entèvyou an vin kanpe pandan nap fè Ti Liv Seleksyon, Reperaj oubyen Prensipal la epi w oblije kite kay moun kap reponn kesyon an, ou paka retounen pou kontinye entèvyou an.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 96Manyèl Anketè

Page 97: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Kijan pou w reyaji nan diferan sitiyasyon, Swit

Aktivite moun kap reponn kesyon yo pa fè

Sèten nan moun kap reponn kesyon yo di yo pa janm fè kèk nan aktivite ki nan ankèt la kidonk yo pa wè poukisa yo dwe fè yo kounye a. Si w gen sitiyasyon sa, eksplike moun kap reponn kesyon yo ankèt la dwe bay yon konpreyansyon jeneral sou konesans lekti tout moun nan peyi<<Non Peyi>>, epi menm lè tout egzèsis yo pa enpòtan pou tout moun, yo konbine rezilta yo pou yo bay yon pwofil konplè sou nivo alfabetizasyon <<Non Peyi>> a. Pou tèt sa, ou ta renmen yo kolabore pou fè tout egzèsis yo.

Moun kap reponn kesyon an strese

Si moun kap reponn kesyon yo parèt strese, pran yon moman pou kreye yon anbyans rilaks. Ou ka fè kòmantè tankou “Se byen”oubyen “W ap travay byen” oubyen “Pa prese”.

Pa vle/pa kapab fè yon egzèsis

Si moun kap reponn kesyon yo pa vle oubyen pa ka fè yon egzèsis, mande yo si yo vle eseye fè sa ki annapre a. Moun kap reponn kesyon yo dwe konnen yo ka tounen sou kesyon yo pa fè yo apre.

Mwen pa konprann sa mwen dwe fè?

Mande moun kap reponn kesyon yo pou yo li kesyon an ankò, oubyen pou yo li yo byen fò (Ti Liv Seleksyon an sèlman). Si sa pa ede yo ou ka di yo ale sou kesyon ki annapre yo epi yo va retounen sou kesyon sa apre. Fè yo sonje yo pa oblije konnen repons kesyon sa pou yo fè lòt la. Eksplike yo ou pa gen dwa bay yo yon èd konkrè paske sa ka fè rezilta yo pa korèk.

Kisa sa vle di …? Si moun kap reponn kesyon yo ap mande definisyon yon mo oubyen yon fraz, mande yo reflechi sou kisa fraz yo pa konprann lan ta vle di. Eksplike yo ou pa gen dwa bay yon èd konkrè paske sa ka fè rezilta yo pa korèk.

Konbyen opsyon mwen ka chwazi?

Mande moun kap reponn kesyon yo pou yo li kesyon an ankò (ak tout enfòmasyon ki di kijan pou reponn kesyon an) oubyen li kesyon an pou yo (Ti Liv Seleksyon sèlman). Di yo kesyon yo ap di konbyen opsyon yo ka chwazi oubyen kijan repons lan dwe bay. Eksplike yo ou pa gen dwa bay yon èd konkrè paske sa ka fè rezilta yo pa korèk.

Mwen pa jwenn solisyon mwen an nan opsyon yo/- Mwen gen plizyè solisyon men yo mande youn sèlman/Mwen pa ka rezoud egzèsis lan

Mande moun kap reponn kesyon yo pou yo gade kiyès nan opsyon yo bay yo k tap pi bon nan mitan tout opsyon yo bay yo epi chwazi l. Ou ka di yo tou ekri solisyon orijinal pa yo, plizyè solisyon oubyen “pa gen solisyon” nan ti liv la akote seksyon repons lan. Eksplike yo ou pa gen dwa bay yon èd konkrè paske sa ka fè rezilta yo pa korèk.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 97Manyèl Anketè

Page 98: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Refi oubyen echèk pou fè/fini yon egzèsis

Refi pou kontinye ak yon Kesyon

Kòmanse mande moun kap reponn kesyon an ki pwoblèm ki genyen, ak poukisa yo pa vle kontinye ak kesyon an. Dapre rezon li bawou an, eseye ankouraje l pou kontinye ak kesyon an.

Moun kap reponn kesyon an gen kèk pwoblèm pou konprann kesyon yo

Si moun kap reponn kesyon an gen pwoblèm pou konprann kesyon yo, eseye jwenn kisa pwoblèm yo ye vre (egz. enstriksyon pou reponn kesyon yo, pa ka konprann kèk mo, pwoblèm yo mande rezoud nan egzèsis la, eks.) epi ede l jan yo mande anwo nan liv la, nan seksyon sou kijan pou reyaji lè moun kap reponn nan poze kesyon.

Moun kap reponn nan gen pwoblèm Konsantrasyon

Si moun kap reponn nan gen pwoblèm konsantrasyon eseye motive l pou l kontinye travay sou kesyon an san w pa mete twòp presyon sou li. Sijere l pran yon ti brek pou senk minit konsa, epi eseye ankò apre l fin rilaks li. Sijere l kage dèyè nan chèz li epi fèmen je l. Moun kap reponn nan sepandan pata dwe pran sa tankou yon okazyon pou l kite kote l ye a oubyen kòmanse fè yon bagay ki pa gen anyen pou l wè ak kesyon an (eganp itilize telefòn, li jounal, gad televizyon, eks.).

Egzèsis la twò difisil pou moun kap reponn kesyon an

Si moun kap reponn kesyon an twouve yon kesyon two difisil, ankouraje l al sou lòt kesyon ki ka pi fasil pou li rezoud. Di l li ka tounen sou kesyon li pa reponn yo pita. Fè l sonje koreksyon rezilta l yo ap anonim epi pèfomans li pap gen okenn enpak negatif pou li. Anverite, rezilta tankou pa l lan ap trè enpòtan pou ankèt la.

Moun kap reponn kesyon an pa gen okenn enterè nan sijè a

Si moun kap reponn kesyon an pa gen okenn enterè nan sijè a, eksplike l sijè a se yon egzanp evenman ak pwoblèm lavi toulejou epi vre defi kesyon yo se konbine enfòmasyon yo bay yo epi rezoud kesyon yo ak lojik. Eksplike l li pa nesesè pou l enterese ak sijè a oubyen pou l deja fè eksperyans sitiyasyon ki sanble ak sa pou l fè egzèsis lan byen.

Refize kontinye apre eksplikasyon

Si moun kap reponn kesyon an pa vle kontinye travay apre tout ekplikasyon w yo, kanpe entèvyou a. Asire w ekri yon nòt nan Kaye Obsèvasyon Entèvyou a lè moun kap reponn kesyon an sispann travay sou kesyon an (sa vle di, di ki egzèsis egzakteman, ki pati kesyon an ak ti liv la, e pou ki rezon).

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 98Manyèl Anketè

Page 99: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Chapit 8

Ti Liv Seleksyon

Ti Liv Seleksyon Yo dwe bay tout moun kap reponn kesyon fè ti Liv Seleksyon an touswit apre yo fin ranpli Kesyonè sou Istwa Moun yo.

Moun kap reponn kesyon yo dwe fè venteyen (21) kesyon.

Bay fè Ti Liv Seleksyon an

Dokiman ki rele, “Enstriksyon detaye sou Itilizasyon Materyèl ankèt sou alfabetizasyon an pandan Dewoulman l” bay enstriksyon pou anketè yo ak entriksyon ki dwe li bay moun kap reponn kesyon yo.

Difikilte pou fin fè Ti Liv Seleksyon an

Si yon moun kap reponn kesyon twouve yon kesyon twò difisil, ankouraje l eseye sa ki annapre a.

Koreksyon Ti Liv Seleksyon an

Yon gid koreksyon pou chak kesyon nan Gid Anketè sou Dewoulman Ankèt la.

Ekri repons moun kap reponn kesyon yo sou Fèy Koreksyon Ti Liv Seleksyon an pou chak kesyon li reponn.

Ou dwe chita yon jan pou w ka wè repons moun kap reponn kesyon an, men pou li pa ka wè ki pwen wap ba li. Moun kap reponn kesyon an dwe konprann kijan wap fè koreksyon an.

Egzanp kesyon Kesyon 9. Kat Bibliyotèk

Ale nan paj 11. Gade kat bibliyotèk ki nan paj anfas la. Itilize l pou reponn kesyon annapre a. Siyen non w sou liy ki make “siyati” a.

Gid Koreksyon Gid koreksyon kesyon 9

1: Siyen non li sou kat bibliyotèk la7: Tout lòt repons0: Kesyon refize/pa fèt

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 99Manyèl Anketè

Page 100: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Ti Liv Seleksyon, Swit

Koreksyon Ti Liv Seleksyon

ANKETÈ: Èske moun kap reponn kesyon an siyen non li?

Si moun kap reponn kesyon an siyen non li sou liy ki make “siyati”a, moun kap reponn kesyon an resevwa yon 1 (bon repons). Ekri yon “X’ nan sou Fèy Koreksyon Ti Liv Seleksyon an.

Si moun kap reponn kesyon an pa vle bay siyati l paske l enkyè pou konfidansyalite, di l Tout repons yo ap rete konfidansyèl.

Si moun kap reponn kesyon an toujou pa vle bay siyati l pou rezon konfidansyalite, di l Montre mwen kibò w ta siyen epi ekri siyati w sou yon lòt paj. Nan sitiyasyon sa, bay moun kap reponn nan yon “1” epi ekri yon nòt sou fèy koreksyon an pou di moun kap reponn nan ekri non l korèkteman sou yon lòt fèy.

Etap annapreMoun kap reponn kesyon ki fè 05 oubyen mwens nan Ti Liv Seleksyon an ap fè Egzèsis Lekti yo.

Moun kap reponn kesyon ki fè 06 rive 15 nan Ti Liv Seleksyon an ap fè Egzèsis Lekti yo.

Moun kap reponn kesyon ki fè 16 oubyen plis nan Ti Liv Seleksyon ap fè Sòti a.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 100Manyèl Anketè

Page 101: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Chapit 9

Ti Liv Reperaj ak Ti Liv Prensipal

Ti Liv Reperaj oubyen Prensipal

Ti Liv Reperaj la ap fèt pa moun ki reponn kesyon ki fè 06 rive 15 pwen nan Ti Liv Seleksyon an. Gen 49 kesyon nan ti liv sa.

Ti Liv Prensipal la ap fèt pa moun ki reponn kesyon ki fè 16 oubyen plis nan Ti Liv Seleksyon an. Gen 48 kesyon nan ti liv sa.

Moun ki reponn kesyon ki fè 05 oubyen mwens nan Ti Liv Seleksyon an pap fè Ti Liv Reperaj ak Ti Liv Prensipal yo.

Bay fè Ti Liv Reperaj ak Prensipal la

Enstriksyon spesyal pou anketè ak enstriksyon ki dwe li bay moun kap reponn kesyon yo nan dokiman “Enstriksyon Detaye sou Itilizasyon Materyèl Ankèt sou alfabetizasyon an pandan Dewoulman l”

Korije Ti Liv Reperaj ak Prensipal la

Koreksyon Ti Liv Reperaj ak Ti Liv Prensipal la fèt nan <<Biwo Egzekitif Ankèt la>>.

Difikilte pou fè Ti Liv Reperaj ak Ti Liv Prensipal la

Si moun kap reponn kesyon an twouve yon kesyon twò difisil, ankouraje l fè sa ki annapre a. Kesyon ki nan chak ti liv pa gen menm nivo difikilte.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 101Manyèl Anketè

Page 102: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Ti Liv Reperaj ak Prensipal, Swit

Enstriksyon pou Ti Liv Reperaj ak Prensipal

Pati ankèt ki annapre a se yon ti liv egzèsis pou w fè. Li gen xx kesyon. Egzèsis yo mande pou w li epi reponn kesyon sou diferan sijè ki konsène sitiyasyon nan lavi tout bon vre.

Kisa w dwe fè?

Itilize enfòmasyon yo bay sou chak sijè pou reponn kesyon an oubyen kesyon yo nan ti liv egzèsis la.

Ka genyen kèk kesyon kote w kapab itilize yon kalkilatris pou w jwenn repons lan. Nan ka sa, yap bawou yon kalkilatris si w vle.

Si repons yon kesyon se yon chif, ou dwe kalkile l oubyen awondi repons ou an pou l egzak tankou l ta ye nan lavi chak jou. Ou mèt fè kalkil yo nan nenpòt ki espas sou paj la.

Tanpri ekri kesyon w yo sou liy ki nan ti liv egzèsis la oubyen dapre enstriksyon ki bay pou chak kesyon. Yo ka mande w:o ekri repons ou a nan espas ki la pou sa,o antoure enfòmasyon an, oubyeno souliyen enfòmasyon an.

Ou dwe reponn kesyon yo nan lòd yo parèt la. Si w pa ka reponn yon kesyon spesifik, jis ale sou kesyon ki annapre a.

Ou ka twouve sèten kesyon fasil epi kèk lòt difisil. Se pa yon pwoblèm si w pa ka fè tout, men li enpòtan w eseye reponn chak kesyon.

Nòt: Ti Liv Reperaj ak Prensipal la gen menm entwodiksyon an, sòf pou kantite kesyon yo genyen. Ti Liv Reperaj la gen 49 kesyon epi Ti Liv Prensipal la gen 48 kesyon.

Egzanp Ti Liv Reperaj

Ale nan paj 5 nan Ti Liv Reperaj la epi reponn kesyon 1 rive 3.

Moun kap reponn kesyon an dwe reponn kesyon 1 rive 3 – Règ Jadendanfan.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 102Manyèl Anketè

Page 103: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Ti Liv Reperaj oubyen Prensipal, Swit

Egzanp Ti Liv Prensipal

Ale nan paj 5 epi reponn kesyon 1 rive 5.

Moun kap reponn kesyon an dwe reponn kesyon 1 rive 5 – Nivo Alkòl nan San.

Etap annapre Moun kap reponn kesyon ki fè 05 oubyen mwens nan Ti Liv Seleksyon an pa fè Egzèsis Lekti yo.

Moun kap reponn kesyon ki fè 06 rive 15 nan Ti Liv Seleksyon an ap fè Egzèsis Lekti yo.

Moun ki fè 16 oubyen plis nan Ti Liv Seleksyon an ap fè Sòti a.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 103Manyèl Anketè

Page 104: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Chapit 10

Egzèsis Lekti yo

Egzèsis Lekti a Egzèsis Lekti yo ap fèt pa moun kap reponn kesyon ki fè 05 oubyen mwens nan Ti Liv Seleksyon an; ak moun ki fè 06 rive 15.

Gen 5 egzèsis lekti: Yo fèt yon jan pou mezire diferan konesans lekti yo ak lòt konesans ki gen rapò ak lekti.

1. Tès Vokabilè ki itilize foto – vèsyon kout2. Tès pou di non bagay rapidman ak otomatikman3. Tès sou Efikasite pou li Mo4. Tès Memwa Chif Annavan oubyen Pabak5. Eple

Tès Vokabilè ki itilize foto ak Egzèsis Eple yo ap bay fèt sou fòma Entèvyou ki fèt ak Papye ak Kreyon (PAPI).

Tès pou di non bagay rapidman ak otomatikman ak Tès sou Efikasite pou li Mo an fèt ak yon aparèy kasèt epi yon taymè.

Egzèsis Tès Memwa seri Chif Annavan ak Pabak yo ap fèt ak yon aparèy kasèt, yon taymè epi ak papye.

Bay fè Egzèsis Lekti yo

Enstriksyon espesyal pou anketè a ak enstriksyon ki dwe li bay moun kap reponn kesyon yo nan dokiman “Enstriksyon detaye sou Itilizasyon Materyèl Ankèt sou Alfabetizasyon an pandan Dewoulman. ”

Enstalasyon pyès kay la

Wap bezwen yon pyès kay ki pa gen bri avèk yon tab ak de chèz.

Enfòme moun kap reponn kesyon an wap itilize yon aparèy kasèt ak yon taymè pou kèk nan egzèsis yo.

Egzèsis lekti – Entèvyou ki fèt ak papye ak kreyon

1. Tès Vokabilè ak Foto Vèsyon Kout – Wap montre moun kap reponn kesyon an 4 foto ki diferan sou chak paj Kaye Tès Vokabilè ki itilize foto a – Vèsyon Kout. Pandan wap montre yon paj, wap li yon mo ki dekri youn nan foto yo. Moun kap reponn kesyon an dwe di ki foto ki koresponn ak mo a. Wap anrejistre repons moun kap reponn kesyon an nan Fèy Anrejistreman Anketè a – Tès Vokabiliè ki itilize Foto.

2. Egzèsis Eple – Wap li yon mo bay moun kap reponn kesyon an, li yon fraz ki gen mo a, epi repete mo a; apre wap mande moun kap reponn kesyon an pou li ekri repons li an sou Fèy Repons Eple a.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 104Manyèl Anketè

Page 105: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Egzèsis Lekti Swit

Egzèsis Lekti – Anrejistre sou aparèy kasèt la ak ak taymè a

1. Sistèm Otomatik pou Site Non Rapid – Moun kap reponn kesyon an dwe li, osi vit li kapab, de lis lèt alfabè a.

2. Tès sou efikasite pou li mo – Moun kap reponn kesyon an dwe li yon lis, osi vit li kapab, de vre mo epi li yon lis fo mo.

3. Tès Memwa Chif – Wap li yon seri chif bay moun kap reponn kesyon an epi wap mande li repete chif sa yo, swa nan menm sans lan oubyen pabak. Wap ekri repons moun kap reponn kesyon an nan Fèy Anrejistreman Anketè a – Tès Memwa seri Chif Annavan/Pabak.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 105Manyèl Anketè

Page 106: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Chapit 11

Kòd Rezilta

Entwodiksyon Tout ankèt bezwen konnen stati yon ka spesifik ak pwogrè ankèt la anjeneral panda lap fèt. Pou sa, yo devlope yon seri kòd jenerik. Kòd sa yo rele Kòd Rezilta.

Stati yon ka nan nenpòt ki ankèt ap endike ak Kòd Rezilta. Lè w mete kòd sa yo ansanm, yo ba w rezilta dènye aksyon ki fèt la, ak ki aksyon ki dwe fèt annapre (si gen bezwen). Lè w pran yo ansanm, kòd yo montre pwogrè ankèt la epi, nan sèten ka, istwa yon inite spesifik.

Kòd Rezilta Yon Kòd Rezilta se yon kòd de chif ki endike rezilta yon kontak oubyen lè w eseye kontakte yon moun ki chwazi pandan ankèt la ap fèt. Li endike tout rezilta yon vizit pèsonèl kot yon moun ki te chwazi pou reponn kesyon yo.

Anketè a bay yon Kòd Rezilta li jwenn nan lis rezilta (egz. kay ki pa gen moun, pwoblèm lang).

Kategori ‘Kap fèt kounye a’ ak ‘Final’

Kòd Rezilta ka parèt nan lis bagay kap fèt kounye a oubyen Final oubyen toulede. (Kèk ka parèt sèlman nan youn nan lis yo). Anvan w chwazi yon Kòd Rezilta, Anketè a dwe detèmine si ka “Ap fèt kounye a” oubyen si li “Final”.

Pa egzanp, ou ka gen yon ka kote moun nan refize depi premye kontak anketè a, epi w ka gen yon ka kote moun nan refize nan fen ankèt la. Ka yo diferan paske nan premye ka a, Anketè a ap chwazi “Kap fèt kounye a”paske gen lòt etap ki ka fèt pou fè moun nan dakò fè ankèt la; nan fen ankèt la, lap chwazi “Final” anvan li chwazi kòd la paske pa gen anyen ankò li ka fè.

Seksyon Nivo Kòd Yo itilize kòd sa yo nan nivo kesyonè/egzèsis pou eksplike yon ka ki poko fini.

Sòti Se nan etap sa ou bay yon Kòd Rezilta, keseswa yon kòd “kap fèt kounye a” oubyen yon kòd “final” wap bay ka. Si kòd final la se yon “entèvyou pa fèt”, ekri rezon an nan Rapò sou Entèvyou ki pa fèt la.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 106Manyèl Anketè

Page 107: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Kòd pou sa “kap fèt kounye a”

Kòd sa kap fèt kounye a

Sa ki annapre yo se kòd pou sa “kap fèt kounye a” pou Ankèt Alfabetizasyon <<Non Peyi>> a.

Kòd Rezilta

Deskripsyon

00 Poko kòmanseEnfòmasyon sou kontak ki pa bon

18 Entèvyou an pat ka fèt poutèt move tanKontak ki fèt

22 Baryè lang

23 Entèvyou ki kanpe

24 Randevou ki pa konfime; anketè a dwe rele ankò

25 Randevou ki konfime; anketè a dwe rele ankò

28 Mande pou yon lòt anketè fè entèvyou aEnfòmasyon ki kolekte

71 Poko fin fètRefize

80 RefizeLòt entèvyou ki pa fèt

90 Sitiyasyon ou pa wè fasil/spesyal

91 Sekirite ki pa asire

95 Difikilte teknik

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 107Manyèl Anketè

Page 108: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Kòd Rezilta Final

Kòd Rezilta Final Kòd ki annapre yo se kòd rezilta final pou Ankèt Alfabetizasyon <<Non Peyi>> a.

Kòd Rezilta

Deskripsyon

Pa gen kontak

10 Pa gen kontak

18 Entèvyou pat ka fèt poutèt move tanKontak ki fèt

20 Pa la pandan tout tan ankèt la

22 Baryè langPa nan ankèt la– echantiyon pou yon inite

40 Pa nan echantiyon an (Granmoun sèlman)Pa nan ankèt la– moun ki rezide

51 Kay la kraze

55 Kay segondè

56 Rezidan yo pa reponn ak kritè yo

63 Deja patisipe nan ankèt laEnfòmasyon ki kolekte

70 Fin fèt nèt

71 Poko fin fètRefize

80 RefizeLòt entèvyou ki pa fèt

90 Sitiyasyon ou pa wè fasil/espesyal

91 Sekirite ki pa asire

92 Entèvyou an pat ka fèt poutèt sante fizik oubyen mantal moun ki chwazi pou reponn kesyon an

95 Difikilte teknik (aparèy kasèt)

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 108Manyèl Anketè

Page 109: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Kòd Nivo Seksyon

Kòd Nivo Seksyon pou Ankèt Alfabetizasyon << Non Peyi>> a

Kòd ki annapre yo kòd nivo seksyon pou Ankèt Alfabetizasyon peyi <<Non Peyi>> a. Kòd sa yo itilize pou pi byen eksplike yon ka ki pa fin fèt.

Kòd Rezilta

Deskripsyon

Pa gen kontak

01 Li epi ekri ak difikilte

02 Kondisyon mantal/emosyonèl

04 Pwoblèm pou tande

05 Andikape fizik

06 Gen pwoblèm pou aprann

07 Gen pwoblèm pou wè

08 Gen pwoblèm pou pale

09 Lòt andikap

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 109Manyèl Anketè

Page 110: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Deskripsyon Kòd Rezilta “Final”ak “Kap fèt Kounye a”

Kòd 00 Pa kòmanseAnketè a poko kòmanse travay sou ka sa.

Kòd 18 Entèvyou pa ka fèt poutèt move tanAnketè a pa ka kontakte moun ki chwazi pou reponn kesyon an paske gen move tan, pa egzanp, kay la inonde pandan tout peryòd ankèt la, telefòn pa fonksyone pandan tout peryòd ankèt la poutèt yon tanpèt, eks.

Kòd 20 Pa la pandan peryòd ankèt laKontak la fèt ak moun ki chwazi pou reponn kesyon an, men entèvyou an pat ka fèt paske li pa la pandan peryòd ankèt la, pa egzanp li al nan vakans.

Kòd 22 Baryè lang (pa lang ofisyèl la)Entèvyou a pat ka fèt paske moun kap reponn kesyon an pa pale lang ofisyèl la epi Anketè a pa ka pale lang moun kap reponn kesyon an.

Kòd 23 Entèvyou a kanpeEntèvyou a te kòmanse epi li vin kanpe pou yon rezon; Anketè a dwe rele moun kap reponn kesyon an ankò.

Kòd 24 Randevou ki pa konfime; anketè a dwe rele ankòAnketè a kontake moun kap reponn kesyon an men li pa disponib pou lè entèvyou a epi li mande anketè a rele li ankò OUBYEN anketè a kontake yon moun ki pa chwazi epi li mande anketè a pou li rele ankò. Lè pou rele ankò a pa yon lè egzak kidonk sa pa yon randevou ki konfime.

Kòd 25 Randevou ki konfime; anketè a dwe rele ankòAnketè a kontakte moun kap reponn kesyon an men li pa disponib pou fè entèvyou a kounye a epi li mande anketè a rele ankò a nan yon lè spesifik. Lè a egzak epi se yon randevou ki konfime.

Kòd 28 Mande pou yon lòt anketè fè entèvyou aMoun kap reponn kesyon an mande pou yon lòt anketè fè entèvyou avèk yo paske yo konnen anketè a oubyen paske yo pito fè entèvyou a ak yon lòt moun, pa egzanp yon moun ki pi granmou, yon gason, eks.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 110Manyèl Anketè

Page 111: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Deskripsyon Kòd Rezilta “Final”ak “Kap fèt kounye a”, Swit

Kòd 40 Pa nan ankèt laSe yon kòd jeneral ki itilize pou tout ka ki pa tonbe nan kritè echantiyon lè yon kòd ki pi spesifik pa nesesè oubyen lè rezon yo pa nan kòd spesifik ki nan kategori a.

Kòd 56 Rezidan yo pa antre nan kritè yoSe yon kòd jeneral ki itilize lè rezidan yon kay pa antre nan kondisyon pou yo ka fè pati ankèt la epi yon kòd ki pi spesifik pa nesesè oubyen kòd spesifik ki annapre a pa aplike nan ka sa.

Kòd 63 Deja patisipe nan ankèt laKòd sa itilize pou ka sa yo: Rezidan ki gen de adrès diferan epi toulede chwazi pou ankèt la.

Kòd 70 Fin fètAnketè a bay kòd sa lè entèvyou a oubyen seksyon an fin fèt nèt.

Kòd 71 Pa fin fètAnketè a bay kòd sa lè entèvyou a oubyen seksyon an pa fin fèt.

Kòd 76 Pa elijib pou fè yon kesyonèSa kapab rive poutèt kondisyon ankèt la ak kontrent pou seleksyon an, yon moun ki chwazi pou reponn kesyon ka pa antre nan kritè yo epi entèvyou a pap fèt.

Kòd 80 RefizeMoun ki chwazi pou reponn kesyon an refize bay enfòmasyon sou moun ki manm fwaye a.

Kòd 90 Sikonstans ou pa wè fasil/spesyalSitiyasyon ki pa ka prevwa tankou maladi ak lanmò yon moun ki manm fwaye a/yon anplwaye, lè moun nan ap refè apre yon dife oubyen inondasyon, fwaye yo mete nan karantèn, eks, ka fè w paka fè entèvyou a.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 111Manyèl Anketè

Page 112: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Deskripsyon Kòd Rezilta Kap fèt Kounye a ak Final, Swit

Kòd 91 Sekirite ki pa asireOu gen yon sitiyasyon kote sekirite w pa asire lè w devan yon chen oubyen yon lòt bèt mechan, yon katye ki gen vyolans (gang, machann dwòg) pa egzanp.

Kòd 92 Entèvyou a paka fèt poutèt sante mantal oubyen fizik moun kap reponn kesyon anMoun ki chwazi pou reponn kesyon an paka patisipe nan entèvyou a poutèt li andikape, pa egzanp li gen maladi Alzheimer, Sendwom Down, pwoblèm pou Kenbe Atansyon li, pwoblèm pou l tande, eks.

Kòd 95 Difikilte teknikAnketè a pa ka fè entèvyou an poutèt li gen pwoblèm teknik ak ekipman.

Kòd sa ap itilize pou pwoblèm ekipman nan Ankèt Alfabetizasyon <<Non Peyi>> a.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 112Manyèl Anketè

Page 113: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Chapit 12

Pou Toujou gen Repons

Eseye kontakte tout moun ki chwazi pou reponn kesyon yo

Sa ki ta pi bon se pou tout moun ki chwazi pou reponn kesyon pou echantiyon an ka fè entèvyou an, men sa gendwa pa posib. Pandan wap eseye fè ekonomi tan ak deplasman, eseye fè entèvyou ak pi gwo kantite moun ki chwazi pou reponn kesyon yo ki nan travay ou gen pou fè.

Entèvyou ki fin fèt, ki pa fin fèt ak entèvyou ki pa fèt

Yon entèvyou ki fin fèt nèt (Kòd 70)

Yon entèvyou ki fin fèt nèt gen ladan li: Kontak ak Sòti (Kesyonè sou moun ki manm fwaye a) ki fèt; Kesyonè sou Istwa moun yo ki fèt, Ti Liv Seleksyon ki fèt; Ti Liv Reperaj ak Ti Liv Prensipal (tout kesyon yo te eseye fèt), epi Egzèsis Lekti yo ki fèt.

Entèvyou ki pa fin fèt (Kòd 71)

Tout sa ki pa fin fèt

Yon entèvyou ki pa fèt (Diferan kòd)

Pa gen kesyon ki reponn, ou pat kontakte moun ki chwazi pou reponn kesyon an, oubyen w kontakte moun ki chwazi a men w pat ka fè entèvyou a pou lòt rezon.

Entèvyou ki pa fèt yo

Entèvyou ki pa fè yo tonbe nan de kategori:

Nan premye kategori a, entèvyou ki pa fèt yo men anyen pa ka fèt pou sa: 40 – Pa tonbe nan echantiyon an 56 – Rezidan yo pa antre nan kritè yo 63 – Deja patisipe nan ankèt la

Nan dezyèm kategori a, se ka ou dwe eseye diminye yo: 71 – Pa fin fèt 80 – Refize.

Ou dwe konsantre w sou kòd sa yo paske w ka diminye yo, epi konsa wap ogmante kantite repons lan.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 113Manyèl Anketè

Page 114: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Pou toujou gen repons, Swit

Jeneral Siksè yon ankèt tankou Ankèt Alfabetizasyon peyi <<Non Peyi>> a chita sou kantite moun ki chwazi pou reponn ki bay enfòmasyon. Objektif nou se yon nivo repons ki rive 85 %. Kidonk objektif final tout moun se pou genyen pi piti kantite moun ki pa reponn posib pandan y ap fè ankèt la .

Kontakte moun ki chwazi pou reponn kesyon yo pandan premye semenn nan

Anketè yo ta dwe kontakte pi plis moun ki chwazi pou reponn kesyon yo kapab pandan premye semenn ankèt la pou yo ka idantifye tout ka kote yo ka pa gen repons. Sipèvizè yo dwe asire yo chak anketè kontakte anviwon 60% nan moun ki te chwazi yo, apre premye semenn ankèt la.

Pa gen repons ak refize

Lè w fini ak moun ki chwazi pou reponn kesyon yo epi majorite travay la fin fèt pandan peryòd ankèt la, ou ka kòmanse travay sou ka kote moun yo te refize oubyen lòt ka kote w pat jwenn repons pou w ka fè yon jan pou travay ak moun sa yo. Li enpòtan pou w chanje ka sa yo pou ankèt la ka gen nivo repons final yo espere jwenn pou ankèt la.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 114Manyèl Anketè

Page 115: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Diminye Ka Refi ak Pa gen Repons

Diminye ka ki pa gen repons le plis posib

Pou asire w swivi tout kote yo refize reponn nan efikas, tout moun dwe prepare pou bay enfòmasyon kap vann ankèt la. Tout anketè dwe alèz ak objektif, kontni, moun kap itilize enfòmasyon ankèt la, eks.

“Egzèsis pou diminye kantite moun ki pa reponn” pou Ankèt Alfabetizasyon peyi <Non Peyi>> ate fèt pou Anketè yo. Objektif egzèsis sa se pratike jan pou konvenk moun ki chwazi pou reponn eki pa vle patisipe nan ankèt la. Sa ap bay anketè yo yon chans pou yo itilize konesans ak eksperyans yo nan yon sitiyasyon spesifik nan ankèt la.

Li enpòtan pou chak Anketè vin alèz ak bon jan enfòmasyon yo bay nan egzèsis sa. Ou dwe pran tan pou li Egzèsis pou diminye kantite moun ki pa reponn nan.

Sa ki annapre yo se kèk règ jeneral pou diminye kantite moun ki pa reponn yo.

Diminye kòd 80 Refize

Konsèy pou diminye refi yo se:

Asire w moun ki chwazi pou reponn kesyon an gen materyèl referans yo, tankou lèt prezantasyon Ankèt Alfabetizasyon peyi <<Non Peyi>> a ki eksplike ankèt la;

Si moun ki chwazi pou reponn kesyon an di li twò okipe oubyen li pa ka bay enfòmasyon, pa konsidere sa tankou yon refi.

Si w pa ka jwenn entèvyou ak moun sa yo, sa ap gen yon gwo efè sou kalite enfòmasyon yo, Moun ki pa lakay yo souvan oubyen ki pa vle fè entèvyou a ka diferan sou kèk pwen de moun ki dakò pou fè entèvyou a.

Bay Sipèvizè w ka, enfòme l de tout detay sou ka sa tou. Sipèvizè w va kontakte moun ki manm fwaye a epi la eseye chanje lide yo sou ankèt la pou yo ka patisipe.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 115Manyèl Anketè

Page 116: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Diminye Ka Refi ak Pa gen Repons, Swit

Ekri nòt Ekri rezon pou tout entèvyou ki pa fèt yo nan Rapò pou Entèvyou ki pa fèt la. Sa ki annapre yo se rezon ou jwenn jeneralman nan Rapò sa.

Kòd Egzanp ki soti nan seksyon “Nòt’:

18 Entèvyou pa ka fèt poutèt move tan

“Moun ki chwazi pou reponn kesyon an viv nan yon zòn kote se yon sèl wout ou ka pran pou ale la, epi wout sa inonde kounye a”

20 Pa la pandan peryòd ankèt la

“Moun ki chwazi pou reponn kesyon yo ale nan vakans (pa nan peyi a) epi li pap la pandan 3 mwa”

22 Baryè Lang “Moun ki chwazi pou reponn kesyon an pale panyòl sèlman epi pa gen tradiktè ki disponib”

80 Refize “Moun ki chwazi pou reponn kesyon an refize patisipe nan ankèt la. Li di lap ekri otorite si nou deranje l ankò”.

90 Pa rive souvan/spesyal

Manman moun ki chwazi a gen kansè epi li malad anpil, moun nan di li pa ka fè entèvyou a men tounen mwa pwochen”.

91 Sekirite pa asire “Moun ki chwazi pou reponn kesyon an di lap voye chen deyèm si mwen tounen”.

Ekspedisyon Ka Anketè a fini yo ap voye bay <<Biwo Egzekitif Ankèt>> la chak semenn.

Ka kote moun nan refize oubyen ki pa fèt ap voye bay Sipèvizè a pou swivi.

Nan fen ankèt la, tout ka ki pa fini yo, tankou ka kote yo refize oubyen kote pat gen repons, ap voye bay <<Biwo Egzekitif Ankèt>> la.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 116Manyèl Anketè

Page 117: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Chapit 13

Rapò

Lis Kontwòl Egzèsis Lis Kontwòl Egzèsis se yon rapò ki kreye pou jere tout ka yo. Lap youn nan zouti ki pi enpòtan ki genyen pou Anketè ak Sipèvizè yo.

Mete Lis Kontwòl Egzèsis la ajou pandan ka yo ap fèt pandan peryòd ankèt la pou li ka bay enfòmasyon sa yo:

Non Anketè ak nimewo afektasyon l, Non Sipèvizè ak nimewo afektasyon l Kòd Rezilta Kontak, Kòd Rezilta Final, Dat ekspedisyon bay <<Biwo Egzekitif Ankèt>> la, Sitiyasyon ou pa wè fasil oubyen nòt.

Not: Lis Kontwòl Egzèsis la gen enfòmasyon konfidansyèl ladann. Depi yon ankèt fini, ou DWE voye lis la bay <<Biwo Egzekitif Ankèt>> la.

Rapò Entèvyou ki pa fèt

Lè yon Anketè rankontre yon ka kote li pa jwenn repons, yon Rapò pou Entèvyou ki pa fèt dwe ranpli kote li fin kite kay moun ki chwazi a. Konsa lap asire tout enfòmasyon yo korèk epi konsa Sipèvizè a ap ka pran yon pi bon desizyon pou ka sa.

Rapo Entèvyou ki pa fèt la dwe di aklè nan ki nivo entèvyou an pat ka fèt. Objektif la se pou anrejistre tout askyon ki fèt pou fini entèvyou an.

Anketè a dwe antre enfòmasyon annapre yo nan Rapò Entèvyou ki pa fèt la: Konbyen fwa li eseye kontakte moun ki chwazi pou reponn kesyon

an, Kòd ki koresponn pou entèvyou ki pa fèt la, Rezon ki fè entèvyou an pa fèt la, ak anpil detay pou pèmèt evalye si

yo ka konvèti ka sa, Non w ak dat Sipèvizè w te enfòme, Dat li voye bay <<Biwo Egzekitif Ankèt>> la.

Rapo sou Pwogrè ak Depans

Yo itilize rapò sa pou veye pwogrè ak depans yo.

Fomilè Transmisyon Fomilè sa kontwole tout mouvman dokiman ankèt la. Yo kreye yon Fomilè Transmisyon spesyalman pou Ankèt Alfabetizasyon peyi <<Non Peyi>> a.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 117Manyèl Anketè

Page 118: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Chapit 14

Rapò ak Swivi Depans ak Pwogrè

Entwodiksyon Sistèm pou bay enfòmasyon sou Pwogrè ak Depans la kòmanse nan nivo Anketè a ak Rapò sou Pwogrè ak Depans Anketè a. Anketè a dwe itilize fòm sa chak semenn pou bay yon rezime sou pwogrè ak tout depans ki asosye ak rasanblaj enfòmasyon an.

Enfòmasyon sa ap voye bay Sipèvizè w, epi apre bay <<Biwo Egzekitif Ankèt>> la pou yo ka fè yon rapò ki rezime pwogrè a epi kap pibliye chak semenn.

Kibò map jwenn enfòmasyon sa?

Rapò Pwogrè ak Depans Anketè a se yon rezime Lis Kontwòl Egzèsis Anketè a.

Anketè a dwe aktyalize Lis Kontwòl Egzèsis la tanzantan. Nou ta ankouraje w aktyalize l chak swa, lè aktivite jounen an fre nan tèt ou.

Kiyès ki resevwa enfòmasyon sa?

Chak lendi maten, Anketè yo dwe kontakte Sipèvizè yo epi bay enfòmasyon yo anrejistre nan Rapò Pwogrè ak Depans la.

Enstriksyon pou ranpli Rapò sou Pwogrè ak Depans la

Swiv etap sa yo pou anrejistre pwogrè ak depans pou chak ka. Li enfòmasyon yo ankò ak anpil atansyon. Si youn nan depans yo pa koresponn ak travay ki fèt la, bay yon rezon pou sa.

Rapò Pwogrè ak Depans la dwe fèt chak jou, depi sou premye jou fòmasyon an.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 118Manyèl Anketè

Page 119: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Rapò ak Swivi Depans ak Pwogrè, SwitKolòn/Liy Deskripsyon

Enfòmasyon nan Antèt

Ekri enfòmasyon ki annapre yo sou chak rapò, non Anketè a, nimewo telefòn, non Sipèvizè a ak nimewo telefòn

A Dat pou bay enfòmasyon – Dat ou dwe bay enfòmasyon sou Pwogrè ak Depans

B Ka yo bay – Ekri kantite ka yo bawou. Li ta dwe menm kantite a chak semenn.

C POU FÈT – Ekri kantite ka yo bawou depi ankèt la kòmanse. Kolòn sa kimilatif/ajoute youn sou lòt.

D KI FINI – Ekri kantite ka w voye bay Sipèvizè w oubyen bay yon lòt Anketè depi ankèt la kòmanse. Kolon sa kimilatif/ajout youn sou lòt.

E Total – Kolon sa se yon rezilta adisyon ki fèt ak chif ki nan kolòn B ak C epi yo fè yon soustraksyon ak rezilta epi ak chif ki nan kòlon D. (B+C)-D=E

F,G,H,I,J Kòd Rezilta Final – Kolòn sa yo reprezante tout Kòd Rezilta Final ki posib. Chak semenn, Anketè yo dwe ale nan Lis Kontwòl Egzèsis yo epi konte kantite fwa kòd sa yo parèt.

K,L Kòd Rezilta “Kap fèt kounye a” – Kolòn sa yo reprezante tout Kòd Rezilta “Kap fèt kounye a”ki posib. Chak semenn, Anketè yo dwe konte konbyen fwa chak kòd sa yo parèt.

M,N,O Lè Travay – Rapò sou lè travay yo, ki awondi nan ka dè ki pi pre a. Tout sa ki ekri yo dwe gen de chif apre vigil. KM – Kilomèt yo ap ekri antanke chif antye. Anketè ki gen machin ak yon odomèt ki li an mayl ap miltipliye distans yo vwayaje an pa 1.5 pou yo ka bay li an kilomèt. Lòt Depans – Anketè yo dwe rapòte lòt depans yo an dola ak santim, sa vle di tout enfòmasyon yo dwe ekri ak de chif apre vigil la.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 119Manyèl Anketè

Page 120: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Chapit 15

Livrezon Dokiman ak Founiti Ankèt la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 120Manyèl Anketè

Page 121: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Entwodiksyon Kòm se yon ankèt ki fèt ak papye ak kreyon, plizyè fòm ak rapò ap itilize pou jere ankèt la. Kidonk li enpòtan anpil pou pran prekosyon lè wap livre enfòmasyon konfidansyèl bay Sipèvizè/epi oubyen <<Biwo Egzekitif Ankèt>> la.

Jeneral Ou gen responsablite pou remèt tout dokiman ankèt ki fini epi yo te bawou pou w ranmase enfòmasyon bay Sipèvizè w ak/oubyen <<Biwo Egzekitif Ankèt>> la. Dokiman Ankèt la ki fini dwe anbale ak anpil prekosyon pou yo respekte kondisyon konfidansyalite Lwa Statistik la.

Fòm Transmisyon Tout livrezon pou dokiman ankèt la ki fini dwe vini ak yon FòmTransmisyon Ankèt Alfabetizasyon <<Non Peyi>> a. Fomilè sa dwe akonpaye pake kap livre a jiskaske li rive nan <<Biwo Egzekitif Ankèt>> la.

Livrezon Kesyonè sou Papye pa Anketè yo bay Sipèvizè/<<Biwo Egzekitif Ankèt>>

Anketè yo dwe livre dokiman ankèt la ki fini bay <<Biwo Egzekitif Ankèt>> la chak lendi pandan peryòd ankèt la. Senk premye ka yo ap livre bay Sipèvizè w la pou yon kontwòl kalite.

Anvan w voye bay Sipèvizè/<<Biwo Egzekitif Ankèt>>

Anvan ou voye dokiman ankèt la bay Sipèvizè w ak/oubyen <<Biwo Egzekitf Ankèt>> la, ou dwe fè sa ki annapre yo: Asire w tout dokiman yo anrejistre nan “Lis pou verifye Anvlòp Moun

kap reponn kesyon an” nan Anvlòp Moun kap reponn kesyon an, Verifye genyen yon Anvlòp pou Moun kap reponn kesyon pou chak

Anvlòp Ka/Nimewo ID Moun kap reponn kesyon li ekri sou Fòmilè Transmisyon an,

Livre Anvlòp Moun kap reponn kesyon an avèk Fòmilè Transmisyon an bay <<Biwo Egzekitif Ankèt>> la chak lendi pandan peryòd ankèt la epi li dwe adrese bay:

<<Enfòmasyon Kontak>>

Tou swit anvan livrezon pake a, enfòme Sipèvizè w dokiman ankèt ki fini yo pare pou yo livre epi yap livre ak tout Fòmilè Transmisyon an.

Anketè yo dwe asire yo pou Lis Kontwòl Egzèsis yo aktyalize pou endike ki dokiman ankèt ki fini epi ki livre.

Fòm Transmisyon

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 121Manyèl Anketè

Page 122: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Ranpli fomilè transmisyon an

Yap bawou yon Fomilè Transmisyon pou Ankèt Alfabetizasyon <<Non Peyi>> a. Ou dwe itilize fomilè sa pou ekri tout nimewo ID Moun kap reponn kesyon yo pou tout dokiman ankèt ki fin fèt yo.

Swiv etap annapre yo:

Kare/Kolon Aksyon

Nimewo Fòmilè Transmisyon

Bay chak transmisyon w yo yon nimewo.

<<Biwo Egzekitif Ankèt>>:

Ekri (√)

Pou: Non ak Nimewo telefòn:

Ekri non w ak nimewo telefòn ou, Ekri yon (√) akote Anketè, Sipèvizè oubyen <<Biwo Egzekitif Ankèt>> dapre sa ki koresponn.

Dat li voye: Ekri dat li livre a.

Afektasyon: Ekri nimewo Afektasyon Anketè a nan tèt kolòn sa.

Nimewo ID moun kap reponn kesyon a:

Ekri nimewo ID moun kap reponn kesyon an (Nimewo ED, Nimewo Fanmi, Nimewo Moun nan) pou chak ka wap ekspedye.

Kòd Rezilta Final Anvlòp Ka:

Ekri Kòd Rezilta Final pou chak ka.

Resevwa: <<Biwo Egzekitif Ankèt>> la ap ekri yon (√) akote chak Anvlòp pou moun kap reponn kesyon yo resevwa.

Kontinye nan lòt paj la

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 122Manyèl Anketè

Page 123: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Eliminasyon dokiman

Eliminsayon dokiman

Lè tout enfòmasyon yap pran yo fini, yo dwe fè sa ki annapre yo ak dokiman yo:

Livre bay <<Biwo Egzekitif Ankèt>> Elimine

Anvlòp Moun kap reponn kesyon ki pa itilize e ki genyen:o Kesyonè sou Istwa moun yoo Fòm Chanjman Adrèso Tès Memwa seri Chif Annavan –

Fèy Anrejistreman Anketèo Tès Memwa seri Chif Pabak – Fèy

Anrejistreman Anketèo Ti Liv Seleksyono Fèy Koreksyon Ti Liv Seleksyono Kesyonè sou moun ki manm fwaye

ao Nòt Obsèvasyon Entèvyouo Ti Liv Reperajo Ti Liv Prensipalo Rapò sou Entèvyou ki pa fèto Tès Vokabiliè ki itilize foto – Fèy

Anrejistreman Anketèo Fèy Repons Eple

Gid Anketè sou kijan Ankèt la dwe fèt Kesyonè sou Istwa moun yo Sak Anketè Griy Seleksyon Pèsonèl Kaye Tès Vokabilè ki ilitize foto –

Vèsyon Kout Kat Egzèsis Lekti (6) Kat Repons Aparèy kasèt, Kasèt, Stikè pou kasèt, ak

taymè

Egzèsis pou diminye kantite moun ki pa reponn

Liv Anketè Lèt Prezantasyon Egzèsis Revizyon sou

Nòt pou anonse Vizit

Voye dokiman ankèt la nan fen ankèt la bay:

<<Enfòmasyon moun pou kontakte a>>

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 123Manyèl Anketè

Page 124: Caribbean Communitystatistics.caricom.org/helpdesk/documentarycentre/Dom1/... · Web view> KAD JENERAL POU YON PWOJÈ ANKÈT SOU ALFABETIZASYON

Chapit 16

Kontrandi

Entwodiksyon Apre chak ankèt, anplwaye <<Biwo Egzekitif Ankèt>> la dwe patisipe nan yon kontrandi sou ankèt la.

Kesyonè sou Kontrandi Anketè a

Kesyonè sou Kontrandi Anketè a ap distribiye bay tout Anketè, Sipèvizè ak anplwaye <<Biwo Egzekitif Ankèt>> la.

Ranpli Kesyonè sou Kontrandi Anketè a anvan, pandan epi apre ankèt la epi livre Kesyonè sou Kontrandi Anketè ki ranpli an bay <<Biwo Egzekitif Ankèt>> la nan dat <<dat fen ankèt la + 1 semenn>>.

Ankèt sou Alfabetizasyon <<Non Peyi >> Paj 124Manyèl Anketè