39
Evalyasyon Dr. Glenda Stump Laboratwa MIT sou ansèyman ak aprantisaj Atelye sou edikasyon san baryè gras ak teknoloji Pòtoprens, Ayiti 16-19 Janvye, 2013

Evalyasyon

Embed Size (px)

DESCRIPTION

Evalyasyon. Dr. Glenda Stump Laboratwa MIT sou a nsèyman ak a prantisaj Atelye sou edikasyon san baryè gras ak teknoloji Pòtoprens, Ayiti 16-19 Janvye , 2013. Rezilta n ap vize. Nan finisman sesyon sa a, w ap kapab : Dekri wòl ou nan evalyasyon Inisyativ MIT- Ayiti a - PowerPoint PPT Presentation

Citation preview

Page 1: Evalyasyon

Evalyasyon

Dr. Glenda StumpLaboratwa MIT sou ansèyman ak aprantisaj

Atelye sou edikasyon san baryè gras ak teknoloji Pòtoprens, Ayiti

16-19 Janvye, 2013

Page 2: Evalyasyon

Rezilta n ap vize• Nan finisman sesyon sa a, w ap kapab: – Dekri wòl ou nan evalyasyon Inisyativ MIT-Ayiti a

– Esplike itilite “evalyasyon fòmativ” ak “evalyasyon somativ” epi dekri zouti ki sèvi pou chak

– Dekri demach pou evalyasyon

– Devlope kèk objektif aprantisaj ki presi, reyalis, e ki ka mezire; makònen objektif sa yo ak demach evalyasyon nan yon plan pedagojik kote ou fè aprantisaj aktif antre nètalkole nan klas la

1/18/2013

Page 3: Evalyasyon

Vizyon an gwo plan

• Defini evalyasyon• Divès mòd evalyasyon• Demach pou evalyasyon• Divès objektif aprantisaj• Aliyman san douk ant ansèyman ak evalyasyon• Pi bon teknik pratik pou evalyasyon• Plan pedagojik• Aktivite pou plan pedagojik

1/18/2013

Page 4: Evalyasyon

Evalyasyon se yon…• Demach sistematik pou ranmase, egzamine, epi

sèvi ak enfòmasyon

• Yo aplike l pou suiv si yon ansèyman / pwogram akonpli anbisyon l / objektif li / ak rezilta li te vize yo

1/18/2013

Page 5: Evalyasyon

Wòl pa w nan evalyasyon inisyativ MIT-Ayiti a

• Objektif aprantisaj pou etidyan yo – nan yon klas oubyen pandan tout yon semès – Reyalizasyon objektif aprantisaj pou etidyan yo apre ou fin mete yon seri

aktivite an plas pou aprantisaj aktif an kreyòl

• Pwogram – pou yon gran kantite etidyan pandan yon peryòd ki long– Reyalizasyon objektif pwogram MIT-Ayiti a: 1) Pwofesè yo pral fè yon seri aktivite pou devlope kourikoulòm; y ap kreye

aktivite sa yo gras a “Resous pou edikasyon san baryè” an kreyòl nan klas syans ak matematik

2) Rezilta aprantisaj etidyan yo pral amelyore paske, nan klas STJM yo, y ap sèvi ak metòd aprantisaj aktif---nan lang manman yo

• Disiplin – tankou syans, teknoloji, jeni, matematik – Objektif nou te vize pou pwogrè etidyan yo

1/18/2013

Page 6: Evalyasyon

Yon ti refleksyon nan yon minit

• An 2 fraz sèlman, dekri kòman ou ta kapab kontribye nan evalyasyon rezilta inisyativ MIT-Ayiti a

1/18/2013

Page 7: Evalyasyon

Kilè ou ka fè evalyasyon?• Egzanp – Evalyasyon aprantisaj pou yon klas

– Anvan ansèyman an kòmanse• Pou ou kapab trase premye baz lizyè sou pòsyon konesans yon etidyan genyen

oubyen sou pwòp karakteristik li

– Pandan ansèyman an ap dewoule• Pou ou konnen ki sa etidyan yo aprann pandan yon ti bout tan dekwa pou ou kab

ajiste ansèyman an si sa nesesè– Evalyasyon fòmativ

– Apre ansèyman an fin fèt• Lè w gen reskonsablite bay prèv, dokimante jan etidyan yo aprann

– Evalyasyon somativ

• Pou ou resevwa reyaksyon (fidbak) ki kab itil pou w kontinye amelyore klas la oubyen pwogram nan – Evalyasyon fòmativ

1/18/2013

Page 8: Evalyasyon

Kilè ou kab fè evalyasyon?• Egzanp – Evalyasyon yon pwogram edikatif– Anvan ansèyman an kòmanse

• Pou ou kapab trase premye bazlizyè sou pòsyon konesans yon etidyan genyen oubyen sou pwòp mak sinyalman l

– Pandan ansèyman an ap dewoule• Pou ou konnen kisa etidyan yo aprann pandan yon ti bout tan

dekwa pou ou kab ajiste ansèyman an si sa nesesè– Estimasyon fòmativ

– Apre ansèyman an fin fèt• Lè ou gen reskonsablite pou bay prèv, dokiman alapui, jan etidyan

yo chanje – Evalyasyon somativ

• Pou ou resevwa reyaksyon (fidbak) ki kab itil pou w kontinye amelyore klas la oubyen pwogram lan – Evalyasyon fòmativ

1/18/2013

Page 9: Evalyasyon

Divès mòd evalyasyon • Evalyasyon Fòmativ

– Li fèt pandan aktivite a (ansèyman oswa pwogram)• Li bay enfòmasyon sou valè pwogrè ki fèt nan jan

etidyan yo ap aprann oubyen nan fason pwogram lan ap vanse pi pre rezilta li vize yo• Pèmèt ou fè chanjman ki nesesè

1/18/2013

Page 10: Evalyasyon

Evalyasyon Fòmativ – Zouti yo• Leson oubyen devwa lakay• Ti tès trapde nan fen yon klas• Kesyon sou konsèp anvan oubyen pandan yon klas

– ‘bouton deklik’ (‘clickers’)– ‘kat’

• ‘Pwen ki plis pa klè’ oubyen ‘ekri repons nan 1 minit’• Chita pale (entèvyou)• Gwoup Tematik • Kanè pèsonèl oubyen rejis etidyan yo kenbe• Sondaj

1/18/2013

Page 11: Evalyasyon

Evalyasyon Fòmativ – (suit)• Ak ki zouti pou evalyasyon fòmativ nou ka sèvi pou

nou evalye rezilta n ap vize nan inisyativ MIT- Ayiti a?

Pwofesè yo pral fè yon seri aktivite sou devlopman kourikoulòm; y ap kreye aktivite sa yo gras a “Resous pou edikasyon san baryè” pou klas syans ak matematik an Kreyòl

Aprantisaj la pral amelyore paske etidyan yo pral travay sou materyèl syans ak matematik selon metòd aprantisaj aktif—nan lang manman yo

1/18/2013

Page 12: Evalyasyon

Evalyasyon Fòmativ – (suit)• Ak ki zouti pou evalyasyon fòmativ nou ka sèvi pou n evalye

rezilta n ap vize yo nan inisyativ MIT-Ayiti a?

– Sondaj pami pwofesè yo pou n rive konnen si yo sèvi ak nouvo resous teknolojik an kreyòl yo

– Chita pale ak pwofesè yo pou nou tande defi oubyen siksè yo jwenn

– Rapò pwofesè yo sou jan lòt kolèg pran yo anba zèl yo– Plan pedagojik– Pretès ak postès pou etidyan k ap sèvi ak modil nan

StarGenetics, StarBiochem, Matlèt oswa TEAL

1/18/2013

Page 13: Evalyasyon

Divès mòd evalyasyon – (suit)

• Evalyasyon somativ

– Li fèt nan finisman yon aktivite (ansèyman ou pwogram)• Li montre si aprantisaj oubyen objektif pwogram lan

reyalize • Li bay mwayen pran reskonsablite w devan tout

enstitisyon ak lòt moun ki te sipòte pwogram lan – Ajans ki te bay lajan – tankou National Science Foundation– Inivèsite ak administratè lekòl yo– Paran yo

1/18/2013

Page 14: Evalyasyon

Evalyasyon Somativ - Zouti• Tès oubyen egzamen• Evalyasyon sou pèfòmans

– Demontre ladrès ou selon lòt mwayen ki pa menm ak tès– Souvan barèm nòt yo fèt selon yon klasman òdone (‘rubrics’) kote

chak kategori gen egzijans pa l• Redaksyon• Pwojè• Prezantasyon• Vivasite ak ladrès paregzanp nan kondui yon pwosede laboratwa • Dosye (pòtfolyo)

• Chita pale (Entèvyou)• Gwoup tematik• Kanè pèsonèl oubyen rejis etidyan yo kenbe• Sondaj1/18/2013

Page 15: Evalyasyon

Evalyasyon somativ – (suit)• Ak ki zouti pou evalyasyon somativ nou kab sèvi pou

nou evalye rezilta n ap vize nan Inisyativ MIT- Ayiti a?

Pwofesè yo pral fè yon seri aktivite sou devlopman kourikoulòm; y ap kreye aktivite sa yo gras a “Resous pou edikasyon san baryè” pou klas syans ak matematik an Kreyòl

Aprantisaj la pral amelyore paske etidyan yo pral travay sou materyèl syans ak matematik selon metòd aprantisaj aktif—nan lang manman yo

1/18/2013

Page 16: Evalyasyon

Evalyasyon Somativ – (suit)• Ak ki zouti pou evalyasyon somativ nou kab sèvi pou

nou evalye rezilta n ap vize nan inisyativ MIT- Ayiti a?

– Sondaj pami pwofesè yo pou gade si yo itilize resous an Kreyòl

– Rapò pwofesè yo sou jan lòt kolèg pran yo anba zèl yo– Patisipasyon pwofesè yo nan kondui atelye travay yo– Aprantisaj etidyan yo (pretès ak postès)– Dispozisyon etidyan yo ak motivasyon yo pou yo aprann

syans ak matematik selon metòd aprantisaj aktif– Kantite etidyan ki pèsevere nan syans ak matematik

1/18/2013

Page 17: Evalyasyon

Demach evalyasyon1. Vize objektif ki reyalis, presi, e ki ka mezire

2. Chwazi metòd pou ranmase enfòmasyon yo

3. Ranmase epi analize done yo

4. Deside si objektif yo reyalize

1/18/2013

Page 18: Evalyasyon

Demach evalyasyon—objektif yo1. Vize objektif ki reyalis, presi, e ki ka mezire

– Ki sa yon etidyan dwe bati kòm konesans oubyen kòm kapasite poutèt li pase nan klas ou?• Konesans• Ladrès• Dispozisyon

– Kòman w ap fè konnen si etidyan yo akonpli objektif sa yo?

– “Etidyan yo pral kapab ….”1/18/2013

Page 19: Evalyasyon

Pi bon teknik—objektif yo

Ki sa etidyan yo

dwe konnen

oswa ki sa yo ka fè?

Kòman etidyan yo

pral aprann?

Kòman nou pral mezire aprantisaj

la?

Rezilta nou vize yo

Aktivite pou evalyasyon

Aktivite yo

(aprantisaj oswa

pwogram)J.B. Biggs, (2003)

• Aliyman san douk ant

1/18/2013

Page 20: Evalyasyon

Nan ekri objektif aprantisaj yo • Itilize mo ki konkrè e ki montre yon aksyon– Ede etidyan yo konprann ki sa yo gen pou yo aprann– Ede pwofesè yo deside ki kontni pou yo anseye– Se sa ki dikte ki kalite evalyasyon nou pral fè

1/18/2013

Page 21: Evalyasyon

Objektif aprantisaj ou vize yo dwe adrese yon evantay kapasite nan lespri etidyan yo

kreye

evalye

analize

sonje

konprann

aplike

Bloom (1956), Anderson et al (2001)Slide by J. Rankin

Enfòmasyon tou nèf vin antre nan ‘moul mantal’ ak nan kad konesans ki te deja egziste

Tire konklizyon sou bazkritè ak nòm

Itilize teknik pou ou fè egzèsis pratik oubyen rezoud pwoblèm

Divize yon materyèl dekwa chak pati ki fòme l vin apa, epi chèche sezi

kòman pati yo konekte youn ak lòt e avèk chapant global la

Met eleman ansanm jis ou fòme yon sèl kò byen soude e ki mache byen

1/18/2013

Page 22: Evalyasyon

Nan ekri objektif aprantisaj yo • Itilize mo ki konkrè e ki montre yon aksyon:– Sonje

• Rekonèt, fè yon lis, dekri, idantifye, bay non

– Konprann• Esplike, rezime, klase

– Aplikasyon• Itilize, konplete, aplike, met an plas

– Analiz• Konpare, montre diferans

– Evalyasyon• Kritike, jije

– Kreye• Trase modèl, bati, planifye, pwodui

1/18/2013

Page 23: Evalyasyon

Objektif aprantisaj - Egzanp• Etidyan yo ap rive konprann metòd Euler la

– Reyalis? Wi– Presi? Non– Ou kab mezire l? Non

• Etidyan yo pral kapab sèvi ak metòd Euler la pou yo jwenn solisyon ekwasyon diferansyèl òdinè

– Reyalis? Wi– Presi? Wi– Ou kab mezire l? Wi

• Etidyan yo ap kapab dekri lojik ki fè yo itilize metòd Euler la pase nenpòt lòt apwòch pou jwenn solisyon ekwasyon diferansyèl òdinè

– Reyalis? Wi– Presi? Wi– Ou kab mezire l? Wi

1/18/2013

Page 24: Evalyasyon

Demach evalyasyon – Metòd yo2. Chwazi metòd pou ranmase enfòmasyon yo

– Metòd kalitativ yo• Chita pale• Gwoup tematik• Obsèvasyon

– Metòd kantitativ yo• Tès• Sondaj• Pèfòmans kote barèm nòt yo fèt selon yon klasman

òdone (‘rubrics’) kote chak kategori gen egzijans pa l

1/18/2013

Page 25: Evalyasyon

Pi bon teknik pou evalyasyon - Metòd yo

• Itilize zouti ki deja byen wode, depi sa posib– Fòk ou deja gen evidans ki garanti yon

entèpretasyon valid e fyab sou nòt etidyan yo

• Kofraj an triyang pou done yo (triyangilasyon)– Itilize diferan metòd estimasyon pou ranmase

done sou menm fenomèn lan– Kòman pou n fè kofraj an triyang pou done nou

pral ranmase sou Inisyativ MIT-Ayiti a?

1/18/2013

Page 26: Evalyasyon

Demach Evalyasyon – Ranmasaj Done 3. Ranmase done yo epi analize yo– Planifye evalyasyon pou Inisyativ MIT-Ayiti a

• Done sou pwofesè yo – prèv pwofesè yo mennen aktivite pou itilize epi ankouraje itilizasyon modil ki baze sou aprantisaj aktif an Kreyòl

– Kreye plan pedagojik pou itilize yon ‘modil’ an Kreyòl nan yon klas– Eseye yon blòk leson (yon modil) an Kreyòl ak 2 etidyan– Dekri ki jan leson an pase epi reyaksyon etidyan yo– Brase lide sou leson yo ak kèk kolèg– Prezante aktivite sou aprantisaj aktif an Kreyòl nan yon atelye – Ede tradui materyèl sou aprantisaj aktif an Kreyòl– Kreye materyèl sou aprantisaj aktif an Kreyòl kote nou fè plas pou teknoloji

nou aprann nan atelye sa a

• Ki sa ki ta ede w jwe wòl pa w nan evalyasyon Inisyativ MIT-Ayiti a?1/18/2013

Page 27: Evalyasyon

Demach Evalyasyon – Ranmasaj Done (suit)

3. Ranmase done epi analize yo– Planifye evalyasyon Inisyativ MIT-Ayiti a

• Done sou etidyan yo – prèv aprantisaj etidyan yo– Rezilta pretès ak postès pou 2 etidyan ki te eseye yon blòk

leson (yon modil) an Kreyòl baze sou aprantisaj aktif nan kou fizik, matematik, oubyen biyoloji

• Bagay pou n reflechi sou yo– Ki moun ki pral fè rekritman pou eseye ‘modil’ yo?– Poukisa moun sa yo ta deside fè sa?– Ki kote nou pral òganize sesyon pou etidyan yo vin fè esè yo?– Konbyen tan nou panse sesyon yo ap dire?

1/18/2013

Page 28: Evalyasyon

Demach Evalyasyon – Desizyon

4. Ann gade pou n wè si objektif yo reyalize– Konpare rezilta estimasyon yo ak objektif nou te

vize yo– Siksè!!– Nou kab oblije revize estrateji yo– Nou kab oblije revize objektif nou te vize yo

1/18/2013

Page 29: Evalyasyon

Lòt konsiderasyon

• Ranmase done fòmativ oubyen somativ?

• Lojik san fay– “Fidelite nan fason nou met yon pwogram an plas”– Sa sa vle di lè n ap kalkile sou Inisyativ MIT-Ayiti a?

1/18/2013

Page 30: Evalyasyon

Planifye evalyasyon—plan pedagojik

• Li gide fason ou anseye• Li mande planifikasyon davans• Li di w– Ki sa etidyan yo ap fin pa konnen – Kòman ou pral ede yo aprann li– Ki jan w ap fè konnen yo rive aprann li

1/18/2013

Page 31: Evalyasyon

Plan pedagojik – Egzanp

1/18/2013

Objektif aprantisaj la / Rezilta

Kontni nou gen pou n anseye:

Aktivite pou aprantisaj: (egzanp., similation sou òdinatè, Konferans, Travay an gwoup, elt.)

Resous: (egzanp., Lojisyèl, panflè, elt.)

Estimasyon: (egzanp, Kesyon Ekzamen, Ti tès trapde, Prezantasyon, elt.)

1. Dekri 3 konsepsyon ki pi kouran sou aprantisaj e teknik pedagoji ki mache ak yo

2. Dekri pi bon teknik pedagoji

1. Behavyoris – Tab aritmetikRanmasaj enfòmasyon – Done, Konstriktivis – Konsèp ak estrateji

2.1. Objektif aprantisaj ou kab mezire2.2 Ralevini konesans ki te sere2.3 Diferan mòd prezantasyon

1. Konferans / diskisyon ant kolèg sou divès kalte pedagoji yo itlize nan lekòl primè ak segondè

2. Konferans ak egzanp pratik; aktivite ‘lote’

1. Dyapo PPT 4 - 7

2. Dyapo PPT 8 - 13

1. Kesyon #1 pou tcheke sa ki sa ou konprann

2. Kesyon #2 pou tcheke sa ki sa ou konprann

Tèm: Ansèyman, aprantisaj, ak gwo plan sou evalyasyon Date: 1/18/2012Patisipan: Pwofesè syans ak matematik

Page 32: Evalyasyon

Jwèt pou wou!Aktivite pou plan pedagojik• Fòme gwoup 2-4 moun• Kòmanse devlope yon plan pedagojik pou

youn nan blòk leson (yon modil) ou aprann pandan twa dènye jou yo

• Ekri objektif aprantisaj ki presi, reyalis, e ki ka mezire

• Devlope evalyasyon pou chak objektif

1/18/2013

Page 33: Evalyasyon

Revizyon

Page 34: Evalyasyon

Ann tcheke sa nou konprann...

• Dekri demach pou evalyasyon– Devlope objektif w ap vize yo– Chwazi modèl / metòd pou evalyasyon an– Ranmase done epi fè analiz– Jije si objektif yo reyalize

1/18/2013

Page 35: Evalyasyon

Ann tcheke sa nou konprann...

• Ki benefis evalyasyon fòmativ pote?– Li ka fèt diferan fason– Li bay enfòmasyon sou pwogrè k ap fèt pou nou

jwenn rezilta nou ta renmen jwenn yo– Li ban nou prèv gen pase-men oswa kèk chanjman

ki pou fèt nan yon klas oubyen yon pwogram

1/18/2013

Page 36: Evalyasyon

Ann tcheke sa nou konprann...

• Pami zouti nan lis ki anba la a, kiyès ki kab sèvi pou evalyasyon fòmativ objektif n ap vize yo nan Inisyativ MIT-Ayiti a?a. Egzamen pou pwofesè yob. Chitapale ak pwofesè yo pou tande defi ak siksè

yo jwenn nan sèvi ak resous an Kreyòlc. Rejis prezans etidyan yo nan klasd. Plan pedagojik pwofesè yo

1/18/2013

Page 37: Evalyasyon

Ann tcheke sa nou konprann...

• Ki benefis evalyasyon somativ pote?– Li bay enfòmasyon pou wè si rezilta n ap vize yo

reyalize– Li bay mwayen pou nou pran reskonsablite n

devan divès enstitisyon ki sipòte pwogram nan

1/18/2013

Page 38: Evalyasyon

Ann tcheke sa nou konprann...

• Pami zouti ki nan lis anba la a, kiyès ki kab sèvi pou evalyasyon somativ rezilta n ap vize nan Inisyativ MIT-Ayiti a?a. Patisipasyon pwofesè yo nan kondui atelyeb. Aprantisaj etidyan yo (pretès ak postès)c. Rejis prezans etidyan yo nan klasd. Kantite etidyan ki enskri pou mizik

1/18/2013

Page 39: Evalyasyon

Mèsi anpil!!