21
FOR PARENTS THE 411

Kisa BYOD a Ye?

  • Upload
    tieve

  • View
    98

  • Download
    0

Embed Size (px)

DESCRIPTION

Kisa BYOD a Ye?. BYOD se yon akwonim ki vle di Pote Pwòp Aparèy Pa Ou . Yo defini yon “ aparèy ” kòm yon laptop, tablèt ki se aparèy òdinatè , netbook, notebook, e-Reader, iPod Touch, iPad , oubyen telefòn pòtab prive ou posede . - PowerPoint PPT Presentation

Citation preview

Page 1: Kisa  BYOD a Ye?

FOR PARENTSTHE 411

Page 2: Kisa  BYOD a Ye?

bring your own device – Collier County Public Schools

Kisa BYOD a Ye?

• BYOD se yon akwonim ki vle di Pote Pwòp Aparèy Pa Ou.

• Yo defini yon “aparèy” kòm yon laptop, tablèt ki se aparèy òdinatè, netbook, notebook, e-Reader, iPod Touch, iPad, oubyen telefòn pòtab prive ou posede.

• Pou pwogram sa a, tèm “aparèy” la ap enkli tou nenpòt pwodwi konsa ki se pwopriyete CCPS e ke yo bay elèv yo itilize.

Page 3: Kisa  BYOD a Ye?

bring your own device – Collier County Public Schools

Pou Kisa se BYOD?• Elèv nou yo se natif-natal dijital epi yo abite nan yon

mond kote kreyasyon ak konsomasyon enfòmasyon ap repwodwi tout tan.

• Nou santi ke aksè a zouti ak resous yon rezo mondyal ansanm ak konpreyansyon pou konnen kilè ak kijan pou itilize zouti sa yo yon fason ki apwopriye e efikas se yon bagay ki enpòtan e ki obligatwa nan edikasyon chak elèv.

• Nou anvizaje yon anviwonman ansèyman kote teknoloji fè pati nou, pa separe de nou.

Page 4: Kisa  BYOD a Ye?

bring your own device – Collier County Public Schools

Se kilè BYOD pral kòmanse?

Faz 1 aplikasyon nan sal klas yo te kòmanse nan mwa out 2013.

Faz 2 aplikasyon nan sal klas yo te kòmanse nan mwa janvye 2014.

Faz 3 pral kòmanse nan mwa out 2014.

Page 5: Kisa  BYOD a Ye?

bring your own technology – Collier County Public Schools

Ki lekòl ki enplike nan Faz 1 an?Lekòl Segondè– Barron Collier High– Everglades City Schools– Golden Gate High– Gulf Coast High– Lely High– Lorenzo Walker

Technical High

Lekòl Mwayen– Immokalee Middle– Manatee Middle

Lekòl Elemantè– Golden Terrace Elementary– Pelican Marsh Elementary– Sea Gate Elementary

Faz 1 a pral kòmanse nan mwa out 2013.Faz 2 a pral kòmanse nan mwa janvye 2014.

Faz 3 a pral kòmanse nan mwa out 2014.

Page 6: Kisa  BYOD a Ye?

bring your own technology – Collier County Public Schools

Ki lekòl ki enplike nan Faz 2 a?Lekòl Segondè– Immokalee High– Naples High– Palmetto Ridge High– Alternative Schools

Lekòl Mwayen– Cypress Palm Middle– East Naples Middle– Gulfview Middle– Oakridge Middle– Pine Ridge Middle

Lekòl Elemantè– Avalon Elementary– Calusa Park Elementary– Corkscrew Elementary– Estates Elementary– Laurel Oak Elementary– Lely Elementary– Manatee Elementary– Naples Park Elementary– Osceola Elementary– Poinciana Elementary– Tommie Barfield Elementary

Page 7: Kisa  BYOD a Ye?

bring your own technology – Collier County Public Schools

Ki lekòl ki enplike nan Faz 3 a?Lekòl Mwayen– Corkscrew Middle– Golden Gate Middle– North Naples Middle– Oakridge Middle

Lekòl Elemantè– Lake Park Elementary– Lake Trafford Elementary– Mike Davis Elementary– Palmetto Elementary– Parkside Elementary– Pinecrest Elementary– Sabal Palm Elementary– Shadowlawn Elementary– Veterans Memorial Elementary– Village Oaks Elementary– Vineyards Elementary

Lekòl Elemantè– Big Cypress Elementary– Eden Park Elementary– Golden Gate Elementary– Highlands Elementary

Page 8: Kisa  BYOD a Ye?

bring your own device – Collier County Public Schools

Kijan yo pral itilize aparèy mobil yo nan sal klas yo?

• Pwojè• Rechèch• Aparèy repons pou evaliyasyon• Kolaborasyon• Prezantasyon• Lòt rezon enstriksyonèl e ki gen rapò ak

aktivite lekòl yo

Page 9: Kisa  BYOD a Ye?

bring your own device – Collier County Public Schools

Ki aparèy mobil yo aksepte?• Aparèy ki ka ale sou entènèt e ki ka konekte sou rezon

san fil distri a• Aparèy sa yo kapab enkli, men yo pa limite a sa sèlman:

– iPod Touch– iPad– lòt aparèy òdinatè tablèt– smartphone– laptop– netbook– e-Readers

Page 10: Kisa  BYOD a Ye?

bring your own device – Collier County Public Schools

Kijan elèv mwen an pral fè antre sou entènèt la?

• Elèv yo pral antre sou entènèt la atravè rezo san fil BYOD CCPS la.

• Rezo sa a pral founi aksè a yon entènèt filtre epi tou yo ap gen aksè a kèk lòt sistèm ak resous Distri yo.

• Yo kapab siveye nenpòt ak tout aksè pou rezon sekirite rezo a ak pou pwoteksyon elèv yo.

Page 11: Kisa  BYOD a Ye?

bring your own device – Collier County Public Schools

Ki kalite responsabilite yon elèv ap genyen?

• Li epi adere avèk Akò sou Itilizasyon Responsab CCPS la.

• Aksede entènèt atravè rezo CCPS BYOD a sèlman. (Aksede entènèt atravè plan done yo tankou pa egzanp yo entèdi rezo 3G/4G yo.)– CCPS pa responsab pou peye okenn done oubyen

app ke yon elèv ta enstale apati yon konpayi sèvis.

Page 12: Kisa  BYOD a Ye?

bring your own device – Collier County Public Schools

Ki kalite responsabilite yon elèv ap genyen?

• Itilize rezo BYOD CCPS la sèlman pou rezon enstrisyonèl ak pou aktivite ki gen rapò ak lekòl la. Elèv yo pa dwe itilize okenn aparèy oubyen sèvis pou rezon ki pa edikasyonèl nan lè lekòl yo, amwens ke gen yon administratè oubyen pwofesè lekòl la ki bay pèmisyon pou sa.

• Yo dwe itilize aparèy yo sèlman nan kote ki apwouve pou sa nan lekòl la. Elèv yo pa dwe itilize aparèy nan kote nan lekòl la ki dezinye kòm zòn ki pa pou teknoloji oubyen lòt zòn kote yo pa admèt aparèy yo.

Page 13: Kisa  BYOD a Ye?

bring your own device – Collier County Public Schools

Ki kalite responsabilite yon elèv ap genyen?

• Elèv la responsab pou pwoteje kondisyon nenpòt aparèy ki ap itilize pou BYOD ki ap enkli pou mete li ajou, antiviris lojisyèl ak nenpòt lòt reparasyon.

• Yo ta dwe vini avèk aparèy pèsonèl yo tou chaje epi yo ta dwe kapab dire yon jou lekòl an plen san yo pa chaje.

• Elèv yo ap responsab an plen, e tout tan, pou pwoteje aparèy pèsonèl yo pote nan lekòl la. CCPS pa gen anyen pou li wè ak okenn pèt, domaj, oubyen vòl aparèy pèsonèl ke yo posede yo.

Page 14: Kisa  BYOD a Ye?

bring your own device – Collier County Public Schools

Ki kalite lòt liy direktif yo mete an plas pou elèv yo?

• Pou klas kote pwofesè a chwazi pou itilize yon sit medya sosyal pou kominikasyon ak/oubyen devwa, sèl sit medya sosyal ki apwouve pou pwogram BYOD CCPS la se Edmodo.

• Okenn aparèy, keseswa pèsonèl oubyen lòt kalite, pa dwe anrejistre, estoke, oubyen transmèt nenpòt kalite imaj, son oswa videyo nan CCPS, eksepte pou pwojè ki aprouve avèk pèmisyon pwofesè a.

Page 15: Kisa  BYOD a Ye?

bring your own device – Collier County Public Schools

Ki kalite lòt liy direktif yo mete an plas pou elèv yo?

Si gen yon kwayans rezonab ki egziste pou montre ke yon elèv vyole tèm ki figire nan Akò sou itilizasyon Responsab la, oubyen lòt règleman distri a, yo kapab enspekte aparèy elèv la epi/oubyen konfiske li. Yo kapab pouswiv pou pran lòt sanksyon disiplinè ki enplike movèz itilizasyon teknoloji a pou fè elèv la pèdi privilèj teknoloji li yo oubyen pou pran lòt aksyon swivan sa ke CCPS detèmine.

Page 16: Kisa  BYOD a Ye?

bring your own device – Collier County Public Schools

Ki kalite responsabilite mwen genyen antan ke paran?

• Pran san ou pou w li epi revize Akò sou Itilizasyon Responsab la ki afiche sou sit entènèt nan seksyon “CCPS Parent Portal BYOD” a avèk pitit ou epi endike ke ou dakò.

• Veye pou ke aparèy pitit ou a nan bon kondisyon pou travay epi batri a chaje chak jou.

• Siveye jan pitit ou ap itilize aparèy mobil yo a.

Page 17: Kisa  BYOD a Ye?

bring your own device – Collier County Public Schools

Kijan mwen kapab aprann plis sou sekirite sou entènèt yo?

Paran• Akademi pou Paran• Reyinyon Piblik

Elèv• Elemantè

– Klas sou Resous Enstriksyonèl– Prezantasyon Biwo Polis pou Relasyon Jèn yo

• Mwayen/Segondè– Videyo Enfòmasyon– Prezantasyon Biwo Polis pou Relasyon Jèn yo

Page 18: Kisa  BYOD a Ye?

bring your own device – Collier County Public Schools

Ki kote mwen kapab jwenn plis enfòmasyon?

• Sit Entènèt BYOD Lekòl Piblik Collier County ahttp://collierschools.com/BYOD

• Prevansyon sou Zak Entimidasyon http://www.collierschools.com/students/bullying/index.htm

• Medya sou Bon Sanshttp://www.commonsensemedia.org/

Page 19: Kisa  BYOD a Ye?

bring your own device – Collier County Public Schools

Kijan mwen ka enskri pitit mwen pou BYOD a?• Antre nan “Parent Portal” sou Sit Entènèt Distri a.• Chwazi BYOD.• Li epi dakò avèk Akò sou itilizasyon Responsab la pou w ka

enskri pitit ou nan pwogram nan.• Klike sou lyen ki pi ba a pou w ka gade yon videyo ki ap bay sa

pou w fè nan pwosesis la etap-pa-etap.BYOD Parent Approval Process Video

• Si ou bliye Idantifikasyon ou oubyen ou pa genyen youn pou antre nan “Parent Portal” la, ou ap bezwen ale nan lekòl pitit ou a pou yo ka ba ou li. Pa bliye mache avèk yon idantifikasyon lè ou ap vini lekòl la.

Page 20: Kisa  BYOD a Ye?

bring your own device – Collier County Public Schools

Sak pase si pitit mwen pa gen yon aparèy pou pote lekòl la?

• Se pa tout elèv ki pral genyen pwòp aparèy pa yo.

• Distri a pral favorize aksè a entènèt atravè òdinatè ki nan klas yo ak yon kantite aparèy mobil ki limite.

• Elèv yo kapab kolabore avèk yon lòt elèv si sa apropriye.

Page 21: Kisa  BYOD a Ye?

Teknoloji Jodi a nan Men Timoun

Demen yo