93

Misyon Batis Konsèvatris d’Haïti Fermathe...NOUVO GID LEGIM 3 FANMI CHOU VARYETE: Chou, bwokoli, chou flè, chou chinwa, kal, radi, ak nave: Tout legim sa yo se menm fanmi avèk

  • Upload
    others

  • View
    11

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

  • Misyon Batis Konsèvatris d’Haïti

    Fermathe Haïti

  • NOUVO GID LEGIM

    ZONYON ____________________________________________________________________ 1PWAWO _____________________________________________________________________ 2FANMI CHOU _______________________________________________________________ 3CHOU _______________________________________________________________________ 4BWOKOLI ___________________________________________________________________ 6CHOU CHINWA ______________________________________________________________ 7CHOUFLE ___________________________________________________________________ 8RADI _______________________________________________________________________ 9PWATAN ___________________________________________________________________ 10PWA FRANS ________________________________________________________________ 12KAWOT ____________________________________________________________________ 13PIMAN DOUS _______________________________________________________________ 14BETRAV ___________________________________________________________________ 16KONKOM ___________________________________________________________________ 18POMDETE __________________________________________________________________ 20TOMAT ____________________________________________________________________ 22LETI _______________________________________________________________________ 24ESKWACH __________________________________________________________________ 27SELERI ____________________________________________________________________ 28FREZ ______________________________________________________________________ 29PREPARASYON PLANTIL ____________________________________________________ 31KONTWOL MALADI E ENSEK ________________________________________________ 32ENSEKTISID YO ____________________________________________________________ 33KI JAN POU NOU SEVI ENSEKTISID __________________________________________ 37SI ENSEKTISID YO PA MACHE _______________________________________________ 40ENSEKTISID NOU KAPAB FE LAKAY NOU _____________________________________ 42ENSEKTISID NOU KAPAB ACHTE ____________________________________________ 50PREMYÈ SWEN POU MOUN KI PWAZONNEN PA ENSEKTISID OU FONJISID _____ 63NON ENSÈK YO AVEK PLANT YO _____________________________________________ 71PLANT YO __________________________________________________________________ 73TAB ASPESYON _____________________________________________________________ 74

    REMAK __________________________________________________________________ 89

  • AVANPWOPO

    Premye edisyon gid kilti sa-a te prepare nan ane 1975 aprè anpil eksperyans avek kilti legim nan mòn 30 kilomèt sidès de Port-au-Prince, Haiti. Gid la prepare an kolaborasyon ant DARNDR, Hesston foundation, Hesston, Kansas e Misyon Batist Konsèvatris d’Haitit. Li ekri pa Dr. C. Franklin Bishop Ph. D., direktè projè rechèch legim pou misyon-an. Dezyèm revisyon Nouvo Gid Legim la fèt avèk asistans Agwonòm Edward Russell ki ajoute anpil enfòmasyon sou ensèk avèk ensektisid. Twazyèm revisyon sa a fèt nan ane 2000. Nou swete ke gid sa-a va ede agrikiltè legim pou Repiblik d’Haiti. Nou swete tou ke li va itil nan edikasyon jenn agrikiltè ki an preparasyon. Gid la dedye a yon agrikilti fò e devlope pou Repiblik d’Haiti.

    Direktè Pwojè

    Misyon Batis Konsèvatris d’Haïti

    Preparasyon tèx Elizabeth Turnbull

    Reginald Paul

  • ZONYON (Allium cepa)

    PI BON VARIETE: Granex DAT POU PLANTE: Simen grenn yo de Janvye a Mas, pike plantil yo de Fevrye a Me. KILTI: Simen grenn zonyon yo nan jèmwa ou byen nan yon platbann byen prepare ant Janvye e Mas.

    Lè ti plantil yo genyen 10 a 15 sm de wotè yo pare pou plante nan jaden-an. Plan zonyon-an ap bay zonyon si jounen kote li tè plante a tè jou pase 13 è solèy. Nan jaden-an, prepare platbann ki genyen kont angrè konplè. Mete yon kilogram (2 liv) angrè konplè pou chak 10 mèt kare. Mete ti plantil zonyon yo de 5 a 10 sm ant chak nan jaden-a. Pa pike ti plantil yo pi fon ke yo te ye nan jèmwa-a ou byen nan pepinyè-an. ENSEK KI KA ATAKE JADEN-AN: 1. Mit (Thrips tabaci) Mit se yon ti ensèk tèlman piti (1 mm) ke pi fò moun pa janm wè li. Mit yo manje fèy zonyon, e fè fèy yo genyen yon seri ti mak blanch nan tout kò yo. Aprè yon tan, pwent fèy la mouri e fèy la tonbe. Sa lakòz zonyon an piti e li pa gwosi. Pafwa, mit la manje tèt zonyon-an menm, e li fè li pouri. SA POU OU FE: Lè ou wè kèk fèy zonyon kòmanse genyen ti mak blanch sou yo, aspèje avèk Sevin chak 15 jou jiskaske rekòlt zonyon-an fèt. MALADI: 1. Kani fil (Peronospora destructor) Pafwa kèk nan fèy zonyon yo tonbe e yo kouvri avèk yon kanni ki fè yon seri ti fil blanch. Fèy la, e menm zonyon-an, kapab kòmanse pouri. SA POU OU FE: Aspèje youn ou de fwa avèk Dithane-M-45 ou byen ak Karathane.

  • 2 NOUVO GID LEGIM

    PWAWO (Allium porrum)

    PI BON VARYETE: American Flag DAT POU PLANTE: Tout mwa

    JAN POU PLANTE: Simen grenn pwawo yo nan pepinyè ou byen nan jèmwa e transplante yo nan jaden menm fason avèk zonyon. Pi gran diferans ant pwawo e zonyon se ke pwawo kapab fèt tout mwa. Pwawo bezwen yon tè byen lach e anpil angrè. Melanje anpil konpòs nan tè-a anvan ke ou pike pwawo-a. ENSEK E MALADI: Menm ensèk ak maladi ki atake zonyon.

  • NOUVO GID LEGIM 3

    FANMI CHOU VARYETE: Chou, bwokoli, chou flè, chou chinwa, kal, radi, ak nave: Tout legim sa yo se menm fanmi avèk chou. Yo tout mande plizoumwen menm swen. JAN POU PLANTE: Fanmi chou pouse pi byen nan zòn fre kote tè a pa twò asid (pH 6.5).

    Tout legim sa yo mande anpil angrè e konpòs sitou azòt ak fosfò. Lè ou rekolte yo, yo gro epi yo pa kite anyen dèyè nan jaden an pou fè fimye. Pou tout fanmi chou ajoute twa bokit konpòs e 2 kilo angrè konplè pou chak 10 mèt kare lè tè a fin prepare anvan ou plante. ENSEK: 1. Vè rasin (Hylemyia brassicae)

    Se yon ti vè blan ki manje rasin tout kilti sa yo. Yo kapab touye ti plantil chou, bwokoli, e chou flè. Yo kapab domaje radi e navè ki fè moun pa vle achte rekòlt la. Lè vè rasin chou granmoun, li tounen yon mouch ki toujou nan jaden sa yo. Femèl mouch la pon ze bò kote plantil kilti fanmi chou yo. Aprè yon jou, ze yo kale ti vè rasin ki antre nan plant yo. Yo manje rasin plant yo pou 3 semen anvan yo grandi pou yo tounen mouch.

    SA POU OU FE: Mete Diazinon ou Dipterex nan siyon an lè ou simen grenn yo, osnon nan twou lè ou pike plantil yo. Mete yon kiyè a soup ra pou chak 10 plant.

    2. Vè di (Melanotus spp.) Sè yon vè mawon ki genyen yon po di ki manje rasin tout fanmi chou.. Yo bay plis traka lè tè a te genyen zèb jis avan plantasyon an pase lè tè a te kiltiveve dri anvan. SA POU OU FE: Simen Diazinon ou Dipterex lè ou ap plante, menm jan ak pou vè rasin.

  • 4 NOUVO GID LEGIM

    CHOU (Brassica oleracea var. capitata)

    PI BON VARIETE: Copenhagen Market, Brunswick, Premium Late Flat Dutch, Globe King, KK-Cross. DAT POU PLANTE: Tout mwa JAN POU PLANTE: Fè pepinyè swa nan platbann ou byen nan jèmwa. Simen gren chou yo sou ran ki genyen 5 sm ant chak ran plizoumwen 1 sm ant chak grenn.

    Kouvri grenn yo anba 1 sm tè. Apre 6 semen lè plantil yo genyen 8 sm ant chak wotè, transplante yo ak tout tè a nan jaden. Plante yo 25 sm pa 60 sm ant chak ran. Pou lòt ransèyman gade nan seksyon ki bay ranseyman sou tout kilti fanmi chou yo. TI POUL TEKNIK: 1. Chou bezwen anpil angrè. Toujou mete 2 ou 3 kilo angrè konplè pou chak 10 mèt kare sou tè a youn ou de jou avan ou pike chou a. 2. Radi ou piman pa kapab plante avèk chou. Simen grenn radi yo menm lè chou a pike. Pa plante piman avan chou a kòmanse ponmen. Lè wap rekòlte chou a mete vye fèy chou yo pou kouvri tè a anba ti plant piman yo, pou evite ke tè a seche. ENSEK: Gade nan seksion sou kilti fanmi chou an jeneral. MALADI: 1. Jonisman (Fusarium oxysporium f. conglutinans) Ansyen fèy chou yo joni e yo mouri. Chou a pa ponmen ou byen si li ponmen li fè ti tèt piti. Maladi a pi grav lè li fè cho. SA POU OU FE: Sèlman plante varyete chou ki pa pran maladi sa-a.

  • NOUVO GID LEGIM 5

    2. Kani fil (Peronospora parasitica) Maladi sa a sitou bay pwoblèm nan pepiniè. Fèy yo fè tankou yo sal. Yo kouvri ak yon kanni e plantil yo mouri. Lè kanni fil pran gwo chou li fè tach jòn sou tèt la e tach sa yo pouri. SA POU OU FE: Wetire tout vye chou ak fèy yo nan jaden a pou yo pa pouri epi kite maladi a dèyè yo. Aspèje ak Karathane ou Daconil.

  • 6 NOUVO GID LEGIM

    BWOKOLI (Brassica oleracea var. italica)

    PI BON VARIETE: Green Comet, Premium Crop, Emperor DAT POU PLANTE: Tout mwa. JAN POU PLANTE: Fè pepinyè nan platbann ou byen nan jèmwa. Simen grenn bwokoli yo sou ran ki genyen 5 sm ant chak ran, epi plizoumwen 1 sm ant chak grenn. Kouvri grenn yo anba 1 sm tè. Lè plantil yo genyen 8 sm wotè, transplante yo ak tout tè nan jaden an. Plante yo 25 sm pa 50 sm ant chak ran.

    TI POUL BON TEKNIK: Bwokoli dwe grandi vit. Mete yon tas angrè likid nan dèyè chak pye lè ou pike li. Pou ou fè angrè likid sa-a, mete yon kiyè a soup ra angrè 20-20-20 nan yon galon dlo. ENSEK AK MALADI: Gade seksyon sou fanmi chou pou explikasyon sou sa. Se menm maladi ak chou ke bwokoli kon genyen.

  • NOUVO GID LEGIM 7

    CHOU CHINWA (Brassica pekinensis)

    PI BON VARIETE: Takii 50 day, 70 day DAT POU PLANTE: Tout mwa JAN POU PLANTE: Plantil chou chinwa pi byen fèt nan jèmwa ke atè paske li pa bon pou yo fennen lè yo repike. Si plantil chou chinwa fennen lè yo jenn sa kapab anpeche ke yo janm grandi byen menm si yo pa mouri. Prepare yon tè ki genyen anpil angrè e anpil konpòs. Mete yon kilo angrè konplè pou chak 10 mèt kare. Mete plantil yo 30 sm ant chak plantil e 60 sm ant chak ran.

    ENSEK: Pichon e cheni bay pwoblèm pou chou chinwa. Gen esplikasyon sou sa nan seksyon kilti fanmi chou.

    MALADI: Tach (Colletotrichum higginsianum) Se sèl maladi ki bay pwoblèm nan rejyon Kenscoff. Tach yo genyen yon koulè jòn. Lè lapli tonbe sou tach yo, yo pouri e yo sot tonbe. SA POU OU FE: Aspèje avèk Daconil oubyen Dithane (Pou lòt maladi, gade nan seksyon kilti fanmi chou.)

  • 8 NOUVO GID LEGIM

    CHOUFLE (Brassica oleracea var. botrytis)

    PI BON VARIETE: Snow Crown, Pua Kea, Snowball DAT POU PLANTE: Oktòb e Janvye JAN POU PLANTE: Chouflè kapab kiltive sou mòn 1000 mèt rive 2000 mèt an Ayiti, si li genyen kont dlo. Meyè plantasyon fèt nan epòk sèk ak awozaj. Prepare plantil nan jèmwa pou yo kapab transplante ak tou tè-a. Yo pran 6 a 8 semenn pou yo bon, pou transplante. Transplante yo nan platbann ki genyen kont angrè. Mete plant yo 45 sm ant chak plantil e 75 sm ant chak ran. Rouze plantil yo ak yon angrè likid lè yo pike. Mete 1/4 kiyè Diazinon sou tè a otou chak ti plantil chouflè. TI POUL TEKNIK: Poutèt chouflè yo kapab byen blan li nesesè pou pwoteje yo kont solèy la. Lè ti tèt yo kòmanse fòme e yo genyen gwosè yon pyès 50 kòb, mare fèy yo sou ti tèt la pou proteje li. Rekòlte chouflè yo lè yo genyen 15 a 20 sm.. ENSEK: Ou kapab jwen ransèyman sou ensèk ki nwi nan seksyon fanmi chou an jeneral. MALADI: 1. La Woui (minus Boron) Tach mawon ki samble lawouy parèt sou tèt chouflè yo lè yo pral pare. Se pa yon maladi men de yon mank angrè Boron. SA POU OU FE: Simen yon demi tas Borax sou chak 100 mèt kare avan ou plante chouflè yo. (Pou lòt maladi--Gade nan seksyon ki pale de fanmi chou.)

  • NOUVO GID LEGIM 9

    RADI (Raphanus sativus)

    PI BON VARIETE: Cherry Bell, Red Prince, Red Boy DAT POU PLANTE: Tout mwa JAN POU PLANTE: Simen grenn radi yon kote pou yo pouse. Radi se yon bon plant pou simen pami lòt. Yo kapab leve pami chou, bwokoli, leti, osinon tomat.

    Varyete ti radi wouj yo bon sou yon mwa ou 6 semenn, yo va gentan soti avan lòt kilti yo kòmanse gwo. Simen youn ti Diazinon ou Dipterex sou grenn radi yo lè ou simen yo.

  • 10 NOUVO GID LEGIM

    PWATAN (Phaseolus vulgaris)

    PI BON VARIETE: Bush Blue Lake, Contender, Kentucky Wonder, Derby DAT POU PLANTE: Janvye, Fevriye, Mas, Septanm, e Oktòb

    JAN POU PLANTE: Jou anvan ke ou pral simen yon pwatann ou dwe al nan yon jaden ki te genyen pwatann ladan li denyèman. Pran yon ou de tas tè sèk nan jaden-an pase li nan paswa pou fè yon poud. Pase yon ti dlo tou piti sou grenn pwatann yo. Ansuit brase tè-a ak grenn pwatann yo pou tout gren yo kouvri avèk yon ti pousye tè. Kouvri grenn la pou li sèk pandan nuit la. Landemen fè yon siyon ki genyen 3 sm de profondè. Mete grenn pwatann yo de 10 a 15 sm ant chak grenn nan siyon-an. Fè yon dezyèm siyon akote premye-a e simen yon ti angrè konplè tou long ladan li. Mete yon kiyè a soup angrè pou chak mèt de longè ke siyon-an genyen. Kouvri angrè-a avèk tè. Siyon yo ki genyen gren pwatann la dwe genyen 60 sm ant yo menm. TI POUL TEKNIK:: Lè ou fin simen grenn pwatann lan nan siyon-an si ou simen yon ti mwa, sa ki va pemèt plan yo pran fòs. ENSEK:

    1. Sotez (Empoasca fabae) Ou va jwenn esplikasyon sou ensèk sa a nan seksyon ki pale de pomdetè.. Yo fè fèy pwatann-nan vin jòn e tòde desann. Sotèz la toujou anba fèy pwatann lan. Lè ou manyen fèy la li sote e li vole. SA POU OU FE: Aspèje chak semenn avèk Sevin. Komanse aspèsyon lè plant yo genyen 15 sm de wotè e aspèje yo chak semenn jiskaske ou rekòlte yo.

  • NOUVO GID LEGIM 11

    2. Pichon (Aphis fabae) Pichon pwatann se yon ti pichon nwa ki sanble an foul sou jèn pati plant la. Yo rabi plant la e fè fèy yo tòde. Yo toujou diminye rekòlt la anpil.

    SA POU OU FE: Lè ou kòmanse wè pichon nan jaden-an, aspèje avèk Malathion lè solèy la cho.

    3. Podi pwa (Cerotoma trifurcata) Yon ti podi mawon avèk ti tach nwa sou do li, li genyen apeprè ½ sm kòm longè. Ou pa fasil wè podi sa-a paske li manje fèy pwa-a lè swa ou byen lè nuaj kouvri solèy la e jounen fè sonm.

    SA POU OU FE: Aspèje avèk Sevin chak semenn menm jan pou sòtèz. MALADI: 1. Pi fò maladi ke pwatann kapab pran se maladi ki vini avèk semans la. Donk lè wap

    chwazi semanse pwatan se lè-a pou ou evite maladi. 2. Sèlman plante variete pwatan ki byen rekòmande. 3. Toujou fè wotasyon, pa mete pwatann kote ou te fè pwatan deja. 4. Pa kite raje pouse pami pwatann lan. Yo sitire pichon ki kapab pote maladi nan

    pwatann la. 5. Aspèje avèk Malathion chak semenn. 6. Pa janm pran semans pwatann nan yon rekòlt ki te genyen fèy jòn. Jonisman se yon

    maladi ki toujou rete nan grenn pwatann-an e li va desann de jenerasyon an jenerasyon.

  • 12 NOUVO GID LEGIM

    PWA FRANS (Pisum sativum)

    PI BON VARIETE: Alaska, Little Marvel, Wando DAT POU PLANTE: Fevrye a Avril e Septam a Novanm JAN POU PLANTE:

    Pwa frans pa renmen chalè donk yo pa bay bon rekòlt an ete. Lè wap plante pwa frans fè yon ti siyon ki genyen 5 sm profondè e mete grenn pwa frans yo chak 3 sm nan siyon-an. Ansuit simen yon ti Di-Syston sou grenn nan anvan ou kouvri pwa frans la avèk tè fè yon dezyèm ti siyon a kote ki genyen grenn yo e mete yon ti angrè konplè ladan-n. Avèk sistèm sa-a ou va genyen pi bon rekòlt. ENSEK: 1. Pichon (Macrosiphum pisi) Ti pichon vèt pal ki sanble an foul sou pwent tij pwa frans yo. Yo souse pye pwa frans la e yo fè li pa donnen byen. SA POU OU FE: Aspeje avèk Malathion lè solèy la cho. MALADI: 1. Boulezon (Ascochyta pisi) Tij ak fèy plant pwa frans yo pran yon seri tach nwa e mawon.. Aprè yon tan gous pwa frans la pran tach sou li tou. Trè souvan maladi-a tiye plant la menm. SA POU OU FE: Puiske se yon maladi ke grenn pwa frans la pote avèk li ou pa dwe pran semans pwa frans nan yon jaden ki te genyen boulezon. Li toujou pi bon pou achte grenn pwa frans ki sètifye nan men machann semans yo. 2. Fennen (Fusarium oxysporum f. pisi) Se yon maladi ki atake plant yo pi fasil lè li fè cho. Ansyen fèy pwa frans yo vin jòn e tout plant la rabi. Si maladi-a pran plant la lè li jenn, plant la pa janm donnen. Si plant la te gen tan komanse devlope li va donnen men gous yo va genyen sèlman youn ou de gren pwa frans. SA POU OU FE: Sèl bagay ou kapab fè se plante varyete pwa frans ki rezistan a maladi sa-a, e pa plante pwa frans lè li fè cho.

  • NOUVO GID LEGIM 13

    KAWOT (Daucus carota)

    PI BON VARIETE: Red Cored Chantenay e Danvers Half-Long) DAT POU PLANTE: Tout mwa JAN POU PLANTE: Prepare yon platbann trè byen avèk kont angrè. Fè ti siyon ki genyen 1 ½ sm de profondè. Kite 30 sm ant chak siyon. Simen gren kawòt la tou long nan siyon-an e kouvri li avèk 1 ½ sm tè. Pa kite tè-a seche tout tan kawòt la ap jème. TI POUL TEKNIK:: Ou kapab simen grenn radi nan menm siyon avèk kawòt la. Kawòt pran anpil tan pou li jème e radi prese pou li bon. Radi-a genyen tan bon lè kawòt la tou piti e li soti nan tè-a pou li kite plas la pou kawòt la. Lè radi-a jème vit, li bay yon ti lonbraj pou li kenbe tè-a fre pou kawòt la kap jème. Li posib tou pou ou plante kawòt ant chou, bwokoli, chouflè, ou byen leti. ENSEK: Erezman nou pa genyen ensèk ki twò nuizib pou kawòt nan zòn nou-an.

    MALADI: 1. Tach fèy (Cercospora sp. & Alternaria sp.) Nan epòk lapli tach fèy fè anpil dega nan jaden kawòt. Fèy yo sanble tankousi yo boule SA POU OU FE: Aspèje chak semenn avèk Dithane-M45, Captan, ou Daconil.

  • 14 NOUVO GID LEGIM

    PIMAN DOUS (Capsicum annum)

    PI BON VARIETE: Yolo Wonder, New Ace, Emerald Giant DAT POU PLANTE: Tout mwa JAN POU PLANTE: Simen semans piman-an nan jèmwa. Lè plantil yo genyen 6 a 8 semen yo va ase gran pou yo plante nan jaden. Toujou wouze yo avèk yon ti angrè lè ou transplante yo

    Aprè plantil piman-an transplante nan jaden, fè yon ti won nan dèyè chak plantil. Won sa dwe genyen 7 a 8 sm distans de tij plantil piman-an e li dwe genyen de 7 a 8 sm pwofondè. Mete yon kiyè konplè nan won-an-a e kouvri li avèk tè. Piman pouse pi byen le yo jwenn anpil solèy men tè-a dwe rete fre tout tan. Ou dwe mete 3 ou 4 men konpòs anwo tè-a nan dèyè chak plan piman. Ou dwe sèvi ak yon konpòs ki deja byen pouri, li sitire kochondenn ak Kago ki kapab nui plantasyon piman-an. Rekolte piman yo lè yo fin pran gwosè yo e li fè yo di. Fè sa anvan yo vin rouj. Toujou kite tij piman-an sou li. ENSEK: 1. Pichon (Macrosiphum euphorbiae) Pafwa ti pichon vèt ou byen roz sanble anba fèy piman-an ou byen nan pwent tij yo. Plant yo kapab fème, tòde, ou byen mouri menm. SA POU OU FE: Aspèje plant ki genyen pichon avèk Malathion lè solèy la cho.

  • NOUVO GID LEGIM 15

    2. Podi piman (Anthonomus eugenii) Yon podi mawon ou byen nwa ponn ze li nan flè piman-an ou byen sou jen fwi yo.. Yon ti vè blanch ki genyen 4 ou 5 mm soti nan ze-a e antre nan mitan piman-an. Piman yo vin genyen ti twou ladan yo e yo pouri ou bien mal fòme.

    SA POU OU FE: Lè premye ti piman yo parèt nan plan-an, kòmanse aspèje avèk Sevin chak 15 jou. MALADI: 1. Tach fèy (Cercospora capsici e Glomerella cingulata) Yon seri tach mawon ou nwa ki genyen anviwon 1 sm lajè ki parèt sou fèy piman-an. Pafwa tou yon seri tach anfonse yo nan kò piman-an. SA POU OU FE: Aspèje piman yo apati yo kòmanse fleri., chak semenn avèk Daconil ou bien Dithane-M45.

  • 16 NOUVO GID LEGIM

    BETRAV

    (Beta vulgaris) PI BON VARIETE: Detroit Dark Red e Early Wonder DAT POU PLANTE: Tout mwa JAN POU PLANTE: Bètrav fèt pi byen nan platbann. Prepare yon tè byen fen e simen grenn bètrav la nan siyon dirèktèman nan jaden-an kote li pral leve-an. Fè ti siyon anviron 1 sm pwofondè e mete yon grenn bètrav chak 3 sm. Kite anviron 15 sm ant chak siyon si wap plante bètrav sèlman nan jaden-an. Si wap mele bètrav avèk lot kilti ou dwe kite plis distans ant chak ran bètrav. Si ou fè lòt kilti nan jaden-an avèk bètrav sonje pou mete plis angrè pou tou lè 2 kapab byen vini.

    ENSEK:

    1. Cheni fil (Loxostege sticticalis) Yon ti cheni ki fè twou nan fèy bètrav-la e ki mare jenn fèy yo avèk yon seri de ti fil. Cheni yo genyen koulè jòn e yon lin nwa nan do yo, pafwa yo genyen ti tach nwa sou do yo tou. Cheni-a genyen de 1 a 2 sm de longè. SA POU OU FE: Aspèje avèk Sevin ou Dipterex chak 15 jou

    2. Podi bouton (Epicauta spp.) Yon gwo podi gri ou nwa ki fè anpil domaj nan jaden bètrav. Yo manje fèy yo e yo leve bouton sou kò bètrav la kote yo mòde lè. SA POU OU FE: Aspèje avèk Malathion ou Sevin lè solèy la cho.

  • NOUVO GID LEGIM 17 3. Cheni koupe (Agrostis spp. et Peridroma spp.) Yon gwo cheni mawon, nwa, ou gri ki fè travay li lèswa. Yo koupe jenn plant bètrav la ra tè SA POU OU FE:

    Wouze jenn ti plant yo e tè-a akote ti plant yo avèk Toxaphene ou Dipterex lè ou wè premye ti plantil yo koupe. Yon sèl wouze ta dwe sifi. MALADI: 1. Tach fèy bètrav (Cercospora beticola) Pandan sezon lapli anpil ti tach gri ou mawon parèt sou fèy bètrav yo. Tach sa yo souvan genyen yon sèk mòv toutotou yo. SA POU OU FE: Aspèje avèk Dithane-M45 ou Daconil. 2. Rasin nwa (Phoma sp.) Yon maladi ki fè rasin bètrav la nwa e mouri ansuit. Fèy yo jòn e yo fennen tou. SA POU OU FE: Anvan ou plante grenn bètrav yo, pase yon ti poud Captan ou Thiram sou yo. Mete grenn yo nan yon mamit e simen poud la sou yo. Souke li byen jiskaske tout grenn yo mouri. 3. Tonbe (Pythium deBaryanum) Jèn plantil yo fenenn e yo tonbe lè yo genyen sèlman 2 a 4 sm wotè. Maladi sa sitou bay problèm le li fè frèt e lè genyen lapli. SA POU OU FE: Fè menm bagay ke pou rasin nwa.

  • 18 NOUVO GID LEGIM

    KONKOM (Cucumis sativus)

    PI BON VARIETE: Victory, Triumph, e Palomar DAT POU PLANTE: Tout mwa.

    JAN POU PLANTE: Konkom pouse pi byen si yo genyen kont angrè e yo pa manke dlo. Konkom dwe plante sou bit. Lè yon moun vle plante konkom, li fouye yon twou ki genyen 10 sm profondè e 30 sm lajè. Nan twou sa a, li mete 3 kiyè a soup angrè konplè e yon demi bokit konpòs. Melanje konpòs la avèk tè pou fè yon bit. Mete 3 ou 4 grenn konkom nan bit la. Simen yon ti kiyè Sevin sou yo e kouvri grenn yo avèk 2 sm tè. Bit sa yo ta dwe genyen a pe prè 1 ½ m. ant yo. Ou kapab plante lòt legim ki pap nui konkonm yo nan mitan bit yo. ENSEK:

    1. Podi konkom (Diabrotica spp.) Yon ti podi vèt ou jòn ki genyen tach nwa sou do yo. Yo genyen anviron 5 mm kòm longè. Yo manje fèy, tij, ak flè konkom. SA POU OU FE: Aspèje avèk Sevin.

    2. Vè konkom (Diaphania nitidalis) Femèl ensek sa a pon ze, sou tij konkom yo, e pafwa sou konkonm yo menm. Konkom ki gènyen vè konkonm toujou genyen ti twou avèk yon seri ti grenn jòn sou konkom-la bò twou-a. Akòz ti twou sa yo konkom yo fasil pou pouri. SA POU OU FE: Aspèje chak 15 jou avèk Sevin. Fè premye aspèsyon-an lè pye konkonm-la komanse fleri.

  • NOUVO GID LEGIM 19

    3. Pichon (Aphis gossypii) Pichon fè fèy konkonm yo rale e tòde. Lè ou gade anba yon fèy konkonm ki tòde souvan ou va wè anpil ti pichon jòn, vèt, ou byen nwa. SA POU OU FE: Aspèje avèk Malathion lè solèy la cho.

    MALADI: 1. Kanni Poud (Erysiphe cichoracearum) Pye konkom ki genyen kanni poud kouvri avèk yon kanni an fòm poud sou tout kò li sitou anwo fèy yo. Fèy yo tòde monte, yo jòni epi pye konkom-la mouri. SA POU OU FE: Plante varyete konkom Victory ou Triumph paske yo pap pran kanni poud fasil. Ankò ou kapab aspèje avèk Karathane ou byen Daconil. 2. Antraknos (Colletotrichum lagenarium) Maladi sa fè yon seri tach sou fèy konkom yo. Lè konkom la kòmanse donnen, pafwa fwi yo pran tach tou ki pouri yo. SA POU OU FE: Aspèje avèk Daconil chak semenn si ou wè ke maladi sa antre nan plantasion konkom ou. 3. Kanni Fil (Pseudoperonospora cubensis) Maladi sa-a sanble Antraknos lè li fèk parèt, menm aprè yon tan tout fèy la vin jòn olye de tach sèlman. Lè ou gade amba fèy-la, ou wè yon kanni ki fè yon seri fil. SA POU OU FE: Aspèje avèk Karathane ou byen Daconil.

  • 20 NOUVO GID LEGIM

    POMDETE (Solanum tuberosum)

    PI BON VARIETE: Ontario, Anita, Kennebec, Erendira, e Patrones DAT POU PLANTE: Fevriye ak Oktob JAN POU PLANTE:

    Kilti pomdetè dwe fèt nan mòn ki pi wo ke 1300 mèt an Ayiti. Prepare yon gwo siyon ki genyen 10 sm profondè. Mete plan pomdetè yo nan siyon-an chak 20 sm. Plan ki genyen de 50 a 60 gram chak pi bon. Si yo twò piti yo va toujou donnen piti. Si yo twò gwo se yon gaspyaj. Mete yon kiyè a soup angrè konplè nan siyon-an ant chak plan pom de tè. Ansuit mete yon ti Di-Syston sou chak pomdetè. Sa va anpeche ke plan pomdetè-a genyen ensèk le li ap leve. Kouvri siyon-an e bite tè-a sou li pou bit la genyen 5 sm wotè. Kite 75 sm ant chak ran pomdetè. ENSEK: 1. Vè di (Melanotus spp.) Se yon ti vè jòn ki genyen yon po di sou li, e ki fè twou ni nan semans pòmdetè ni nan rekòlt pomdetè. SA POU OU FE: Mete Di-Syston sou plan pomdetè-a lè ou plante li.

    2. Pis (Epitrix spp.) Se yon ensèk ki sanble pis ki konn sou chen ki manje anpil twou nan fèy jen plan pomdetè. Si ou mete Di-Syston sou pomdetè yo lè ou plante yo, pis pap nui jaden-an. Si ou pa sèvi Di-Syston, aspèje jen plan pomdetè yo chak 15 jou avèk Sevin.

    3. Podi bouton (Epicauta spp.) (Pou explikasyon podi sa-a gade nan seksion "Tomat".)

  • NOUVO GID LEGIM 21

    4. Sotèz (Empoasca fabae) Yon ti ensèk piti ki fè anpil dega nan jaden pòmdetè. Sotèz se yon ti ensèk vèt anviron 3 mm longè ki sote e vole lè ou touche fèy pomdetè-a. Jèn sotèz yo pa genyen zèl e yo mache yon fason akote sou anba fèy pomdetè-a.

    SA POU OU FE: Aspèje chak 15 jou avèk Sevin si ou wè sotèz nan jaden-an.

    5. Pichon (Macrosiphum pisi) Pichon souse fèy pòmdetè-a, e yo fè li pa donnen byen. SA POU OU FE: Aspèje avèk Malathion le solèy cho. MALADI: 1. Boulezon (Phytopthora infestans) Boulezon se maladi ki fè plis dega nan jaden pòmdetè nan zon pa nou. Maladi-a fè yon seri tach nwa sou fèy pomdetè-a, tach yo genyen 1 ou 2 sm kòm lajè. Anba fèy la kote tach la ye-a genyen yon sèk blanch tout otou tach la. Nan epòk ki fè frèt e imid maladi-a ale trè vit de fey an fèy e de pye an pye. Boulezon kapab antre nan pomdetè-a anba tè. Li fè pòm de tè-a pouri ou byen si li pa genyen tan pouri li anba tè li fe pomdetè-a pouri pi ta nan depo. Si boulezon pat gen tan antre twò fò nan jaden-an, si li antre kanmenm nan pomdetè ki nan depo sila yo pap pouri men yap toujou genyen boulezon-an andan yo, e yo va fè rekòlt la pèdi si ou sèvi yo pou semans. SA POU OU FE: Toujou chwazi yon varyete pomdetè ki rekòmande kòm youn ki pa pran boulezon fasil. Kennebec se yon bon varyete pou sa. Aspèje avèk Dithane-M45 chak semenn. 2. Fennen (Fusarium solani f. eumartii et Verticillium albo-atrum) Lè ou wè pye pòmdetè fennen e menm mouri menm si genyen lapli, ou konnen ke yo malad. Fèy yo joni e tij la pouri. Si ou koupe yon tranch nan tij pye pòmdetè-a, ou wè yon sèk mawon ou byen jon anba po tij la. SA POU OU FE: Fè wotasyon pòmdetè. Pa plante pòmdetè tousuit dèyè pòmdetè. Ankò pa plante pòmdete dèyè tomat ou bien piman, tout se menm fanmi plant yo ye, e youn kapab kite maladi fennen. 3. Viris (Corium solani) Viris fè fèy pòmdetè-a tòde. SA POU OU FE: Achte semans pòmdetè ki sètifye.

  • 22 NOUVO GID LEGIM

    TOMAT (Lycopersicon esculentum)

    PI BON VARIETE: Floramerica, Floradale, Manalucie, Big Beef DAT POU PLANTE: Tout mwa JAN POU PLANTE: Prepare ti plantil tomat nan jèmwa. Lè yo genyen 6 a 8 semenn e yo genyen 5 ou 6 sm kòm wotè yo pare pou yo pike nan jaden. Transplante yo ak tout tè-a la e wouze yo avèk yon ti angrè likid lè ou pike yo. Prepare yon

    seri twou ki genyen 10 a 15 sm profondè. Mete yon demi bokit konpòs nan chak twou. Brase konpòs la byen ak tè-a e mete yon plan tomat nan mitan chak twou. Mete plan tomat la pi fon ke li te ye nan jèmwa-a. Kite anviron 1 mèt pa 1 mèt ant chak pye tomat. Pike yon ti gòl nan dèyè chak pye tomat depi lè ou ap plante li. Sa anpeche rasin tomat konplè nan yon sèk nan dèyè chak pye tomat Aprè sa, mete yon demi bokit konpòs sou tè-a an dèyè chak pye tomat. Sa va kenbe tè-a fre e li va nouri plant la. ENSEK: 1. Cheni koupe (Agristis sp. e Peridroma sp.) Yon gwo cheni gri, maron ou nwa ki kapab genyen jiska 3 sm longè. Yo koupe plant la ra tè. SA POU OU FE: Wouze tè a avèk Toxaphene ou Dipterex yon ou de jou aprè ke ou pike tomat la.

    2. Pis (Epitrix spp.) (Wap jwenn esplikasyon sou pis nan seksyon pòmdetè. Aspèje chak 15 jou avèk Sevin pou tomat yo.)

  • NOUVO GID LEGIM 23 3. Pichon (Macrosiphum pisi) Yon seri ti pichon vèt ou roz ki souse fèy tomat la sitou nan pwent jenn tij yo. SA POU OU FE: Aspèje ak Malathion lè solèy la cho. 4. Podi bouton (Epicauta spp.) Se yon ti ensèk gri ou nwa tou long ki genyen 1 ½ sm longè et .li fè anpil dega nan tomat. Yo manje tomat la ou byen yo fè twou pou yo antre andann li. SA POU OU FE: Aspèje avèk Sevin ou Dipterex apati moman ti tomat yo kòmanse gwosi. Aspèje chak 10 jou. MALADI: 1. Boulezon ( Phytophthora infestans, Alternaria solanim et Cladosporium Eulvum) Boulezon kapab atake tij tomat la, fèy tomat la, e fwui tomat la. Li fè yon seri tach nwa na pye tomat la, e sa fè li sanble yon bagay ki boule. SA POU OU FE: Pa plante tomat twò dri pou yo kapab pran kont lè ak solèy. Aspèje 1 fwa pa semenn avèk pwòdi sa yo nan epòk lapli. 2. Fènen (Fusarium oxsporium f. Lucopersici Verticillium albo-atrum) Fènen tuye plan tomat ki gentan byen devlope. Plant la kapab gentan gen fwi sou e li epi toudenkou li fènen e fèy yo joni. Se yon maladi ki antre nan plant la pa rasin li. SA POU OU FE: Sèl bagay ou kapab fè se plante varyete tomat ki reziste a fènen. Varyete sa yo souvan genyen lèt V.F.N. apre non yo. Lòt bagay, pa plante tomat bò kote konkonm. 3. Pouriti pwent (Non-specific) Fwi tomat ki rèk e ki kòmanse mi konn pran yon pouriti nan pwent tomat la kote flè-a te ye. Maladi sa-a rive lè yo plant tomat ki ap pouse trè byen avèk anpil lapli pran yon chòk sechrès. SA POU OU FE: Toujou wouze plan tomat yo lè yo soti nan lapli e yo antre nan sechrès pou yo pa pran chòk. Si yo leve nan sechrès e yo abitye avèk li, yo pap genyen maladi-a. Men si yo te abitye avèk anpil dlo e yo vin manke li, sa kapab kòz fwi tomat la pouri.

  • 24 NOUVO GID LEGIM

    LETI (Lactuca sativa)

    PI BON VARIETE: Leti Di--Mesa, Great Lakes 66, e Great Lakes Leti mou--Tania Leti fèt--Salad Bowl DAT POU PLANTE: Tout mwa JAN POU PLANTE: Pi bon leti fèt pou plante, pi wo pase 900 mèt altitid nan tè ki trè fètil e ki genyen anpil konpòs. Leti kiltive nan platbann ki genyen yon kilogram (2 liv) angrè konplè

    pou chak mèt kare. Leti bezwen azòt avèk fosfò. Puiske rasin leti pa ale lwen, li enpòtan anpil pou gen anpil konpòs nan tè-a, pou kenbe angrè-a. Prepare plantil leti yo nan jèmwa e transplante yo nan jaden lè yo genyen yon 6 semenn.. Pa mete plantil yo twò fon nan jaden-an ou byen anba sinon tèt la va pouri. Menm si ou wè ti tij leti-a fèb lè ou pike li, sa pa fè anyen, paske li pral pran fòs li e leti-a va kampe sou tè-a, lè li devlope.

    ENSEK:

    1. Pichon (Brevicoryne brassice et Rhopalosiphum sp.) Ti pichon vèt e gri ki fè touf sou fèy kilti sa yo. Yo souse fèy yo ki fè plant yo rabi e menm mouri. Menm lè plant yo pa mouri rekòlt la diminye. SA POU OU FE: Si ou aspeje chak 2 semenn avèk Malathion epi Sevin pou cheni ou pap genyen pichon non plis.

  • NOUVO GID LEGIM 25

    2. Cheni (Autographa brassicaae et Pieris rapae) Se yon cheni vèt ki fè anpil dega nan chou, bwokoli ak chou flè. Lè yo fin manje twou nan tèt legim yo, moun pa vle achte yo byien. Pito ou chache anpeche cheni yo antre pase ou eseye touye yo lè gen tan fin antre andedan tèt yo, kote aspèsyon pa kapab antre fasil.

    SA POU OU FE: Aspèje chak 2 semenn avèk yon melanj Malathion likid ak Sevin. Melanje yon kiyè soup Malathion ak 3 kiyè Sevin pa galon dlo epi aspèje chak pye. Yon lòt bon pwodui ki touye cheni men ki pa pwazon pou moun, se Dipel. Pa aspèje ditou 10 jou avan rekòlt la. 3. Kago Kalmanson ak Kanson SA POU OU FE: Mete Anti-limace ou byen Mesurol nan mitan plant yo. Melanje ½ tas poud Sevin nan yon mamit son de ble ak yon tas sik rouj. Simen melanj sa-a nan mitan plant yo. Si se dat lapli mete li nan kèk ti gode epi kouche gode yo nan jaden an pou melanj la pa mouye. MALADI: 1. Tombe (Fusarium & Pythium spp.) Plantil yo tombe lè yo ap leve e yo mouri. Pafwa yo pa menm gentan leve. Yo koupe depi yo ap soti nan gren nan. SA POU OU FE: Pase poud Thiram sou gren yo anvan ou simen yo. Pa fè platbann plantil sa-a menm kote chak fwa. Fè platbann la yon kote ki sou tè ki pa kenbe dlo. Fè yon aspèsyon Daconil ou byen Dithane-M45 le plantil yo fèk parèt. 2. Tonbe (Pythium sp. et Rhizoctonia solani) Jen ti plantil yo tonbe lè yo fèk leve. SA POU OU FE: Pase yon ti poud Thiram ou Captan sou semans-lan anvan ou simen li, ou byen wouze jèmwa-an avèk Captan lè ou fèk ap simen grenn yo. Aspèje ti plantil yo ki ap leve avèk Captan.

  • 26 NOUVO GID LEGIM

    3. Pouriti tij (Rhizoctonia sp. et Sclerotinia sp.) Tij leti-a vin nwa e li pouri nan kolèt li kote li kontre avèk tè-a. Anba tèt leti-a kote li kontre avèk tè-a pouri tou. SA POU OU FE: Si se sa, fè wotasyon leti. Pa janm kiltive li de fwa de suit nan menm kote-a. Wouze tè-a kote ti plantil leti yo ap leve avèk Banrot ou Benlate si ou we pouri-a komanse antre nan jaden-an. 4. Rasin anfle (Plasmodiophora brassicae) Plant malad yo gen tandans pou yo fèmen la jounen, e pou yo repran kò yo lèswa.. Aprè yon tan, yo mouri. Lè ou rache yon plant e ou gade rasin la ou wè kè li anfle e mal fòme. Se yon maladi ki rete nan tè a. Ou pa dwe sèvi menm tè a pou plante legim fanmi sa-a yon dèyè lot. Si maladi rasin anfle bay ou problèm toujou ou dwe brase 3 kiyè a soup ra Terraclor 75% nan yon galon dlo epi mete yon tas melanj sa nan chak twou lè ou pike plantil yo. 5. Rizok (Rhizoctonia solani) Se yon pouriti rasin. Bwa plant la leve kal e pafwa li pouri. Lè maladi a pi grav li monte nan premye fèy yo li pouri yo e pafwa menm li pouri tèt bwokoli a . SA POU OU FE: Tranpe grenn yo nan dlo cho e pase poud Thiram sou yo anvan ou plante yo. Pa plante kote ki kembe anpil dlo nan epòk lapli. 6. Kani fil (Peronospora parasitica) Yon kani ki fè ti fil sou anba fèy jenn ti plantil sitou lè genyen anpil lapli. SA POU OU FE: Detwi tout navè mawon ki nan zonn plantasyon an. Aspèje plantil yo avèk Daconil. 7. Kani fil (Bremia lactucae) Nan epòk lapli yon seri tach jòn parèt sou fèy leti-a. Lè ou gade anba fèy la ou wè yon kanni ki fè yon seri ti fil blanch. SA POU OU FE: Aspèje shak 10 jou avèk Dithane-M45 ou bien Karathane. Fè aspèsyon-an pran sou anba fèy la tou.

  • NOUVO GID LEGIM 27

    ESKWACH (Cucurbita spp.)

    PI BON VARIETE: Zucchini DAT POU PLANTE: Tout mwa JAN POU PLANTE: Gade seksyon ki bay esplikasyon sou kilti konkom. Pou genyen yon pi gran rekòlt ou dwe mete anpil angrè ak konpòs nan bit eskwach yo. Li posib tou pou fè eskwach sou rebò jaden-an ou byen nan tèt mi sèk.. ENSEK E MALADI: Gade nan seksyon ki pale sou konkom paske se menm ensèk avèk maladi ak konkonm, eskwach konn genyen.

  • 28 NOUVO GID LEGIM

    SELERI (Apium graveolens)

    PI BON VARIETE: Florida 683, Starlet DAT POU PLANTE: Tout mwa JAN POU PLANTE: Seleri pouse pi byen nan yon klima fre ak lapli tan-zan-tan. Seleri pa dwe manke dlo. Tranpe grenn seleri-a nan dlo pou nuit-la anvan ou simen li. Simen semans seleri nan yon kabare ou byen yon jèmwa ki ranpli ak yon tè byen prepare. Pa kouvri semans la avèk tè ni pa janm kite tè a sèk pandan ti grenn yo ap pouse. Lè ti plantil yo genyen 1 sm wotè pike yo nan jèmwa. Lè plantil yo genyen 8 a 10 semenn yo va pare pou plante nan jaden. Plante seleri 20 sm ant chak 40 sm ant chak ran. Seleri dwe plante nan yon tè ki resevwa yon kilogram (2 liv) angrè konplè pou chak 10 mèt kare. Ou dwe mete 10 gram Borax ak chak kilogram (2 liv) angrè konplè. Sa va anpeche ke tij seleri-a fann ni pouri.

    ENSEK:

    1. Cheni fèy (Udea rubigalis) Se yon cheni ki genyen apeprè 1 ½ sm lè li gran. Li genyen yon koulè jòn pal. Li genyen yon mak blanch tou long nan do li. Cheni sa yo sitou manje seleri-a lè li pral bon pou rekòlte. Yo manje ke seleri-a e fè li pouri. SA POU OU FE: Aspèje avèk Sevin ou byen Dipel touswit lè ou wè cheni-a nan jaden seleri-a.

    MALADI: 1. Tach fèy (Cerospora apii et Septoria apii) Yon seri tach nwa ou byen jòn ki tiye pi ansyen fèy plant seleri-a, e pafwa tout plant la menm. SA POU OU FE: Aspèje chak semenn avèk Daconil.

  • NOUVO GID LEGIM 29

    FREZ (Fragaria spp.)

    PI BON VARIETE: Tioga, Solano, Fresno, Sequoia DAT POU PLANTE: 15 Out a 15 Septam JAN POU PLANTE: An Ayiti, frèz donnen trè byen nan mòn ki pi wo pase 1000 mèt. Yo donnen pi byen ant Desanm ak Jen. Paske nou manke fredi an ivè isit an Ayiti, plan frèz yo pa fè anpil pitit. Li nesesè pou nou achte jèn plan chak ane. Plante frèz nan yon jaden ki pa te genyen kilti tomat, piman, ou pòmdetè ladan li pou 2 an. Li ap pi bon pou ou sèvi yon tè ki pat plante menm pandan 1 ane. Travay tè-a byen pou li fen. Fè platbann ki genyen 15 sm de wotè e 60 sm lajè. Mete anpil konpòs nan tè-a, epi mete 1 kilogram (2 liv) angrè konplè pou chak 10 mèt kare. Prepare yon seri twou ki genyen 3 a 4 sm lajè e 8 sm profondè. Mete yon pye frèz nan chak twou epi wouze li avèk yon tas angrè likid. Kouvri rasin frèz la avèk tè men pa mete li pi fon pase sa. Puiske rasin frèz pa desann fon nan tè pa janm kite yo twò chèch.. Pa kite okenn raje leve nan jaden frèz la pou fè konpetisyon ak frèz yo pou dlo ou byen pou manje. Lè plan frèz yo kòmanse devlope sa fè fwi frèz la pa al a tè.. Lè frèz yo komanse mi keyi yo chak 2 jou. Keyi frèz yo lè yo twaka mi. Sa anpeche yo two mou ni kraze nan wout. Si yo pa mi ase, yo pa genyen bon gou e yo pap pote pri. Toujou keyi fui frèz yo lè maten men tan lawouze soti sou plan yo. ENSEK:

    1. Mawoka (Phyllophaga spp.) Pafoua maroka manje rasin frèz yo e fè yo mouri. SA POU OU FE: Mete 3 kiyè a soup Sevin chak galon angrè likid ke ou sèvi pou wouze ti plan yo lè ou transplante yo.

  • 30 NOUVO GID LEGIM

    2. Mit (Tetranychus spp.) Mit se yon seri ti ensèk piti anpil ki souse fèy frèz yo pa anba. Fèy yo vin jon e plan yo pa donen. Lè ou gade de trè prè anba fèy la ou wè yon seri ti bèt tou piti ap mache trè dousman. Se mit yo ye. SA POU OU FE: Aspèje trè byen tout kò plant la e sitou anba fèy la avèk Kelthane. Mete 2 kiyè a soup Kelthane pa galon dlo e aspèje yon jou, sote 4 jou, et double aspèsion-an ankò.

    MALADI: Divès maladi kapab atake frèz, sitou le jaden-an komanse vye. SA POU OU FE: Plante frèz menm kote chak ane e pa kenbe ansyen plan frèz trò lontan, pou pa remèt maladi nan jenn plan ke ou pral mete. KANNI POUD: Pafwa yon kanni poud kapab atake fwi frèz yo e fè tout kò fwi-a vini blanch ou byen ble avèk kanni-an. SA POU OU FE: Aspèje avèk Karathane. Keyi tout frèz ki mi e ki make mi pou aspèsyon-a pa tonbe sou fwi ki pral rekòlte. Aspèje avèk Karathane-an etann 5 ou 6 jou avan ou rekòlte fwi ankò.

  • NOUVO GID LEGIM 31

    PREPARASYON PLANTIL

    Tout bon kiltivatè vle prepare bon plantil pou transplantasyon. Ou kapab prepare plantil nan pepinyè ou byen jèmwa. Pepinyè-a koute mwen chè pou prepare plantil, men plantil ki prepare nan jèmwa toujou bay pi bon rezilta. Prepare yon pepinyè ki gen 2 mèt longè ak 1 mèt kòm lajè. Fè yon patbann e mete ti rigòl toutotou li pou eliminen twòp dlo. Anwo platbann-la, simen 2 bokit bon konpòs la, ak angrè-a avèk yon wou. Bat tè-a pou fè li fen e simen 2 kiyè a soup Dipterex sou tout tè-a. Simen grenn ou pral leve-a nan ti siyon ki genyen 8 sm ant yo. Mete grenn yo anviron 1 sm ant chak grenn. Lè ti plantil yo parèt yo dwe wouze tout ti plantil yo nan pepinyè-a. Ti plantil yo va bon pou transplante nan jaden sou 2 mwa. Pou sèvi avèk yon jèmwa, ou dwe genyen yon kabare an plastik ki genyen plizyè ti twou ladan li ki pèmèt chak plant leve nan yon ti twou pou kont li. Lè ti plant yo transplante, yo soti nan kabare-a ak tout tè-a. Sa anpeche rasin yo kase, e sa fè plant la pa fennen lè li transplante.

  • 32 NOUVO GID LEGIM

    KONTWOL MALADI E ENSEK Kwake maladi e ensèk nuizib, anpil nan kilti legim yo bon kiltivatè kapab domine yo. Ou dwe pran prekosyon sa yo: 1. Fè wotasyon. Pa plante menm kilti-a chak fwa nan menm kote-a. 2. Gade jaden ou pwòp. Pa jete tomat malad, vye pomdetè pouri, ou byen yon plant ki

    malad pami lòt plant ki an sante. Maladi a ap soti nan plant malad-la li prale nan lòt yo. Mete tout plantmalad nan twou konpòs la pou yo pouri pou plizye mwa anvan ou tounen yo nan jaden.

    3. Plante sèlman bon semans. Li pi bon pou ou achte bon semans nan men machann semans ke pou ou pran semans nan jaden pa ou.

    4. Sèvi semans varyete ki rezistan a maladi. Lis ke ou jwenn nan ti liv sa-a kapab ede ou avèk sa.

    5. Sèvi kont angrè e konpòs. 6. Prepare plantil ou nan jèmwa e transplante yo avèk tout tè a e wouze yo avèk angrè

    likid lè yo transplante. 7. Pou fè yon angrè likid pran yon kiyè a soup angrè 20-20-20 e mete li nan yon galon

    dlo pou li fonn. Mete 1/4 tas likid sa-a nan dèyè chak plant lè yo transplante. Si ou pran prekosyon sa yo ou pap genyen twòp maladi ni ensèk ki bezwen remèd. Kanmenm ou ta dwe genyen pwodi sa yo sou lamen toutan paske ou pap konnen lè ou va bezwen yo.

    1. Malathion (50% W.P.) 2. Sevin (50% W.P.) 3. Diazinon (50% W.P.) 4. Daconil (75% W.P.) 5. Dithane-M45 ou Manzate - (80% W.P.)

    Nan ti gid sa-a ,ou kapab wè ki maladi e ki ensèk ki trete avèk ki pwodi. Tout bon kiltivatè dwe genyen yon bon ti ponp a aspèsyon an plastik. Pou prepare yon aspèsyon pwodi sa yo, men ki kantite ou dwe sèvi: Non pwodi a Kantite pou chak galon dlo Malathion 2 kiyè a soup ra Sevin 2 kiyè a soup ra Diazinon ou Dipterex 1 kiyè a soup ra Daconil 1½ kiyè a soup ra Dithane-M45 ou Manzate 2 kiyè a soup ra Pafwa ou kapab bezwen aspèje ni pou ensèk ni pou maladi menm lè-a. Ou kapab melanje Sevin avèk Daconil ou byen Sevin avèk Dithane-M45 e fè yon sèl aspèsyon ni pou ensèk ni pou maladi.

  • NOUVO GID LEGIM 33

    ENSEKTISID YO

    Nan chapit sa n'ap pale sou pwodwi nou kapab sèvi pou touye ensèk yo. Pwodwi sa yo nou rele ensektisid. Nan chapit 1 nou te pale sou ensèk yo epi la nou te ban nou non ensektisid nou kapab sèvi pou touye ensèk yo. Isit n'ap ban nou konsèy ki jan nou gen pou sèvi ak ensektisid yo. Toujou li konsèy nou te bay nan komansman chapit 1 avan ou deside pou aspèje. Men plan chapit 2: 1. Danje ensektisid yo 2. Ki jan pou nou sèvi ak ensektisid 3. Ensektisid nou kapab fè lakay nou 4. Ensektisid nou kapab achte DANJE ENSEKTISID YO Tout ensektisid se pwazon. Se paske yo pwazon ki fè yo kapab touye ensèk yo. Konsa nou gen pou fè prekosyon paske yo kapab fè moun malad oswa touye yo. Tout ensektisid pa genyen menm fòs pou touye moun, gen kèk kapab touye nou fasil epi genyen sa k' pa ka touye nou fasil. Si yon ensektisid antre nan kò nou oubyen si li tonbe sou kò nou, se pa tout tan l'ap touye nou, men, li kapab fè nou malad. Genyen kèk pwodwi ki, depi yo antre nan kò nou, yo p'ap janm soti. Konsa, chak nou pran yon kou li vin ogmante nan kò nou-- y'ap domine sou nou jiskaske li kapab touye nou oswa ban nou maladi tankou kansè. Genyen kèk ensektisid ki sitèlman move malere yo pa dwè sèvi ak yo bo lakay yo. Malare p'ap genyen ase rad espesyal pou kouvri kò li pou pwoteje tèt li. Lèfini, genyen anpil aksidan fèt ak pwodwi sa yo paske genyen moun lakay ki pa rekonnèt danje yo. Men move pwodwi yo: 1. Nuvacron 2. Tambo 440 EC 3. Methylparathion 4. Aldicarb 5. Furadan 6. Temik

  • 34 NOUVO GID LEGIM

    Genyen lòt ensektisid toujou ki dire anpil ane nan kò nou epi yon jou y'ap fasil ban nou kansè oswa yon lòt maladi. Poutèt sa ensektisid sa yo pa fèt pou lòm itilize ditou. Men non yo: 1. Lindane 2. Chlorodane 3. DDT Nenpòt ki jan, annou swiv konsèy sa yo pou nou pwotoje pwòp tèt nou ansanm ak lòt moun. 1. Pa gade ensektisid yo nenpòt ki jan. Pa egzanp, pa konsève yo nan boutèy kola.

    Si ou fè sa yon moun kapab fasil kwè se lwil li ye epi l'ap sèvi ak li pou fè manje. Genyen konbe moun nan Ayiti mouri oswa vin malad poutèt yo te genyen pwazon nan yon boutèy kola. Epitou, pa mete ensektisid yo nenpòt ki kote. Mete yo yon kote timoun ak lòt moun pa kapab mete men sou yo. Yo p'ap konn danje ensektisid la posede. Ekri pwazon sou nenpòt sache oubyen veso ki genyen ensektisid ladan li.

    2. Konnen ensektisid n'ap itilize. Genyen sa ki move pwazon, genyen sa k' pa twò

    move. Genyen sa k' kapab antre nan kò nou an fasil, genyen sa k' p'ap fè sa. Si nou konnen danje yon pwodwi posede nou kapab pi byen pwotoje kò nou an.

    3. Sèvi ak rad espesyal. Pa aspèje pyeatè ak bout pantalon sou ou. Toujou mete

    chemiz manch long, pantalon long, soulye, ak chapo pandan ou ap aspèje. Lè ou sèvi avèk kèk pwodwi ki pifò li bon pou ou mete lòt bagay tou. Mete gan

    fèt an kawòtchou, sitou ak sa k' kapab antre nan po ou. Mete bòt kawòtchou pou pwoteje pye ou. Epitou, lè nou sèvi ak ensektisid konsa li bon pou ou mete linèt espesyal yo fè pou anpeche pwodwi a antre nan je ou. Genyen toujou ensektisid ki ase fò pou fè ou mete yon mask espesyal pou anpeche pwodwi antre nan bouch ou. Ou kapab achte bagay sa yo nan kèk magazen kote yo vann ensektisid yo. Si yon pwodwi twò danjere epi ou pa gen rad espesyal, ou pa fèt pou sèvi ak pwodwi sila a ditou. Lè nou fin aspèje se pou nou mete lòt rad sou nou.

  • NOUVO GID LEGIM 35

    PA ASPEJE KONSA!

    (Desen Soti Gid Pepinyeris pa Scott Josiah)

    BON!

    Yon nèg ki genyen tout kalite rad espesyal (Desen Soti Gid Pepinyeris pa Scott Josiah)

    4. Pa sèvi ak menm vèso pou ensektisid ou konn sèvi pou manje. Ou dwe genyen

    zouti apa pou li. Si ou mezire ak yon kiyè, pa sèvi menm kiyè pou manje. Si ou sèvi yon bokit pou melanje ensektisid, pa sèvi menm bokit pou manje oswa pou bwè.

    Te gen yon ka lè yon moun te fè kafe ak dlo lapli yo te kenbe nan yon dwoum.

    Tout moun ki te bwè kafe sa a te ale lopital byen malad paske yo tè sèvi menm dwoum sa a pou melanje ensektisid. Sa te fèt nan Ayiti menm.

  • 36 NOUVO GID LEGIM

    5. Pa aspèje lè gen lòt moun nan jaden. Ou kapab genyen bagay pou pwotoje pwòp tèt ou, men lòt moun kapab pa genyen sa a. Si gen moun nan jaden ou lè ou ap aspèje, fè li konnen ou ap aspèje epi ensektisid se pwazon, donk, fò li soti.

    6. Ou pa dwè ni fime, ni manje, ni bwè pandan ou ap aspèje. Se apre ou fin

    aspèje epi apre ou gentan lave pou ou fè bagay sa yo. 7. Nenpòt lè n'ap aspèjè, kit se pwodwi nou fè lakay kit se pwodwi nou achte,

    nou pa dwè aspèjè lè gen twòp van. Van an kapab bwote pwodwi yon kote l'ap touye bon ensèk oswa yon kote li kapab fè yon moun oswa yon bèt malad. Epitou, si van an bwote pwodwi ale, li pa kapab touye ensèkt nan jaden.

    8. Kite pwodwi yo seche. Apre ou fin aspèje toujou kite tout pwodwi yo seche sou

    fèy yo avan ou kite yon moun oswa yon bèt antre nan jaden a. 9. Lè ou fin aspèje epi ou gen yon ti rès pwodwi ki rete, vide li yon kote lwen

    nenpòt ki dlo-- dlo rivyè, dlo sous, dlo pi, dlo basen-- epi pa vide li kote dlo lapli kapab bwote li ale nan dlo sa yo. Fouye yon twou byen lwen dlo sa yo epi vide rès ladan li.

    Bon jan pou jete ti rès pwodwi (Desen Soti Gid Pepinyeris pa Scott Josiah)

    10. Lè ou fin aspèje lave ponp ak dlo pwòp. Lèfini, lave tout kò ou ak dlo epi ak

    savon. Lèfini, wete rad ou te mete pou aspèje epi mete lòt rad sou ou. Men, pa lave rad ni nan sous, ni nan rivyè. Lave lwen dlo sa yo.

  • NOUVO GID LEGIM 37

    KI JAN POU NOU SEVI ENSEKTISID Nou va bay detay ki jan pou nou sèvi ak pwodwi yo pi devan men avan pou nou fè sa genyen kèk prensip jeneral pou nou gade. 1. KIYE: Ou a wè lè nou pale sou ki jan pou sèvi ak ensektisid yo, souvan nou bay kantite

    an kiyè. Sa vle di kiyè ra. Kiyè sa yo se sa nou rele kiyè soup. Se ak kiyè sa yo pifò ayisyen nan pwovens manje. Nou kapab rele li gwo kiyè tou, paske genyen kiyè pi piti nou konn sèvi lakay tanzantan. Men, se pa menm ak gwo gwo kiyè ki pou brase manje nan chodye. Genyen eksepsyon. Si ou wè yon chif make ti kiyè, lè sa, pa sèvi ak gwo kiyè, sèvi ak ti kiyè ra nan ka sa. Sa vle di yon kiyè kafe ra.

    Anwo: Gwo kiyè

    Anba: Ti kiyè

  • 38 NOUVO GID LEGIM

    2. KI JAN POU MELANJE ENSECTISID AK DLO: Si nou li nou gen pou melanje tan kiyè ensektisid ak tan galon dlo sa pa vle di nou

    kapab fè youn galon sèlman. Nou genyen pou kalkile konbe galon ensektisid n'ap bezwen pou aspèje sa nou gen pou aspèje, lèfini pou nou melanje tan kiyè ensektisid pou chak galon n'ap fè. Li miyò tou pou nou melanje ensektisid ak dlo avan nou vide li nan ponp aspèsyon. Avan nou vide melanj nan ponp se pou nou brase li byen brase. Li bon pou nou gen gan kawòtchou sou men nou pandan n'ap fè sa.

    3. KI JAN POU NOU VIDE ENESEKTISID NAN PONP: Apre nou fin melanje ensektisid ak dlo a se pou nou mete li nan ponp. Men, pa

    vide li nan ponp dirèkteman. Toujou pase melanj nan yon paswa fen oswa nan yon twal fen pou wete tout kras ki kapab bouche tiyo ponp la. Genyen kèk ponp ki genyen yon paswa nan bouch yo pou fè sa.

    4. SOUK PONP LA: Si n'ap sèvi ak yon ensektisid nan fòm poud pou nou melanje ak dlo, nou genyen

    pou nou souke ponp tanzatan pandan n'ap aspèje. Nou gen pou fè sa tou si n'ap aspèje ak Lwil Konsantre oswa Volck Oil. Si nou pa fè sa tout poud va poze pa anba nan ponp la epi li kapab bouche tiyo ponp la oswa l'ap fè pwodwi twò fò oswa twò fèb.

    5. VEYE KOTE NOU ASPEJE: Genyen kèk ensektisid ki touye ensèk yo lè li tonbe sou yo (nou rele sa yo

    ensektisid kontak), genyen lòt ki touye yo si ensèk yo manje li (nou rele sa yo ensektisid pwazon nan vant). Anpil ensektisid touye ensèk touye pa kontak epi pa pwazon nan vant tou. Nenpòt ki jan, nou gen pou nou mete ensektisid la kote l'ap tonbe sou ensèk yo oswa kote ensèk yo ap manje li. Aspèje jiskaske fèy yo byen mouye.

    6. PWOPTAJ: Lè nou fin aspèje nou gen pou nou vide nenpòt ti rès ensektisid yon kote li p'ap

    kontamine ni dlo ni manje. Fouye yon twou epi vide rès ladan l'. Apre sa se pou nou pwòpte ponp la ak dlo pwòp. Men ki jan pou nou fè sa. Mete kèk dlo pwòp nan ponp la, li pa bezwen plen. Souke ponp la epi jete dlo a. Mete dlo nan ponp la ankò epi souke ankò. Kounye a bay ponp la van epi lage dlo nan tiyo ponp la tankou si ou t'ap aspèje.

    7. VESO VID: Lè yon sache oswa youn boutey ki te gen ensektisid ladan li kaba, se pou nou

    boule oswa antere sache a oubyen boutèy la.

  • NOUVO GID LEGIM 39

    Bon jan pou jete veso vid (Desen Soti Gid Pepinyeris pa Scott Josiah)

  • 40 NOUVO GID LEGIM

    SI ENSEKTISID YO PA MACHE Gendelè nou aspèje epi ensèk yo pa mouri. Genyen plizyè rezon sa kapab vin rive. 1. ENSEK GEYEN REZISTANS: Genyen anpil kalite chak ensèk. Pafwa yon ensèktisid kapab touye pifò kalite men

    kalite ki genyen nan jaden nou li pa touye l'. Se sa k' fè nou mete anpil kalite ensektisid pou chak ensèk nou te diskite nan chapit 1. Si youn pa touye l', nou kapab eseye yon lòt.

    2. ENSEK TWO GRANMOUN: Ensektisid yo touye jenn ensèk pi fasil pase li touye granmoun yo. Ann toujou fè

    bon kontwòl nan jaden pou nou kapab jwenn move ensèk yo lè yo piti. 3. TAN AN Tan an kapab ban nou pwoblèm nan aspèsyon. Si genyen twòp van an pandan

    n'ap aspèje, van an kapab bwote pwodwi ale. Si genyen lapli apre nou fin aspèje, lapli kapab lave pwodwi sou plant yo pote l' ale. Osinon, li kapab twò cho oswa twò frèt pandan n'ap aspèje.

    4. NOU FE YON ERE: Genyen 2 erè n'ap pi fasil fè. Youn erè nou kapab fè se pa mezire byen. Si nou pa

    mete ase ensektisid nan dlo oswa si nou mete twòp dlo ak ensektisid, ensektisid kapab twò fèb pou l' touye ensèk yo. Yon lòt erè nou kapab fasil fè se pa byen rekonnèt ensèk k'ap ban nou pwoblem nan jaden nou an. Si nou fè sa n'ap mal pou chwazi yon ensektisid ki kapab touye ensèk la.

  • NOUVO GID LEGIM 41

    TAB EGALITE Se pa tout moun ki kapab genyen tout kalite veso pou mezire tout bagay. Donk, si ou pa genyen tout bagay pafwa yon lot kapab sèvi nan plas sa ou bezwen. Men kèk mezi ki fè plizomwen menm bagay: (Siy = vle di se menm bagay ak) 3 ti kiyè ra = 1 gwo kiyè (kiyè a soup) ra 2 gwo kiyè ra = 1 ons 8 ons = 1 tas 1 boutèy kola = 1 tas edmi 4 tas = 1 lit 3 boutèy kola = 1 lit 3 lit = 1 mamit ra 4 lit = 1 galon

    Men yon egzanp. Si nou bezwen 2 gwo kiyè ra nou kapab sèvi 6 ti kiyè ra oswa youn ons.

  • 42 NOUVO GID LEGIM

    ENSEKTISID NOU KAPAB FE LAKAY NOU Genyen kèk ensektisid nou kapab fè lakay nou. Pa panse yo mwens fò oswa gen mwens valè pase sa ou kapab achte. Genyen kèk ki pi bon. Pifò ensektisid ou achte nan magazen dire anpil ane apre yo pèdi fòs pou touye ensèk yo. Yo kapab antre nan tè a osinon nan sous yo. Yo antre nan kò nou epi genyen kèk ki, apre yo fin antre, yo pa soti nan kò nou jiskaske nou mouri. Chak fwa nou pran yon kou pwazon sa yo, yo vin pi plis nan kò nou an. Yon jou yo kapab fè nou malad oswa touye nou. Ensektisid nou fè lakay nou an pa konsa. Genyen kèk ki pa fè okenn danje pou moun. Genyen lòt ki move pwazon ni pou moun ni pou ensèk. Men yo pa dire nan tè a epi yo pa dire nan kò nou. Men kèk ensektisid nou kapab fè. 6GRENN NIM (Lila) Non latin: Azadirachta indica Pyebwa nim kapab fè anpil byen pou nou. Se avèk grenn nim nou kapab fè ensektisid yo. Pwodwi sa yo bon pou touye chèni, podi, charanson, krikèt, pichon, vè fouye, epi mouch blan. Gen twa pwodwi nou kapab fè avèk nim. Men sa pou nou fè: Premyèman nou gen pou netwaye grenn nim yo. Sa vle di nou wete po ak chè grenn yo, epi lave yo pou fin wete tout chè a. Lèfini, seche grenn yo nan solèy. Kounye a nou konsève yo konsa jiskaske lè nou bezwen sèvi ak yo. Pito ou pa konsève yo nan sache plastik (jelatin)-- yo kani fasil. (Pafwa genyen yon kani ki leve sou grenn yo ki sitèlman fò yon ti tak kapab touye yon moun si li ta pran li nan bouch li.) Se pou nou konsève grenn yo nan yon sak pay oswa nan yon panye. Genyen twa ensektisid nou kapab fè avèk grenn nim yo. Men yo: POUD NIM Lè ou vle fè ensektisid poud nim, pran kèk grenn chèch epi pile yo oubyen pase yo nan moulin pou fè yon poud. Sa se Poud Nim. Nou kapab simen poud nim sou plant nan jaden epi a tè a toutotou plant yo. Ou kapab fè l' konsa si ou pa genyen ponp pou aspèje.

  • NOUVO GID LEGIM 43

    DLO NIM Si ou vle fè pi byen, ou kapab fè yon lòt jan. Nou kapab fè yon pwodwi nou rele Dlo Nim. Pou chak lit Dlo Nim ou vle fè ou bezwen demi (1/2) tas poud Nim. (Sa fè 2 tas pa galon dlo oswa 2 ponyen doub pou chak galon dlo). Mete poud Nim tranpe nan dlo pandan lannwit. Demen pase tout melanj sa nan yon twal fen oubyen nan yon paswa byen fèn pou wete mòso grenn yo nan dlo. Kounye a nou kapab aspèje ak dlo sa a, san nou pa fè lòt bagay toujou. Aspèje 1 fwa pa semen toutotan ou genyen pwoblèm avèk ensèk nwizib yo. Dlo Nim pa konsève byen, 3 jou apre ou fè li, li pa bon, li pèdi fòs li nèt. Donk sèvi avè l' touswit. Si ou gen posibilite jwenn yon lwil ki rele NU-FILM 17, ou kapab mele li ak dlo nim pou fè li konsève pi lontan sou plant la. Ou mete 2 ti kiyè NU-FILM 17 nan chak galon pwodwi ou fè. Sa kapab fè dlo nim dire jiska 7 jou sou plant la. Sonje, pwodwi sa a kapab touye koksinòl. Pran swen avèk li. Pa flite si li pa nesesè. LWIL NIM Yon lòt pwodwi nou kapab fè ak nim se Lwil Nim. Pou fè sa nou bezwen pile grenn chèch yo pou nou kapab wete pay la. Donk, pa pile yo twò di pou nou pa kraze anndan grenn yo. Lè nou fin pile grenn yo vannen yo pou retire pay la. Lèfini, pran pati grenn ki te anndan epi moulen li oswa byen pile li. Mete li nan dlo nan yon chodye epi mete l' sou dife. Kite li kwit jiskaske lwil la soti monte anlè. Apre lwil fin soti, retire lwil nan dlo. Nou kapab konsève lwil sa a nan yon ti bokal. L'ap konsève lontan konsa si nou kite li nan yon vèso byen fèmen epi nan fènwa. Lwil Nim bon pou touye Mit Pwa. Pou sèvi avè l' brase 2 ti kiyè ra lwil nim nan youn mamit pwa pou anpeche mit pwa. Pwa sa a toujou ap bon pou manje.

  • 44 NOUVO GID LEGIM

    BWA NIVRE / BWA KAYMAN / PWA MANYOK (Non latin: Tephrosia toxicaria/Lonchcarpus ehrenbergii/Pachyrrizus erosus) Se ak bwa nivre, bwa kayman epi pwa manyòk yo fè ensektisid yo rele Rotenone. N'ap diskite li pi devan. Nenpòt lè ou li Rotenone kapab touye yon ensèk ou gen dwa sèvi pwodwi sa yo. Genyen de (2) pwodwi nou kapab fè avèk yo. Pou fè poud ak bwa nivre epi ak bwa kayman se rasin yo nou bezwen. Chache jwenn rasin fen yo-- pi piti pase demi pous lajè. Pile rasin sa yo nan yon pilon pou fè yon poud. Fini. Se ak poud sa a ou ap sèvi. Si ou pa kapab jwenn bwa nivre oswa bwa kayman ou kapab sèvi ak grenn pwa manyòk pou fè menm pwodwi. Kale gous pwa manyòk pou retire grenn yo. Lefini, pile grenn yo oswa pase yo nan moulen. Ou mèt sèvi poud sila menm jan ou sèvi ak poud rasin bwa nivre. Nou gen dwa mele poud sa a ak semans lè n'ap plante. L'ap anpeche kèk ensèk pike grenn yo. Si ou simen poud sa sou plant nan jaden yo li kapab anpeche pinèz, trips, mouch blan, podi, pis, sotèz, epi kèk chèni. Yon lòt bagay nou kapab fè ak poud sa a se mete li sou bèt nou an (eksèpte kochon) si bèt yo gen pis oubyen pou. Li pa danje pou ni moun ni lòt bèt nou konn gade eksèpte kochon. Pa mete l' sou kochon.

  • NOUVO GID LEGIM 45

    DLO GRENN PWA MANYOK Nou kapab fè Dlo Grenn Pwa Manyòk si nou ta vle aspèje. Men ki jan pou fè li:

    � Pou chak galon Dlo Grenn Pwa Manyòk ou ap fè ou ap bezwen 5 kiyè grenn pwa manyòk ak yon bout savon ki gen yon demi pous longè.

    � Fonn bout savon nan yon demi tas dlo (youn tyè boutèy kola dlo). � Mele dlo savonnen sila ak 5 kiyè grenn pwa manyòk. � Pile melanj sila nan pilon oswa moulen li nan moulen. � Apre ou fin pile melanj la oswa apre ou fin moulen moulen li nan

    moulen pase melanj la nan yon twal pou wete poud la. � Pran likid ki soti a epi rekoule li nan twal fen. � Mete likid la nan yon veso epi ajoute dlo pou fè yon galon.

    Li bon pou mete gan kawòtchou lè ou ap fè pwodwi sa a. Ou kapab sèvi Dlo Grenn Pwa Manyòk nenpòt lè ou ta sèvi Rotenone. Li touye chèni, pichon, ak vè, men li pa fasil touye yo lè yo gwo. DLO SAVON Dlo Savon se yon bon pwodwi pou touye pichon, fo pichon, ak kèk akaryen. Genyen de (2) resèt pou fè li: a. Fonn yon bout savon wozita (Rosita) oswa lòt savon tankou li ki genyen 1 pous

    de longè nan youn galon dlo. Mete nan flit oubyen nan ponp aspèsyon epi aspèje. (Si ou pa konnen si savon ou genyen twò fèb oswa twò fò, eseye kèk sou yon pati youn sèl plant. Demen gade pou wè si plant la pa domaje epi si ensèk yo mouri).

    b. Yon savon pi fò se pou mete 1 tas alkòl nan yon galon. Ajoute Dlo Savon (wè

    resèt dèyè) pou fè yon galon likid, sèvi avè l' menm jan ak lòt la. Nenpòt nan Dlo Savon yo konsève lontan si veso byen fèmen. Nou gen dwa fè l' davans epi kite l' lakay pou lè nou bezwen li. Dlo Savon pa fè twòp danje pou moun. Sèlman pa kite l' tonbe nan je oubyen nan bouch. Konsève li yon kote ti moun yo pa kapab mete men sou li.

  • 46 NOUVO GID LEGIM

    DLO TABAK (Non latin: Nicotiana tabacum) Dlo tabak se yon bon pwodwi men li fè danje pou moun. Dlo tabak se pwazon pou moun menm jan li ye pou bèt. Si yon ti moun ta bwè yon ti gòdèt dlo tabak, li kapab fasil mouri. Dlo tabak touye anpil ensèk men li pifò kont sa yo ki souse plant yo-- fo pichon, pichon, akaryen, mouch blan ak trips. Epitou l'ap touye plizyè kalite chèni, pis avèk vè fouye. Men yon prekosyon lè ou sèvi avèk li, li posib fèy tabak yo te enfèkte ak yon maladi epi si ou aspèje melon, konkonm, ak tomat (epi kèk lòt plant toujou) yo kapab tonbe malad tou. Men kouman pou fè li:

    � Kraze youn ti pake tabak (1 oubyen 2 fèy chèch) epi tranpe li nan yon galon dlo pandan lannwit.

    � Demen wete tabak (pase nan yon paswa oswa yon twal) epi ajoute yon ti tak savon ou te gentan fonn nan yon ti dlo.

    Dlo tabak sa tou prepare pou aspèje. Li nesesè pou aspèje touswit paske dlo tabak pa konsève byen. Pa kite fèy tabak tranpe plis pase yon jou, yo pouri vit epi apre sa ou pa kapab wete yo nan dlo. DANJE!! Dlo tabak se yon move pwazon, li pifò pase anpil pwazon ou kapab achte nan magazen. Mete pantalon long avèk chemiz manch long lè ou aspèje. Mete gan kawòtchou tou. Lave tout kò ou byen lè ou fini. Pa goute pwodwi dlo tabak. Nenpòt sa ou aspèje, pa rekolte pou omwens twa jou apre ou aspèje. Pou egzanp si ou aspèje lendi, pa manje nan sa ou te aspèje jiska jèdi oubyen apre jèdi.

  • NOUVO GID LEGIM 47

    LWIL KONSANTRE Lwil konsantre se yon bon ensektisid nou kapab itilize pou aspèje pyebwa pou touye fo pichon ak kal. L'ap touye move ensèk ki la epi l'ap anpeche yo atake bwa a pou plizyè mwa. Li bon pou nou aspèje bwa ki donnen yo chak ane ak Lwil Konsantre. Men ki jan pou fè li: Mete nan yon chodyè:

    � 1 lit Lwil Mineral (Li kapab make Mineral oil--ou kapab achte li nan yon fanmasi)

    � 2 tas (1 boutèy kola edmi) dlo � 1 bout Savon Rosita (oubyen yon lòt savon tankou li) longè 4 pous

    oswa 4 ons savon an likid Chofe tout bagay sa yo sou dife jiskaske yo bouyi. Lè y'ap bouyi brase yo byen brase jiskaske tout savon gentan fonn epi tout bagay byen melanje. Kounye a ou gen Lwil konsantre. Pou sèvi ak Lwil konsantre mete senk (5) kiyè nan chak galon dlo pou aspèje. Ou a bezwen souke ponp la souvan pandan ou ap aspèje pou tout bagay toujou byen mele-- lwil la ap toujou vle monte anlè nan dlo a. Nou kapab konsève Lwil konsantre pou lavni, men chak fwa nou vle sèvi avè l' nou gen pou chofe li epi brase li ankò.

  • 48 NOUVO GID LEGIM

    DLO PIMAN (Non latin: Capsicum frutescens) Dlo piman se yon ensektisid byen fò. Se ak piman zwazo, piman dan chen, oswa piman bouk (piman ki pike) nou fè li. Ensektisid sa a kapab touye plizyè kalite chèni ak pichon. Men sa pou nou fè:

    � Ranmase piman yo. N'ap bezwen 1 tas (2 ponyen) pou fè twa (3) galon edmi (4 mamit) ensektisid. Seche piman yo byen chèch.

    � Kraze piman ki chèch yo nan yon pilon oswa nan yon moulen jiskaske yo vin yon poud byen fen.

    � Mete poud piman nan 2 mamit (6 lit) dlo epi kite li tranpe pandan lannwit.

    � Nan demen pase melanj dlo ak piman nan yon mòso twal fen. Rekoule li nan twal yon dezyèm fwa. Jete poud piman an.

    � Ajoute yon lòt de (2) mamit edmi dlo (8 lit), ki deja gen 1 kiyè savon an likid ladan li. Brase melanj dlo savon ak dlo piman sa a byen brase. Kounye a li tou prepare pou aspèje.

    Toujou sonje pou koupe dlo piman ak lòt dlo paske li byen fò. Si ou pa fè sa ou kapab boule plant yo. ATANSYON! Toujou mete gan kawòtchou ak linèt espesyal lè ou ap fè epi lè ou ap aspèje dlo piman. Li kapab fasil boule po ou ak je ou. Toujou mete chemiz manch long ak pantalon long. Premyè fwa ou ap aspèje Dlo Piman sou yon kalite kilti, li bon pou eseye li sou youn sèl plant pou wè si li pa twò fò. Aspèje plant la. Demen gade li. Si plant la pa domaje ou konnen Dlo Piman pa twò fò. Men, si plant la domaje, ou a bezwen koupe fòs Dlo Piman ak plis dlo toujou.

  • NOUVO GID LEGIM 49

    DLO GRENN KACHIMAN/KOWOSOL Non latin: Annona squamosa/annona muricata) Grenn kachiman oswa grenn kowosòl kapab fè yon ensektisid ki kapab touye pichon ak kèk pinèz vèt. Men ki jan pou nou fè li.

    � Ramase grenn kachiman oswa grenn kowosòl, pwòpte yo epi mete yo seche. Ou a bezwen demi tas (youn ponyen) pou chak mamit (3 lit) pwodwi ou ap fè.

    � Lè grenn yo fin seche, kraze yo nan moulen oswa nan pilon pou fè yon poud fen. ATANSYON! Pa kite poud la tonbe nan je ou paske l'ap fè ou soufri anpil! Mete linèt espesyal lè ou ap fè sa.

    � Melanje poud la ak kantite dlo ki dwat-- 1 ponyen grenn pou chak mamit dlo. Kite li tranpe pandan lannwit. Nan demen pase melanj la nan yon twal fen pou retire tout poud. Repase li nan twal la yon dezyèm fwa. Kounye a Dlo Grenn Kachiman/Kowosòl tou prepare pou aspèje.

    Ensektisid sa a pa mache vit, l'ap bezwen de (2) ou twa (3) jou pou li fin touye ensèk yo. Li bon pou mete gan kawòtchou ak linèt espesyal lè ou ap aspèje.

  • 50 NOUVO GID LEGIM

    ENSEKTISID NOU KAPAB ACHTE TI KONSÈY Nou gentan wè nou gen anpil chwa nan ensektisid nou kapab fè lakay nou. Men gen anpil kalite ensektisid nou kapab achte nan magazen tou. Nou pa kapab diskite isit tout ensektisid ki genyen. Gen lòt ou ap jwenn nan magazen tou. Si ou ap sèvi yon ensektisid ki pa nan liv sa a, ou a bezwen mande moun k'ap vann pwodwi a ki jan pou sèvi avè l' epi ki prekosyon pou fè pandan ou ap sèvi avè l'. Si ou kapab li lang etranje ou kapab li sa k' ekri sou sache oubyen sou bwat ensektisid la. Nou genyen yon pwoblèm ak pwodwi nou achte (eksepte Dipel ak Rotenone) ki dwe fè nou kalkile byen avan nou sèvi avèk yo. Pwoblèm se ensèk yo konn vin genyen rezistans kont yo. Sa vin rive si nou aspèje ak menm pwodwi toutan. Pa egzanp, si nou aspèje ak Sevin toutan pou touye pinèz, youn ou de pinèz ap toujou chape. Yo kapab genyen rezistans kont Sevin. Genyen plis chans pitit yo fè ap gen rezistans tou ki fè yo kapab kanpe pi fèm lè ou aspèje ankò ak Sevin. Yon sèl manman kapab fè anpil pitit ki genten rezistans. Epi pami pitit pitit yo n'ap jwenn plis toujou. Wè pwoblèm nan? Apre kèk anne n'ap genyen yon gwo ras pinèz ki gen rezistans kont Sevin. Menm lè ou ta aspèje fò ak Sevin, li p'ap vo anyen. Rezistans pa fasil vin yon pwoblèm pou ensektisid nou fè lakay epi pou Dipel ak Rotenone. Sa se yon avantaj nan sèvi ak pwodwi sa yo. Donk, lè ou aspèje ak lòt pwodwi yo, chanje ak sa ou aspèje tanzantan. Pa egzanp, si ou ap aspèje konkonm pou podi konkonm, ou gen dwa aspèje ak Sevin kounye a epi lè ou aspèje ankò ou kapab aspèje ak Malathion. Genyen de (2) jan ensektisid konn touye ensèk. Genyen kèk ensektised ki touye ensèk yo lè li tonbe sou yo. Nou di ensektisid sa yo touye pa kontak. Genyen lòt ki touye ensèk yo lè ensèk yo manje li. Nou di ensektisid sa yo touye pa pwazon nan vant. Genyen anpil pwodwi toujou ki touye ni pa kontak, ni pa pwazon nan vant. Genyen anpil ensektisid nan lemonn. Genyen ki touye youn sèl kalite ensèk epi genyen ki touye plizyè kalite. Se sa k' fè li nesesè pou konnen ki ensèk li ye vreman ki nwi jaden nou an. Si ou pa konnen, pa aspèje. Lè ou konnen ki ensèk ap nwi jaden an, chache yon ensektisid pou aspèje ki kapab touye ensèk sila a. Eseye sa nou kapab fè lakay avan. Si n'ap aspèje ak pwodwi nou pral achte, nou bezwen konnen ki pwodwi ladan pral touye ensèk k'ap anmègde jaden.

  • NOUVO GID LEGIM 51

    NON ENSEKTISID YO. Non ensektisid yo genyen twa pati. Fò nou konnen tou lè twa pati avan nou aspèje. Premyè pati nan non an se kalite ensektisid la. Sa fè nou konnen ki pwazon li genyen ladan li. Se sa k' detèmine ki ensèk ensektisid la kapab touye. Pa egzanp, Malathion epi Sevin se kalite ensektisid. Dezyèm pati nan non ensektisid la se fòs li. Nou mezire fòs la nan pousan. Ou preske pa ka achte ensektisid ki pi. Yo mele li ak lòt bagay. Pafwa yo fè sa pou ensektisid la kapab mele ak dlo pi fasil. Pafwa li fèt pou ensektisid la fè mwens danje pou nou. Men, se pou nou sonje chak ensektisid gen fòs pa li. Chif ki pi gran vle di ensektisid la pifò pase menm kalite ensektisid ki gen yon chif pi piti. Pa egzanp, Malathion 50 se de (2) fwa pifò pase Malathion 25. (Avi-- chif sa yo pa ka sèvi pou fè konparezon ant youn kalite ensektisid avèk yon lòt. Pa egzanp, nou pa kapab di Diazinon 50 pifò ke Malathion 25.) Chif sa yo ede nou konnen kilès ki pifò nan menm kalite ensektisid. Genyen eksepsyon pou sa. Genyen kèk pwodwi ki genyen fòs ekri nan liv pa galon. Yo fè sa pou kèk lwil pou mete nan dlo pou aspèje. Nan ka sa yo fòm pwodwi a toujou ekri E. Pa egzanp, genyen 2 liv Cygon nan chak galon Cygon 2 E. Youn liv pa galon fè apepre 10 pousan. Donk, Cygon 2 E se preske menm bagay ak Cygon 20 EC. Twazyèm pati nan non yon ensektisid se fòm li genyen. Men fòm n'ap pi fasil wè:

    EC ou CE ou E. Sa se yon lwil nou mele ak dlo pou aspèje. Pifò gen koulè jòn oswa mawon men, lè nou mete yo nan dlo, dlo a tounen blan. Nòmalman yo make fòs EC ak CE nan pousan epi yo make fòs E nan liv pa galon.

    WP. Sa se yon poud pou mele ak dlo pou aspèje. Poud sa yo pa fonn nan

    dlo. Donk, lè nou aspèje nou genyen pou souke ponp oubyen flit la souan pou tout pwodwi pa fonse poze pa anba. Nou souke pou ensektisid la toujou byen mele ak dlo a.

    P. Sa se yon poud ki fonn nan dlo. Depi li fonn li pa nesesè pou nou souke

    ponp aspèsyon ankò.

    D. Sa se poud nou mete sou plant yo dirèkteman san nou pa mele yo ak dlo. Deske nou pa mele yo ak dlo, poud sa yo genyen yon fòs ki pi fèb pase poud menm kalite ensektisid ki fèt pou mele nan dlo. Yo fè sa paske nou p'ap koupe fòs li ak dlo. Pa egzanp, Sevin D kapab genyen fòs 5 pousan men Sevin WP kapab genyen fòs 50 pousan deske n'ap koupe fòs li ak dlo.

    Se premyè de fòm (EC ak WP) nou wè pi souvan.

  • 52 NOUVO GID LEGIM

    Men yon egzanp, yon non ensektisid:

    MALATHION 25 WP Malathion se kalite ensektisid. Se li menm ki pwazon ladan pwodwi a ki pou touye ensèk yo. 25 se fòs li. Sa vle di 25 pati nan 100 pati se Malathion. Lot 75 pati pa fè anyen pou touye ensèk. WP se fòm ensektisid la. Li se yon poud pou mele ak dlo pou aspèje, men li p'ap fonn nan dlo. Nou kapab jwenn Malathion 50 WP tou. Si nan yon ka nou ta mele 1 kiyè Malathion 50 WP nan youn galon dlo, pou fè menm bagay nou ta mele 2 kiyè Malathion 25 WP nan youn galon dlo. Si sa pa ban nou ase tèt chaje, men yon lòt bagay toujou. Pafwa youn sèl kalite ensektisid genyen 2 non ou plis diferan. Sa vin rive paske genyen plizyè izin kapab fè yon ensektisid epi chak izin ba li non pa li. Men kèk ensektisid ki genyen de (2) non: Sevin se menm bagay ak Cabaryl Kelthane se menm bagay ak Dicofol Ambush se menm bagay ak Ectiban Dipterex se menm bagay ak Chlorofos Dipel se menm bagay ak Thuricide oubyen BT JOU POU TANN Lè nou mete pwazon sou yon plant (li mèt ensektisid oubyen fonjisid) li kapab nesesè pou nou tann kèk jou avan nou rekòlte sou plant la. Kantite jou sa yo nou rele jou tann. Fò nou swiv sa byen. Se pwazon n'ap aspèje. Si nou pa vle mouri oswa vin malad, fò nou tann tout jou tann yo avan nou rekòlte. Si nou aspèje lendi, pa egzanp, epi genyen 3 jou tann, pa rekòlte jiska jèdi. Pran swen. Pa mouri anba ensektisid. MELANJ ENSEKTISID YO Nenpòt nan ensektisid sa yo kapab mele ansanm pou aspèje san yo pa pèdi fòs yo epi san yo pa domaje plant yo: Dipel Kelthane Malathion Diazinon Cygon Rotenone Genyen anpil lòt pwodwi ki kapab melanje ansanm tou. Si ou pa konnen, ou kapab eseye. Pou eseye ou a bezwen melanje yon ti pòsyon epi aspèje youn oswa de plant. Demen ou a tcheke pou wè si ensèk yo mouri epi si plant yo pa domaje. Si ensèk yo pa mouri oswa si plant yo vin domaje, li p'ap bon pou sèvi ak melanj sila.

  • NOUVO GID LEGIM 53

    DIPEL Ensektisid dipel (li gen 2 lòt non: Thuricide ak BT) se pa yon pwazon vre. Li se kèk mikwòb. Depi chèni manje nan mikwòb sa yo, vant yo vin paralize. Yo sispann manje menm lè a, men li kapab de (2) oubyen twa (3) jou avan yo fin mouri. Donk, ensektisid Dipel pa fè pwazon pou moun. Li pa fè okenn danje pou nou. Li pa touye bon ensèk, se chèni sèlman li touye. Sonje, si chèni pa manje li, li p'ap touye yo. Fò dipel tonbe yon kote chèni pral manje. Yo vann plizyè fòs Dipel, donk nou pa kapab ba ou twòp detay konbe Dipel pou nou mete nan chak galon dlo. Lè ou achte li ou a bezwen gade sou bwat li pou wè ki jan pou sèvi avèk li. Oswa ou kapab mande mèt magazen ki vann li.Yo vann li nan fòm WP epi EC. JOU POU TANN: 0

  • 54 NOUVO GID LEGIM

    ROTENONE 5 WP Rotenone fèt pa rasin plizyè plant ki nan fanmi pwa. Nan Ayiti nou gen twa (3) plant ki posede li-- bwa kayman, bwa nivre ak pwa manyòk. Yo konn retire pwazon nan plant sa yo pou fè ensektisid an poud oswa yon lòt fòm. Men avantaj Rotenone-- premyèman li pa fè danje ni pou moun ni pou bèt nou gade, eksepte kochon. Li fè danje pou kochon. Dezyèm avantaj li se li pa dire nan tè a pou bay nou danje nan lavni. Apre youn semenn li pèdi fòs li nèt. ATANSYON! Rotenone kapab touye kèk bon ensèk. Li kapab touye myèl. Epitou, li konn touye pwason. Pa sèvi avè l' bò dlo. Ki jan pou sèvi avè l': Rotenone 5 WP pa renmen mele ak dlo. Pou nou mele li ak dlo nou gen pou fè yon pat avèk poud la ak yon ti dlo. Apre sa ajoute dlo ti tak pa ti tak jiskaske ou gen kantite dlo ou bezwen. Souke panp la tanzantan pandan ou ap aspèje. Kantite Rotenone 5 WP nou bezwen mete nan dlo depan de sou ki plant n'ap aspèje. Men konbe Rotenone 5 WP pou mete nan chak galon dlo: Ensèk Kiyè pa galon dlo konkonm 3 leti 3 melon 3 pwa, pwa frans 3 seleri 3 zepina 3 zonyon, pwawo, shalòt

    3

    bètrav 4 fanmi chou 4 karot 4 radi 4 bèjen 6-1/2 piman 6-1/2 patat 6-1/2 pòmdetè 6-1/2 pwatann 6-1/2 tomat 6-1/2 JOU POU TANN: 0

  • NOUVO GID LEGIM 55

    DIAZINON Diazinon kapab touye akaryen, chèni yo, fo pichon, foumi, mouch blan, pichon, podi yo, ravèt, sotèz, trips, vè di, vè fouye, ak anpil lòt ensèkt toujou. Li touye pa kontak epi pa pwazon nan vant. DANJE! Diazinon kapab antre nan po nou. Li kapab gate je nou yo. Toujou mete gan kawòtchou ak linèt espesyal lè n'ap aspèje. Li kapab touye myèl. Danje pou plant yo: Pa aspèje Diazinon sou bèjen, joumou, kalalou, papay, ak patat. Li kapab domaje kèk kalite leti. Ki jan pou sèvi avè l': Men fòs nou jwenn pou Diazinon ak konbe kiyè pa galon dlo nou bezwen pou chak: Non kiyè pa galon Diazinon 50 WP 1 Diazinon 20 EC 2 piti Diazinon 50 EC 1 piti Si ou ap sèvi ak Diazinon 50 WP, souke ponp la tanzantan pandan ou ap aspèje. Jou tann pou diazinon depan de sou ki kilti nou mete li. Men kilti ak jou tann yo:

    JOU TANN Kilti Jou tann chou, chou chènwa 7 chou flè, bwokoli 5 frèz 5 joumou 7 karot 10 konkonm 7 mayi 2 melon 3 piman 5 pitimi 5 pòmdetè 35 pwa 7 pwafrans 0 radi 10 seleri 10 sitris 21 tomat 1 zepina 14 zonyon, shalòt, pwawo 10

  • 56 NOUVO GID LEGIM

    MALATHION Malathion se yon lòt ensektisid ki kapab touye plizyè kalite ensèk. Li kapab touye fo pichon, chèni zepi mayi, mouch blan, kal, pichon, pinèz zèl klè, sotèz, trips, tik epi vè fouye.

    DANJE! Malathion kapab antre nan po nou. Pran swen lè n'ap sèvi avè l' epi lave tout kò nou byen lè nou fin aspèje. Li kapab touye myèl. Danje pou plant. Malathion kapab domaje joumou, konkonm, koujèt, mayi, melon dlo, epi melon frans. Ki jan pou sèvi avè l': Kantite Malathion ou mete nan youn galon dlo depan de ki fòm ak ki fòs ou ap sèvi epi de pou ki ensèk ou ap aspèje:

    Non kiyè pa galon pichon ase kal sou sitris lòt ensèk Malathion 25 WP 1 3 2 Malathion 50 WP 2 piti 1 edmi 1 Malathion 57 EC 2 piti 2 piti 2 piti Si ou ap aspèje Malathion an poud, sonje pou souke ponp la tanzantan pandan ou ap aspèje. Jou tann pou Malathion depan de sou ki kilti nou mete li. Men kilti ak jou tann yo:

    JOU TANN Kilti Jou tann Kilti Jou tann ananna 7 papay 0 bèjenn 3 patat 3 bètrav 7 piman 3 diri 7 pitimi 7 chou, chou flè, chou chènwa 7 pòmdetè 0 chou bwokoli 3 pwa, pwatann, pwa manyòk, pwa

    kongo 1

    joumou 3 pwafrans 3 leti (ki ponme) 14 seleri 7 leti (ki pa ponme) 7 sitris 7 kawot 7 tomat 1 konkonm, koujèt, melon dlo, melon frans

    1 zaboka 7

    mayi 5 zepina 7 nave 3 zonyon, shalòt, pwawo, lay 3

    (Pa aspèje sou kalalou apre grenn yo tanmen fòme. )

  • NOUVO GID LEGIM 57

    KELTHANE 35 WP Kelthane konn pote non Dicofol tou. Se akaryen sèlman li touye. Li touye pa kontak sèlman. ATANSYON! Pa kite Kelthane tonbe ni nan je ou, ni nan bouch ou, ni sou po ou. Li kapab fè je ou oubyen fè po ou grate. Danje pou plant. Pa sèvi ak Kelthane sou pòmdetè. Ki jan pou sèvi avè l': Mete 2 kiyè Kelthane 35 WP nan chak galon dlo. Souke ponp la tanzantan pandan ou ap aspèje. Toujou aspèje byen anba fèy yo, paske se la akaryen yo rete. Li nesesè pou aspèje 2 fwa. Aspèje yon premyè fwa epi retounen ankò nan kat (4) jou pou aspèje ankò.

    JOU TANN kilti Jou tann frèz 2 konkonm, koujèt, melon dlo, melon frans 2 joumou 2 piman 2 pwa 45 pwatann 7 sitris 7 tomat 2

  • 58 NOUVO GID LEGIM

    DIPTEREX 95 SP Dipterex pote non Chlorofos, Trichlorfon, epi Neguvon tou. Li touye pa kontak epi pa pwazon nan vant. Li touye preske tout kalite chèni avèk vè. Li touye pinèz, ravèt, sotèz, epi tik tou. DANJE! Pran swen lè ou sèvi avèk Dipterex. Lave men ou apre ou aspèje. Dipterex kapab touye myèl. Danje pou plant. Pa aspèje Dipterex sou pitimi. Ki jan pou sèvi avè l': Dipterex 95 SP kapab fonn nan dlo. Mete 1 kiyè pou chak galon dlo. Pou sèvi ak Dipterex sou bèt ou a bezwen 1 kiyè edmi pou chak 100 liv bèt la peze. Pou egzanp, si bèt la peze 400 liv ou a bezwen 4 x 1-1/2= 6 kiyè. Nan ka sa ou ta mete 6 kiyè Dipterex 95 SP nan valè dlo ou ta bezwen pou benyen bèt la.

    JOU TANN Kilti Jou tann bètrav 28 chou 21 chou flè 21 joumou 3 leti 28 mayi 0 piman 21 pwa chous 3 pwa (tout lòt kalite) 14 tomat 21

  • NOUVO GID LEGIM 59

    SEVIN 50 WP Sevin pote non Cabaryl tou. Li touye ensèk pa kontak epi pa pwazon nan vant. Li touye preske tout kalite chèni ak preske tout kalite podi. Epitou, li kapab touye fo pichon, pinèz, pis, sotèz, tik, epi trips. ATANSYON!! Sevin se yon pwazon. Pran swen lè ou sèvi avè l'. Toujou lave men ou apre ou fin aspèje. Sevin kapab touye myèl. Ki jan pou sèvi avè l': Mete 2 kiyè Sevin 50 WP nan chak galon dlo. Brase byen. Souke ponp la tanzatan pandan ou ap aspèje.

    JOU TANN Kilti Jou tann bèjèn 0 bètrav (si ou p'ap manje fèy) 3 bètrav (si ou ap manje fèy) 14 diri 14 fanmi chou 3 frèz 1 kalalou 0 karot 0 konkonm 0 koujèt 0 leti ki ponme 3 lòt leti 14 mayi 0 melon dlo, melon frans 0 nave 3 patat 0 pistach 0 pitimi 14 piman 0 pòmdetè 0 radi 3 seleri 14 sitris 5 tout kalite pwa 3 tomat 0 zaboka 1 zepina 3

  • 60 NOUVO GID LEGIM

    CYGON 2E Cygon pote non Dimethoate tou. Li touye pa kontak epi pa pwazon nan vant. Li touye akaryen, kal, mouch blan, pichon, sotèz, trips, epi vè fouye. DANJE!! Pa kite Cygon tonbe sou po nou oswa nan je nou. Cygon kapab touye myèl. Danje pou plant. Cygon kapab domaje kèk kalite tomat. Ki jan pou sèvi avè l': Mete 2 ti kiyè Cygon 2E pa chak galon dlo pou aspèje.

    JOU TANN Kilti Jou tann chou 3 chouflè, chou bwokoli 7 leti ki ponme 7 leti ki pa ponme 14 mayi 14 melon dlo, melon frans 3 nave 14 piman 0 pitimi 28 pòmdetè 0 pwa, pwafrans, pwasouch 0 seleri 7 tomat 7 zepina 14 I. Volck Oil, Superior Oil Volck oil kapab touye akaryen, fo pichon, kal, epi mouch blan. Epi l'ap anpeche bèt sa yo atake plant yo. ATANSYON!! Pa kite Volck oil tonbe nan je ou. Si li fè sa se pou ou lavè je ou ak anpil dlo pwòp touswit! Danje pou plant. Aspèje Volck oil sou pyebwa sèlman. Ki jan pou sèvi avè l': Mete 5 kiyè Volck oil pou chak galon dlo. Nou kapab mele li ak Malathion 57 EC. JOU POU TANN: 0

  • NOUVO GID LEGIM 61

    AMBUSH 25 EC Ambush se yon ensektisid ki touye pa kontak epi pa pwazon nan vant. Li kapab touye preske tout kalite chèni; preske tout kalite podi; ak sotèz, trips, vè fouye epi vè mayi. DANJE!! Pa kite Ambush tonbe ni nan je ou, ni sou po ou. Li kapab antre nan po. Li kapab touye myèl. Li kapab touye pwason. Danje pou plant. Pa aspèje plis pase 8 fwa nan youn sèl sezon. Ki jan pou sèvi avè l': Mete 2 ti kiyè Ambush 25 EC nan chak galon dlo. Aspèje chak 5 a 10 jou.

    JOU TANN Kilti Jou tann bèjenn 3 chou, chouflè, chou bwokoli, chou chenwa 1 joumou 1 mayi 1 melon frans 1 nave 1 papay 7 piman dous 3 pòmdetè 7 tomat 0 zaboka 1 zepina 1 zonyon 1 DECIS 25 EC Decis se yon ensektisid ki touye pa kontak epi pa pwazon nan vant. Li touye mouch, marengwen, trips, ravèt, preske tout kalite chèni ak preske tout kalite podi. DANJE!! Pa kite Decis tonbe ni nan je ou, ni sou po ou. Li kapab touye pwason. Li kapab touye myèl. Danje pou plant. Decis pa fè okenn danje pou plant si ou sèvi avè l' dwat. Ki jan pou sèvi avè l': Mete 1 kiyè Decis 25 EC nan chak galon dlo. Aspèje chak 5 a 10 jou lè move ensèk yo nan jaden. Ou kapab aspèje Decis sou nenpòt kalite plant men yo poko fin teste li. JOU POU TANN: 1

  • 62 NOUVO GID LEGIM

    SUMICIDIN 20 EC Sumicidin se yon ensektisid ki touye pa kontak epi pa pwazon nan vant. Li kapab touye preske tout kalite chèni; pichon, pinèz, pis, ak sotèz. ATANSYON!! Sumicidin se yon pwazon. Li kapab fè po, je, nen ak gòj ou malad. Mete linèt espesyal ak gan kawòtchou lè ou ap sèvi ak Sumicidin. Li kapab touye myèl. Li kapab touye pwason. Danje pou plant. Sumicidin pa fè okenn danje pou plant si ou sèvi avè l' dwat. Ki jan pou sèvi avè l’: Mete demi ti kiyè a 1 ti kiyè Sumicidin 20 EC nan chak galon dlo. Aspèje chak 7 a 10 jou.

    JOU TANN Kilti Jou tann bèjenn 7 chou, chouflè, chou bwokoli, chou chenwa 3 joumou 21 kann a sik 21 kawòt 7 konkonm 3 koujèt 3 mayi 21 melon dlo, melon frans 3 piman 7 pistach 21 pòmdetè 7 pwa 21 pwatann, pwafrans 3 tomat 1

  • NOUVO GID LEGIM 63

    PREMYÈ SWEN POU MOUN KI PWAZONNEN PA ENSEKTISID OU FONJISID Pa gen moun ki anvi pwazonnen pa pwodwi ki pou nou aspèje nan jaden. Men, dèske tout pwodwi nou aspèje se pwazon, gendelè yon aksidan kapab rive nou oswa yon moun nou konnen. Nan chapit sa a nou p'ap diskite ensektisid sèlman men n'ap diskite pwodwi nou rele fonjisid tou. Fonjisid yo se pwodwi nou aspèje pou anpeche kèk maladi detwi jaden nou. Dèske yon moun ki gen ensektisid lakay li fasil genyen fonjisid lakay li, n'ap gade tou de (2) kalite pwodwi yo. Li ta bon pou nou gade premyè pati chapit 2 ankò pou nou konnen danje ensektisid yo ak ki jan pou nou kapab anpeche tèt nou vin pwazonnen pa ensektisid. Genyen kat (4) fason nou kapab vin pwazonnen pa pwodwi yo:

    Kat jan pwodwi kapab antre nan kò nou an. (Desen Soti Gid Pepinyeris pa Scott Josiah)

  • 64 NOUVO GID LEGIM

    1. PWODWI A TONBE SOU PO NOU Nou toujou dwe fè prekosyon pou ensektisid pa tonbe sou po nou. Men, si kèk pwodwi tonbe sou po nou se pa toutan li se yon danje ki grav. Malgre sa, chak fwa kèk pwodwi tonbe sou po nou li bon pou nou lave kò nou ak anpil dlo pwòp touswit. Epitou, toujou wete rad ki gen pwodwi sou yo nan kò nou. Genyen kèk pwodwi ki kapab antre nan po nou. Si yo fè sa ase yo kapab fè nou malad menm jan kòm si nou te vale pwodwi. Nou te note nan chapit 2 ki pwodwi kapab fè sa. Si yon pwodwi antre nan kò nou konsa, li kapab bay menm senptonm li ta bay si nou te vale pwodwi a. Nan ka sa nou gen pou aji menm jan kòm si nou te vale pwodwi. Anpil pwodwi, menm nan sa k' pa antre nan po nou, kapab fè po nou malad. Pa egzanp, yo kapab fè po nou vin wouj epi fè li grate oubyen boule. Pafwa li konn gonfle kò nou kote li tonbe. Si sa vin rive nou epi maladi po a pa soti apre katrè de tan konsa, fò nou konsilte doktè pou li kapab trete maladi po a. Lè nou rive bò doktè se pou nou sonje ak ki pwodwi nou te aspèje pou nou kapab di li sa. Si yon pwodwi boule nou, pa mete okenn pomad sou li ou menm. Lave li ak anpil dlo epi al wè doktè. Si rad nou vin kontamine ak yon pwodwi, sitou youn ki byen fò, se pou nou wete rad sou kò nou touswit. 2. PWODWI TONBE NAN JE NOU Si yon pwodwi tonbe nan je nou, nou bezwen aji vit. Menm moman pwodwi tonbe nan je nou se pou nou mete tout bagay atè, chache kèk dlo pwòp. Lèfini, kase tèt nou dèyè epi koule dlo nan je ki te pran pwodwi a. Nou dwe fè sa pou omwens 15 minit detan. Si apre nou fè sa je toujou pa twò byen, se pou n'al wè ak doktè touswit. Lè nou rive bò doktè se pou nou sonje ak ki pwodwi nou te aspèje pou nou kapab di li sa.

  • NOUVO GID LEGIM 65

    3, NOU PRAN SOUF PWODWI A Se pa souvan yon moun kapab pran souf yon pwodwi. Men si nan yon ka yon moun respire kèk pwodwi ase pou fè li santi malad, men sa pou nou fè: Wete moun ki respire pwodwi nan sous pwodwi, pou li pa respire li ankò, epi pou li kapab gen anpil bon van pwòp pou respire. Apre sa, mennen moun sa nan doktè touswit. 4. NOU VALE PWODWI A Si yon moun vale yon ensektisid oswa yon fonjisid, sa nou gen pou fè depan de ki pwodwi li ye. Donk, n'ap gade plizyè pwodwi, epi pou chak pwodwi n'ap diskite siy yon moun ap genyen si li vin malad pa pwodwi sa a epi ki sa pou nou fè pou li nan ka sa a. Si nou gen pou n'al bò doktè ak yon moun ki vin malad akòz yon pwodwi, sonje non pwodwi ki te fè l' malad pou nou kapab di doktè sa a. DLO TABAK Siy moun malad: Dlo Tabak kapab antre nan po vit pou fè nou malad anndan kò nou, menm jan kòm si nou te vale li. Si yon moun vin malad pa Dlo Tabak tèt li kapab vire epi li kapab genyen malotèt. L'ap swè. L'ap santi lestomak li chaje (l'ap anvi vomi). Tretman: Bay li bwè anpil dlo oswa lèt pou koupe fòs pwazon an. (pou ti moun ki genyen 0 a 5 an bay omwens 1 a 2 tas. Pou moun pi gran pase sa bay 1 lit a 1 lit edmi.) Fè l' vomi. Pou fè l' vomi touche pa dèyè gòj ak dwèt ou. Pa fè l' vomi si l' endispoze (sa vle di si li pèdi konnesans). Pa fè l' vomi pandan l'ap kouche sou do, pou vomi pa desann nan poumon li. Vire li sou kote. Mennen li bò doktè oswa lopital touswit.

  • 66 NOUVO GID LEGIM

    DIPEL, BT Siy moun malad: Deske Dipel se pa yon vre pwazon, pa genyen yon siy ki pou fè nou konnen yon moun vale twòp. Si yon moun vale anpil Dipel, se pou nou trete li. Tretman: Bay li bwè anpil dlo oswa lèt pou koupe fòs pwazon an. Bay li omwens 1 a 2 tas. Fè l' vomi. Pou fè l' vomi touche pa dèyè gòj ak dwèt ou. Pa fè l' vomi si l' endispoze (sa vle di si li pèdi konnesans). Pa fè l' vomi pandan l'ap kouche sou