19
Pawòl Pawòl Lavi a Lavi a Me 2010 Me 2010

Pawòl Lavi a

  • Upload
    kaspar

  • View
    52

  • Download
    6

Embed Size (px)

DESCRIPTION

Pawòl Lavi a. Me 2010. « Sila ki renmen m nan, Papa m ap renmen l tou, epi map renmen l map fè l wè m » (Jn 14,21). - PowerPoint PPT Presentation

Citation preview

Page 1: Pawòl Lavi a

PawòlPawòl

Lavi a Lavi a Me 2010Me 2010

Page 2: Pawòl Lavi a

« Sila ki renmen m nan, Papa m ap renmen l tou,

epi map renmen l map fè l wè m » (Jn

14,21).

Page 3: Pawòl Lavi a

Renmen an se poto mitan dènye koze Jezi a : renmen Papa a pou Pitit la, renmen Jezi

ki chita sou kenbe kòmandman l yo.

Page 4: Pawòl Lavi a

Moun ki tap koute Jezi te kapab rekònèt nan pawòl li yo tankou yon eko liv Sajès la : « renmen se kenbe kòmandman yo »

epi « moun ki renmen kapab wè li (bon konprann nan) fasil » (Saj 6,12). Epi anlè tout bagay, moun ki renmen l rive wè li, sanble ak Saj 1,2, kote yo di Granmèt la va fè moun

ki kwè nan li menm wè li.

Page 5: Pawòl Lavi a

Koulye a men sans Pawòl sa nap pwopoze a : sila ki renmen Pitit la, Papa a renmen l epi Pitit la renmen li tou epi lap fè l wè li.

Page 6: Pawòl Lavi a

« Sila ki renmen m nan,

Papa m ap renmen l tou,

epi map renmen l

map fè l wè m »

(Jn 14,21).

Page 7: Pawòl Lavi a

Pou n wè Jezi sa mande

pou n renmen.Nou pa kapab imajine yon kretyen

ki pa ta gen enèji sa, gwo

fòs renmen sa nan kè l.

Page 8: Pawòl Lavi a

Yon òlòj pa kapab

mache, li pa bay lè a -

nou kapab di se pa yon òlòj –

si w pa ba l chenn. Se

konsa tou, yon kretyen

ki pa toujou pare pou l

renmen, li pa merite

non kretyen an.

Page 9: Pawòl Lavi a

Paske tout kòmandman Jezi yo ranmase nan yon sèl : renmen Bondye epi renmen pwochen an

paske w wè epi w renmen Jezi anndan li.

Page 10: Pawòl Lavi a

Renmen an se pa sèlman yon santiman men li bezwen pase nan lavi chak jou a, nan sèvi frè w yo, yon fason espesyal sila ki bò kote w, nan fè bagay ki tou piti, sèvis ki tou senp.

Page 11: Pawòl Lavi a

Chaldefouko te di konsa : « Lè w renmen yon moun, ou anndan li menm tout bon, ou anndan li menm ak renmen w lan, wap viv anndan

li menm ak renmen an, ou pap viv

anndan ou menm ankò, ou detache ou

menm menm, ou deyò w menm »

Page 12: Pawòl Lavi a

Lè w renmen konsa, limyè Jezi a fè wout li nan ou menm jan li te pwomèt la: « Sila ki renmen m nan... map fè l

wè m ». Renmen an se sous limyè a : pi plis wap renmen, pi plis wap konprann

Bondye se renmen.Se sa ki fè w va renmen pi plis epi wap rive jwenn

yon bon jan relasyon ak tout pwochen w yo.

Page 13: Pawòl Lavi a

Limyè sa, konesans renmen Bondye sa se siy, se prèv renmen an li vre. Esperians sa nou kapab fè l anpil fason, paske nan chak moun limyè a pran koulè ak aparans

pa yo.

Page 14: Pawòl Lavi a

Men limyè sa gen kichòy ki menm pou tout moun : li fè n wè sa Bondye vle, li ba n kè poze, li fè n konprann Pawòl Bondye a yon

fason ki nouvo.

Page 15: Pawòl Lavi a

Se yon limyè ki cho, kap ede n mache sou chemen lavi a yon fason ki pi sètèn, ki pi rapid.

Page 16: Pawòl Lavi a

Lè fènwè lavi a vini epi li fè mache a vin pi difisil, lè nou pa ka avanse ankò poutèt fènwè sa, Pawòl Levanjil sa va fè limyè a limen ak renmen. Yon ti jès renmen (yon lapriyè, yon souri, yon ti mo) kapab kont pou l fè limyè a vini pou l pèmèt nou kontinye avanse.

Page 17: Pawòl Lavi a

Lè yon moun sou bekàn nan nwit, si li kanpe l ap tonbe nan fènwè, men si li kontinye pedale, dinamo ki sou bekàn nan

va ba l limyè pou l ka fè wout li.

Page 18: Pawòl Lavi a

Se konsa tou nan

lavi a: sèl sa nou

bezwen pou n

limen lafwa

ak esperans lan se

renmen,

renmen vre,

sa ki bay

san li

pa tann anyen nan

men lòt la.

Page 19: Pawòl Lavi a

“Pawòl Lavi a”, se yon dokiman mouvman fokolari yo voye chak mwa.Dokiman sa Kyara Libik te ekri li nan mwa sektanm 1999.

Imaj yo, Anna Lollo ansanm avèk Pè Placido D’Omina (Sisil - Itali) Yo tradwi Pawòl Lavi a nan 96 lang ak idyòm,

epi li rive jwenn kèk milyon moun tout kote sou tè a pa lentèmedyè enprimri, radyo TV

epi internèt – pou pran enfòmasyon www.focolare.org Yo tradwi PPS la nan divès lang epi yo pibliye l sou www.santuariosancalogero.org

« Sila ki renmen m nan, Papa m ap renmen l tou, epi map renmen l map fè l wè m »

(Jn 14,21).