Upload
nida
View
79
Download
3
Embed Size (px)
DESCRIPTION
Pawòl Lavi a. Oktòb 2009. « Se nan pèseverans nou nap sove lavi nou » (Lk 21,19). « Pèseverans ». Se konsa yo tradwi pawòl sa yo te ekri an grèk epi ki montre yon moun gen pasyans, li kenbe, li lite, li gen konfyans. - PowerPoint PPT Presentation
Citation preview
Pawòl Pawòl
Lavi a Lavi a Oktòb 2009Oktòb 2009
« Se nan pèseverans nou nap sove lavi nou » (Lk 21,19).
« Pèseverans ». Se konsa yo tradwi pawòl sa yo te ekri an grèk
epi ki montre yon moun gen pasyans, li kenbe, li lite, li gen konfyans.
Pèseverans lan li nesesè, li obligatwa lè yon moun soufri, lè yo eseye l, lè li gen
tandans pou l dekouraje, lè li santi vye bagay lemonn atire l, lè yo fè l pase tray.
Petèt ou menm tou w te pase anba omwen youn nan sityasyon sa yo epi w te santi si w pat gen
pèseverans ou te kapab tonbe. Petèt kèk fwa w te lage. Oubyen petèt koulye a w nan youn nan
sityasyon difisil sa yo.
Enben, kisa pou w fè?Se pou w rekòmanse epi… kenbe.
Otreman ou pa kapab di se kretyen ou ye.
Ou konnen :
moun ki vle swiv
Jezi, li bezwen pran
lakwa li chak jou,
li bezwen
renmen soufrans lan
omwen nan
volonte li a.
Vokasyon kretyen an
se yon vokasyon
pou l kenbe.
Apòt Pòl
te montre
kòminote li a
pèseverans lan se
te siy yon kretyen
tout bon vre.
Li mete l
sou menm pye
ak mirak yo.
Si wap renmen lakwa epi si wap kenbe,
wap swiv Kris ki nan syèl la epi wap
sove lavi w.
« Se nan pèseverans nou nap sove lavi nou » (Lk 21,19).
Gen de kalite moun : moun kap tande envitasyon pou yo vin kretyen tout bon vre men
envitasyon sa tonbe sou wòch la. Yo byen cho, tankou yon dife ki pase nan raje, epi pa
gen anyen ki rete.
Dezyèm nan okontrè resevwa envitasyon tankou yon bon jan teren kap resevwa semans lan. Epi lavi kretyen yo jèmen, li grandi, li depase difikilte yo, li kenbe anba tanpèt yo. Yo genyen pèseverans epi… « Se nan pèseverans nou nap
sove lavi nou. »
Men si w vle kenbe se pa kont pou w chita sou pwòp fòs ou yo. Ou bezwen pou Bondye
ede w.Pòl di Bondye se « Bondye ki bay pèseverans ”. Se li menm ou bezwen mande kado sa epi li
va ba w li.
Paske si se kretyen ou ye, se pa kont pou w batize, pou w fè kèk ti lapriyè, oubyen pou w fè
lacharite de tanzantan. Ou bezwen grandi tankou kretyen. Epi grandi sa nan lespri a li
pa ka rive si se pa nan mitan eprèv yo, soufrans yo, baryè yo, konba yo.
Gen moun ki konn kenbe, se moun ki renmen. Renmen an pa wè baryè yo, difikilte yo, sakrifis
yo. Pèseverans lan se renmen ki pase anba eprèv yo.
Manman Mari te konn kenbe.
Mande Bondye pou l limen renmen pou li nan kè w epi pèseverans devan tout difikilte lavi yo a va vini epi konsa w va sove lavi w.
« Se nan pèseverans nou nap sove lavi nou » (Lk 21,19).
Men gen yon lòt bagay anplis. Pèseverans lan se yon bagay ki atrapan. Yon moun ki gen pèseverans bay
lòt yo kouraj pou yo ale jous nan bout nèt. Ann gade anlè a.
Se yon sèl grenn lavi nou genyen epi li byen kout. Ann sere dan nou jou apre jou, ann pran difikilte yo youn apre lòt
pou n swiv Jezi… epi nou va sove lavi nou.
“Parola di Vita”, pubblicazione mensile del Movimento dei Focolari.Testo di Chiara Lubich, Giugno 1979
Grafica di Anna Lollo in collaborazione con don Placido D’Omina (Sicilia - Italia)
« Se nan pèseverans nou nap sove lavi nou » (Lk 21,19).