Upload
others
View
0
Download
0
Embed Size (px)
Citation preview
Sant pou Pwoteksyon Manje
Klasè Ak Enfòmasyon Sou Sekirite Manje
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje Pou plis enfòmasyon rele (401) 222-2750
ME 2017
Etap 1: Otorizasyon pou zòn kote ou vle ouvè bizniz lan ◗ Jwenn otorizasyon vil la pou konnen ki kote ou ka ouvè yon biznis manje.
Etap 2: Otorizasyon pou sistèm kanalizasyon ◗ Sa valab sèlman pou biznis ki gen sistèm kanalizasyon prive. Si biznis lan gen yon sistèm kanalizasyon
piblik, ale nan Etap 3.
Si gen yon sistèm kanalizasyon ki deja egziste nan lokal la, soumèt yon aplikasyon ki rele System Suitability Determination application. Voye aplikasyon an bay Direksyon Depatman Anviwonnman nan Rhode Island (Rhode Island Department of Environmental Management; DEM). Lè aplikasyon an fin apwouve, voye yon kopi bay Sant pou Pwoteksyon Manje a (Center for Food Protection), mete ki valè moun lokal la ka kenbe ak tout lòt limitasyon ke Direksyon Depatman Anviwonnman enpoze.
Si lokal la bezwen yon nouvo sistèm kanalizasyon, soumèt yon aplikasyon bay DEM pou konstriksyon yon nouvo Sistèm pou Trete Dlo Sal nan Lokal la (Onsite Wastewater Treatment System (OWTS). Lè Direksyon Depatman Anviwonnman fin apwouve aplikasyon an, l ap voye yon sètifika ba ou ki rele Certificate of Conformance. Voye kopi sètifika sa a bay Sant pou Pwoteksyon Manje.
Etap 3: Otorizasyon pou sistèm k ap ba ou dlo ◗ Otorizasyon sa a valab sèlman pou biznis ki gen yon sistèm dlo ki deja egziste nan lokal la (dlo
pi). Si se dlo vil la ke biznis lan itilize, ale nan Etap 4.
◗ Anndan Depatman Sante Eta Rhode Island nan gen yon Sant ki kontwole dlo moun ap bwè. Se Sant sa a k ap ba w otorizasyon, epi k ap di w si dlo ki nan lokal la bon pou sèvi.
Etap 4: Ranpli, epi voye aplikasyon pou lisans lan ak frè yo ◗ Ranpli yon aplikasyon pou chak kategori lisans ki nesesè (pa egzanp: makèt, biznis k ap vann
manje, pwodui ki fèt ak lèt).
◗ Pou biznis yo ki egziste deja, voye dosye ki gen aplikasyon lisans lan ak frè yo bay Sant pou Pwoteksyon Manje pou pi piti de (2) semèn anvan biznis lan ouvè, epi yon mwa anvan konstriksyon nouvo lokal oubyen renovasyon lokal yo ki la deja.
◗ Mete nan dosye a tout frè ki nesesè pou chak kategori lisans ou bezwen.
Machasuiv pou jwenn lisans
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje Pou plis enfòmasyon rele (401) 222-2750
ME 2017
◗ Ekri tout chèk yo sou non Trezorye Jeneral Eta Rhode Island (General Treasurer, State of Rhode Island).
◗ Tout frè aplikasyon yo ak frè pou revize plan yo pa ranbousab.
◗ Tout dosye pou demand lisans dwe genyen:
Aplikasyon an oubyen aplikasyon yo
Frè pou aplikasyon an oubyen aplikasyon yo
Otorizasyon Direksyon Depatman Anviwonnman (si li nesesè)
Otorizasyon Depatman Dlo Potab (si li nesesè)
Meni ou pwopoze a
Tout lòt dokiman aplikasyon pou lisans ki obligatwa pou yon nouvo konstriksyon oubyen yon lokal ki ap renove, tankou:
» Aplikasyon pou konstriksyon an
» Frè pou revize plan konstriksyon an (ki egal ak frè lisans lan, men sèlman si pri nouvo konstriksyon an oubyen renovasyon an pi plis pase 50% valè lokal la)
» Twa kopi plan achitekti a
Etap 5: Manadjè ki sètifye nan sekirite manje ◗ Si se nesesè, fè si biznis lan genyen yon kantite manadjè ki sètifye nan sekirite manje.
Etap 6: Pèmi yo pou vil lokal ◗ Se pou jwenn pèmi ki obligatwa nan men otorite ofisyèl ki nan vil la, tankou otorite ki
responsab konstriksyon, Ponpye lokal, elatriye.
Etap 7: Enspeksyon anvan ou kòmanse fonksyone ◗ Aprè Sant pou Pwoteksyon Manje fin revize aplikasyon an, konstriksyon an fini, epi tout ekipman
yo operasyonèl, rele Sant pou Pwoteksyon Manje a nan 401-222-2750 pou pran yon randevou pou enspeksyon. Pou enspeksyon sa a fèt, tanpri gen yon manadjè ki gen lisans nan sekirite manje, mèt biznis lan oubyen manadjè a ki prezan. Si enspeksyon an ranpli tout kondisyon yo, lisans ou an pral apwouve, epi yo pral poste l voye lakay ou.
Machasuiv pou Ouvè yon Nouvo Biznis Manje (kontinye)
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje. Pou plis enfòmasyon rele (401) 222-2750
Lis pou Fè Enspeksyon pou Biznis Manje
Premye peryòd Dezyèm peryòd Twazyèm peryòd Komantè/ Koreksyon Wi Non N/A Wi Non N/A Wi Non N/A
SANTE AK IJYÈN ANPLWAYE YO Anplwaye yo pa montre okenn siy maladi
Anplwaye ki pratike ijyèn pèsonèl ki apwopriye (inifòm ki pwòp, pa gen blese oubyen maleng, cheve mare, zong byen pwòp, pa gen bijou)
Pa manje, pa bwè, pa fimen kote manje ap prepare
LAVE MEN/ITILIZE GAN Evye pou lave men yo aksesib
Dlo cho ak dlo frèt, savon ak papye twalèt bò evye a
Men yo lave kòmsadwa, souvan, nan lè ki apwopriye Anplwaye yo itilize epi change gan yo kòmsadwa, epi pa gen men ki touche manje ki pare pou manje.
KONTWÒL TAN AK TANPERATI Konsève manje ki frèt yo a 41◦ F oubyen pi ba
Konsève manje pou rechofe yo jiska 165
Konsève manje ki cho yo a 135◦ F oubyen pi wo
Tanperati manje k ap kwit yo kontwole / apwopriye
Manje ki refwadi 135-70 nan 2 zèdtan epi 135-41 nan 6 zèdtan. Manje ki vini a 41 ◦ F oubyen pi ba
PREVANSYON POU IREGILARITE AK KONTAMINASYON Vyann ki poko kuit ki stoke pou yo pa kontamine lòt manje ki pare pou manje Manje ki bay alèji yo separe ak lòt manje
Tou pwodui chimik yo stoke kòmsadwa epi yon gen etikèt sou yo Manje ak pwodui alimantè yo pa dwe stoke atè
NETWAYAJ AK DEZENFEKTAN Espas ou mete manje ak ekipman kizin yo
Dezenfektan ki gen yon konsantrasyon ki kòrèk
Ekipman pou lave veso yo travay byen.
Ekipman kuizin yo anfòm.
Ekipman kizin yo byen stoke.
Pa gen siy okenn ti bèt / animal nan lokal la.
Atè a, mi yo ak plafon an pwòp
Ekipman nan espas ki pa gen manje dwe pwòp.
Siyati: Dat:
Pou konnen plis, gade nan U.S. Food and Drug Administration Food Labeling Guide.
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje Pou plis enfòmasyon rele (401) 222-2750
ME 2017
Etikèt sou Manje
Ki manje ki bezwen etikèt? Manje ki nan anbalaj Manje ou ka sèvi tèt ou
Kisa ki dwe nan etikèt la? 1. Non pwodui a (An anglè) 2. Kantite reyèl (valè ki nan anbalaj la) nan U.S. (ons, liv, gal.) ak metrik (g, kg, l) 3. Engredyan (kòmanse nan pi gwo rive nan pi piti) 4. Manje ki bay alèji yo (ble, lèt, ze, pistach, tout kalite nwa, pwason, kristase, soya) 5. Non ak adrès biznis lan (faktori oubyen distribitè)
Ou ka telechaje fòmilè etikèt ki apwouve yo sou
www.health.ri.gov/forms/ approval/FoodLabel.pdf
Kite kliyan an deside Lè yon kliyan di ou ke yon moun ki avèk li fè alèji ak yon manje, suiv 4 direksyon sa a yo:
• Fè kuizinye an chèf la, manadjè a, oubyen moun ki responsab la konnen.
Si yon kliyan fè yon reyaksyon alèjik, fè manadjè a konnen,
epi rele 911!
• Pale de alèji a ak kliyan an, epi tcheke non engreyan ki sou etikèt yo.
• Sonje tcheke fason manje a prepare pou wè si pa gen kontaminasyon.
• Reponn kliyan an epi di li ki enfòmasyon ou jwenn.
Evite kontaminasyon Sous kontaminasyon yo enkli lwil kuizin, badijonnay, ak vapè k ap soti nan manje k ap kuit.
Lè sous kontaminasyon sa a yo touche ak manje ki bay alèji, lave yo byen lave nan dlo cho ak savon:
• Tout istansil kuizin (kiyè, kouto, espatil, pensèt, elatriye.)
• Plato, bonm, kastwòl
• Aparèy pou fri ak griy.
Manje ki bay alèji ki pi komen
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje Pou plis enfòmasyon rele (401) 222-2750
ADAPTED FROM THE FOOD ALLERGY & ANAPHYLAXIS
ME 2017
Reyaksyon Alèji Manje Ki jan pou rekonèt epi reponn a reyaksyon alèji manje ki sispèk oubyen aktif (anafilaksi)
Pou youn oubyen plizyè nan sentòm grav sa yo:
1 Rele 911 Mande yon anbilans ki gen adrenalin (epinephrine)
Poumon Souf ki kout,
sifleman, touse san rete
Bouch
Lang ak po bouch anfle
anpil
Kè Pal, ble, dekonpoze
batman fèb, tèt vire
Po Anpil bouton
gratèl sou kò w, tout kote tou wouj
Lòt bagay Ou santi gen yon bagay
mal ki pral rive, enkyetid, konfizyon
Gòj sere, anwe, pwoblèm
respirasyon oubyen vale
Trip
Vomisman san rete, dyare ki grav
2 Mete moun nan kouche plat ak pye li leve anlè Si moun nan ap vomi oubyen li pa ka respire, fè l chita oubyen kouche sou ka.
3 Lòt etap Transpò nan sal ijans. Moun nan sipoze rete nan sal iljans lan pandan katrèdtan paske sentòm yo ka retounen.
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje Pou plis enfòmasyon rele (401) 222-275
ADAPTED FROM FOOD ALLERGY RESEARCH & EDUCATION(FARE)
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje Pou plis enfòmasyon (401) 222-2750
ME 2017
Sous ki Apwouve Seksyon sous ki apwouve (3-201.11) nan kòd lwa (216-RICR-50-10- 1) Eta Rhode Island nan sou zafè manje ede fè si sekirite manje epi pwoteje sante piblik la.
Tout manje dwe apwouve. Sa vle di li dwe soti nan yon sous ki respekte la lwa, tankou yon biznis ki gen lisans.
Ou gen dwa Pa ka itlize oubyen vann yon
manje ki prepare nan yon kay prive.
Manje ki anbale dwe gen etikèt jan la lwa mande sa.
Apa de molisk ki nan kokiy moun ka manje, ak entansyon pou
sèvi l tou kri, pwason ki pral sèvi tou kri dwe jele anvan.
Tout bout vyann bèf ki pa fin kuit epi ki pa gen yon konsiy pou
konsomatè dwe gen yon etikèt ki di sa.
Vyann ak bèt volay dwe gen etikèt ki gen entriksyon legal ki di
kòman pou sèvi ak li an sekirite.
Ze ki pa trete pou detui bakteri Salmonella dwe gen etikèt ki gen
entriksyon legal ki di kòman pou sèvi ak li an sekirite.
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje Pou plis enfòmasyon (401) 222-2750
ME 2017
Tanperati manje k ap kuit Tout tenperati yo se an Fahrenheit
°F 200° –
190° –
180° –
170° –
160° –
150° –
Kenbe manje cho pi wo ke 135°
140° – 135°
130° –
120° –
110° –
100° –
90° –
80° –
Tanperati zòn ki danjere se 41° – 135°
Tanperati ke ou kenbe cho
135° Tout Kontwòl Tanperati pou Sekirite Manje yo
Tanperati pou rechofe (pou kenbe cho)
165° Tout manje ki fin kuit epi ki vin frèt
135° Manje ak legim ki transfòme epi ki anbale pou rezon komèsyal
Tanperati ke ou kenbe frèt
41° Tout Kontwòl Tanperati pou Sekirite Manje yo
Pou konnen plis, li chapit 3 kòd lwa Eta Rhode Island sou zafè manje
70° –
60° –
50° –
40° –
30° –
20° –
10° –
0° –
41°
Kenbe manje ki frèt pi ba ke 41°
Kontwòl Tan/Tanperati Pou Sekirite Manje
Kontwòl Tanperati Pou Sekirite manje, ki rele tou manje ki danjere, enkli: Manje ki soti nan bèt ki kri oubyen ki sèlman trete ak chalè. Manje ki soti nan plant ki trete ak chalè oubyen grenn k ap jèmen
ki kri. Tranch melon Lay ak melanj lwil
165° Bèt volay
Vyann pou boure, bèt volay, pwason, ak pasta
Bouraj ki fèt ak vyann, pwason, oubyen bèt volay
155° Vyann bèf moulen ak lòt vyann ki koupe, moulen, rache oubyen trasfòme (gyros ak sosis)
Ze ki pa pasterize pou kenbe pou sèvis
145° Gwo bout pwason, vyann, epi bèf (pou tan ak tanperati vyann ankè boukannen, tcheke kòd lwa Leta Rhode Island 3-401)
Ze ki pa pasterize prepare pou itilize imedyatman
ME 2017
Tanperati ki ba
Pou anndan manje a kuit
Manje Tanperati Tan ki pi ba
Fwi ak legim ki dwe rete cho 135°F
Tout manje ki pare pou manje, ki transfòme pou rezon komèsyal ki dwe rete cho 135°F
Ze ki pare pou manje imedyatman 145°F 15 segonn
Pwason, filè 145°F 15 segonn
Jibye ki elve pou rezon komèsyal 145°F 15 segonn
Moso Mouton 145°F 15 segonn
Vyann boukannen: Tout vyann ankè ki boukannen ka kuit pi ba ke 145°F(4minit). gade tablo ki nan Kòd Lwa FDA (3-401.11(B)(2))
Bèf boukannen 145°F 4 minit
Vyann kochon ki deja prepare pou boukannen (janbon) 145°F 4 minit
Mouton boukannen 145°F 4 minit
Kochon boukannen 145°F 4 minit
Jèn ti bèf boukannen 145°F 4 minit
Kochon koupe ak moso kòt 145°F 15 segonn
Fwi lanmè 145°F 15 segonn
Jèn ti bèf koupe ak moso kòt 145°F 15 segonn
Ze, ki kenbe cho 155°F 1 7segonn
Pwason, pwason ak kwout 155°F 17 segonn
Anmbègè 155°F 17 segonn
Tout vyann ki gen enjeksyon 155°F
Sosis 155°F 17 segonn
Bèt volay (poul, kana, ak kodenn) 165°F <1 segonn
Tout manje ki rechofe ki dwe rete cho 165°F 15 segonn
Tout vyann pou boure, pwason, bèt volay, ak pasta 165°F <1 segonn
Bouraj ki fèt ak vyann, pwason, oubyen bèt volay 165°F <1 segonn
Tout manje ki danjere ki kuit nan mikwowond Kite manje a kouvri pou 2 minit aprè l fin kuit.
165°F
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje Pou plis enfòmasyon rele (401) 222-2750
ADAPTED FROM JOHNSON AND WALES
UNIVERSITY
17 segonn
Depatman Sante Leta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje
Rejis pou Tanperati Kuit Manje Itilize rejis sa a pou ekri epi tcheke tanperati
Pwodui k ap kwit la Tan Tanperati Koreksyon Inisyal non w
Gid pou Tanperati Pwodui Manje Pi piti Tanperati pou Anndan
manje a kwit
Fwi ak legim ki kwit pou rete cho, ki rechofe ak transfòme pou rezon komèsyal 135°F
Bèf, kochon, pwason, Jèn ti bèf, mouton, ak jibye ki elve pou rezon komèsyal 145°F
Ze ki kuit pou sèvis imedyat 145°F Ze ki kut pou sèvi aprè / ki dwe rete cho 155°F
Vyann moulen, tankou anmbègè, kochon moulen, pwason ak kwout , jibye moulen, ak sosis 155°F
Bèt volay ak pwodui ki soti ladan yo (poul, kana, oubyen kodenn) bouraj ki gen pwason, vyann, bèt volay, gwo zwazo, vyann boure, pwason boure, pasta boure; manje ki kuit nan mikwowond; ak tout pwodui manje ki rechofe apa de manje ki byen kuit ki transfòme pou rezon komèsyal.
165°F
updated: 7/25/2019
DEPATMAN SANTE REJIS POU TANPERATI K REFWADI
Objektif dokiman sa a se pou kontwole manje k ap refwadi pou mezire tanperati yo nan lè ki ekzat. Refwadisman an dwe kòmanse a 135* F. Manje dwe refwadi soti nan 135*F pou rive nan 70*F nan 2 zèdtan epi pou rive 41*F oubyen pi ba ke yon total 6 zèdtan. Si manje a
pa refwadi nan lè li dwe refwadi a, ou dwe sorije sa. Sa vle di ou dwe aji rapidman pou fè manje a refwadi pi vit. Inisyal 2 zèdtan 4 trèdtan 6 zèdtan
Dat Lè ou resevwa l
Pwodui Tanperati Inisyal non w
Tanperati Inisyal non w
Tanperati Inisyal non w
Tanperati Inisyal non w
Koreksyon
Pwodui a dwe rete ak yon tanperati ki pa pi ba ke 135 degre Fahrenheit. Si yon pwodui pi ba ke 135 degre Fahrenheit, anrejistre koreksyon an nan Revize pa: Dat: STM 2.23.17 kolòn ou genyen nan rejis la.
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje
Pou plis enfòmasyon rele (401) 222-2750 7/23/19
DEPATMAN SANTE
REJIS POU TANPERATI MANJE KI DWE RETE FRÈT
Inisyal 2 zèdtan 4 trèdtan 6 zèdtan
Dat Lè ou resevwa l
Pwodui Tanperati Inisyal non w
Tanperati Inisyal non w
Tanperati Inisyal non w
Tanperati Inisyal non w
Koreksyon
Pwodui a dwe rete ak yon tanperati ki pa depase 41 degre Fahrenheit. Si yon pwodui pi wo ke 41 degre Fahrenheit, anrejistre koreksyon Revize pa: Dat: nan kolòn ou genyen nan rejis la.
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje
Pou plis enfòmasyon rele (401) 222-2750 6/23/19
DEPATMAN SANTE REJIS POU TANPERATI MANJE KI DWE RETE CHO
Inisyal 2 zèdtan 4 trèdtan 6 zèdtan
Dat Lè ou resevwa l
Pwodui Tanperati Inisyal non w
Tanperati Dat Lè ou resevwa l
Pwo dui
Tanperati Inisyal non w
Tanperati
Pwodui a dwe rete ak yon tanperati ki pa pi ba ke 135 degre Fahrenheit. Si yon pwodui pi ba ke 135 degre Fahrenheit, anrejistre koreksyon an nan Revize pa: Dat: STM 2.23.17 kolòn ou genyen nan rejis la.
DEPATMAN SANTE REJIS POU TANPERATI MANJE OU RESEVWA KI DWE RETE FRÈT
Inisyal 2 zèdtan 4 trèdtan 6 zèdtan
Dat Lè ou resevwa l
Pwodui Tanperati Inisyal non w
Tanperati Dat Lè ou resevwa l
Pwod ui
Tanperati Inisyal non w
Tanperati
Pwodui a dwe rete ak yon tanperati ki pa depase 41 degre Fahrenheit. Si yon pwodui pi wo ke 41 degre Fahrenheit, anrejistre koreksyon Revize pa: Dat:
nan kolòn ou genyen nan rejis la.
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje
Pou plis enfòmasyon rele (401) 222-2750 6/23/19
DEPATMAN SANTE REJIS POU TANPERATI MANJE OU RESEVWA KI DWE RETE CHO
Inisyal 2 zèdtan 4 trèdtan 6 zèdtan
Dat Lè ou resevwa l
Pwodui Tanperati Inisyal non w
Tanperati Dat Lè ou resevwa l
Pwo dui
Tanperati Inisyal non w
Tanperati
Pwodui a dwe rete ak yon tanperati ki pa pi ba ke 135 degre Fahrenheit. Si yon pwodui pi ba ke 135 degre Fahrenheit, anrejistre koreksyon an nan Revize pa: Dat: STM 2.23.17 kolòn ou genyen nan rejis la.
Frijidè a dwe rete a 41°F oubyen piba
Manje kuit ak manje ki pare pou manje Tankou vyann ki tou prepare, fwomaj, pwodui ki lave
Fwi lanmè Kuit ak yon tanperati ki pa pi ba ke 145°F
Vyann ankè Kuit ak yon tanperati ki pa pi ba ke 145°F
Ze ki pa pasterize Kuit ak yon tanperati ki pa pi ba ke 145°F Pou sèvis rapid oubyen 155°F si w ap kenbe l
Pwoteyin bèt ki moulen Tanperati anndan an pa dwe pi ba ke 155°F
Bèt volay Tanperati anndan an pa dwe pi ba ke 165°F
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje Pou plis enfòmasyon rele (401) 222-2750
ME 2017
REJIS POU KONTWOLE CHAK MWA TANPERATI KI FRE Dat Premye lekti Dezyèm lekti Kòmantè
Lè Tanperati ° F Inisyal non w
Lè Tanperati ° F Inisyal non w
updated: 7/25/19
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje
Rejis pou Tanperati Frizè Mwa: Ane: Frizè/ki kote
Non kote a/Nimewo:
Jou 1e lektiF 2 zyèm Lekti 3 zyèm Lekti Koreksyon
Lè Tanperati Inisyal non w
Lè Tanperati Inisyal non w
Lè Tanperati Inisyal non w
Tenperati Estanda se: 45°F oubyen pi ba
1
2
3
4
5
6
7
8
9
10
11
12
13
14
15
16
17
18
19
20
21
22
23
24
25
26
27
28
29
30
31
Fè sipèvizè a konnen byen vit si tanperati frizè a ≥ 10°F. Si tanperati manje ki jele pi wo pase 0°F (men < 10°F), tcheke ankò aprè pòt la rete fèmen pandan 15 minit. Si tanperati a pa kòmanse desann aprè 15 minit oubyen si tanperati a rete piwo pase 0°F aprè 2 zèdtan, mande sipèvizè a rele pou vin ranje l. Pou lokal ki ouvri plis pase 10 zèdtan, yo ka rekòmande yon 3 zyèm lekti pou chak biznis.
Revize chak mwa pa:_ Dat:
updated 7/25/19
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje Pou plis enfòmasyon, rele (401) 222-2750
ME 2017
Responsabilite Patwon pou Sante Anplwaye
Selon Sant pou Kontwòl Maladi (CDC) nan peyi Etazini,
lè anplwaye ki ap travay nan zafè manje malad, yo ka
simaye maladi ki soti nan manje. Men kòman pou evite sa!
Responsabilite Patwon
Fè si ke pa gen okenn anplwaye ki malad nan biznis ou an
Fè si ke tout anplwaye konnen ki sentòm ak ki maladi ke yo dwe rapòte
Limite anplwaye yo lè sa nesesè
Ranvwaye tout anplwaye pou 48 tèdtan aprè sentòm yo kanpe si yo gen sentòm ke yo dwe rapòte
Ranvwaye tout anplwaye ki dyagnostike ak maladi yo dwe rapòte, epi fè Depatman Sante Eta Rhode Island nan konn sa
Fè si ke tout anplwaye konnen kòman pou netwaye vomi ak dyare kòmsadwa
Kisa w ka fè
Mande tout anplwaye nan chak peryòd travay si yo pa malad.
Kreye epi itilize yon règleman ki gen pou wè ak sante anplwaye yo, antrene tout anplwaye sou kòman pou suiv règleman an
Limite tout anplwaye ki gen enfeksyon ak bouton sou po k ap bay pi oubyen ki te ekspoze a viris ki nan manje, tankou si gen yon moun lakay yo ki gen sentòm ak maladi moun dwe konnen
Ranvwaye tout anplwaye k ap vomi, ki gen dyare, lajònis, gòj fè mal, oubyen lafyèv
Ranvwaye epi rapòte tout anplwaye ki dyagnostike ak:
Nowoviris Epatit A Bakteri ki bay enfeksyon nan trip (Shigella spp) Shiga Toxin ki bay E. coli 0157:H7 (STEC) Bakteri Salmonella ki bay tifoyid Salmonella ki pa bay tifoyid
Pou konnen plis, gade nan Rhode Island Food Code la
Antrene tout anplwaye sou kòman pou byen netwaye vomi ak dyare pou pwoteje lòt anplwaye, kliyan, manje, ak tout lòt espas kont kontaminasyon
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje Pou plis enfòmasyon, rele (401) 222-2750
ME 2017
Pou aprann plis sou sentòm ak maladi ki dwe rapòte, restriksyon ak esklizyon anplwaye yo, gade nan Rhode Island Food Code la.
Sante Anplwaye Sentòm ak Maladi ki dwe rapòte
Ou dwe rapòte nenpòt nan sentòm sa a yo bay moun ki responsab la: Vomisman Dyare Lajònis Gòj fè mal ak lafyèv Touse, estènen, ak nen k ap kouri dlo Blese oubyen maleng ki gen pi
Nowoviris, ou pa bezwen l.
Selon Sant pou Kontwòl Maladi (CDC) nan peyi Etazini, lè
anplwaye ki ap travay nan zafè manje malad, yo ka simaye
maladi nan manje.
Ou dwe rapòte sa bay moun ki responsab la si ou te ekspoze oubyen dyagnostike ak: Nowoviris Viris Epatit A Enfeksyon Shigella spp. (shigellosis) Enterohemorrhagic oubyen Shiga Toxin ki bay E. Coli Salmonella typhi (lafyèv tifoyid)
Salmonellosis (Enfeksyon Salmonella – Ki pa bay tifoyid)
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje Pou plis enfòmasyon, rele (401) 222-2750
ME 2017
Akò sa a di ke anplwaye sou kondisyon yo ak anplwaye k ap travay nan zafè manje dwe di moun ki responsab la lè yo gen nenpòt nan maladi sa a yo pou li kapab pran desizyon pou anpeche simaye maladi nan manje.
Anplwaye sou kondisyon yo se tout moun ke yo bay yon travay nan zafè manje sou kondisyon ke y ap reponn kèk kesyon oubyen y ap dakò fè egzamen medikal pou konnen si yo ka gen yon maladi ki ka simaye nan manje.
Mwen dakò pou m fè moun ki responsab la konnen: 1. Nenpòt nan sentòm sa a yo nan travay oubyen lè w pa nan travay, ak dat
sentòm yo te kòmanse:
Dyare
Vomisman
Lajònis (po jòn oubyen zye blan)
Gòj fè mal ak lafyèv
Menm si li piti, blese ki enfekte, maleng, oubyen bouton ki gen pi (tankou klou)ki sou men w, ponyèt, ak lòt pati nan kò w ki pa byen panse.
2. Nenpòt dyagnostik medikal:
Nowoviris
Lafyèv tifoyid (Enfeksyon Salmonella)
Salmonellosis (Enfeksyon Salmonella – Ki pa bay tifoyid)
Shigellosis (Enfeksyon Shigella spp.)
Enfeksyon Escherichia Coli
Enfeksyon viris Epatit A
Paj aprè a »»
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje Pou plis enfòmasyon, rele (401) 222-2750
ME 2017
3. Nenpòt ki jan ou ekspoze ak bakteri nan manje ki ka fè w malad:
Ekspoze nan oubyen ou sispèk ou ta lakòz nenpòt epidemi maladi ki konfime tankou nowoviris, lafyèv tifoyid, salmonellosis, shigellosis, enfeksyon E. coli, oubyen epatit A.
Yon moun lakay ou ki dyagnostike ak youn nan maladi ki nan lis anlè a.
Yon moun lakay ou ki ap patisipe oubyen travay nan yon anviwònman ki gen epidemi maladi ki konfime nan yon maladi ki nan lis anlè a.
Mwen te li, oubyen yo te eksplike m, epi mwen konprann ke anba kòd lwa Eta Rhode Island nan, ak akò sa a mwen dwe:
Jan mwen te dakò a, rapòte sentòm espesifk, dyagnostik, epi si m te ekspoze ak
yon maladi
Obeyi a tout restriksyon oubyen eksklizyon travay lè yo bay yo
Pratike bon ijyèn
Mwen konprann ke si mwen pa respekte akò sa a, mwen ka pèdi travay mwen, yo ka pousuiv mwen lajistis, oubyen tou de.
Non anplwaye a (tanpri, ekri l an lèt detache)
Siyati anplwaye a Dat
Siyati moun ki gen pèmi an oubyen reprezantan an Dat
Akò pou Rapòtaj Anplwaye sou kondisyon oubyen Anplwaye nan zafè manje (kontinye)
ME 2017
Sonje: Si ou gen yon ensidan vomi ki rive nan biznis lan, ou dwe suiv enstriksyon sou kòman pou netwaye pi byen. Pou konnen plis, vizite www.disinfect-for-health.org/wp-content/themes/ disinfect/pdfs/NorovirusPrevent_8.5x11_English_Color.pdf
Pou deside si ou dwe chanje responsablite yon anplwaye, mande:
ADAPTED FROM THE MINNESOTA
DEPARTMENT OF HEALTH
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje Pou plis enfòmasyon rele (401) 222-2750
ME 2017
Nowoviris kontajye anpil. Sèlman kèk patikil ka enfekte yon moun. Lè yon moun ki gen nowoviris vomi, patikil ki nan viris la ka simaye pou rive 25 pye. Pou enpeche viris la enfekte lòt moun, moun k ap sèvi manje dwe kontwole vomi an epi netwaye epi dezenfekte tou zòn kote moun nan vomi an.
Seksyon kòd lwa manje 2-501.11 Food and Drug Administration (FDA) nan peyi Etazini egzije biznis manje yo pou:
Gen règleman ki ekri pou tout anplwaye suiv lè yo ap netwaye dyare ak vomi.
Mete nan règleman sa a yo kòman biznis manje a dwe pwoteje kliyan yo, anplwaye yo, manje, ak tout lòt kote kont kontaminasyon.
Tout moun k ap sèvi manje dwe: Gen yon plan ki ekri pou adrese ensidan ki gen pou wè ak vomisman ak dyare
Limite oubyen ranvwaye tout anplwaye ki gen sentòm 48 tèdtan aprè yo prezante dènye sentòm nan (Kòd Lwa Manje, seksyon 2-201.12)
Limite oubyen ranvwaye tout anplwaye ki te dyagnostike ak nowoviris, menm si yo pa prezante okenn sentòm, paske yo ka gen viris la.
Fè si ke:
» Tout anplwaye yo lave men yo
» Anplwaye yo pa touche manje ki pare pou manje san yo pa gen gan
» Anplwaye ki malad yo limite oubyen ranvwaye
» Nenpòt manje yon anplwaye malad te touche dwe jete
Suivetap sa a yo pou kreye yon pwosedi alekri: Pwoteje kliyan yo
Deplase envite yo pou pi piti 25 pye de zòn ki afekte yo
Bloke aksè nan zòn ki kontamine
Voye jete manje ak tout lòt bagay ou ka sèvi yon sèl fwa ki kontamine
Paj aprè a »»
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje Pou plis enfòmasyon rele (401) 222-2750
ME 2017
Pou konnen plis, ale sou: www.health.ri.gov/diseases/food/?parm=73 www.cdc.gov/norovirus/preventing-infection.html www.foodsafety.gov/poisoning/causes/bacteriaviruses/norovirus/index.html
Pwoteje anplwaye yo
Egzije tout anplwaye k ap fè netwayaj pou yo mete gan, mask, ak tabliye
Jete oubyen lave tout bagay yo fin itlize
Lave men yo byen lave
» Sonje: Dezenfektan pou men gen dwa pa mache byen kont nowoviris
Kontwole sa ki tonbe atè a
Itilize poud bikabonat ak tout lòt materyèl ki ka absòbe sa ki gaye a
Netwaye
Itlize sèvyèt an papye pou netwayaj, epi jete yo nan yon poubèl plastik
oubyen nan yon sachè pou danje byolojik (biohazard)
» Pa itilize aspiratè (aspiratè ka simaye mikwòb)
Itilize dlo savon pou:
» Zòn kote bagay te tonbe a
» Espas ki tou pre zòn kote bagay te tonbe a
» Zòn moun manyen souvan tankou wobinè, manch pòt, kontwa, ak telefòn
Byen rense
Seche ak sèvyèt an papye
Dezenfekte tout kote aprè netwayaj (pou retire tout mikwòb ki ka rete)
Itlize klowòks pou tout bagay eksepte twal ak kapèt
» Pou sifas ki di yo itlize 1/3 vè klowòks (¼ vè si li konsantre) + 1 galon dlo
» Pou sifas kin gen ti twou itlize 1-2/3 vè klowòks (1 vè si li konsantre) + 1 galon dlo
Pou zòn kote ou pa ka itilize klowòks, netwaye yo ak vapè oubyen itlize lòt desenfektan ki apwouve pou lokal biznis manje:
» Dezenfektan Phenolic pou enviwonnman ki 2-4 fwa valè konsantrasyon an
» Dezenfektan ki anrejistre ak EPA (Enviromental Protection Agency)
Rense tout sifas yo ke manje touche aprè yo fin dezenfekte
Reponn ak vomisman ak dyare nan biznis manje (kontiye)
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje Pou plis enfòmasyon rele (401) 222-2750
ME 2017
Pwoteje kliyan yo Deplase envite yo pou pi piti 25 pye de zòn ki afekte yo Bloke aksè ak zòn ki kontamine a Voye jete manje ak tout lòt bagay ou ka sèvi yon
sèl fwa ki kontamine
Pwoteje anplwaye yo
Egzije tout anplwaye k ap fè netwayaj pou yo mete gan, mas, ak tabliye
Jete oubyen lave tout bagay ou fin itlize Lave men w byen lave
» Sonje: Dezenfektan pou men gen dwa pa mache byen kont nowoviris
Kontwole nenpòt sa ki gaye
Itilize poud bikabonat ak tout lòt materyèl ki ka absòbe sa ki gaye a
Netwaye Itlize sèvyèt an papye pou netwayaj, epi jete yo nan yon poubèl plastik
oubyen nan yon sachè danje byolijik (biohazard) » Pa itilize aspiratè (aspiratè ka simaye mikwòb)
Itilize dlo savon pou: » Zòn kote bagay te tonbe a » Espas ki tou pre zòn kote bagay te tonbe a » Zòn moun manyen souvan tankou wobinè, manch pòt, kontwa, ak telefòn
Byen rense Seche ak sèvyèt an papye
Dezenfekte tout kote aprè netwayaj (pou retire tout mikwòb ki ka rete)
Itlize klowòks pou tout bagay eksepte twal ak kapèt » Pou sifas ki di itlize 1/3 vè klowòks (¼ vè si li konsantre) + 1 galon dlo » Pou sifas kin gen ti tou itlize 1-2/3 vè klowòks (1 vè si li konsantre) + 1 galon dlo
Pou zòn kote ou pa ka itilize klowòks, netwaye yo ak vapè oubyen itlize lòt desenfektan ki apwouve pou lokal biznis manje:
» Dezenfektan Phenolic pou enviwonnman ki 2-4 fwa vale konsantrasyon an » Dezenfektan ki anrejistre ak EPA (Enviromental Protection Agency)
Rense tout sifas ke manje touche aprè yo fin dezenfekte
Lis pou tcheke netwayaj vomi ak dyare
Kit netwayaj pou vomisman ak dyare
Lis pou netwayaj Mask Gan Sevyèt an papye Sachè plastik pou fatra Bann avètisman Rad ki ka jete Poud bikabonat Tapi pwoteksyon
MAY 2017
Kòd lwa Eta Rhode Island nan sou zafè manje (3-301.11) pa pèmèt men ki pa gen gan touche manje ki pare pou manje. Manje ki pare pou manje dwe sèvi ak plis prekosyon, pa egzanp kuit li yon fason moun ka manje li an sekirite. Pami manje ki pare pou manje yo gen sandwich, salad ak pen. Selon la lwa, anplaye ki nan biznis manje dwe itlize istansil ki apwopriye lè y ap manyen manje ki pare pou manje.
Istansil ki apwopriye yo se:
Papye deli Espatil Pensèt Fouchèt ak Lòt istansil pou
sèvi
Gan ou ka itilize yon sèl
fwa ki pa latex
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje Pou plis enfòmasyon rele (401) 222-2750
ADAPTED FROM THE MASSACHUSETTS
DEPARTM
Gid pou itlize gan yon sèl fwa
Jete gan yo si yo chire oubyen sal
Poukisa? Men w ka parèt pwòp, men
yo ka gen mikwòb
Lave men w anpeche oumenm ak kliyan yo malad
Se la lwa!
Ki lè? Lè w rive nan travay Lè w soti nan twalèt Lè w fin fimen Lè w fin estènen Lè w fin touche cheve w, figi w ak rad ou Lè w fin manje oubyen bwè Lè w fin retire oubyen mete yon lòt gan Lè w fin manyen manje, espesyalman manje ki
pare pou manje tankou salad ak sandwich Lè w fin manyen fatra Lè w fin manyen bagay ki sal, veso, oubyen ekipman kizin Lè w fin manyen vyan ki kri, bèt volay, oubyen pwason Chak fwa ou pral fè yon lòt travay (soti nan youn al nan lòt)
Kòman?
3 Seche men w ak yon sèvyèt paye ou ka itilize yon sèl fwa oubyen sechwa elektrik
4 Itlize yon sèvyèt papye pou fèmen dlo a
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje Pou plis enfòmasyon rele (401) 222-2750
ADAPTED FROM THE
MASSACHUSETTS DEPARTMENT OF HEALTH
ME 2017
Itilize yon nouvo gan!
Lè gan an chire oubyen sal
Kòman pou lave veso alamen
1 Separe
2
Grate
6 Seche ak van Pa seche ak sèvyèt.
Evye 1 Evye 2 Evye 3
Vide epi replen evye yo chak lè sa nesesè pou dlo a rete
pwòp
3 Lave Itlize detèjan nan dlo cho (110°F oubyen pi wo) pou retire salte.
4 Rense Itlize dlo pwòp pou retire detèjan an.
5 Dezenfekte Itlize yon dezenfektan a 75°F. Itilize yon Tès Kit pou mezire an milimèt (ppm) konpozisyon ki kòrèk nan yon dezenfektan konsantre.
Dezenfektan Konsantrasyon Klò 50-100 ppm Yòd 12.5-25 ppm Quaternary amonyak
200 ppm oubyen enstriksyon etikèt la
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje Pou plis enfòmasyon rele (401) 222-2750
ADAPTED FROM CONSUMER HEALTH SERVICES BREVARD COUNTY, FLORIDA
ME 2017
Rejis pou konsantrasyon dezenfektan chimik
Konsantrasyon
dezenfektan
klowòks 50-100 ppm
(75°
F)
Quaternary Amonyak
Etikèt faktori a Dabitid 150-400 ppm (75° F)
yòd 12.5-25 ppm (75° F)
Dat Ki kote Tip dezenfektan Konsantrasyon Koreksyon Inisyal non w
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje Pou plis enfòmasyon rele (401) 222-2750
Rejis Tanperati Chalè Dezenfektan Machin pou Lave Asyèt la
Dat Tanperati pou lave (≥140° F) Tanperati pou rense (≥180° F) Presyon Koreksyon Inisyal non w
Depatman Sante Eta Rhode Island, Sant pou Pwoteksyon Manje Pou plis enfòmasyon rele (401) 222-2750 6/29/2017