6
DEPATMAN EDIKASYON ETA MARYLAND Divizyon Edikasyon Espesyal Sèvis Entèvansyon Bonè Pwogram pou Tibebe ak Jèn Timoun nan Maryland/Sèvis Edikasyon Espesyal nan Lekòl Matènèl Revize an Jiyè 2013 Entèvasyon Bonè Yon Gid Fanmi Nan Entèvansyon Bonè Sèvis nan Maryland Pwogram Tibebe ak Jèn Timoun nan Maryland Entèpretasyon IFSP Gid Depi Laj Twazan jiska Senkan Gid Depi Nesans Jiska Twa Zan Lè Pitit ou Vini Gen Twa Zan Fason pou Vanse: Tan Tranzisyon Gid ki Akonpaye Dwa Paran NESANS MARYLAND JISKA SENKAN SERI ENFÒMASYON POU PARAN © Maryland State Department of Educatlon 2011 Se Depatman Edikasyon Eta Maryland, Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/Entèvansyon Bonè ki te devlope piblikasyon sa a avèk lajan yo resevwa nan Depatman Edikasyon Etazini, Sibvansyon #H393A090124A, Sibvansyon Edikasyon Espesyal pou Tibebe ak “Lajan Redrèsman” Fanmi anba PL 105-17/111-5 lwa sou Edikasyon pou Moun Andikape/Lwa Ameriken pou Redrèsman ak Re-Envestisman. Depatman Edikasyon Eta Maryland se ajans prensipal pou Pwogram pou Tibebe ak Jèn Timoun Maryland, pwogram sèvis onivo eta a ki kowòdone nan ajans ak òganizasyon Leta ak lokal yo. Depatman Edikasyon Eta Maryland pa fè pratik diskriminasyon akòz ras, koulè, sèks, laj, peyi kote ou fèt, relijyon, andikap, oswa preferans seksyèl nan zafè ki afekte travay oswa nan bay aksè nan pwogram yo. Pou ransèyman ki asosye ak règleman Depatman an, kontakte Branch Asirans Ekite ak Konfòmite, Biwo Sipè-Entandan Adjwen Eta pou Administrasyon, Depatman Edikasyon Maryland, 200 W. Baltimore Street, 6yèm Etaj, Baltimore, MD 21201-2595, 410-767-0433, Faks 410-767-0431, TTY/TDD 410-333-6442, www.MarylandPublicSchools.org. Pou jwenn lòt enfòmasyon, kontakte: Pwogram Lokal pou Tibebe ak Jèn Timoun Konte Allegany 301-759-2415 Konte Anne Arundel 410-222-6911 Vil Baltimore 410-396-1666 Konte Baltimore 410-887-2169 Konte Calvert 410-414-7034 Konte Caroline 410-479-3246 Konte Carroll 410-876-4437 Konte Cecil 410-996-5444 Konte Charles 301-609-6808 Konte Dorchester 41 0-221-1111, xl 023 Konte Frederick 301-600-1612 Konte Garrett 301-533-0240 Konte Harford 410-638-3823 Konte Howard 410-313-7017 Konte Kent 410-778-8486 Konte Montgomery 240-777-3997 Konte Prince George 301-265-8415 Konte Queen Anne 410-827-4629, x10 Konte Somerset 410-623-2037 Konte St. Mary 301-475-4393 Konte Talbot 410-820-0319 Konte Washington 301-766-8217 Konte Wicomico 410-677-5250 Konte Worcester 410-632-5033 Lillian M. Lowrey, Ed.D., Direktè Lekòl Leta Charlene M. Dukes, Ed.D., Prezidan, Komite Leta pou Edikasyon Martin O’Malley, Gouvènè Marcella E. Franczkowski. M.S. Asistan Direktè Divizyon Edikasyon Espesyal/Sèvis Entèvansyon Bonè Revize an Jiyè 2013 Plis resous pou fanmi yo: Resous sou Entènèt : www.MarylandLearningLinks.org Sit Maryland Learning bay enfòmasyon ak resous ki gen rapò ak Entèvansyon Bonè ak Edikasyon Espesyal nan Maryland. Menm si ou se yon administratè, pwofesè, founisè, oswa paran, li sèten nan sit sa a ki fasil pou itilize a, w ap benefisye de bon jan enfòmasyon, konesans ak bon jan pratik ki reyèl. Tout sa, se nan konfyans tout timoun kapab aprann epi bay bon rannman menm lè se anndan salklas menm lè se andeyò salklas. Se Divizyon Edikasyon Espesyal Leta Maryland la ki te kreye epi devlope Sit Maryland Learning la, an kolaborasyon avèk Sant Teknoloji Edikasyon ki nan Inivèsite Johns Hopkins. www.MarylandpublicSchools.org Depatman Edikasyon Leta Maryland, Divizyon Edikasyon Espesyal/Sèvis Entèvansyon Bonè bay lidèchip, sipò ak responsablite pou rezilta nan sistèm lekòl lokal yo, ajans piblik yo, ak responsab yo atravè yon sistèm ki soude ak sèvis kowòdone pou timoun ak elèv ki andikape, depi nan nesans jiska 21 an, ak fanmi yo. Resous adisyonèl yo e enfòmasyon ka founi pa: DEPATMAN EDIKASYON LETA MARYLAND DIVIZYON EDIKASYON ESPESYAL/SÈVIS ENTÈVANSYON BONÈ 200 West Baltimore Street, 9th Floor Baltimore, Maryland 21201 Telefòn: 410-767-7770 Faks: 410-333-8165 Nimewo Gratis: 1-800-535-0182 Lekòl Maryland pou Moun Avèg 410-444-5000 Lekòl Maryland pou Moun Soud 410-480-4545

SERI ENFÒMASYON POU PARAN Plis resous pou fanmi yo: … · 2018-07-12 · Edikasyon Eta Maryland pa fè pratik diskriminasyon akòz ras, koulè, sèks, laj, peyi kote ou fèt, relijyon,

  • Upload
    others

  • View
    25

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

Page 1: SERI ENFÒMASYON POU PARAN Plis resous pou fanmi yo: … · 2018-07-12 · Edikasyon Eta Maryland pa fè pratik diskriminasyon akòz ras, koulè, sèks, laj, peyi kote ou fèt, relijyon,

DEPATMAN EDIKASYON ETA MARYLANDDivizyon Edikasyon Espesyal Sèvis Entèvansyon Bonè

Pwogram pou Tibebe ak Jèn Timoun nan Maryland/Sèvis Edikasyon Espesyal nan Lekòl Matènèl

Revize an Jiyè 2013

Entèvasyon BonèYon Gid Fanmi Nan Entèvansyon Bonè Sèvis nan Maryland

Pwogram Tibebe ak Jèn Timoun nan Maryland

Entèpretasyon IFSP

Gid Depi Laj Twazan jiska Senkan

Gid Depi Nesans Jiska Twa Zan

Lè Pitit ou Vini Gen Twa Zan

Fason pou Vanse: Tan Tranzisyon

Gid ki Akonpaye Dwa Paran

NE

SA

NS

MA

RY

LA

ND

JIS

KA

SE

NK

AN

S E R I E N F Ò M A S Y O N P O U PA R A N

© Maryland State Department of Educatlon 2011

Se Depatman Edikasyon Eta Maryland, Divizyon Sèvis Edikasyon Espesyal/Entèvansyon Bonè ki te devlope piblikasyon sa a avèk lajan yo resevwa nan Depatman Edikasyon Etazini, Sibvansyon #H393A090124A, Sibvansyon Edikasyon Espesyal pou Tibebe ak “Lajan Redrèsman” Fanmi anba PL 105-17/111-5 lwa sou Edikasyon pou Moun Andikape/Lwa Ameriken pou Redrèsman ak Re-Envestisman. Depatman Edikasyon Eta Maryland se ajans prensipal pou Pwogram pou Tibebe ak Jèn Timoun Maryland, pwogram sèvis onivo eta a ki kowòdone nan ajans ak òganizasyon Leta ak lokal yo. Depatman Edikasyon Eta Maryland pa fè pratik diskriminasyon akòz ras, koulè, sèks, laj, peyi kote ou fèt, relijyon, andikap, oswa preferans seksyèl nan zafè ki afekte travay oswa nan bay aksè nan pwogram yo. Pou ransèyman ki asosye ak règleman Depatman an, kontakte Branch Asirans Ekite ak Konfòmite, Biwo Sipè-Entandan Adjwen Eta pou Administrasyon, Depatman Edikasyon Maryland, 200 W. Baltimore Street, 6yèm Etaj, Baltimore, MD 21201-2595, 410-767-0433, Faks 410-767-0431, TTY/TDD 410-333-6442, www.MarylandPublicSchools.org.

Pou jwenn lòt enfòmasyon, kontakte:

Pwogram Lokal pou Tibebe ak Jèn TimounKonte Allegany 301-759-2415

Konte Anne Arundel 410-222-6911

Vil Baltimore 410-396-1666

Konte Baltimore 410-887-2169

Konte Calvert 410-414-7034

Konte Caroline 410-479-3246

Konte Carroll 410-876-4437

Konte Cecil 410-996-5444

Konte Charles 301-609-6808

Konte Dorchester 41 0-221-1111, xl 023

Konte Frederick 301-600-1612

Konte Garrett 301-533-0240

Konte Harford 410-638-3823

Konte Howard 410-313-7017

Konte Kent 410-778-8486

Konte Montgomery 240-777-3997

Konte Prince George 301-265-8415

Konte Queen Anne 410-827-4629, x10

Konte Somerset 410-623-2037

Konte St. Mary 301-475-4393

Konte Talbot 410-820-0319

Konte Washington 301-766-8217

Konte Wicomico 410-677-5250

Konte Worcester 410-632-5033

Lillian M. Lowrey, Ed.D., Direktè Lekòl Leta

Charlene M. Dukes, Ed.D., Prezidan, Komite Leta pou Edikasyon

Martin O’Malley, Gouvènè

Marcella E. Franczkowski. M.S. Asistan Direktè Divizyon Edikasyon Espesyal/Sèvis Entèvansyon Bonè

Revize an Jiyè 2013

Plis resous pou fanmi yo:Resous sou Entènèt :

www.MarylandLearningLinks.orgSit Maryland Learning bay enfòmasyon ak resous ki gen rapò ak Entèvansyon Bonè ak Edikasyon Espesyal nan Maryland. Menm si ou se yon administratè, pwofesè, founisè, oswa paran, li sèten nan sit sa a ki fasil pou itilize a, w ap benefisye de bon jan enfòmasyon, konesans ak bon jan pratik ki reyèl. Tout sa, se nan konfyans tout timoun kapab aprann epi bay bon rannman menm lè se anndan salklas menm lè se andeyò salklas. Se Divizyon Edikasyon Espesyal Leta Maryland la ki te kreye epi devlope Sit Maryland Learning la, an kolaborasyon avèk Sant Teknoloji Edikasyon ki nan Inivèsite Johns Hopkins.

www.MarylandpublicSchools.orgDepatman Edikasyon Leta Maryland, Divizyon Edikasyon Espesyal/Sèvis Entèvansyon Bonè bay lidèchip, sipò ak responsablite pou rezilta nan sistèm lekòl lokal yo, ajans piblik yo, ak responsab yo atravè yon sistèm ki soude ak sèvis kowòdone pou timoun ak elèv ki andikape, depi nan nesans jiska 21 an, ak fanmi yo.

Resous adisyonèl yo e enfòmasyon ka founi pa:DEPATMAN EDIKASYON LETA MARYLANDDIVIZYON EDIKASYON ESPESYAL/SÈVIS ENTÈVANSYON BONÈ200 West Baltimore Street, 9th FloorBaltimore, Maryland 21201Telefòn: 410-767-7770Faks: 410-333-8165Nimewo Gratis: 1-800-535-0182

Lekòl Maryland pou Moun Avèg 410-444-5000Lekòl Maryland pou Moun Soud 410-480-4545

Page 2: SERI ENFÒMASYON POU PARAN Plis resous pou fanmi yo: … · 2018-07-12 · Edikasyon Eta Maryland pa fè pratik diskriminasyon akòz ras, koulè, sèks, laj, peyi kote ou fèt, relijyon,

Pitit ou se kado ki pi presye ou bay nan monn sa a. Alòske tout timoun grandi ak devlope nan pwòp ritm yo, kèk tibebe ak jèn timoun pran reta nan devlopman yo. Sa kapab lakòz enkyetid.

Entèvansyon bonè se yon sistèm sèvis ki disponib pou tout timoun ki poko gen laj twazan ki ka gen yon reta devlòpmantal, yon andikap, oswa yon eta sante espesyal ki ka lakòz devlopman ki pa nòmal. Pwogram pou Tibebe ak Jèn Timoun Maryland ak sistèm entèvansyon bonè lokal ou kapab ede ou abòde enkyetid ou yo avèk yon pwogram ki deziyen sitou pou satisfè bezwen inik pitit ou ak fanmi ou. Yo ofri tout sèvis yo gratis pou fanmi ou. Rezilta jeneral yo de pwogram entèvasyon bonè a se pou pitit ou devlope ladrès sosyal-emosyonal yo, pou pitit ou jwenn e itilize konesans avèk abilite yo, e pou pitit ou sèvi ak konpòtman ki kòrèk yo pou pran swen bezwen li yo.

Sèvis entèvansyon bonè kapab ede oumenm ak fanmi ou:• Idantifye bezwen pitit ou• Sipòte ak ankouraje devlopman pitit ou• Ajoute pitit ou nan lavi fanmi ou ak nan lavi kominote a

Yo kapab ofri ou sèvis entèvansyon bonè nenpòt kote nan kominote a:• Lakay ou• Sant gadri pitit ou oswa kay gadri fanmi ou• Bibliyotèk yo, sant lwazi yo, lakou rekreyasyon yo• Nenpòt kote paran yo ak timoun yo ale pou amizman ak sipò

Antan yon paran, ou ede deside:• Rezilta entèvansyon bonè ki enpòtan pou pitit ou ak fanmi ou• Sèvis entèvansyon bonè pitit ou ak fanmi ou bezwen• Kilè ak ki kote pitit ou ak fanmi ou ap jwenn sèvis entèvansyon bonè

Rezilta jeneral yo pou pwogram entèvasyon bonè a se pou ou konprann dwa ou yo e kominike efikasman sou bezwen pitit ou yo, e pou ede pitit ou develope epi aprann. Rechèch ki fèt montre entèvansyon bonè make yon diferans! Nou akeyi oumenm ak fanmi ou nan sistèm sèvis entèvansyon bonè–yon kominote ki devwe nan amelyorasyon kapasite pitit ou nan sipò ak pratik ki konsantre sou fanmi yo.

Byenveni nan Sistèm Sèvis Entèvansyon Bonè

page 2

Prezantasyon Gid Sa a

Gid sa a, Nesans jiska Laj

3 Zan: Yon Gid Fanmi Pou

Sèvis Entèvansyon Bonè

nan Maryland, se pati Seri

enfòmasyon pou Paran

Maryland sou Nesans Jiska

Laj Senkan- yon koleksyon

piblikasyon ki deziyen pou

sipòte fanmi yo nan sistèm

sèvis entèvansyon bonè ak

nan edikasyon depi nesans

jouk nan laj senkan. Avèk

gid sa a, nou vle akeyi ou

nan kominote a ki devwe

pou anrichisman devlopman

timoun, epitou pou gide ou

nan yon pwosesis paran ak

pwofesyonèl yo kreye pou

amelyore kapasite pitit ou,

epitou pou sipòte fanmi ou.

Pou resevwa kopi gid sa

a oswa kopi lòt gid yo ki

nan seri a, tanpri kontakte

Pwogram lokal Tibebe ak Jèn

Timoun ou. Refere nan dènye

paj pou enfòmasyon kontak.

Rezo Sipò Fanmi Maryland/Patnè Lekòl MatènèlNan nenpòt pwen pandan vwayaj ou, ou ka bezwen sipò moun ki konnen resous espesyal yo, ki kapab ba ou enfòmasyon enpòtan,

oswa ki fè eksperyans nan lavi a menm jan ak eksperyans ou yo. Nan Maryland, fanmi ki resevwa sèvis entèvansyon bonè a kapab

jwenn sipò nan Rezo Sipò Fanmi lokal yo. Chak Rezo Sipò Fanmi anboche yon paran timoun ki andikape, epi li ofri enfòmasyon

sou sèvis kominotè, rekòmandasyon nan sipò lokal ak nan gwoup sipò, ak opòtinite pou fanmi yo fòme yon rezo ak pataje lide ak

eksperyans yo avèk lòt fanmi. Answit, lè fanmi yo ap fè tranzisyon nan pwochen etap yo, sèvis sipò fanmi yo disponib nan Patnè Lekòl Matènèl yo. Chak pwogram Patnè Lekòl Matènèl anboche yon paran timoun ki andikape, epi li kapab gide ak sipòte fanmi

yo lè y ap vanse nan pwosesis tranzisyon ant laj 3 zan ak laj 5 ane.

Yon senp apèl telefonik kapab konekte ou avèk Rezo Sipò Fanmi lokal ou ak Patnè Lekòl Matènèl lokal ou. Mande

Pwogram pou Tibebe ak Jèn Timoun lokal ou enfòmasyon kontak yo oswa ale anliy nan Maryland Early Childhood (EC) Gateway:

http://www.mdecgateway.org.

Lyen Maryland de Aprann: www.MarylandLearningLinks.orgVizite Lyen Maryland de Aprann anliy nan www.MarylandLearningLinks.org. Nan sit web sa a ou pral jwenn yon lis de resous pou fanmi e gadyen timoun yo de timoun andikape depi nesans jiska laj 21 ane.

Seri Enfòmasyon pou Paran Maryland Depi Nesans Jouk nan Laj SenkanSeri Enfòmasyon pou Paran Maryland Depi Nesans Jouk nan Laj Senkan se yon koleksyon piblikasyon ki deziyen pou ede fanmi yo lè yo patisipe nan sistèm sèvis entèvansyon bonè ak edikasyon pou timoun andikape yo depi lè yo fèt jouk lè yo gen laj senkan. Chak piblikasyon disponib nan Pwogram pou Tibebe ak Jèn Timoun lokal yo.

Seri Enfòmasyon pou Paran Maryland Depi Nesans Jouk nan Laj Senkan gen ladan gid ki endike anba la yo:• Gid depi Nesans jiska Laj 3 Ane–Yon Gid Fanmi pou Sèvis Entèvansyon Bonè

• Yon Resous Amikal pou Fanmi pou Konprann Dwa Paran ak Avi Garanti Pwosedi Maryland

• Yon Gid pou Fanmi Pou Konprann ak Devlope IFSP a

• Yon Gid pou Fanmi nan Pwochen Etap yo–Lè Pitit Ou ki nan Entèvansyon Bonè Vin gen Laj Twazan

• Fason pou Vanse nan Siksè–Yon Gid pou Fanmi pou Konprann Pwosesis Tranzisyon an - Pou revize anvan lontan!

• Laj 3 Ane Jiska Laj 5 Ane–Yon Gid pou Fanmi pou Sèvis Edikasyon Espesyal nan Lekòl Matènèl ak Lòt Opòtinite pou Timoun Piti - Ap vini anvan lontan!

Resous pou Sipò FanmiRezo/Patnè/Piblikasyon

page 11

Page 3: SERI ENFÒMASYON POU PARAN Plis resous pou fanmi yo: … · 2018-07-12 · Edikasyon Eta Maryland pa fè pratik diskriminasyon akòz ras, koulè, sèks, laj, peyi kote ou fèt, relijyon,

Anseye mwen jwe.Montre mwen fason an.

Ede mwen mache; answit, ede mwen pale.

Anseye mwen chante.tankou yon bèl bagay.

Ede mwen grandi kidonk m ap konnen tout lanmou sa a lemonn gen pou bay.

Belle Nelson, Laj 11 ane Ansyen patisipan nan Sistèm Sèvis Entèvansyon Bonè Maryland

Yon Fenèt Opòtinite

Sou baz enpòtans entèvansyon bonè, lalwa federal ak lalwa Leta garanti dwa pitit ou nan sistèm entèvansyon

bonè. Nan ane 1986, Kongrè a te kreye Pati C Lwa sou Edikasyon Moun Andikape (IDEA) pou ranfòse enpòtan

sèvis entèvansyon bonè ak sipò ki disponib pou tibebe ak pou jèn timoun andikape, depi lè yo fèt jouk lè yo gen

laj twazan, ak fanmi yo. Nan Maryland, Pati C sistèm IDEA rele Pwogram pou Tibebe ak Jèn Timoun Maryland

(MITP). Se Depatman Edikasyon Eta Maryland (MSDE) ki kowòdone pwogram sèvis entèvansyon bonè detaye

eta sa a, nan tèt ansanm avèk anpil patnè entè-ajans. Chak nan 24 jiridiksyon Maryland yo ap egzekite yon

Pwogram pou Tibebe ak Jèn Timoun lokal, pou kowòdone sèvis ajans sèvis edikasyon, swen sante ak sosyal

ak founisè prive yo ofri. Sivouple, refere nan dènye paj de gid sa pou enfòmasyon kontak pou chak Pwogram

Tibebe ak Jèn Timoun nan Maryland lokal yo.

Sa Lalwa Di

Premye ane nan lavi yon timoun gen anpil kontantman ak chanjman pou chak paran-yon gwo aksyon ekilib ant rèv ak defi yo. Nan premye etap lavi yon timoun, yon fanmi kapab amelyore tout aspè devlopman pitit yo.

Sou dènye peryòd dizan an, avansman nan rechèch sou sèvo te bay gwo vizyon nan fason sèvo a kontinye grandi ak devlope. Kounye a li klè eksperyans premye laj yon timoun ka enfliyanse afon fason sèvo yo ap devlope ak fason y ap entè-aji avèk monn ki antoure yo. Relasyon timoun yo devlope avèk adilt nan lavi yo poze baz pou devlopman emosyonèl. Timoun ki resevwa swen afektye ak sansib paran yo ak lòt travayè sosyal nan premye ane lavi yo jwi yon avans enpòtan pou siksè nan lavi yo.

Entèvansyon bonè devlope sou aprantisaj natirèl ki fèt pandan kèk premye ane lavi timoun nan. Sipò ak sèvis yo ofri nan entèvansyon bonè a kapab ede ou ede pitit ou fè tout koneksyon puisan pou amelyore kapasite li pou aprann ak jwe. Premye ane sa yo se premye moman pou devlopman vizyon ak odisyon pitit ou, devlopman pwononsyasyon ak langaj, devlopman fizik ak devlopman mouvman, ak devlopman sosyal-emosyonèl. Entèvansyon bonè ede kouvri fenèt opòtinite sa a pou pitit ou.

Lè ou louvri fenèt opòtinite sa a pou pitit ou, itilize gid sa a pou ede ou konprann:• fason sistèm entèvansyon bonè a fonksyone• Dwa ak pwoteksyon legal ou yo• Sipò ak resous fanmi ki disponib pou ou ak pou fanmi ou

page 3

Anseye mwen.Glosè Tèm yoMo ak Ekspresyon W ap Tande nan Entèvansyon Bonè

page 10

• Revizyon Peryodik: Yon revizyon EFSP yo fè chak sis (6) mwa, pi souvan lè kondisyon yo jistifye sa, oswa sou demann fanmi an.

• San Paspouki: Dekri moun yo lonmen pou aplike pwosesis rezolisyon plent lan. Moun sa a pa yon anplwaye nenpòt ajans oswa pwogram ki patisipe nan ofri sèvis entèvansyon rapid oswa swen yon timoun, epitou moun sa a pa gen yon konfli enterè pèsonèl oswa pwofesyonèl nan dosye a.

• Sèl Pwen Antre: Pwen kontak lokal ki deziyen pou aksepte rekòmandasyon nan sous ki sispèk reta devlòpmantal sou yon tibebe oswa sou yon jèn timoun.

• Tibebe ak Jèn Timoun ki gen Andikap yo: Timoun depi lè yo fèt jouk lè yo vin gen laj twazan yo te detèmine kalifye pou sèvis entèvansyon bonè paske yo:

• Fè eksperyans yon reta devlòpmantal omwen 25 pousan, jan sa mezire ak verifye avèk metòd apwopriye, nan youn oswa nan plizyè domèn sa yo: Koyitif, Fizik (ti/gwo mouvman, sansoryèl), Kominikasyon, Sosyal, ak Emosyonèl, Adaptatif; oswa

• Montre devlopman oswa konpòtman atipik nan omwen youn nan domèn ki endike anwo a, ki montre dapre kalite oswa fonksyon anòmal ki nuizib pou devlopman nòmal la epi ki ka lakòz reta annapre, menm lè pwosedi dyagnostik yo pa endike yon reta 25 pousan; oswa

• Te fè yon dyagnostik maladi fizik oswa maladi mantal ki mete yo nan risk pou yo gen reta devlòpmantal.

Timoun ki gen plis ke twa ane ka kalifye tou si li deja te resevwa sèvis entèvansyon e ki kalifye pou lèkol matènèl edikasyon espesyal e sèvis ki konsène yo.

Page 4: SERI ENFÒMASYON POU PARAN Plis resous pou fanmi yo: … · 2018-07-12 · Edikasyon Eta Maryland pa fè pratik diskriminasyon akòz ras, koulè, sèks, laj, peyi kote ou fèt, relijyon,

Eleman Enpòtan yon Sistèm Entèvansyon Bonè Efikas

page 4

KalifikasyonPitit ou ak fanmi ou ka kalifye pou sèvis entèvansyon bonè si pitit ou poko gen laj twazan epi si li gen omwen youn nan sa ki anba la yo:

• Yon reta 25 pousan oswa plis nan devlopman; oswa

• L ap devlope yon fason yo konsidere kòm “atipik” pou pifò timoun ki nan laj li; oswa

• Yon kondisyon dyagnostik ki ka afekte devlopman an, tankou yon twoub jenetik oswa pwoblèm odisyon ak vizyon grav.

Premye etap pou detèmine kalifikasyon pou sèvis entèvansyon rapid se yon rekòmandasyon ki fèt nan Pwogram pou Tibebe ak Jèn Timoun lokal. Lè yo sispèk yon tibebe oswa yon jèn timoun gen yon andikap, yon reta devlòpmantal, oswa yon bezwen espesyal pou swen sante, yon paran, yon founisè sèvis sante oswa yon founisè sèvis edikasyon, yon founisè sèvis gadri oswa yon founisè sèvis sosyal, oswa yon manm pèsonèl ki nan NICU oswa nan lopital, elatriye, ka ba li rekòmandasyon nan Pwogram pou Tibebe ak Jèn Timoun lokal. Pètèt pitit ou te resevwa yon tès devlòpmantal nan biwo dokte oubyen atravè de gadri founisè ou ki te rekòmande yon referans nan Pwogram Tibebe ak Jèn Timoun lokal ou.

Depi yon referans fèt nan Pwogram Tibebe ak Jèn Timoun lokal la, pwosesis antre a komanse atravè de konvèsasyon ak ranmanse enfòmasyon sou pitit ou ak fanmi ou. Apresa, avèk konsantman ou, Pwogram Tibebe ak Jèn Timoun ranje pou yon kouwodonatè sèvis pou pwograme tès oubyen pwograme yon evalyasyon-yo ofri sèvis sa gratis pou fanmi a- pou detèmine si pitit ou ak fanmi ou kalifye pou sèvis yo.

*Sivouple, note: Pwogram Tibebe ak Jèn Timoun lokal ou ka rekòmande yon tès ki mande konsantman ou. Nan nenpòt lè, ou gen dwa reklame yon evalyasyon.

Evalyasyon ak EstimasyonPwogram pou Tibebe ak Jèn Timoun lokal ou gen 45 jou apati dat rekòmandasyon pitit ou pou li fè yon evalyasyon ak yon estimasyon, e devlope yon Plan Endividyèl de Sèvis Fanmi (IFSP), si pitit ou kalifye.

Fanmi ou ap toujou patisipe nan pwosesis evalyasyon an, ki enpòtan pou detèmine pwen fò pitit ou ak bezwen pitit ou, epitou pou planifye pi bon pwosesis aksyon an. Evalyasyon ak estimasyon pitit ou ap gen ladan divès kalite zouti ak sous enfòmasyon.

Moun kalifye ki patisipe dirèkteman nan dyagnostik pitit ou oswa nan fè evalyasyon ak estimasyon ap detèmine si pitit ou kalifye pou sèvis entèvansyon bonè.

Konsèy pou Fanmi yo:• Bay enfòmasyon enpòtan konsènan pitit ou,

avèk tou enfòmasyon sou istwa medikal pitit ou. Bay nenpòt dokiman ki nesesè, tankou dosye iminizasyon ak rezilta tès pitit ou te fè anvan, si ou genyen yo disponib.

• Fè konnen priyorite ak enkyetid fanmi ou genyen konsènan devlopman pitit ou.

• Ou dwe prezan pou tout estimasyon yo. Ou ka chwazi yon lè ak yon kote ki bon pou ou.

• Poze kesyon pou ou ka konprann pwosesis la ak pwogram nan. Kowòdonatè sèvis ou ak founisè pwogram lokal yo konnen kijan sèvis sa yo nouvo pou pifò fanmi yo. Yo kapab ede reponn kesyon ou yo.

Glosè Tèm yoMo ak Ekspresyon W ap Tande nan Entèvansyon Bonè

page 9

• Anviwònman Natirèl: Anviwònman lakay ak kominote ki natirèl oswa nòmal pou yon timoun ki gen menm laj san andikap.

• Defansè Timoun: Yon paran oswa yon pwofesyonèl, ki touche lajan oswa ki pa touche lajan, ki aji sou non yon timoun ak fanmi li pou pwoteje dwa ak enterè yo jwenn sèvis yo kalifye pou resevwa yo.

• Dosye Entèvansyon Bonè: Yon enfòmasyon idantifyab pèsonèlman konsènan yon timoun oswa yon fanmi sistèm entèvansyon bonè kreye ki konsène evalyasyon oswa estimasyon, devlopman IFSP, ak livrezon sèvis entèvansyon bonè.

• Entèvansyon bonè: Yon gwoup sèvis ajans piblik ak ajans prive ofri epi ki deziyen dapre lalwa pou sipòte timoun kalifye ak fanmi yo pou amelyore kapasite yon timoun pou grandi ak devlope depi lè li fèt jouk lè vin gen laj twazan.

• Estimasyon: Pwosedi kontini pwofesyonèl kalifye itilize pandan tout eksperyans entèvansyon bonè yon timoun pou idantifye bezwen inik timoun nan, resous fanmi an, enkyetid ak priyorite ki asosye ak devlopman timoun yo, epitou kalite ak limit sèvis ki nesesè pou satisfè bezwen sa yo.

• Evalyasyon: Pwosedi pwofesyonèl kalifye yo itilize pou detèmine kalifikasyon inisyal ak kalifikasyon kontini yon timoun pou sèvis entèvansyon bonè, ki konsistan avèk definisyon tibebe ak jèn timoun ki gen andikap yo.

• Founisè Sèvis: Yon ajans piblik oswa prive ki deziyen pou ofri sèvis entèvansyon bonè pou yon timoun kalifye ak pou fanmi timoun nan, yon fason ki konfòm avèk yon IFSP apwouve.

Kowòdinasyon Sèvis Pwovizwa: Moun yo deziyen nan sèl pwen antre a pou ede timoun ak fanmi ki jwenn rekòmandasyon an nan pwosesis evalyasyon/estimasyon inisyal ak IFSP.

• Kowòdonatè Sèvis: Moun yon ekip entèvansyon chwazi epi ki deziyen nan yon IFSP pou kowòdone ak fasilite sèvis entèvansyon bonè a ak entwodui fanmi an nan pwosesis la. Moun sa a dwe montre li konprann lwa yo ak kalite pwosesis la.

• Lang Natifnatal: Lang oswa mòd kominikasyon paran yon timoun kalifye itilize nòmalman.

• Ekip Miltidisilplinè IFSP: Angajman de paran avèk de oubyen plis endevidyèl de pwofesyon separe yo nan provizyon de sèvis yo ki entegere e kouwòdone. Yon de endevidyèl sa yo bezwen se kouwodonatè sèvis la.

• Paran: Yon paran, gadyen legal, paran pwovizwa, oswa paran ranplasan; tèm sa a pa gen Leta ladan si timoun nan se yon elèv Leta.

• Plan Sèvis Fanmi Endividyèl (IFSP): Plan yo ekri pou ofri sèvis entèvansyon bonè ak lòt sèvis pou timoun ak fanmi ki kalifye ki:• Gen ladan sèvis ki nesesè pou amelyore devlopman

timoun nan ak kapasite fanmi an pou satisfè bezwen pitit yo;

• Fanmi an ak pwofesyonèl ki travay ansanm devlope; epi• Baze sou yon evalyasyon ak yon estimasyon milti-

disiplinè timoun nan ak fanmi li, jan lalwa egzije sa.

Page 5: SERI ENFÒMASYON POU PARAN Plis resous pou fanmi yo: … · 2018-07-12 · Edikasyon Eta Maryland pa fè pratik diskriminasyon akòz ras, koulè, sèks, laj, peyi kote ou fèt, relijyon,

Eleman Enpòtan yon Sistèm Entèvansyon Bonè Efikas

page 5

Plan Sèvis Fanmi EndividyèlDepi evalyasyon estimasyon pitit ou fin fèt, epi depi pitit yo jwenn pitit ou kalifye pou sèvis entèvansyon bonè, se moman pou devlope yon plan pou abòde bezwen ki idantifye yo. Plan Sèvis Fanmi Endividyèl (IFSP) se baz pou ofri sèvis ak sipò pou satisfè bezwen inik pitit ou ak fanmi ou.

Dokiman IFSP an te devlope pa yon ekip miltidisiplinè IFSP, ki enkli kouwodonatè sèvis ou ak founisè Entèvasyon Bonè yo, ak yon espesyalis sou pitit ou – ou menm! Ou se yon manm enpòtan ekip IFSP. Pèsòn pa konnen pitit ou pi byen oswa pèsòn pa pi byen konprann bezwen fanmi ou.

Jan lalwa egzije sa dokiman IFSP mete alekri:

• Pwen fò pitit ou ak bezwen pitit ou;• Priyorite fanmi ou; • Sèvis pitit ou ak fanmi ou ap resevwa yo, ak kote y ap

resevwa sèvis yo; ak • Rezilta ou vle reyalize yo, dèle pou reyalize rezilta yo, ak

detay sou fason y ap evalye siksè pou reyalize rezilta yo.

IFSP pi plis pase yon dokiman yo ekri. IFSP reprezante yon patenarya travay ant oumenm ak ekip tibebe ak jèn timoun lokal yo, epitou li de ofri repons pou kesyon ou ka genyen konsènan devlopman pitit ou.

Pou ede fanmi ou pi byen konprann pwosesis IFSP a, Seri Enfòmasyon Maryland Depi Nesans Jouk nan Laj Senkan gen ladan Yon Gid Fanmi pou Konprann ak Devlope Plan Sèvis Fanmi Endividyèl. Asire ou mande yon kopi nan Pwogram Tibebe ak Jèn Timoun lokal la.

Sèvis yoSèvis Entèvansyon Bonè yo deziyen pou amelyore kapasite yon timoun nan chak eta kwasans ak devlopman li. Sèvis ki ofri yo deziyen pou satisfè bezwen inik chak timoun ak fanmi.

Men kèk egzanp sèvis entèvansyon bonè:Kineziterapi

ÈgoterapiSwen EnfimyèTravay Sosyal

Enstriksyon EspesyalKonsèy pou Nitrisyon

Sèvis Pwononsyasyon ak LangajDepistaj/Sèvis Odisyon ak Vizyon

Konsèy pou FanmiLòt sèvis yo ka desponib tou. Sa depann sou

bezwen inik yo de pitit ou ak fanmi ou.

Sèvis yon ekip pwofesyonèl rekòmande, epi ki kowòdone ak ofri nan Pwogram pou Tibebe ak Jèn Timoun lokal avèk sipò plizyè ajans ki nan jiridiksyon ou. Ajans sa yo ka gen ladan sistèm lekòl lokal ou, depatman sèvis sante ak sèvis sosyal lokal ou, ak lòt founisè prive ak founisè ki baze nan kominote a ak patnè.

Yo ofri tout sèvis entèvansyon bonè yo gratis pou fanmi ou. Asireman, okenn nan sèvis yo pa ka kòmanse san pèmisyon ou. Fanmi ou ta dwe konprann tout sèvis ak posiblite yo prezante ba ou yo pou ou kapab pran yon desizyon reflechi. Ou ka chwazi tout sèvis yo ofri pou ou ak pou pitit ou, oswa ou ka chwazi sèlman kèk nan sèvis yo. Se ou ki ka chwazi.

Sèvis entèvansyon bonè ak sipò disponib yo nan Pwogram pou Tibebe ak Jèn Timoun Maryland, epi yo ofri sèvis yo nan 24 Pwogram pou Tibebe ak Jèn Timoun. Yo ofri sèvis yo pou tibebe ak jèn timoun ki kalifye, depi lè yo fèt jouk lè yo gen laj 3 ane. Sèten sèvis ak sipò disponib tou pou paran ak manm fanmi imedyat.

Pwogram pou Tibebe ak Jèn Timoun Maryland pa yon pwogram medikal k ap “trete” pitit ou. Alòske ou ka pa yon espesyalis ki gen fòmasyon, ou se pwofesè ki pi enpòtan pou pitit ou. Oumenm ak ekip entèvansyon bonè a ap travay ansanm pou sipòte ak amelyore devlopman pitit ou. Ekip pwofesyonèl yo ap montre ak prezante teknik yo pou ou itilize avèk pitit ou. Y ap antrene oumenm ak fanmi ou sou fason pou aplike estrateji yo nan woutin pitit ou toulejou ak nan vizit founisè a.

Ou se pi bon defansè pitit ou. Relasyon ou devlope avèk ekip entèvansyon bonè ap reprezante yon relasyon enpòtan alafwa pou ou ak pou pitit ou. Fè konnen aklè sa ou panse pitit ou bezwen. Asire ou pale avèk kowòdonatè sèvis la souvan, epitou kolabore avèk tout ekip la.

Pwogram pou Tibebe ak Jèn Timoun lokal anboche pwofesyonèl kalifye ki dwe satisfè estanda anplwaye Maryland. Yo evalye founisè yo avèk prekosyon anvan yo anboche yo, administratè pwogram lokal ak ajans patisipan yo sipèvize yo deprè.

Oumenm ak ekip IFSP ou ap kreye yon Plan Sèvis Fanmi Endividyèl (IFSP). IFSP pitit ou p ap sanble ak ISFP okenn lòt moun. Li inik epitou li baze sou bezwen pitit ou ak fanmi ou. Li ka sanble diferan tou avèk sa yo ofri nan lòt eta yo.

Doktè ou oswa espesyalis ou ka sijere yon sèten kantite èdtan terapi oswa sèvis pou pitit ou. Pwogram pou Tibebe ak Jèn Timoun lokal yo itilize yon modèl antrènman pou travay avèk timoun yo ak fanmi yo; modèl sa a ka diferan avèk modèl “klinik oswa medikal” anpil espesyalis terapi ak ajans prive yo itilize.

1

2

3

4

5

6

Sèvis entèvansyon bonè yo konsantre sou fanmi yo. Sa vle di bezwen tout fanmi an gen menm enpòtans ak bezwen pitit ou. Y ap ofri ou sèvis entèvansyon bonè ou nan anviwònman natirèl pitit ou kote l ap viv, kote l ap aprann ak kote l ap jwe. Pitit ou ka kalifye pou yon sèvis oswa pou plizyè sèvis. Depi yo idantifye sèvis yo, ou ka chwazi sèvis ou vle pou pitit ou ak fanmi ou resevwa. Sonje ekip entèvansyon bonè ou konprann sa ka reprezante yon moman emosyonèl oswa estresan pou ou ak pou fanmi ou. Ekip ou ap ede ou idantifye resous pou ede ou patisipe nan kwasans ak devlopman pitit ou, epitou pou antreteni byennèt emosyonèl ou.

Pa gen frè pou fanmi yo peye pou sèvis entèvansyon bonè. Dapre lalwa leta ak lalwa federal, tout sèvis yo ofri nan Pwogram Tibebe ak Jèn Timoun lokal nan Maryland fèt pou gratis, kèlkeswa revni fanmi an, disponiblite asirans li, oswa sitiyasyon travay li. Pa janm gen yon “lis-datant” pou sèvis yo. Pwogram lokal ou jwenn sipò plizyè sous lajan, tankou lajan lokal, lajan leta ak lajan federal.

Maryland gen yon Rezo Sipò Fanmi (FSN) solid ki gen ladan paran timoun andikape yo ak pwofesyonèl ki kapab ede paran yo lè y ap vwayaje nan monn entèvansyon bonè ak pi lwen. Mande non kowòdonatè FSN lokal ou si ou bezwen sipò ak resous adisyonèl, tankou opòtinite pou konekte avèk lòt fanmi ki te resevwa menm sèvis entèvansyon bonè yo.

Antan yon paran, pa janm bliye oumenm ak pitit ou gen sèten dwa anba lwa Leta ak lwa federal. Chak eta dwa bay paran yo yon lis dwa yo. Pandan devlopman IFSP ou, w ap resevwa yon kopi dokiman ki rele, Dwa Paran yo: Avi Garanti Pwosedi Maryland. Gen lòt resous nan Seri Enfòmasyon pou Paran sa a pou ede ou konprann dwa ou genyen yo.

7

8

9

10

10 Bagay Chak Paran Ta Dwe Konnen

page 8

Page 6: SERI ENFÒMASYON POU PARAN Plis resous pou fanmi yo: … · 2018-07-12 · Edikasyon Eta Maryland pa fè pratik diskriminasyon akòz ras, koulè, sèks, laj, peyi kote ou fèt, relijyon,

Eleman Enpòtan yon Sistèm Entèvansyon Bonè EfikasYon Pwosesis Kontini Pou Revize IFSP

Dapre lalwa, depi yo detèmine sèvis ki nesesè yo, epi depi yo ekri IFSP ak aksepte li, sèvis entèvansyon bonè yo fèt pou kòmanse nan 30 jou. IFSP a dwe fleksib pou li kapab satisfè bezwen ak priyorite fanmi ou ki toujou ap chanje. Yo ta dwe revize IFSP omwen chak sis (6) mwa, oswa kèlkeswa lè pitit ou te reyalize yon rezilta jan sa endike sou IFSP a, oswa ou idantifye yon nouvo domèn bezwen.

Ou ka mande kowòdonatè sèvis ou pou li revize IFSP a nenpòt kilè.

page 6

Sa Yon Fanmi Di

“Premye eksperyans nou avèk Pwogram Tibebe ak Jèn Timoun (ITP) te fèt yon ti tan apre premye

tibebe gason nou te sòti nan lopital pou vini lakay nou. Kòm nouvo paran avèk yon tibebe ki

montre devlopman atipik, nou te tou senpleman akable pou sa. Olye nou te antre nan yon gwoup

jwèt tibebe, nou te kòmanse chèche gwoup sipò pou paran timoun ki andikape yo. Nou te jwenn

rekòmandasyon pou pitit gason nou nan ITP lokal nou an. Ekip ITP a te vini nan fanmi ou epi li te

ofri nou anpil solisyon apre yon senp apèl telefonik. Avèk ITP a, yon ekip pwofesyonèl te evalye pitit

gason nou an. Yon ti tan apre premye estimasyon an, nou te kòmanse resevwa entèvansyon ki te

konsantre sou terapi ak sou fanmi. ITP te anseye nou fason pou entè-aji avèk pitit gason nou an

nan yon fason ki te sipòte devlopman jeneral li. Souri li pa t genyen anvan an te kòmanse parèt sou

figi li lè te rekonèt fanmi li ak sa ki nan antouraj li.

Lè twazyèm pitit nou an te fèt avèk Sendwòm Down, eksperyans nou te fè anvan avèk ITP

te elimine anpil laperèz nou te genyen. Alòske anplwaye medikal yo te fè dyagnostik la avèk anpil

prekosyon, nou te jwenn nou nan eksperyans yon sans soulajman akablan paske nou te konnen nou

te genyen ITP ki disponib pou ede nou satisfè bezwen pitit fi nou an. Yon fwa ankò, ekip ITP te vini nan

lavi nou pou pataje talan yo avèk nou. Bezwen pitit fi nou an te trè diferan avèk bezwen gran frè li a,

men terapi ak sipò endividyèl te konvnab nèt pou li. Ekip ITP a te menm konsidere devlopman atipik

pitit fi mitan nou an. Avèk èd yo, li te aprann fason pou sote avèk frè ak sè li. Li te aprann fason pou

jwenn ak entè-aji avèk yo, fason pou rekonèt resanblans yo, ak fason pou aksepte diferans yo.

San ITP, nou pa sèten fason nou te ka grandi pou vin yon ekip fanmi ki fò jan nou ye jodi a.

Sèvis ITP yo se yon kokennchenn resous pou fanmi yo prepare yo pou pran swen ak edike timoun ki

gen reta ak andikap ki dire tout lavi yo. Nou gen rekonesans pou toutan pou anpil pwofesyonèl ki te

fè yon sèl ak nou nan vwayaj sa a.”

–Michele Hart ak Robert Bristown, Konte Baltimore, Maryland

Dwa ak Responsablite OuLalwa federal ak lalwa leta ofri anpil pwoteksyon pou timoun yo ak pou fanmi yo. Dwa sa yo ede asire pwogram entèvansyon bonè aplike nan yon mannyè ki volontè, san diskriminasyon, epi gratis pou fanmi ou. Maryland rezime dwa sa yo nan Avi Dwa Paran yo ak Garanti Pwosedi.

Pami dwa ki endike nan Avi Dwa Paran ak Garanti Pwosedi Maryland, ou gen dwa pou:• Bay konsantman ou pou evalyasyon, estimasyon ak dispozisyon sèvis yo;• Resevwa avi dwa ak aksyon sistèm entèvansyon bonè pwopoze;• Revize dosye entèvansyon bonè pitit ou epi mande pou gen amannman ladan;• Konsève enfòmasyon pèsonèl pitit ou ak fanmi ou, jan sa obligatwa;• Pote plent; epi• Jwe yon wòl aktif nan pwosesis entèvansyon bonè antan yon manm enpòtan ekip IFSP.

Y ap ba ou yon kopi Avi Dwa Paran ak Garanti Pwosedi omwen yon fwa chak ane. Se Pwogram Tibebe ak Jèn Timoun lokal k ap ba ou kopi a; men, ou ka mande yon kopi nenpòt kilè. Epitou pou ede ou konprann answit dwa ak pwoteksyon ou, Seri Enfòmasyon pou Paran depi Nesans Jouk nan Laj Senkan gen ladan yon gid ki rele, Yon Gid Resous Amikal pou Fanmi pou Konprann Dwa Paran Ou. Mande yon kopi nan Pwogram Tibebe ak Jèn Timoun lokal ou. Kowòdonatè sèvis ou ka ba ou enfòmasyon ak konsèy tou.

Tan TranzisyonTranzisyon nan Pwogram pou Tibebe ak Jèn Timoun lokal ou se yon pwosesis. Pwogram pou Tibebe ak Jèn Timoun lokal ou ap sipòte ou pou devlope yon plan tranzisyon pou satisfè bezwen pitit ou ak fanmi ou. Pati pwosesis planifikasyon ki gen pou wè ak konsiderasyon si pitit ou gen bezwen ki mande sèvis apre lè li gen laj 3 ane.

Si pitit ou ka bezwen sèvis apre li gen laj 3 ane, y ap fè evalyasyon pitit ou pou wè si li kalifye pou sèvis yo anba Pati B IDEA. Kòm pati sistèm sèvis pou timoun depi lè yo fèt jouk lè yo gen laj senkan, si yo jwenn pitit ou kalifye pou sèvis Pati B a, y ap prezante posiblite yo ba fanmi ou. Posiblite sa yo gen ladan opòtinite pou kontinye sèvis yo anba yon Plan Sèvis Fanmi Endividyèl (IFSP) oswa pou vanse nan yon Pwogram Edikasyon Endividyèl (IEP). Sèvis yo ofri anba yon IFSP pwolonje oswa anba yon IEP ap montre bezwen endividyèl pitit ou ak fanmi ou, epitou y ap ofri sèvis sa yo nan divès kalite anviwònman ki baze nan kominote timoun piti oswa ki baze nan lekòl timoun piti.

Pou ede ou pi byen konprann pwosesis tranzisyon an, Seri Enfòmasyon Maryland pou Paran Depi Nesans Jouk nan Laj Senkan gen ladan Yon Gid pou Fanmi yo pou Pwochen Etap yo: Lè Pitit ou ki nan Entèvansyon Bonè Vin Gen Laj twazan, ak Fason pou Vanse nan Siksè: Yon Gid pou Fanmi nan Tranzisyon. Ou ka mande yon kopi chak gid nan Pwogram pou Tibebe ak Jèn Timoun lokal ou.

page 7