View
6
Download
0
Category
Preview:
Citation preview
2012-2013
Pakè Anrichman pou Ete a
Entwodiksyon Jiyè a Out se de mwa nan ete a ki gen anpil « Tan e Amizman pou Fanmi »! Rechèch demontre ke de mwa sa yo kritik pou
elèv bliye enfòmasyon valab yo te aprann pandan ane lekòl la. Nan yon efò pou asire ke ti moun ou yo kontinye
joune yo pou yo prè pou kindergarten, pwofesè ki nan « Orange Early Childhood Department », mete ansanm
espesyal Pakè Anrichman pou Ete sa a pou ede ti moun ou yo kontinye aprann diran TOUT ete a!
Pakè Anrichman pou Ete a gen aktivite ki eksplore Alfabetizasyon, Matematik, Syans, Syans Sosyal, avèk Atizana
nan yon jan ki amizan e pètinan. Nou planifye 8 sijè pa semèn ki konekte a wèbsit a Ipad e tablet Apps pou kreye
anpil eksperyans ki rich, long ak fòmasyon. Swiv leson yo chak semèn jan yo ye a, ou byen melanje aktivite nan
fason ou renmen… Se desizyon pa ou!
Pakè Anrichman pou Ete te fèt pou fanmi ka kreye aktivite ak men yo e ekspoze ti moun yo avèk eksperyans yo ka
jwenn nan pwòp kominote yo ! Plizyè nan eksperyans yo nou ka jwenn yo la a nan Oranj, epi kèk lòt nou ka jwenn
yo nan vil alantou yo. Pwofesè yo rekòmande pou itilize librèri ki nan zòn lakay ou yo epi siyen GRATIS pou
« REBEL CARD » nan librèri a pou seleksyone liv yo. Nou rekòmande tou pou retounen kèk nan aktivite nou fin fè
yo nan kòmansman ane lekòl 2013-2014 la pou pwofesè yo ka wè yo.
SONJE: Fòmasyon aktiv enpòtan pou siksè ti moun ou yo; yo aprann pi byen lè yap jwe! Kontinye stimile jan ti
moun yo panse diran mwa ete yo epi li chak jou avèk yo!
PASE YON ETE SEN E SOF!
Tab dè Matyè 1. Ete & Plaj
2. Fanmi & Zanmi
3. Transpòtasyon
4. Mwen menm, Tèt mwen & Mwen
5. Kominote & Moun kap Ede nan Kominote
6. Nitrisyon & Mache
7. Animal & Zou
8. Preparasyon pou Kindergarten
9. Materyèl pou Fòmasyon Siplemantè
a. Wèbsit Syians
b. Bokal Istwa
1. Ete & Plaj Liv ki Relate
It Looks Like Spilt Milk
by Charles G. Shaw
Rainbow Fish by Marcus
Pfisher
Sali de Paseo by Sue
Williams & Julie Vivas
Sea, Sand, Me! By
Patricia Hubbell & Lisa
Campbell Ernst
Materyèl
Koki (seashells)
Grenn diferan
Magazin
Boutèy soda
Lwil
Vinèg a bikabonad
(ajoute koulè [food
coloring] pou fè
lav (lava) la parèt
pi reyèl)
Boutèy (bokal
manba, bokal
manje pou ti moun,
etc.)
Sann
Kreyati lanmè (Sea
Creatures)
Wòch
Dlo
Aktivite Syans
Vag nan yon Boutèy
Ranpli yon boutèy soda
plastik rive nan mitan
avèk dlo ki gen ten (blue
dye) ble. Aprè, ranpli rès
la avèk lwil. Kounyè a ti
moun ou an ka fè vag lè li
panche boutèy la.
* SYANS: Fè yon papye
mache ou byen yon vòlkan
avèk ajil nan yon ti goblè.
Aprè ou ka fè volkan an
antre an eripsyon avèk
vinèg e bikabonad (ajoute
koulè [food coloring] pou
fè lav (lava) la parèt pi
reyèl).
Konsèy: Pou fè li parèt pi
Plis Aktivite
Five Little Fishies in the
Sea
Five little fishies in the sea
teasing Mr. sharky
you can't catch me
you can't catch me
Well along came Mr.
sharky (softly) as quiet as
can be
He snapped! a fish up
right out of the sea.
Four little fishies in the
sea
teasing Mr. sharky
you can't catch me
you can't catch me
Well along came Mr.
sharky (softly) as quiet as
can be
He snapped! a fish up
right out of the sea.
Aktivite Matematik
Mete objè été pou konte
nan yon kontenè. Kèk ide
se koki, grenn diferan,
linèt solèy ki gen diferan
koulè avèk fòm. Ti moun
nan ka itilize menm objè
sa yo pou triye e fè patèn
tou!
TRIYAJ
Koupe foto nan magazin
de moun kap patisipe nan
diferan aktivite. Invite ti
moun ou an ede ou triye
yo pou mete nan gwoup
aktivite pou ete e ivè.
Aprè ou fin fè triyaj la, ba
li magazin yo e kite li
chèche foto pou kont li
pou li fè yon kolaj ou byen
yon liv pou klas li de
aktivite lè gen bon tan.
reyèl, kouvri volkan an
avèk ti wòch a pousyè.
*Lanmè nan Boutèy
Sa Ou Bezwen:
Boutèy (bokal manba,
bokal manje pou ti moun,
etc.), Sann, Kreyati lanmè
(Sea Creatures), Wòch,
Dlo.
Sa Pou Fè:
Kite ti moun ou mete sann
avèk ti wòch nan yon
boutèy. Aprèsa, fè li
ajoute ti piti kreyati nan
lanmè ki fèt an plastik
avèk zèb (seaweed).
Finalman, fè li mete dlo a
sèl. Sa a va fè yon bèl
« Lanmè nan Boutèy ».
Nòt: Mete lakòl nan
bouchon boutèy yo pou ti
moun ou yo paka ouvri yo.
Three little fishies in the
sea
teasing Mr. Sharky
you can't catch me
you can't catch me
Well along came Mr.
sharky (softly) as quiet as
can be
He snapped! a fish up
right out of the sea.
Two little fishies in the sea
teasing Mr. Sharky
you can't catch me
you can't catch me
Well along came Mr.
Sharky (softly) as quiet as
can be
He snapped! a fish up
right out of the sea
One little fishy in the sea
teasing Mr. Sharky
you can't catch me
you can't catch me
Well along came Mr.
Sharky (softly) as quiet as
can be
He snapped! that fish up
right out of the sea
Now Mr. Sharky is lonely
can't you see.
Aktivite Alfabetizasyon
Rainbow Fish
(Aprè ou fini li liv:
« Rainbow Fish » la)
Sa Ou Bezwen:
Papye postè ou byen
papye konstriksyon,
napkin, jwèt zye (Googly
Eyes), papye aliminyòm
(pou fè pwason an klere
[Shiny Gills]), Penti,
Glitter, Boul koton ou
byen papye ki koupe,
Lakòl.
Sa Pou Fè:
Li liv la epi kite ti moun
ou desine pwason
lakansyèl pa yo.
Ide:
Lese ti moun ou pentire
avèk vètè ki fèt avèk
kawotchou ki atache nan
yon zen!
Plis Aktivite
* I'm a Beach Bunny
I'm a little beach bunny
look at me, living on an
island by the sea
I like to dive and I like to
swim
the fish and the sea stars
are my friends
I'm a little beach bunny
look at me, climbing to the
top of a coconut tree
I'll pick a coconut to share
with you
kiwis and bananas and
pineapples too
I'm a little beach bunny
look at me. . .Dancing the
hula. . .One, two, three
Joune
Mennen ti moun ou nan
yon jounen arebò yon plaj.
Li ka kolekte koki, bati
chato ki fèt ak sann epi
obsève kreyati nan lanmè
tankou « jellyfish » (si
genyen). Li ka tou jwe nan
sann lan avèk jwèt tankou
ti bokit, paswa ak pèl, jwe
avèk Frisbee, epi ale
chèche bagay diferan nan
yon chas o trezò (treasure
hunt). Fè yon piknik avèk
manje ou jwenn nan plaj
tankou sandwich, salad
patat avèk banann peze
(chips).
2. Fanmi & Zanmi Liv ki Relate Bear’s New Friend by Karma Wilson
Corduroy by Don Freeman
Do You Want to Be My Friend? By Eric Carle
Chrysanthemum by Kevin Henkes
How to Lose all your Friends by Nancy Carlson
The Mommy Book by Todd Parr
The Daddy Book by Todd Parr
The Family Book by Todd Parr
The Doorbell Rang by Pat Hutchins
Bertie Just Like Daddy by Marcus Pfister
Goldilocks and the Three Bears (traditional)
I’m a Big Brother/ I’m a Big Sister by Joanna Cole
My Grandma/MiAbuelita by Ginger Foglesong Guy
And The Relatives Came by Cynthia Rylant
Vokabilè
fanmi
paran
zanmi
kowoperasyon
santiman
Materyèl
Chalimo (plizyè koulè, si sa posib)
Fil, fisèl
Papye, papye postè
Kreyon, kreyon koulè, makè
Riban pou mezire
Foto diferan manb nan fanmi ou
Sizo
Ab jenealojik (Family Tree)
[Included]
Kiyè bwa ou byen (Craft sticks)
Aktivite Syans Sosyal
Fè yon manje fanmi an renmen ansanm!
Pran yon randevou pou jwe (play date) avèk
yon zanmi. Ki kote ou prale? Kisa ou pral fè?
Konsidere vizite yon mize (museum), librèri,
ou byen yon pak ansanm.
Ab jenealojik (Family Tree)- Pou sa a, ou va
bezwen foto manb fanmi ou. Koupe foto yo e
mete yo nan yon ab jenealojik (family tree)
(attached). Diskite chak manb fanmi ou e ki
jan nou relate.
Aktivite Syans & Matematik
Trase e koupe men chak moun ki nan
fanmi ou epi ekri non yo sou li. Ki
men ki pi piti? Ki men ki pi gwo?
Mete men yo an òd sòti nan pi piti rive
nan pi gwo.
Mezire otè chak manb nan fanmi ou
an pous (inch) epi itilize adeziv pou
make otè yo sou mi an. Ekri non chak
moun sou adeziv la pou otè yo. Kiyès
ki pi wo? Kiyès ki pi kout? Konbyen
pous oumezire? Eske ou ka konte rive
Teknoloji & Wèbsit
www.familyeducation.com ofri
atizana amizan ak aktivite pou fè
manje epi li gen anpil enfòmasyon
pou fanmi ak ti moun.
www.bedtimemath.org Sou sit sa a,
ou ka siyen pou fè pwoblèm
matematik chak jou pou ti moun. Pou
ti moun ki nan preschool, chwazi
Wee Ones!
www.kidzui.com gen yon lojisyèl
(browser) ki gen anpil sekirite pou ti
moun, avèk anpil jwèt, videyo ak
nan nimewo sa a?
Koupe plizyè foto manb fanmi ou, sa
ou abite avèk yo e sa ou pa abite avèk
yo. Desine yon mezon sou yon gwo
moso papye ou byen papye postè.
Kole foto fanmi ou abite avèk yo a
andedan kay la. Kole foto fanmi ou pa
abite avèk yo a andeyò kay la. Konte
konbyen fanmi ki abite avèk ou e
konbyen ki pa abite avèk ou. Dekore
foto ou la!
wèbsit ki bon pou ti moun.
Aktivite Alfabetizasyon
Spektak de Maryonèt an Fanmi (Family
Puppet Show) - Kreye yon poupe pou chak
manb fanmi an. Itilize foto fanmi yo pou
chak figi oubyen desine figi pa ou ak papye.
Koupe yo e kole yo nan yon ti bwa (craft
stick) ou byen dèyè yon kiyè bwa. Itilize
poupe yo pou kreye pwòp istwa pa nou
ansanm!
Desine e ekri yon liv de fanmi ou. Wap
jwenn yon lyen (link) la a si ou vle itilize yon
ekzanp.
http://printables.atozteacherstuff.com/downlo
ad/book_family_all.pdf
Ekri yon lèt bay yon zanmi.
Aktivite Sosyal-Emosyonèl
Fè yon braslè avèk chalimo e fil pou
tèt ou e yonn pou chak zanmi ou.
Koupe chalimo a an ti pyès ki mezire
yon pous (1 inch). Mete fil la andedan
chak ti moso chalimo a. Koupe yo fòs
yon braslè.
Aprè ou fin li, How To Lose all Your
Friends by Nancy Carlson, diskite jan
yo aji nan liv la. Kòman nou sipoze
trete zanmi nou? Kòman ou santi ou lè
zanmi ou ba ou kou, pa separe, etc.?
3. Transpòtasyon Liv ki Relate
-The Big Book of Transportation By
-My Car By: Bryton Barton
-School Bus BY Donald Crew
-Trucks By Donald Crew
-I love Trucks by Philemon Sturges
-The Mighty street Sweeper By: Patrick Moore
-Cars and Trucks and things that go By: Richard
Scarry
-The truck Book By Harry MaNaught
-Go, Dog, Go By: P.D Eastrman
-My Big Train Book
-Thomas and Friends
-Freight Train
-The Fire Engine book
-Little toot By HardieGramatky
-Boats By Byron Barton
Materyèl
Kat avèk foto transpòtasyon
Katon ze ki vid
« Cure-pipe » (Pipe cleaners)
Lakòl
Foto machin (A car print out)
Ti machin /plastik ki laj
Transpòtasyon
Papye
Bouchon boutèy
Fil
Bwat ki resikle (Recycled)
Makè
Liv ki relate ak transpòtasyon
Aktivite Matematik
1. Nimewo Pakin
Itilize machin piti e ekri nimewo sou tèt yo,
epi sou yon moso papye ki kare. Desine lin
sou paye a tankou plas pou pakin aprèsa mete
nimewo sou plas yo avèk menm nimewo sou
machin yo. Kite ti moun nan kondwi ale sou
plas ki gen menm nimewo yo.
2. Teknoloji Syans, Jeni e Matematik
Avèk sipèvizyon, bay ti moun nan kenpòt
transpòtasyon ki laj e fèt an plastik (machin,
bis, kamyon) avèk yon tounevis
(screwdriver). Kite ti moun nan retire vis yo e
dekole transpòtasyon an e vise li ansanm
ankò. Pran yon foto transpòtasyon an pou ti
moun nan ka refere a sa ki sanble
transpòtasyon anvan li te dekole.
Tren Katon Ze
Materyèl – Katon Ze (koupe chak tas ze) «
Cure-pipe » ou byen fil.
Deskripsyon- nan chak tas ze, ekri nimewo
(yon nimewo pa tas) fè ti moun nan mete fil
nan tas ze yo avèk nimewo yo nan òd yo
sipoze ye a. Ti moun nan ka konte e matche
sirèt (jelly beans) ou byen kenpòt lòt bagay
piti a nimewo ki nan tas ze a.
Aktivite Alfabetizasyon
1. Jwèt: « Devine Transpòtayon an »
Materyèl: Kat a foto transpòtasyon.
Deskripsyon: sou yon fich (index card) mete yon
foto transpòtasyon avèk mo deskriptiv pou
transpòtasyon sou kat la. Kite ti moun nan devine
ki transpòtasyon li ye baze sou ide kap bay yo.
Tren Katon Ze
Materyèl – Katon Ze (koupe chak tas ze) « Cure-
pipe » ou byen fil.
Deskripsyon- nan chak tas ze, ekri lèt ki nan non
ti moun nan (yon lèt pa tas) fè ti moun nan mete fil
nan tas ze yo avèk lèt yo nan òd yo sipoze ye a.
Aktivite sa a ka fèt avèk mo epi avèk non a prenon.
2. Alfabetizasyon et Atizana: Fè liv
transpòtasyon Ti moun ka fè pwòp liv transpòtasyon pa yo si yo
koupe diferan fòm de foto sou transpòtasyon, kole
yo nan yon fèy papye epi asiste yo pou ekri non
transpòtasyon an.
3. Diskite Liv yo aprè nou fin li yo sou diferan
sòt de transpòtasyon. Depann sou laj ti moun yo ou ka ajiste kòman pou
« li » liv sa a.
* Mande ti moun yo pou yo dekri sa yo wè nan
foto yo avèk sa kappase.
* Ki non transpòtasyon yo?
Atizana & Jwèt Kreyativ
1. Kreye yon limyè sikilasyon (traffic
light) ansanm
Materyèl: kenpòt bagay nan kay la ki
koresponn a koulè limyè sikilasyon
(Wouj, Jon, Vè).
Deskripsyon: Itilize materyèl ki nan
kay la pou fè limyè sikilasyon an epi
an fanmi jwe limyè wouj/limyè vè.
Pandan wap kreye limyè sikilasyon an
ansanm, pale ak ti moun ou de koulè ki
nan limyè yo e sa chak koulèyo vle di.
Pale tou sou lòt bagay ki ka gen menm
koulè. Ti moun ki pi gran ka fè son mo
yo e ekri yo sou yon moso papye pou
poste sou koulè ki koresponn avèk yo.
2. Kreye yon transpòtasyon
Materyèl: Bwat ki resikle a kontenè,
lakòl, fil, tout sòt de moso atizana a
bouchon boutèy.
Kite ti moun yo kreye pwòp
transpòtasyon yo.
Chante a « Fingerplays »
The wheels on the Bus Goes Round and
Round
Little Red Caboose
Down By the station
Wagon
Lonely Bus Driver
Get A Ticket
Flying Man Flying Man
Joune
1. Pran yon tren epi pran yon bis; e kolekte
tikè yo, ti moun yo ka konpare tikè pou
diferan sòt de transpòtasyon.
2. Vizite “Imagine That” ki nan Parsippany,
yo gen diferan sòt transpòtasyon ti moun a
eksplore.
3. Vizite “Ikea Parking Lot” nan Elizabeth
pou gade avyon kap pran vòl.
* Ki moun ki kondwi diferan sòt transpòtasyon
yo?
* Ki kote transpòtasyon fèt? (tè, lè, lanmè, ray)
*Konbyen moun ki ka jwenn plas nan yon gwo
transpòtasyon vs yon transpòtasyon ki piti ?
* Konbyen wou li genyen?
4. Jwèt Machin Alfabè
Materyèl: Foto yon machin pou koupe, alfabè A-Z
nan lèt majiskil e miniskil koupe an sèk.
Deskripsyon: ti moun yo dwe jwenn lèt ki matche
lèt majiskil e miniskil yo lè yo mete lèt yo nan plas
kote wou yo sipoze ye sou machin kite prente a.
Aktivite pou Devlope « Muscle » Piti &
« Muscle » ki Gwo (Gross Motor & Fine
Motor)
1. Pentire kawotchou – Sou yon gwo moso papye,
kite ti moun nan mete machin nan nan penti epi
kouri wou machin yo sou papye a pou kreye
diferan tras.
[Fine Motor] (devlope « muscle » ki piti yo)
2. Ti moun ka itilize pat (play dough) pou kreye
transpòtasyon yo vle.
3. Lave Machin (Car Wash) – ti moun ka itilize
kiyè (scooper) pou retire ti machin nan yon bòl ki
genyen dlo a savon.
4. Mwen menm, Tèt mwen & Mwen Liv ki Relate
I Like Me
What I Like About
Me
Leo the Late
Bloomer
When I Feel Good
About Myself
Chocolate Me
Materyèl
Fil
Mèt riban
Adeziv
Lakòl
Papye
Makè,
kreyon,
kreyon koulè
Loup
Kaye ki pa
toksik (Non-
toxic ink
pad)
Papye
konstriksyon
[Hole
puncher]
Papye postè
Katon ze
Grenn
vejetab ak flè
Sizo
Pwa
Aktivite Matematik
1. Ki otè mwen ye? Fè ti moun ou an kanpe
e kenbe yon fil sou kò
li. Si gen lòt frè ak sè,
yo ka patisipe. Tepe fil
la a tè a. Kite ti moun
nan itilize yon mèt riban
pou mezire longè fil la.
Ede ti moun nan ekri
meziman li sou papye.
Ti moun ka konpare
pou wè kilès ki pi wo
ou byen pi kout.
2. Konte Katon Ze Prente nimewo 1-12 sou
yon moso papye. Koupe
chak nimewo, klipe
kwen yo pou yo ka
antre nan chak
konpatman ze. Tepe
yon nimewo nan chak
katon ze. Ranpli pati
anlè kontenè ze a avèk
pwa sèch. Travay avèk
ti moun ou an pou konte
konbyen pwa pou mete
nan chak konpatman.
Aktivite Syans
1. Eksplorasyon Anprent
Ou va bezwen:
Papye Blan
Kaye ki pa toksik (Non-toxic ink
pad)
Loup pou ti moun ki nan
Preschool
Kreyon
Fè ti moun ou an itilize loup la
pou gade pwent dwèt li. Mande ti
moun nan pou dekri sa li wè sou
pwent dwèt li. Ede ti moun ou an
itilize kaye ki pa toksik la pou
anprent sou papye a. Ankouraje ti
moun ou an pou fè anprent tout
dwèt li yo. Fè ti moun ou konnen
ke chak moun nan mond lan gen
anprent ki diferan.
2. Jaden Mwen
Kreye yon jaden vejetab ou byen
flè. Ti moun ou an ka gade jan
plant yo grandi e desine foto chak
semèn pou montre kòman plant
yo ap grandi.
Aktivite Syans Sosyal
1. Ab Jenealojik Mwen
Kreye yon ab jenealojik avèk ti
moun ou.
2. Batisman/Kay nan Vwazinaj
Mwen
Fè yon ti mache nan vwazinaj ou a
e ede i moun yo pou idantifye
diferan sòt de batisman/kay/mezon
ou byen biznis. Fè yo di ou kèk
bagay yo ka wè ou jwenn nan
batisman yo.
Aktivite
Alfabetizasyon
1. Li Amizan
Li yonn nan liv yo
e fè ti moun ou an
desine yon foto de
yon bagay li te
vrèman renmen nan
istwa a. Ankouraje
ti moun ou an pou
ekri mo pou foto
yo.
2. A se pou…
Kreye yon liv
alfabè avèkti moun
nan de enfòmasyon
de li (All About
Me). Liv sa a kapab
baze sou bagay ti
moun nan pi
renmen (pa ekzanp,
premye paj ka
make Aa, avèk yon
foto de yon bagay ti
moun nan renmen
ki kòmanse pa Aa,
aprèsa lòt paj la se
Bb etc.) Ou ka
travay nan liv sa a
pou de semèn ou pi
plis ke sa.
Plis Aktivite
1. Postè Mwen
menm, Tèt mwen
& Mwen
Kreye yon postè
avèk non ti moun an
adrès, laj, nimewo
telefòn li. Ede ti
moun ou an ekri
enfòmasyon an sou
postè a. Desine foto
bagay li pi renmen,
ou byen koupe foto
nan magazin e kole
yo nan postè a.
2. Tèt, Epòl, Jenou,
e Dwèt Pye
Ede ti moun ou an
desine foto pati nan
kò li, fè ti moun nan
di non pati kò li.
Ekri kòmansman son
lèt yo a kote chak
pati nan kò li.
Joune
Vizite librèri a pou
jwenn liv ki relate a sijè
Mwen menm, Tèt
mwen & Mwen. Fè yon
joune nan mize ki pi pre
kay ou.
Wèbsit & Lyen
Wèbsit sa yo gen liv ou ka prente
avèk aktivite sou sijè a:
http://prek8.com/english/writing/
minibook1.html
http://www.kidprintables.com/alla
boutme/
Wèbsit sa a gen kèk aktivite sou
Mwen menm, Tèt mwen &
Mwen:
http://www.starfall.com/n/level-
b/me/play.htm?f
Aktivite Sosyal-Emosyonèl
1. Kat Emosyon
Mande ti moun nan, « Kòman ou
santi ou jodi a? » Make repons epi
kreye yon kat. Fè ti moun nan
desine foto kòman li santi li. Pale
avèk ti moun nan pou li kapab di
ou pouki li santi konsa a.
2. Mwen Spesyal Paske...
Fè yon jwèt avèk ti moun ou yo.
Di li pou li kapab fini fraz sa a:
« Mwen spesyal paske… » Make
repons yo.
5. Kominote & Moun kap Ede nan Kominote Liv ki Relate
-When I Grow Up by Tina Louise &
Oliver Corwin
-Community Helpers from A to Z by
Bobbie Kalman
-A Day in the Life of a Police Officer
by Linda Hayward
-A Day in the Life of a Teacher By
Linda Hayward
-Macy Goes to the Library by
Cambridge, MA
Materyèl
Foto moun kap ede nan
kominote avèk inifòm sou
yo.
Nimewo ki déjà koupe,
anvlòp, lèt, sembòl, klasè.
Po ze, ji zoraj, soda, lèt, dlo.
Ekzanp kourye (Mail),
ekzanp adrès.
Balans (Measuring scale),
bwat, tenb.
Poupe (Stuffed animals),
inifòm doktè pou jwe
(pretend), stetoskop.
Gwo lakrè (Sidewalk chalk),
boutèy dlo, bwat ble, lapòs
ki fèt an bwat, infòm faktè.
Plum, kreyon, kaye.
Tuyo an plastik pou plonbri,
vantouz (plungers).
Ekzanp machin, etikèt, jwèt
kòb.
Machin diferan pou
konstriksyon, pentu, papye.
Ekzanp plak, moso papye
avèk lèt ki ekri, lèt fèt a
Aktivite Syans
1. Efè Move Manje
sou Dan
Pran plizyè moso po ze.
Tranpe yon moso diran
sware nan yonn nan likid sa
yo: ji zoranj, soda, lèt, a
dlo. Nan demen maten,
obzève chak kontenè a efè
likid yo te genyen sou po
ze yo. Pale sou kòman po
ze yo reprezante dan ou e
sa yo se efè likid yo va
genyen sou dan ou lè ou
bwè yo. Aprè ou tranpe yo
pandan sware a, dlo a ak lèt
la pap gen anpil efè sou po
ze yo pandan soda a ap fè
tach maron parèt sou po ze
yo. Pandan ou ap itilize dan
an, pale a ti moun yo de
kari (cavities) a enpòtans
pou vizite dantis.
Ankouraje yo e pale pouki
dantis enpòtan e sa yo fè
pou ede moun.
2. Kòman Kourye
Aktivite Matematik
1. Jwèt Matche
Chèche objè ou byen foto
ki koresponn a diferan
moun kap ede nan
kominote a (bwat kourye,
chèz dantis, machin
ponpye, etc.). Anplis,
chèche foto moun kap
ede avèk inifòm. Aprè,
ankouraje ti moun yo pou
yo matche objè yo a foto
yo (i.e. Machin ponpye
avèk ponpye yo).
2. Faktè
Koupe anpil mòso bwat
postal. Mete nimewo, lèt,
ou byen senbòl sou chak
bwat postal. Aprè, pran
anpil anvlòp (oo byen
itilize papye konstriksyon
e fè pa ou) pou fè kourye
e mete yon nimewo, lèt,
ou byen senbòl ki
koresponn sou li. Fè ti
moun yo matche kourye
a avèk bwat postal ki
mous.
(Mail) Travay
Pale avèk ti moun yo sou
kòman kourye travay. Di
yo se jis yon gran jwèt pou
matche. Moun kap separe
yo matche vil/kòd postal
nan vrè lokasyon yo, epi
faktè yo separe yo matche
yo ou byen delivre yo nan
adrès yo sipoze ye a. Itilize
kourye ou pa bezwen pou
ede ti moun yo jwenn
vil/kòd postal yo ye avèk
tenb, adrès, a adrès pou
retounen lèt la.
koresponn avèk li.
Aktivite Alfabetizasyon
1. Aprobasyon Dantis
Koupe de gwo dan a papye
konstriksyon blan avèk anpil ekzanp
manje ki bon pou ou a manje ki pa
bon pou ou nan jounal mache yo.
Aprè, ankouraje ti moun ou pou
separe manje dantis la tap dakò pou
manje. Make « bon manje » nan yon
dan e « move manje » nan lòt la epi
fè ti moun ou an kole foto manje sou
dan ki apwopriye a.
2. Moun kap Ede Machin
Machin a zouti ede moun travay e
jwe. Mande ti moun ou an pou li
panse a tout machin e zouti li ka
jwenn lakay la. Pandan yap site non
Aktivite Sosyal-Emosyonèl
1. Balans pou Kourye
Itilize balans ki gen lakay la (balans
kwizin, balans twalèt, etc.), kite ti
moun nan fè pwòp kourye li e peze
li. Mete kourye a nan bwat ou byen
kontenè menm jan yo fè lapòs.
Apresa, ti moun nan ka mete tenb
(yo ka itilize kenpòt etikèt) an
kontan konbyen tenb pou chak
kourye. Fè yo sonje ke depi kourye a
gwo, se plis tenb kourye a ap
bezwen. Pou plis amizman, ti moun
ou an ka fè tankou li se yon faktè
kap delivre kourye bay manb fanmi
e zanmi li nan kominote a.
2. Lopital Poupe
Kite ti moun fè tankou li se yon
Aktivite Syans Sosyal
1. Etèn Dife yo!
Itilize gwo lakrè wouj e
jon. Desine flanb dife sou
twotwa a ou byen ale a e
kite ti moun an etèn yo
avèk dlo.
2. Ide Plonbe
Bay ti moun ou an anpil
tuyo plastik (ou ka achte yo
bon mache ou byen fè yo a
papye ijyenik ou papye
napkin) e ankouraje yo pou
yo jwe e bati kay ak yo.
Montre yo e eksperimante
kòman dlo e/ou byen objè
yo soti nan tuyo yo. Pale
sou plonbe e kòman lè tuyo
Plis Aktivite
1. Bay plizyè
diferan machin
konstriksyon.
Kite ti moun nan
fè mak katchou lè
li woule machin
nan pentu e
aprèsa sou papye.
2. Jwèt Plak Machin
pou Polis
Mande ti moun ou an pou
li fè tankou lap kondwi
yon machin polis. Mete
yon moso papye avèk
yon lèt ekri sou li ki
plake sou do chofè a. Ti
yo, fè yon lis sou yon moso papye.
Aprè, mache lakay la e tcheke tout
machin e zouti kite nan lis la. Pandan
wap tcheke yo, diskite kòman
machin e zouti yo travay.
3. Lapòs
Kyere yon lapòs ki piti sou yon tab
avèk papye, anvlòp, a etikèt. Yon
postè ki montre konbyen chak bagay
koute (kole peni [pennies] akote
chak bagay). Ti moun yo dwe konte
konbyen peni yo bezwen pou
« achte » materyo yo bezwen itilize
yo. Ti moun yo dwe « ekri » yon lèt
bay yon moun kap itilize materyo ke
yo achte yo.
doktè ou byen veterinè avèk poupe.
Mete poupe nan klinik lakay ou,
ankouraje ti moun yo pou yo yon
doktè ou byen enfimyè kap pran
swen malad. Li ka fè tankou lap fè
operasyon ou byen konfòte poupe
yo. Pale sou kòman poupe yo ye lè
yo malad e sa ki fè santi yo konsa a.
Poze yo kesyon tankou : « Kòman
poupe yo ap santi yo lè yo geri?
Pouki? »
yo kase ou byen bouche,
yon plonbè ka ede ranje yo.
3. Lapòs nan Chanb
Pentire yon gwo bwat ble
ou byen itilize papye
konstriksyon ble pou bati
yon bwat postal. Epi koupe
li pou li gen twa bò avèk
yon fenèt. Ou ka fè yon
lapòs si ou fè yon sin ke ti
moun ou ekri: « Lapòs ».
Anplis, ou ka ajoute yon
bwat ki plen ak anvlòp,
tenb (etikèt), plum/kreyon,
kaye, etc.
moun nan kondwi arebò
tab la e stasyone nan plas
li. Aprèsa, ti moun nan
jwenn lèt ki sou do li a
nan yon pil kat ki gen lèt,
lèt ki gen leman, ou lèt ki
fèt an mous. Repete sa
pandan ou ap itilize yon
nouvo lèt chak fwa.
Wèbsit & Lyen:
http://www.everythingpreschool.com
http://www.prekinders.com
Joune
Fè yon joune ale nan:
1. Bank
2. Librèri
3. Makèt
4. Stasyon Polis
5. Doktè ou byen Dantis
6. Mezon Ponpye
7. Salon bote ou byen salon
kwafi
8. Stasyon Televizyon ou
Radyo
9. Palè Jistis
10. Ayryopò
11. Fèm
12. Restoran
6. Nitrisyon & Mache
Liv ki Relate
Eating the Alphabet , Fruits
and
Vegetables from A to Z by
Lois Ehlert
To Market, To Market by
Anne Miranda
The Doorbell Rang by Pat
Hutchins
The Carrot Seed by Ruth
Krauss
Don’t Forget the Bacon!
By Pat Hutchings
Mo Vokabilè
Charyo
mache
(Shopping
cart), lin pou
peye, ale
(aisle), etaj,
boulanje,
konjelatè
(freezer), sin,
kès lajan,
kliyan, kesye
(cashier), pèz
Materyèl
Bwochi pou achte manje
chak semèn avèk foto fwi
ak vejetab
Etikèt ki sòti sou mamit
ki resikle, sereyal a bwat
biswit, koupon
Bon fwi ak vejetab
(separe, konte, patèn
koulè, etc.)
Boutèy dlo/soda vid ki
resikle ki fèt an plastik ki
klè avèk bouchon
Lwil vejetab
Boutèy vid ki resikle &
bwat (lit [quart], pent
[pint], galon, liv [pound]
a douzèn)
Sizo
Makè
Kreyon koulè
Kreyon
Lakòl
Kaye
Papye konstriksyon
Règ pou mezire
Loup
Liv a magazin ki gen pou
Aktivite Sosyal-
Emosyonèl
Nan mache a, ti
moun ak
granmoun ka
pratike kanpe
nan lin youn
aprè lòt.
Eksplore kòman
moun peye nan
mache a – peye
a mete pwodwi
nan sachè.
Aktivite Matematik
Fè yon lis bagay pou
achte e fè ti moun ou
desine foto yo epi
ekri mo yo ou byen
koupe imaj nan yon
bwochi mache e kole
yo sou lis la.
Konte/separe e
matche fwi/vejetab
avèk lòt bagay ou
jwenn lakay la.
Kreye yon (AB ou
byen ABC) patèn sou
yon plat avèk de ou
byen twa diferan typ
de fwi ke ou koupe
an ti mòso, pòm,
rezen, pòm, rezen,
pòm, rezen, etc...
Inite a Mezi: Ekri mo
sa yo: lit [quart], pent
[pint], galon, liv
[pound] a douzèn.
fè a nitrisyon/mache. Pwente diferan
meziman/dimansyon
pou ti moun yo nan
mache a.
Aktivite Alfabetizasyon
Fè yon resèt pou
soup. Ti moun yo
ka panse sou sa nap
bezwen e desine yo
sou papye.
Revize lèt yo an
itilizan bagay nou
jwenn nan mache.
Ekzanp: A is Apple,
B is beans, C is
celery, fresh and
green, D is
doughnut, E is
Egg…….
Idantifye e dekri
diferan sòt prent ki
nan anviwònman
mache a.
Koupe etikèt ki sòti
nan ti mamit,
sereyal a bwat
biswit, koupon a lòt
objè yo prente nan
Aktivite Syans
Eksplore
pouki li bon
pou moun
manje anpil
fwi a vejetab.
Ekzamine
diferan grenn
fwi a vejetab
anba yon
loup.
Bay anpil
diferan likid,
boutèy soda
vid ki fèt an
plastik ki klè
avèk
bouchon,
avèk lwil
vejetab. Kite
ti moun yo
melanje
diferan likid
ansanm nan
boutèy,
Aktivite Syans Sosyal
Pran diferan ekzanp de
manje ki soti toupatou
nan lemond. Di pouki
diferan manje vle di
diferan bagay pou
diferan moun. Itilize
senk sans yo pou
eksplore e goute diferan
manje.
Wèbsit & Lyen
www.nourishinteracti
ve.com/nutrition-
education-printables
preschoolalphabet.blo
gspot.com/2011/06/hea
lthy-or-food
www.kidsparkz.com/s
upermarket.html
pbskids.org/arthur/ga
mes/groovygarden/inde
x.html
Plis Aktivite
Plante e pran swen
plant duran ete a.
Ki bagay nan mache
ki ka bezwen etaj ki
pi wo?
Kòman ou panse
mache jounen jodi yo
ka fèt pi byen ?
Idantifye bagay ki
gen menm son. Ex:
cake and bake
mache. Ankouraje ti
moun yo pou
identifye lèt,
nimewo, a mo yo
konnen. Kole yo
nan yon gwo papye
pou poste.
obzève
kòman koulè
yo chanje
chak fwa.
Kite ti moun
yo di ou sa ki
pral pase lè
ou ajoute
lwil nan
melanj la.
Joune
Anpil vwayaj nan
mache (Shop Rite,
PathMark, Whole
foods, Bravo, Food
Town, Extra, etc…)
Fè yon lis tout plas ou
vizite nan mache a epi
manje a lòt bagay ou ka
jwenn nan chak. Aprè,
revize e diskite lis la.
7. Animal & Zou Liv ki Relate
Zoo Animals
Good Night Gorilla
Zoo Animals
Alphabet of Zoo Animals for Kids
Dear Zoo
The Zoo Book
The Underpants Zoo
The View at the Zoo
Wild about Book
Deer Mouse
Materyèl
Yon sachè bonbon (animal
cookies)
Ze nimewo douz ou byen boul
Ping Pong
Foto animal (National Wildlife
bon)
Plat Papye
Fil oranj, jon, mawon a wouj
Boul koton jon
Makè
Kreyon koulè
Lakòl
Papye konstriksyon
Ti sachè pou dejene (blan ou
byen mawon)
Zye plastik
Bwat resiklaj a kontenè
Diferan bagay pou atizana
Aktivite pou Devlope « Muscle » Piti & «
Muscle » ki Gwo (Gross Motor & Fine
Motor)
1. Mouvman Animal
Ankouraje ekspresyon kreyativ ti moun yo
avèk moucman a aktivite preschool sa a :
Deskripsyon: Mande ti moun nan pou li fè
mouvman tankou animal diferan. Ou ka jwe
li tankou « charades », mete nan inite zou ou
byen fè yon parad. Ou ka ajoute son, pou
kalme ti moun yo a la fen. Chwazi animal ki
glise tankou koulèv ou byen chat kap swiv
moun ou byen chwèt (owl) kap vole an
silans.
Fine Motor (Devlopman « Muscle » Piti)
2. Ti moun yo ka itilize pat (play dough)
pou kreye animal yo vle.
Yo ka koupe foto animal tou pou fè yo pi
sanble toujou. Atache yo nan pat tankou
poupe ki fèt ak papye.
Aktivite Alfabetizasyon
1. Jwèt: « Devine Animal la »
Bonbon ki fèt nan fòm animal fè jwèt sa a amizan
e yon plezi pou « preschoolers » pandan yap
aprann de animal. Ou ka adapte li pou ti moun ki
pi gran ki ka jwe « charades ».
Deskripsyon: ba yo yon sachè bonbon animal e
envite ti moun yo pou yo pran bonbon nan sachè a
yonn aprè lòt. Ti moun ki pi piti ka fè bri ou byen
mouvman animal yo fè a. Ti moun ki pi gran ka
devine ki animal yo genyen. Ti moun ki pi gran ki
ka konprann « charades » ka fè tankou animal la
kenpòt jan yo vle. Ti moun ki gen plis ke 8 ane ka
fè yon jwèt tankou « Pictionary » pandan yap
itilize yon pano ou byen papye.
Komantè: Ou mèt manje animal la aprè ou devine
li!
2. Alfabetizasyon e Atizana: « Liv Zou »
Fè ti moun ki nan kindergarten a ti moun ki pi gran
eksperimante yon zou san yo pa ale nan yon zou.
Deskripsyon: Paran va mande ti moun yo pou ekri
istwa pa yo de ki animal yo ta renmen wè nan yon
zou (ti moun pi piti ka desine animal pa yo) e fè yo
desine li. Lè yo fini, fè yo pataje liv yo a ak manb
fanmi yo si yo vle. Ti moun yo ap benefisye lè yo
tande istwayo e ekri pa yo.
Komantè: Paran yo ka fè kouvèti liv yo ak de fèy
papye ki du e kole de pwent yo ansanm. Aprè, fè ti
Atizana & Jwèt Kreyativ
1. Lyon ki fèt a Plat Papye
Pandan aktivite pou ti moun piti sa a,
yo devlope « Muscle » piti yo e fè yo
kreyativ.
Deskripsyon: Itilize plat papye kòm tèt
lyon. Kole boul koton jòn ou byen fil
an koulè otou plat la pou krinyè
(mane) lyon an. Fè ti moun yo desine e
kolore figi lyon an. Koupe zòrèy yo a
papye konstriksyon e kole yo anlè plat
papye a. Si ou vle, koupe zye lyon an
pou fè yon mask!
2. Poupe Animal Domestik
Ti moun yo ka kreye yon figi animal
domestik nan fon sachè a e dekore
rèsw sachè kòm kò yo.
Montre yo kòman yo ka itilize sachè a
kòm poupe.
3.Kreye yon Animal Domestik
Kite ti moun nan kreye pwòp animal
domestik li! Itilize kenpòt materyèl
atizana ou ka jwenn lakay la e
ankouraje yo pou yo itilize
imajinasyon e kreyativite yo pou kreye
pwòp animal domestik yo.
Aktivite Syans & Matematik
1. Patèn Bonbon Animal
Bay ti moun yo yon sachè bonbon animal e fè
yo fè yon patèn avèk fòm animal yo. Pou ti
moun ki trè jèn, kòmanse yon patèn AB sou
fèy papye blan epi gade pou wè si yo ka fini
li. Ti moun piti yo tou ka fini fè patèn ki fin
fèt pou yo. Pou ti moun ki pi gran, fè yo fè
patèn ki pi difisil san yo pa itilize fèy papye
blan.
2.Syans Teknologi, Jeni a Matematik
Ti moun yo va chèche konnen ki sa ki pa bon
nan yon istwa e fè yon bagay pou ranje
pwoblèn nan. Ti moun yo va kontan pou
kontwole aktivite sa a.
Yon Douzèn Ze
Mete nimewo sou douz ze ou byen boul Ping
Pong 1 a 12 avèk penti ou byen yon plum. Fè
ti moun nan mete ze yo nan òd nimerik nan
yon katon ze. Pou fè aktivite sa a pi fasil pou
ti moun pi piti, ekri nimewo yo anba chak
seksyon nan katon ze a.
moun yo desine kouvèti a.
3. Diskisyon Liv: Depann sou laj ti moun yo, ou ka ajiste kòman ou
« li » liv sa a.
* Mande ti moun yo pou dekri sa yo wè nan desen
yo e sa kap pase.
* Ki non animal yo?
* Ki moun ki gen flash la?
* Ki karyè li? Yon moun kap travay nan zou.
* Ki lè li ye nan jounen an : lajounen ou byen
lannwit?
* Ki kote animal yo ap ale lè yo soti nan kaj yo?
* Pouki gen de paj ki tou nwa avèk zye kale?
* Kiyès ki retounen animal yo nan zou a?
* Sa ki rive aprè?
* Kiyès ou panse ki manje fig la: goril la ou byen
sourit la?
* Ki bagay ki andedan kaj animal yo?
* Gade kay ki nan vwazinaj yo lè animal yo
apwoche, kisa ou wè? Eske kay yo sanble yo gen
sipriz?
4. Jwèt : « Map panse a yon animal
domestik… »
Sa a se yon sòt de jwèt « I-spy » pou devine!
Map panse de yon animal domestik ki gen 4 pye,
zorèy, e jape (Ki non animal al ?)
Joune
Turtle Back Zoo- Antre GRATIS lè MADI.
Turtle Back Zoo Hours and Entrance Fees
Bronx Zoo- Antre GRATIS lè MÈKREDI
Bronx Zoo Hours and Entrance Fees
Amizman Fè Manje:
1. Sandwitch Figi Animal Ti moun ka amize yo pandan yap kreye
animal pou manje ak aktivite sa a.
Eseye sandwitch sa yo pandan sijè sirk
(circus) a zou ou byen pou semèn
animal domestik.
Materyèl: Pen, manba, rezen, pikliz,
kawòt, kouto plastik a bagay pou grate
kawòt.
Deskripsyon: Kite ti moun yo fè figi
snadwitch animal yo pou [sanctum].
Ba yo chak yon tranch pen e fè yo
mete manba ladann. Kite yo mete
rezen nan mitan tranch pen an pou fè
zye a nen. Aprè, ba yo pikliz (pickles)
pou ajoute moustach e kawòt grate pou
fè plum.
2. Foumi sou Bis Fig Manje Fig: Yonn nan bagay ki pi fè
moun ri nan liv la se lè ti sourit la rale
fig li a kite mare nan yon fil nan istwa
a. Se yon bon eskiz pou fè yon ti manje
ki amizan e Peggy Rathmann gen yon
bon ti resèt ke ti moun ka ede prepare.
Klik sou lyen sa a ki anba a pou wè
resèt la…Ants on A Banana Bus
Recipe
Songs and Finger plays
5 LITTLE MONKEYS - an action chant
(have the children make a large circle.)
5 Little Monkeys sitting in a tree (have the
children bend their knees as if sitting down)
Teasing Mr. Crocodile, "YOU CAN"T
CATCH ME!" (have the children wave their
index finger back and forth)
Along came Mr. Crocodile HUNGRY as can
be (have the children move around the circle
opening and closing their arms to resemble a
crocodile's mouth)
AND SNAPPED! that monkey right out of
that TREE! (have the children clap their
hands on the word "SNAPPED!")
Repeat the above counting down: 4, 3, 2, 1
Last verse:
No little monkeys sitting in the tree,
None to tease the crocodile, "YOU CAN'T
CATCH ME!!"
Along came Mr. Crocodile looking for his
lunch!
There were NO little monkeys to MUNCH!
~Original Author Unknown
WHAT CAN A MONKEY SEE FROM A
TREE? (to the tune of "Skip to My Lou")
What can a monkey see from a tree?
What can a monkey see from a tree?
What can a monkey see from a tree?
He can see a __________ from a tree!
~Original Author Unknown
8. Preparasyon pou Kindergarten Liv ki Relate
- Kindergarten Here I Come By D.J
Steinberg
- Mrs. Bindergarten Gets Ready For
Kindergarten By Joseph Slate
- The Berenstain Bear’s Go to School
By Stan & Jan Berenstain
- First Day Jitters by Julie Daneberg
- Kindergarten Rocks! By Katie Davis
- The Kissing Hand By Audrey Penn
- Look Out Kindergarten, Here I Come
By Nancy Carlson
- Wemberly Worried by Kevin Henkes
- The New Bear At School By Carrie
Weston
- Off to Kindergarten By Tony
Johnston
- Tiptoe Into Kindergarten By
Jacqueline Rogers
- Lucy and the Bully By Claire
Alexander
- One By Kathryn Otoshi
- The Night Before Kindergarten By
Natasha Wing
- Countdown to Kindergarten By
Alison McGhee
Materyèl
Enstriman pou yo
ekri (Kreyon koulè,
makè, kreyon)
Papye bouyon,
papye òdinatè, &
papye konstriksyon
Plizyè diferan objè
ki gen lakay la ki
vini an doub
(Chosèt, kiyè, jwèt,
etc.)
Etikèt an koulè (dot)
Boul koton an koulè
or byen (pompoms)
De (Dice)
Domino
Je (Board games)
Bwat soulye
Kòd a sote
Jounal (kaye, kaye
pou konpozisyon, ou
byen anpil papye ki
klipse ansanm)
Aktivite Matematik
- Jwe yon jwèt senp lakay la,
tankou « Konbyen pa li pran pou
rive nan…bwat kourye a, frijidè
a, sou sòl la, etc.? » Aprè, ou ka
fè ti moun ou an ekri nimewo yo
nan yon papye ki gen chif ou
byen itilize kont (tally marks)
pou konnen konbyen pa. Aprèsa,
ou ka konpare sa ki pran plis pa?
Mwens? Menm fòs?
- Fè ti moun ou an ede ou separe
bagay pa koulè yo, mezi yo, a
fòm yo (lavaj [laundry], blòk,
kiyè, jwèt, a lòt bagay ki cnan
kay la ki bon pou itilize).
- Montre ti moun ou fè diferan
patèn (wouj, ble, wouj, ble).
Etikèt nan « garage sale » ou
byen « pom-poms » atizana bon
anpil pou sa.
- Pratike konte byen fò rive sou
ven 20 pandan wap kondwi
machin ou byen pandan wap
mache.
- Chèche diferan fòm. Pwente sèk,
triyang, kare, a rektang bay ti
moun ou an pandan wap mache
ou byen al nan mache.
Aktivite Sosyal-Emosyonèl
- Pale a ti moun ou sou
entimidasyon
(bullying). Kite li ekri
sou sa lap fè si yon
moun ap entimide li.
Epitou, ankouraje li
pou li ekri pou li PA
entimide lòt moun.
- Itilizesachè mawon
pou fè poupe, itilize
poupe pou sèvi kòm
yon modèl pou kòman
moun aji byen. Ou ka
tou itilize poupe yo
pou kreye senaryo ki
aprann ti moun ou
rezoud pwoblèm e
kòman pou jwenn
solisyon a pwoblèm
yo.
- Jwe e pran tou. (Ex.
Chutes & Ladders,
Candy Land, etc.)
- Pale sou diferans ki genyen ant
anlè/anba, sou/anba,
andedan/deyò, dèyè/devan,
anlè/anba, akote/soukote,
etèn/ouvri, ale/rete.
- Jwe domino a lòt jwèt kote ti
moun nan ka woule yon de e
konte konbyen spas pou yo
mouv!
Refere a kalandriye a souvan. Pale
sou joune semèn yo, dat, konte
konbyen jou ki rete pou yon
evènman rive.
Aktivite Alfabetizasyon - Kreye yon bwat pou mo ki rim
(rhyme). Mete objè yo nan yon bwat
ki rim (rhyme). Ankouraje ti moun ou
an pou chwazi yon objè pou yo ka
jwenn rim ki matche li. Pa ekzanp,
mete yon plum a nimewo 10 nan bwat
la, ou byen yon koki a yon klòch
(shell and a bell, sock and a clock,
etc.)
- Ekri nan jounal chak semèn sou
Kindergarten. Itilize sijè tankou:
« Nan Kindergarten, map… »,
« Pwofesè mwen an ap… », « Map
kontan fè… », « Klas mwen an ap
genyen… »
- Ekri yon kat postal a pwofesè
Kindergarten nan pou entwodwi tèt ou
ba li. Aprè, ale lapòs, achte yon tenb,
Plis Aktivite
- Pratkce lase soulye.
Itilize yon kòd pou
sote e fè ti moun nan
mare li nan pye avèk
etap pou lase soulye,
aprè fè li lase pwòp
soulye.
Liv: Tie Your Shoes Rocket
Style or Tie your Shoes
Bunny Ears By Leslie
Bockol
- Achte ou byen fè pat
avèk ti moun ou.
Itilize pat pou
woule, peze, koupe,
e fasone. Ankouraje
Wèbsit & Apps pou Ipads & Tablets:
http://www.knowledgeadventure.com
http://www.sproutonline.com/games
http://www.cookie.com/kids/games/vie
wallgames.html
http://kids.nationalgeographic.com/kids/
Apps:
Felt Board
Sid’s Science Fair
Starfall ABCs
Toca Doctor (or any app developed by
Toca Boca)
Howie Hungry Monster Builds Words
(for 5 Year olds)
e voye li ba li.
- Lè ou vizite magazen, pak a lòt plas
nan kominote a, chèche lèt a ti moun
ou an. Ankouragje yo pou yo jwenn
tout lèt ki nan alfabè a. Chanje li e
itilize lèt majiskil ou byen miniskil.
- Bay ti moun ou optinite pou wè e fè
nouvo bagay. Mache nan kominote a,
vizite zou, vizite pak, librèri, etc. Pale
ak ti moun ou an de eksperyans li.
- Chante e repete chan ti moun pandan
ou nan machin nan ou byen pandan
wap mache deyò a.
- Pale sou bagay ki opoze (gwo/piti,
ouvri/fèmen, wo/kout, etc.)
- Kreye yon kès a zouti pou ekri pou
mete bèl zouti pou ekri, diferan sòt
papye, anvlòp, etikèt, etc. pou ti
moun ou ka genyen materyèl pa li
pou ankouraje li ekri. Ankouraje yo
pou yo ekri yon bagay chak jou.
- Kreye yon liv ki gen lèt alfabè yo a
ti moun ou. Pou chak paj, ekri lèt
majiskil e miniskil. Fè ti moun yo
chèche objè piti ou byen koupe foto
nan jounal, magazin, a bwochi
mache yo ki kòmanse ak yon lèt.
Ou mèt mete foto zanmi yo tou!
- Mete lèt manyetik sou frijidè nan
otè ti moun nan ka wè pou yo ka
manipile lèt yo pou fè non, gwoupe
lèt ki menm yo ansanm, e kòmanse
ekri mo yo.
ti moun ou pou li
woule pat an lèt ki
nan non li, fè
nimewo, ou byen
menm ekri mo.
(Lyen pou diferan
resèt pat s-
http://babyparenting.
about.com/cs/activiti
es/a/playdough.htm )
- Prent toupatou ti moun pou yo ka wè
e fè koneksyon alfabetizasyon! Kèk
prent gentan gen siyifikason pou ti
moun ou tankou non sereyal, restoran,
jwèt, magazen, e anpil lòt ankò! Lèt
avèk mo toupatou lakay ou, nan lari,
nan mache, etc. – Fè li yon jwèt
amizan tankou : ["I spy" - I spy with
my little eye something that starts
with the letter M or /m/ (say the sound
the m makes) then encourage your
child to guess what you’re thinking,
encourage them to name objects that
begin with the letter M or /m/ sound.]
Ekspektasyon pou Kindergarten: Kisa ti moun ou sipoze konnen anvan li antre nan kindergarten?
Rekonèt e idantifye tout lèt a son
Ekri non e prenon li
Konte e rekonèt nimewo 1-20
Non paran li yo
Dat de nesans
Adrès a nimewo telefòn
Fòm senp e konplèks - triyang, sèk, rektang, dyaman, kè, kòmanse, kwa, kresan, sfè, silend, kub.
Patèn senp e konplèks (AB, AAB, ABB)
Separe ak (Serration) pandan ou ap itilize plizyè diferan objè ak atribu
9. Materyèl pou Fòmasyon Siplemantè
A. Wèbsit pou Aprann Nenpòt Kote:
http://peepandthebigwideword.com
Wèbsit sa a fèt pou ede ti moun ki gen laj preschool aprann syans a
matematik pandan yapeksplore lakay yo. Li montre ou anpil diferan plas
lakay la ote syans ka rive e ba ou aktivite ki senp ki pa bezwen anpil materyèl
ke paran, ti moun, frè ak sè ka fè ansanm. Vizite lyen “Family Activities”
anlè paj la pou jwenn plizyè fason nou ka aprann ansanm an fanmi.
B. Bokal Istwa:
Rakonte istwa se yon eksperyans ki rich pou ti moun ki benefisye devlòpman alfabetizasyon yo. Se yon bèl
aktivite pou yo devlope vokabilè e langaj yo ak jan yo pale nan konvèsasyon yo. Lè ti moun rakonte istwa, yo
aprann pou itilize imajinasyon yo e yo konprann kòman yon istwa konpoze, tankou sèn, jan evènman rive
yonn aprè lòt a diferan karaktè. Anpils li amizan!
Rakonte istwa se yon bon pastan. Ou ka rakonte istwa nan machin, lè ou ap manje, lè ou pral dòmi ou
byen kenpòt lòt lè ou vle.
Pandan ou ap itilize kenpòt po, ranpli li avèk diferan moso papye ki gen diferan koulè. Sou chak moso
papye, ekri yon mo ou byen yon fraz ki kout. Kèk nan ekzanp yo ou ka ale nan yon plas rekreyasyon
(playground), fig, elikoptè, lapli, fèm, ou byen makak! Mete mo ou byen fraz sou bagay ti moun ou
enterese a renmen fè.
Aprè, chwazi papye yonn aprè lòt nan po a e rakonte yon istwa de mo ou byen fraz ou pran an. Yon adult
ou byen gran sè ou byen gran frè ka kòmanse anvan, epi montre kijan pou rakonte yon istwa. Ankouraje
ti moun ou yo pou mete detay nan istwa yo, fè karaktè, e itilize adjektiv pou dekri sa kap pase.
Mete po rakonte istwa kote tout moun ka wè e itilize chak jou! Chak jou, pase 5-10 minut ap rakonte
istwa nan po a. Pa bliye pou chanje ide istwa yo pou ti moun nan ka fè nouvo istwa lè sa posib.
Lòt fason rakonte istwa a ka pi amizan se lè ou itilize diferan bagay (props). Ou ka itilize jwèt, poupe,
blòk, etc. ou jwenn nan chanb ti moun nan.
Recommended