8

1. Moïse Jean Charlesmoisejeancharles2016.com/wp-content/uploads/2016/08/Moise-Jean... · Toujours vaillants comme nos preux ! Déployons-la, notre bannière, ... “Responsabilite

  • Upload
    vuongtu

  • View
    235

  • Download
    14

Embed Size (px)

Citation preview

1. Moïse Jean Charles Nèg Sèvo

a) Nèg fò nan politik b) Nèg fò nan pale lang ch) Nèg fò nan kominikasyon politik

2. Moïse Jean Charles Nèg Solid

a) Nèg ki gen konviksyon b) Nèg ki gen detèminasyon ch) Nèg ki gen anpil optimis d) Nèg ki gen eksperyans

3. Moïse Jean Charles Nèg pwòp

a) Nèg ki pa nan koripsyon b) Nèg ki p ap vann konsyans li ch) Nèg ki p ap vann peyi a

4. Moïse Jean Charles Nèg leta

a) 3 fwa majistra b) Manm kabinè prezidan Préval ch) Senatè Repiblik Ayiti

5. Moïse Jean Charles Nèg gwo relasyon entènasyonal

a) Zanmi Fidèl Castro b) Zanmi anpil chèf leta amerik latin ch) Dirijan youn nan pi gwo mouvman peyizan amerik latin d) Vis-Prezidan “Assemblée Mondiales des Maires” 1996-1997 e) Pèsonaj ane a. .... Pou peyi Brezil, sou plis pase 60 kandida

6. Moïse Jean Charles lidè san parèy nan moman sa a

a) Lidè Karismatik b) Pwofèt ch) Lidè ki fè alyans ak pèp la

7. Moïse Jean Charles Nèg ki ka fè ideyal Desalin nan tounen reyalite

a) Refòm agrè b) Souvrènte nasyonal ch) Pwodiksyon nasyonal d) Resous natirèl (min) e) Jistis sosyal f) Onètete ak diyite g) Koperasyon Sid-Sid dabò, Nò/Sid answit h) Nouvo klas ekonomik pou tout moun jwenn

8. Moïse Jean Charles Nèg natif natal tout bon vre

a) Dat nesans : 1967 b) Kotel fèt : Milo ch) Klas Primè : Milo d) Klas segondè : Kapayisyen e) Klas siperyè : Inivèsite Advantis Dikini : Syans Kontab Centro estudo para America Latina, Kiba : Kominikasyon Politik f) Eta sivil: Marye, papa pitit

9. Moïse Jean Charles gason kanson

a) Nèg ki konn goumen b) Nèg ki pa janm pèdi batay nan eleksyon

FIERE HAÏTI ( EDOUARD A. TARDIEU)Nous te voulons, chère Patrie, Puissante et forte à tous les yeux : Nous te voulons, terre bénie, Digne à jamais de nos aïeux : Libre et prospère, ils t’ont léguée A leurs enfants, nous qui t’aimons, Avec ardeur, dans la mêlée,Pour ton salut, nous lutterons !

REFRAINC’est nous, jeunesse étudiante,C’est nous, les grands, nous, les petits, Demain, la gloire d’Haïti.Les cœurs joyeux, l’âme fervente, Toujours en avant, nous irons,La tête altière et hauts les fronts.

En avant tous et d’un pied ferme, Car nous voulons faire sentir Que par dessous notre épiderme, Coule un sang pur prêt à jaillir Pour te laver pour te défendre De toute injure à ton renom,A tous ceux là qui veulent tendre A te salir on dira : Non !

Allons, debout, fière jeunessePour protéger notre drapeauIl nous faudra lutter sans cesse Notre idéal il est bien beau,N’ayons pas peur, plein d’espérance, Marchons toujours vers l’avenir, Marchons toujours avec constance, Si nous voulons ne point faiblir.

Oui, pour l’honneur de notre race, Il nous en faut des hommes forts. Tous de l’élite ou de la masse, Unissons-nous dans cet effort, Pour rénover notre patrie,Que tes enfants soient vigoureux, Belle Haïti, Mère chérie,Toujours vaillants comme nos preux !

Déployons-la, notre bannière, Qu’elle rayonne à tout jamais, Dans la clarté, dans la lumière, D’une Haïti croissant en paix....Et s’il nous faut faire la guerre, Sans crainte et peur, sans lâcheté, Nous irons tous comme à Vertières Combattre pour la liberté ! etc...

AYITI FYÈTE NOU ( Tradiksyon GMT)Nou vle fè ou Ayiti cheriByen djanm, byen fò devan tout pèp ; Tè beni nou an, nou deside fè w,Yon fyète pou zansèt nou yo ;Yon peyi lib, yon tè ki byen richBèl eritaj yo te ban nouAk tout renmen ak tout fòs kè nouN ape travay pou n sove ou.

REFRENSe noumenm jèn elèv ak etidyan Se noumenm gran ak piti yo Demen yon glwa pou AyitiAk kè kontan ak tout fòs nanm nou Toujou n ap vanse pi devanAvèk fyète tèt nou byen wo.

An nou mache avèk vigèPaske nou vle tout moun konnen Anba po nou ak nan venn kò nou Yon san vanyan ape ponpeEpi n pare pou defann ouDevan tout vye bagay ki lèd Anpil moun ta ka ba w pou pote Men sa nou di byen fò se non

An nou kanpe avèk fyètePou nou defann drapo nou an Nou dwe toutan fyè drapo nou Ideyal nou s on bèl bagayPa gen perèz gen bon lespwa An nou mache pou pi devan An nou mache san n pa lage Si nou vle pou nou pa febli

Wi pou lonè, diyite ras nou Nou dwe genyen pitit manbre Pitit lelit, pitit mas pèp nou an An n mete men nan konbit sa a Pou n remete Patri nou kanpe Se fanm vanyan, gason vanyan Bèl Ayiti, bèl manman cheri Se moun brav sa yo ou bezwen

An n fè flote drapo nou anPou l pavwaze atoujamèGran jou nan gran limyè ki byen klere Nan peyi nou ki vle lapèEpi si nou ta jwenn lagèGason vanyan ak fanm vayanNou tout n a kouri tounen vètyèBatay poun kore libète n.

Pwogram “Pitit Desalin” pote bay pèp Ayisyen an rantre kare bare nan pwosesis demokratik k ap vanse nan peyi a jodi a. Li rantre nan chimen lit k ap mennen depi syèk pou tout moun egal ego nan yon peyi Dayiti k ap vanse nan kreyasyon richès.

Nan tan lakoloni, esklav yo te goumen pou demodrasi, pou yo ka jwenn mwayen pou yo travay tè nan libète. Yo te mawon; yo te kraze esklavaj; yo te bay peyi a endepandans pou tout ayisyen te ka viv tankou frè ak sè.

Apre lendepandans, rèv esklav yo pat fin reyalize vre. Leta a te toujou sèvi ak peyizan san li pa janm defann dwa yo; li t ap travay pou grannèg lavil ak grannèg nan bouk yo. Peyizan yo te rete “an deyò” estrikti Leta a.

Tan pase, pitit peyizan yo antre lavil anmas. Men yo pa janm gen mo yo nan jan aparèy Leta a ap dirije peyi a. Peyizan ak travayè lavil ap travay nan grangou pou yo pèmèt grannèg viv pi byen. Pat janm gen demokrasi vre.

“Sitiyasyon sa a, se youn nan pi gwo kòz ki fè ekonomi peyi a pat janm rive devlope kòm sa dwa, kit lavil, kit nan zòn riral yo.”Jodi a, eleksyon demokratik pèmèt pèp ayisyen an mete prezidan sou pouvwa, mete senatè ak depite, majistra, kazèk ak asanble. Li tou nòmal pou nan mouvman sa a, Platfòm Pitit Desalin tande tout sektè ki bay peyi a fòs, mache ansanm ak yo nan sans enterè kolektif.

Se sa ki veritab sans mouvman an : fè yon jan pou tout moun ka met men pou richès peyi a ogmante epi byen separe, yon fason pou tout moun jwenn. Nouvo ekilib sa a gen pou li pèmèt ogmantasyon pwo-diksyon nasyonal la epi pèmèt Leta garanti tout moun jwenn satis-

faksyon bezwen esansyèl yo: manje, lasante, edikasyon fondamantal.

Se pou sa “Pitit Desalin” deside pou tout zak l ap komèt:

• pèmèt piplis patisipasyon majorite popilasyon an nan lavi

• Leta a;

• mete kondisyon pou tout sitwayen jwenn pibon mwayen patisipe nan ojgmante pwodiksyon nasyonal la;

• pèmèt sitwayen k ap travay jwenn benefis travay sa a tout bon;

• kore ekonomi peyi a pou li ka rantre piti piti nan mache en-tènasyonal la;

• kondi nan jistis sosyal kote tout sitwayen jwenn satisfaksyon nan bezwen esansyèl yo.

An nou mobilizeSe sèl mobilizasyon pifò pitit tè a ki ka bay mwayen pou rive konstwi yon peyi nòmal pou tout moun.

Se gwo mobilizasyon sa a ki te bare wout eleksyon fo mamit, gwo fòs lajan kit Ayisyen, kit etranje te pare pou fè nou vale, kont enterè pèp Ayisyen an. Se li ki mete nou nan sitiyasyon pou pèp la vin jwenn dwa pou li chwazi moun li bay responsabilite dirije Leta a pou Leta sa a travay tout bon nan enterè Ayiti.

An nou mobilize pou nou atrap chans sa a Listwa mete devan nou, pou nou bay lemond leson, nan konstwi devlopman peyi nou kote tout moun ap jwenn. Pou Lespri Papa Desalin leve mache nan venn chak Ayisyen.

Pou kaba koripsyonKoripsyon an se pigwo maladi peyi a ap soufri. Kit nan Leta, ki nan biznis prive!

Se koripsyon lè yon gwoup etranje melanje ak Ayisyen plede ap ban nou eleksyon fo mamit. Pou yo vòlè pouvwa nan men pèp la, pou yo pran richès peyi a pou piyay.

Se koripsyon ki fè pifò politisyen jodi a, se pou foure men pran yo dèyè pouvwa.

Se koripsyon ki fè Leta ap bay yon ti gwoup moun Pòtoprens tout avan-taj pou anpeche sa ki pi piti yo, epi sa ki nan pwovens yo envesti pou fè ekonomi peyi a mache.

Pou ogmante pwodiksyon nasyonal laPou separe, fòk nou genyen. Pa gen okenn peyi ki janm devlope nan mande lacharite. Se ak fòs ponyèt nou pou nou vanse. Pou sa, travay ak kapital dwe bay lanmen pou nou goumen pou rive nan yon kwasans ekonomik ak 2 chif.

Dènye gouvènman an, te mennen yon politik pou kraze biznisman nan pwovens yo. Se monopòl li t ap kore. Sa, se yon pwazon pou devlopman ekonomik la. Sa vle di, se ti biznis ak biznis mwayèn pou Leta a bay jarèt pou pwodiksyon nasyonal la ka grandi pi vit.

Yonn nan gwo opòtinite nou genyen se dyaspora nou an. Se dyaspora a ki fè peyi a pa toufe jodi a. Li lè pou nou sispann toupizi Ayisyen sa yo k ap viv lòtbòdlo, menm jan gouvènman ki sot pase a t ap fè li. Dyaspora a ka tounen pi gwo sous envestisman pou devlopman Ayiti. Lè sa a, se pase pran m, m ap pase chèche w.

Men fòk nou rekonèt, jodi a, pifò moun k ap travay nan peyi a, se dega-je. Leta a dwe mete mwayen pou pèmèt sila yo ki pi dinamik nan toupiti biznisman sa yo, grandi yon fason pou yo ka bay lòt moun travay.

Sa vle di, pandan Leta a dwe ede tout moun ki vle envesti nan pwo-diksyon nasyonal la, se toupiti, piti ak mwayèn biznis l ap bay piplis avantaj.

Pou tout moun jwennLè n ap mete kondisyon pou devlopman ekonomik, sa pa ka fèt pou travayè a pa jwenn mwayen menm pou bay fanmi li manje! Tout ouvriye dwe gen yon salè ki pèmèt li viv ak diyite. Sa fè pati ideyal Desalin nan.

Pandan tan sa a, sou direksyon Platfòm Pitit Desalin, Leta a ap mache nan direksyon pou rapid, rapid pawòl Konstitisyon 1987 la respekte:

Atik 22 : “Leta fèt pou li rekonèt dwa pou tout sitwayen jwenn bon edikasyon, jwenn manje, jwenn tout sekirite sosyal.”

Atik 23 :“Responsabilite Leta, se pou li kreye lopital, sant sante ak dispansè nan tout kolektivite teritwa peyi a pou tout sitwayen kapab gen garanti y ap pwoteje sante yo, y ap an sante epi y ap jwenn swen lè yo malad.”

Koutwazi : CAPCAP Tel. : +509 4045 4411CAPCAP : Cellule d’Appui à la campagne présidentielle

Nan tèt ansanm n ap granmoun tèt nou e n ap viv pi byen. JISKOBOU !

Le rêve Dessalinien :Souveraineté

Prospérité

Solidarité

Rèv Desalin nan :Granmoun tèt nou

Viv pi byen

Tèt ansanm