28
1 «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » ORIZON KOTE LAVI KONSAKRE AMERIK LATIN AK KARAYIB LA JWEN SOUS ENSPIRASYON LI

«An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

  • Upload
    vodiep

  • View
    289

  • Download
    9

Embed Size (px)

Citation preview

Page 1: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

1

«An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… »

ORIZON KOTE LAVI KONSAKRE AMERIK LATIN AK KARAYIB

LA JWEN SOUS ENSPIRASYON LI

Page 2: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

2

Lavizitasyon

Diferant koulè tè nou yo, tè ki tou pre nou yo, epitou ki melanje ak lwil sa yo ke atis la itilize pou l fè tablo sa a, kou lè sa yo rakonte nou yon itwa ki rantre nan “koutim nou”, men m jan sa kab pase chak jou nan lakou lakay nou: 2 fanm ansent ki rankontre epi ki bay yon akolad yon n ak lòt ak tou kè yo. Nan tan lontan, lè yon fanm ansent yo te kon n di: Li gen yon “kò beni”. Sila a ki pi gran an mete toude jenou l atè devan sila ki pi jèn lan paske li te ran n li kont ke yo toulède pote nan vant yo yon mistè ki te fè yo fremi jis nan nannan kè yo. Bout anro imaj la ki pentire an ble a reprezante mistè sa a. Bèl koule ble a se tankou syèl la kap briye, se koulè tan kap vini an, se koulè Sila a nou pakab kompran n nan men nou kwè l la, se koulè anro nan syèl la ak nan pwofondè la tè, koulè ki pèmètt nou gade nan yon lòt dirèksyon. Nan sa ki gen pou wè ak Izabèl la, nou kab obsevé pitit li a, Jan ki ap lonje dwèt li pou l montre Mesi a ki vini an: “Li la nan mitan nou, Sila a noupa kònen an”. Kanta Mari, sou pitit li a Jezi, nou ka intèprete jès li tankou lap koute zanmi l lan Jan ak anpil atansyon, tankou li vle kite jan batize l. 2 gran pitit gason ki dwe di manman beni yo a anpil mèsi.

Theo Schmidkonz, pè jezwit.

Page 3: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

PREZANTASYONChè frè m ak sè m yo:

«An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… »

Nan dènye Kongrè ki te fèt na Lakou peyi Kolonbi a, nan kad ane Lavi Konsakre a, refleksyon nou yo te kómanse ak ikon Betani a -(yon imaj ki chaje ak sans ak siyifikasyon)- jiskaske nou te rive reflechi sou ikòn Lavizitasyon an. Pap Franswa te ensiste anpil fwa pou n kapab tounen yon Legliz ak yon Lavi Konsakre ki pa rete kache andedan, men ki met tèt li deyó. Nan premye jou kongrè a, nou te pran nouvèl sou piblikasyon Ansiklik Laudato sí, sou kesyon pran swen kay ki pou nou tout la, pou nou pran swen lavi a.

Pètèt se pou sa Ikòn Lavisitasyon te pase nan tèt nou ak nan kè nou pandan kongrè a, ikòn ki te fè nou sonje atitid Mari lè li te sòti tout swit pou l te ale pataje bón nouvél gwosés li a ak kouzin li an, epi l te pran swen Lavi a jiskaske li te fè lavi a sote ponpe nan vant Izabèl sou mòn Siyon an.

Nan XIXèm rasanbleman KLAR a ki te fèt nan lakou Bogota, nou te akeyi ikòn sa a kòm Nannan enspirasyon nou pou twa zan ki soti nan 2015 ki rive nan 2018 la. Se fil kondiktè Plan Gwobal sa a nou vi n pote ban nou.

Mari manman nou, plen ak Lespri Sen an, te kite fòs sa a gide l pou li ale fè rankont ak Lavi a. Yon Lavi ki nan li, yon lavi li pote. Kilès ki pote lòt? Yon poèt te di: « Yon Lavi ki nan li paske li te remèt tout sa l genyen nan men l ». Lavi a pouse rasín an vant li ki vyèj, epi li mare kòd li nan poto lavi a, yon lavi ki jèmen anba zèl Lespri a ; Yon Lavi ki menen l sòti nan li menm menm, pou mete l nan sèvis kè kontan tout tan, nan eksperyans lanmou kè sansib Bondye ki pa gade figi pi piti yo, men ki voye monte piwo sila yo ki senp yo, sila yo ki pi pòv yo; sa ki te menen l fè yon eksperyans ki pat kapab rete kache nan bout kwen Nazarèt, men ki merite ke yo pataje l depi anwo mòn yo ; depi yon rankont ki fè tout lavi a sote ponpe, paske

3

Page 4: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

se yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans.

Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile Kè Sansib la, kom si se yon kontinyite ane Lavi Konsakre a ki te mande n pou n k ap souke tout moun sou fas fè a ak tandrès, lajwa ak kè sansib Bondye a.

Sosyete n ap viv ladan l lan, peyi latinoameriken yo ak karayib yo, fanmi nou yo ak Kongregasyon nou yo, bezwen viv yon ekspeyans Lavizitasyon tankou yon inisyativ Lavi Konsakre ki viv tou nan mitan moun, ki kite tout taye banda deyè pou l kouri al pote sekou bay sa ki nan bezwen yo, ki pran swen lavi moun, kelkanswa moun nan, epi tou ki rantre nan sèvis kreyasyon an ak pran swen kay ki pou nou tout la.

Plan Gwobal sa a vle kontribiye nan animasyon yon Lavi Konsakre ki ale nan menm sans sa nou di a, se pou sa, efikasite l va depann, tankou nou konen l lan, sou kijan nan chak konferans nasyonal yo, plan sa a va pran chè pou l vin tounen yon reyalite ki antre nan tout sa n ap fè, paske animasyon KLAR la se responsablite nou tout li ye ; pou l k ap pran fòs depi nan baz kominote nou yo, jiska sa ki pi piti yo e ki pi lwen yo. Se sèlman nan jan sa a nou kapab fè l vin posib jan Lespri a vle a epi nou men tou nou ta remen l tounen reyalite!

Se pou Mari, Manman Lavizitasyon an, ankouraje nou ak menm kalite fòs ki te fèl reyalize tout bagay pap padap ak gwo kapasite li te genyen an pou l rankontre, pou l te kwè, pou l te viv kè kontan an epitou pou li te soti mete tèt li deyò san retisans, tankou yon Lavi Konsakre ki ale rankontre Lavi, ak pran swen kay ki pou nou tout la, depi ti jès senp n ap fè chak jou, nan angajman nap pran ak kè sansib, yon fason espesyal kote Lavi ap pouse gwo kout rèl yo.

Sè Mercedes Laeticia Casas Sanchez, F.Sp.S. Prezidan KLAR

4

Page 5: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

LOGO KLAR A POU 2015 jiska 2018 la

Logo KLAR a pou twa lane k ap vini yo, koresponn avèk ikòn Lavzitasyon an ansanm ak slogan an ke nou te chwazi pou menm peryoò la: «Ann kouri soti pou n’al rankontre ak Lavi a».

Logo sa a santre sou jan 2 manman, yo te anbrase yon ak lòt, Mari ak Izabèl, ansanm ak 2 pitit yo, Jezi ak Jan. Rankont sa a te fèt apre Mari ki te ansent Sovè a, te kouri tou swit pou a’l pote bòn nouvèl bay kouzin li an; yon rankont ant yon jèn ki vyèj ak yon granmou ki pat kapab fè pitit la; ant sila a ki vini avan Mesi a ak Mesi a; ant Ansyen ak Nouvo Testaman yo.

Souri ki sou figi yo a, fòk ou byen fen pou wèl, se manifestasyon lajwa ki debòde nan moman rankont la ak moman ke youn tap koute lòt la; Lajwa debóde tou nan ke Mari ki pote nan vant li sovè a k ap vin sove n lan. Fò m trase desen an ak mouvman liy yo raple nou richès lavi ak fwi pitit la ki nan vant li a pote pou nou; yon reyalite senbolik ke toude moun yote exprime nan kantik salitasyon an ak mayifikat la.

Koulè enstitisyonèl yo, ble ak vèt KLAR a, fè referans a dlo tankou sous lavi ak santiman devosyon Lavi Konsakre a pou manman Mari, ak esperans ki toujou akonpanye mèvèy laak

5

Page 6: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

“Salgamos aprisa al

encuentro de la vida”

Horizonte Inspirador 2015-2018

76

«An’n kouri soti pou n’al

rankontre ak Lavi a… »

pwofesi nan kontinan sa a. Yo tou 2, difèt ke yo gen pou wè ak gwo dlo ki anvironen kontinan an ak Anpil pye bwa ak plant yo ki nan zòn sa a, sa fè referans sou swen kay ki pou nou tout la, ak ekoloji teolojik la ki anime angajman nou, ak kreyasyon an, ak angajman konsakre yo ak fós limyè tout karis tout kongregasyon yo tankou nou jwenn sa nan Laudato si.

Kat jerografi Amerik Latin nan ak Karayib la sitiye nan yon kafou ki enpòtan anpil. Nou refere nou non sèlman sou kote n ap fè misyon yo ak kote n ap viv la, men tou nan agajman nou nan defann lavi pèp nou yo nan espas ak tan kote nou rann posib pou nou viv mèvèy lafwa kretyen an nan Sent Trinite a. Kòmansman ak finisman liy ki fòme desen an rete louvri nan direksyon sa pa gen bout la ki travèse an menm tan alfa ak omega, Kris la, sant ak rezon, premye lanmou ak lanmou anpremye a, sans pasyon nou pou limanite ak pou pòv yo, pi lwen pase kote solèy kouche, dimansyon mèvèy ki sove nou an an kote mòd lavi nou ki pran rasín nan Levanjil k ap tounen reyalite toulejou nan mitan pi piti yo.

Men, liy yo fòme desen yon kè kom sant «revolisyon tandrès la» (EG 88) ak medikaman kè sansib la (MV 4) ke – nan tan sa yo ki make 50 ane Konsil Vatikan II a – nan yon Legliz ki leve pou mache, yon Lavi konsakre k ap chèche pou yon vizyon tounèfnan fason n ap viv karis nou yo jodi a. Sa fè n sonje tou yon lèkti ki pèmèt nou konprann ikòn nou te chwazi avan an, Betani: kay rankont, kominote lanmou ak kè limanite. Tout siy sa yo ansanm ak entepretasyon yo, soutni dinamik relasyon yo ke KLAR a te pouse pi devan nan ane pase yo epi ke’l deside kontinye soutni nan chemen pou plizyè kongregasyon k ap rive travay ansanm, pou plizyè kilti k ap dyaloge, ak entegrasyon tout kategori ki gen pou wè ak fanm ak gason.

Page 7: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

“Salgamos aprisa al

encuentro de la vida”

Horizonte Inspirador 2015-2018

76

«An’n kouri soti pou n’al

rankontre ak Lavi a… »

1KONTEKS LA Orizon sa a ki pral oryante KLAR a pou twa zan sila yo ki sòti

depi 2015 jis rive 2018 la, te jwenn aprobasyon l pandan XIX Asanble Jeneral ki te defi ni l kóm yon gwo kout je sou istwa li, ki fè l pran konsyans sou tout mèvèy Granmèt la nan lavi nou menm relijye ak relijyez, epi tou sou fomilasyon gwo rèl pèp nou yo, yo seri kout rèl ki mande bó kote pa nou kèk aksyon konkrè ke nou te pale sou yo nan Kongrè Lavi Konsakre a.

Twa moso ki konstitiye orizon sa a jwenn enspirasyon yo nan twa objektif yo ke Pap Franswa te propoze pou Lane Lavi Konsakre a, epi an menm tan yo pwolonje metodoloji a ke la KLAR te swiv la: Gade tan pase a avék rekonesans, se yon fason tou pou nou kapab mete n a lekout sitiyasyon pép nou yo epitou pou nou rive entéprte yo kó m “yon voye je gade wè reyalite a pi pré»; Viv tan prezan an ak pasyon, enspire nan ikòn Lavizitasyon an, konsidere kòm konviksyon ki te tradwi kòm « Jije »; anbrase tan k ap vini an ak esperans, sa nou te konsidere nan kèk angajman nou pran ki va soutni objektif jeneral la nan sans « Aji oubyen mete n an aksyon ».

Page 8: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

Yon gwo kout je plen ak rekonesans sou chemen nou fé gras a limye pawòl granmèt la

Lavi Konsakre a te fè chwa pou koute vwa Granmèt la nan gwo kout rèl lavia a, gras a limyè Lespri Sen an ak karis kongregasyon yo. Bagay sa pèmèt li rete veyatifdevantranzisyon kiltirèl k ap fèt nan chanjman tan sa a, ak nouvo group ak divès mód e divés ikòn, lavi nou ak lavi kongregasyon yo rive kenbe fèm nan wout Amerik Latin nan ak Karayib la. Rankont rèl Lavi a ak vwa Bondye k ap rele n lan, li fè yon lòt lavi fleri.

Kote nou toujou koumanse ase pèsòn de Jezi ak Pawòl li yo ke nou li epi nou lapriyè ak yo nan reyalite n ap viv yo. Nan twazan ki sot pase a, dinamik ikòn biblik yo kite akonpaye nou an te kondi nou depi chemen Emayis la jouk rive nan yon Lavi Konsakre mistik pwofetik nan sèvis lavi a. Rankont Jezi ak fanm sirofenisya plis eksperyans Transfigirasyon an, te fè nou reviv nan konsyans nou desizyon pou n mete n bò kote nouvo group moun ka monte sou sèn sosyal nan ak gwoup k’ap chèche mwayen fè yo koute vwa yo a.

8

Page 9: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

Ikòn Betani an te sèvi pandan twa lane pase yo epi nou te reprann li pandan kongrè a, sa a te pèmèt nou fè eksperyans gwo rèl yo, konviksyon yo ak angajman Lavi Konsakre ki anrasine nan istwa pèp nou an, ki oblije nou wete bann sou bouch yo, pou nou soti met tèt deyò pou nou tounen kay rankont, kominote lanmou, kè limanite a. Lè ou kite bann sou bouch yo ak kòd ki mare w la, yon gwo fòs libere epi li kreye yon nouvo lavi ki kòmanse ak rankont la, aspè pwensipal ikòn Lavizitasyon an.

Ikòn sa yo ki te gide n nan anba zèl Lespri sen an, te ba ndivès konpreyansyon lekti nou te fè sou reyalite a, ki te pèmèt nou konprann nou ak komprann sa nap fè yo nan reyalite a chak jou, ki te pèmèt nou genyen tou yon kominikasyon efektif ak tandrès. Lèkti sa a te libere tou dimansyon senbolik ak lespri fèt lavi a, se konsa Lavi Konsakre Latinoameriken ak Karayib la pran pran yon lòt sans.

Granmèt la ap rele nou nan reyalite lavi konsakre a pou nou:

•  Viv dapre egzanp Lasent Trinite a, nan kominote ki djanm, ki tabli sou dyalòg, kote gen respè, akèy, rekonesans idantite yo, kote yo konséve orijinalite yo, vokasyon espesyal yo, karismatik yo ak entèkiltirel yo. Famiy karismatik ou byen entè-kongregasyonal yo k’ap viv ak kreyativite relasyon yo, konvivans lè yo jwenn fós ak karis yo tankou yon pwojè konkrè ki pou satisfè bezwen pèp la.

•  Tabli  yon  relasyon  ki  gen  sans  ant jenerasyon yo antan n ap gade tout kote yo san nou pa neglije okenn nan yo, yon eksperyans pote boure ak soutyen nan swiv ekzanp Lavizitasyon an, ki eksprime yon nouvo fason ke nou tabli relasyon yo.

•  Rann  dinamik  yon  kilti rankont ki pran pou modèl sou relasyon Jezi ak moun yo. Yon kilti ki konn antre nan dyalòg ekimenik ak entèrelijyez, ki ale pi lwen ke yon jijman sou figi pou l kapab konstwi yon eklezyoloji kominyon ak patisipasyon ki entegre tout moun epi ki ede nou chanje

9

Page 10: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

estil lavi pèsonèl e kominotè nou epitou ki pouse nou soti deyò al fè misyon san chache fè pase tèt nou kòm referans.

•  Fè pwomosyon  jistis sosyal nan Lavi Konsakre ki rekonèt pòv yo tankou aktè pou travay ak yo, pou ede yo bat difi kilte ak inikite sosyete apou kapab bay pi gwo priyoritepou lite kont fenomèn komès yo fè ak moun yo (trèt moun) epitou atikile relasyon an favè liberasyon entegral viktim yo nan yon sistèm enjis.

•  Mete aksan epi louvri deba sou tèm ekoloji entegral la depi yon atitid konvèsyon ki pèmet nou rekonèt ke bagay nou wè yo sakre e nou depann de yo tou tankou yo depann de nou, konsa gras a yon bon pratik pran swen kay ki pou nou tout la, sak pi fèb yo, ke seswa moun oubyen lanati, nou tout kapab viv an plen.

•  Konstwi yon patisipasyon entegral fanm nan lavi sosyete a ak Legliz la

•  Chanje fi gi estrikti Lavi Konsakre yo pou fè yo pran rasin nan Levanjil la ak nan karis yo, konsa yo va bay pibon repons nan devan ijans n ap viv jounen jodi a.

Lè n koute ak atansyon gwo rèl lavi a nan divès kalite sityasyon, ak moun k ap chèche fè yo tande vwa yo a, ak nan vwa Bondye ki fè yonn ak reyalite yo, bagay sa yo fè Lavi Konsakre

a leve kanpe, repanse pwòp tèt li, dinamize, chèche bay pwojè l yo sans pou l kapab soti deyò pou l rankontre

ak sila yo ki nan bezwen pou l kapab anonse yo ke wayom Bondye ap reyalize nan mitan yo.

pwojè l yo sans pou l kapab soti deyò pou l rankontre ak sila yo ki nan bezwen pou l kapab anonse yo ke wayom Bondye ap reyalize nan mitan yo.

Fè eksperyans nou an nan betani a gaye

•  Ki orizon ki louvri devan nou lè nou kontanple ikòn Betani an? Nan nivo pèsonèl – kominotè – ak nan nivo

kongregasyon nou yo?•  Depi eksperyans nou te viv nan twa zan ki sot pase yo. Kisa 

ou pa te ap kite l pèdi? Ki aspè ki ta bon pou nou kontinye fouye pi fon?

•  Nan tout gwo kri sa yo a nou te souliye yo, kilès nan yo ou konsidere pi empòtan epi ki ijans pou rezoud li? Ki lòt ankò ke ou ka jwen n nan kontèks ou a viv la?

•  Ki pon nou kapab tann ki etabli kontinyite ant rankont nan Betani a ak rankont Lavizitasyon?

10

Page 11: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

KAD BIBLIK LA AK TEYOLOJIK LA

Sous enspirasyon nou obyen Orizon enspiratè nou an pou twa zan sa yo ki soti depi 2015 jiska 2018 la, adopte ikòn Lanonsyasyon – Lavizitasyon an tankou reprezantasyon yon Lavi Konsakre ki fèl disip ak misyonè ki sóti deyò touswit pou al fè rankont ak lavi, pou konstwi nan kay nou genyen pou nou tout lan yon kilti rankont ak Jezi kòm sant, paske lajwa Levanjil la plen kè ak lavi sila yo ki vin fè rankont ak li (cf. EG).

Ikòn sa a va sèvi limyè nan refl eksyon n ap fè pandan twa zan sila yo, epi l ap ankouraje nou dekouvri fòs Lespri a ki abite nan nou, pou n chante mèvèy Granmèt la reyalize nan Lavi Konsakre ak nan tout kote li prezan; pou nou vin pwofèt lesperans, ki pare pou leve mache pou al konstwi bon jan relasyon nan kè sansib, avèk pawòl epi jès tou ki ba moun valè.

2

«An’n kouri soti pou n’al

rankontre ak Lavi a… »

11

Page 12: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

Lavizitasyon an mande’n kouri sóti an ijans pou n’al rankontre ak lavi a

Ikòn Lavizitasyon an pozisyone’l ant ikón Lanonsyasyon an ak nesans Jan ak Jezi, epi li ede nou wè prezans Granmèt la nan reyalite nap viv la. Sou sèn nan nou rankontre 2 koup ki kwè epi ki ap tan pwomès Bondye reyalize pou pèp li a ak pou famiy yo. Yo viv lavi yo nan chèche pen chak jou a ak nan lanmou, nan esperans, nan lapriyè ak chèche fè volonte Bondye. Izabèl ak Zakari; Mari ak Jozèf, vin tounen modèl pou Lavi Konsakre nan kesyon lafwa, gen pasyans ak aji.

A pati ikòn Lavizitasyon an nou kapab pran konsyans kilès nou ye devan Bondye ak nan je moun k ap viv toupre nou yo. Yon Lavi Konsakre k ap sèvi Bondye, k ap eseye ranpli misyon li, ki alekout, ki ouvè pou resevwa lanmou Bondye e ki swete ke tout fas tè a sove.

12

Page 13: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

Sekrè pou nou rive konprann Ikòn sa a li nan eksperyans Mari, Izabèl ak Lanonsyasyon Jan ak Jezi.

•Ak pawòl kle Mari yo ki se «fòs k apdevlopepitipitia»nanLaviKonsakrea:

•  Bondye  soti  al  rankontre ras moun nan pou l fè zèv li yo reyalize: « Li panche kè li koute rèl pòv sèvant li an »… « Granmèt la ki gen tout pouvwa

a fè anpil mèvèy nan li » (Lik 1,48-49)

•  Yon  Lavi  Konsakre  k  ap  sòti tankou misyonè depi konsèp teolojik

pòv yo: «Li gaye gwo toro yo epi leve yo imilye yo» (Lik 1,52)

•  Yon Lavi Konsakre ki angaje l nan konstriksyon yon nouvèl fason pou tabli relasyon yo: «li pran swen sa ki grangou yo, li voye rich yo ale 2 men vid» (Lik 1,53).

•  Yon  Lavi  Konsakre  memwa  vivan  nouvèl  alyans  lan  ak Bondye fidèl la, Bondye kè sansib la : «Li kenbe pwomès li pou Izrayèl vre tankou li te promèt papa nou yo Abraam ak desansdans li yo pou tout tan» (Lik 1, 54-55).

•  Yon  Lavi  Konsakre  ki  rekonèt  responsablite  l  nan  kesyon ekoloji a, ki rive fè plizyè jenerasyon travay ansanm nan pwomosyon desizyon ki ale nan sans moun ki konte sou li yo. Nou dwe kite pou sila yo k ap vini an yon tè ki pi bon chak jou, ki gen plis avni ke sa nou te resevwa a: «depi kounye a e pou tout tan tout moun ap di ala chans li genyen» (Lc 1, 48).

Vwayaj se yon mo senbolik nou k ap itilize pou pale sou chemen lafwa a. Leve mache se konfyans nan volonte Bondye ki pèmèt nou vin pi pre moun nou rankonte sou chemen an. Leve mache pou Lavi Konsakre a se: Sòti tou swit al rankontre ak lavi a, menm jan Mari te fél la lé li te louvri kè l bay mond lan nan yon dinamik lavi ki kreye ouvèti pou tout moun. Leve pran chemen an vle di kite reyalite lòt la touche pa w pou n kapab chache ansanm ekilib. Bagay sa a san dout enplike jwelavi pa

13

Page 14: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

w pou kapab pèmèt ke yon lòt relasyon fleri, konstwi yon lòt kalite refleksyon ak louvri lòt pòt. Se pou sa Mari se fanm ki te fè premye pa a, se fanm vayan ki konn bouje epi ki konn pran plas li.

Lavi Konsakre a jwenn envitasyon poul rantre nan dyalòg ak kilti jodi a, pou l kapab konprann kijan li pa fasil ditou pou konprann li yon sèl kou, rèv yo, pwoblèm yo, sa y ap tann yo, espwa moun yo, epi pou l kapab ofri Levanjil la. Men sitou pou kapab chante glwa Granmèt la ki ap aji nan toutgenerasyon yo, ki mete nan mitandimansyon pwofetik la, pou vin tounen sa k ap rekonsilye moun yo youn ak lòt, e pèmèt transfòmasyon nan nivo pèsonel, social, eklezyal, ak ekolojik, lè l ap envite tou pou moun reve yon lòt mond posib avèk antan n ap gade ak esperans.

• Ak pawòl kle Izabèl yo kireprezante« fòs k apdevlopepitipiti»nanLaviKonsakrea:

•  Yon  Lavi  Konsakre  ki pouse pa Lespri Sen an: « plen ak Lespri sen li pwoklame ak tout fòs li » (Lik 1-41)

•  Di  mèsi  pou  rout  nou  fè deja yo: « Ala ou gen chans ou menm ki te kwè sa Bondye voye di ou la se verite » (Lik 1,45)

•  Yon Lavi Konsakre ki benyen nan kè kontan ak lajwa: «Ti pitit la danse ak kè kontan nan nan vant mwen» (Lik 1,44).

Gwo kri byen fò Izabèl te lanse a se yon manifestasyon yon reyèl kè kontan relijye yo. Se pou lapriyè «Mari se pou kontan an» kontinye rezonnen nan bouch moun ki kwè yo kom kantik Legliz la pou chante lwanj Granmèt la ki montre li plen pouvwa nan Manman piti li a. Grandè ak lajwa Mari a jwenn sous li difèt ke li te kwè… Izabèl ak gwo kri plen admirasyon li

14

Page 15: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

an, envite nou apresye tout sa prezans Lavyèj pote pou chak kretyen kòm kado lavi.

Pawòl Izabèl te pwononse yo anba pouvwa Lespri a gen yon vale inivèsel pou tout kretyen. Li fè yon pwoklamasyon ak yon vwa pwofetik, yon benediksyon ki doub, kote li pale sou Mari an relasyon avèk pitit li a, paske Bondye beni l ak lavi: «ou beni», «e li beni pitit ki nan vant ou a»; apre sa li louwe non li pou la fwa l: «ala chans pou ou ki te kwè» nan yon Bondye ki fè istwa avèk pi piti yo epi ki renouvle relasyon l avèk listwa pou ka vin siy klè prezans li toulejou nan lavi a ak nan ti jès yo kote chak moun se yon benediksyon pou yon lót.

• Ikòn Lavizitasyon an fè yon sèlak IkònLanonsyasyonJan ak Jeziyo,sakikreyeesperanspoutankapvinian:

•  Pawòl  kle  a  sou  Jan, plen ak lagras, sila a ki vini avan Mesi a, ki ankouraje

pwofesi a nan Lavi Konsakre ak nan prepare

chemen Granmèt la: «map pote pou ou kè kontan ak yon

gwo lajwa epi yon bann moun ap rejwi pou pitit ou fè a… paske wa va anba pouvwa Lespri a depi nan vant manman w… pou 12 kapab fè timoun rebèl yo tounen vin jwen papa yo, e prepare pou Granmèt la yon pèp byen dispoze…ya rele w profet sila ki Anro a …» (Lik 1,14.15.17.76).

•  Pawòl kle sou Jezi, Bondye sovè a, Mesi nou tap tann nan, ki ankouraje pwofesi a, mistik la ak esperans Lavi Konsakre a, pou yon repons altènatif plen ak sans: «wap ansent epi wa fè yon pitit gason… piti sila a va gran e ya rele’l pitit sila ki Anwo nèt la… li te fèt yon sovè ki se Mesi a… an gade sak te pase epi Seyè a te manifeste. Yon ti bebe vlope nan rad e li te kouche nan yon nich pay… Je nou te wè Sovè a… Limyè ki klere tout pèp yo» (Lik 1, 31.32; 2, 11.12.15. 30.32).

15

Page 16: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

Jan ak Jezi. Jan se vwa ki kominike pawòl la.Vwa sila a k ap rele nan dezè a: prepare chemen Granmèt la, drese chemen l yo. Jezi se Pawòl Bondye vivan an, li pran chè nan mitan nou: «Pawòl la tounen moun li abite na mitan nou». Jan se «nonm lan Bondye voye pou bay temwayaj limyè a»; Jezi se «limyè tout bon vre a ki klere tout moun ki vin nan mond lan». Jan batize ak dlo; Jezi batize ak Lespri Sen an. Jan gen klè nan tèt li idantite l ak misyon l, se li ki louvri baryè a e ki pepare chemen an, li bay temwayaj epi li montre ak presizyon sila a ki ret kache nan mitan moun yo: «Men mouton Bondye a», ki fè tout bagay vin nouvo. Jezi se «Emanwèl-Bondye-avèk-nou», «chemen an, laverite ak lavi a», li men ki «kondwi pa nou nan chemen la Pè». Jan kite plas pou Jezi epi li komanse efase l sou teren an pou Jezi ka pran plas li: «Apre mwen gen yon nonm kap vini ki gen pou pase devan m paske li te egziste anvan’m»; Jezi se bón nouvèl la, li se Mesi a, li se Kris la. Jan se sila a ki vini avan an; Jezi se akomplisman an.

Nan tou 2 pèsonaj sila yo (Jan ak Jezi), nou jwen yon jès

jenerizite ak imilite, konte yon’n bese pou lòt la leve kanpe epi li kapab gen plis plas. Jan te di konsa: « se nòmal pou li grandi epi pou mwen diminye» (Jn 3,30). Pandan ke Pòl nan imn kristolojik li a di sou Kris la : «li depouye l pwòp tèt li, li pran kondisyon yon esklav» (Flp 2,7). Jodi-a, lè moun yo ap pwofite akapare preske tout byen biolojik yo, tou 2 pwofesè imilite sa yo ap invite nou aprann fè plas pou lòt vwazen nou yo k ap viv sou men tè a ak nou.

Lavi Konsakre a nan sans sa a se anons rèy Bondye a lè li

genyen byen klè nan tèt li idantite’l ak misyon li andan Legliz la ak nan mitan mond lan, li leve vwa li kont konpleksite mond lan, epi li pran pozisyon an favè yon lavi senp ki apiye ekoloji a; li pran devan pou louvri chemen epi lonje dwèt montre Jezi tankou sant lavi ak listwa a, se nan sans sa a li kapab bese pou louvri rout pou nouvèl jenerasyon an kapab pase, pou konstwi ak lòt yo yon nouvo langaj, yon sans ak siyifikasyon ak senbòl ki ede konprann pwofondè sans lavi a.

16

Page 17: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

Konviksyon yo:

Yon fason pou nou kapab viv tan prezan an ak dinamik levanjil la

• AkfòsvanLespriBondyeakiapfètoutbagayvintounèf,epigrasakonviksyonbiblikyo,eklezyalakkarismatikyo,ak limyèdoktrinmajistèaaktemwayajPapFranswa,poureanimelafwaakvokasyonkonsakre yo, nou santi li enpòtan anpil pra an konsiderasyon nesesite sa yo nou prale site la yo:

•  Retounen al chache nan sous Levanjil la epi fè Levanjil vin tounen premye lanmou nou, kote figi Jezikri a ak pawòl li dirije lavi nou chak jou, karismatik ak misyonè nou epi pou l pèmèt nou viv yon fason radikal konsekrasyon nou. «Lè yon moun chache andan kè li preferans pou pi piti yo, sila yo ki pi neglije yo, moun malad yo, sila yo pèsonn pa bay valè yo, sila yo pèsonn pa vle wè yo, lè sa a lap sèvi Jezi tout bon vre.»

•  Viv dapre  fós ki soti nankaris yo ak tout fòs espirityèl ak odas apostolik fondatè ak fondatris yo, sa ede nou bay plis sans nan fason nap viv valè nou jwenn nan Levanjil la, epitou rann pi fasil estrikti nou yo a pati vokasyon batèm nou pou nou konsolide fanmi karismatik yo ak layik yo pou nou rann 14 dinamik pwojè ant kongregasyon yo. «Mwen swete pou lakominyon ant manm divès enstiti yo ogmante, pou yo kapab sóti ak pi plis valè ke sa yo gen deja yo an pèsonèlman, pou devlope ansanm pwojè fómasyon, evanjelizasyon, entèvansyon sosyal… Pèsonn pa k ap konstwi lavni pou kont li» (Lèt apostolik pou tout Konsakre yo, paj 21).

•  Fè  prosesis fòmasyon yo vin plis pran ka moun nan epi bay nouvèl jenerasyon yo fòs pou ke nou k ap fè revolisyon tendrès la pran jarèt, pou pwofesi kominyon an, pou lajwa ak lesperans lan vin tounen reyalite. « Jèn yo, se pou nou vin tounen fòs k ap travay kouny a nan kominote nou yo lè n ap ofri yon kontribisyon detèminan ak frechè ak jenerozite opsyon nou yo; fòk nou tounen an menn tan pou demen kominote nou yo, paske se nan men nou animasyon,

17

Page 18: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

fómasyon, sèvis ak misyon an pral ye.» (Menm dokiman an, paj14).

•  Fè pati yon Legliz póv ak pou póv yo, viv bèlte moun ki senp yo, zèv chak jouyo ak sak pi piti yo. Rantre nan jwèt pa rete yon sèl kote a, men soti ale jouk nan frontyè yo ak kotè denyè moun yo ye a pou n kapab konstwi yon lòt sivilizasyon lanmou ki pran koulè kè sansib la. «Pase san w pa koute rèl ak doulè pèp nou an, san ou pa rantre nan rasinn yo, nan tè yo, se komsi ou koute pawól Bondye a san li pa pouse rasinn nan fon kè w epi li pa bay fwi».

•  Pran  swen  kay nou genyen pou nou tout la epi fè pwomosyon yon ekoloji entegral ki anrasinen e ki nouri nan yon espirityalite ekolojik. «Byen nou genyen ansanm lan sipoze respè moun, mande pou k’ap genyen byenèt sosyal, devlopman divès gwoup intèmedyè yo, èd, fanmi, lapè nan sosyete a ak lajistis pou tout moun» (LS 157). «Nan mond sa a tout bagay konekte, sa ki vin kreye yon relasyon ant pòv yo ak frajilite planèt la» (LS 16). Nou bezwen «yon konvèsyon ekolojik ki gen pou wè ak tout konsekans rankont nou ak Jezi genyen, sa ki debòde nan relasyon nou ak tou sa ki egziste yo» (LS 217).

•  Fouye pi plis sou tèm rekonfigirasyon ak resiyifikasyon an sou tout bò, nan objektif pou nou rann estrikti nou yo pi fasil ak pou nou ka reyisi fè sèvis ak ministè nou yo sikile antre yo, konsa nou va kreye espas nan konfyans ak jwenn efò nou yo ansanm pou yon transfòmasyon radikal modèl lavi a, sèvis ak apostola yo. Konsa nou k’ap siprime sèvis ki sèlman bay moun yo manje nan men pou nou aplike lòt metód ki gen rapò ak ede pèp yo devlope pwóp tèt pa yo yon fason integral. «Mwen pi pito yon Lavi Relijyez ki fè aksidan paske li soti deyò pase yon Lavi Relijyez ki malad, ki ret nan kay epi k’ap gade pwòp tèt li nan miwa» (Odyans prive ak Prezidans KLAR a).

18

Page 19: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

Pandan n’ap kontanple ak dijere kad biblik teolojik la

•  Ki lót pasaj biblik ki pèmèt nou komprann pi byen rankont Mari ak Elizabèt la?

•  Depi  ikòn  Lavizitasyon,  kijan  nou  k  ap defi ni  gwo  kri  Lavi Konsakre jounen Jodi a?

•  Ikòn Lavizitasyon an nan kontèks li, plen ak sans rakonkont ki pote fwi: Bondye ki pwoche bó kote moun nan reprezantasyon Zakari, Mari, Jozèf, - epi li rele, li chwazi, li anonse pwomès li a ap reyalize; li mande kolaborasyon, Mari sotí tou swit al rankontre ak Elizabèt; Mari ak Elizabèt rankontre epi yo pataje eksperyans kankont la, yon pataj ki fè eksperyans la pote fwi… Ki defi pou Lavi Konsakre a kilti rankont lan ke pap Franswa pwopoze nou an reprezante?

•  Gras a limyè kantik Mari a epi nou nan rout selebrasyon 50 tan konferans Medeyin lan. Ki refl eksyon nouvo ki dwe fèt pou akompanye aksyon pastoral kominote nou yo?

19

Page 20: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

“Salgamos aprisa al

encuentro de la vida”

Horizonte Inspirador 2015-2018

«An’n kouri soti pou n’al

rankontre ak Lavi a… »

3PWOJEKSYON AN

Lejand ke nou chwazi pou twa zan k’ap vini yo a se yon envitasyon en ijans pou nou sóti al rankontre ak lavi, se la kote Lavi Konsakre Amerik Latin nan ak Karayib la ap tann aksyon KLAR pou reveye, anime akonpanye ak pouse pi devan pwogram ak pwojeksyon ki fome chè Frè ak Sè nou yo Konsakre yo pou yo k’ap pare pou repon’n kri yo ak angajman yo ki te pren nan kongrè 2015 lan.

Soti tou swit pou anime rankont yo ki bay lavi e ki chofe Relijye ak Relijyez yo pote lavi kote lavi a menase, sa se defi nou. Paske nou bezwen yo Lavi Konsakre ki kite’l kondwi pa Lespri Sen an pou’l sèvi memwa Jezikri nan mitan mond lan. Yon Lavi Konsakre ki sèzonen ak kondiman mistik, espirityalite, dyalóg ak kominote renmen. Kominote ki repann pafen ki fè moun santi’l pi moun tankou disip ak temwen Jezi.

20

Page 21: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

Objektif Jeneral

Kisa? Rekipere nan karis kongregasyon nou yo dimansyon mistik la ak profesi a tankou pwòp lekti Levanjil la epi tankou repons espesifik devan gwo rél nap koute jounen jodi-a ansanm ak konviksyon nou geyen yo.

Kouman? Depi nan lekti nou fé sou yon kilti rasambleman ki k’ap gide nou vé reyalite a.

Kominote yo ki viv: •  Lapriyé tankou sous rankont avèk Bondye epi avèk 

reyalite a. •  Ekoloji entegral - pran swen kay ki pou nou tout la. •  Pwosesis resiyifikasyon valè Levanjil la.•  La misyon depi richès rankont diferan jenerasyon 

yo, karis yo, idantite vokasyonèl yo ak kilti yo. •  Chita  koze  ansanm  ak  resipwosite  nan  mitan 

gason ak fanm nan Legliz la. •  Kominyon  ak  patispasyon  Lavi  Konsakre  a  nan 

Legliz la.

Poukisa? Poun viv lajwa ak pasyon apèl Jezi fé nou an ki base sou espirityalite Sent Trinite a nan mitan Legliz póv, pou póv yo ansanm ak póv yo, epi tou nan sèvis Rèy Bondye a.

21

Page 22: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

Yon sóti misyonè ki voye n pidouvan tan k ap vini an ak esperans an fonksyon Rèy Bondye a. Se pou sa nou angaje nou:

• Poun fè tounen reyalite divès orizon tou nèf yo ki pouse nwèkoumannapvivkarisnouyojodia,gideakpawólGranmètlaepiklereak limiyèFondatèak fondatrisyosekonsana renouvlepasyon n genyen an pou Bondye ak pou Limanite pandan n appousepidouvanaktoutfósnoudesizyonpounouswivJeziananLaviKonsakre.

•  Pou  bay  yon  espirituyalite trinitè jarèt, modèl relasyon frè ak sè nan kris la ak

nan Lespri Sen an, ki nouri mistik la ak profesi a nan Lavi Konsakre a, ki gen pou defi viv yon eklezyoloji kominyon epi disponib pou kite l dinamize apati lavi ak misyon layik, pè, evèk,

konferans nasyonal yo, ak fanmi karismatik yo, dimansyon entèkiltirèl,

kongregasyonèl ant jenerasyon yo. Konsa nou k ap tounen siy ak temwayaj yon Lavi Konsakre kip lis pran ka moun epi ki bay moun valè, pi evanjelik ak misyonè, ki leve mache al fè misyon.

•  Rann pi dinamik kilti rankont la: fwi ak fòs nouvo dinamik yo pou kreye relasyon ki vin tounen kritè ki kalifye tout angajman nou yo ke nou te pran 18 an, epi ki bay jefò nou ap fè yo nan kominote misyonè yo jarèt, pou moun vin pi moun.

•  Pou  nou  k  ap  bay  plis  plas,  nouvo sans valè nap viv yo dapre Levanjil la, yo se mak relasyon nou ak Papa a, ak lót yo, ak manman tè a epi ant nou menm tou. Se pou sa fók nou bay

valè sa yo yon nouvo sans anba limyè

22

Page 23: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

Levanjil la ak memwa pwofèt ak mati ki soti nan pèp nou yo, sila yo ki te lite pou yon Lavi Konsakre pòv, pou pòv yo ansanm ak pòv yo, depi pòv yo, jouk rive nan pòv yo.

•  Pouse  pi  devan  rekonfigirasyon estrikti yo pou rann yo pi fasil e pi efikas pou animasyon ak ranfósman Lavi Konsakre a; ki louvri sou espektativ nouvo, yon kilti vokasyonel ki defini klè idantite li e ki otantik na fason nap viv karis yo k’ap fasilite relasyon sikilè ant ministè animasyon an ak lavi fratènèl la dapre Levanjil (san wete san mete) ak la misyon.

•  Pou  entegre  diferan  pwen  sou  lavi  yo, pawòl la, mòd la, fós ki entèpele n

yo, prezans pwotagonik ak chemen Nouvèl Jenerasyon yo ki prètpou fè premye pa yo pou vin tounen atizan yon Lavi Konsakre ki leve sòti, depi andedan: entimite ki ap konstwi piti

piti yon kominyon misyonè kè sansib nan sèvis lavi a.

•  Pou  nou  rive  nan  yon  konvèsyon ekolojik otantik ki pèmèt nou integre yon konpasyon nou rele pen kreyasyon an, ak estimile swen lavi a ak kay ki pou nou tout lan a pati yon relasyon ant enstitisyon yo. Yon ekoloji integral ki travèse tout pwogram ak pwojè nou yo, pou nou kapab koud rad relasyon moun ak moun, ekoloji anbyental la ak ekonomi sosyal la.

23

Page 24: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

•  Pou  refè  travay  Lavi  Konsakre  a, gras a nouvo teknoloji inklisif e siyifikatif yo, sa ki pèmet rekonstwi twal social la ak patisipasyon, koperasyon ak sipò divès aktè yo nan sosyete a ak nan relasyon moun ak moun.

Pwogram pwojè yo

• Fómasyonapatiakpouyonkiltikitablisourankontyon’naklót

- Motive nan lekti ak lapriyè Pawòl la a pati ikòn Lavizitasyon an - Fómasyon pou sóti misyonè a depi kilti rankont youn ak lót la - Fè swivi kongrè a sou kesyon viv karis nou yo dapré limyè

Plan Gwobal 2015 – 2018 (Rejyonal yo – Nasyonal yo), Enter-Kongregasyonal yo – Kongregasyonal yo.

- Kominikasyon dijital.

• Refleksyonteolojik

Rantre nan nannan tèm nan epi tou fè tout moun konnen sa ki di nan refleksyon teolojik ak intèdisiplinè a nou fè sou ikòn Lavizitasyion ak slogan an: «Ann kouri soti pou nou al rankontre ak Lavi a…»

- ETAP ak komisyon KLAR yo - Rann pi djanm Ekip refleksyon teolojik Konferans nasyonal yo - Kreye yon obsèvatwa teolojik pou Lavi Konsakre a - Magazin KLAR a ak lòt piblikasyon - Pótay enstitisyonèl ak «red sosyal» yo.

• SeminèpoumounAmerikLatinakKarayibyo

- Tayè pou Komisyon KLAR yo - Seminè chè Frè yo - Dimansyon Entèkiltirèl nan Lavi Konsakre: afro-indijèn-peyizan - Lavi ak lamisyon ke Layik ak Rlijye yo pataje ansanm

24

Page 25: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

• SeminèRegionaleNasyonalyo:

- Kongrè entèjenerasyonèl: NG – AM - Travay men nan men sou - Maltrètman moun nan Meksik ak

ranfòsman entegrasyon relasyon ant gwoup k ap travay sou Maltrètman moun yo ak KLAR

- Jistis, Lapè ak Entegrite Kreyasyon an - Rekonfi gire estrikti animasyon Lavi Konsakre yo - Fómasyon fómatè ak fómatris yo.

• Animasyon

Sèvis animasyon pou rann posib sa nou pwopoze nan Plan Gwobal la

- Evalyasyon ak swivi Plan Gwobal la: Reyinyon Prezidans-ETAP.

- Asire swivi Konferans Nasyonal yo: Rasanbleman Jeneral, Komite moun k ap dirije yo, Rankont sekretè yo, patisipasyon Asanble Nasyonal yo.

- Relasyon ant Enstitisyon yo (CIVSVA, CELAM, UISG, USG, Ajans èd yo, Entè-ameriken, CONFER, UCESM, COSMAN,

CIEC, Amerindia, SOTER, Foròm Sosyal Mondyal, Relijyon yo pou la pè) - Sekretarya KLAR a.

Fè pwojeksyon an vi n pi rich

•  Ki  defi   Plan  Gwobal  sa  a  poze  pou  konferans Nasyonal nou yo ak Kongregasyon yo?

•  Ki lót angajman ak aksyon konkrè ki kapab ede Plan Gwobal la reponn pi byen apèl Granmèt la fè nou an nan nesesite tan nap viv la?

•  KijanPlan sa kapab sèvi nan kay fòmasyon yo? •  Ki  kalite defi  nou dispoze  leve nan nivo pèsonèl pou Plan 

Gwobal sa a k ap tounen reyalite nan lavi kominote nou yo?

25

Page 26: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

ContenidoPrezantasyon 3

Logo KLAR a pou 2015 jiska 2018 la 5

1.Konteksla 7•  Yon gwo kout je plen ak rekonesans sou chemen  8

nou fé gras a limye pawòl granmèt la•  Granmèt la ap rele nou nan reyalite    9

lavi konsakre a pou nou •   Fè eksperyans nou an nan betani a gaye    10

2. Kadbibliklaakteyolojikla 11•  Lavizitasyon an mande’n kouri sóti an ijans  12 

pou n’al rankontre ak lavi a•  Konviksyon yo          17•  Pandan n’ap kontanple ak dijere      19

kad biblik teolojik la

3. Pwojeksyonan 20•  Objektif Jeneral        21•  Yon sóti misyonè ki voye n pidouvan tan k ap vini  22

an ak esperans an fonksyon Rèy Bondye a. Se pou sa nou angaje nou

•  Pwogram pwojè yo         24•  Fè pwojeksyon an vi n pi rich 25

26

Page 27: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

27

Direksyon:Sè Mercedes Leticia Casas Sánchez, F.Sp.S.Pè Alberto Cristóbal Luna Pastore, SJSè Altagracia Ortiz Mena, SS.CC.Frè Leonardo Enrique Tejeiro Duque, FSCSè Elsie Auzier Vinhote, ASCSè Luz Marina Valencia López, STJ

Edisyon: Sekretarya Jeneral KLAR

Potrè Kouvèti a: Sieger Köder

Logo KLAR pou 2015-2018 la: Sara Melisa Niño Daza

Foto: Amerindia, Irma Eleanor Correa Llanes, ICM, CerezoBarredo, Henao, Sieger Köder, Sè Mary Margaret Mckenzie

Tradiksyon: Pè Jean-Hérick Jasmin, OMI

Revizyon estil la: Pè Gilbert Peltrop, CSsR

Desen ak dyagramasyon: Martha Viviana Torres

Kote yo enprime liv la:

© KLAR, 2016

KLARRi 64 No. 10 - 45 Etaj 5 Bogota, KolonbiTel. (57-1) 310 0481 / 310 0392

Page 28: «An n kouri soti pou n al rankontre ak Lavi a… » yon rankont moun ki kwè nan Granmèt la, moun ki viv nan lanmou ak lesperans. Plan Gwobal sa a li pote mak fabrik Lane Jibile

28