14
Gid Sou Lojman ki pa Chè Pou Aplikan ki gen Andikap Mas 2017 1

Gid Sou Lojman ki pa Chè Pou Aplikan ki gen Andikap - nyc. Web viewTanpri ale sou sitwèb . Housing Connect. la pou aplike. Si ou pito itilize yon aplikasyon sou fòma papye, ou kapab

  • Upload
    dokien

  • View
    233

  • Download
    9

Embed Size (px)

Citation preview

Page 1: Gid Sou Lojman ki pa Chè Pou Aplikan ki gen Andikap - nyc. Web viewTanpri ale sou sitwèb . Housing Connect. la pou aplike. Si ou pito itilize yon aplikasyon sou fòma papye, ou kapab

Gid Sou Lojman ki pa Chè Pou Aplikan ki gen Andikap

Mas 2017

1

Page 2: Gid Sou Lojman ki pa Chè Pou Aplikan ki gen Andikap - nyc. Web viewTanpri ale sou sitwèb . Housing Connect. la pou aplike. Si ou pito itilize yon aplikasyon sou fòma papye, ou kapab

Inite Rezève Pwojè lojman ki pa chè Depatman Prezèvasyon ak Devlopman Lojman (Department of Housing Preservation and Development, HPD) ak Kòporasyon Devlopman Lojman Vil New York (NYC Housing Development Corporation, HDC) ap jere yo rezève 7% inite pou aplikan ki gen andikap (5% pou moun ki gen pwoblèm pou deplase, 2% pou moun ki gen pwoblèm pou wè ak tande). Yo jere aplikasyon pou inite sa yo grasa yon sistèm lotri ou kapab jwenn sou entènèt nan Sitwèb Housing Connect (Koneksyon Lojman). Pou aplikan ki pa gen aksè nan entènèt, nou kapab voye aplikasyon sou papye ba ou nan kourye lapòs.

Yo te konstwi inite aksesib pou moun ki gen andikap selon Estanda Aksèsibilite Federal Inifòm (Uniform Federal Accessibility Standards, UFAS) nan. Apre yo fin apwouve yon kay pou yon inite lojman ki pa chè, y ap gen yon opòtinite pou fè pwopriyetè bilding nan konnen gen nenpòt aranjman an plis oswa espesifik yo bezwen (tankou mèb anba kontwa ki detachab, elatriye). Inite pou moun ki gen pwoblèm pou wè ak pou tande yo branche pou sipòte sistèm alam pou sèvi moun ki gen andikap pou tande ak pou wè yo. Menm jan an, yon aplikan kapab mande plis sèvis lè li bezwen li (tankou aparèy ki pale oswa ki itilize bray, elatriye) apre yo fin apwouve li pou inite a. 

2

Page 3: Gid Sou Lojman ki pa Chè Pou Aplikan ki gen Andikap - nyc. Web viewTanpri ale sou sitwèb . Housing Connect. la pou aplike. Si ou pito itilize yon aplikasyon sou fòma papye, ou kapab

Fason pou Aplike: Enstriksyon Etap pa EtapTanpri ale sou sitwèb Housing Connect la pou aplike. Si ou pito itilize yon aplikasyon sou fòma papye, ou kapab voye yon anvlòp ak adrès ou ki make sou li epi ki gen tenb sou li nan adrès ki sou piblisite devlopman pwojè a anba tit ‘How Do You Apply’ (Fason pou Aplike) la pou mande li. Nou mete aplikasyon nan fòma papye yo nan sistèm sou entènèt nou an apre dat delè aplikasyon an pou aplikasyon sou entènèt ak aplikasyon sou papye yo kapab nan menm gwoup la. Si ou deside soumèt yon aplikasyon nan fòma papye, pa aplike sou entènèt tou; si ou soumèt de (2) aplikasyon ou kapab vin pa kalifye. Pou jwenn plis enfòmasyon sou fason ou kapab jwenn aplikasyon sou entènèt, rele 212-863-7990.

Nou pral mete yon limit kalifikasyon revni sou aplikasyon yo, epi montan an gendwa varye selon pwojè devlopman lojman yo. Lojman ki pa chè pa toujou vle di lojman ki koute yon ti kras kòb. Avan pou yo aplike, nou rekòmande pou aplikan yo gade piblisite pwojè a ki gen limit revni yo pou detèmine si y ap gen chans pou yo kalifye si yo aplike epi nimewo lotri yo a soti.

3

Page 4: Gid Sou Lojman ki pa Chè Pou Aplikan ki gen Andikap - nyc. Web viewTanpri ale sou sitwèb . Housing Connect. la pou aplike. Si ou pito itilize yon aplikasyon sou fòma papye, ou kapab

Si ou gen sibvansyon pou lokasyon tankou Koupon Seksyon 8 HPD oswa NYCHA, egzanpsyon Medicaid (NHTD), Sèvis ak Sipò Endividyèl (Individual Services and Supports, ISS), egzanpsyon pou Chòk Twomatik nan Sèvo (Traumatic Brain Injury waiver, TBI), CITYFEPS, FEPS, LINC, SEPS ak VASH, limit sou revni minimòm nan gendwa pa aplike pou ou. Mwen, tanpri note si ou benefisye sibvansyon oswa koupon pou lokasyon, sa pa pral afekte jan yo travay sou aplikasyon ou a.

1. L ap enpòtan pou ou endike ki kalite andikap ou genyen (pwoblèm pou deplase, pou wè, oswa pou tande) sou aplikasyon ou a, ak si kay la bezwen yon inite ki aksesib/adaptab. Pwopriyetè bilding nan oblije lwe inite ki rezève yo avan, ki rezève pou fanmi ki gen youn oswa plizyè moun ki gen yon andikap ki pral benefisye si apatman an pi byen adapte pou yo.

Tanpri sonje inite ki rezève yo se pou kay ki gen yon moun ki gen yon andikap fizik, pwoblèm pou tande oswa pou wè sèlman.

4

Page 5: Gid Sou Lojman ki pa Chè Pou Aplikan ki gen Andikap - nyc. Web viewTanpri ale sou sitwèb . Housing Connect. la pou aplike. Si ou pito itilize yon aplikasyon sou fòma papye, ou kapab

2. Fè yon pwofesyonèl medikal ranpli Fòm Andikap (Disability Form) HPD/HDC ou a pi vit posib apre ou kòmanse pwosesis aplikasyon ou an. Disability Form nan se yon sètifika medikal ki endike li t ap yon avantaj pou ou si ou ta viv nan yon inite ki konstwi pou satisfè bezwen moun ki gen yon andikap pou deplase, pou wè, oswa pou tande. Sètifika medikal la pwoteje lavni lokatè a (oumenm), ansanm ak pwopriyetè batiman an: yo retire responsablite yo te genyen an van an pou yo detèmine si ou kalifye, epi ede garanti se fanmi ki kalifye ki rete nan inite sa yo. Li difisil pou jwenn yon plas nan pwosesis seleksyon an epi anpil aspè nan pwosesis aplikasyon an gen delè. Tanpri bay plis tan pou pare dokiman medikal pou w pa rate delè yo. Ou kapab telechaje HPD/HDC Disability Form lan nan fòma MS Word oswa PDF aksesib.

Apre ou fin Aplike Paske pwosesis seleksyon nou an travay ak yon

lotri, se pa tout aplikan ki kalifye nou pral envite pou patisipe nan yon entèvyou.

5

Page 6: Gid Sou Lojman ki pa Chè Pou Aplikan ki gen Andikap - nyc. Web viewTanpri ale sou sitwèb . Housing Connect. la pou aplike. Si ou pito itilize yon aplikasyon sou fòma papye, ou kapab

Si yo envite ou, w ap gen 2 semèn, pou sanble dokiman ki nesesè tankou (men se pa sèlman): kat sekirite sosyal, batistè, verifikasyon revni, ak prèv kote ou rete nan moman an. W ap jwenn yon lis dokimantasyon ki nesesè sou sitwèb nou an:

nyc.gov/hpd/afteryouapply

Menmsi ou jwenn yon entèvyou, sa pa vle di ou te genyen lotri a oswa yo te chwazi ou pou inite a. Entèvyou a se yon opòtinite pou ou prezante dokiman pou yo analize si ou kalifye.

N ap fè entèvyou yo fas-a-fas ansanm ak ou ak konsèy adminitrasyon bilding nan, nan yon espas komèsyal prive, epi li pa dwe fèt nan kafe oswa nan lari. Si ou bezwen yon aranjman rezonab pou entèvyou ou a, tanpri mande li avan dat randevou an.

Si yo deside ou pa kalifye pou lojman, w ap resevwa yon lèt refi. Ou gen dwa pou konteste desizyon sa a, epi y ap eksplike ou pwosesis kontestasyon an nan lèt refi a (ou pral gen 10 jou travay pou voye kontestasyon ou a alekri, ki eksplike poukisa ou panse lèt refi a te yon erè).

6

Page 7: Gid Sou Lojman ki pa Chè Pou Aplikan ki gen Andikap - nyc. Web viewTanpri ale sou sitwèb . Housing Connect. la pou aplike. Si ou pito itilize yon aplikasyon sou fòma papye, ou kapab

Si yo refize kontestasyon ou a, ou kapab soumèt yon lòt kontestasyon ak konfòmite HPD ou HDC. Voye yon imèl bay [email protected] ou [email protected]. Epi tou ou kapab rele 212-863-7990 pou pwojè HPD yo. Tanpri note, pou ou kapab soumèt yon kontestasyon ak konfòmite HPD oswa HDC , ou dwe soumèt yon kontestasyon opre konsèy administrasyon an avan.

Èske ou Bezwen èd ak Pwosesis Aplikasyon an? Anbasadè Lojman (Housing Ambassadors) HPD yo se òganizasyon kominotè ak pwomotè lojman (devlopè) ki abitye ak pwosesis aplikasyon an epi ki kapab ede ou fas-a-fas oswa nan telefòn. Gen yon lis adrès ak enfòmasyon kontak HPD Housing Ambassadors ajou ki disponib sou sitwèb HPD a. Lis sa a gen òganizasyon ki sèvi kòm Anbasadè Lojman pou Moun ak Andikap (Housing Ambassadors for People with Disabilities). Epi tou ou kapab kontakte Sanja Stegich, Fasilitatè Sèvis pou Andikap (Disability Service Facilitator) HPD an pou jwenn enfòmasyon sou Housing Ambassadors: 212-863-6486 ak [email protected].

7