13
Mizerikòd ak Verite dwe Mache Ansanm Lèt Pastoral Sou Lane ki Konsakre Pou Mizerikòd ENTWODIKSYON Lè ou gade sou figi yon moun, ou ka wè souvan anpil bagay. Kèk fwa ou wè yon kè poze ak kè kontan ki chita lakay moun nan. Lòt fwa, sa ou wè se traka oswa distraksyon, troublay oswa enkyetid, sipriz oswa ezitasyon. Petèt sa ou wè se fatig oswa tristès, kòlè oswa chagren. Gen kèk fwa tou yon figi montre solitid oswa yon swaf renmen, yon moun ki lwen oswa li ap gade san li pa wè.Yon souri, yon sousi fronse, yon kè kap dechire, yon fon plise, yon kiryozite oswa yon enterè espesyal, yon aparans renmen: souvan yon figi montre plis pase sa mo ka rive di. Pandan nou ka souvan wè anpil bagay nan vizaj lòt moun, bagay ki difisil pou kache, konsa nou dwe sonje lòt yo ka wè anpil bagay menm jan tou nan pwòp figi pa nou. Sen Jewòm yon fwa te ekri yon vèv, "figi a se imaj lespri a ak je; san yo pa pale, yo di sekrè ki sot nan kè a (Lèt 5)." Nan Ansyen Testaman nou jwenn nan Sòm yo, "toujou chache Seyè a ak fòs li; toujou chache rete devan li (Sòm 105: 4)." Liv Kwonik yo konseye nou" pou nou konte sou Bondye Tou Pwisan; toujou chèche rete devan li (1 Kwonik 16: 11)." Lè n ap chèche figi Senyè a, n ap rive jwenn li byen souvan nan vizaj lòt yo. Lè n ap chèche epi jwenn figi Seyè a, kisa reyèlman nou rive wè sou figi sa a? "LANE KONSAKRE POU MIZERIKODPap nou an Franswa ki Sen te pwolonje envitasyon labib sa a nan "chache vizaj Granmèt la" nan lane kap vini an, yon "Lane Konsakre pou Mizerikòd" ki pwal kòmanse 8 Desanm 2015. Pap Franswa kwè,

Mizerikòd ak Verite dwe Mache Ansanmm ap bay pou nou an; fè sa pou nou sonje mwen. Apre sa, menm jan an li pran yon gode diven apre yo fin manje, li di: Sa a se san mwen, se san

  • Upload
    others

  • View
    33

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

Mizerikòd ak Verite

dwe Mache Ansanm

Lèt Pastoral Sou

Lane ki Konsakre Pou Mizerikòd

ENTWODIKSYON

Lè ou gade sou figi yon moun, ou ka wè souvan anpil bagay.

Kèk fwa ou wè yon kè poze ak kè kontan ki chita lakay moun

nan. Lòt fwa, sa ou wè se traka oswa distraksyon, troublay

oswa enkyetid, sipriz oswa ezitasyon. Petèt sa ou wè se fatig

oswa tristès, kòlè oswa chagren. Gen kèk fwa tou yon figi

montre solitid oswa yon swaf renmen, yon moun ki lwen oswa

li ap gade san li pa wè.Yon souri, yon sousi fronse, yon kè kap

dechire, yon fon plise, yon kiryozite oswa yon enterè espesyal,

yon aparans renmen: souvan yon figi montre plis pase sa mo

ka rive di.

Pandan nou ka souvan wè anpil bagay nan vizaj lòt moun, bagay ki difisil pou kache,

konsa nou dwe sonje lòt yo ka wè anpil bagay menm jan tou nan pwòp figi pa nou. Sen

Jewòm yon fwa te ekri yon vèv, "figi a se imaj lespri a ak je; san yo pa pale, yo di sekrè ki

sot nan kè a (Lèt 5)."

Nan Ansyen Testaman nou jwenn nan Sòm yo, "toujou chache Seyè a ak fòs li; toujou

chache rete devan li (Sòm 105: 4)." Liv Kwonik yo konseye nou" pou nou konte sou

Bondye Tou Pwisan; toujou chèche rete devan li (1 Kwonik 16: 11)."

Lè n ap chèche figi Senyè a, n ap rive jwenn li byen souvan nan vizaj

lòt yo. Lè n ap chèche epi jwenn figi Seyè a, kisa reyèlman nou rive

wè sou figi sa a?

"LANE KONSAKRE POU MIZERIKOD”

Pap nou an Franswa ki Sen te pwolonje envitasyon labib sa a nan

"chache vizaj Granmèt la" nan lane kap vini an, yon "Lane Konsakre

pou Mizerikòd" ki pwal kòmanse 8 Desanm 2015. Pap Franswa kwè,

nan peryòd n ap viv la a, mond lan bezwen kopye sou mizèrikòd Bondye a.

Pap Franswa ekri nan anons li yo sou lane sent sa a, "Jezi kri se pòtre mizerikòd Papa".

Pawòl sa yo ta kapab rezime mistè lafwa kretyen an. Mizerikòd la vin vivan e aklè nan

Jezi, moun Nazarèt la, e li jwenn reyalizasyon l nan li. “Jezi, moun Nazarèt la, ak pawòl li,

aksyon li, ak sa li ye montre mizerikòd Bondye a (Vultus Misericordiae, VM, 1)."

Pap la kontinye pou l di, "Mizerikòd la,"...

fè konnen sa mistè La Sent Trinite a ye.

Mizerikòd: dènye ak pi gwo aksyon

Bondye fè nan fèt li fèt nan mitan nou.

Mizerikòd: lwa fondamantal ki chita nan

kè tout moun ki sanble sensèman frè ak sè

nan je pwochen l yo sou wout lavi a.

Mizerikòd: se pon ki konekte Bondye ak

moun, louvri kè nou nan lesperans lanmou

toutan malgre peche n yo (VM, 2)."

Nan ka sa, nan dezyèm Lèt Pastoral mwen nan dyosèz Trenton la, mwen ta renmen

reflechi ak ou sou kèk aspè sou "mizerikòd," sou "verite a," ak relasyon yo genyen youn

ak lòt.

KEK REFLEKSYON SOU “MIZERIKOD”

Pou nou, kretyen Katolik, konpreyansyon ak ekspresyon lafwa nou kòmanse ak Labib la,

Ansyen ak Nouvo Testaman. Nou kwè Labib la se Pawòl Bondye, premye sous ak rasin

laverite a. Nan Labib la, mo sa yo ke yo te tradwi nan lang angle kòm "mizerikòd" la se

yon mo Ebre "hesed" epi ekspresyon grèk la di "eleos." Gen lòt mo nan Labib la toujou,

nèg save yo di nou, yo itilize pou yo di nosyon "lacharite a" menm jan avèk nou, men

pou sa n ap chèche konprann la, nou kenbe referans Labib "mizerikòd la" kòm rezilta ---

yon "siy" nan sa filozòf yo rele --- plonje byen fon nan sa Bondye ye. Se la nou kòmanse.

Nan Nouvo Testaman an, nou li yon bagay sou "sa Bondye ye tout bon vre" lè Jan ekri

nan youn nan lèt li yo, "Bondye se renmen epi kèlkeswa moun ki gen renmen nan kè yo

fè youn ak Bondye e Bondye fè youn ak li (1 Jan 4: 16)".

Mizerikòd se renmen san pati pri Bondye ban nou li menm ki an premye devwale tèt li

ba nou epi fè konnen ak santi prezans li. Nou pa "travay" pou mizerikòd sa a; nou pa

"merite" li; nou pa gen okenn "dwa" sou li. Mizerikòd se yon kado gratis ki sot nan

Bondye, lè nou genyen li, li mennen nou nan Bondye, li fè Bondye prezan "nan" nou, lè

sa a, "nan" nou pou lòt yo.

Yon fwa ankò, Pap Franswa ekri,

Jan nou kapab wè nan Labib la, mizerikòd se yon mo kle ki vle di aksyon Bondye

nan direksyon nou. Li pa limite tèt li senpleman nan pale lanmou li, men fè li vizib

e ou ka touche li. Renmen, apre tou, pa janm sèlman yon pawòl anlè. Nati lanmou

li, li montre se yon bagay konkrè: lide, atitid, ak yon konpòtman ki nan lavi chak

jou a. Mizerikòd Bondye a se volonte renmen li pou nou chak. Li santi l responsab;

sa vle di, li vle byennèt ak kè kontan nou, lajwa, ak lapè nou. Sa a se chemen

renmen kè sansib kretyen dwe pran tou. Menm jan Papa a renmen, se menm jan

pou pitit li yo fè tou. Menm jan li ki gen kè sansib, menm jan tou nou dwe gen

pitye youn pou lòt (VN, 9).

Jezi aprann nou nan Sèmon sou montay la: "Ala chans pou sa yo ki gen kè sansib paske y

ap jwenn mizerikòd (Matye 5: 7)." Jan nou ye, jan nou fè, se konsa pou nou resevwa

apre tou nan men Legliz la.

Pap Franswa fè nou wè "lide, atitid, ak konpòtman ki nan lavi chak jou a" nan respè kè

sansib. Nou ka wè mizerikòd Bondye a montre ke nou anba pouvwa Bondye, kòm

rezilta, li rele nou pou nou viv li ansanm avèk li, lè sa a nou ta dwe reflechi yon ti jan plis

pou "konkretize" twa mo sa yo Pap Franswa di a.

Premyèman, "entansyon." Diksyonè a defini yon "entansyon" kòm yon "gwo lanvi pou

aji yon jan. "Apre sa," atitid." Nou souvan itilize mo" atitid " pou dekri " dispozisyon "

nou oswa "fason panse nou oswa sa nou santi pou yon moun oswa yon bagay."

Finalman, konsekans entansyon nou yo ak atitid nou yo mennen "konpòtman" oswa

"aksyon / kondwit" nou nan lavi a. "Twa koze sa yo" --- entansyon, atitid ak konpòtman -

-- mennen nou pou nou gade nan lespri nou, kè nou ak nanm nou pou nou wè kouman

ak ki jan nou ka jwenn kè sansib Bondye a.

Poutan pou "jwenn gen kè sansib," nou dwe premyèman konnen kisa n ap chèche. Nou

rekonèt deja mizerikòd di ak revele "sa Bondye ye," "nannan Bondye." An nou gade sa

yon ti jan pi byen.

Gen plizyè itilizasyon tèm "mizerikòd" la nan Legliz: nan Bib la, teoloji, litiji ak lòt ankò.

Menm lè tou, mizerikòd la se senpleman renmen Bondye pou nou, se li ki "revele pwòp

tèt li -," nou resevwa l epi nou pataje l ak lòt yo. Nou wè mizerikòd nan kè sansib,

enkyetid ak konpasyon Bondye gen pou nou epi, nou menm tou, kè sansib nou, enkyetid

nou ak konpasyon nou pou lòt moun nan reyalite konkrè lavi yo ak nan padon nou

kontinye ap bay moun ki fè nou mal yo. Yon fwa ankò, mizerikòd se pa yon bagay ke nou

merite men pito ke nou dwe bay gratis.

Nan eksperyans pi fò moun, montre mizerikòd diminye defans ni moun ki ap bay la, ni

moun kap resevwa a, konsa tou de pati yo ka fè eksperyans lavi nan Bondye jan Bondye

ta vle sa ye a. Mizerikòd pa fè diminye jijman oswa jistis, tankou kèk moun di sa a.

Mizerikòd rekonèt sa ki parèt devan nou yo nan lavi a jan li reyèlman ye e li fè sa li

rankontre yo vin pi bon, plis merite renmen, konpasyon, padon --- se pa paske moun ki

montre mizerikòd la travay pou li oswa merite nenpòt nan bagay sa yo men paske nou

tout bezwen lanmou, konpasyon ak padon pou nou ka sa nou dwe ye a; lè nou gade

orijin moun lan, se sèlman mizerikòd ki ka fè sa rive. Mizerikòd la wè vrè kreyasyon

Bondye a "bon” menm lè nou te tonbe nan mal lè mechan aan ak peche a rantre nan

eksperyans lòm nan. Mizerikòd la fè kreyasyon an ak mond lan ki blese a, tounen sòti

nan orijin ak mòd pa bon li a, pou li vin jwenn Bondye.

Mizerikòd se renmen Bondye a, ki parèt aklè nan entansyon, atitid ak konpòtman li pou

nou. Se lanmou Bondye a ki kreye; se konpasyon Bondye a ki wè epi konprann sa ki te

kraze nan kreyasyon li a, nan mond lan; se padon Bondye a ki rachte kreyasyon li a ak

mond lan, malgre li menm, epi refè nou tou tantye ankò. Lè mizerikòd sanble lwen sa

nou merite, nan moman an menm, Bondye antre nan kreyasyon l yon lòt fwa, antre nan

eksperyans moun lan ankò kòm mistè epi fè nou favè li, ki se prezans lanmou li ak

mizèrikòd li pran nou nan bra li. Panse nou yo kounye a tounen vin jwenn Seyè Jezi Kri

la, Pawòl la tounen moun, ki klere lespri nou.

Mizerikòd ede nou konprann Bondye ki tounen moun. Poukisa "Pawòl la tounen moun

epi vin rete nan mitan nou (Jan 1: 14)?" Men sa nou li nan Levanjil Jan an,:" Paske

Bondye sitèlman renmen mond lan li te bay sèl grenn Pitit li a, pou tout moun ki kwè

nan li pa janm peri men gen lavi etènèl.

Paske, Bondye pat voye Pitit li a sou tè a

pou kondannen mond lan, men pou li

menm sove mond lan (Jan 3: 16-17) ".

Mizerikòd ede nou konprann lanmès la.

Poukisa Jezi ban nou pwòp Kò li ak San

li kòm manje ak bwason? Nan Levanjil

Jan an, nou li: "Jezi di yo: Mwen se pen

ki bay lavi; moun ki vin jwenn mwen

pap grangou ankò, moun ki kwè nan mwen pap swaf ankò (Jan 6: 35) '"Nan Levanjil Lik

nou li:" Lè Li te pran kèk pen li di Bondye mèsi, Li te kase l, li ba yo, li di, Sa a se kò mwen

m ap bay pou nou an; fè sa pou nou sonje mwen. Apre sa, menm jan an li pran yon gode

diven apre yo fin manje, li di: Sa a se san mwen, se san nouvo kontra ki koule pou nou

(Lik 22: 19-20). "Poutèt mizerikòd li ak lanmou li pou nou, Kris la te ban nou tèt li, tout

antye, nan ekaristi a.

Mizerikòd la ede nou konprann padon peche a. Nan Levanjil Lik nou jwenn: "Pitit Moun

nan pat vini pou detwi lavi, men pou nou genyen lavi (Lik 9: 56)." Sou kwa a, dènye

pawòl Jezi di a ap klewonnen depi dèsyèk: "Papa, padonnen yo paske yo pa konnen sa y

ap fè (Lik 23: 24)."

Mizerikòd la ede nou konprann Pasyon an. Men sa nou li nan Levanjil Jan an: "Reyèlman

vre, m ap di nou, toutotan grenn ble a pa tonbe nan tè a pou li mouri, l ap rete pou kont

li; men si li mouri, l ap pote anpil fwi (Jan 12:24)." Nou jwenn ankò, nan Jan: "Pi gwo

lanmou pase sa a yon moun genyen, se yon moun ki bay lavi l pou zanmi l (Jan 15: 13)."

Mizerikòd la ede nou konprann Rezirèksyon an. Nan lèt Pyè nou jwenn: "Lwanj pou

Bondye Papa Jezi kri Granmèt nou an, dapre mizerikòd li gen an abondans, li ban nou

lavi ankò, li fè nou viv ak anpil lespwa lè li te fè Jezi Kri sòti leve vivan sot nan lanmò a (1

Pyè 1: 3)." Mizerikòd fè lespwa ki pa tap posib jayi si Jezi pat leve sot pami mò yo.

Mizerikòd ede nou konprann Legliz Kris la. Nan Levanjil Matye nou li: "Ou se

Pyè e se sou 'wòch' sa a m'ap bati legliz mwen an e pòt lanfè pap ka fè li anyen.

M ap ba ou kle Peyi Wa ki nan syèl la; tou sa ou mare sou latè va mare nan syèl la, tou sa

ou demare sou tè a va demare nan syèl la (Matye 16:. 18-19) "Pap Franswa fè nou

sonje" Mizerikòd se fondasyon lavi Legliz la. Tout aktivite pastoral li dwe kenbe nan yon

sansibilite ki dwe prezan pou moun ki kwè yo; predikasyon li ak temwanyaj li bay mond

lan pa dwe manke mizerikòd. Tout kredibilite Legliz la nou wè li nan jan li montre

mizèrikòd ak konpasyon renmen li (VN, 10). "Epi Pòl ekri pou nou "pa pèdi kouraj ak

mizerikòd Bondye a (2 Korentyen 4: 1)."

Ki jan nou montre mizerikòd nan Legliz la? Katechèz Legliz Katolik la (CCC) fè nou sonje

ansyen pratik mizerikòd la nan tradisyon kretyen yo: travay espirity èl la ak kòporèl

mizerikòd la:

Travay mizerikòd la se aksyon charitab ki pèmèt nou ede pwochen nou nan

nesesite espirityèl ak kòporèl li yo. Enstwi, konseye, konsole, ankouraje se travay

espirityèl mizerikòd la, menm jan padon ak fot nou sipòte avèk pasyans. Tavay

kòporèl mizerikòd la se espesyalman lè nou bay moun ki grangou a manje, bay

moun ki pa gen kay kote pou li rete, bay moun ki toutouni yo rad pou yo mete,

vizite malad yo ak prizonye yo, antere moun ki mouri yo. Pami tout sa yo, bay pòv

la kichòy se youn nan temwanyaj prensipal charite fratènèl: se yon travay jistis tou

ki fè Bondye plezi (CCC, 2447).

Bagay sa yo se bon, travay pratik Ane Konsakre pou Mizerikòd la ankouraje nou pou nou

anvizaje.

Finalman, mizerikòd ede nou konprann verite. Bonjan mizerikòd la toujou mennen nou

nan rekonesans verite paske mizerikòd la baze sou verite. Salmis la chante "Mizerikòd ak

verite va rankontre (Sòm 85: 10)." Nan Kris la, mizerikòd ak verite rankontre ansanm. Sa

reyèlman klè nan entansyon, atitid ak konpòtman li nan tout levanjil yo. An reyalite,

mwen pa kwè nou ka fè eksperyans vrè mizerikòd sa a san an menm tan nou pa fè

eksperyans verite a, paske toutbon youn pa reyèlman mache san lòt.

KEK REFLEKSYON SOU “LAVERITE”

Nou tout nou abitye avèk moman tansyon konfwontasyon sa a ant Pons Pilat ak Jezi lè

Pilat mande "kisa ki laverite?" Kòm repons Jezi te revele "Mwen

vini sou tè a pou mwen temwaye sou

laverite a (Jan 18: 37-38)." Pilat pat

premye moun ki te mande yon kesyon

konsa e Jezi pat premye kite fini resevwa

li. "Verite" te sijè etid yo, ankèt ak deba

nan tout majorite istwa nou genyen.

Filozòf, teolojyen, entelektyèl, elèv, moun

ki gen lafwa, moun ki pa gen lafwa te

kesyone ak diskite sou siyifikasyon li

genyen pandan dèzane. Ke se avan oswa

apre, nou senpleman gen pou n chita sou yon lide oswa yon definisyon sou laverite epi

kenbe li.

Lè m te etidye filozofi lekòl (medyeval) nan seminè kèk lane de sa, mwen sonje mwen te

li divès kalite definisyon filozofik sou laverite. Gen youn ki te fè plis sans pou mwen se te

Sen Toma Akinas nan Summg Theologiae li (ST): li di "laverite a se konfòmite sa ki nan

tèt la ak sa ki egziste nan reyalite (ST I.16.1)" Remake genyen de pati nan definisyon li a:

(1) sa ki egziste nan reyalite --- yon lòt jan, sa ki reyèl; epi, (2) jan sa k nan lentelijans la,

lespri a, ki dakò ak sa ki nan reyalite a. Mwen ap epanye nou yon detay sou reyaksyon

filozòf yo pandan syèk yo, sa ki "Pou ak kont," pou rive sou lide Akinas la paske li sanble

pou mwen vrèman egzat e se ap, kan menm, definisyon mwen pral sèvi ak li nan tout lèt

sa a.

Kite m ba ou yon egzanp ki senp. Mwen ap tape sou yon laptop. Se pa yon machine pou

ekri oswa yon radyo pou anrejistre poutan mwen ap tape sou li epi li ap anrejistre lide m

yo. Li pa yon òdinatè pèsonèl (PC) byenke se zafè pèsonèl mwen epi li se yon òdinatè. Li

se sa yo rele toupatou yon "òdinatè laptop." Se sa li ye e se konsa yo konnen li.

Retounen sou Jezi. "Mwen te vin sou tè a pou temwaye sou laverite," mwen te site

deja nan dyalòg Jezi ak Pons Pilat. Yon lòt kote nan levanjil yo, Jezi revele tèt li kòm

"laverite" lè li te di Toma, Apot ki te doute a, pita nan Levanjil Jan : "Mwen se chemen

an ak laverite a ak lavi a (Jan 14: 6)." Laverite a, jan nou konprann li, se, kapasite pou

nou wè, aproche, konprann epi konfòme lespri nou nan li jan li ye nan reyalite a: ki se,

Jezi Granmèt la.

Gen yon koneksyon byen fèt ant Jezi ki idantifye pwòp tèt li nan deklarasyon Levanjil Jan

--- "Mwen se laverite a" --- ak gwo lide lontan ki te nan Ansyen Testaman Bondye a. Nan

Liv Egzòd, nou abitye ak istwa "Moyiz ak touf bwa kap boule a (Egzòd 3: 1-15)." Lè

Bondye fenk parèt epi pale ak li, Moyiz te mande Bondye non l pou l te ka di moun

Izrayèl yo. "Se mwen menm ki mwen menm" Bondye te reponn (Egzòd 3: 14). Bondye

devwale ak idantifye tèt li nan yon jan pou Moyiz ak moun Izrayèl yo te ka konprann yon

fason pou yo te konnen li, li vin pèmèt lespri yo kapab koresponn ak reyalite pa li epi

rive jwenn "laverite a," menm laverite sa a Jezi te devwale kèk syèk apre pou li idantifye

tèt li a.

Antan kretyen Katolik, nou kwè Bib la se "Pawòl Bondye a, Pawòl Seyè a", kidonk,

laverite a. Lekòl yo, gade laverite sa a pou di "labib la pa gen manti." Gen tout kalite

literati ak fòm literè moun ki te enspire pou ekri tèks biblik yo te anplwaye, kèk menm te

diferan youn ak lòt, men verite nan revelasyon yo pa depaman. Yo lonje dwèt sou menm

reyalite a. Se sa nou kwè antan ke kretyen Katolik. Diferan fòm literè oswa fason kite

ekri te rive itilize pou fè lespri moun lan ak intelijans li jwenn ak laverite a epi rekonèt li.

Verite, poutèt sa, gen yon konsekans sou lespri moun lan ak kapasite entelektyèl li, ki se

yon rezilta nan konpòtman ak kondwit moun lan genyen e ki dwe mache ak li.

An nou konsidere Jezi a kòm "laverite a" yon lòt kote nan Nouvo Testaman an:

Nan konmansman se te Pawòl la e Pawòl la te avèk Bondye e Pawòl se te

Bondye... tout bagay rive apati li menm e san li, pa gen anyen ki egziste. Sa ki rive

ak li se te lavi a, e lavi a se te limyè pou ras lòm nan; limyè a klere nan fènwa e

fènwa a pa te resevwa li (Jan 1: 1-35).

Epi Pawòl la te vin tounen moun e li te abite nan mitan nou e nou te wè bèlte li,

pouvwa sèl grenn Pitit Papa a, plen ak laverite ak favè Bondye (Jan 1: 14).

Paske lalwa te vini avèk Moyiz; favè ak laverite vini avèk Jezi Kri. Paske pèsonn pa

janm wè Bondye; men sila e ki se sèl Pitit, ki se Bondye li menm, e nan relasyon

etwat li ak Papa a, fè konnen li (Jan 1: 17-18).

Sila yo ki ap viv selon laverite a vini nan limyè pou zak li yo ka fè wè byen klè ke se

nan Bondye yo sòti (Jan 3: 20-21).

Jezi di, "Si ou kenbe ansèyman m yo, ou se disip tout bon. Konsa , w ap konnen

laverite a e laverite a ap libere w (Jan 8: 31).

Lespri verite a te vini. L ap mennen nou nan tout verite (Jan 16: 13).

Sanktifye yo nan verite a, paske pawòl ou se laverite a. Menm jan ou te voye m

nan mond lan, mwen menm tou mwen voye yo nan mond lan. Pou yo mwen

sanktifye tèt mwen pou yo menm yo ka sanktifye tou nan verite a (Jan 17: 17-19).

Jezi te chwazi Apot yo, se ak yo epi a travè yo li bati Legliz la. Yo menm, apre, te mache

preche laverite bay premye kominote kretyen yo.

Apre sa, mwen di ou: "Ou se Pyè e se sou 'wòch' sa a m ap bati legliz mwen an e

pòtay lanfè yo pap ka gen pye sou li (Matye 16:18)".

Si nou dakò viv ansanm ak li (Jezi Granmèt la) epi n ap mache ankò nan fènwa,

nou nan manti e nou pa konnen verite a (1 Jan 1: 6).

Pitit mwen yo, pinga nou renmen ak pawòl oswa diskou, men pito avèk aksyon ak

verite (1 Jan 3: 18).

Lè ou tande mo verite a, bon nouvèl delivrans nou an, epi kwè nan li, sa fè tou nan

li nou aksepte pwomès Sentespri a (Efezyen 1: 13).

Pale laverite nan renmen, ap fè nou grandi pou nou viv ak tout respè konplètman

kò li, li menm ki se tèt la, ki vle di Kris la (Efezyen 4:15).

Kanpe, poutèt sa, se ak laverite pou nou tache senti nou (Efezyen 6: 14).

Nou refize pratike sa atizan yo konn fè oswa fè riz ak pawòl Bondye a, men ak

deklarasyon louvri sou laverite a nou rekòmande tèt nou devan Bondye bay tout

moun ki gen konsyans (2 Korentyen 4: 2).

Li te (Jezi Granmèt la) chwazi pou ban nou nesans nan laverite a, pou nou kapab

premye kalite fwi nan tout sa li te kreye (Jak 1: 18).

Fè byen pou ou ka prezante tèt ou bay Bondye tankou youn ki konsanti ... byen

kenbe mo laverite a (2 Timote: 2: 15).

Mwen pa janm gen gwo lajwa konsa lè mwen tande pitit mwen yo ap mache nan

verite a (3 Jan 14).

(Bondye delivrans nou an) vle tout moun sove e rive rekonèt laverite a (1 Timote 2:

4).

Nan Jezi a, n ap mache nan verite a. Se te e se vwayaj long sa a Legliz la, san parèy

genyen nan nenpòt lòt kote nan istwa moun lan.

Antan kretyen Katolik, nou kwè pa sèlman nan labib la men tou, nan ansèyman Legliz la

ak tradisyon yo ki se pilye laverite Bondye deklare yo. Lè ou konnen verite a, ou kwè

verite ta dwe fè yon gwo diferans nan lavi nou. Legliz Katolik te konnen sèten kèk

moman difisil pandan kèk syèk. Men, gen anpil pwen pozitif nan devlopman ak

chanjman sou pa deyò kite reyalize tou pandan lane sa yo, tankou fason nou eksprime

verite lafwa nou yo. Verite a li menm pa chanje. Jezi Kri a "se menm yè, jodi a ak pou tou

tan (Ebre 13: 8) "Jezi pa chanje lide li sou Legliz Katolik li te bati a non plis. Li toujou

responsab pou revele laverite a, prezante laverite a, anseye laverite ak temwaye laverite

a, jou apre jou, chak jou. Men sa nou li nan Dezyèm Lèt nan Timote:

Mwen avèti nou an gran jan, devan Bondye ak Jezi Kri, ki se Jij ni moun kap viv ni

moun ki mouri yo, avèk aparisyon li e gouvènman l lan: Se pou nou preche pawòl

la nan bon tankou nan move tan; pale serye, rale zòrèy, ankouraje avèk anpil

pasyans ak enstriksyon. Paske gen tan kap vini kote yo pap tolere bwi lansèyman

Bondye a; yo bezwen ti pawòl ki fè yo plezi, yo pral pwan pwofesè ki fè yo plezi,

konsa yo pral vire do yo bay laverite pou yo aksepte vye koze mistè pa yo (2

Timote 4: 1-4).

Sen Pòl te pale byen serye poul di: Moun yo deranje zòrèy kretyen yo nan chèche

laverite nan kòmansman Legliz la, mete tèt yo kòm "Pwofesè selon pwòp dezi yo,"

travay pou pwòp fen yo pandan y ap eseye detounen zòrèy moun yo sot nan laverite "

an favè " pwòp "istwa mistè" yo pwopoze pito. Men, kòm Jezi fè avètisman sa a nan

Levanjil Matye a, "pòtay lavil la piti e wout ki bay lavi a etwat, e se sèlman kèk ki jwenn li

(Matye 7:14)."

CCC fè nou sonje:

Nan Jezikri, tout laverite Bondye a te manifeste. "Ranpli ak lagras ak laverite " li te

vini kòm" limyè nan mond lan, " li ki se laverite a. ... Pou swiv Jezi se viv nan

"Lespri verite a," li menm Papa a voye nan non l e ki ap mennen "nan tout

verite a." Pou disip li yo, Jezi anseye renmen san kondisyon pou laverite a ...

(2466).

Moun nan gen yon tandans natirèl ale nan direksyon verite a. Li oblije onore ak

bay temwayaj pou li: "Se dapre diyite li, ke tout moun, paske yo se moun ... nan sa

yo ye kòm moun ak nan devwa moral yo genyen pou chache laverite, espesyalman

verite sou relijyon . Yo destine pou yo konfòme lavi yo ak verite a yon fwa yo

konnen li, epi dirije lavi yo nèt dapre sa verite a mande (2467)."

Se poutèt sa " Legliz Katolik ak apostolik ki Sen an e ki youn tou" kwè nan sa li fè, deklare

sa li kwè, anseye sa li fè, pratike sa li anseye: se "depo lafwa a" jan yo fè konnen li.

"Depo lafwa sa a" nan Legliz Katolik la gen ladan li yon deklarasyon konplè kredo verite

(yo) kòm yon seri ansèyman moral ak devwa ki bon, ki chita sou yon rezon: pou mennen

kretyen fidèl Katolik yo nan "ti pòtay ak wout ki etwat ki bay lavi a," rete lwen "koze

mistè san fondman" yo ak "ti pawòl ki pou fè zòrèy moun plezi". Verite a pa verite

paske nou kwè li. Verite a se verite kit nou kwè l oubyen pa kwè l. Verite a pa vre jodi a

epi li fo demen. Verite a se pa koze pou fè moun plezi; li pa yon sijè nan biwo vòt

opinyon oswa pou majorite al vote; li pa yon "bagay" yon desizyon ki baze sou kisa ki pi

fasil oswa pi bon pou swiv, oswa sa ki "santi l bon pou yo" nan kèk moman byen

espesyal. Verite a se Jezi ki abite nan mitan nou a travè Legliz li bati a. Verite a se sa

Legliz la anseye ki baze sou revelasyon li yo, kap pase nan tradisyon soti pitit an pitit.

Verite a se "Pyè" sou li Jezi bati Legliz li a tankou li te di, "sa ou mare sou tè a konsa ap

mare nan syèl la (Matye 18: 18)."

KEK PANSE SOU RELASYON KI GENYEN ANT “MIZERIKOD AK LAVERITE”

Mizerikòd dènyèman parèt nan

tèt anpil konvèsasyon nan

Legliz Katolik la nan

anpil nivo, se kòmsi kèk fwa

mizerikòd la se yon bagay

"nouvo" nan Legliz la. Sa ki "fè

zòrèy la plezi" nan anpil nan

konvèsasyon sa yo se lide si

mizerikòd la vin avan, fè "tout

bagay byen" ak "tout bagay trè

byen." Li pa enpòtan kèlkeswa

moun ou ye oswa nan sa ou kwè, oubyen di oswa fè, mizerikòd se yon rezo sekirite

garanti ke ou ka konte sou li lè ou tonbe. Mòd konpòtman sa yo mande ke ansèyman

Legliz la dwe pran souf ak mizerikòd --- petèt menm chanje oswa elimine --- konsa "

maleng sa a" ta sòti nan yo; pou yo pa deranje oswa ofanse pèson moun; yo pap non plis

lakòz pèson santi yo poukont yo oswa santi yo diferan pa rapò ak rès sosyete a; konsa

nou ka pi byen youn ak lòt nan travay ansanm, kèlkeswa pwoblèm nan; nan "tèt kole"

menm jan reklam lan di a.

Panse sa yo ki fèt pou "satisfè zòrèy yo", men, malerezman pou moun ki fè yo oswa kwè

nan yo, yo se koze "mistè". Yo mal prezante ou byen, pou pipiti, egzajere sou lide

mizerikòd la jan nou te aprann li ak konprann li la. An nou senpleman deklare, yo pa di

laverite. An nou pran pou egzanp, èske lajwa rezirèksyon Jezi a te ka pase san li pat

soufri sou lakwa, ki se dènye verite mizèrikòd divin lan? "Nenpòt ki moun ki vle disip

mwen dwe bliye tèt li, ranmase kwa l, epi swiv mwen (Matye 10: 38; Matye 16: 24; Lik

14:27," Jezi te di. Nan lavi kretyen Katolik la, angajman nan verite a se souvan nan

aksepte kwa, epi mizèrikòd la, se konsekans nan pote li.

Salmis la pwoklame "mizerikòd ak laverite va rankontre (Sòm 85: 10)." Kisa kap pase lè

yo rankontre? Eske yo rekonèt youn ak lòt kòm si yo sòti nan menm sous? Eske yo

anbrase youn lòt e travay ansanm nan chache sa ki byen, sa ki dwat ak jis? Oswa youn

anile lòt la, tankou kèk sijere, oswa yo egziste tankou nan kèk yerachi kap fè

konpetisyon kote verite a yo rekonèt li kòm sa ki bon, men mizerikòd la pi bon, preferab,

sipoze menm "plis kretyen."

Mizerikòd ak verite anpil fwa prezante kòm yon "oswa / ou byen pwopozisyon." Nan

Legliz Katolik la, menm kalite lide sa a souvan fèt dapre sa Legliz la mande ak egzije

moun katolik yo nan lalwa li yo ak estati li pa rapò a sa li pèsevwa ki ta ka "pi pastoral".

Kouman yon bagay kapab vrèman: "pastoral" oswa " gen mizerikòd" san li pa sòti nan sa

nou deklare ak sa nou kwè yo?

Mo "mizerikòd la" parèt 276 fwa nan Bib la, tou depan ki tradiksyon nou te itilize; mo

"laverite a" itilize prèske menm jan. Nan Levanjil yo, gen anpil koze sou Jezi Granmèt la -

-- ki devwale tèt li kòm "laverite (Jan 14: 6)" --- pote padon bay moun li jwenn sou

chemen l. Pandan mwen ap reflechi sou kantite sa yo ak sou tou sa mwen te eseye

pataje nan lèt pastoral sa a, atansyon mwen tounen vin jwenn istwa nan Levanjil la kote

yo te kenbe fanm lan nan adiltè a (Jan 8: 1-11). Pou mwen, istwa sa fè nou wè pi byen

kouman "mizerikòd ak laverite rankontre."

Direktè lalwa yo ak farizyen yo mennen yon fanm ki te komèt adiltè. Lwa Moyiz la

mande yon fanm konsa yo ta dwe kalonnen l ak kout wòch jis li mouri. Jezi te konnen

lalwa a ak sa ou dwe fè yo, e li te byen konnen chèf sa yo tap teste li. Li rete trankil nan

mitan akizasyon yo ak tès yo, bese pou ekri yon bagay sou tè a, e li te tounen konsantre

nan pèsistans yo. Li leve kanpe, gade alantou nan mitan foul moun yo epi pwononse mo

popilè sa yo, "se pou sila ki pa janm fè peche voye premye kout wòch la sou li." Pa yon

wòch te leve, foul moun yo te gaye epi nan moman sa a, nan rankont Jezi sa a ak fanm ki

nan peche a, mizerikòd ak laverite te rankontre.

Jezi gade li, li mande "Èske pa gen pèson ki kondanen ou?" "Pa gen moun, Seyè," li

reponn. "Ni mwen menm tou mwen pa kondanen ou." "Ale koulye a, pa peche ankò (Jan

8.:10-11). "

Sonje lalwa a te klè. Jezi pat refize verite reklamasyon yo a, ni li pa non plis chanje "lalwa

a." Sonje tou, ke fanm adiltè a pat refize non plis verite akizasyon yo, e li pat mande

anyen. Li pat travay pou jwenn padon oswa menm mande pou li. Poutan, Jezi pat

kondanen l pandan li t ap fè fas ak verite sitiyasyon dam lan. Jezi te montre li kè sansib li.

Lè sa a, li voye l ale, san konpwomi, fè l sonje pou li swiv laverite.

KONKLIZON

Pasaj patikilye Levanjil sa a, espesyalman edikatif, lè nou konsidere relasyon ki genyen --

- nan rankont mizerikòd ak verite. Gen anpil lwa ak ansèyman ak pratik Legliz Katolik la

prezante kòm verite. Kèk nan yo, poutan, difisil pou nou tande ak aksepte. Sa pa fè

diminye oswa anile verite yo. Kèk nan yo, tout bon, difisil pou nou swiv epi pou nou

obeyi; yo se kwa pou nou pote. Sa pa diminye oswa nye verite yo. Kèk nan yo pa dakò ak

sa tout moun dakò ou byen bay plis enpòtans yon seri aktivite nan sosyete. Sa pa

diminye oswa anile verite yo. Lik di nou nan levanjil li a "ap toujou gen tantasyon fè

peche (Lik 17) 1)." Menm jan tou, nou dwe sonje pawòl moun ki ekri sòm lan: "mete

tout espwa nou nan Seyè a paske avèk Seyè a n ap jwenn mizerikòd ak padon san limit

(Sòm 130: 7). "Laverite a se mizerikòd la ki ap angaje nou epi ki ap asire nou.

Filozòf medyeval yo ak entèprèt lalwa yo raple nou: "pèsonn pa atache ak sa ki enposib.

"Jezi di nan Levanjil Matye a, sepandan," ak Bondye, nan Bondye, tout bagay posib

(Matye 19: 26). "Nou pa ta dwe janm abandone verite, paske sèlman nou di li pa fasil, li

pa pratik oswa popilè. Nan Jezi, tout bagay posib, mizerikòd ak laverite. Ane sa a ke

Legliz la mete apa a, se yon tan pou tout kretyen Katolik yo mete lafwa yo, konfyans yo

ak espwa yo nan li, nan mizerikòd li ak nan verite l yo.

Nan Jezi, mizerikòd ak laverite rankontre. Pou Legliz Katolik li bati a, mizerikòd ak

laverite rankontre. Nan lavi chak jou nou kòm kretyen Katolik, mizerikòd ak laverite

rankontre. Pou nou, tou de, kòm kretyen Katolik, laverite toujou pèmèt nou gen

mizerikòd, pa pou ranplase li, men kòm yon rezilta. Epi mizerikòd tout bon vre a, toujou

gen verite a ladan l, e li pa janm nye li.

Se pou Ane sa a ki Konsakre pou Mizerikòd la tounen pou nou okazyon pou mizerikòd ak

laverite rive rankontre nan lavi nou. Se pou Mari, Manman Mizerikòd la, mennen nou

jwenn Pitit li, ki se "chemen an, laverite a ak lavi a (Jan 14 6)."

Ekselans Reveran David M. O'Connell, C.M. Bishop nan Trenton

14 Septanm, 2015

Fèt Egzaltasyon Sent Kwa