45

Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

  • Upload
    others

  • View
    26

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

Page 1: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan
Page 2: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Non elèv la:___________________________ ID # :______________________

Lekòl:_______________________________ Pwofesè:_______________________

Afidavi Pou Paran:

Mwen li epi mwen repase kòd konduit Elèv la epi mwen o kouran de konsekans yoan ka pilit mwen ta vyole youn nan pwensip sa yo pandan ane skolè 2004-2005.

_____________________________

Paran

Afidavi pou Elèv:

Mwen reserwa yon kopi kòd konduit Elèv la epi mwen konprann ke mwen dwerespekte tout pwensip ak regleman yo. Si mwen vyole okenn nan yo mwen okourande konsekans lan.

_____________________________Elèv

Page 3: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

THE SCHOOL BOARD

MIAMI-DADE COUNTY, FLORIDA

Mr. Agustin J. Barrera, Chair Dr. Martin Karp, Vice Chair

Mr. Renier Diaz de la Portilla Ms. Evelyn Langlieb Greer Ms. Perla Tabares Hantman

Dr. Robert B. Ingram Ms. Ana Rivas Logan

Dr. Marta Pérez Dr. Solomon C. Stinson

Student Advisor Adam Wexelbaum

Superintendent of Schools Rudolph F. Crew, Ed.D.

Page 4: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Règleman sou konduitelèv yo

Lekòl segondè

Lekòl Leta nan Miyami-Dade CountyPWOGRAM ALTÈNATIF POU ELÈV KI KITE LEKÒL

REGLEMAN KOMISYON LEKÒL LA 6Gx13-5d-1.08

Lekti Inisyal20 out 2003

Page 5: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Zewo Tolerans pou krim nan lekòl

Komisyon edikasyon nan Eta Florid dekrete yon politik zewo tolerans sou vyolans, krimepi sou kesyon sèvi ak zam kòm mwayen pou redui vyolans nan lekòl yo. Se yon efòk ap fèt pou etabli yon anviwonman kote ki pa gen dwòg epi yon anviwonman ki pwote-je sante elèv, ki garanti sekirite yo ak dwa sivik yo dapre sa ki nan dokiman ki rele “GoalFive of the State Education Goals”. Politik edikasyon Eta Florid la peze sou responsablitepèsonèl elèv yo ak nesesite pou ankouraje moun ki gen enterè nan kominote a ansanmak paran pou yo patisipe nan rive nan bi Komisyon edikasyon nan Eta Florid la genyenpou lekòl yo.

Politik sa a mande pou distri lekòl yo pran mezi ki pi sevè yo kapab pran dapre sa ki ekrinan Règleman sou jan pou elèv konpòte tèt yo, pou tout elèv ki fè zak kriminèl tankou:tiye moun (kit se yon zak yo planifye, kit se yon aksidan), kadejak, vòl ak zam, bat moun,bat pwofesè oubyen lòt anplwaye lekòl la sevè, kidnape moun oubyen fèmen yo yon kote,mete dife, tout elèv ki gen zam afe nan men yo, oubyen kap sèvi ak yo oubyenk ap vann yo, tout elèv k ap sèvi ak esplozif oubyen k ap vann nenpòt materyèl esplozifsou pwopriyete lekòl leta yo, ouswa nan otobis lekòl leta yo, ouswa nan aktivite lekòl letayo ap patwone.

Mete sou zewo tolerans nan kesyon krim nan lekòl leta yo, Seksyon 1006.15 F.S metekèk restriksyon sou patisipasyon tout elèv ki enplike nan zak kon sa nan aktivite entè-eskolè ki ap fèt andeyò lè regilye lekòl yo. Règleman sa a di, siyon elèv fèt pou li an bònkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan yo tap konsidere kòm yon krim grav si se yon granmoun ki te fè li, kit yo pib-liye jijman an oubyen kit yo pa pibliye li, elèv sa a ap kab patisipe nan aktivite entè-eskolèki fèt andeyò lè regilye nan lekòl yo dapre sa règleman Komisyon Lekòl la pibliye.

i

Page 6: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

SISTÈM POLISYE ENFÒMATIZE POU FÈ RAPÒ (SPAR)

Ak 1995 lan pou refòm nan sistèm jistis pou minè nan Eta Florid la mande pou chak dis-

tri lekòl fè yon koneksyon ant vyolans yon minè fè ak desizyon lekòl elèv sa a ak distri

lekòl elèv sa a pran.Tout distri lekòl oblije ranmase dose sou vyolans etidyan fè chak ane

eskolè epi yo dwe transmèt yon rapò bay Eta Florid la. Tout lekòl dwe prepare yon rapò

sou tout pinisyon (kit se anndan lekòl la, kit se pa anndan lekòl la), kit se elèv yo voye

nan tribinal kit se elèv yo voye nan santral pou jèn moun, kit se elèv yo voye nan sant

altènatif, kit se elèv yo mete deyò lekòl.

OFANS POU DELI KI FÈT ANDEYÒ LEKÒL LA

Lekòl yo pral resevwa yon notifikasyon nan men biwo distri an sou elèv ki komèt yon zak

delenkan andeyo lekol la yo ta ka konsidere kom yon deli si se te yon granmoun ki te

komèt zak la. Yo ka pran dè mezi administratif kon elèv sa yo. Zak ki te fèt andeyo lekol

la dwe gen yon repèkisyon sou anviwonman lekol la. W ap jwenn regleman sa an

Pwosedi pou Pwomouvwa epi Mentni yon Anviwonman Kote moun ka Aprann ki an

Sekirite, Gid # 12.

Yon elèv ta dwe reyalize yon Ofans ki konstitye yon Deli ka afekte seryezman avni

yo sa ki ka enkli men ki pa limite a: elijiblite l pou l resevwa yon bous detid, privilèj pou l

vote, opotinite travay, ak/oswa privilèj pou l kondui machin.

ii

Page 7: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Kominikasyon Elektwonik

Vyolasyon règleman Lekòl Leta Miami-Dade County yo

Politik administratif sou kesyon sèvi ak entènèt oubyen ak konpitè lekòl

Oubyen aparèy elektwonik pou kominikasyon yon jan ki pa apwopriye

Vyolasyon règleman Lekòl Leta Miami-Dade County yo “Politik administratif sou kesyon

sèvi ak entènèt oubyen ak konpitè lekòl oubyen aparèy elektwonik pou kominikasyon”

nan kontèks ki pa apwopriye, se vyolasyon Règleman sou konduit elèv. Devlopman

teknolojik vin pèmèt anpil elèv gen opòtinite pou yo komèt zak ki vyole Règleman sou

konduit elèv la. Paregzanp, yon imel yon elèv fè pou menase yon lòt se yon aksyon yo

gen dwa konsidere kòm yon atak. Lè yon elèv sèvi ak entènèt la pou li pran yon lojisyèl

moun pa gen pèmisyon pou yo kopye, se tankou se vòl sa ye. Yo kapab konsidere ak

tankou penetre kòd sekrè lekòl la kòm vandalis. Lè elèv sèvi ak materyèl lekòl la san

otorizasyon, kit se ta konpitè kit se ta diferan aparèy elektwonik yo rele sa “Krim ki gen

pou wè ak konpitè” e yo ka akize elèv la kòm yon kriminèl. Sa yo se kèk egzanp sèlman

nan kalite vyolasyon ki kab fèt nan domèn elektwonik. Chak vyolasyon ki fèt nan domèn

elektwonik, se yon bagay administrasyon lekòl la pral evalye ak resous elektwonik lekòl

la posede pou detèmine nan ki kategori vyolasyon sa a tonbe dapre Règleman sou kon-

duit elèv.

iii

Page 8: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Sa ki nan liv sa a

Paj

Zewo tolerans pou krim nan lekòl . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . i Sistèm polisye enfòmatize pou fè rapò (SPAR) . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . iiOfans pou deli ki fèt andeyò lekòl la . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . iiKominikasyon elektwonik . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . iii Premye pawòl . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . vi

PREMYE CHAPIT

Ki sa kòd konduit la ye epi pou ki sa nou bezwen yo? . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 1 Ki deskripsyon Règleman sou konduit elèv la bay kòm bon anviwonman nan lekòl? . . 2 Ki wòl paran elèv yo, elèv yo, epi pèsonèl lekòl la genyen nan mete anviwonman sa a sou pye? . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . .2Ki mezi prevantif kòd konduit la souliyen byen souliyen? . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 4 Ki kalite aksyon disipline fòmèl kòd konduit la rekonèt? . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 5Ki sa ki pwoteje dwa paran ak elèv nan posedi sa yo? . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . .8Ki règleman ki etabli konsènan itilizasyon telefòn selilè? . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . .8

DEZYÈM CHAPIT

Ki vyolasyon ki entewonp pwosesis edikasyonèl la? . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 9 Aksyon Disiplinè

Gwoup I (Vyolasyon) . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 10 Gwoup II (Vyolasyon) . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 10 Gwoup III (Vyolasyon) . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 11 Gwoup IV (Vyolasyon). . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 11

Vyolasyon disiplnè obligatwa Gwoup V (Vyolasyon) . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 12 Gwoup VI (Vyolasyon) . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 13

Men ki jan pou yo rapòte krim ak movèz konduit . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 14

TWAZYÈM CHAPIT

Dwa elèv yo ak responsablite yo . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 17 Dwa pou Aprann . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 18Sa yon elèv dwe konnen ak kouman pouli suiv règleman sou zafè konduit yo . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . .19 Respè pou moun epi pou pwopriyete . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 20Patisipasyon elèv nan pwogram ak nan aktivite lekòl la . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 21Konsiltasyon . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . .22

iv

Page 9: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Dosye Etidyan yo. . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 23Prezans. . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 24 Nòt yo bay etidyan . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 25Maryaj, gwosès,epi vin manman oubyen papa pitit. . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 26Dwa pou elèv yo panse, pou yo di sa ki nan kè yo epi pou yo reyini . . . . . . . . . . . . . 27Gouvènman etidyan . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 28Piblikasyon . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 29Dwa pou lelòl la fè fouy . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 30Pwosedi pou elèv depoze plent . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 31

APANDISRezime règleman Komisyon Lekòl leta yo . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . . 33

v

Page 10: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Premye pawòl

Objektif Lekòl leta Miami-Dade County yo, se devlope potansyèl chak elèv genyen pouyo aprann epi pou yo ankouraje elèv yo devlope bon jan relasyon pèsonèl nan lekòl la.Si pou lekòl yo akonpli sa, li nesesè pou anviwonman lekòl la pa gen okenn annui kikapab deranje travay ansèyman an epi anpeche elèv yo aprann. Konduit elèv gen yonpakèt enfliyans sou devlopman potansyèl li pou li aprann epi devlopman relasyon pozitifnan lekòl la.

Bi ti liv sa a se pou ede elèv yo, paran yo, pwofesè yo ak edikatè yo nan kenbe yon anvi-wonman ki apwopriye nan lekòl pou pèmèt lekòl yo reyalize objektif sa a. Pou nou kabamelyore kòd konduit la pou l mache pi byen, non sèlman nou fè li pou paran yo, pouelèv yo, ak anplwaye lekòl yo, men nou fè li gen enfòmasyon:

• Sou kesyon pinisyon

• Sou pwosedi yo dwe suiv pou yo pran aksyon disiplin, tankou mete elèv an pinisyon ak mete elèv deyò, epi

• Sou responsablite elèv yo ak dwa yo

Nou ap ankouraje w pou w li ti liv sa a epi metrize detay yo byen. Règleman Komisyonlekòl la, ki bay plis detay sou diferan aspè nan konduit elèv la se yon bagay nou devlopenan apendis la e se yon pati nan ti liv la pou nou li, pou n kab fin konprann tout detay yonèt.

vi

Page 11: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Premye chapit

Ki sa kòd konduit la ye epi pou ki sanou bezwen li?

Elèv yo bezwen yon anviwonman ki an sekirite e ki pèmèt yo aprann. Pou ede sa fèt, kòdkonduit la:

• dekri anviwonman pozitif la;

• dekri konduit ki kapab entewonp anviwonman sa a;

• ede fè pwosedi lekòl la dwe itilize yo prepare yon estanda pou li kòlte ak pwoblèm konduit nan lekòl;

• asire yo pa vyole dwa elèv yo lè yo aplike aksyon disiplin yo, epi

• li espesifye dwa ak responsablite elèv yo.

Plis yon timoun ap pwogrese nan sistèm lekòl leta, se yon bagay ki rezonab pou nouatann nou li ap vin gen plis matirite ki vle di li dwe pran plis responsablite pou zak li fè.Se sou baz diferans nan kesyon laj sa a nou chita pou nou pran aksyon disiplin kont yonelèv ki komèt yon enfraksyon. Sepandan, pwosedi ki detaye nan règleman yo aplike poutout elèv ki nan domèn Lekòl leta Miami-Dade County yo.

Règleman sou konduit elèv yo an vigè:

• nan lè nòmal lekòl la;

• pandan elèv yo nan otobis lekòl yo;

• nan moman epi nan kote gen yo ale nan joune, aktivite lekòl la ap fè, aktivite espòtif, ak lòt aktivite kote adminitarsyon lekòl yo gen otorite la.(Men tou se pa aktivite sa nou mansyone la yo sèlman kòd konduit la kouvri).

Met sou sa, direktè lekòl la gen otorizasyon pou li pran desizyon kòm direktè nenpòt lèkonduit yon elèv nan zòn ki pa sou kontwòl lekòl la deranje lòt elèv nan zafè lekòl yooubyen deranje jan lekòl la ap mache.

1

Page 12: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Ki deskripsyon Règleman sou konduitelèv la bay kòm bon anviwonman nanyon lekòl?

Yon bon anviwonman nan yon lekòl se yon anviwonman:

• ki pozitif, e ki pa negatif;

• ki ede elèv, men ki pa pini yo epi

• ki korije move konduit epi ki fè li vin yon konduit ki aseptab.

Ki wòl paran elèv yo, elèv yo, epipèsonèl lekòl la genyen nan mete anviwonman sa a sou pye?Kòd konduit la rekonèt se pou gen yon bon kolaborasyon ant elèv yo, paran yo akpwofesè yo. Men kèk egzanp bon relasyon ant moun nou mansyone anwo yo la a:

PARAN:

• ki pran bon jan responsablite pou konduit pitit yo;• ki patisipe nan konferans pou pitit yo e ki ankouraje pitit yo pou yo kondui

tèt yo nòmalman lakay yo, nan kominote a epi nan lekòl la;• ki kenbe kontak ak lekòl la sou kesyon pwogrè pitit yo lekòl;• ki fè yon fason pou pitit yo al lekòl alè chak jou epi pou pitit yo bay yon

esplikasyon sou chak fwa yo absan oubyen yo an reta;• ki bay etidyan resous ki nesesè pou yo travay nan klas;• ede pitit yo al lekòl pwòp epi pou timoun yo toujou rete an sante;• ki siyale direksyon lekòl la nenpòt pwoblèm ki afekte pitit yo oubyen lòt

timoun nan lekòl la;• ki fè pitit yo rete lakay lè li nesesè pou elèv la al lekòl oubyen lè elèv la

malad oubyen lè li fraktire;• ki diskite nòt elèv la pran nan kanè ak remak yo fè sou li nan kanè a

ansanm avè l;• ki mete lekòl la okouran tout nouvo telefòn yo ka jwenn li an ka ijans, kit

se lakay, kit se nan travay.

2

Page 13: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

ELÈV:

• ki al nan klas yo a lè chak jou;• ki vin lekòl ak zouti yo bezwen pou yo travay;• ki respekte tout moun ak afè tout moun;• ki pa di mo sal nan lekòl la ni ki pa itilize pawòl awogan nan lekòl la;• ki gen yon bon konduit • ki vin lekòl la pwòp;• ki pran responsablite pou yo fè travay yo;• ki respekte règleman lekòl la ak règleman pwofesè mete nan klas yo;• ki chache fè chanjman nan lòd epi yon fason ki apwopriye, epi • ki enfòme paran yo sou sa yo fè ak sa yo bezwen epi bay paran yo lèt yo

voye pou paran yo sot nan lekòl la, epi ki remèt lekòl la lèt paran yo voye ba lekòl la.

ADMINISTRATÈ LEKÒL:

• ki ankouraje moun bay elèv bon konsèy;• ki etabli yon atmosfè ki bay sekirite e ki ankouraje bon konpòtman • ki montre elèv yo, yo gen respè pou yo;• ki bati yon kourikoulòm ki konsidere nesesite tout elèv;• ki ankouraje bon fòmasyon ki baze sou prensip ki jis nan jan y ap trete

elèv yo;• ki devlope yon bon relasyon ant anplwaye lekòl la ak elèv yo;• ki ankouraje anplwaye lekòl la, paran yo, ak elèv yo pou yo asepte sèvis

ajans kominotè yo;• ki ankouraje paran pou yo rete an kominikasyon sere ak lekòl pitit yo;• ki ankouraje paran yo patisipe nan zafè lekòl la;• ki ankouraje timoun yo patisipe nan zafè lekòl la;• ki ankouraje elèv yo patisipe nan devlope règleman pou lekòl la;• ki ankouraje tout kominote a amelyore kondisyon sosyal yo nan kominote

a epi nan lekòl la;• ki fè tout moun konnen règ, règleman ak pwosedi lekòl la chak ane.

3

Page 14: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

ANPLWAYE:

• ki la regilyèman e ki la a lè;• ki pare pou yo travay epi pou yo sèvi ak materyèl ki apwopriye;• ki respekte tout moun epi ki respekte pwopriyete tout moun;• ki pa di mo sal nan lekòl la ni ki pa itilize pawòl awogan nan lekòl la;• ki gen yon bon konduit;• ki vin lekòl la pwòp;• ki respekte règleman lekòl la ak distri lekòl la etabli;• ki chache fè chanjman nan lòd epi yon fason ki apwopriye, epi • ki sèvi ak tout okazyon li jwenn pou li kominike ak paran elèv li yo.

Ki mezi prevantif kòd konduit lasouliyen byen souliyen?Youn nan manman konsiderasyon yo dwe fè nan aplikasyon Règleman sou konduit elèvla, se pi bon aksyon disiplin administratè lekòl la ta kab pran se aksyon ki mwensalestrèm nan nan chache resous pwoblèm disiplin nan. Pofesè yo ak administratè yo tadwe fè tout efò yo pou yo sèvi ak tout yon seri fòm disiplin enfòmèl anvan yo antre ak-syon disiplin fòmèl. E yo dwe eseye aksyon enfòmèl yo kit se anvan, kit se pandan, kitse apre yo fin fè aksyon fòmèl yo.

MEN KÈK ESTRATEJI DISIPLIN KI POGRESIF:

• fè kèk moderasyon nan kourikoulòm elèv la;• refere elèv la nan sèvis tankou konsèy sikolojik an gwoup, konsèy sikolo

jik nan men elèv parèy li, entèvansyon elèv parèy li, epi evalyasyon sikolojik;

• suiv konduit elèv gras ak ti rapò sou pwogrè li nan lekòl la ak lòt estrateji;• konferans ak kontak ant administratè, paran, pwofesè ak elèv;• mete elèv la nan yon pwogram altènatif;• konsèy sikolojik ak sèvis referans pou elèv k ap bwè alkòl, ki nan dwòg,

met sou sa fòk gen suivi ki fèt sou elèv ki antre nan pwogram sa yo plis pase yon fwa, e fòk gen moun ki la pou kore yo nan pwogram tankou TRUST Specialist ak lòt konseye.

• ki ankouraje paran yo patisipe nan zafè lekòl la;• ki ankouraje timoun yo patisipe nan zafè lekòl la;• ki ankouraje elèv yo patisipe nan devlope règleman pou lekòl la;• ki ankouraje tout kominote a amelyore kondisyon sosyal yo nan kominote

a epi nan lekòl la;• ki fè tout moun konnen règ, règleman ak pwosedi lekòl la chak ane.

4

Page 15: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Ki kalite aksyon disipline fòmèl kòdkonduit la rekonèt?Kòd konduit pou elèv yo rekonèt aksyon displinè sa yo:

Retire elèv nan klas-Pwofesè ap gen pouvwa pou li retire yon elèv k ap entewonp klasla anpil nan klas la. Nan ka sa yo, pofesè va siyale direktè oubyen moun direktè a chwazipou ranplase l nan ka sa a imedyatman. Nan ka kon sa y ap fè pofesè a jwenn StudentCase Management Form (SCAM) nan ki ap dekri ki aksyon pofesè a te pran deja pouremedye sitiyasyon an. Gid ki pou di ki jan pou yo enplimante posesis sa a, se yon bagaychak Konsèy pou Ekselans nan edikasyon ap devlope (EESAC). Lalwa Florid dakòpofesè a gen dwa pou li pa asepte pou elèv la retounen nan klas la, si li te mete elèvla deyò paske elèv sa a tap entèwonp klas la yon jan ki te anpeche pofesè anseye epianpeche lòt elèv yo aprann . Chak lekòl fèt pou yo etabli yon komite ki pou revize ka konsa e ki pou detèmine kote y ap mete elèv la si pofesè a refize li retounen nan klas la.

Fòk yo enfòme paran elèv la de reyinyon komite pou plasman e y ap fè paran elèv lajwenn yon opòtinite pou li la nan reyinyon an epi pou li defann elèv la.

N ap jwenn tout detay sou posedi sa yo nan: Posedi pou ankouraje epi mentni yon anvi-wònman sekirite nan lekòl la.

Travay pou elèv ki an pinisyon fè- Kòm yon altènatif pou voye elèv lakay li, direktè a kachwazi yon seri travay pou elèv la fè sou sipèvizyon yon granmoun direktè lekòl non-men pou tach sa a. Travay sa yo se travay Komisyon lekòl la apwouve kòm yon altènatif.Fòk altènatif sa pa depase plis pase dizèdtan travay oubyen dizèdtan asistans nan bayleson. Elèv la, oubyen paran an oubyen granmoun ki responsab elèv la gen dwa mandealtènatif sa, men se prensipal la ki gen desizyon final la.

Men kalite mòd travay sipèvize yo kab itilize kòm altènatif:• retire mak ekri sou mi;• ranmase papye atè oubyen nan lakou a;• ranmase kabare yo fin manje ladan nan kafeterya a;• bale atè;• retire poud lakre nan chifon• lave tablo, epi• pwòpte gazon (men yo pa fèt pou yo ap manyen okenn aparèy pou yo fè sa).

Mete elèv la nan yon lekòl espesyal(SCSI)- Olye yo ranvwaye elèv la tou, direktè a gendwa mete elèv nan yon lekòl espesyal (SCSI). Nan sant sa a elèv la va jwenn moun pouba l leson e ki pou ba li konsèy. Yon paran kab mande pou yo pran yon desizyon kon saolye yo ranvwaye elèv la lakay li, men desizyon final la se nan men direktè a li ye.

5

Page 16: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Lè se dezòd yon elèv fè nan yon klas ki fè yo mete l deyò nan klas la, se nan klas saa sèlman pou yo retire elèv la epi voye l nan sant lan. Si elèv la kontinye ap fè dezòdnan lòt klas yo kapab retire l nan tout lòt klas yo, si direktè wè sa nesesè.Mete elèv la nan sant pou entèvansyon konseye sikolojik-Kòm yon lòt altènatif pouranvwaye elèv la lakay li, direktè a kab chwazi pou li mete elèv la nan yon sant pou entè-vansyon konseye sikolojik. Pwogram sant entèvansyon konseye sikolojik lan se yonaltènatif pou ranvwaye elèv la ki bay elèv posiblite pou li jwenn konsèy sikolojik o nivoendividyèl e nan gwoup tou. Sant sa yo ankadre elèv ki tonbe nan dwòg, oubyen k apbwè oubyen tou elèv ki gen pwoblèm move konpòtman.

Konvèsasyon ak moun ki laj elèv la- Direktè a kab mete elèv la nan yon pwogrammedyasyon ki la pou rezoud pwoblèm ki mwen grav yo pa trete nan kòd konduit la. Sedirektè a sèl ki gen dwa pran desizyon sou sa.

Lòt altènatif-Gen dwa gen lòt altènatif, tankou rete apre lekòl, vin lekòl lè samdi, oubyenlòt pwogram ki disponib nan lekòl la, direktè kapab itilize.

Lè direktè itilize yon lòt altènatif ki pa ranvwaye elèv la, elèv la ap gen menm dwa ligenyen yo ak lè yo ranvwaye l la.

Bat elèv- Lekòl leta Miami-Dade County yo defann yo bat elèv kòm mwayen pou yo pinielèv la. Bat yon elèv sa vle di sèvi ak mwayen fizik pou w frape elèv la oubyen touche kòli. Lekòl leta Miami-Dade County yo to defann paran oubyen moun ki responsab elèv lapou yo frape elèv la kit anndan lekòl la kit nan lakou lekòl la.

Sanksyone elèv la pou li pa patisipe nan aktivite sosyal ak lòt aktivite ki pa genrapò ak lekòl- Yo kab anpeche elèv la patisipe nan aktivite sosyal ak aktivite ki pa genrapò ak lekòl la, si yo konpòte yo trè mal nan lekòl oubyen nan yon aktivite sosyal oubyennan yon aktivite ki pa gen rapò ak lekòl la, oubyen si yo te kondane yo pou yon krim grav,oubyen yo jwenn yo koupab nan yon krim oubyen si yo fè zak delenkan ki ta kab fè yopran prizon si se yon granmoun ki te komèt krim sa a, kit yo pibliye rezilta jijman an oupa.

Ranvwaye elèv la- Direktè a kab ranvwaye elèv pou 10 jou maksimòm poutèt li dezobeyisouvan ouswa move move konduit. Direktè yo va pran mezi sa yo, lè yo fin pase tout lòtestrateji disiplin, oubyen lè yo te omwen konsidere tout lòt altènatif yo epi yo wè sa pasifizan pou ka a.

Men nan ki kondisyon yo kab ranvwaye elèv la:

• Prezans elèv la nan lekòl la se yon danje pou lòt elèv epi pou lòt moun;• Gen nesesite yon peryòd pou kalme sitiyasyon an pou diminye tansyon.• Epi elèv la ouswa paran an refize yon altènatif esepte ranvwaye elèv la.

6

Page 17: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Ratrapaj –Si elèv la pa fè travay yo bay nan klas yo pandan yo ranvwaye l lekòl la, l appran yon “F” pou travay sa yo. Yon elèv yo ranvwaye l lakay li k ap fè travay yo ba li nanklas pandan yo ranvwaye l la kapab toujou resevwa nòt final li, sof si elèv sa a te mankesenk jou ou plis nan yon kou ki dire yon semès, san paran li pa siyen yon biye ba li,oubyen li manke dis jou ou plis nan yon kou anyèl, san li pa gen yon nòt paran li siyen.Mete sou fè travay sa yo, elèv la ap oblije konnen tout sa yo fè nan kou yo pandan li absan an.Pofesè yo pa oblije fè okenn efò espesyal pou yo suiv posedi sa yo. Se Responsabliteelèv yo ranvwaye a pou li jwenn devwa yo bay pandan li absan.

Lè elèv la fin fè travay li ta dwe fè yo pandan tan yo ranvwaye l la, li dwe remèt pofesèa yo, nan yon tan ki rezonab. Pofesè a ta dwe korije travay sa yo jan elèv la remèt li yoa.Y ap espere elèv la ap gen yon amelyorasyon nan konduit li epi nan efò l ap fè pouli aprann. Si elèv la pa ta fè sa, pofesè a ap oblije pran mezi ki nesesè, tan- kou rankontak paran, move nòt pou efò ak konduit, oubyen voye elèv la bay direksyon an.

Mete elèv la nan lekòl pou yon lòt opòtinite- Yon direktè kab mande pou yo mete yonelèv nan yon lekòl pou yon lòt opòtinite. Se yon desizyon yo pran lè ti mezi pitit yo pamache. Si konduit elèv la mande sa, Sipèentandan an va apwouve demann nan epimete elèv la nan youn nan kalite lekòl sa yo. Y ap kite elèv la nan lekòl sa a jiskaske lipare pou li tounen nan yon lekòl ki gen pwogram nòmal.

Mete yon elèv deyò- Yon direktè kab mande pou Sipèentandan rekòmande Komisyonlekòl la pou yo mete yon elèv deyò. Direktè yo va pran mezi sa a lè yo fin eseye tout lòtmezi ki genyen nan kontèks aksyon disiplin, oubyen lè yo fin konsidere aksyon disiplinesa yo epi yo renonse yo paske yo pap efektif nan ka sa a.

Nenpòt elèv ki nan yon pwogram edikasyon pou elèv esepsyonèl yo, ki komèt yon zakki grav ase pou yo ta rekòmande Sipèentandan an pou li mete elèv sa a deyò, se yonrekòmandasyon pou yo ta fè tousuit bay asistan Sipèentandan sant ACCESS lan akkomite pou plasman elèv esepsyonèl nan sant ACCESS lan.

Se Komisyon lekòl la sèl ki gen mo final nan kesyon mete yon elèv deyò. Pou pi plis yokab mete yon timoun deyò se pou rès semès la oubyen ane a, sesyon ete a epi yon lòtane eskolè.

Komisyon lekòl la otorize Sipèentandan an pou li modifye posesis espilsyon an epi pouli pèmèt pèsonèl lekòl yo devlope yon pogram ratrapaj olye pou yo mete elèv la deyò.Fòk pwogram sa a konsistan ak politik jeneral, pou tout etidyan yo rekòmande bayKomisyon lekòl la pou fè mete yo deyò, esepte nan ka kote pa kab gen yon pwogramratrapaj. Elèv ki pa elijib pou pwogram ratrapaj yo, yo kab rekòmande yo pou pwogramtelekominikasyon an olye yo mete yo deyò pou tout rès ane lekòl a, sesyon ete a ak yonlòt ane eskolè ankò, si prezans ak nòt elèv la pa amelyore sètadi nan efò akademik li epinan konduit li. Elèv yo rekòmande pou espilsyon e ki tonbe nan kategori vyolasyonGwoup IV yo pap kab antre nan pwogram ratrapaj la olye pou yo ta mete yo deyò.

7

Page 18: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Ki sa ki pwoteje dwa paran ak elèv nanposedi sa yo?Tout aksyon yo pran pou disipline fèt pou li ale ak règleman ak politik Komisyon lekòl laetabli. Nan tout règleman sa yo filozofi jistis ak konsiderasyon sou ki aksyon ki ta nanenterè elèv la plis la ta toujou la.

Depi se yon ka kote y ap oblije pran yon aksyon pou disiplin, fòk yo bay elèv la ak toutlòt moun ki konsène opòtinite pou yo esplike ensidan an.

Elèv ki nan pwogram espesyal poutèt yo poko konn pale angle, yo pap pini yo si yo paleyon lòt lang.

Se pou yo fè tout posib yo pou yo avize paran yo anvan yon pran okenn mezi pou disi-pline elèv la.

Paran ak elèv ki pat dakò ak aksyon lekòl oubyen desizyon administrasyon an o nivolekòl la gen dwa sa yo:

1. yon reyinyon o nivo lekòl la;2. apèl desizyon nan nivo lekòl la bay sant ACCESS lan; epi3. yon posedi pou yon plent fòmèl.

Nan ka yon rekòmandasyon ki mande swa yon pwogram lekòl pou yon dezyèm opòtinite,swa yon pogram altènatif, swa yon espilsyon, paran yo kab mande yon jijman devan yonjij ki pa gen patipri.

Ki règleman ki etabli konsènan itilizasyon telefòn selilè?Posede yon telefòn selilè pa yon vyolasyon kòd pou konduit elèv (CSC) lan. Sepandan,posede yon telefòn selilè kap deranje pwosesis edikasyonèl lan; itilize yon telefòn selilèpandan lè lekòl; ak posede epi itilize yon telefòn selilè kap deranje oubyen fè entèferansak sekirite vital elèv yap transpòte nan yon bis M-DCPS lekòl la, kap konstitye yonvyolasyon kòd pou konduit elèv (CSC) lan.

8

Page 19: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Dezyèm Chapit

Ki vyolasyon ki entèwonp posesisedikasyonèl la?Kòd konduit pou elèv yo konsidere tout aksyon direktè lekòl, edikatè, elèv, ak manmkominote a konsidere kòm aksyon ki ap entewonp posesis edikasyonèl la leplisouvankòm vyolasyon.

Sepandan, se pou nou souliyen, lis sa a se pa tout e yon elèv ki fè yon moze zakki pa sou lis la ap tonbe anba pouvwa direktè lekòl dirèkteman.

Pi gwo konsiderasyon ki genyen nan aplike kòd konduit la se pou yo idantifye ki aksyondisiplin ki ap pèmèt elèv la devlope yon konduit ki pozitif. Nan bi sa a, yo divize vyola-syon yo an sis gwoup, an menm tan tou yo idantifye yon seri aksyon administratif yo kab prantou depan de gravite zak la. Anvan yo enplimante aksyon disiplinè, pandan menm y apenplimante li, epi apre yo fin enplimante li, sèvis pou etidyan nan lekòl la tankou kons-eye, travayè sosyal, epi sikològ ap toujou la pou elèv rezoud nenpòt poblèm k-ap afektekonduit li.

Direktè a oubyen pofesè a, oubyen toulede, gen dwa pou yo sèvi ak pouvwa yo ba yo apou yo pran lòt aksyon administratif, ki ta nesesè. daprè yo, selon gravite zak elèv lakomèt la. Met sou sa, lòt administratè lekòl la gen dwa pou yo eseye wè kouman yo eviteaksyon disiplin ki obligatwa nan kad Divizyon pou edikasyon altènatif epi pou evite elèvkite lekòl. Moun ensidan an afekte dirèkteman yo, y ap avèti yo pou rezon ki fè yo fèchanjman nan règleman yo.

Sipèentandan an, lè l fin konsilte moun pou l konsilte nan Sant ACCESS an, nan distria, paran yo epi elèv la, kab fè yon elèv ki te gen plis pase 15 an oubyen ki te pi piti lè lite komèt zak ki fè yo mete l deyò a, oubyen mete l nan pwogram ratrapaj laj, kab meteelèv sa a nan yon pwogram regilyè, lè elèv la fin montre li pase yon semès nòmaloubyen plis nan yon lekòl pou yon dezyèm opòtinite oubyen nan yon pwogram altènatif.

Menm elèv sa a ap sou siveyans e y ap retounen l nan pwogram kote li te ye a imedyatmanyo wè konduit li vin ensipòtab. Yo pap aksepte yon elèv yo fin mete deyò nan okennpwogram ratrapaj toutotan tout tèm li pa fini nan pwogram sa a.

Tout elèv ki al lekòl lajounen e ki al lekòl aswè nan M-DCPS dwe obeyi kòd konduit la (Elèv ki nansegondè yo) nan tout kesyon disiplin yo, met sou sa ki di sou kesyon konduit nan lekòl leswa yo.

Tablo sa yo dekri vyolasyon ak aksyon disipline yo. Lè vyolasyon yo mande yon aksyondisipline, yo kab enplimante plan an an pati oubyen ann antye. Si vyolasyon an te mandeyon aksyon obligatwa, yo dwe aplike plan an ann antye, sof si gen pati nan plan ki pa aplikab.

9

Page 20: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Kraze Afè Lòt Moun San Rezon (kaminè):

Se destwri, andomaje, defigire pwopriyete lekòl la oswapwopriyete pèsonèl – Se destrwi, andomaje, defigirepwopriyete piblik oswa prive san konsantman pwopriyetè aoswa moun ki gen posesyon bagay la.

PREMYE VYOLASYON- PLAN BVIOLASYON KI FèT SOUVAN- PLAN C (OBLIGATWA)

Aksyon Disiplinè(Yo kab aplike youn nan aksyon sa yo oubyen plis)

PLAN A• Kontakte paran oubyen fè reyinyon ak paran• Reyinyon ant administratè, elèv ak pofesè• Pinisyon, nan klas oubyen nan lekòl la

PLAN B* Kontakte paran oubyen fè reyinyon ak paran.* Reyinyon ant administratè, elèv ak pofesè* Retire elèv la nan klas la, si sa bon* Ranvwaye elèv la, oubyen lòt mezi tankou Sant

eskolè pou enstriksyon espesyal, retire privilèj oto-bis elèv la nan men l, oubyen tou rekòmande pouelèv la al lekòl nan lekòl ki ofri lòt opòtinite.

* Patisipe nan yon sesyon sou pwoblèm anmèdemoun. Fè rechèch sou kesyon anmède moun.

* Siyale lapolis Lekòl leta Miami-Dade ak lapolislokal la sou nenpòt zak kriminèl pou yo kab pranaksyon legal.

* Lè sa posib chache dedomajman oubyenrestorasyon.

PLAN C* Kontakte paran oubyen fè reyinyon ak paran.* Reyinyon ant administratè, elèv, pofesèak paran.* Reyinyon ant administratè, elèv ak pofesè * Retire elèv la nan klas la, si sa bon* Ranvwaye elèv la, oubyen lòt mezi tankou Sant

eskolè pou enstriksyon espesyal, retire privilèj otobiselèv la nan men l, oubyen tou rekòmande pou elèvla al lekòl nan lekòl pou dezyèm opòtinite.

* Fè elèv la patisipe nan kèk seyans ki pale soukouman elèv la ka sispan aji jan li aji.Yo kab fè saolye yo ranvwaye li.

* Siyale lapolis Lekòl leta Miami-Dade ak lapolislokal la sou nenpòt zak kriminèl pou yo kab pranaksyon legal.

* Lè sa posib chache dedomajman oubyenrestorasyon.

* Fò yo voye yon avi bay paran pa lapòs si yo deside pouranvwaye elèv la.

** Y ap fè rapò zak kriminèl yo selon sa ki ekri nan oki-man ki rele Posedi ki la pou ankouraje epi mentni yonanviwon sekirite nan lekòl la.

VyolasyonGWOUP I (Vyolasyon)

Move konduit ki pa grav:Reta san esplikasyon, absans nonmotive, fè woul,mache ak bipè, telefòn selilè, endikatè a lazè, sidi,lòt materyèl elektwonik pou divètisman, vyolasyonregleman pou inifòm, nenpòt lòt konduit ki entè-wonp posesis edikasyon an nan lekòl la.

PREMYE VYOLASYON-PLAN AVYOLASYON REPETITIVE-PLAN B (OBLIGATWA)

GWOUP II (Vyolasyon)

Agresyon/Menas/Ent imidasyon(SPAR):

Yon elèv ki sanble li kab aji selon jan li di a apre li finmenase yon moun vèbalman oubyen fizikman, ki fèmoun nan pè.

Triche:Se lè ou volontèman ap itilize travay yon lòt moun te fè pouka resevwa kredi oswa amelyore nòt ou, kopye, bay kèkrepons oswa resevwa kèk repons pandan yon tès.

Abi:Atitid ostil, entimidasyon, dominasyon, oubyen konduitmenasan ki la pou abize yon lòt moun fizikman oubyensikolojikman

Manke otorite lekòl la dega:Pa fè sa yon pèsonèl nan lekòl la di elèv la fè.

Anpeche otobis lekòl yo fè kous lanòmalman:

Nenpòt move konduit nan yon otobis lekòl

Jwe aza(SPAR):Patisipe nan jwèt aza kit pou lajan kit pou materyèl ki genvalè.

Arasman: (SPAR)Maltrete yon elèv akòz de sèks li, ras li, koulè li, relijyon li,gwoup etnik li, orijin nasyonal li, pwennvi politik li, statisosyal li, laj li, preferans seksyèl li, aryè plan familyal li,sosyal li, preferans lengwistik li, ansent li ansent oubyendisability li genyen

Pwopozisyon endesan: (SPAR)Mande moun fè bagay

Ti vòl: (Vòl ki pa depase $300.00): (SPAR)Yon moun ki gen bagay yon lòt nan men l ki pou l kenb l kitpou l vann li san mèt bagay la pa konnen.

Liv, foto ak videyo ki endesanLè yon moun genyen oubyen lè l ap ditribiye materyèl sa yo

Amède moun sèksAvans seksyèl yon moun kab fè sou yon lòt kote lòt la paaksepte, mande yon moun favè seksyèl, ak lòt seksyèl fizikoubyen vèbal, ki anpeche elèv fonksyone byen lekòl, ouswaki kreye yon atmosfè ki enfimite elèv, ki ostil pou elèv, oubyenki deranje atmosfè nòmal nan lekòl la.

Sèvi ak pawòl salMove pwopo, betiz, menas ak pawòl pwovokan

Fimen nan lekòl la:Kenbe yon sigarèt, limen li (siga, eksetera ), aspire oubyenpouse lafimen yon podui tabak deyò.

10

Page 21: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

11

VyolasyonGWOUP III (Vyolasyon)

Fo akizasyon:Se lè yon moun akize yon lòt pou yon bagay li pa fè ki kapab riske repitasyon pwofesyonèl osnon sètifika pwofesyonèl yon pwofesè osnon yon manm pèsonèl la.

Fo alam pou dife:Se lè yon moun fè espre li sonnen alam pou dife, osnon pou bay moun ki travay nan likòl yo move enfòmasyon sou yon dife, pou fè yo konprann ta gen yon dife ki pran.

Batay:(Batay youn kont lòt, diskisyon youn ak lòt) – Se lè 2 moun oubyen plizyè moun deside pou yo batay jiskaske se lòt moun ki oblije vin kenbe yo oubyen yo lakòz domaj fizik osnon blesi nan kò.

Patisipasyon nan Òganizasyon ki pa otorize:Se patisipe nan klib, nan fratènite, asosiyasyon etidyan, osnon nan sosyete sekrè ki pa gen otorizasyon Komisyon lekòl leta yo.

Moun ki gen fedatifis, ki van yo epi ki sèvi ak yo:Se genyen, itilize osnon vann fedatifis ki kab prezante yon danje pou etidyan yo nan lekòl la.

Moun ki gen zam ayewosol osnon zam pwoduichimik: (SPAR)

Se lè moun gen zam ayewosol osnon zam pwodui chimiktankou gaz lakrimojèn, gaz ki danjere osnon spre mes.

Moun ki gen Zam kache ak Zam atifisyèl: (SPAR)Se lè moun genyen, oubyen yo kache osnon yo montre yogen yon zam atifisyèl tankou, men san limit, revòlvè jwèt,revòlvè dlo, pistolè delo osnon louto jwèt.

Rantre Nan Yon Pwopriyete San Otorizasyon:(SPAR)

Se antre nan lekòl lan, nan transpòtasyon pou lekòl la, oswaantre san otorizasyon nan yon akivite y ap òganize andeyòlekòl la oswa lèe yo te envite w pou patisipe men yo vinmande w pou deplase.

Kraze Afè Lòt Moun San Rezon (ka majè):Se detwi ak volonte osnon ak mechanste pwopriyetelekòl la epi/oswa andomaje pwopriyete yon lòt moun sa kivin gen kòm rezilta domaj ki evalye a $100 oswa plis.

PREMYE VYOLASYON – PLAN C LÒT VYOLASYON – PLAN D (OBLIGATWA)

GWOUP IV (Vyolasyon)Atak sou staf lekòl la: (SPAR)

Se lè yon etidyan fè menas nan bouch osnon ak fòs sou yon manm staf lekòl la, epi etidyan sa a gen fòs ki montre li kab fè sa vre, epi lè moun pè toutbon apre elèv la fin fè menas la.

Atak (Sou moun ki pa manm staf la): (SPAR)Se entansyon pou touche osnon frape yon lòt moun kontvolonte l, oubyen fè espre pou fè yon lòt moun mal.

Kase Kay/Volè (SPAR):Se antre pa fòs nan yon kote ilegalman, prezans nonotorize nan yon bilding oswa yon lòt kote, oswa entansy-on pou andomaje oswa anlve pwopriyete moun, oswa fèyon moun (yo) ditò.

Konduit Dezòdone (SPAR):Se lè ou entèwonp seryezman tout yon aktivite oswa yonpati nan aktivite k ap fèt nan lekòl la, aktivite lekòl la pat-wone, transpòtasyon nan bis lekòl la. Konpòtman dezò-done ki konstitye yon menas serye pou kote moun ap vinpou aprann, pou sante, pou sekirite ak/oswa byenèt lòtmoun.

Bolfe moun pou volè yo (SPAR):Se chèche pran lajan, enfòmasyon osnon nenpòt lòtbagay ki gen valè nan men yon lòt moun avèk presyonosnon entimidasyon.

Gwo vòl: (Plis pase 300 dola) (SPAR)Se lè yon moun pran osnon vann byen lòt moun san mètbyen an pa dakò.

Volè Machin: (SPAR)Se lè ou itilize yon machin alòske yo pat otorize w pou fèsa, atanta pou pran yon machin.

Moun ki gen dwòg,ki van dwòg epi ki distribiye dwòg:Se lè yon moun gen nenpòt dwòg, dwòg ilegal, alkòlosnon atik ki sanble ak yo, sof kokayin. (Lè yon moun vinnan lekòl la ak dwòg ki pa legal ak alkòl sa pa bon epi saka lakòz yon danje.)

VòlSe lè yon moun pran lajan oubyen afè lòt moun oubyensa yo gen nan men yo pa fòs oubyen nan kraponnen lòtmoun nan.

Moun ki sèvi ak dwòg ak alkòl:Moun ki pran dwòg ki pa yon preskripsyon medikal pou etidyan an kapab lakòz chanjman nan kon pòt-man etidyan an osnon nan lespri li, osnon nan santi-man li. (Lè yon moun vin nan lekòl la ak dwòg ki pa legal ak alkòl sa pa bon epi sa ka lakòz yon danje.)

PREMYE VYOLASYON – PLAN D LÒT VYOLASYON – PLAN D (OBLIGATWA)

Sanksyon(Yo kab konsidere youn osnon plis pase

yonn nan sanksyon sa yo)

PLAN C

• Kontakte paran oubyen fè reyinyon ak paran.

• Reyinyon ant administratè, elèv ak pofesè

• Ranvwaye elèv la, oubyen lòt mezi tankou rekòmande pou elèv la al lekòl nan Lekòl ki ofri lòt opòtinite.

• Siyale lapolis Lekòl leta Miami-Dade ak lapolis lokal la sou nenpòt zak kriminèl pou yo kab pran aksyon legal.

• Lè sa posib chache dedomajman oubyen restorasyon.

PLAN D• Kontakte paran oubyen fè reyinyon ak paran.

• Reyinyon ant administratè, ak paran

• Rekòmande pou yo mete elèv la deyò nan lekòl la. Direktè voye elèv la nan lekòl ki ofri lòt opòtinite oubyen mete elèv la nan yon pogram pou moun ki pran dwòg.

* SA EGZIJE DIREKTÈ LEKÒL LA FÈ REKÒMANDASYON POUMETE MOUN NAN DEYÒ NAN LEKÒL LA.

Page 22: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

12

• Siyale lapolis Lekòl leta Miami-Dade ak lapoli lokal la sou nenpòt zak kriminèl pou yo kab pran aksyon legal.

• Lè sa posib chache dedomajman oubyen restorasyon.

* Fò yo voye yon avi bay paran pa lapòs si yo deside pou ranvwaye elèv la.

** Y ap fè rapò zak kriminèl yo selon sa ki ekri nandokiman ki rele Posedi ki la pou ankouraje epimentni yon anviwon sekirite nan lekòl la.

VyolasyonGWOUP V (Vyolasyon)

Dezòd san rete: (SPAR)Se lè yon moun komèt nenpòt nan vyolasyon kinan lis Kòd Konduit la pandan plizyè fwa ki kapablakòz yo sispann li lekòl la pou 20 jou.

Krim ki an rapò ak rayisman: (SPAR)Se krim osnon zak kriminèl ki an rapò ak rayismanpoutèt sa yo remake sou viktim nan, sa lakòz ou montre tout malveyans ou osnon enpe nan malveyans sou viktim nan, osnon poutèt ou kon-nen ras viktim nan, relijyon li, koulè li, preferans seksyèl li, nan ki gwoup etnik li soti, zansèt li, na-syonalite li, eksetera.

Lòt Vyolasyon Majè : (SPAR)Se lòt ensidan majè ki pa koresponn ak lòt defin-isyon yo. Nenpòt ensidan majè, ki ka koze ditò kipat klasifye anvan sa kote lapolis oblije fè yon entè-vansyon.

Posede ak/osnon kache zam: (SPAR)Se mache ak zam, kache yon zam osnon pote kouto kote pou moun wè, oubyen pote oubyen mache ak pwodui chimik flamab osnon nenpòt atikki kab sèvi poublese moun osnon pou koze lanmò yo.

Moun ki gen kokayin oubyen ewoyin sou yo:(SPAR)

Se posede nenpòt kantite kokayin osnon ewoyin.(Lè yon moun vin nan lekòl la ak dwòg ki pa legal

ak alkòl, sa pa bon epi sa ka lakòz yon danje.)

Moun ki gen dwòg, ki van dwòg epi ki distribiye dwòg

Se lè yon moun distribiye dwòg ak alkòl bay lòt etidyan. Lè ou gen yon kantite yo kab konsidere kòm plis pase sa ou ka itilize pou tèt ou, sa ap pèmèt yo konnen si ou ap distribiye osnon si ou apvann. (Lè yon moun vin nan lekòl la ak dwòg ki palegal ak alkòl sa pa bon epi sa ka lakòz yon danje.)

Vyolasyon seksyèlSe yon konpòtman ki endesan.

PLAN E (OBLIGATWA)

Mezi DisiplinèObligatwa

PLAN E

• Kontakte paran oubyen fè reyinyon ak paran.

• Reyinyon ant administratèak paran

• Sispann elèv la pou 10 jou oubyen rekòmandepou yo mete elèv la deyò.

• Siyale lapolis Lekòl leta Miami-Dade ak lapolis lokal la sou nenpòt zak kriminèl pou yo kab pran aksyon legal.

• Lè sa posib chache dedomajman oubyen restorasyon.

* Fò yo voye yon avi bay paran pa lapòs si yo deside pou ranvwaye elèv la.

** Y ap fè rapò zak kriminèl yo selon sa ki ekri nandokiman ki rele Posedi ki la pou ankouraje epi mentni yon anviwon sekirite nan lekòl la.

Page 23: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

GWOUP VI (Vyolasyon)

Atak grav: (SPAR)Se lè yon etidyan fè menas nan bouch osnon ak fòs sou yon manm staf lekòl la, epi etidyan sa a gen fòski montre li kab fè sa vre, pandan l ap fè wè zam ki kabtire, oubyen kouto, osnon lòt zam ki kab touye moun, epi lè moun pè toutbon apre elèv la fin fè menas la.

Bat moun grav: (SPAR)Se lè ou lakòz ak tout entansyon osnon ak tout konesans ou domaj fizik grav sou moun, domaje yon moun

avi osnon defigire yon moun pou rès vi l; osnon lè ou sèvi ak nenpòt zam osnon nenpòt fo zam.Vòl ak zam: (SPAR)

Se pran lajan osnon lòt byen nan men yon moun osnonki sou siveyans yon lòt moun avèk entansyon pou retirelajan osnon lòt byen an nèt osnon pou yon ti moman nan men moun nan, epi pandan ou ap itilize nenpòt zam osnon nenpòt fo zam pou fè zak la.

Ensandi kriminèl: (SPAR)Se mete dife ak volonte osnon ak entansyon malveyan,sa ki ta lakòz gen dega ki fèt sou pwopriyete lekòl la aksou pwopriyete lòt moun.

Kou ak Blesi osnon Kou ak Blesi grav souPwofesè osnon lòt Manm Pèsonèl lekòl la:(SPAR)

Se kou ak blesi osnon kou ak blesi grav, jan sa defini piwo a, sou nenpòt anplwaye ki deziyen, osnon nenpòt anplwaye sektè eskolè, menm si l ap travay nan pwopriyete lekòl la, osnon nan transpò lekòl la peye pou li, osnon pandan anplwaye ki deziyen an osnon anplwaye a ap okipe zafè ofisyèl lekòl la.

Touye moun (Ansasinay, pran desizyon poutouye yon moun): (SPAR)

Ansasinay – Se touye moun ilegalman.Omisid envolontè (SPAR) – Se lè ou touye yon mounsan rezon legal alòske ou pat gen yon entasyonmalveyan ki deklare oswa ki souzantandi.

Kidnape moun: (SPAR)Se lè yo fèmen, kidnape osnon anprizone avèk fòs, ansekrè osnon ak menas yon lòt moun kont volonte l, epitou san otorite legal, pou eseye 1) kenbe moun nan poujwenn lajan osnon rekonpans, osnon kenbe moun pou pwoteje tèt ou osnon yon otaj; 2) komèt osnon lakòz yokomèt nenpòt krim; 3) lakòz domaj fizik osnon teyorizeviktim nan osnon yon lòt moun; epi 4) Deranje aktivite gouvènman an osnon yon aktivite politik.

13

VyolasyonFè menas osnon fo rapò: (SPAR)

Se fè menas pou aktive, voye, mete osnon esploze yonbagay ak entansyon pou fè kraze yon moun oubyen pwopriyete lòt moun.

Moun ki gen bagay ki ka esploze, ki van yoepi ki distribiye yo: (SPAR)

Yon bagay ki ka esploze se nenpòt konpoze chimik ki kab fasil kreye esplozyon, pa egzanp yon amòs ki ka esploze, yon detonatè.

Moun ki gen bagay ki ka esploze, ki van yoepi ki distribiye yo★ (SPAR)

Se lè yon moun genyen, oubyen li sèvi oubyen li vann zam afe osnon bagay ki ka esploze sou pwopriyete lekòl la, nan transpò ki finanse pa lekòl la, osnon nan aktivite lekòl la finanse. Yon zam afe se nenpòt zam (tankou revòlvè ki gen deklanchè) k ap osnon yo kapabtransfòme fasil pou tire yon bagay pandan gen yon esplozyon ki fèt, kò nenpòt zam, pa egzanp nenpòt grenn bal; nenpòt silansye yon zam afe; nenpòt bagay

ki ka esploze osnon nenpòt mitrayèt.

“Bagay ki ka esploze” vle di nenpòt bonm, grenad, min,fize, misil osnon yon aparèy ki gen gaz ki ka esploze, gaz ensandi osnon gaz pwazon epi ki genyen tou nenpòt mamit frajil ki plen ak gaz ki ka esploze, gaz pou mete dife osnon gaz k ap devlope, ki prepare pou eksploze ak resipyan an epi ki kapab lakòz domaj sou kò moun osnon domaj sou pwopriyete moun.“Bagay kika esploze” vle di tou tout pyès ki asosye swa ki prepare, swa ki fèt pou sèvi pou fè nenpòt lòt bagay tounenyon bagay pou esploze, epitou avèk aparèy sa a, yo kab reyalize yon aparèy ki ka sèvi pou esploze.

Vyolans Seksyèl: (SPAR) Se penetrasyon ògàn seksyèl yon lòt moun nan bouch,nan anis osnon nan vajen osnon se penetrasyon anis osnon vajen yon lòt moun ak nenpòt lòt bagay.

PLAN F (OBLIGATWA)

Mezi dispilinè obligatwa

PLAN F• Avize paran/Administratè òganize reyinyon

• Sispansyon pou 10 jou ak rekòmandasyon poumete etidyan an deyò.

• Siyale lapolis Lekòl leta Miami-Dade County yo aklapolis an jeneral sou nenpòt zak kriminèl pou yokab pran aksyon legal.

• Etidyan ki gen mwens pase 16 zan yo ta mete deyòlekòl selon vyolasyon sizyèm gwoup la ap transferenan yon lòt pwogram nan lekòl leta Miami-Dade County.

• Elèv ki gen plis pase 16 an ki vyole nenpòt nan règle-man ki nan gwoup VI yo, yo voye yo nan yon pwogramaltènatif pou tout rès tan yo gen pou yo fè nan Lekòl letaMiami-Dade Couty yo.

• Fò yo voye yon avi bay paran pa lapòs si yo deside pou ranvwaye elèv la.

** Y ap fè rapò zak kriminèl yo selon sa ki ekri nan dokiman ki rele Posedi ki la pou ankouraje epi mentni yon anviwon sekirite nan lekòl la.

★ MOUN KI GEN ZAM, MOUN KI SEVI AK ZAM, MOUN KI VANN ZAMOUBYEN LòT BAGAY KI KA ESPLOZE SOU PWOPRIYETE LEKòL LA,NON SèLMAN Y AP BA YO SISPANSYON OUBYEN YO KA METE YODEYò OUBYEN YO KA PRAN SANKSYYON KONT YO E YO GEN DWAOUBYEN YO KA Fè LAPOLIS ARETE YO.

Page 24: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Men ki jan pou yo rapòte krim ak movèz konduit

Li enpòtan pou tout elèv ak paran yo konprann, apa pinisyon lekòl la ka bay aksyon disiplinè o nivolekòl yo, gen kèk zak kriminèl ak konduit destriktif règleman Komisyon lekòl la mande pou yo rapòteyo bay lapolis lokal epi bay lapolis Lekòl leta Miami-Dade yo (Règleman Komisyon lekòl nimewo6gx13-4a-1.210. Men zak y-ap rapòte yo:

14

1. Vòl ak zam nan men– Lè yon moun pran lajan oubyen lòt byen yon lòt moun, ak entansyon pouli kenbe li nèt oubyen pou yon moman, san l pa ba moun nan zafè l, epi si pandan aksyon sa amoun nan sèvi ak yon zam.

2. Mete dife– Nenpòt dife yo limen ak entansyon pou yo boule lekòl la, bagay nan lekòl la oubyenpwopriyete yon moun.

3. Agresyon/Menas/Entimidasyon– Se lè yon moun fè menas nan bouch osnon ak fòs sou yonmanm staf lekòl la, epi moun sa a gen fòs ki montre li kab fè sa vre, epi lè moun pè toutbon apreli fin fè menas la.

Atak grav– Atak ak zam.

4. Ba moun kou– Lè yon moun fè espre pou li touche yon moun oubyen pou li frape yon mounkont volonte moun sa a epi pou li fè moun nan ditò.

Bat moun– Lè yon moun bat yon lòt moun ak tout entansyon pou li fè moun nan mal, doma-je l pou tout tan, make figi l pou lavi oubyen kenbe yon zam nan men w pandan w ap frape yonmoun.

5. Ba pwofesè oubyen nenpòt anplwaye nan lekòl la kou– bay nenpòt reprezantan lekòl la oubyen anplwaye lekòl la kou kit se anndan lekòl la, sou lakou lekòl la, nan otobis lekòl la, nanaktivite lekòl la ap fè pandan moun sa a ap travay pou lekòl la.

6. Menas pou bonm– Pou menase, oubyen voye oubyen vize, oubyen mete oubyen deklannchenenpòt materyèl ki ka detwi ak entansyon pou fè yon moun mal oubyen pou detwi byen yon moun.

7. Kase Kay/Volè– Se antre pa fòs nan yon kote ilegalman, prezans non otorize nan yon bildingoswa yon lòt kote, oswa entansyon pou andomaje oswa anlve pwopriyete moun, oswa fè yonmoun (yo) ditò.

8. Fè abi– Entimidasyon ak menas ki vize fè yon moun mal kit o nivo fizik oubyen o nivo mantal.

9. Konduit Dezòdone– (Se lè ou entèwonp seryezman tout yon aktivite oswa yon pati nan aktivitek ap fèt nan lekòl la, aktivite lekòl la patwone, transpòtasyon nan bis lekòl la). Konpòtman dezò-done ki konstitye yon menas serye pou kote moun ap vin pou aprann, pou sante, pou sekiriteak/oswa byenèt lòt moun.

10. Move rapò– Fè yon move fo rapò ak entansyon pou detounen yon moun sou kesyon pozisyonyon bon, yon dinamit oubyen nenpòt esplozif danjere.

Page 25: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

11. Asèlman– Se asèlman yo konsidere sa ye lè ou trete ak ostilite oswa vyolans yon elèv de fasonrepete akoz ras li, sèks li, koulè li, relijyon li, orijin etnik oswa nasyonalite li, kwayans politik li,estati marital li, laj li, oryantasyon seksyèl li, bakgraoun sosyal oswa familyal li, preferans seksyèlli, gwosès, oswa andikap.

12. Tiye moun– Tiye yon moun ilegalman; tiye yon moun an neglijan oubyen san rezon legal.

13. Chofe yon moun pou l deranje yon aktivite nan lekòl la– Konseye, ajite oubyen bay lòt elèvoubyen anplwaye lekòl la lòd ak entansyon pou kraze lòd nan aktivite lekòl la epi pou sa rive fèt.

14. Kidnape– Se lè yo fèmen, kidnape osnon anprizone yon moun pa fòs, an sekrè oubyen lè yo menase yon lòt moun kont volonte l, san moun nan pa gen dwa legal, pou eseye:

• kenbe moun nan pou jwenn lajan osnon rekonpans, osnon kenbe moun nan pou pwoteje tèt li osnon yon otaj• komèt osnon lakòz yo komèt nenpòt krim• frape moun nan osnon teyorize viktim nan osnon yon lòt moun• fè dezòd pandan yon pèfòmans nan zafè gouvènman an osnon pandan yon aktivite politik

15. Moun ki gen dwòg, ki vann dwòg epi ki distribiye dwòg– Nenpòt moun ki gen dwòg, ki vann dwòg oubyen ki distribye dwòg nan lekòl la.

16. Volè Machin– (se lè w vòlè yon machin oswa fè atanta pou vòle yon machin) - Se lè ou itilize yonmachin alòske yo pat otorize w pou fè sa.

17. Lòt Vyolasyon Majè– (Lòt ensidan majè ki pa koresponn ak lòt definisyon yo) - Nenpòt ensidanmajè, ki ka koze ditò ki pat klasifye anvan sa kote lapolis oblije fè yon entèvansyon.

18. Moun ki posede bagay ki ka esploze– Se moun ki pote osnon kache yon bonm, yon dinamit, osnon lòt bagay ki ka esploze ki kab lakòz moun pèdi lavi yo.

19. Detwi pwopriyete– Se nenpòt jan yon moun deside pou li detwi oubyen pou li kraze byen etidyan yo, byen pèsonèl lekòl la osnon pwopriyete lekòl la.

20. Moun ki gen bagay ki ka esploze, ki van yo epi ki distribiye yo– Yon bagay ki ka esploze se nenpòt konpoze chimik ki kab fasil kreye esplozyon, pa egzanp yon amòs esplozif, yon detonatè.

21. Moun ki gen zam oubyen lòt bagay ki ka detwi, ki van yo epi ki distribiye yo– Se posede, itilize osnon vann zam afe, ak lòt bagay ki ka detwi sou pwopriyete lekòl la, nan transpò lekòl la peye pou li,osnon pandan lòt aktivite lekòl la peye pou yo. Yon zam afe se nenpòt zam, (tankou yon revòlvè) ki kapab transfòme pou tire yon bagay avèk yon esplozif, kò zam sa a, nenpòt bouch zam oubyen pati yo mete nan yon zam pou moun pa tande li; nenpòt zam ki ka detwi; osnon nenpòt mitrayèt. Yon bagay ki ka detwi vle di nenpòt bonm, grenad, min, fize, misil osnon yon bonm nan tiyo, bal, oubyen nenpòt lòt bagay ki ka esploze, ki ka pran dife, oubyen gaz pwazon epi gen ladan tou bidon frajil ki gen bagay ki ka esploze, bagay ki ka pran dife, gaz ki ka esploze yo fè espesyal pou yo ka esploze epi ki ka fè yon moun mal oubyen ki ka detwi pwopriyete yon lòt moun.

22. Vòl– Se pran lajan osnon lòt byen ki nan men yon moun osnon ki sou siveyans yon lòt moun avèk fòs, atake yon moun osnon lè ou fè l pè.

23. Vyolans seksyèl– Se penetrasyon ògàn seksyèl yon lòt moun nan bouch, nan anis osnon nan vajen osnon se penetrasyon anis osnon vajen yon moun ak nenpòt bagay.

15

Page 26: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

24. Vyolasyon seksyèl– Se yon aksyon ki endesan.

25. Vòlè afè moun– Se lè ou pran afè lòt moun, osnon bagay yon moun kenbe pou yon lòt san ou pagen mande pèsonn, ak entansyon pou w pran afè moun nan epi pou w sèvi avè l tankou se pa w.

26. Menas– Li ilegal pou di ou ap amòse, ou pral mete osnon ou pral eksploze nenpòt bagay ki kaesploze pou blese moun osnon pou kraze zafè yo.

27. Antre ilegalman sou pwopriyete yon Lekòl– Se lè ou antre nan pak yon lekòl piblik osnon lè wantre sou popriyete lekòl leta yo san yo pa otorize w ni envite w, oubyen san ou pa gen okenn bi legalpou w antre, tankou lè yo sispann etidyan yo osnon lè yo mete etidyan yo deyò nan yon lekòl epi yoretounen nan lekòl la, anplwaye antre nan yon kote travay yo pa mande yo antre, epi lè moun ki paotorize rantre nan lakou yon inivèsite osnon sou pwopriyete lekòl leta yo, apre administratè prensipalla ta òdone yo pou yo sòti nan pak la osnon sou pwopriyete lekòl la.

28. Kraze Afè Lòt Moun San Rezon (ka majè)– Se detwi ak volonte osnon ak mechanste pwopriyetelekòl la epi/oswa andomaje pwopriyete yon lòt moun sa ki vin gen kòm rezilta domaj ki evalye a $100oswa plis.

29. Zam– Se nenpòt kouto, fopwen metalik, festibal, matrak, lans gaz lakrimojèn, zam elektwonik osnonzam chimik osnon yon aparèy, osnon nenpòt lòt zam ki kab lakòz moun pèdi lavi yo, sof zam

16

Page 27: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Twazyèm Chapit

Dwa elèv yo ak responsablite yo

Bi chapit sa a se pou bay elèv la tout libète li dwe ba li selon lalwa, epi ann akòdans ak responsablite lekòlla genyen pou sante, sekirite ak byennèt elèv la. Dwa sa yo ak responsablite sa yon ki parèt nan dokimansa a montre nesesite pou bay elèv yo yon gwo opòtinite pou yo itil tèt yo ak sosyete a yon bagay.

Nenpòt etid oubyen diskisyon sou chapit sa fèt pou li teni kont ki enpak sa ka genyen sou elèv ki gen kon-duit ki ka mennen nan yon kondanasyon pou yon krim gram. Kèk konsekans sa ka mennen: elè la ka pa kaaplike pou bous etid epi li ka pèdi dwa li pou l vote.

PA GEN YON KOTE NAN DOKIMAN SA KOTE NOU DI LEKÒL YO TA DWE ABANDONE OTORITE YOAK RESPONSABLITE YO. Nan chak lekòl, direktè a ak staf li gen responsablite ak otorite pou mentni lòdnan pwosesis edikasyon an.

17

Page 28: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

18

Dwa pou AprannKad filozofik:

Tout etidyan gen dwa pou patisipe nan edikasyon yo, sa depan laj yo, nan ki klas yo ye ak matirite yo.Lè yon elèv chwazi ki kou pou l pran epi lè l patisipe nan aktivite lekòl la, tou sa antre nan efò l ap fèpou l aprann.

Opinyon etidyan yo sou dokiman yo sèvi nan kou yo, ki sijè yo kouvri nan klas yo, epi pou ki sa yo setèl kou yo ofri yo se koze ki enpòtan anpil. Pwofesè yo ta dwe analize opinyon sa yo epi pran yo ankonsiderasyon.

Dwa yo:• Se dwa Etidyan yo pou yo jwenn enfòmasy-

on ki klè sou pwogram lekòl yo k ap ede yochwazi pi byen.

• Se dwa Etidyan yo pou yo patisipe nanpwogram ki fè yo fè anpil efò, pwogram kipèmèt yo fè tèt yo travay nan tout klas yo depinan klas elemantè rive nan klas segondè.

• Se dwa Etidyan yo pou yo gen pwofesè ki konpetan pou fè lekòl pou yo, nan yon lekòl ki pagen patipri epi ki san prejije.

• Se dwa etidyan yo pou yo etidye nan nivo yoosnon selon matirite yo, nan kad travay yomande nan kou a, nenpòt pwoblèm anpil moun twouve ki pa nòmal, ki an rapò ak politik, ki an rapò ak ekonomi osnon ki an rapò ak sitiyasy-on sosyal. Se dwa etidyan yo pou lekòl la metetout enfòmasyon ki nesesè aladispozisyon yo.

• Etidyan lekòl segondè yo gen dwa pou genmoun ki reprezante yo nan komite k ap fè chwaliv ki sèvi pou fè kou yo, epi nan preparasyonplan edikasyon lekòl la – depi nan nivo komisy-on lekòl la rive nan nivo distrik la.

• Se dwa etidyan yo pou yo evalye nivo enstriksy-on yo bay nan klas la. Pwofesè a dwe treteevalyasyon sa yo tankou dokiman konfidansyèl,epi li dwe sèvi ak yo pou amelyore nivo enstriksy-on an.

• Tout etidyan dwe gen menm dwa pou yopatisipe nan nenpòt lòt aktivite nan lekòl la ki fètpou devlopman etidyan yo, ki pa obligatwa.

• Etidyan andikape yo kapab benefisye kèk sèvisespesyal.

Responsablite yo:• Se responsablite etidyan yo pou yo mande

moun ki enfòme nan lekòl la esplikasyon yobezwen, lè sa nesesè.

• Se responsablite etidyan yo pou yo vanse nanetid yo nan fè anpil efò pou yo patisipe nan klas yo.

• Se responsablite etidyan yo pou yo patisipenan devlopman yon atmosfè pozitif nan lekòl la,sa k ap fè yo aprann pi byen epi viv pi byen.

• Se responsablite etidyan yo pou yo respektedwa lòt moun ki pa panse menm jan ak yo, epi ki vin gen enfòmasyon ak konesans soupwoblèm moun pa vle pale sou yo.

• Se responsablite etidyan yo pou yo patisipenan komite lekòl yo epi pou yo pote limyè nanklas yo ak patisipasyon yo nan jan klas yo fètepi nan evalyasyon klas yo.

• Se responsablite etidyan yo pou yo fè evalyasy-on klas yo tankou sa nan aktivite lekòl yo, fò yookouran règleman evaliyasyon yo epi fò yo kon-prann kouman règleman pou evaliyasyon yomache, epi fò yo suiv règleman lekòl la tou.

• Se responsablite etidyan yo pou yo reklamedwa pou yo patisipe nan nenpòt aktivite nanlekòl la ki fèt pou devlopman etidyan yo ki paobligatwa.

Page 29: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

19

Sa yon elèv dwe konnen ak kouman pou li suivrègleman sou zafè konduit yoKad filozofik:

Nan anviwònman kote tout moun tankou: elèv yo, paran yo ak administratè nan lekòl yo konnen byen kirezon ki fè yo ka pran kèk sanksyon kont yon moun ki vyole Règleman sou konduit etidyan yo, epi demachki dwe fèt lè yon moun pa suiv règleman sa yo, se nan kote sa yo elèv aprann pi byen.

Dwa yo:• Règleman sou konduit etidyan yo pou yo jwenn

bon jan eksplikasyon nan lang yo kab konprann sou Règleman sou konduit etidyan yo, epi tou pou yo konnen ki konsekans y ap sibi lèyo pa suiv règleman yo.

Responsablite yo:• Se responsablite etidyan yo pou yo aprann sa ki nan Règleman sou konduit etidyan yo , epi pou yo suiv tout règleman lekòl la ak règleman klas yo.

Page 30: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Respè pou moun epi pou pwopriyeteKad filozofik:

Etidyan dwe pran responsablite yo pou sa yo fè selon zak yo fè moun ak zak yo fè sou byen yon moun. Fòlekòl la kreye yon anviwònman kote elèv gen respè pou moun ak respè pou byen moun.

20

Dwa yo:• Se dwa etidyan yo pou yo trete yo ak

koutwazi, ak respè.

• Se dwa etidyan yo pou lòt etidyan ak moun ki travay nan lekòl la respekte zafè pèsonèl yo.

• Se dwa etidyan yo pou yo an sekirite ni nan lekòl la ni nan otobis lekòl yo.

• Se dwa etidyan yo pou pa gen okenn moun ki manyen yo oubyen ki anmède yo pou fè bagayak yo.

* Anmède yon elèv pou l fè babay, se lè gen moun k ap pede mande l pou l al fè bagay, oubyen lè gen moun ap vin pase men sou li oubyen pale nan zòrèy li pou mande l pou al nan fè bagay, sitou lè konpòtman sa a deranjeelèv la anpil nan travay lekòl li oubyen lè sa kreye yon anviwònman kote elèv la fache oubyen li santi li vekse nan lekòl la. Gen anpilbagay yon moun fè ki ka tonbe nan kategori Anmède yon elèv pou l al fè bagay, si yon moun kontinye ap anmède yon elèv oubyen li fè l yon mal poutèt li pa vle, si yon moun ap pede di elèv la yon pakèt pawòl ki gen rapò akfè bagay, si yon moun ap manyen yon lòt mounsan lòt moun nan pa vle, oubyen si yon moun ap mande yon moun an parabòl pou l al fè bagay ak li, si yon moun ap di yon lòt oubyen fèyon lòt bèl pwomès si elèv la al fè bagay ak li oubyen kraponnen l si l pa fè.

Responsablite yo:• Se responsablite etidyan yo pou yo trete lòt

etidyan yo, tout anplwaye Komisyon lekòl la, akmoun ki vin vizite lekòl la, ak respè ak koutwazi.

• Se responsablite etidyan yo pou yo pa ni pran ni kraze zafè lòt etidyan, zafè moun k ap travaynan lekòl la ak bagay ki pou lekòl la.

• Se responsablite etidyan yo pou yo respekte viprive ak byen moun k ap viv nan alantou lekòlak nan zòn kote otobis yo konn rete yo. Deplis,se responsablite etidyan yo pou yo kontribyepou fè anviwonman kote moun ap aprann lanyo kote ki an sekirite lè yo rapòte, bay yon gran-moun, sitiyasyon ki potansyèlman danjre pouyo menm oswa lòt moun.

• Se responsablite etidyan yo pou yo pa anmèdelòt etidyan.

Page 31: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Patisipasyon elèv nan pwogram aknan aktivite lekòl laKad filozofik:

Se yonn ki montre lòt. Bon jan kominikasyon ant elèv yo ka ede yo akonpli sa yo te vin chache nan lekòl la,edikasyon.

Se responsablite lekòl la pou l òganize tout kalite aktivite nan lekòl la pou etidyan yo ka divèti yo ansanm.

21

Dwa yo:• Se dwa etidyan yo pou yo òganize yo epi pou

yo patisipe nan yon asosiyasyon oubyen nan aktivite ki fèt nan lekòl la ki legal epi ki pa refizeokenn lòt etidyan pou yo patisipe poutèt koulè yo, poutèt ras yo, poutèt peyi kote yo soti, poutèt yo marye oubyen yo pa marye, poutèt yo se fi oubyen yo se gason, poutèt relijyon yo,poutèt afilyasyon politik yo, poutèt laj yo, oryantasyon seksyèl yo, poutèt nan ki fanmi yo soti, poutèt lang yo pale oubyen poutèt yo andikape.

• Se dwa etidyan yo pou yo genyen yon konsèyetidyan ki eli pou reprezante yo nan lekòl la, epi pou yo patisipe nan aktivite pou etidyan kote yo ka bay koutmen nan preparasyon règleman ki jwe yon wòl sou lavi yo nan lekòl la.

Responsablite yo:• Se responsablite etidyan yo pou yo ranpli tout

fòmalite ki nesesè ak administratè lekòl la anvan yo kòmanse fè reyinyon ak manm asosiyasyon yo vle fòme a. Epi fò yo ranpli toutkondisyon ki nesesè pou fè etidyan yo konnenki jan yo ka antre nan yon klib oubyen yon òganizasyon.

• Ofisye ak reprezantan konsèy etidyan yo gen responsablite pou yo jwenn enfòmasyon sou sa lekòl la bezwen ak sa ki enkyete etidyan yo,epi pou yo travay pou yo kab satisfè bezwen sa yo.

• Se responsablite etidyan yo pou yo patisipe regilyèman nan òganizasyon pa yo epi pou yobyen konpòte yo. Fò yo fè òganizasyon an mache dapre règleman Komisyon lekòl la ak règleman chak lekòl.

Page 32: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Konsiltasyon

Kad filozofik:

Pwoblèm pèsonèl elèv konn genyen, ka deranje devlopman edikasyon yo. Se responsablite lekòl la pou lbay elèv yo bon jan enfòmasyon; pou bay elèv yo yon pwogram byen detaye sou sèvis ki la pou yo; epi poul eseye refere etidyan ki gen pwoblèm pèsonèl grav nan lòt ajans ki gen ekipman ak resous nesesè pou edeyo.

22

Dwa:

• Se dwa etidyan yo pou yo jwenn bon jan konseye ki ka ba yo konsèy sou pwoblèm pèsonèl yo ak afè lekòl yo.Yo dwe garanti elèv yo y ap jwenn sèvis konseye a pandan yon bon bout tan.

• Se dwa etidyan yo pou yo jwenn konseye ki kapab travay ak yo pou valè tan yo bezwen epipou pa gen anyen k ap deranje rankont yo sanrezon oubyen pou konseye a pa pede ap ran-vwaye randevou sou yo.

• Se dwa etidyan yo pou yo jwenn bon jan enfòmasyon nan lang yo kab konprann sou kalite pwogram pou etidyan yo nan lekòl yo, ak nan kominote a.

• Etidyan yo gen dwa mande pou yo ranplase yon konseye k ap travay avè yo.

Responsablite:

• Se responsablite etidyan yo pou yo pran ran-devou yo davans sof si pwoblèm yo osnon

enkyetid yo ijan.

• Se responsablite etidyan yo pou yo al nan ran-devou yo, epi pou yo la alè, epi pou yo respek-te dwa lòt etidyan genyen pou pran avantaj sèvis konseye yo.

• Se responsablite etidyan yo pou yo pran avan-taj sèvis sa yo pou devlopman yo nan edika-syon yo, nan karyè yo ak nan vi pèsonèl yo.

• Se responsablite etidyan yo pou yo travay an kolaborasyon ak administrasyon an nan chèche chanjman sa yo.

Page 33: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Dosye Etidyan yo

Kad filozofik:

Rezon ki fè dosye Etidyan yo la, se pou bay enfòmasyon ki ka sèvi pou devlope pi bon pwogram ansèymanpou chak etidyan.Yon dosye ki byen prepare gen enfòmasyon ki ka sèvi pou bay elèv konsèy ki ka itil yo,enfòmasyon pou konseye ki pral travay ak yo, dosye a ka ede pou bati yon plan pou enstwi chak elèv.Dosyea ka gen rekòmandasyon pou yon etidyan al pran kou ki pi avanse, oubyen pou ede lekòl la pran tout kalitedesizyon ki an rapò ak etid elèv yo. Fò pwofesè lekòl yo pran anpil prekosyon pou enfòmasyon ki nan dosyeelèv yo rete konfidansyèl epi pou enfòmasyon ki nan dosye yo ekzat, pou se bon jan enfòmasyon yo ye, epipou enfòmasyon yo kòrèk.

23

Dwa:• Paran, moun ki gen timoun sou responsablite

yo, ak etidyan ki gen dwa (sa ki gen 18 an osnon sa ki nan inivèsite) gen dwa pou yo ver ifye enfòmasyon yo, yo gen dwa pou yo gade enfòmasyon yo ankò, epi yo gen dwa konteste enfòmasyon nan dosye sa yo ki an rapò dirèk ak etidyan an.Yo pa kab refize yon moun gade dosye sa yo poutèt yo pat peye kèk frè oubyen kèk amann pou liv.

• Se dwa paran yo, moun ki gen timoun sou responsablite yo, ak etidyan ki gen dwa, pou yomete limit sou ki enfòmasyon y ap bay nan dosye a.

• Se dwa etidyan yo pou yo jwenn pwoteksyon dispozisyon legal ki defann yo bay moun ki pa otorize enfòmasyon pèsonèl yo san paran yo, moun ki gen timoun sou responsablite yo osnon etidyan yo, pa bay pèmisyon yo.

Responsablite:• Se responsablite paran yo, moun ki gen timoun

sou responsablite yo, ak etidyan ki gen dwa, pou yo bay lekòl la tout enfòmasyon ki ka ede nan desizyon yo pran sou afè lekòl etidyan yo.Se responsabilite yo pou yo peye tout frè yo dwe peye lekòl la.

• Se responsablite paran, moun ki gen timoun sou responsablite yo, ak etidyan ki gen dwa, pou yo pou enfòme moun k ap travay nan avantaj etidyan an.

• Se responsablite paran yo, moun ki gen timounsou responsablite yo, ak etidyan ki gen dwa, pou yo mete lekòl la okouran lè yo chanje adrès, lè yo chanje nimewo telefòn, ak tout lòt chanjman ki enpòtan.

Page 34: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Prezans

Kad Filozofik:

Administratè lekòl yo gen kòm devwa pou yo fè etidyan yo respekte lwa obligatwa ki mande pou yo toujouprezan nan lekòl la. Etidyan yo gen kòm devwa pou yo pwofite ale nan lekòl piblik yo, se yon edikasyon kidwe ede etidyan yo devlope ladrès ak konesans ki nesesè pou yo fonksyone nan yon sosyete demokratikmodèn.

24

Dwa:• Se dwa etidyan yo pou yo jwenn enfòmasyon

sou règleman yo, tout lòt enfòmasyon ki esplike klè sa absans motive ye, sa absans ki pa motive ye epi sa reta ye.

• Se dwa etidyan yo pou yo mande kesyon sou yon desizyon ki an rapò ak yon absans lekòl lakalifye kòm yo absans ki pa motive.Yo pa dwejanm pini yon elèv pou yon absans ki motive.Depi yon elèv patisipe nan yon aktivite lekòl la fè, yo dwe konsidere sa kòm yon absans ki motive.

• Se dwa etidyan yo pou yo gen chans pou yo fètravay yo pat fè lè yo bay yon rezon valab pou absans yo oubyen lè yo ba yo sispansyon.

Responsablite yo:• Se responsablite etidyan yo pou yo vin lekòl

chak jou epi pou yo la alè, esepte si gen sikonstans yo pa ka kontwole ki ta anpeche yovin lekòl.

• Se responsablite etidyan yo pou yo bay lekòl labon jan prèv ki montre pou ki sa yo pat vin lekòl.

• Se responsablite etidyan yo pou yo mande pwofesè yo pou travay yo te manke lè yo pat laa epi pou yo fini travay sa yo nan yon valè tan ki rezonab.

Page 35: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Nòt yo bay etidyan

Kad Filozofik:

Nòt yo reprezante sa etidyan an konnen osnon ladrès etidyan an nan nenpòt ki moman espesyal. Nòt yonelèv pran pa fin tèlman yon bon mwayen pou konnen si elèv la aprann.Men kòm se nòt yo yo bay tout enpò-tans, nòt yon pwofesè bay yon elèv dwe reprezante sa pwofesè a detèmine nan bon jijman li, li kwè elèv lareyalize nan travay lekòl li.Yo pa dwe menase elèv yo ak nòt yo pou yo mete lòd nan yon klas.

25

Dwa:

• Se dwa etidyan yo pou yo jwenn enfòmasyon sou ki kritè pwofesè baze pou yo bay nòt. Fò kritè sa yo ann akò ak gid distri a mete anplas,nan kòmansman chak peryòd evalyasyon.

• Se dwa etidyan yo pou yo pou yo ba yo nòt ki montre sa yo fè nan klas yo.

• Se dwa etidyan yo pou yo fè yo konnen nenpòtlè nan yon peryòd si yo pap fè travay yo byen, si yo pa konpòte yo byen oubyen si yo pa fè ase efò. Si toudenkou pèfòmans yo kòmanse bese pandan peryòd la, yo dwe avèti elèv yo anvan setyèm semenn nan peryòd la.

• Se dwa etidyan yo pou yo resevwa yon nòt pouefò yo ki an rapò ak konpòtman ak efò jeneral yo nan chak klas.

• Se dwa etidyan yo pou yo gen siksè ki baze sou pwòp aksyon ak aptitid yo san lòt etidyan pa jennen yo.

Responsablite:

• Se responsablite etidyan yo pou yo mande pwofesè yo kouman yo pral bay nòt sou yon devwa yo bay, si yo bezwen vin pi klè sou kesyon an, anvan yo ale lakay yo ak devwa a.

• Se responsablite etidyan yo pou yo kenbe nòt yo nan nivo ki koresponn ak kapasite yo.

• Se responsablite etidyan yo pou yo fè tout efò posib pou amelyore pèfòmans yo lè yo avèti yopou fè yo konnen pèfòmans yo pa fin twò bon.

• Se responsablite etidyan yo pou yo konpòte tètyo yon jan ki pèmèt yo aprann.

• Se responsablite etidyan yo pou yo reyalize nòtki baze sou pèfòmans yo epi pou yo veye pou lòt elèv pa pran poul sou yo.

Page 36: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Maryaj, gwosès, epi vin manman oubyenpapa pitit

Kad filozofik:

Etidyan ki marye, ki deja paran osnon ki gen pou vin paran pa pèdi dwa yo pou al lekòl leta gratis. Sa vle di,se responsablite lekòl leta yo pou yo gen règleman ki pozitif pou moun ki nan ka sa yo ak yon pwogramedikasyon ki fèt pou yo pou ankouraje yo toujou kontinye vin lekòl.

26

Dwa

• Se dwa etidyan ki marye, etidyan ki deja paranosnon ki gen pou vin paran pou yo ale nan yonlekòl regilye epi pou yo patisipe nan tout aktiviteyo vle, osnon yo kab ale nan youn nan lekòl kigen pwogram espesyal ki fèt pou satisfè bezwen etidyan tankou yo.

• Si kèk etidyan ta mande sa, se dwa yo pou lekòl la ta refere yo nan yon ajans ki bay kon sèy sou zafè maryaj, gwosès osnon zafè vin yon paran.

Responsablite:

• Se responsabilite etidyan yo pou yo mande pou yo jwenn yon moun ki kalifye pou ba yo konsèy medikal pou yo konnen si pou yo kontinye vin lekòl.

• Se dwa etidyan yo pou yo mande pou yo jwennsèvis yon konseye pou ba yo konsèy sou zafèmaryaj, zafè ansent ak zafè vin yon paran.

Page 37: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Dwa pou elèv yo panse, pou yo di sa kinan kè yo epi pou yo reyiniKad Filozofik:

Yonn nan objektif edikasyon se prepare etidyan pou yo konn kouman pou yo pale pou yo ka di sa ki nanlide yo nan yon sosyete demokratik. Dapre premye ak katòzyèm Amannman konstitisyon Etazini an, tout sit-wayen nan peyi a gen dwa pale lib.Yo dwe bay etidyan yo dwa pou yo mennen ankèt, pou yo mande kesy-on, epi pou yo brase lide.Yo dwe jwenn ankourajman pou yo patisipe alèz nan diskisyon kote moun ap baydiferan opinyon.

27

Dwa:• Pawòl ki nan sèman pou drapo a se yon

deklarasyon sou sa Ameriken vle; chak etidyandwe jwenn pwoteksyon epi gen dwa fè konnenli dakò ak deklarasyon sa yo. Men, etidyan ki pa vle di pawòl sa yo, akòz relijyon yo oubyen lòt rezon pèsonèl yo, ka gen pèmisyon pou yo pa patisipe si paran yo oubyen moun ki respons ab yo ekri yon lèt bay lekòl la.

• Se dwa etidyan yo pou yo patisipe nan aktiviteki pa tonbe dakò ak relijyon y ap swiv la.

• Se dwa etidyan yo pou yo fè konnen sa yo panse lè yo pale, lè yo ekri, oubyen lè yo metesiy ki ka montre kote yo kanpe nan kesyon ras,kilti ak politik.

• Se dwa etidyan yo pou yo siyen petisyon epi mennen ankèt pou pran opinion lòt etidyan dapre règ administrasyon lekòl la etabli.

• Se dwa etidyan yo pou yo fòme epi fè konnen sa yo panse sou diferan pwoblèm sosyete a apkonfonte san sa pa afekte relasyon yo ak pwofesè yo epi ak lekòl la.

• Se dwa etidyan yo pou yo fè rasanbleman an pè nan lakou oubyen andedan lekòl la.Yo ka entèdi elèv yo nan ka sa yo sèlman, si rasanbleman an mete lavi moun an danje oubyen sigen kraze brize, oubyen tou si rasanbleman yoderanje aktivite lòt moun ap mennen.

Responsablite:• Se dwa etidyan yo pou yo aji yon fason ki

montre yo gen diyite tout tan.

• Se responsabilite etidyan yo pou yo respekte kwayans lòt moun.

• Se responsabilite etidyan yo pou yo rekonèt dwa lòt moun genyen pou yo pa oblije panse menm jan ak yo epi pou lòt moun di sa yo panse si yo gen koze yo pa dakò sou yo, san yo pa vyole dwa moun oubyen san yo pa deranje pwogram edikasyon nan lekòl la. Sa dwe fèt yon fason ki pa malelve, san yo pa nonmen non moun, san yo pa vyole fason lekòlmande pou etidyan yo abiye.

• Etidyan ki kòmanse yon petisyon oubyen yon sondaj gen responsabilite pou yo non sèlman mande kesyon ki fè sans men tou kesyon ki kòrèk.

• Etidyan yo dwe fè efò pou yo chèche konnen sa k ap pase lè gen diskisyon sou yon koze ki pa popilè, epi pou yo fè konnen sa yo panse jansa dwe fèt nan kote diskisyon an ap fèt la.

• Se responsabilite etidyan yo pou yo planifye, pou yo mande pèmisyon, pou yo mennen aktivite ki mache avèk objektif lekòl la.

Page 38: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Gouvènman etidyan

Kad filozofik

Nòmalman, respè “gouvènman etidyan an” genyen se rezilta wòl aktif ak bon jan patisipasyon li jwe nanaktivite l ap mennen chak jou lekòl la. Pou yo kapab fè travay yo byen, gouvènman etidyan an ak toutresponsabilite li genyen dwe mande pou reprezantan yo patisipe nan desizyon ki pèmèt gen pi bon kondisy-on pou etidyan yo aprann. Pou patisipasyon an fèt pi byen, lwa pou jere lekòl yo ak règ chak grenn lekòlgenyen dwe disponib kote etidyan kapab jwenn yo lè yo bezwen.Yon gouvènman etidyan ki respektab, selè li kreye okazyon pou rasanbleman, kote etidyan kapab bay lide yo, diskite, epi deside sou pwoblèm enpò-tan y ap konfonte. Chak etidyan nan lekòl la gen responsabilite pou fè gouvènman etidyan an tounen yonkote tout etidyan ka patisipe.

28

Dwa:• Etidyan chak lekòl gen dwa pou fòme epi jere

òganizasyon ki reprezante yo sou sipèvizyon yon manm direksyon lekòl la.

• Se dwa etidyan yo pou yo fè rekòmandasyon epi pou yo apwouve yon pwofesè nan lekòl la pou li patwone gouvènman etidyan lekòl yo.

• Se dwa etidyan yo pou yo chèche yon pòs nanòganizasyon etidyan an epi nenpòt lòt òganizasyon san konsidere pwoblèm sèks, ras, koulè po, relijyon, kwayans politik, si yo marye ou pa,laj, ki kote yo kanpe nan chwa seksyèl yo, ki istwa fanmi yo , ki lang yo pale, si yo ansent oubyen si yo andikape.

• A la tèt gouvènman etidyan an ak reprezantanyo gen dwa pou yo patisipe nan reyinyon ofisyèl gouvènman etidyan yo pandan lekòl la ap fonksyone.

Responsablite:• Se responsablite a la tèt gouvènman etidyan

an, ansanm ak reprezantan yo pou yo okouranpwoblèm etidyan yo epi pou yo travay jan yo kapab pou yo satisfè bezwen sa yo epi rezoudpwoblèm yo.

• Anvan etidyan yo rekòmande yon moun fò yo asire yo moun nan dakò.

• Lè gen eleksyon etidyan yo gen responsablite pou mennen kanpay yo yon fason dwat, ak respè pou pati ki an fas yo a.

• Etidyan yo dwe patisipe nan reyinyon tout tan epi yo dwe aji yon fason pou montre yo se bonlidè nan òganizasyon an epi jan yo jere ògani-zasyon an dapre règleman Komisyon lekòl letayo ak règleman lekòl yo a.

Page 39: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

29

Piblikasyon

Kad filozofik

Sa ki pi enpòtan nan lavi yon etidyan se lè li ap chèche fason pou l poze kesyon, fason pou l aprann, lè liaprann epi lè li pataje konesans li, epi lè li brase lide li ak lòt moun. Sa vle di etidyan yo gen dwa fè konnenopinion yo, yo gen dwa pran pozisyon epi yo gen dwa apiye kòz yo vle ni an piblik ni an prive.

Youn nan pi gwo wòl lekòl la kapab jwe se kreye meyè fason pou etidyan yo bay opinion yo nan diferan sijè.Tout piblikasyon ofisyèl lekòl la, tankou jounal lekòl yo, dwe montre politik dirijan jounal la ak sa yo panse,ansanm ak opinyon ki reprezante tout moun nan lekòl la.

Dwa:• Se dwa etidyan yo pou yo gen nan men yo

nenpòt sa ki ekri tankou, jounal, magazin, trak,ak bwochi.Yo gen dwa kole yo sou mi epi, yo gen dwa distribiye yo, depi sa ki ekri ladan yopa deranje pwogram lekòl la.

• Se dwa etidyan yo pou yo pa anpeche yo pibliye sa yo ekri esepte si sa yo ekri yo pa suivrègleman ni etidyan yo ni lekòl la te dakò sou yo.

Responsablite:• Se responsabilite etidyan yo pou yo kole enfò

masyon y ap distribiye yo sou tablo ki rezève pou etidyan yo ak pou òganizasyon etidyan yo;epi yo dwe pran responsablite sou konsekans tout sa y ap mete deyò kapab genyen sou aktivite lekòl la.

• Etidyan gen responsablite pou yo pa pibliye enfò masyon ki pale moun mal epi ki endesan;yo dwe chèche bon enfòmasyon sou sijè y ap ekri a; epi yo dwe suiv règ yon jounalis responsab dwe suiv.

Direktè lekòl la kapab anpeche yo pibliye yon atik sili panse atik la se yon reklam li ye oubyen si li panseatik la ka met dezòd nan lekòl la.

Page 40: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

30

Dwa pou lekòl la fè fouy Kad filozofik

Dapre katriyèm amannman nan lwa Etazini yo, etidyan yo gen pwoteksyon lalwa pou zafè prive yo ak kòyo.Yo gen dwa tou pou moun pa fouye yo epi pou yo pa sezi zafè yo san rezon. Se responsabilite lekòl lapou li pwoteje sante, pou l bay elèv yo sekirite, epi pou li responsab byennèt tout etidyan, sa dwe vin balanse dwa chak elèv yo.

Dwa

• Se dwa elèv yo pou moun pa met men nan zafè pèsonèl yo esepte si direktè lekòl la gen rezon pou l sispèk elèv la ap sere kèk bagay kiilegal.

• Se dwa elèv yo pou yo avèti yo si lekòl la ta deside pou fouye zafè tout elèv nan lekòl la esepte si ta gen yon ijans.

• Se dwa elèv yo pou yo sèvi ak kadna lekòl la apwouve pou elèv sèvi ak yo nan bifèt lekòl yo.

• Yo fèt pou yo avèti elèv yo si yo pral sèvi ak aparèy pou detekte zam sou moun pandan yonan lekòl la oubyen si yo ta ale nan yon aktiviteyon lòt kote.

Responsabilite

• Se responsabilite etidyan yo pou yo pa macheak zam sere sou yo oubyen ak nenpòt lòt bagay yo entèdi nan Kòd konduit etidyan.

• Elèv yo responsab pou tou sa ki anndan bifèt yo nan lekòl la.

• Se responsabilite etidyan yo pou yo suiv tout règleman ki an rapò ak jan pou yo sèvi ak bifèt ki se pwopriyete lekòl leta yo.

Anplwaye lekòl yo, ofisye polis Lekòl leta Miami-Dade yo gen dwa pou yo fouye bifèt etidyan yo siyo sispèk ka gen zam, bagay yo vòlè, bagay y apvann ilegalman, oubyen dwòg nan kazye yo.

Yo pral mete ansèy pou fè elèv konnen yo ka fouyeyo ak aparèy ki detekte metal sou moun nan nanchak lekòl segondè ak lekòl pou aprann metye pougranmoun yo.

Page 41: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Pwosedi pou elèv depoze plent

Kad Filozofik

Lè yon ensidan rive pandan yon jounen lekòl kote elèv la santi yo fè l yon bagay ki pa sa, se nan sitiya-syon sa elèv la gen dwa pote yon plent fòmèl. Se responsablite lekòl la pou li bay etidyan mwayen pou lipote plent lan oubyen pou lekòl la eseye rezoud pwoblèm nan.

31

Dwa • Se dwa etidyan yo pou lekòl la ranpli tout

fòmalite pou yo rezoud pwoblèm yo jan sa dwe mache. Dwe genyen bon jan kominikasyon ant elèv yo ak administrasyon lekòl la, fò yogen yon plan pou rezoud pwoblèm nan nan yon tan detèmine epi fò yo suiv plan an.Fò elèvyo gen opòtinite pou yo reponn apre yo fin pranyon desizyon nan ka a.

• Se dwa etidyan yo pou yo patisipe nan preparasyon plent lan ansanm ak adminis-trasyon lekòl la ak reprezantan Gouvènman etidyan yo.

• Se dwa etidyan yo pou yo atann yo y ap rezoudka diskriminasyon yo ak plent fòmèl yo rapid, nan lòd, epi yon fason ki jis.

• Ka ki nan kategori plent fòmèl etidyan yo se kakote etidyan yo panse yo se viktim kalite diskriminasyon sa yo: poutèt ras yo, poutèt peyi kote yo soti, poutèt yo marye oubyen yo pamarye, poutèt yo se fi oubyen yo se gason, poutèt relijyon yo, poutèt afilyasyon politik yo, poutèt laj yo, oryantasyon seksyèl yo, poutèt nan ki fanmi yo soti, poutèt lang yo pale oubyenpoutèt yo andikape. Demach pou plent fòmèl sa yo sèvi nan ka kote elèv yo panse yo viktimmoun k ap anmède yo pou kesyon fè bagay.

Nan ka kote yo voye yon elèv nan yon lekòl ki ofri lòt opòtinite oubyen nan yon lòt pwogram altènatif, oubyen nan ka kote yo mete elèv la deyò, paran yo gen dwa mande pou se yon moun ki pa reprezante okenn nan de pati yo kitranche koze a.

Responsabilite• Se responsabilite etidyan yo pou yo eseye

diskite pwoblèm yo ak moun yo gen pwoblèm avè l lan anvan yo pote plent fòmèl la, amwenske yo panse yo pa ka regle sa nan nivolekòl la.

• Se responsabilite etidyan yo pou enplike plentfòmèl yo klè, se responsablite yo tou pou yo suiv règleman ki anplas pou rezoud pwoblèm nan, se responsabilite yo pou yo asepte reziltademach yo e si yo pa asepte l se responsabiliteyo pou yo ranpli fòm pou yo konteste rezilta yo.

Page 42: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Yo kite paj sa vid espre pou yon rezon.

32

Page 43: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Apandis

Rezime règleman Komisyon Lekòl leta yo Regleman Komisyon lekòl leta yo ansanm ak regleman administrasyon lekòl leta yo ki gen rapò tou pitioubyen ki an rapò nèt ak disiplin etidyan parèt nan Regleman ofisyèl Komisyon lekòl leta yo. Regleman sayo disponib nan biwo tout lekòl ki nan sant ACCESS yo, ak nan biwo tout distri an. Men yon ti rezime regle-man sa yo:

1. Prezans etidyan yo lekòl – 6Gx13-5A-1.04 … règleman ki di sa ki pou fèt lè elèv yo pa vin lekòl;ki rapò ki dwe fèt; sa direktè lekòl la dwe fè, sa pwofesè yo dwe fè, sa etidyan an dwe fè ak sa paranan dwe fè nan koze ki gen rapò ak absans etidyan nan lekòl yo.

2. Anviwònman pou aprann - Regleman 6Gx13-6A-1.09 … règleman sa a gen efòmasyon sou janlekòl yo dwe travay ansanm ak staf lekòl la, ak elèv yo, ak paran yo, ak lidè nan kominote a pou yodevlope yon bon jan anviwònman pou elèv yo aprann.

3. Konduit- Regleman 6Gx13-5C-1.02 … regleman sa a bay filozofi administrasyon lekòl leta yo souzafè estanda pou konduit etidyan yo.

4. Jan pou etidyan toujou byen konpòte yo Regleman 6Gx13-5D-1.08 … regleman sa esplike kiotorite pwofesè a genyen epi li fè konnen kouman Komisyon lekòl leta yo apiye Administratè akpwofesè nan lekòl yo. Regleman gen esplikasyon klè Komisyon lekòl leta yo mande pou tout lekòlsuiv ak sant ACCESS yo pou yo ankouraje elèv yo pou yo aji an bon sitwayen.

5. Kale elèv - Regleman 6Gx13-5D-1.07… regleman sa byen make Lekòl leta nan Miami-Dade defann yo kale okenn elèv.

6. Jan pou elèv abiye - Regleman 6Gx13-5C-1.031 … règleman sa a esplike filozofi Komisyon lekòlleta yo sou kesyon jan pou etidyan abiye yo, epi li gen esplikasyon sou ki jan direktè chak lekòl dweòganize règleman sou jan etidyan yo dwe abiye yo.

7. Koopere ak lapolis Regleman 6Gx13-1E-1.02 ak 1.021 … règleman sa a di gen anpil efò ki poutoujou fèt pou asire gen bon antant ant Administratè lekòl yo ak lapolis; li gen esplikasyon ladan tousou ki sa pou lekòl la fè lè elèv vin ann afè ak yon polisye.

8. Jan pou etidyan yo toujou byen konpòte yo- (Responsabilite direktè yo) Regleman 6Gx13-5D-1.08 … règleman sa bay definisyon lè yon elèv sou sipèvizyon lekòl la, li detaye wòl direktè a pandan tan sa a epi sa elèv dwe ap fè pandan tan sa a.

9. Pwomosyon, epi nan ki klas yo ka mete yon elèv, jou diplòm - Regleman 6Gx13-5B-1.04 …regleman sa a gen enfòmasyon sou ki klas yo ka mete yon elèv.

33

Page 44: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

10. Transpòtasyon (Chofè otobis lekòl yo) - Regleman 6Gx13-3E-1.10 ak 1.102 … règleman sa repete lwa Eta Florid ki esplike an detay ki otorite chofè otobis la genyen pou li sipèvize etidyan ki nan oto-bis yo.

11. Sispansyon – Altènatif Komisyon lekòl la apwouve – Mete elèv deyò – Lè yo refere elèv bayDepatman timoun ak fanmi - Regleman 6Gx13-5A-1.062 … règleman sa a bay definisyon sispansyon; mete elèv deyò; sa Komisyon lekòl la dakò pou ofri kòm altènatif; otorite Direktè lekòl yoak Sipèentandan an, ak sa administratè yo ak Komisyon lekòl la gen responsablite pou yo fè.

12. Jan pou etidyan yo toujou byen konpòte yo- (Responsabilite pwofesè yo) Regleman 6Gx13-5D-1.08 … regleman sa gen yon pawòl sou responsablite ak otorite pwofesè a nan klas li ki an, dapre lwa Eta Florid yo, Komisyon edikasyon Eta Florid la, ak règleman Komisyon lekòl leta yo.

13. Responsablite ak devwa ( Jan yo dwe fè rapò sou ensidan ki rive) Regleman 6Gx13-4A-1.21… règleman sa fè tout anplwaye yo konnen sa responsablite yo ye lè pou yo fè rapò sou ka kriminèl ak konpòtman ki deranje lekòl la. Règleman sa yo gen enfòmasyon sou moun ki refize suiv règlemansou rapò yo dwe fè.

14. Enfòmasyon ki an rapò ak drapo a ak prete sèman - Regleman 6Gx13-6A-1.08 … règleman sa yo suiv menm règleman ak Komisyon lekòl Eta Florid la ak opinion Avoka Komisyon Lekòl letayo sou zafè salye drapo a ak resitasyon sèman pou drapo a epi kouman pou yo boule ak elèv ki refize yo.

15. Diskriminasyon ak anmèdman (Elèv) Regleman 6Gx13-5D-1.10 … règleman sa gen enfò-masyon sou jan pou asire pa gen okenn diskriminasyon nan aktivite lekòl yo/nan pwogram yo epi pou yo elimine tout anmèdman.

34

Page 45: Non elèv la: IDehandbooks.dadeschools.net/policies/90/creole/csc_sec_creole.pdfkonduit epi si yo kondane elèv sa a, oubyen si yo jije li fè yon krim grav oubyen yon aksy-on delenkan

Komisyon lekòl nan Miami-Dade County nan Florid, adopte yon politik ki pa asepte diskriminasyon nan pwogramedikasyon yo, nan aktivite lekòl yo epi nan jan yo anplwaye moun pou travay nan lekòl la. Komisyon an fè tou sali kapab pou l bay tout moun menm chans jan lwa sa yo prevwa sa:

Tit VI nan Lwa 1964 sou dwa sivil moun – ki defann yo diskrimine kont okenn moun pouras yo, koulè yo, relijyon yo

Tit VII nan Lwa 1964 sou dwa sivil moun, jan yo modifye’la - ki defann yo diskriminekont okenn moun k ap chèche travay poutèt ras yo, koulè yo, relijyon yo oubyen nan ki peyiyo soti.

Tit IX nan Amannman sou Edikasyon 1972 la- ki defann yo diskrimine kont okenn mounpoutèt yo se fi oubyen poutèt yo se gason.

Ak sou Diskriminasyon pou laj nan bay moun travay 1967 la, jan yo te modifye l la - kidefann yo diskrimine kont okenn moun poutèt laj yo, kòmanse sou moun ki gen omwen 40an.

Ak 1963 a sou zafè Peye moun menm valè lajan, jan yo te modifye l la, defann yo diskrim-ine kont okenn moun nan jan yo peye yo poutèt yo se fi oubyen poutèt yo se gason lè yap fè menm travay nan menm etablisman an.

Seksyon 504 nan Ak sou Reyabilitasyon 1973 la- defann yo diskrimine kont okenn mounpoutèt yo andikape.

Ak 1990 sou Ameriken ki andikape - ki defann yo diskrimine kont okenn moun ki andikapenan bay travay, nan sèvis piblik, nan tout kote ki la pou piblik la sèvi epi nan teleko-minikasyon.

Ak 1978 sou Konje medikal ak konje pou afè fanmi - ki mande pou anplwaye ki genpwoteksyon sa a pou yo pèmèt anplwaye yo pran jiska 12 semèn konje san peye, kotedjòb yo an sekirite, pou sèten poblèm familial oubyen poblèm medikal.

Ak 1978 sou Diskriminasyon kont moun ki ansent lan - ki defann yo diskrimine kont okennmoun k ap chèche travay, poutèt yo ansent, poutèt yo fèk fè pitit oubyen poutèt yo genpwoblèm sante ki gen rapò ak akouchman.

Ak sou Egalite nan edikasyon - ki defann yo diskrimine kont elèv oubyen kont anplwayepoutèt ras yo, poutèt peyi kote yo soti, poutèt yo marye oubyen yo pa marye, oubyenpoutèt yo andikape.

Ak 1992 sou Dwa sivil nan Eta Florid la- ki asire libète tout moun kont diskriminasyonpoutèt ras yo, peyi kote yo soti, si yo marye oubyen si yo pa marye, poutèt koulè, laj, reli-jyon, oryantasyon seksyèl moun, oubyen poutèt yo andikape.

Règleman komisyon lekòl la 6Gx13-5D1.10, 6GX13-4A-1.01, ak 6Gx13-4A-1.32 - kidefann yo diskrimine kont yon moun oubyen anmède yon moun oubyen yon elèv oubyenyon anplwaye poutèt ras yo, poutèt peyi kote yo soti, poutèt yo marye oubyen yo pa marye,poutèt yo se fi oubyen yo se gason, poutèt relijyon yo, poutèt afilyasyon politik yo, poutètlaj yo, oryantasyon seksyèl yo, poutèt nan ki fanmi yo soti, poutèt lang yo pale oubyenpoutèt yo andikape.

Yo bay moun ki veteran lame dwa pou yo repran yo nan travay yo dapre (Lwa Federal) P.L 93-508 ak seksyon 295.07nan Lwa Florid la, ki di yo dwe bay moun sa yo avantaj nan zafè bay travay.

dènye revizyon (vèsyon Anglè a) 5/9/03