2
Aktivite ak Zouti pou Angajman Paran: Chak lekòl Title I pral ofri aktivite sa yo: Omwen de (2) Nwit Fanmi nan Lekti ak Matema- tik chak ane Bwochi ak Enfòmasyon pou Paran yo Omwen yon (1) Seminè Estrateji ki baze sou re- pons paran te bay nan Ankèt Entere Paran De (2) Reyinyon Konsèy Paran (PAC) Ansèyman Lidèchip nan Salisbury University (Inivèsite Salisbury) Asire Ke Ou Ka Jwenn San Difikilte Plan Amelyorasyon Pou Lekòl Prince Street toujou dis- ponib pou paran yo egzaminen l. Plan sa a enklu dis (10) pati pwogram Title I nan lekòl la ak bi lekòl la nan aspè enstriksyon, prezans, ak pwogram yo. Ou kapab egzaminen plan sa nan www.wcboe.org. Si yon paran genyen kesyon oubyen vle fè komantè, li kapab prezante yo devan di- rektè yo oubyen direktè Ekip Amelyorasyon Lekòl. Opòtinite Egal Se prensip Depatman Edikasyon Wicomico County pou l bay opòtinite egal pou edi- kasyon ak travay, kelkeswa laj, idantite seksyèl, ras, koulè, relijyon, orijin nasyonal, enfimite, oubyen oryantasyon seksyèl. Entegre Ak Lòt Pwogram Gen asosyasyon ki etabli ak kominote a pou sipòte paran: Gen elèv nan Lekòl Primè Prince Street ki chwazi pou patisipe nan Ansèyman Lidèchip nan Salisbury University, Baxter Enter- prises, Junior Achievement, Chick-Fil-A, Allen Memorial Baptist Church ak YMCA. Nan lekòl nou an, pwofesè ELL yo ede sa yo ki pale de (2) lang epi fanmi yo ki pa pale Angle. Moun ki gen kòm tit, Title I Parent Involvement Liasonpral fè aktivite ak pwogram pou paran yo. Fè Pwovizyon Asistans Ak Ansèyman Paran elèv Title I yo pral jwenn enfòmasyon konsènan Pwogram Title I ak kondisyon pou angajman paran nan Every Student Succeeds Act”. Paran yo va resevwa enfòmasyon konsènan kourikoulòm ki enseye, nivo elèv yo dwe konplete, enfòmasyon sou evalyasyon ki te fèt pou lekòl la ak endividi yo epi rezilta ak ek- splikasyon. Y ap pataje enfòmasyon sa nan Back to School Night”, nan Reyinyon Title I Orientation, epi Reyinyon Konsèy Paran. Paran yo pral gen opòtinite pou asiste reyinyon re- gilyèman konsènan edikasyon timoun pa yo. Resèt Pou Siksè Lekòl laParan, angaje ak nou ! Lekòl Prince Street Plan Angajman Fanmi Pou Title I 2018-2019 Jason Miller, Direktè Kim Waters, Sou Direktris Lekòl Primè Prince Street 410-677-5813 www.wcboe.org Egzaminen ak Revize May 2018

Resèt Pou Siksè Lekòl la Lidèchip nan Salisbury University ... · Depatman Edikasyon Wicomico County rekonèt ke paran yo se premye pwofesè timoun yo genyen, epi paran yo fonksyone

  • Upload
    ngokhue

  • View
    228

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

Aktivite ak Zouti pou Angajman Paran:

Chak lekòl Title I pral ofri aktivite sa yo:

• Omwen de (2) Nwit Fanmi nan Lekti ak Matema-tik chak ane

• Bwochi ak Enfòmasyon pou Paran yo

• Omwen yon (1) Seminè Estrateji ki baze sou re-pons paran te bay nan Ankèt Entere Paran

• De (2) Reyinyon Konsèy Paran (PAC)

• Ansèyman Lidèchip nan Salisbury University (Inivèsite Salisbury)

Asire Ke Ou Ka Jwenn San Difikilte

Plan Amelyorasyon Pou Lekòl Prince Street toujou dis-ponib pou paran yo egzaminen l. Plan sa a enklu dis (10) pati pwogram Title I nan lekòl la ak bi lekòl la nan aspè enstriksyon, prezans, ak pwogram yo. Ou kapab egzaminen plan sa nan www.wcboe.org. Si yon paran genyen kesyon oubyen vle fè komantè, li kapab prezante yo devan di-rektè yo oubyen direktè Ekip Amelyorasyon Lekòl.

Opòtinite Egal

Se prensip Depatman Edikasyon Wicomico County pou l bay opòtinite egal pou edi-kasyon ak travay, kelkeswa laj, idantite seksyèl, ras, koulè, relijyon, orijin nasyonal, enfimite, oubyen oryantasyon seksyèl.

Entegre Ak Lòt Pwogram

Gen asosyasyon ki etabli ak kominote a pou sipòte paran: Gen elèv nan Lekòl Primè Prince Street ki chwazi pou patisipe nan Ansèyman Lidèchip nan Salisbury University, Baxter Enter-prises, Junior Achievement, Chick-Fil-A, Allen Memorial Baptist Church ak YMCA. Nan lekòl nou an, pwofesè ELL yo ede sa yo ki pale de (2) lang epi fanmi yo ki pa pale Angle. Moun ki gen kòm tit, “Title I Parent Involvement Liason” pral fè aktivite ak pwogram pou paran yo.

Fè Pwovizyon Asistans Ak Ansèyman

Paran elèv Title I yo pral jwenn enfòmasyon konsènan Pwogram Title I ak kondisyon pou angajman paran nan “Every Student Succeeds Act”. Paran yo va resevwa enfòmasyon konsènan kourikoulòm ki enseye, nivo elèv yo dwe konplete, enfòmasyon sou evalyasyon ki te fèt pou lekòl la ak endividi yo epi rezilta ak ek-splikasyon. Y ap pataje enfòmasyon sa nan “Back to School Night”, nan Reyinyon Title I Orientation, epi Reyinyon Konsèy Paran. Paran yo pral gen opòtinite pou asiste reyinyon re-gilyèman konsènan edikasyon timoun pa yo.

Resèt Pou Siksè Lekòl la…Paran, angaje ak nou !

Lekòl Prince Street Plan Angajman Fanmi

Pou Title I 2018-2019

Jason Miller, Direktè Kim Waters, Sou Direktris

Lekòl Primè

Prince Street 410-677-5813

www.wcboe.org

Egzaminen ak Revize May 2018

Depatman Edikasyon Wicomico County rekonèt ke paran yo se premye pwofesè timoun yo genyen, epi paran yo fonksyone kòm yon edikatè pandan lavi timoun

yo. Apre 30 ane rechèch, li konfime ke siksè akademik elèv la epi estim li, yo mache men-an-men ak fason paran yo angaje nan edikasyon pitit li, kòmanse nan

pre-skolè rive nan lekòl sekondè. Lekòl Primè Prince Street kwè ke edikasyon timoun yo se yon responsabilite ke nou dwe pataje. Angajman lekòl, fanmi ak

kominote a kreye yon sistèm edikasyon ki pi fò epi ki amelyore kalite lavi elèv yo, fanmi yo, ak tout kominote nan Wicomico County. Sistèm lekòl la, ak lekòl endi-

vidyèl yo, fè yon angajman pou etabli pwogram ak pratik ki kreye yon klima de konfyans ak respè, epi ki sipòte angajman paran yo.

Reyinyon Konsèy Paran (PAC) De (2) fwa chak ane, genyen reyinyon pou Konsèy Paran nan Title I (Prince Street) nan yon lokal santral. Tout paran ak pesonèl lekòl la envite. Men sijè ki diskite nan reyinyon PAC yo: Pwogram Title I, Bidjè pou Angajman Paran, Kourikoulòm pou Leta, Enfòmasyon sou evalyasyon fèt pa Leta ak Lokalman, Kontra lekòl yo, epi Bwochi pou Angajman Paran yo (Sa yo distribye nan kòmansman ane a.) Paran yo gen yon chans pou yo di sa yo panse sou devlopman pwofe-syonèl pwofesè yo dapre jan li gen rapò ak kominote lekòl la ak angajman paran.

Kowòdinasyon ak Sipò

Sipèvizè Title I ak Spesyalis pou Angajman Fanmi yo ankouraje angajman paran yo nan aktivite. Yo fè sa ak pwogram kowòdinasyon ak asistans teknik. Pesonèl lekòl la bay ide, òganize materyèl, pataje resous yo, epi ran-kontre regilyèman ak PAC la pandan ane a.

Ogmante Kapasite pou Plis Angajman ak Paran yo

Men aktivite yo ki nan plas nan Lekòl Prince Street pou ankouraje yon angajman ak paran yo ki fò epi ki bon: Yon moun ki gen kòm tit, “Home School Liason”, pou

ankouraje kominikasyon ant lakay ak lekòl. Yon paran kapab ekri komantè li oubyen enkyetid li yo epi bay yo nan biwo lekòl la oubyen li kapab pale dirèkteman ak

administratè lekòl la. Chak mwa, yo voye yon lèt lakay ki rele, “Panther Press”. Lè l posib, yo fè pwovizyon

kominikasyon ekri oubyen aloral nan lang apwopriye a epi tout bagay eksplike klèman. Genyen konferans pwofesè, seminè paran, ak nwit pou lekti ak ma-tematik ki ofri pou klas yo pandan lane lekòl la.

Nwit Lekti ak Matematik Pou Fanmi

Lekòl Prince Street fè “Nwit Lekti ak Matematik Pou Fanmi” pou elèv yo ak paran yo . Bi Nwit Lek-ti ak Matematik pou Fanmi se pou ranfòse ide yo ki anseye nan klas yo. Nou akonpli sa ak jwet, teste, ak patisipasyon fanmi. Chak fanmi ki vini pral resevwa yon pake materyèl pou l pote lakay pou l kontinye ede pitit li aprann ide sa yo . Si gen bez-wen, ap genyen transpò ak entèpret.

Entere Fanmi, Ankèt Volontè ak Ankèt Lekòl la

Nan kòmansman lane skolè, nou mande paran yo pou konplete de ankèt ki pou bay lekòl enfòmasyon ki pral asiste nan planifikasyon evènman angajman paran yo. Ankèt Entere Paran se pou fè nou konnen sou ki sijè yo ta renmen genyen plis enfòmasyon, ki lè yo disponib pou vini nan lekòl la epi ki talan yo genyen ki pou ede nan lekòl la. (Egzanp: vin li nan yon klas oubyen patisipe nan yon reyin-yon ak yon komite) Ankèt Volontè bay lekòl la enfòmasyon konsènan kouman fanmi yo kapab patisipe nan yon varyete daktivite, tankou: patisipe nan Konsèy Paran, Ekip Lidèchip Enstriksyonèl oubyen ale kòm yon volontè nan klas la. Nou pran enfòmasyon ke n resevwa nan de (2) ankèt sa yo epi analize kouman lekòl la kapab fè plis efò pou fè paran yo patnè egal.