1
REFIJ
Pwoteje moun ki kite kay yo de vyolans seksyèl
ak vyolans ki baze sou sèks
Etid ka: Ayiti
Rezime analitik
Kim Thuy Seelinger avek Laura Wagner
Sant Dwa Moun Pwogram sou vyolans seksyèl
Lekòl Dwa Inivèsite Kalifòni, Berkeley
Me 2013
2
Nan jou ki te 12 janvye 2010, yon tranbleman tè ki gen manyitid 7.3 frape Ayiti. Episant lan te sitiye ozanviwon vennsenk kilomèt nan lwès Pòtoprens, ki te gen anviwon twa milyon moun ki tap viv ladan’l nan moman sa a. Nan kèk minit sèlman, youn pou rive de milyon moun twouve yo san kay pou yo rete e anviwon 230 000 moun pèdi lavi yo. Nan tout vil la ta pral genyen sa nou ta ka rele de « vilaj ki fòme ak tant » ke yo konstwi rapidman sou teren leta ak teren prive. Non sèlman sèvis de baz yo pat ka bay rezilta ankò akoz sa ki te kraze yo, men tou kondisyon lavi difisil ansanm ak pwoblèm ekonomik ki te vin ajoute sou sa ki te gen deja vin bay yon anviwonman kote vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks vin konstitiye gwo menas. Gen de rapò ki soti nan plizyè kan ki montre ke gen vyòl ki fèt, pa egzanp gen fanm ke yo atake pandan yal nan twalèt oubyen nan tant kote yap dòmi. Li difisil pou jwenn chif ou ka fè konfyans, sepandan, plizyè prestatè sèvis fè konnen ke yo rap òte plizyè santèn ka vyòl ki fèt nan kan yo nan Pòtoprens, soti janvye 2010 pou rive desanm 2011. Yo rapòte tou de ka kote gen moun, akoz yo pa gen mwayen pou yo ofri tèt yo sa yo bezwen, yo blije fè sèks pou lajan oubyen lòt bagay.
Vilnerabilite nan sa ki gen a wè ak vyolans seksyèl e vyolans ki baze sou sèks devlope nan anpil
sitiyasyon kote moun blije kite kay yo, keseswa nan ka deplasman ki fèt akoz konfli ame oubyen
akoz katastwòf natirèl. Sila yo ki ap kouri pou yon sitiyasyon dijans kapab viktim vyòl,
eksplwatasyon seksyèl oubyen trafik seksyèl pandan ke yap eseye jwenn kay pou yo rete. Menm
nan sitiyasyon kote moun ap repeple, keseswa nan kan refijye, nan kan moun ki kite kay yo,
oubyen nan vil yo, gen vilnerabilite. Yo estime ke deplasman ogmante degre ensekirite kote ke l
kreye oubyen agrave kèk sitiyasyon tankou : tout kontak ak fanmi e a kominote a koupe, wòl
chak moun te genyen an fonksyon de sèks yo pa egziste ankò, aksè a resous yo limite, mank
sekirite, kondisyon lojman ki pa reponn ak nòm ijyèn nan kan yo.
Lè ke refijye yo oubyen moun ki kite kay yo viktim vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks,
bezwen moun sa yo ka genyen kapab vrèman ijan e konplike. Yo kapab santi yon gwo detrès
fizik oubyen psikolojik akoz yo viktim domaj kolektif e pèsonèl. Malerezman, pa konn gen anpil
opsyon ki egziste konsènan sèvis nan plizyè domèn, lè ke gen sitiyasyon kote ke moun blije kite
kay yo.
3
Li enpòtan pou n pi byen konprann posiblite ki egziste konsènan abri fisik ki disponib nan menm
moman an nan sitiyasyon sa yo. Pwogram yo ki ofri ebèjman a moun kap kouri pou vyolans
seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks, anplis de founi yo founi viktim yo yon pwoteksyon fizik
imedyatman, yo kapab pèmèt yo jwenn aksè pi fasil a lòt sèvis enpòtan lè ke resous ki egziste yo
limite.
Antouka, enfòmasyon ke yo jwenn a pati travay rechèch ki fèt sou pwogram ebèjman nan
sitiyasyon sa yo pa anpil. Bon jan enfòmasyon sou modèl sant debèjman, bezwen kliyantèl la ak
manm pèsonèl la, pwoblèm yo rankontre konsènan sèvis ki dwe bay, ansanm ak strateji ki itilize,
endispansab anpil pou kapab montre òganis entènasyonal, nasyonal e lokal, ki ap konsevwa epi
dirije pwogram proteksyon yo, kouman sa dwe fèt an tèm de politik, pwogramasyon ak
egzekisyon.
Bi ak Objektif rechèch la
Nan kad pwogram sou vyolans seksyèl la, sant Dwa Mount te fè yon etid pandan 1 an nan lane
2012 pou l te kapab eksplore e amelyore konpreyansyon moun genyen de plizyè opsyon ki
egziste nan sa ki gen pou wè ak sant debèjman pwovizwa ki la pou resevwa refijye yo, moun ki
kite kay yo ansanm ak lòt moun ki migre paske yap kouri pou vyolans seksyèl ak vyolans ki baze
sou sèks nan peyi kote gen konfli oubyen katastwòf natirèl. Nou defini mo « refij » la plizyè
fason : pa egzanp, li kapab se yon fwaye debèjman tradisyonèl, yon gwoup kay ki pou manb
kominote a, oubyen lòt kote ki an sekirite ke yon òganizasyon de baz ap dirije.
Bi pa nou se te pou n te pwodui de prèv ki fonde sou travay rechèch, pou n te kapab mete moun
kap bay don yo, responsab politik yo ansanm ak lòt aktè nan nivo entènasyonal e lokal, o kouran
de tip modèl ebèjman ki apwopriye ak ka pa yo, de pwoblèm yo dwe rezoud avan yo e de pratik
kap bay bon rezilta yo. Etid la te gen twa prensipal objektif :
1. Idantifye epi dekri modèl debèjman ki disponib pou refijye yo. Moun ki kite kay yo pou
yal kache yon lòt kote nan peyi a, e migran kap kouri pou vyolans seksyèl ak vyolans ki
baze sou sèks.
2. Idantifye pwoblèm ke manb pèsonèl ak viktim yo rankontre epi jwenn strateji pou rezoud
pwoblèm sa yo.
4
3. Anvizaje bezwen ki genyen ak posiblite ki egziste konsènan pwoteksyon gwoup viktim
ke yo majinalize, tankou gason ki sibi vyolans, minorite seksyèl yo, gason ak fanm ki nan
pwostitisyon yo e moun ki andikape yo.
Se te menm bi ak objektif sa yo ke nou te genyen nan chak etid ke n te mennen, keseswa nan
peyi kolonbi, Ayiti, Kenya ak Taylann. Rechèch yo te sitou konsantre sou pwogram ki la pou
sèvi refigye, migran, moun ki kite kay yo, e menm sou pwogram ki egziste nan kan yo tou. Nou
te etidye tou sant debèjman tradisyonèl yo, poun te kapab idantifye posiblite ki genyen ak nouvo
bagay ki fèt nan kad pwoteksyon nan vil yo. Rezilta etid la genyen ladan’l kat rapò, youn pou
chak peyi yo, ansanm ak yon evalyasyon ki fè konparezon e ki gen ladan l rekòmandasyon pou
UNHCR ak lòt moun ki enplike nan pwoteksyon gwoup moun viktim sa yo.
Metòd ke nou itilize nan rechéch la
Byen avan etid la te vin fèt an Ayiti, Sant Dwa Moun te analize dokiman ki ekri nan inivèsite,
travay kèk ONG pibliye ansanm ak lòt ti dokiman ki gen pou wè ak sèvis ebèjman an Ayiti e
solisyon ki bay a vyolans seksyèl e vyolans ki baze sou sèks, non sèlman an jeneral, men tou
espesyalman nan kad tranbleman tè 12 janvye a. Egzamen sa a bay anpil enfòmasyon sou
sitiyasyon vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks ki egziste an Ayiti, prensipal aktè yo,
ansanm ak mekanis pwoteksyon ki disponib.
Chèchè nan sant la te reyalize yon seri travay rechèch an Ayiti pandan plis pase kat semèn an
fevriye ak mas 2012. Travay sa yo te gen ladan yo reyalizasyon entèvyou apwofondi ak uit manb
pèsonèl sant debèjman epi senk viktim, nan kad sis pwogram debèjman ki egziste pou moun ki
viktim vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks nan Pòtoprens, Kap-Ayisyen ak Jakmèl.
Avèk akò moun ke yo tap entèvyouve yo, yo te anrejistre konvèsasyon yo. Aprè sa, yo transkri
enrejistreman yo, yo tradui yo epi kode yo avèk lojisyèl pou analize done kantitativ Dedoose.
Chèchè ki te an Ayiti yo te entèvyouve nèf enfòmatè kle ki nan gouvènman an, nan òganizasyon
kominotè yo, ONG yo, e nan ajans Nasyon Zini pou yo te ka rasanble enfòmasyon siplemantè.
5
Men prensipal baryè yo rankontre nan kad travay sa yo: Kantite sant debèjman an Ayiti aprè
tranbleman tè a twò piti, epi se responsab sant debèjman yo ki te chwazi viktim ki pou te patisipe
nan entèvyou yo.
Se Comittee for the Protection of Human Subjects, nan Inivèsite Kalifònya nan Berkeley, kite
bay apwobasyon l sou plan etik la.
Dekouvèt ki fèt
Divès kalte sant debèjman ki egziste
Panorama sant ebèjman pou viktim vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks chanje rapidman
apre tranbleman tè 2010 la. De sant debèjman te blije fèmen pòt yo. Premye a se Sant Yvonne
Hakim Rimpel ke Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa fanm tap jere e ke V-Day d’Eve Ensler tap
finanse an pati. Dezyèm nan se yon sant debèjman tanporè ke òganizasyon pwoteksyon dwa
fanm Kay Fanm ap jere e ki okipe l de ka ijan. Apre tranbleman de tè a, gen anpil lòt efò ki vin
fèt nan domèn sant debèjman, ansanm ak plizye pwogram ke nou te vizite e ke kèk donatè
entènasyonal ap finanse an pati.
Chèchè nou yo te pale ak manb pèsonèl sant ebèjman yo ansanm ak viktim yo nan kad sis
pwogram, ladan yo:
- Twa sant debèjman tradisyonèl ke gwoup lokal pwoteksyon dwa fanm ap jere;
- Yon pwogram endepandan sou amenajman fason pou viv ke yon fondasyon prive
amerikèn ap fínanse;
- Yon gwoup pwoteksyon dwa LGBT ki pa vreman genyen yon sant refij nan yon sans
fòmèl, men ki ofri posiblite pou gen aksè a yon rezo sant dakèy kominotè.
- Yon kay kote moun pran refij, ki gen nan etaj anlè a, biwo yon òganizasyon pwoteksyon
dwa fanm.
6
Nou te aprann tou ke gen lòt kalte opsyon debèjman ke yo pral mete sou pye tankou de seri ti
lojman pwovizwa an playoud, sa yo rele chèltè a, ke plizyè gwoup entènasyonal ap bati nan kèk
kan, yon pwojè OIM genyen nan kwadèboukè, e yon sant debèjman ke lakwa wouj planifye fè an
kolaborasyon ak yon òganizasyon ayisyen ki nan vil Tigwav. Sepandan nou pa konsidere
pwogram sa yo ke yo gen pou lanse yo nan etid nou an.
Defi ak Strateji
Moun kap travay nan sant debèjman ke nou te rankontre an Ayiti yo, manifeste anpil kouraj,
anpil entèlijans, yo konpreyansif ak viktim yo e yo ba yo bon jan soutyen. Fason ke yo devwe
nan travay la, malgre ke yo pa gen mwayen yo ta dwe genyen, vrèman ekstraòdinè. Viktim ke
nou te entèvyouve yo, bò kote pa yo, te sanble rekonesan anpil pou sekirite ak kè poze pwogram
sa yo pèmèt yo jwenn, sitou ke aprè tranbleman tè a, li te difisil pou jwenn yon bon kote pou
rete.
Manm pèsonèl sant debèjman yo ansanm ak viktim yo te idantifye divès kalte defi yo rankontre
an Ayiti, epi tou strateji yo itilize pou fè fas ak kèk ladan yo.
1) Relasyon yo gen ak kominote a ak fason li wè yo.
Lè fèt ke piblik lokal la gen yon move konpreyansyon de yon pwogram debèjman, sa ka gen vye
konsekans sou bòn volonte kominote a te ka genyen pou’l pote kole nan travay ke sant debèjman
yo ap fè pou ede viktim yo, oubyen pou yo kenbe konfidansyalite. Plizyè manb pèsonèl sant
debèjman yo te pale de difikilte yo rankontre lè yon kominote pa konprann, oubyen pa soutni
travay yon sant debèjman oubyen travay òganizasyon de baz sant lan ap fè. Yo pale de move
konpreyansyon ki konn genyen nan sa ki gen pou wè ak objektif yon òganizasyon, mwayen
finansman l, oubyen aktivite sansibilizasyon ke lap fè.
Le fèt ke vin gen anpil donatè entènasyonal kap ede pwogram ebèjman yo an Ayiti aprè
tranbleman tè a, sa vin lakòz tout je brake sou manb pèsonèl sant refij yo ak sou viktim yo. Yo
te wè yo tap fè blan (ki vle di etranje) vizite lokal yo. Yo te ka idantifye yo gras ak kay kote yo
rete, rad nèf ki sou yo, mwayen transpò epi lajan yo te genyen. Akoz de fason sa yo te wè yo a,
sa te ka fè viktim yo vin tounen yon sib.
7
Strateji pou abòde pwoblèm sa a se fè ke kominote a prezan, menm nan nivo kan kote moun ki
kite kay yo ap viv la. Plizyè nan òganisasyon sa yo konn travay ak reprezantan lokal yo, ki yo
menm sansibilize popilasyon an o sijè de wòl ak sèvis òganizasyon an bay. Pa egzanp, gen yon
gwoup ki te gen yon ansanm de plizyè ti biwo ki ofri sèvis ak konsiltasyon nan tout zòn kote l ye
a. Gen lòt ti òganizasyon menm, tankou gwoup pou pwoteksyon dwa LGBT yo nan Pòtoprens, ki
sansibilize responsab lokal yo anvan yo kòmanse fè aktivite sou sante piblik ak edikasyon. An
general, lè yon òganizasyon debèjman gen bon jan relasyon avèk anviwonman l, sa se te yon
avantaj pou li sou tout pwen, menm an deyò de aktivite debèjman l yo.
2) Sekirite
Manm pèsonèl sant debèjman yo ak viktim yo pè pèsekisyon ak atak ke patenè ki an kòlè yo ka
fè, oubyen de manm fanmi responsab zak ke yo mete nan prizon. Sepandan, pou anpil ladan yo,
manb pèsonèl yo ak viktim yo, lè yo anndan sant debèjman an, te sanble santi yo plis an sekirite
fas a responsab zak yo, konparativman ak ensekirite yo te santi lè yo te nan kan yo. Nou pat
tande pale de okenn ka kote yo te atake, oubyen anvayi yon sant debèjman.
Sepandan, apre tranbleman de tè a, sekirite an Ayiti se te yon kesyon ki te preyokipe ni manb
pèsonèl sant debèjman ki resevwa moun kap kouri pou vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou
sèks yo, ni viktim yo. Strateji pou asire sekirite yo pat menm bagay tout kote, degre sekirite yo
tou te diferan. Gen de strateji ki te plis gen pou wè ak strikti: baryè, gad, izolman. Nan majorite
ka yo, yo pa kite moun konnen vrèman ki kote kay ki ebèje viktim yo ye. Lè yon pwogram ap
lwe kay pou l mete viktim yo rete, li aranje l pou’l chwazi plizyè kay ki tou pre youn de lòt, yon
fason pou viktim yo ka ede youn lòt si nesesè. Gen de lòt strateji tou tankou efò yo fè pou yo pa
kite moun konnen ki kote refij yo ye e kòman yo opere. Règleman ak pwotokòl sekirite yo sete
tou youn nan mwayen pou ranfòse sekirite a, paske yo defini kòman pou viktim yo konpòte yo e
ki abitid pou yo genyen an tèm de sekirite. Pou n fini, jan nou te di’l deja a, Lè yon pwogram
ebèjman gen bon jan relasyon ak kominote a, sa kontribye a sekirite òganizasyon de baz li a.
3) Sèvis pou swen lasante
Aprè yon vyòl oubyen yon lòt fòm vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks fin fèt, jwenn
swen sante enpòtan anpil, non sèlman pou yo swanye epi fè tès pou moun ki viktim nan, men tou
8
pou yo jwenn rapidman de dokiman ak de prèv materyèl sou krim nan. Anplis de sa, viktim yo
ak timoun yo konn gen avèk yo pafwa, konn vin gen bezwen swen medikal pi devan, gen plizyè
òganizasyon debèjman, akoz ke manb pèsonèl ak mwayen yo genyen pa sifi, ki gen difikilte pou
ede viktim yo jwenn laswenyay keseswa an ijans ou non.
Youn nan strateji pou garanti aksè a swen medikal dijans yo se fè yon manm pèsonèl akonpanye
viktim nan lopital. Nan kad pwogram debèjman ki pa gen twò gwo nivo sekirite yo, li pa toujou
posib pou yo akonpanye viktim yo pou swen medikal woutinyè yo, Antouka, majorite nan manb
pèsonèl sant debèjamn yo konn ede viktim yo pran randevou kay doktè, e menm genyen ladan yo
ki konn ede nan fè viktim yo pran medikaman yo lè yo retounen.Yon lòt kote, gwoup
pwoteksyon dwa LGBT yo tap chèche moun ki ka bay swen medikal ki apwopriye epi ki gen
bezwen kliyan yo a kè.
4) Byenèt emosyonèl
Posiblite ki genyen nan sa ki konsène èd psikolojik pou viktim yo ak manb pèsonèl yo limite;
nou ka menm di ke pa gen ankenn strikti fòmèl nan kad soutyen pou manb pèsonèl yo.
Ni viktim yo, ni manm pèsonèl sant debèjban yo rekonèt ke yo strese anpil, menm si rezon yo
bay yo pa menm. Majorite nan viktim yo te sibi zak vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks.
Nan anpil ka, yo te sibi de boulvèsman e yo te chanje abri plizyè fwa akoz tranbleman de tè
janvye 2010 la; sa ki vin met ansanm povrete ak vyolans politik ak striktirèl. Pwoblèm psikolojik
ke moun sa yo te genyen konn fè yo fè depresyon, e yo konn menm anvi touye tèt yo, kote ke yo
konn santi yo angwase pa rapò ak entegrasyon yo ankò nan kominote a epi priz an chaj pitit yo
genyen. Manm pèsonèl sant debèjman yo, bò kote pa yo konstate ke gen yon sòt de fatig
pwofesyonèl ki lye ak twomatis viktim yo chak jou ki pase e difèt ke yo gen difikilte pou yo bay
swen yo dwe bay yo akoz mwayen yo genyen yo pa sifi.
Strateji yo anplwaye pou yo okipe yo de byenèt emosyonèl viktim yo pa vreman fòmèl. Pa gen
anpil pwogram ki gen yon psikològ oubyen yon psikyat ki agreye. Nan majorite ladan yo, se
manb pèsonèl yo ki fè de seyans “counselling” enfòmèl nan kad terapi yo fè swa an gwoup, swa
grenn pa grenn.
9
Nan seyans sa yo, se sitou ekout aktiv ak pataj santiman ki genyen, pandan ke yo fè l yon fason
pou fè moun ri, pou moral viktim yo ka remonte. Nou pat rive jwenn ankenn strateji pou soutyen
emosyonèl manb pèsonèl sant debèjman yo; se yo menm ki pran swen tèt yo e ki pran swen youn
lòt jan yo kapab.
5) Strateji pou viktim yo kite sant refij yo
Defini de strateji ak viktim yo pou yo kite refij la ak jere atant yo konsènan ki kantite tan yo ka
pase ladan’l se yon bagay ki trè difisil pou òganizasyon ki nan Pòtoprens yo. Asire tranzisyon
viktim nan de refij la a yon kay pou l rete bay anpil pwoblèm sitou ke pa gen anpil kay ki
disponib. Bagay sa a koze gwo pwoblèm nan kapital la, paske tout pandan etid la tap fèt la, vil la
te gen 49 000 moun ki te kite kay yo daprè estimasyon ki te fèt, sa ki lakòz kay pou lwe vin trè ra
epi trè chè tou.
Strateji konsènan plan pou viktim yo kite refij yo pa menm. Gen yon pwogram ki peye en an fèm
kay pou viktim ki jwenn yon bon kay ki a yon pri rezonab.
Gen yon lòt menm ki garanti de fason enplisit ke lap loje viktim yo jiskaske fondasyon kap
fínanse l la pèmèt viktim yo imigre Ozetazini. Gen lòt toujou ki pwopoze viktim yo de posiblite
ki pi senp, tankou al rete kay yon manm fanmi oubyen retounen andeyò.
Gen de lojman pwovizwa ke yo rele chèltè ke plizyè ONG te konstwi ozanviwon Pòtoprens. Gen
yon pwogram debèjman ki te ofri viktim yo pou yo al ret nan tip ke kay sa yo kòm opsyon
tranzitwa. Men pat gen youn nan viktim sa yo ki te dakò, malgre ke ti kay sa yo kapab dire ant
twa a senk lane.
Pami bagay ki pèmèt tranzisyon viktim yo fèt san tèt chaje nou ka site: preparasyon viktim nan
san rete pou lè l gen pou l ale, fòmasyon pwofesyonèl, pèmèt viktim nan kontinye jwenn aksè a
kèk sèvis pwogram nan ofri apre yo fin kite sant debèjman an. Gen youn nan pwogram yo ki
menm gen objektif mete yon kowoperativ sou pye kote ansyen rezidan sant la ap kapab achte
machandiz a trè ba pri pou yal revann a pri nòmal.
10
6) Jwenn jistis
Viktim ki ap chèche jwenn jistis e ki pase pa sistèm jiridik ki an plas la fè fas a anpil obstak:
stigmatizasyon; ankèt ki mal fèt, responsab zak yo ke yo pa janm rive arete ni mete nan prizon,
koripsyon, reta tribinal yo bay nan dosye yo e temwen yo ke yo pa garanti ase pwoteksyon.
Strateji yo anplwaye pou ede viktim yo nan lit yap mennen pou jwenn jistis gen ladan’l
akonpayman viktim nan lopital pou l suiv tretman e fè egzamen, apre sa akonpayman yo tou pou
yo al nan lapolis ak nan tribinal. Anplis de sa, genyen kèk nan pwogram yo ki konn bay asistans
jiridik e ki konn la nan tribinal la pou yo ka fè responsab yo pran responsablite yo, swa
dirèkteman oubyen nan kolaborasyon ak lòt òganizasyon. Li trè enpòtan pou yon sant debèjman
gen bon rapò ak lapolis.
7) Limit akoz mank mwayen
Akoz kontrent ki egziste poutèt ase mwayen ke yo pa genyen, gen anpil pwogram ki twouve yo
nan enposiblite pou yo anplwaye, bay sèvis e resevwa plis moun. Prestatè yo pa ka bay viktim yo
yon bon soutyen psykososyal, ni pèmèt yo fè aktivite pou rantre kòb, paske yo pa gen ase
finansman pou tip de sèvis sa yo. Gen yon pwogram ki te rive blije redui nan aktivite
sansibilizasyon li te konn fè e sispann akonpanye viktim yo nan tribinal nan zòn ki twò lwen nan
depatman l lan.
Men ki strateji pwogram yo itilize pou yo ogmante resous ak kapasite yo: yo fè patenarya avèk
kèk aktè lokal oubyen entènasyonal pou yo ka reyalize kèk bagay tankou sansibilize moun, fè
rekòmandasyon, ofri sèvis ak kolekte lajan. Gen de patenarya konsa ki rive tabli ak divès antite
tankou UNHCR (Wo Komisarya Nasyonzini pou Refigye yo), donatè entènasyonal prive oubyen
lòt òganis ayisyen kap bay sèvis a moun ki viktim vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks.
Pafwa se manm pèsonèl sant debèjman yo ki depanse pwòp lajan yo pou yo reponn ak kèk
bezwen viktim yo.
8) Konsènan “faktè atraksyon yo”
11
Aprè tranbleman de tè a, li te difisil an Ayiti pou te detèmine kòman avantaj ke kèk pwogram
ofri te ka aji sou dezi viktim yo pou yo al viv nan yon sant debèjman oubyen pou yo kite l. Lè
nap konsidere jan ke li te trè difisil pou jwenn yon kay pou anfème nan Pòtoprens, ebèjman sa a
ke pwogram pwoteksyon viktim vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks yo ofri te trè
enpòtan pou moun sa yo, sitou se anba tant anpil nan yo tap viv anvan yo te vin nan sant
debèjman an. Gen lòt avantaj tou tankou dlo pou sèvi, manje chak jou, aksè a seyans
“counselling” ak edikasyon timoun yo ke viktim yo te ka pat kapab jwenn anvan yo te vin nan
sant lan. Genyen tou de posiblite ke kèk pwogram bay viktim yo lè yap kite sant la ki bon anpil
(pa egzanp, yo konn peye en an loye kay pou viktim nan, yo konn ede viktim nan pati al viv
Ozetazini nan kad eksepsyon imanitè). Gen yon pwogram debèjman ke UNHCR fínanse ki bay
yon kòb pou anfème kay ki de fwa pi plis pase sa lòt òganizasyon tankou OIM ak Lakwa Wouj
konn bay. Diferans sa yo ki egziste konsènan avantaj viktim yo jwenn te fè kèk aktè reflechi.
Tansyon sa a pat tèlman egziste nan vil pwovens yo kote tranbleman tè a pat fè gwo dega ni
kraze anpil kay.
Jwenn bon strateji pou reponn a pwoblèm sa a te difisil anpil, se petèt paske sa ki te enpòtan pou
responsab sant debèjman yo se te avan tou bay sèvis a moun ki gen bezwen sèvis, san yo pa
okipe yo de lòt posiblite ki egziste lòt kote yo. Sepandan, gen nan manm pèsonèl yo ki rekonèt
ke koze kay pou rete nan Pòtoprens bay anpil pwoblèm e yo deklare ke li posib pou ke gen de
moun ki gen de reklamasyon ki fo, oubyen ki egzajere ka yo, jis pou yo ka vin viv nan sant
debèjman an. Manb pèsonèl sa yo pran san yo pou yo analize ak verifye demand yo, yon fason
pou yo detekte moun kap bay manti nan demand pwoteksyon yo fè yo. Anplis de sa, sanble pa
janm gen chita pale ki fèt sou gwo diferans ki egziste ant avantaj ke moun kap viv nan sant
debèjman yo jwenn konparativman ak ak lòt moun an jeneral ki kite kay yo an Ayiti, ni sou
konsekans yon diferans konsa ta ka genyen.
9) Definisyon ak evalyasyon reyisit pwogram yo
Anpil fwa, responsab refij yo te tèlman preyokipe a satisfè bezwen viktim yo chak jou ki pase ke
sanble se raman yo fè evalyasyon konsènan reyisit pwogram nan ak feblès li genyen o nivo swen
moun kap viv nan sant lan jwenn. Fòk nou di ke gen de amelyorasyon ki fèt sou yon peryòd ki
12
kout, de fason enfòmèl, pami viktim kap viv nan sant yo nan moman an; pa egzanp, yon viktim
gen dwa sanble l deprime mwens, oubyen li antann li pi plis avèk lòt rezidan yo. Men, majorite
refij nou te vizite yo pat egziste twò lontan e sanble ke yo pat gen yon mwayen fòmèl pou yo
kontwole si yo rive ede viktim yo amelyore sitiyasyon yo tout bon vre sou yon peryòd ki long, lè
yo fin kite refij la.
Li te difisil pou nou te detekte strateji ke pwogram yo anplwoye pou pèmèt yo evalye byennèt
viktim kap viv nan refij yo nan moman an, ansanm ak viktim ki pa la ankò yo, epi pwen fò
pwogram nan an jeneral. Gen de pwogram ki te kontinye suiv viktim ki pa la ankò yo, kote ke yo
konn rele yo nan telefòn, oubyen al wè yo lakay yo. Gen de pwogram tou ki pèmèt yo kontinye
patisipe nan aktivite sant lan ap fè, yon fason pou yo toujou kenbe kontak ak yo. Se sèlman de
(2) pwogram ki konn fè antretyen ak viktim ki ap soti kite sant la, kote ke yo mande yo pou yo di
sa yo panse de sèvis yo te resevwa pandan yo te ladan l.
10) Kowòdinasyon, komiikasyon ak entegrasyon
Apre tranbleman tè a, pakèt pwoblèm imanitè ki vin genyen, mete sou yon gouvènman ki vin gen
yon bann responsablite sou do l e ki sou presyon; e anplis de sa, gwoup pwoteksyon dwa fanm ki
te egziste yo e ki pat janm gen yon menm politik, ta pral rann kowòdinasyon èd ak abri ke yo tap
bay viktim vyolans seksyèl an Ayiti yo konplike. Kominikasyon ki te egziste ant Ministè Fanm
an Ayiti a ak òganizasyon imanitè yo, keseswa sa ki depann de Nasyonzini oubyen ONG yo, te
an jeneral solid. Men, kominikasyon ki te genyen ant yo menm ak gwoup lokal yo pat toujou
anfòm.
Se petèt kolaborasyon ki pat egziste anvan an ki fè ke kèk gwoup lokal te santi yo mete yo sou
kote, vin jwenn yo pat toujou konn mete yo o kouran de desizyon e de resous politik yo ki,
teyorikman palan, te gen yon enpak sou travay yo.
Le fèt ke pat gen ankenn kowòdinasyon fòmèl ki te egziste ant prestatè sèvis debèjman yo, sa vin
lakòz yon sèten degre konfizyon ak mank enfòmasyon o sijè de pwogram yo chak genyen e sa
vin rann rekòmandasyon nan sektè a difisil. Pou n fini, nan deba ki genyen konsènan sèvis èd
pou viktim vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks an Ayiti yo, pa fè konsiderasyon pou
13
gason ki viktim yo, oubyen LGBT yo; sa ki lakòz gwoup moun sa yo ekskli de sistèm
rekòmandasyon, sèvis ak resous yo.
Pwoteksyon gwoup viktim yo mete sou kote yos
Chèchè nan sant dwa moun nan yo te obsève de feblès konsènan pwoteksyon nan kad abri yo
bay yo.
Premyèman, teknikman palan, nan Pòtoprens, pa gen refij ak sèvis ankò pou fanm ak jèn fi ki
viktim vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks, depi se pa moun ki kite kay yo nan kad
tranbleman de tè a. Sanble sa rive paske se pat sa ki te priyorite finasman yo ki tap bay apre
tranbleman de tè a e paske sant ki te la avan yo te blije fèmen pòt yo.
An reyalite, se yon sèl pwogram ki aksepte resevwa ka moun ki pat kite kay yo nan kad
tranbleman tè a. Pwogram sa a dakò fè l malgre ke se pa sa òganis ki ap fínanse l la mande l pou
l fè. Gen yon pwogram ki, anplis ke se sèlman ka ki gen rapò ak tranbleman de tè li resevwa,
men li mande viktim yo tou pou yo reyini kritè de baz pou depoze yon demand mezi eksepsyon
imanitè Ozetazini. Pwogram debèjman ki pa nan Pòtoprens yo pa vrèman afekte pa priyorite sa
yo ke òganis kap fínanse yo genyen, kidonk kondisyon pou yo aksepte yon moun nan sant yo se
de ansyen kondisyon ki mwens konplike.
Dezyèm gwo feblès nan domèn pwoteksyon ke nou relve konsène gason ki viktim yo. Mesye yo,
keseswa granmoun oubyen timoun ki ap kouri pou vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks,
pa ka gen aksè a sèvis sant debèjman nan okenn nan pwogram ke chèchè nou yo te jwenn an
Ayiti yo. Ti gason ki gen manman yo nan yon sant debèjman kapab ret avèk li jiskaske yo gen 12
oubyen 16 lane, depandaman de pwogram nan. Men yo pa tap janm aksepte yo si se yo sèlman ki
te bezwen ebèjman. Pwogram ki ap soutni viktim vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks an
Ayiti yo poko pare pou yo bay asistans pou gason ki viktim yo.
Denye feblès nou ka site nan domèn pwoteksyon se konsènan refij ki pa genyen pou moun
LGBT yo. Pa t gen ankenn pwogram ke yo mete sou pye pou asire pwoteksyon fisik moun sa yo
14
pwovizwaman. Men, gen plizyè manm pèsonèl ki di ke yo konn bay refij a fanm ki fè maladi
sida e ki fè pati de LGTB yo, men sanble ka sa yo ra anpil; sa ki fè ke yo pa konsidere yo kòm
priyorite nan kad sansibilizasyon. Men, sant debèjman ofisyèl pou gason pa egziste ditou.
Chèchè ki te Pòtoprens yo te rive jwenn nan Pòtoprens yon gwoup kap fè sansibilizasyon sou
dwa LGBT e sou sewopozitivite ak maladi Sida. Gwoup sa a te rive ede kèk mesye ki fè pati de
LGBT yo negosye aranjman an ijans pou yo te al viv swa kay zanmi oubyen kay kèk lòt moun
nan kominote a. Akoz stigmatizasyon ak stereyotip ki egziste konsènan LGBT yo an Ayiti, li trè
difisil pou moun sa yo rive entegre nan rezo nòmal sèvis yo.
Konklizyon
An jeneral, chèchè nan Sant Dwa Moun yo te obsève ke te gen yon trè bon travay ki te fèt avèk
de mwayen ki pa sifi. Pwogram refij an Ayiti yo te benefisye yon seri patenarya ki te ede yo
ogmante kapasite ke yo genyen. Manm pèsonèl yo te zele anpil pou travay yo, yo te janti e yo te
gen bon jan. Viktim yo sanble rekonesan anpil pou sekirite ak sèvis yo jwenn gras a pwogram
yo. Se vre ke, jiska prezan, gen plizye defi ki egziste toujou: sekirite, èd psikososyal ak
emosyonèl, ni pou viktim yo, ni pou manm pèsonèl yo, ansanm ak strateji tranzisyon ak
evalyasyon.
Gen yon sòt de konfizyon ak mank enfòmasyon konsènan sant debèjman yo, ni pami prestatè
sèvis yo, ni pami responsab politik yo. Se akoz ke manke kowòdinasyon ant diferan pwogram
kap ede viktim vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks. Se akoz tou ke gen divizyon politik
depi lontan nan mitan gwoup kap defann dwa fanm yo e ke gen yon sòt de dekoneksyon ant
moun kap pran desizyon politik yo, nan domèn vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks, ak
moun kap bay sèvis de baz yo. Mank kowòdinasyon sa a kapab gen move konsekans an tèm de
rekòmandasyon pou sant debèjman yo e de repons jeneral ki ale nan menm sans pou rezoud
pwoblèm vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks an Ayiti.
Pou n fini, fòk nou pale de konsekans ke finansman ki tap bay yo apre tranbleman tè a te genyen.
Se vre ke lajan sa yo te pèmèt ke nouvo pwogram sa yo devlope e pran ka anpil moun ki
defavorize an chaj, genyen malgre sa anpil feblès nan domèn pwoteksyon. Anplis de sa, Fòk gen
15
kesyon etik fondamantal ki poze konsènan tan pwogram sa yo ap dire, diferans ki genyen nan
avantaj yo ofri ak sitiyasyon depandans sa vin kreye.
Sant Dwa Moun nan baze li sou rezilta rechèch la bay pou l fè rekòmandasyon sa yo, nan lide
pou aksè ak sèvis refij yo bay vin pi fasil an Ayiti pou moun ki kite kay yo apre tranbleman tè a e
ki viktim vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks.
Rekòmandasyon pou Gouvènman Ayisyen an e pou Ajans Nasyonzini yo
1) Kreye de tanzantan, bon jan okazyon pou prestatè sèvis debèjman lokal yo patisipe nan
dialog sou politik jeneral. Pandan reyinyon yo, fòk gen moun kap tradui an kreyòl. Fòk
prestatè yo kontribye nan pwen kap debat nan reyinyon yo e fòk yo gen aksè a dokiman
suivi ki gen pou fèt yo. Yo dwe konsilte prestatè sèvis debèjman yo lè yap detèmine e
deside fason prestatè sa yo dwe fonktyone.
2) Fè resansman sèvis ki disponib nan peyi a pou viktim yo nan lide pou kapab pi byen
oryante yo. Sa ka fèt separeman oubyen ansanm ak efò kap fèt pou resanse sèvis asistans
viktim vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks ke yap fè aktyèlman anba
kowòdinasyon sou gwoup Nasyonzini konsènan vyolans ki baze sou sèks.
3) Pwoteje gwoup viktim ki majinalize yo. Fòk gen konsiderasyon pou tout kalte ka vyolans
seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks ki egziste yo, e fòk yo mete refij a dispozisyon yo
tout: nou vle pale de ka moun ki viktim vyolans ki pa gen ankenn lyen ak tranbleman de
tè a, ka gason oubyen moun ki fè pati de gwoup LGBT yo ki blije kite kay yo. Te ka gen
yon sansibilizasyon ki fèt o nivo politik e o nivo prestatè sèvis yo nan domèn sante,
lapolis ak lajistis.
4) Mennen ankèt pou rive konprann opinyon viktim yo sou sa yo rele chèltè a. Si OING ak
UNHCR rive konprann rezon ki fè viktim yo pa dakò fòm abri pwovizwa sa a, sa ap
pèmèt yo konsidere lòt amelyorasyon yo te ka pote a sa, nan lide pou viktim yo ka rive
aksepte posiblite sa a. paske chèltè yo te kapab yon opsyon ki pa koute chè e ki pèmèt
viktim yo fè tranzisyon an trè byen.
16
Rekòmandasyon pou òganizasyon kap ofri refij yo
1) Mete an plas kòd konduit. Bon jan ankadreman pou viktim yo ak manb pèsonèl yo ap
pèmèt gen pi bon sekirite e rann pi klè wòl chak moun dwe jwe e sa yo chak ap atann.
Nan fason sa a, e manb pèsonèl yo, e viktim yo tap bay patisipasyon yo.
2) Gen bon jan relasyon ak lapolis nan zòn nan. Sa ap pèmèt sekirite manb pèsonèl ak
viktim yo amelyore e sa ap pèmèt tou yo pwomouvwa rekòmandasyon ki pi efikas lè gen
ka ijans.
3) Fè evalyasyon pou chak ka epi fè rekòmandasyon ki ale avèk ka sa yo toutotan sa posib.
Lè konsiderasyon yo fèt pou bezwen chak gren viktim separeman konsènan èd ak sekirite
li dwe jwenn, sa ap pèmèt li santi l pi alèz de jou an jou e lap kapab reyentegre l nan
kominote a. Moun ki pa tèlman gen gwo pwoblèm sekirite te kapab gen aksè deplase epi
rete an kontak ak fanmi e zanmi yo genyen.
4) Ogmante sèvis “couselling” ke yo mete pou viktim yo pandan ke yap pèmèt, si posib, pou
viktim yo kontribye epi di sa yo ta renmen. Lè se viktim nan ki chwazi youn nan bann lòt
posiblite ki egziste konsènan èd psikososyal, sa pèmèt li patisipe nan aktivite ke li panse
kap pi bon pou li yo. Le fèt ke lap egzèse nivo otonomi ak kontwòl sa a sou pwòp ka pa l
la, sa ta kapab ede l anpil.
5) Pèmèt ansyen viktim ki te ebèje nan sant yo toujou kontinye gen aksè a sèvis
« counselling » yo. Sa tap pèmèt de bagay: A) bay moun kap lite pou entegre nan
kominote a bon jan soutyen yo bezwen. B) pèmèt manb pèsonèl sant debèjman yo kenbe
kontak avèk ansyen rezidan yo, suiv èske yo alèz e enpak sant lan fè nan lavi yo.
6) Bay manb pèsonèl yo pi plis fòmasyon nan domèn “counselling lè ke posiblite konsènan
rekòmandasyon yo limite. Itilize psykològ ak terapet ayisyen ak etranje yo pou fòme
manb pèsonèl yo ta kapab yon bon mwayen pou pèmèt yo vin pi konpetan nan domèn sa
a ki si enpòtan. Li tap pi bon si se manb pèsonèl an chèf yo ki ta pran fòmasyon sa a, yon
mannyè pou yo ta kapab vin gen yon degre ekspètiz kap pèmèt yo pi byen dirije e
ankadre lòt manb pèsonèl ki pi ba yo.
7) Mete sou pye, ansanm avèk manm pèsonèl yo, de plan sante emosyonèl pou pwòp tèt pa
yo. Li enpòtan anpil pou yo preyokipe yo de sante emosyonèl manb pèsonèl sant
debèjman yo. Manb pèsonèl yo gen mo pa yo pou yo di tou nan sa ki konsène pi bon fòm
17
èd ke yo ta ka pote pou yo, keseswa seyans “counselling” an gwoup, sipò youn bay lòt,
aktivite ki pèmèt yo kolabore byen ansanm, oubyen poz yo ka pran de tanzantan.
8) Etid modèl abri kominotè yo. Moun ki pa twò an danje yo e ki, oubyen pa ta vle vin ret
nan sant debèjman an akoz gen twòp restriksyon, oubyen ki ta vle toujou rete konplètman
ak kontak avèk lòt moun nan sosyete a, ta kapab jwenn posiblite pou yo al rete pandan
yon ti tan lakay kèk moun nan kominote a menm. Yo ta ka itilize modèl debèjman sa a
tou kòm yon etap tranzisyon pou moun ki ap kite sant debèjman tradisyonèl yo e ki ta ka
bezwen yon ti sipò nan kad reyentegrasyon yo nan kominote a.
9) Jwenn de solisyon a kou tèm pandan ke sèvis yo ap toujou kontinye disponib. Gen de
moun kap kouri pou vyolans seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks ki kapab bezwen
ebèjman sèlman pou kèk nuit, men yo pa bay posiblite sa a nan sant debèjman ki nan
Pòtoprens yo.Anplis de sa, gen viktim ki ta ka gen kapasite pou kite yon sant debèjman pi
bonè si l tap ka toujou kontinye benefisye kèk avantaj tankou « counselling » oubyen
edikasyon timoun yo.
10) Mete kanpe strateji pou evalye efikasite reyisit pwogram yo ak defi yo rankontre.
Evalyasyon se meyè fason pou fè yon bagay dire lontan e pou pote amelyorasyon ladan l.
pwogram yo ta dwe devlope metòd pap pèmèt yo mezire non sèlman nivo moral ansyen
rezidan yo, men tou pwen fò ak feblès sèvis yap bay la. Men kèk zouti ki bay trè bon
rezilta : fè yon chita pale ak viktim yo de tanzantan ansanm ak lè yap kite sant la, toujou
suiv ansyen rezidan yo, konte konbyen ka ki repwodui ankò, evalye manb pèsonèl yo e fè
reyinyon pou rezoud pwoblèm yo...
Rekòmandasyon pou òganizasyon kap bay finansman yo
1) Reyini aktè yo pou diskite de pratik ki bay bon rezilta yo e pou ranfòse mekanis
rekòmandasyon yo. Dyalòg ant diferan aktè ki enplike nan bay sèvis debèjman ak soutni
moun ki viktim vyolans sekyèl ak vyolans ki baze sou sèks se yon bagay ki vrèman
enpòtan pou rive amelyore kowòdinasyon, pataje lide sou bon fason pou bagay yo fèt e
abode defi ke yo rankontre souvan ak feblès nan sa ki konsène rekòmandasyon. Yon
reyinyon konsa ta kapab rasanble aktè lokal yo oubyen aktè ki nan rejyon an yo.
2) Soutni sèvis “counseling” jeneral pou viktim yo, yon pi bon fòmasyon pou manb pèsonèl
yon an sa ki konsène “counselling” e rechèch mwayen ki pou soutni manb pèsonèl yo sou
18
plan emosyonèl ak mwayen ki pou rann yo pi otonòm. Fòk gen pi gwo envestisman ki fèt
pou pèmèt moun kap travay nan sant debèjman yo jwenn swen pou sante mantal yo.
3) Bay pwogram yo plis libète. Bezwen finansman yo lakòz de konsekans ki konplike an
Ayiti, sitou fason yo bay sèvis debèjman de manyè ofisyèl ki vin denatire lè n konpare li
ak jan yo define mo “deplasman” an. Libète sa a tap pèmèt òganizasyon kap benefisye
finansman yo konsidere divès ka ki ta kapab bezwen èd e eseye nouvo posiblite sipò ak
tranzisyon.
4) Soutni efò prestatè sèvis debèjman yo ap fè pou mete kanpe de strateji evalyasyon ki
apwopriye. Oganis kap bay finansman yo te kapab ofri yon asistans teknik, oubyen ede
pwogram yo jwenn espesyalis endepandan ki espesyalize nan zafè suivi ak evalyasyon.
Li bon pou gen deba ki fèt de tanzantan sou mwayen pou gade si pwogram yo reyisi.