2
Dwadotè © 2015 Florida State University. Tout dwa rezève. Jwe avèk Moun gen ladan jwèt sosyal tankou peek-a-boo, “I’m gonna get you” epi kache ak chèche. Li gen ladan tou chante ak rim tankou “Ring-around-the-Rosy” ak “Itsy-bitsy Spider.” Paske timoun ki gen ASD kapab vin konsantre twòp sou objè, si ou retire objè nan aktivite a sa ap retire konpetisyon an pou atansyon yo. Se yon bon kategori pou kòmanse avèk li paske ou kapab aprann bay sipò vit pou anpil eleman angajman aktif epi pou gen siksè pou fè pitit ou gade yo, ri, ak pataje kè kontan an. Aktivite chak jou yo kapab pa menm ditou nan fanmi yo ak kilti yo, men gen anpil aktivite komen fanmi yo fè ansanm. Malgre diferans yo, pifò fanmi pase tan ap manje, bay swen youn pou lòt, fè travay nan kay fanmi an, jwe, epi aprann ansanm. Si ou pran avantaj nan aktivite ou pase tan ap fè deja, ou kapab bay entansite ki nesesè pou sipòte aprantisaj pitit ou. Jèn bebe yo aprann nan pratik. Yo aprann mo yo ak fason yo entè-aji avèk lòt moun lè yo analize aktivite ki bòkote yo ak lè yo patisipe ladan. Pou timoun ki gen twoub espèk otis (autism spectrum disorder, ASD), sa enpòtan anpil. Aprantisaj nan aktivite chak jou kote yo itilize sa yo aprann nan ap fè ladrès yo imedyatman itil ak fonksyonèl, epi pi posib pou jeneralize. Aktivite ak woutin chak jou nan kay bay anpil okazyon enkwayab pou aprann pou jèn bebe yo. Tout fanmi jèn bebe yo pase tan nan aktivite chak jou nan 8 kategori aktivite ki endike anba la a: Jwe avèk Akseswa se yon bon pwochen etap anvan aktivite avèk ti jwèt ak objè. Akseswa yo gen ladan ekipman tankou yon gliswa, cheval-a-baskil, oswa balanswa, ak objè ki ka bouje, tankou yon gwo balon, wagon, dra, oswa kousen sofa. Si ou gen gwo akseswa se yon fason pou entwodui objè yo nan jwèt la san ou pa gen twòp konpetisyon pou atansyon an. Si ou ajoute aksyon ak mouvman ki bay motivasyon, ou kapab ede kreye kè kontan avèk objè a ak entè-aksyon. Repa ak Kolasyon bay yon bon jan kontèks pou pataje kè kontan ak enterè, ak pratik demann ak pwotestasyon nòmal chak jou. Si ou fè pitit ou patisipe nan preparasyon manje, kwit manje, ranje tab, ak netwayaj, ou kapab kreye plis okazyon pou pratik ak aprantisaj. Paj 1/ 2 Aktivite Chak Jou Jèn Bebe ak Fanmi Yo Ap Fè Chak Moman Konte Aktivite Bay Swen tankou lave men, abiye, chanje kouchèt, benyen, ak bwose dan fèt anpil fwa pa jou, epi yo kapab estriktire pou ofri anpil okazyon pou wòl pwodiktif, entè-aksyon sosyal, ak kominikasyon.

Aktivite Chak Jou Jèn Bebe ak Fanmi Yo Ap Fè Chak Moman Konte - First Words Project · 2019-03-25 · ak objè ki ka bouje, tankou yon gwo balon, wagon, dra, oswa kousen sofa. Si

  • Upload
    others

  • View
    8

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

Page 1: Aktivite Chak Jou Jèn Bebe ak Fanmi Yo Ap Fè Chak Moman Konte - First Words Project · 2019-03-25 · ak objè ki ka bouje, tankou yon gwo balon, wagon, dra, oswa kousen sofa. Si

Dwadotè © 2015 Florida State University. Tout dwa rezève.

Jwe avèk Moun gen ladan jwèt sosyal tankou peek-a-boo, “I’m gonna get you” epi kache ak chèche. Li gen ladan tou chante ak rim tankou “Ring-around-the-Rosy” ak “Itsy-bitsy Spider.” Paske timoun ki gen ASD kapab vin konsantre twòp sou objè, si ou retire objè nan aktivite a sa ap retire konpetisyon an pou atansyon yo. Se yon bon kategori pou kòmanse avèk li paske ou kapab aprann bay sipò vit pou anpil eleman angajman aktif epi pou gen siksè pou fè pitit ou gade yo, ri, ak pataje kè kontan an.

Aktivite chak jou yo kapab pa menm ditou nan fanmi yo ak kilti yo, men gen anpil aktivite komen fanmi yo fè ansanm. Malgre diferans yo, pifò fanmi pase tan ap manje, bay swen youn pou lòt, fè travay nan kay fanmi an, jwe, epi aprann ansanm. Si ou pran avantaj nan aktivite ou pase tan ap fè deja, ou kapab bay entansite ki nesesè pou sipòte aprantisaj pitit ou.

Jèn bebe yo aprann nan pratik. Yo aprann mo yo ak fason yo entè-aji avèk lòt moun lè yo analize aktivite ki bòkote yo ak lè yo patisipe ladan. Pou timoun ki gen twoub espèk otis (autism spectrum disorder, ASD), sa enpòtan anpil. Aprantisaj nan aktivite chak jou kote yo itilize sa yo aprann nan ap fè ladrès yo imedyatman itil ak fonksyonèl, epi pi posib pou jeneralize. Aktivite ak woutin chak jou nan kay bay anpil okazyon enkwayab pou aprann pou jèn bebe yo.

Tout fanmi jèn bebe yo pase tan nan aktivite chak jou nan 8 kategori aktivite ki endike anba la a:

Jwe avèk Akseswa se yon bon pwochen etap anvan aktivite avèk ti jwèt ak objè. Akseswa yo gen ladan ekipman tankou yon gliswa, cheval-a-baskil, oswa balanswa, ak objè ki ka bouje, tankou yon gwo balon, wagon, dra, oswa kousen sofa. Si ou gen gwo akseswa se yon fason pou entwodui objè yo nan jwèt la san ou pa gen twòp konpetisyon pou atansyon an. Si ou ajoute aksyon ak mouvman ki bay motivasyon, ou kapab ede kreye kè kontan avèk objè a ak entè-aksyon.

Repa ak Kolasyon bay yon bon jan kontèks pou pataje kè kontan ak enterè, ak pratik demann ak pwotestasyon nòmal chak jou. Si ou fè pitit ou patisipe nan preparasyon manje, kwit manje, ranje tab, ak netwayaj, ou kapab kreye plis okazyon pou pratik ak aprantisaj.

Paj 1/ 2

Aktivite Chak Jou Jèn Bebe ak Fanmi Yo Ap Fè ChakMoman Konte

Aktivite Bay Swen tankou lave men, abiye, chanje kouchèt, benyen, ak bwose dan fèt anpil fwa pa jou, epi yo kapab estriktire pou ofri anpil okazyon pou wòl pwodiktif, entè-aksyon sosyal, ak kominikasyon.

Page 2: Aktivite Chak Jou Jèn Bebe ak Fanmi Yo Ap Fè Chak Moman Konte - First Words Project · 2019-03-25 · ak objè ki ka bouje, tankou yon gwo balon, wagon, dra, oswa kousen sofa. Si

Jwe avèk Jwèt gen ladan jwèt konstwiktif avèk objè solid tankou blòk ak kastèt; oswa materyèl fliyid tankou pat-a-modle, sab, oswa penti dwèt, ak fè tankou w ap jwe avèk veyikil, bèt, oswa poupe. Timoun ki gen ASD ka gen ladrès limite nan fè tankou y ap jwe oswa enterè ki gen restriksyon nan jwèt patikilye. Yo ka gen ase pwen fò avèk jwèt konstwiktif, epi poutèt sa, sa ka pi fasil pou yo kòmanse ankouraje entè-aksyon sosyal lè y ap jwe avèk jwèt yo.

Travay nan Kay Fanmi tankou ranmase jwèt, mete rad yo nan lesiv, bay yon bèt kay manje, pran kourye, oswa mete fatra oswa fatra resiklaj deyò se okazyon pou angaje pitit ou. Si ou pran avantaj tan ou pase deja ap fè travay nan kay fanmi an, sa kapab kreye okazyon aprantisaj pandan travay nesesè sa yo.

Liv, Lèt, ak Chif kapab ede ankouraje langaj ak konpetans pou li ak ekri. Timoun ki gen ASD souvan enterese nan fòm, koulè, lèt, ak chif. Ou kapab mete aktivite sa yo anplas pou ankouraje entè-aksyon ak pataj enterè avèk liv, magazin, albòm foto, aplikasyon iPad, oswa jwèt nan òdinatè.

Tranzisyon se moman ki pase ant aktivite yo epi yo enpòtan pou ajoute prediktibilite nan sa k ap vini apre epitou pou ogmante okazyon pou aprann pandan tout jounen an. Si ou montre pitit ou kijan pou li “fè yon plan” lè yon aktivite ap fini sa kapab ede bay yon tranzisyon fasil epi ankouraje angajman aktif ant yon aktivite ak pwochen an.

Tout 8 kategori sa yo kapab pwolonje nan kote nan kominote a. Fanmi yo ale nan boutik manje angwo, biwo lapòs, nan klinik doktè, epi yo fè tout kalite komisyon. Jèn bebe yo ak fanmi yo pase tan tou nan jwèt lakou katye, bibliyotèk, legliz, oswa tanp. Fanmi yo vizite lòt manm fanmi ak zanmi, yo patisipe nan aktivite lekòl pou frè/sè, oswa yo ale dine nan restoran. Anviwònman natirèl sa yo ki nan kominote a bay anpil opòtinite diferan kote kapab gen aprantisaj.

Paran yo souvan sezi pou jwenn menm okazyon enteresan yo pou yon timoun aprann parèt nan kontèks aktivite ou deja ap fè chak jou. Lè ou gade deprè fason fanmi an pase tan, w ap jwenn moman pou aprann kote ou espere sa mwens. Sa ki pi enpòtan an, si ou pran avantaj nan evènman òdinè lavi chak jou, w ap fè chak moman konte toutbon pou aprantisaj pitit ou. Moman yo ajoute sou minit ak èdtan ki enpòtan pou reyalize entansite ki nesesè pou gen enpak sou aprantisaj ak devlopman pou yon timoun ki gen ASD.

Pratik la ap fè yo vin maton! Aprantisaj nan sipò ak estrateji entèvansyon entegre nan anpil kalite aktivite chak jou nan 8 kategori sa yo ap ankouraje aprantisaj ak jeneralizasyon pou ou ak pou pitit ou. Men, si ou vanse ant senpleman lè ou gen okazyon pou ankouraje angajman aktif pou yon jèn bebe ki gen ASD sa kapab enteresan. Sa ka egzije planifikasyon avèk anpil prekosyon ak sipò ou, ak founisè sèvis entèvansyon bonè ou. Fanmi yo ka bezwen èd pou ogmante aktivite serye avèk nouvo lide oswa pou yo ajoute nouvo kalite woutin ak aktivite k ap devlope envantè eksperyans pitit ou.

Varyete a fè lavi a enteresan! Pandan w ap vin gen konfyans epi pandan pitit ou ap fè pwogrè, ou jwenn ankourajman pou kreye kategori “ibrid” lè ou melanje eleman yo, tankou jwe avèk jwèt nan benywa, chèche nan yon albòm foto pandan kolasyon, oswa jwe yon jwèt sosyal pandan w ap chanje kouchèt.

Tout monn lan se yon etap! Kay la bay yon bon kontèks pou ou pou vin alèz ak gen konfyans avèk sipò entèvansyon ak estrateji ou aprann yo. Men pa bliye okazyon aprantisaj depase miray lakay ou.

Dwadotè © 2015 Florida State University. Tout dwa rezève. Paj 2/ 2