28
Centers Plan for FIDA Care Complete (Plan Medicare-Medicaid) Rezime Avantaj 2017 H3018_16700_CY2017_SBb_HC Approved Heart. Health. Home.

Centers Plan for FIDA Care Complete (Plan Medicare-Medicaid) · Rezime Avantaj yo? Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (Itilizatè

  • Upload
    others

  • View
    1

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

  • Centers Plan for FIDA Care Complete (Plan Medicare-Medicaid)

    Rezime Avantaj 2017

    H3018_16700_CY2017_SBb_HC Approved

    Heart. Health. Home.

  • Centers Plan for FIDA Care Complete: Rezime Avantaj yo

    ? Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (Itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220), sèt jou lasemèn yo, 8 am-8 pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 1

    Notifikasyon Sèvis Asistans pou Lang

    ATTENTION: If you speak English, language assistance services, free of charge, are available to you. Call 1-800-466-2745 (TTY: 1-800-421-1220).ATENCIÓN: si habla español, tiene a su disposición servicios gratuitos de asistencia lingüística. Llame al 1-800-466-2745 (TTY: 1-800-421-1220).주의: 한국어를 사용하시는 경우, 언어 지원 서비스를 무료로 이용하실 수 있습니다. 1-800-466-2745 (TTY: 1-800-421-1220)번으로 전화해 주십시오. مقرب لصتا .ناجملاب كل رفاوتت ةيوغللا ةدعاسملا تامدخ نإف ،ةغللا ركذا ثدحتت تنك اذإ :ةظوحلم.(1220-421-800-1 :مكبلاو مصلا فتاه مقر) 1-800-466-2745ATENÇÃO: Se fala português, encontram-se disponíveis serviços linguísticos, grátis. Ligue para 1-800-466-2745 (TTY: 1-800-421-1220).Nous proposons des services gratuits d'interprétation pour répondre à toutes vos questions relatives à notre régime de santé ou d'assurance-médicaments. Pour accéder au service d'interprétation, il vous suffit de nous appeler au 1-800-466-2745. Un interlocuteur parlant Français pourra vous aider. Ce service est gratuit.Vyetnamyen: Chúng tôi có dịch vụ thông dịch miễn phí để trả lời các câu hỏi về chương sức khỏe và chương trình thuốc men. Nếu quí vị cần thông dịch viên xin gọi 1-800-466-2745 sẽ có nhân viên nói tiếng Việt giúp đỡ quí vị. Đây là dịch vụ miễn phí .Alman: Unser kostenloser Dolmetscherservice beantwortet Ihren Fragen zu unserem Gesundheits- und Arzneimittelplan. Unsere Dolmetscher erreichen Sie unter 1-800-466-2745. Man wird Ihnen dort auf Deutsch weiterhelfen. Dieser Service ist kostenlos.Koreyen: 당사는 의료 보험 또는 약품 보험에 관한 질문에 답해 드리고자 무료 통역 서비스를 제공하고 있습니다. 통역 서비스를 이용하려면 전화 1-800-466-2745번으로 문의해 주십시오. 한국어를 하는 담당자가 도와 드릴 것입니다. 이 서비스는 무료로 운영됩니다 Ris: Если у вас возникнут вопросы относительно страхового или медикаментного плана, вы можете воспользоваться нашими бесплатными услугами переводчиков. Чтобы воспользоваться услугами переводчика, позвоните нам по телефону 1-800-466-2745. Вам окажет помощь сотрудник, который говорит по-pусски. Данная услуга бесплатная.Arab: ىلع لوصحلل .انيدل ةيودألا لودج وأ ةحصلاب قلعتت ةلئسأ يأ نع ةباجإلل ةيناجملا يروفلا مجرتملا تامدخ مدقن اننإ هذه .كتدعاسمب ةيبرعلا ثدحتي ام صخش موقيس .2745-466-800-1 ىلع انب لاصتالا ىوس كيلع سيل ،يروف مجرتم.ةيناجم ةمدخIndi: हमारे स्वास्थ्य या दवा की योजना के बारे में आपके किसी भी प्रश्न के जवाब देने के लिए हमारे पास मुफ्त दुभाषिया सेवाएँ उपलब्ध हैं. एक दुभाषिया प्राप्त करने के लिए, बस हमें 1-800-466-2745 पर फोन करें. कोई व्यक्ति जो हिन्दी बोलता है आपकी मदद कर सकता है. यह एक मुफ्त सेवा है. Italyen:

    Nòt sou Sèvis Asistans Lang

    ATTENTION: If you speak English, language assistance services, free of charge, are available to you. Call 1-800-466-2745 (TTY: 1-800-421-1220).

    KUJDES: Nëse flitni shqip, për ju ka në dispozicion shërbime të asistencës gjuhësore, pa pagesë. Telefononi në 1-800-466-2745 (TTY: 1-800-421-1220).

    )رقم 2745-466-800-1ملحوظة: إذا كنت تتحدث اذكر اللغة، فإن خدمات المساعدة اللغوية تتوافر لك بالمجان. اتصل برقم (.1220-421-800-1هاتف الصم والبكم:

    লক্ষ্য করুনঃ যদি আপদন বাাংলা, কথা বলতে পাতেন, োহতল দনঃখেচায় ভাষা সহায়ো পদেতষবা উপলব্ধ আতে। ফ ান করুন ১-800-466-2745 (TTY: ১-800-421-1220)।

    注意:如果您使用繁體中文,您可以免費獲得語言援助服務。請致電 1-800-466-2745(TTY:1-800-421-1220)。

    ATTENTION : Si vous parlez français, des services d'aide linguistique vous sont proposés gratuitement. Appelez le 1-800-466-2745 (ATS : 1-800-421-1220).

    ΠΡΟΣΟΧΗ: Αν μιλάτε ελληνικά, στη διάθεσή σας βρίσκονται υπηρεσίες γλωσσικής υποστήριξης, οι οποίες παρέχονται δωρεάν. Καλέστε 1-800-466-2745 (TTY: 1-800-421-1220).

    ATANSYON: Si w pale Kreyòl Ayisyen, gen sèvis èd pou lang ki disponib gratis pou ou. Rele 1-800-466-2745 (TTY: 1-800-421-1220).

    ATTENZIONE: In caso la lingua parlata sia l'italiano, sono disponibili servizi di assistenza linguistica gratuiti. Chiamare il numero 1-800-466-2745 (TTY: 1-800-421-1220).

    주의: 한국어를사용하시는경우,언어지원서비스를무료로이용하실수있습니다. 1-800-466-2745 (TTY: 1-800-421-1220)번으로전화해주십시오.

    UWAGA: Jeżeli mówisz po polsku, możesz skorzystać z bezpłatnej pomocy językowej. Zadzwoń pod numer 1-800-466-2745 (TTY: 1-800-421-1220).

    ВНИМАНИЕ: Если вы говорите на русском языке, то вам доступны бесплатные услуги перевода. Звоните 1-800-466-2745 (телетайп: 1-800-421-1220).

    ATENCIÓN: si habla español, tiene a su disposición servicios gratuitos de asistencia lingüística. Llame al 1-800-466-2745 (TTY: 1-800-421-1220).

  • Centers Plan for FIDA Care Complete: Rezime Avantaj yo

    ? Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (Itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220), sèt jou lasemèn yo, 8 am-8 pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 2

    È disponibile un servizio di interpretariato gratuito per rispondere a eventuali domande sul nostro piano sanitario e farmaceutico. Per un interprete, contattare il numero 1-800-466-2745. Un nostro incaricato che parla Italianovi fornirà l'assistenza necessaria. È un servizio gratuito.Pòtigè: Dispomos de serviços de interpretação gratuitos para responder a qualquer questão que tenha acerca do nosso plano de saúde ou de medicação. Para obter um intérprete, contacte-nos através do número 1-800-466-2745. Irá encontrar alguém que fale o idioma Português para o ajudar. Este serviço é gratuito.Kreyòl: Nou gen sèvis entèprèt gratis pou reponn nenpòt kesyon ou ka genyen konsènan plan sante oswa plan medikaman nou an. Pou jwenn yon entèprèt, annik rele nou nan 1-800-466-2745. Yon moun ki pale Kreyòl kapab ede w. Se yon sèvis gratis.Polonè: Umożliwiamy bezpłatne skorzystanie z usług tłumacza ustnego, który pomoże w uzyskaniu odpowiedzi na temat planu zdrowotnego lub dawkowania leków. Aby skorzystać z pomocy tłumacza znającego język polski, należy zadzwonić pod numer 1-800-466-2745. Ta usługa jest bezpłatna.Japonè: 当社の健康 健康保険と薬品 処方薬プランに関するご質問にお答えするため に、無料の通訳サービスがありますございます。通訳をご用命になるには、1-800-466-2745にお電話ください。日本語を話す人 者 が支援いたします。これは無料のサー ビスです。

    PAUNAWA: Kung nagsasalita ka ng Tagalog, maaari kang gumamit ng mga serbisyo ng tulong sa wika nang walang bayad. Tumawag sa 1-800-466-2745 (TTY: 1-800-421-1220).

    -466-800-1خبردار: اگر آپ اردو بولتے ہيں، تو آپ کو زبان کی مدد کی خدمات مفت ميں دستياب ہيں ۔ کال کريں 2745 (TTY: 1-800-421-1220).

    אויפמערקזאם: אויב איר רעדט אידיש, זענען פארהאן פאר אייך שפראך הילף סערוויסעס פריי פון אפצאל. רופט 1-800-466-2745 (TTY: 1-800-421-1220).

  • Centers Plan for FIDA Care Complete: Rezime Avantaj yo

    ? Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (Itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220), sèt jou lasemèn yo, 8 am-8 pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 3

    Sa a se yon rezime sou sèvis sante Centers Plan for FIDA Care Complete kouvri pou ane 2017. Se sèlman yon rezime. Tanpri li Liv Patisipan pou jwenn lis konplè avantaj yo.

    Centers Plan for FIDA Care Complete (Medicare-Medicaid Plan) se yon plan swen jere ki gen kontra alafwa ak Medicare ak Depatman Sante Eta New York (Medicaid) pou founi avantaj toulede pwogram yo bay Patisipan atravè Fully Integrated Duals Advantage (FIDA) Demonstration. Se pou moun ki gen alafwa Medicare ak Medicaid epi ki ranpli lòt kondisyon kalifikasyon pou FIDA Demonstration an. Kondisyon kalifikasyon pou Centers Plan for FIDA Care Complete gen ladan, men pa sa sèlman, sa ki annaprè yo: Patisipan FIDA yo dwe abite nan zòn sèvis Centers Plan for FIDA Care Complete (Konte Bronx, Kings, New York, Queens, ak Richmond, New York), e yo dwe gen laj 21 ane oswa pi gran, nan moman enskripsyon an. Pou w jwenn yon lis konplè kondisyon kalifikasyon FIDA yo, tanpri al gade Liv Patisipan w lan oswa rele Sèvis Patisipan nan 1-800-466-2745, sèt jou lasemèn yo, soti 8am – 8pm. Itilizatè TTY/TTD yo tanpri rele 1-800-421-1220 oswa 711.

    Daprè Centers Plan for FIDA Care Complete ou ka jwenn sèvis Medicare ak Medicaid ou yo nan yon sèl plan jesyon swen ki rele yon Plan FIDA. Yon manadjè Centers Plan for FIDA Care Complete Care ap ede w jere bezwen swen sante ou.

    Lis sa a pa konplè. Enfòmasyon sou avantaj yo se yon rezime tou kout, se pa yon deskripsyon konplè avantaj yo. Pou plis enfòmasyon kontakte plan an oswa li Liv Patisipan an.

    Gen limitasyon ak restriksyon ki ka aplike. Pou jwenn plis enfòmasyon, rele Sèvis Patisipan Centers Plan for FIDA Care Complete oswa li Liv Patisipan Centers Plan for FIDA Care Complete la. Sa vle di ou bezwen swiv sèten règleman yon fason pou Centers Plan for FIDA Care Complete peye pou sèvis ou yo.

    Lis medikaman ki kouvri ak/oswa rezo famasi ak founisè yo ka chanje pandan tout ane a. Nap voye ba w ou yon avi anvan nou fè yon chanjman kap afekte ou.

    Avantaj yo ka chanje nan dat 1ye janvye chak ane.

    You can get this information for free in other languages. Call 1-800-466-2745 (TTY/TDD users call: 1-800-421-1220 or 711), seven days a week, from 8am to 8pm. The call is free.

    您可以免費獲得我們用其他語言提供的該資訊。請致電 1-800-466-2745(TTY/TDD 使用者請致電:1-800-421-1220 或 711),該電話每週 7 天、每天早 8 點至晚 8 點開通。此電話免費。

    Ou ka jwenn enfòmasyon sa a gratis nan lòt lang. Rele 1-800-466-2745, (Itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou sou sèt, soti 8 am rive 8 pm. Koutfil la gratis.

    Queste informazioni sono disponibili gratuitamente in altre lingue. Chiamare il numero 1-800-466-2745 (o i numeri per utenti TTY/TDD 1-800-421-1220 e 711) sette giorni su sette, tra le ore 8:00 e le 20:00. La telefonata è gratuita.

    !

  • Centers Plan for FIDA Care Complete: Rezime Avantaj yo

    ? Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (Itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220), sèt jou lasemèn yo, 8 am-8 pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 4

    이 정보를 무료로 다른 언어로 받을 수 있습니다. 1-800-466-2745 (TTY/TDD 사용자 전화: 1-800-421-1220 또는 711) (연중 무휴, 오전 8시 부터 오후 8시까지)로 전화하십시오. 무료전화입니다.

    Эту информацию можно получить бесплатно на других языках. Позвоните по номеру 1-800-466-2745 (если Вы пользуетесь телетайпом/телефоном с текстовым набором, позвоните по номеру 1-800-421-1220 или 711), с 08:00 до 20:00, в любой день недели. Звонок бесплатный.

    Puede obtener esta información en otros idiomas de manera gratuita. Llame al 1-800-466-2745 (usuarios TTY/TDD llamar al 1-800-421-1220 o al 711), siete días a la semana, de 8 a.m. a 8 p.m. La llamada es gratuita.

    Ou ka jwenn enfòmasyon sa yo gratis nan lòt fòma yo, tankou papye ak gwo lèt, bray, oswa odyo. Rele 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 oswa 711), sèt jou lasemèn yo, apati 8am pou rive 8pm. Apèl la gratis.

    Centers Plan for FIDA Care Complete vle asire ke ou gen aksè a materyèl plan yo nan lang ou pi pito a. Kidonk, lè ou rele, nou pral mande w nan ki lang ou pito li ak si wi ou non ou vle genyen kèk oswa tout materyèl ou yo nan lang sa. Nou ka kontakte w tou youn oswa plizyè fwa nan ane a pou asire ke enfòmasyon nou gen nan dosye osijè preferans ou a kòrèk. Byensi, ou toujou ka fè chanjman nan preferans ou lè ou:

    » Pale avèk yon reprezantan dirèkteman nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220 or 711), sèt jou lasemèn yo, apati 8am pou rive 8pm;

    » Voye yon lèt ba nou nan: Centers Plan for FIDA Care Complete, Attention: Participant Services, 75 Vanderbilt Avenue, Staten Island, NY 10304; oswa

    » Imèl nou nan [email protected], fè nou konnen lang ou pi pito pou lekti, epitou si ou ta renmen jwenn kèk oswa tout materyèl ou yo nan lang sa.

    Eta Nouyòk kreye yon pwogram medyatè patisipan ki rele Rezo Endepandan pou Defans Dwa Konsomatè (ICAN, Independent Consumer Advocacy Network) pou bay Patisipan yo asistans gratis konfidansyèl sou nenpòt sèvis yo ofri nan Centers Plan for FIDA Care Complete. Ou ka kontakte ICAN gratis nan 1-844-614-8800 oswa sou entènèt nan icannys.org (Itilizatè TTY yo rele 711, apresa swiv enstriksyon pou konpoze 844-614-8800.)

  • Centers Plan for FIDA Care Complete: Rezime Avantaj yo

    ? Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (Itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220), sèt jou lasemèn yo, 8 am-8 pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 5

    Avi Non-diskriminasyon

    Lalwa entèdi Diskriminasyon

    Centers Plan for FIDA Care Complete (Medicare-Medicaid Plan) respekte lwa sou dwa sivil Federal ki aplikab e li pa fè diskriminasyon baze sou ras, koulè, orijin nasyonal, laj, andikap oswa sèks. Centers Plan for FIDA Care Complete pa ekskli moun oswa trete yo diferan pou rezon ras, koulè, orijin nasyonal, laj, andikap oswa sèks.

    Centers Plan for FIDA Care Complete bay:

    • Èd ak sèvis gratis pou moun ki gen andikap pou yo kominike efikasman avèk nou, tankou:

    » Entèprèt kalifye nan langaj siy

    » Enfòmasyon alekri nan lòt fòma (gwo lèt enprimri, odyo, fòma elektwonik aksesib, lòt fòma)

    • Sèvis lang gratis pou moun yo Angle pa lang natif natal yo, tankou:

    » Entèprèt kalifye

    » Enfòmasyon ki ekri nan lòt lang.

    Si w bezwen sèvis sa yo, kontake Sèvis Patisipan nan 1-800-466-2745 (itilizatè TTY yo tanpri rele 1-800-421-1220 oswa 711).

    Si ou panse Centers Plan for FIDA Care Complete neglije bay sèvis sa yo oswa fè diskriminasyon nan yon lòt fason baze sou ras, koulè, orijin nasyonal, laj, andikap oswa sèks, ou ka depoze yon plent nan Depatman Plent ak Apèl nou an:

    Pa Lapòs: Centers Plan for FIDA Care Complete Attn: G&A Department 75 Vanderbilt Avenue Staten Island, NY 10304- 2604

    Nan Telefòn: 1-800-466-2745 (Moun ki itilize TTY ap rele 1-800-421-1220)

    Pa Faks: 1-347-505-7089

    Pa imèl: [email protected]

    Ou ka depoze yon plent nan biwo a oswa voye l pa lapòs, faks, oswa imèl. Si ou bezwen èd pou depoze yon plent, Sèvis Patisipan disponib pou ede w sèt jou lasemèn yo apati 8am pou rive 8pm.

    Ou ka depoze tou yon plent dwa sivil nan Depatman Sante ak Sèvis Imen Etazini, Biwo pou Dwa Sivil, elektwonikman atravè Pòtal Plent Biwo pou Dwa Sivil, disponib nan https://ocrportal.hhs.gov/ocr/portal/lobby.jsf, oswa pa lapos oswa telefòn nan:

    U.S. Department of Health and Human Services 200 Independence Avenue, SW

    Room 509F, HHH Building Washington, Washington, D.C. 20201 1-800-368-1019, 800-537-7697 (TDD)

    Fòm Plent yo disponib nan http://www.hhs.gov/ocr/office/file/index.html.

  • Centers Plan for FIDA Care Complete: Rezime Avantaj yo

    ? Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (Itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220), sèt jou lasemèn yo, 8 am-8 pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 6

    Kesyon yo poze souvan (FAQ)

    Repons

    Kisa yon Fully Integrated Duals Advantage (FIDA) Plan ye?

    Yon Fully Integrated Duals Advantage (FIDA) Plan se yon òganizasyon ki gen ladann doktè, lopital, famasi, founisè sèvis alontèm tan ak lòt founisè swen. Li gen ladann tou Manadjè swen ak Ekip Entèdisiplinè pou ede w planifye ak jere tout founisè ou ak sèvis ou yo. Yo tout travay ansanm pou bay swen ou bezwen an. Centers Plan for FIDA Care Complete se yon Plan FIDA ki bay avantaj Medicaid and Medicare pou patisipan yo nan FIDA Demonstration.

    Kisa yon Manadjè ak Ekip Entèdisiplinè (IDT) Centers Plan for FIDA Care Complete Care ye?

    Yon Manadjè Centers Plan for FIDA Care Complete Care se youn nan prensipal moun ou ka kontakte. Moun sa ap ede jere tout founisè ak sèvis ou yo epi asire ke ou jwenn sa ou bezwen an. Moun sa fè pati Ekip Entèdisiplinè w la (IDT), ki gen ladan tou oumenm ak reprezantan w. Ou ka chwazi tou pou gen youn nan moun annapre yo patisipe nan youn oswa tout reyinyon IDT w yo:

    • Founisè Swen Primè (PCP) w la oswa yon reprezantan nan biwo PCP w la (oswa klinik) ki gen esperyans klinik ak konesans bezwen w yo;

    • Pwofesyonèl Sante Mantal ou (BH), si w gen youn, oswa yon reprezantan nan biwo pwofesyonèl BH ou (oswa klinik) ki gen eksperyans klinik ak konesans sou bezwen ou yo;

    • Èd swen a domisil ou (yo), oswa yon reprezantan ki gen eksperyans klinik nan ajans swen a domisil ki gen konesans sou bezwen ou, si wap resevwa swen nan kay;

    • Yon reprezantan klinik ki soti nan sant swen enfimye ou, si wap resevwa swen nan sant swen enfimye; ak

    • Plis lòt moun tankou:

    » Lòt founisè swa oumenm oswa reprezantan ou te mande, oswa jan manm IDT yo rekòmande a si sa nesesè pou bon jan planifikasyon swen epi oumenm oswa reprezantan ou te apwouve; oswa

    » Enfimyè otorize (RN, Registered Nurse) ki te fè evalyasyon ou an.

    Kisa sèvis ak soutyen alontèm ye?

    Sèvis ak soutyen alontèm se èd pou moun ki bezwen asistans pou fè aktivite toulejou tankou benyen, abiye, fè manje epi pran medikaman. Pi fò sèvis sa yo bay lakay ou oswa nan kominote w men yo ta ka bay nan yon sant sante oswa lopital.

  • Centers Plan for FIDA Care Complete: Rezime Avantaj yo

    ? Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (Itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220), sèt jou lasemèn yo, 8 am-8 pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 7

    Kesyon yo poze souvan (FAQ)

    Repons

    Èske mwen ka jere pwòp swen m epi anpwaye pwòp èd pa m?

    Ou gen dwa pou chwazi jere pwòp swen w lè w chwazi Consumer Directed Personal Assistance Services (CDPAS). Grasa CDPAS, ou kapab anplwaye pwòp èd ou epi pran lòt desizyon sou fason pou resevwa sèvis.

    Èske wap genyen menm avantaj Medicare ak Medicaid nan Centers Plan for FIDA Care Complete ou genyen kounye a?

    Wap jwenn avantaj Medicare ak Medicaid ou yo ki kouvri dirèkteman nan Centers Plan for FIDA Care Complete. Ou pral travay ak yon ekip founisè ki pral ede w detèmine ki sèvis kap pi bon pou w satisfè bezwen w yo. Sa vle di kèk nan sèvis w ap resevwa kounye a ka chanje. Wap jwenn preske tout benefis Medicare and Medicaid ou yo ki kouvri dirèkteman nan Centers Plan for FIDA Care Complete, men wap jwenn kat benefis nan menm fason ou genyen l kounye a, andeyò plan an. Avantaj sa yo se: Sèvis Ospis, Sèvis Planifikasyon Fanmi Andeyò Rezo, Pwogram Tretman Antretyen ak Methadone, ak terapi sou obsèvasyon dirèk pou maladi tibèkiloz.

    Lè ou enskri nan Centers Plan for FIDA Care Complete, oumenm ansanm avèk Ekip Entèdisiplinè w la (IDT) ap travay ansanm pou devlope yon Plan Sèvis ki Santre sou moun (PCSP) pou adrese bezwen sante ak sipò ou. Lè ou premye enskri nan Centers Plan for FIDA Care Complete, ou ka kontinye wè doktè w yo epi jwenn menm sèvis yo pandan 90 jou, oswa jiskaske PCSP w la konplè, kèlkeswa sa ki pita. Lè ou rantre nan plan nou an, si wap pran nenpòt medikaman preskripsyon Medicare Pati D ke Centers Plan for FIDA Care Complete pa kouvri nan tan nòmal, ou ka jwenn yon apwovizynman tanporè. Nap ede w jwenn yon lòt medikaman oswa jwenn yon eksepsyon nan Centers Plan for FIDA Care Complete pou kouvri medikaman w lan, si li nesesè sou plan medikal.

  • Centers Plan for FIDA Care Complete: Rezime Avantaj yo

    ? Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (Itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220), sèt jou lasemèn yo, 8 am-8 pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 8

    Kesyon yo poze souvan (FAQ)

    Repons

    Èske ou ka ale lakay menm doktè kap swiv ou yo kounye a?

    Souvan se sa k rive. Si founisè w yo (tankou doktè yo, terapis, ak famasi) travay avèk Centers Plan for FIDA Care Complete e yo gen yon kontra avèk nou, ou ka kontinye al wè yo. Founisè ki gen yon akò ak nou se founisè “nan rezo”. Ou dwe itilize founisè ki nan rezo Centers Plan for FIDA Care Complete, sòf si Centers Plan for FIDA Care Complete oswa IDT ou te otorize w pou wè yon founisè andeyò rezo a. Si ou bezwen swen oswa sèvis annijans oswa sèvis dyaliz andeyò zòn ou, ou ka itilize founisè ki andeyò plan Centers Plan for FIDA Care Complete la.

    Pou chèche konnen si doktè w yo nan rezo plan an, rele Sèvis Patisipan oswa Li anyè Famasi ak Founisè Centers Plan for FIDA Care Complete.

    Si Centers Plan for FIDA Care Complete nouvo pou ou, ou ka kontinye wè doktè yo ke wap wè kounye pandan 90 jou oswa jiskaske Plan Sèvis ou a ki santre sou moun nan fini, kèlkeswa sa ki pita. Si wap resevwa pou kounye a sèvis sante konpòtman, ekip entè-disiplinè ou (IDT) pral egzamine epizòd swen aktyèl ou a pou deside si ou ka kontinye sèvis la avèk menm founisè w ap wè kounye a. Si yo deside ou ka wè menm founisè wap wè kounye a, wap anmezi pou wè founisè sa pandan 24 mwa apre enskripsyon ou nan Centers Plan for FIDA Care Complete.

    Èske w ka rete nan menm sant swen kote ou abite kounye a?

    Wi. Si ou abite nan yon etablisman swen enfimye lè ou enskri nan Centers Plan for FIDA Care Complete, ou ka rete nan etablisman swen enfimye sa pandan toutan ke ou nan yon FIDA Plan tankou Centers Plan for FIDA Care Complete, menm si etablisman swen enfimyè an andeyò rezo e li pa patisipe avèk Centers Plan for FIDA Care Complete.

    Kisa kap pase si ou bezwen yon sèvis men okenn moun nan rezo Centers Plan for FIDA Care Complete pa ka bay li?

    Founisè nan rezo nou yo pral founi pifò nan sèvis yo. Si ou bezwen yon sèvis ou pa ka jwenn nan rezo nou an, Centers Plan for FIDA Care Complete ap peye pri founisè andeyò rezo a.

    Ki kote w ap jwenn Centers Plan for FIDA Care Complete?

    Zòn sèvis pou plan sa a gen ladan: Konte Bronx, Kings (Brooklyn), New York (Manhattan), Queens, ak Richmond (Staten Island), New York. Ou dwe ap viv nan youn nan zòn sa yo pou rantre nan plan an.

  • Centers Plan for FIDA Care Complete: Rezime Avantaj yo

    ? Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (Itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220), sèt jou lasemèn yo, 8 am-8 pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 9

    Kesyon yo poze souvan (FAQ)

    Repons

    Èske ou peye yon lajan chak mwa (ki rele tou yon prim) nan Centers Plan for FIDA Care Complete?

    Ou pap peye okenn prim chak mwa nan Centers Plan for FIDA Care Complete pou asirans ou. Ou pap gen tou pou peye okenn kopeman oswa lòt lajan lè ou resevwa swen nan men founisè rezo yo.

    Kisa ki rele otorizasyon alavans?

    Otorizasyon alavans vle di ou dwe jwenn apwobasyon nan Centers Plan for FIDA Care Complete oswa Ekip Entèdisiplinè w (IDT) anvan ke ou jwenn yon sèvis spesifik, atik oswa medikaman oswa anvan ou ka wè yon founisè andeyò rezo a. Centers Plan for FIDA Care Complete ka pa kouvri sèvis, atik, oswa medikaman si ou pa jwenn apwobasyon nan men Centers Plan for FIDA Care Complete oswa IDT ou. Gen yon ti kantite sèvis ki egzije otorizasyon alavans soti nan men yon spesyalis e non pa nan men Centers Plan for FIDA Care Complete oswa IDT ou. Tanpri ale nan chapit 4 nan Manyèl Patisipan w lan pou jwenn plis enfòmasyon. Centers Plan for FIDA Care Complete ka ba ou tou yon lis sèvis oswa pwosedi ki mande pou gen otorizasyon alavans nan men yon founisè ki diferan de IDT ou.

    Sèten sèvis pa egzije okenn otorizasyon alavans, tankou swen nesesè ijan oswa ijans, sèvis dyaliz andeyò zòn ou, vizit kay founisè swen debaz ak sèvis spesyalis sante fi. Pou jwenn yon lis konplè sèvis yo ki pa bezwen otorizasyon alavans, tanpri gade Chapit 4 nan Liv Patisipan w lan oswa rele call Centers Plan for FIDA Care Complete.

    Kisa yon referans ye? Yon referans vle di ke doktè swen debaz ou ba ou apwobasyon pou wè yon lòt doktè ki pa founisè swen debaz ou. Referans pa nesesè nan Centers Plan for FIDA Care Complete e yo pap mande l. Toutfwa, yo dwe swiv règleman sou otorizasyon alavans yo.

  • Centers Plan for FIDA Care Complete: Rezime Avantaj yo

    ? Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (Itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220), sèt jou lasemèn yo, 8 am-8 pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 10

    Kesyon yo poze souvan (FAQ)

    Repons

    Ki moun pou w kontakte si w gen kesyon oswa bezwen èd?

    Si ou gen kesyon jeneral oswa kesyon sou plan nou an, sèvis, zòn sèvis, fakti oswa kat patisipan, tanpri rele Sèvis Patisipan Centers Plan for FIDA Care Complete:

    RELE 1-800-466-2745

    Apèl yo ki fèt nan nimewo sa a gratis. Sèt jou lasemèn yo, apati 8am pou rive 8pm.

    Sèvis Patisipan bay tou sèvis entèprèt gratis pou moun ki pa pale lang angle.

    TTY 1-800-421-1220 oswa 711

    Nimewo sa a se pou moun ki gen pwoblèm pou tande oswa pou pale.

    Apèl yo ki fèt nan nimewo sa a gratis. Sèt jou lasemèn yo, apati 8am pou rive 8pm.

    Si w gen kesyon sou sante w, tanpri rele Liy Apèl pou Konsèy Enfimyè a:

    RELE 1-800-466-2745

    Apèl yo ki fèt nan nimewo sa a gratis. Sèt jou lasemèn yo, apati 8am pou rive 8pm.

    TTY 1-800-421-1220 oswa 711

    Nimewo sa a se pou moun ki gen pwoblèm pou tande oswa pou pale.

    Apèl yo ki fèt nan nimewo sa a gratis. Sèt jou lasemèn yo, apati 8am pou rive 8pm.

    Kimoun ou ta dwe kontakte si w gen kesyon oswa ou bezwen èd? (kontinye)

    Si w bezwen sèvis sante konpòtman san pèdi tan, tanpri rele Liy Kriz Sante Konpòtman:

    RELE 1-844-265-7588

    Apèl yo ki fèt nan nimewo sa a gratis. 24 èdtan jounen an, 7 jou lasemèn yo.

    TTY 1-866-727-9441

    Nimewo sa a se pou moun ki gen pwoblèm pou tande oswa pou pale. Ou dwe gen yon ekipman telefòn espesyal pou rele li.

    Apèl yo ki fèt nan nimewo sa a gratis. 24 èdtan jounen an, 7 jou lasemèn yo.

  • Centers Plan for FIDA Care Complete: Rezime Avantaj yo

    ? Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (Itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220), sèt jou lasemèn yo, 8 am-8 pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 11

    Tablo ki ananprè a se yon apèsi rapid sou ki kalite sèvis ou kapab bezwen, pri ou yo ak règleman yo osijè avantaj yo.

    Bezwen oswa pwoblèm sante

    Sèvis ou ka gen bezwen

    Pri w ap peye founisè nan rezo a

    Enfòmasyon sou limit, esepsyon ak avantaj (règleman sou avantaj)

    Ou vle wè yon doktè

    Vizit pou trete yon blesi oswa yon maladi

    $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Vizit byennèt tankou byennèt fizik

    $0 Otorizasyon alavans pa obligatwa.

    Transpò nan klinik yon doktè $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Swen espesyalis $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Swen pou anpeche w tonbe malad, tankou piki grip

    $0 Otorizasyon alavans pa obligatwa.

    “Byenveni nan Medicare” vizit prevansyon (yon fwa sèlman)

    $0 Otorizasyon alavans pa obligatwa.

    Kontakte Sèvis Patisipan pou detay yo.

    Ou bezwen fè egzamen medikal

    Tès laboratwa, tankou analiz san

    $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Radyografi oswa lòt imaj, tankou eskanè CAT

    $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Tès depistaj, tankou tès pou tcheke kansè

    $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

  • Centers Plan for FIDA Care Complete: Rezime Avantaj yo

    ? Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (Itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220), sèt jou lasemèn yo, 8 am-8 pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 12

    Bezwen oswa pwoblèm sante

    Sèvis ou ka gen bezwen

    Pri w ap peye founisè nan rezo a

    Enfòmasyon sou limit, esepsyon ak avantaj (règleman sou avantaj)

    Ou bezwen medikaman pou trete maladi oswa eta sante w

    Medikaman jenerik (medikaman ki pa gen mak)

    $0 pou 30 jou apwovizyòn-man.

    $0 pou 90 jou apwovizyon-man.

    Ka gen limit sou kalite medikaman ki kouvri yo. Tanpri gade lis medikaman Centers Plan for FIDA Care Complete kouvri yo (Lis Medikaman) pou plis enfòmasyon.

    W ap jwenn apwovizyonman pou plis jou pa lapòs ak nan famasi detay yo.

    Medikaman ki gen mak $0 pou 30 jou apwovizyòn-man.

    $0 pou 90 jou apwovizyon-man.

    Ka gen limit sou kalite medikaman ki kouvri yo. Tanpri gade lis medikaman Centers Plan for FIDA Care Complete kouvri yo (Lis Medikaman) pou plis enfòmasyon.

    W ap jwenn apwovizyonman pou plis jou pa lapòs ak nan famasi detay yo.

    Medikaman nan vant lib sou kontwa

    $0 Centers Plan for FIDA Care Complete kouvri sèten medikaman OTC lè yo ekri kòm preskripsyon founisè ou ba w ou. Tanpri gade lis medikaman Centers Plan for FIDA Care Complete kouvri yo (Lis Medikaman) pou plis enfòmasyon.

  • Centers Plan for FIDA Care Complete: Rezime Avantaj yo

    ? Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (Itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220), sèt jou lasemèn yo, 8 am-8 pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 13

    Bezwen oswa pwoblèm sante

    Sèvis ou ka gen bezwen

    Pri w ap peye founisè nan rezo a

    Enfòmasyon sou limit, esepsyon ak avantaj (règleman sou avantaj)

    Ou bezwen medikaman pou trete maladi oswa eta sante w ou (kontinye)

    Medikaman sou Preskripsyon Medicare Pati B

    $0 Medikaman Pati B gen ladan medikaman doktè ou preskri nan klinik li, kèk medikaman oral pou kansè, ak kèk medikaman yo itilize avèk sèten ekipman medikal. Li Manyèl Patisipan pou jwenn plis enfòmasyon sou medikaman sa yo.

    Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Ou bezwen terapi apre yon estwòk oswa aksidan

    Terapi pwofesyonèl, fizik oswa pou pale

    $0 Limite a 20 vizit pa ane, pa terapi. Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Ou bezwen swen ijans

    Sèvis sal dijans $0 Ou ka resevwa sèvis dijans andeyò rezo a e san otorizasyon alavans nenpòt kote nan Etazini.

    Pa kouvri andeyò Etazini ak teritwa li yo sòf anba sèten sikonstans.

    Sèvis anbilans $0 Règleman otorizasyon yo ka aplike, sòf nan yon ijans.

    Swen ijan $0 Ou ka resevwa sèvis dijans andeyò rezo a e san otorizasyon alavans nenpòt kote nan Etazini.

    Pa kouvri andeyò Etazini ak teritwa li yo sòf anba sèten sikonstans.

  • Centers Plan for FIDA Care Complete: Rezime Avantaj yo

    ? Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (Itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220), sèt jou lasemèn yo, 8 am-8 pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 14

    Bezwen oswa pwoblèm sante

    Sèvis ou ka gen bezwen

    Pri w ap peye founisè nan rezo a

    Enfòmasyon sou limit, esepsyon ak avantaj (règleman sou avantaj)

    Ou bezwen swen lopital

    Ospitalizasyon $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon. Pa gen limit sou kantite jou plan an koukri pou chak fwa ou ospitalize.

    Swen doktè oswa chirijyen $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Ou bezwen èd pou gen yon ale mye oswa ou gen bezwen sante espesyal

    Sèvis reyablitasyon $0 Limite a 20 vizit pa ane pou chak terapi andeyò lopital (tankou terapi pwofesyonèl, fizik, lapawòl ak langaj). Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Ekipman medikal pou swen nan kay

    $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon. Kontakte Sèvis Patisipan pou detay yo.

    Swen enfimyè kalifye $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Ou bezwen swen pou je

    Egzamen je $0 Egzamen je woutin - jiska yon (1) vizit chak de (2) zan. Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Linèt oswa vè de kontak $0 Jiska yon (1) pè linèt (vè ak monti) chak de (2) zan.

    Jiska yon (1) pè vè de kontak chak de (2) zan.

    Yo ka aplike règleman otorizasyon.

  • Centers Plan for FIDA Care Complete: Rezime Avantaj yo

    ? Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (Itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220), sèt jou lasemèn yo, 8 am-8 pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 15

    Bezwen oswa pwoblèm sante

    Sèvis ou ka gen bezwen

    Pri w ap peye founisè nan rezo a

    Enfòmasyon sou limit, esepsyon ak avantaj (règleman sou avantaj)

    Ou bezwen swen pou dan

    Tyekòp dan $0 Pwoteksyon prevansyon gen ladan:

    • Avantaj pou dan ki kouvri nan Medicare;

    • Jiska 1 egzamen bouch chak sis mwa;

    • Jiska 1 netwayaj chak sis mwa;

    • Jiska 1 radyografi dan chak sis mwa.

    Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Ou bezwen sèvis pou zòrèy /pou tande

    Depistaj pwoblèm tande $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Aparèy pou ede w tande $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Ou soufri yon maladi kwonik, tankou dyabèt oswa maladi kè

    Sèvis pou ede jere maladi w $0 Sèten egzanp nan sèvis sa yo se Fòmasyon pou jere dyabèt ou poukont ou ak Sèvis Edikasyon sou Maladi Ren.

    Yo ka aplike règleman otorizasyon. Kontakte Sèvis Patisipan pou detay yo.

    Ekipman ak sèvis dyabèt $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Ou soufri yon maladi mantal

    Sèvis sante mantal oswa konpòtman

    $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Ou gen yon pwoblèm abi nan konsomasyon sibstans

    Sèvis abi nan konsomasyon sibstans

    $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Ou bezwen sèvis sante mantal alontèm

    Swen alentèn pou moun ki bezwen swen sante mantal

    $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

  • Centers Plan for FIDA Care Complete: Rezime Avantaj yo

    ? Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (Itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220), sèt jou lasemèn yo, 8 am-8 pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 16

    Bezwen oswa pwoblèm sante

    Sèvis ou ka gen bezwen

    Pri w ap peye founisè nan rezo a

    Enfòmasyon sou limit, esepsyon ak avantaj (règleman sou avantaj)

    Ou bezwen ekipman medikal dirab (DME)

    Chèz woulant $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Baton $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Beki $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Wòkè $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Oksijèn $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

  • Centers Plan for FIDA Care Complete: Rezime Avantaj yo

    ? Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (Itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220), sèt jou lasemèn yo, 8 am-8 pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 17

    Bezwen oswa pwoblèm sante

    Sèvis ou ka gen bezwen

    Pri w ap peye founisè nan rezo a

    Enfòmasyon sou limit, esepsyon ak avantaj (règleman sou avantaj)

    Ou bezwen èd pou viv lakay ou

    Yo pote manje lakay ou $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Pa gen obligasyon pou delivre manje chak jou nan ane a, men total kantite manje ki nesesè pou livre a ka, kote li otorize, egal a 3 repa pa jou pou kouvri tout 365 jou yo nan ane a.

    Sèvis nan kay, tankou netwayaj oswa antretyen

    $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Chanjman nan kay ou, tankou ranp ak aksè pou chèz woulan

    $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Asistan swen pèsonèl

    (Ou ka anmezi pou anplwaye pwòp asistan pa w. Rele Sèvis Patisipan pou plis enfòmasyon.)

    $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Fòmasyon pou ede w jwenn dyòb ki peye oswa ki pa peye

    $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Sèvis swen sante lakay $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Sèvis pou ede w viv poukont ou

    $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Sèvis lajounen pou granmoun oswa lòt sèvis sipò

    $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

  • Centers Plan for FIDA Care Complete: Rezime Avantaj yo

    ? Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (Itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220), sèt jou lasemèn yo, 8 am-8 pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 18

    Bezwen oswa pwoblèm sante

    Sèvis ou ka gen bezwen

    Pri w ap peye founisè nan rezo a

    Enfòmasyon sou limit, esepsyon ak avantaj (règleman sou avantaj)

    Ou bezwen yon kote pou viv ak moun kap la pou ede w

    Sèvis pou viv ak asistans oswa lòt sèvis lojman

    $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Swen nan sant swen sante $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Moun kap ba w swen an bezwen kèk jou konje

    Swen pa relèv $0 Yo ka aplike règleman otorizasyon.

    Lòt sèvis Centers Plan for FIDA Care Complete kouvriLis sa a pa konplè. Rele Sèvis Patisipan oswa li Liv Patisipan an pou jwenn enfòmasyon sou lòt sèvis ki kouvri yo.

    Lòt sèvis ki kouvri nan Centers Plan for FIDA Care Complete Pri w ap peye founisè nan rezo a

    Kat Over-The-Counter (OTC) avèk yon alokasyon $25 chak mwa pou ache sèten atik ki gen rapò a sante ki pa nan fòmilè (Medicare oswa Medicaid pa kouvri yo). Tanpri pale avèk Manadjè swen ou oswa Sèvis Patisipan pou jwenn plis enfòmasyon.

    $0

  • Centers Plan for FIDA Care Complete: Rezime Avantaj yo

    ? Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (Itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220), sèt jou lasemèn yo, 8 am-8 pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 19

    Avantaj ki kouvri andeyò Centers Plan for FIDA Care CompleteLis sa a pa konplè. Rele Sèvis Patisipan pou jwenn enfòmasyon sou lòt sèvis Centers Plan for FIDA Care Complete pa kouvri men w ap jwenn nan Medicare oswa Medicaid.

    Lòt sèvis Medicare oswa Medicaid kouvri Frè ou yo

    Tretman Lajounen $0

    Sèvis sant matènite otonòm $0

    Sèvis planin familyal andeyò rezo a $0

    Pwogram Tretman ak Antretyen ak Methadone (MMTP)

    $0

    Terapi sou obsèvasyon dirèk pou tibèkiloz (TB) $0

    Sèvis ospis $0

    Sèvis Centers Plan for FIDA Care Complete, Medicare, ak Medicaid pa kouvriLis sa a pa konplè. Rele Sèvis Patisipan pou jwenn enfòmasyon sou lòt sèvis ki pa ladan yo.

    Sèvis ki pa kouvri nan Centers Plan for FIDA Care Complete, Medicare oswa Medicaid

    Sèvis yo konsidere ki pa nesesè medikalman daprè nòm Medicare ak Medicaid.

    Swen kiwopratik, ki pa manipilasyon manyèl kolòn vètebral annakò avèk direktiv kouvèti Medicare yo.

    Tretman chirijikal pou obezite anrapò ak maladi, eksepte lè li nesesè sou plan medikal epi Medicare peye pou li.

    Akipenkti

    Keratotomi radyal, operasyon LASIK, terapi vizyon ak lòt èd pou vizyon.

    Sèvis Natiwopat (itilizasyon tretman altènatif oswa natirèl).

    Pwosedi ki pou ranvèse esterilizasyon ak founiti kontraseptif san preskripsyon.

    Frè ke fanmi dirèk ou oswa moun lakay ou chaje.

  • Centers Plan for FIDA Care Complete: Rezime Avantaj yo

    ? Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (Itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220), sèt jou lasemèn yo, 8 am-8 pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 20

    Dwa w antanke Patisipan nan Plan anAntanke yon Patisipan nan Centers Plan for FIDA Care Complete, ou gen sèten dwa. Ou kapab egzèse dwa sa yo san yo pa penalize ou. Ou ka itilize dwa sa yo tou san ou pa pèdi sèvis ou resevwa yo nan Centers Plan for FIDA Care Complete. Nap enfòme w sou dwa ou yo omwen yon fwa chak ane. Pou plis enfòmasyon sou dwa ou, tanpri li Liv Patisipan an. Se pa yon lis konplè sou tout dwa ou yo. Dwa w yo se, men yo pa sa sèlman, sa ki annapre yo:

    • Ou gen dwa pou gen respè, jistis ak diyite. Sa gen ladan dwa w pou:

    » Jwenn sèvis ki kouvri san konsiderasyon ras, etnisite, orijin nasyonal, relijyon, gason oswa fi, laj, andikap mantal oswa fizik, oryantasyon seksyèl, enfòmasyon jenetik, kapasite pou peye oswa kapasite pou pale lang angle

    » Mande enfòmasyon yo nan lòt fòma, tankou ekriti enprimri laj, bray, oswa odyo)

    » Lib kont tout fòm kontrent oswa izolman

    » Founisè rezo pa voye bòdwo ba w

    » Reponn tout kesyon ak enkyetid ou yo avèk koutwazi

    » Egzèse dwa w lib e libè san okenn konsekans negatif sou jan Centers Plan for FIDA Care Complete oswa founisè w lan ap trete w

    • Ou gen dwa pou w jwenn enfòmasyon sou swen sante w. Sa gen ladann enfòmasyon sou tretman ak opsyon tretman w yo. Enfòmasyon sa yo fèt pou yo nan yon fòma ou ka konprann. Dwa sa yo gen ladan yo jwenn enfòmasyon sou:

    » Deskripsyon sèvis nou kouvri yo

    » Jan pou jwenn sèvis

    » Konbyen sèvis yo pral koute w

    » Non founisè ak jesyonè swen yo

    • Ou gen dwa pou pran desizyon sou swen w, tankou refize tretman. Sa gen ladan dwa w pou:

    » Chwazi yon Founisè Swen Primè (PCP) epi ou ka chanje PCP w la nenpòt kilè

    » Patisipe nan reyinyon Ekip Entèdisiplinè sou swen w

    » Jwenn byen vit sèvis ak medikaman ou yo ki kouvri

    » Konnen tout opsyon tretman, kèlkeswa sa yo koute oswa si yo kouvri

    » Refize tretman, menm si doktè w pa dakò

    » Sispann pran medikaman

    » Mande yon dezyèm opinyon. Centers Plan for FIDA Care Complete ap peye pou depans vizit pou yon dezyèm opinyon

    » Kreye epi aplike yon direktiv preyalab, tankou yon testaman oswa prokirasyon swen sante

  • Centers Plan for FIDA Care Complete: Rezime Avantaj yo

    ? Si ou gen kesyon, tanpri rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745 (Itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220), sèt jou lasemèn yo, 8 am-8 pm. Apèl la gratis. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan www.centersplan.com/fida/participants. 21

    • Ou gen dwa pou jwenn swen lè w bezwen li eki pa gen okenn baryè kominikasyon oswa fizik. Sa gen ladan dwa w pou:

    » Jwen swen medikal atan

    » Antre soti nan yon klinik founisè swen sante. Sa vle di aksè gratis san kontrent pou moun andikape, jan sa prevwa nan Lwa pou Ameriken Andikape a

    » Jwenn entèprèt pou ede w kominike ak doktè w ak plan sante w

    • Ou gen dwa pou chèche swen dijans oswa swen ijan lè w bezwen l. Sa vle di ou gen dwa pou:

    » Jwen sèvis dijans san otorizasyon alavans nan yon sitiyasyon ijans

    » Wè yon founisè swen ijan oswa nan ijans ki pa nan rezo a, lè sa nesesè.

    • Ou gen dwa pou gen konfidansyalite ak vi prive. Sa gen ladan dwa w pou:

    » Mande epi jwenn yon kopi dosye medikal ou nan yon fason ou kapab konprann epi mande pou dosye w yo chanje oswa korije

    » Enfòmasyon pèsonèl ou rete prive

    » Mande pwòp swen w oswa pou anplwaye pwòp èd pa w atravè Sèvis Asistans Pèsonèl Espesyal pou Kliyan

    • Ou gen dwa pou pote plent sou sèvis oswa swen w yo ki kouvri. Sa gen ladan dwa w pou:

    » Depoze yon plent oswa reklamasyon kont nou oswa founisè nou yo

    » Jwenn yon rezon detaye ki fè yo te refize ou sèvis

    Pou w jwenn plis enfòmasyon sou dwa ou genyen, ou ka li Liv Patisipan Centers Plan for FIDA Care Complete lan. Si ou gen kesyon, ou ka rele tou Sèvis Patisipan Centers Plan for FIDA Care Complete.

  • Si w gen yon plent oswa ou panse nou ta dwe kouvri yon bagay nou te refizeSi ou gen yon plent oswa ou panse Centers Plan for FIDA Care Complete ta dwe kouvri yon bagay nou te refize, rele Centers Plan for FIDA Care Complete nan 1-800-466-2745. Ou ka anmezi pou konteste desizyon nou an.

    Pou jwenn keyon sou doleyans (plent) ak apèl, ou ka li Chapit 9 nan Liv Patisipan Centers Plan for FIDA Care Complete lan. Ou ka rele tou Sèvis Patisipan Centers Plan for FIDA Care Complete.

    Anplis, ou ka jwenn èd nan Rezo Endepandan pou Defans Dwa Konsomatè a (ICAN). ICAN ka ba ou asistans konfidansyèl gratis sou nenpòt sèvis Centers Plan for FIDA Care Complete ofri, san bliye nenpòt pwoblèm pou w jwenn bon jan kalite swen. Ou ka kontakte ICAN nan 1-844-614-8800 oswa sou entènèt nan icannys.org. (Itilizatè TTY yo rele 711, apresa swiv enstriksyon pou konpoze 844-614-8800.)

    Gen plizyè fason pou kontakte Centers Plan for FIDA Care Complete osijè doleyans yo (plent) ak apèl:

    Alekri nan: Centers Plan for FIDA Care Complete 75 Vanderbilt Avenue Staten Island, NY 10304 Atansyon: Grievances & Appeals Department

    Pa Imèl: [email protected]

    Pa Faks: 1-347-505-7089

    Nan Telefòn: Rele 1-800-466-2745, (Itilizatè TTY/TDD yo rele: 1-800-421-1220), sèt jou sou sèt, soti 8 am rive 8 pm.

    Si w sispèk fwodPifò pwofesyonèl ak òganizasyon sante ap bay sèvis onèt. Malerezman, gen kèk ki malonèt.

    Si ou panse yon doktè, lopital oswa lòt famasi ap fè yon bagay ki pa bon, tanpri kontakte nou.

    • Rele nou nan Sèvis Patisipan Centers Plan for FIDA Care Complete. Wap jwenn nimewo telefòn yo sou paj kouvèti rezime sa a.

    • Oswa, rele Medicare nan 1-800-MEDICARE (1-800-633-4227). Moun ki itilize TTY yo dwe rele nimewo 1-877-486-2048. Ou ka rele nimewo sa yo gratis, 24 èdtan nan jounen an, 7 jou lasemèn yo.

    • Oswa kontakte Biwo Enspektè Jeneral (OIG) Liy pou Fwod lan nan 1-800-HHS-TIPS (1-800-447-8477).

  • Nòt

  • Nòt

  • Manyèl Patisipan Centers Plan for FIDA Care Complete75 Vanderbilt AvenueStaten Island, NY 10304Telefòn: 1-800-466-2745TTY: 1-800-421-1220 oswa 711Jou ak Lè Fonksyonnman: Sèt jou sou sèt, soti 8 am rive 8 pm.Imèl: [email protected]èb: www.centersplan.com/fida/participants