32
Otè Mia Borzello Tradiktè Herve Dorsinville Yon liv sou malkadi ke w kapab kolore

Yon liv sou malkadi ke w kapab kolore...Yon kaskèt kap panse se youn liv sou malkadi, yon maladi nan sèvo ki kapab afekte moun tout laj.Se yon manyè agreyab e fasil pou ede timou

  • Upload
    others

  • View
    29

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

Otè Mia Borzello Tradiktè Herve Dorsinville

Yon liv sou malkadi ke w kapab kolore

Yon kaskèt kap panse se youn liv sou malkadi, yon maladi nan sèvo ki kapab afekte moun tout laj.Se yon manyè agreyab e fasil pou ede timou ansanm ak tout fanmiy yo konprann sa malkadi

ye. Liv sa a kapab sèvi pou timoun nan peyi kote moun mal konprann sa malkadi ye.

Komantè negatif kont mou ki soufri malkadi ap pèsiste tout kote.Mwen espere ke liv sa a ap sèvi pou edike epitou pou sipòte pasyan ki pi piti yo

nan gwoup moun ki soufri malkadi

Liv sa a map dedye li a Zack and Annika, moun ki pi jenn nan laboratwa neuwosyans nou an. Nou enspire m epitou liv sa se pou bèl sèvo nou. Nou fem kontan nou anpil.

Alo ! Mwen rele Ella e pi bon zanmi mwen yo rele Jon-Jon ak Dot.

Nou toujou pran plezi nou ansanm.Nou ta renmen jwe nan park la. Dot renmen

monte paten.

Anavan Dot !

Jon-Jon avek mwen nou renmen fè kous. Misye rapid.

Ella eseye ratrape mwen!

Yon jou, nou tap fè kous nan park la, gen yon bagay ki pase

Jon- Jon!

Jon-Jon tonbe brip sou kou epi li koumanse souke.Nou rele non li men l pa janm reponn.

Dot rete ak Jon-Jon pandan ke m al chache manman misye.Manman rele lopital la epitou li pran yon randevou

ak Dr Syd.

Le w ale nan yon lopital, gen tout kalte doktè, doktè kap pran swen je w,pye w,kè w.Tout kalite! Doktè ki pran swen nou

epitou ki etidye sèvo nou rele newolog menm jan ak Dr Syd.

Eske w konn akisa yon sèvo sanble ? Eseye fè desen yon sèvo la a.

Eske desen w lan sanble ak sa a?

Men youn jan fasil e rapid pou desine sèvo a an 2 tan.

1

4

2

3

Gen kat pati nan sèvo a.

Lòb Frontal Lòb

paryetal

Lòb Osipital

Lòb temporal

Sèvo a kapab parèt senp pa deyò men se yon ògan ki komplike anpil. Si w gade pa anndan li, genyen 100 milya newonn.Newonn se yon

selil espesyalize nan sèvo a. Gen yon dyagram pi ba ki montre pati ki enpòtan nan newonn nan.

Bouton tèminal

Filaman aksonn nan

Akson

Soma

Dandrit

Newonn yo ap kominike yonn ak lòt, Yap pale yonn ak lòt tou patou nan kò nou nan moman sa a. Men, yo pa pale

tankou mwen menm ave w, epitou yo pa sèvi ak telefònn.Newonn ki andan sèvo nou sèvi ak siyal elektrik pou yo kominike yonn ak lòt. Se lè tout newonn yo ap

fonksyone an menm tan ke sèvo a kreye ond elektrik li yo.

Sèvo nou toujou ap travay, menm le n ap domi. Ond elektrik sa yo ede nou chak jou nou pa menm konnen sa. Yo ede nou manje, li liv, desinen,kouri epi jwe.

Ond elektrik sa yo pa toujou travay nan menm sans lan. Eske w konnen sa k

pase lè ond elektrik yo pa pase komsadwa?

Yon konvilsyon. Lè yon moun gen anpil konvilsyon, yo rela sa “malkadi ”, yon maladi nan sèvo.

Doktè yo kapab itilize yon aparèy espesyal pou wè ond elektrik nan sèvo yon pasyan.

Aparèy sa a rele kaskèt elektroansefalogram.Mwen renmen bali kom non “kaskèt kap panse a”!

Newolog yo sèvi ak kaskèt espesyal sa yo lè yap fè yon elektroansefalogram. Kaskèt sa yo ka parèt odinè sou deyò men kaskèt ak takte polka sa yo kap fè gwo zafè.

Jodi a , nou pral enrejistre aktivite nan sèvo Jon-Jon.Se yon aparèy ki enpotan pou doktè yo paske li ede fè tès malkadi. Gras a kaskèt espesyal sa yo non sèlman nou kapab konprann yon kalte maladi tankou malkadi mentou nou kapab konnen kijan sèvo a fe bagay ekstraodinè ke l fè yo- Tankou kijan nou panse pa ekzanp!

Ann mete kaskèt la pou Jon-Jon pou nou kapab

koumanse tès la.

Ella gen yonn sou tèt li tou.Ou pa bezwen gen la perèz , li pap fè w

mal.

Sou ekran sa a nap gade ond ki nan sèvo Jon-Jon Menm si se yon seri de liy ki gen anpil zigzag, yo banou anpil enfomasyon. Ond sa yo kapab di nou si Jon-Jon reveye, lap manje, lap fè yon ti kabicha osinon li genyen konvilsyon.

Lè Jon-Jon tonbe a, li te gen yon konvilsyon. Vinn gen anpil konfizon nan siyal elektrik nan sèvo li. Anpil fwa, konvilzyon kap fè yon moun koumanse tranble osinon koumanse fè mouveman rapid san kontwol menm jan a sak te pase Jon-Jon. Ekip kap travay ak Dr Syd la kapab etidye bann liy miwo miba sayo pou yo deside eske Jon-Jon soufri malkadi oubyen tou eske lap genyen konvilsyon pi douvan lè li vinn pi gran.

Apre kèk jou, Dr Syd rele epi li di ke Jon-Jon te genyen yon konvilsyon. Dr Syd rasire li ke l ap toujou kapab jwe epi fè tout bagay li te konn fè.Mou ki soufri malkadi menm jan ak tout lot moun. An patan, genyen 50 milyon moun ki soufri malkadi a travè

le mond.

Jon-Jon nan men ekip ka p travay ak Dr Syd la, li nan men bon moun e ya p bali bon laswenyaj. Yon jan fanmi ak zanmi kapab ede se lè yo aprann sa pou fè lè Jon-Jon gen yon konvilsyon. Men kijan :

Konvilsyon kapab fèt nenpòt ki lè.Rete tèt frèt.

Ofri pou w ede , bay sipò.

Pa mete anyen anndan osinon tou pre bouch li.

Fè zanmi w santi li alèz, ede l vire pou li kouche sou kote.

Premye swen pou konvilsyon

Montre ou se yon bon zanmi.

Siveye pou wè konbyen tan konvilsyon an dire.

Sizoka konvilsyon dire plis pase 5 minit osinon si genyen ijans, RELE sèvis ijans nan nimewo sa a 911.

Gen anpil mou ki soufri malkadi. Sa vle di ke de tan zan tan yo gen konvilsyon.Se

yon bagay ke ou jwenn anpil, kidonk ou pa bezwen bay tèt ou traka.

Mou ki soufri malkadi tankou tout lòt

moun!

Lil Wayne (1982 - present) Atis Rap ameriken

Charles Dickens (1812-1870) Ekriven angle

Albert Einstein (1879-1955) Fizisyen alman

Malkadi se yonn nan maladi ki gen plis tan sou la tè. A travè listwa Anpil gwo

pèsonalite tankou ekriven, mizisyen, savan te soufri

malkadi epitou you reyisi fè yon seri bagay ki

ekstraòdinè.Konvilsyon pat anpeche yo fè sayo te gen pou yo fe, li pap anpeche w

non plis.

Malkadi paka ampeche w sote kod ak bon zanmi w!

Malkadi paka ampeche w jwe mizik prefere w!

Konvilsyon pa ka enpeche w jwe foutbal osinon chita pale ak zanmi w. Yo pa fouti anpeche w pran

plezi w!

Kounye a , ou gen plis konesans sou kesyon malkadi epitou ou konnen ki sa pou fè si yon zanmi w genyen konvilsyon!

Sèvo nou se gwo zafè!

Gen anpil kwayans ansanm ak bagay ke moun pa finn twò konprann nan kesyon malkadi.Pa ekzanp, gen moun ki

konprann ou kapab vale lang ou si w gen yon konvilsyon.Se pa vre.

Anpil mou konpran ke malkadi se yon maladi ke satan mete

sou moun. Sa a tou se manti

Ede nou ranplase kwayans pa yon seri enfomasyon ke w kapab pataje ak zanmi w.

Koumanse la a Fini la a

Mòv se koulè ofisyèl malkadi. 26 Mas se jou moun mete koulè mòv, yon jou espesyal kote moun toupatou sou la tè ap selebre kanpay sensibilizasyon sou malkadi. Kolore riban an mòv.

CHAK JOU, nou kapab sensibilize moun , nou ka ofri sipò nou bay

fanmiy ak zanmi ki soufri malkadi epitou nou kabap pataje konesans nou ak

moun ki entoure nou. Vinn jwenn ekip nou an!