Upload
others
View
4
Download
0
Embed Size (px)
Citation preview
1
Aktivite n yo jodi a 1. Keksyon sou ou menm 2. Tande, li ak chante konpa 3. Li Woben Lakwa 4. Dikte Woben Lakwa 5. Tande, li ak chante konpa 6. Aktivite sou Woben Lakwa 7. Pratike gramè kreyòl
Ti keksyon pou pale:
1. Ki moun ou ye? 2. Ki kote ou soti? Kote ou te fet? 3. Kisa ou renmen? Kisa w pa renmen? 4. Ki mizik ou renmen? 5. Ou fanatik espò? Ki espò ou pi renmen? 6. Kisa w ap etidye? Kisa w vle vin ye nan karyè w? 7. Rakonte yon esperyans enteresan ou te fè/viv ane sa a. 8. Ki pwofesyon/metye ou vle fè? 9. Kisa ou vle fè avèk kreyòl la? 10. Ki kalite klas ou pi renmen?
Li kèk pasaj nan liv la: (p.3) Mwen te fèt nan lane 1632, nan vil York, nan yon fanmi
alèz ki pa t natifnatal peyi a. Papa m se te yon etranje, moun
Brem; e se nan vil Hull li te fè premye kay li. La, li te vin gen
anpil byen nan fè komès; se apre sa li t al abite York.
Kòm se mwen ki te twazyèm pitit nan fanmi an e kòm
mwen pa t aprann okenn pwofesyon, byen bonè mwen te
konmanse fè divès kalte pwojè ki t ap pase youn apre lòt nan
lespri m. Papa m, ki te fin granmoun, pa t kite m leve san
enstriksyon; li te ban mwen pi bon pen lenstriksyon yon papa
kapab bay yon pitit. Pou sa, li te konn ban m dikte ak pwòp
bouch li, ede m fè devwa m, fè m aprann leson m pèsonèlman;
2
apre sa, li te voye m nan yon bon jan lekòl piblik ki te nan
York, e l te vle pou m t al fè dwa.
Sepandan mwen te gen lòt pwojè: sèl lide ki te nan tèt
mwen, se lide pou m te vwayaje sou lanmè. Dispozisyon sa a
te tèlman monte tèt mwen kont volonte papa m e menm kont
lòd li te pase m; sa te tèlman bouche zòrey mwen pou m pa t
tande manman m ak lòt paran ki t ap plenyen e fè m repwòch
san rete, depi lè sa a yon moun te ka devine yon sòt de
madichon t ap mennen m nan soufrans ak mizè dirèk dirèk.
Papa m, ki te yon pèsonaj saj e sevè, te ban m kèk bon
konsèy pou l te eseye fè m kite pwojè k te fin pran tèt mwen
an. Yon bon maten, li te rele m nan chanm ni (kote li te rete
kouche depi kèk jou ak lagout) e l te pase lontan ap pale de
pwojè m nan. Li te mande m ki rezon mwen te genyen – ou pito
ki foli ki te pran m – pou m te leve konsa, m te vle kite kay
papa m ak manman m, kite peyi kote m te an dwa jwenn
nenpòt koutmen avèk espwa pou m te vin rich si m te gen
disiplin e si m te travay byen; tou sa, pandan m t ap mennen
yon lavi dous e agreyab. Li pa t ka konprann poukisa m te vle
kite tout avantaj sa yo.
Apre sa, papa m te ban m konsèy pou m pa t komèt
yon erè jenès, pou m pa t al chache yon soufrans lanati ak
nesans mwen pa t pèmèt mwen konnen. Pawòl li yo te chaje
ak chalè, chaje ak tandrès. Li te fè m konnen mwen pa t nan
nesesite pou m t al travay pou m manje, e l te dispoze fè tout
bagay pou l te evite sa. Lè l te fin fè devwa l – lè l te fin ban m
avètisman sou gwo malè ki t ap tann mwen si m te fè tètdi e
swiv foli m nan – li te di li pa t reskonsab anyen ankò. An de mo
twa pawòl, kòm li te vle fè tout bagay pou byen mwen, si m te
vle rete nan kay la e fè bagay yo jan li te vle a, li pa t ap fè
anyen ditou pou fè m pati, paske li te konnen se malè ki t ap
tann mwen. Li te rapousuiv pou l di kèlkeswa sa m te deside
fè, li pa t ap janm bouke priye pou mwen; men an menm tan
an tou li te ban m yon avètisman: sèke Bondye pa t ap beni m
si m te fè yon fo pa kon sa. Li te fin pa di mwen:
“Pi ta nan lavi a, ou va genyen pou w reflechi pandan lontan
sou fason w meprize konsèy mwen yo; lè sa a, pitit mwen,
pèsonn p ap la pou pote w sekou”.
I. Aktivite vokabilè chapit 1, Woben Lakwa
3
Dezyèm pati espresyon an efase. Sèvi ak ekspresyon adwat pou dekouvri mo ki manke a
(yon ti lide!)
1. M al fè [dwa] pou m vin yon avoka. (etidye!) 2. Yon vakabon tèt[di]. (ou toujou gen rezon) 3. Nou kontre pa [aza]. (chans) 4. Yo vire [lòlòy] li. (li delire, li sezi) 5. M ap chape [poul] mwen. (kraze rak) 6. Lanm [lanmè] pral kraze bato a. (gwo dlo) 7. Devlope panse ki [saj], pa sòt! (serye) 8. Yo chaje bato a [kou legba]. Koule ba (li lou anpil) 9. Yo te voye kout [zaviwon] pou avanse bato a. (zouti
bato) 10. Tout moun se kretyen [vivan]. = moun (li viv, li respire)
Bank mo lòlòy | vivan | aza | poul | kou legba | di | lanmè | zaviwon | dwa | saj | Repons yo
1. m al fè dwa 2. tètdi
4
3. pa aza 4. vire lòlòy 5. chape poul 6. lanm lanmè 7. panse saj 8. chaje kou legba 9. kout zaviwon 10. kretyenvivan
II. Aktivite konvèsasyon.
Ak yonn oswa de patnè, konpare tèt pa nou ak tèt pa Woben Lakwa.
1. Ki madichon rive nan Woben Lakwa? Ki madichon gentan
rive nan lavi w? 2. Ki erè jenès Woben Lakwa te fè? Ki erè jenès ou gentan fè? 3. Ki moun ki tètdi. Defini mo a. 4. Kisa ki vire lòlòy maren yo? Kisa ki vire lòlòy ou menm? 5. Poukisa Woben Lakwa se yon moun avantirye? Ki sa ki fè
yon moun konsa? 6. Ki angwas ki genyen? Sa k ba w angwas? Kisa angwas fè
yon moun? 7. Kisa ki pral anglouti nan liv la? Sèvi ak mo anglouti a nan
yon nouvo fraz kreyatif. 8. Poukisa Woben Lakwa ak maren yo gen repantans?
Defini mo a. 9. Esplike espresyon sa a: “chak koukouy klere pou je l.” Eske
ou kwè nan sa?
5
Di patnè w sa k ap pase nan liv Woben Lakwa. Ki mo vokabilè ki pi kòrèk?
1 2
3 4
5 6 7
6
8 9
10 11
12 13
7
III. Mo pou konekte, mo ki konmanse yon fraz Defini ak sinonim kreyòl epi kreye yon fraz avèk yo:
1. okontrè 2. ata 3. men 4. grasa 5. franchman 6. sepandan
Konnya, itilize yo nan fraz pa w yo.
8
Jou 2: Maten: W.L. chapit 2 – aktivite vokabilè + kominikatif Lekti + dikte W.L. chapit 3 - aktivite vokabilè + kominikatif Chante Apremidi: Kote fanm pa jwenn doktè: prezantasyon yo. Koute nouvèl an kreyòl: www.voanews.com Pale de nouvèl Chante 1 + pale sou chante a Chante 2 + pale sou chante a / Koup mondyal (?)
9
Chapit 2, Woben Lakwa I. Eske ou kapab devine mo ki efase a? Kèk ti fraz
Mwen te prese aksepte yon òf li te fè m pou m te
akonpaye l.
paske mwen te twouve m nan yon kalfou kote m pa t
konnen ki direksyon pou m te pran
Plis tan t ap pase, se plis souvni dènye traka m yo t ap
efase nan lespri m
mwen te apresye espesyalman bèl okazyon li te ofri m
pou m te aprann matematik ak règleman navigasyon
yon ti kras
Sepandan, anvan nou te rive egzekite mannèv nou an,
li te gen tan reponn kifkif, e tou le desan zòm ki te abò
bato pirat la te patisipe nan aksyon an
Pandan nou t ap fè vwal pou Il Kanari yo, nan
douvanjou yon gwo bato pirat tik ki te sòti nan vil
Sale, te atake nou sanzatann. Nou te gen abò a douz
pyès kanno 1. Ou pa gen tan, ou dwe fè vit. [Prese] 2. Se la de wout yo kontre. [Kalfou] 3. Se memwa, se sa ou sonje. [Souvni] 4. Se lasyans chif. [Matematik] 5. Se lasyans kondi yon batiman. [Navigasyon] 6. Van plen li, batiman an avanse. [Vwal] 7. Reponn tou, fè menm bagay la. [ kifkif ] 8. Pirat yo se nasyonalite sa a (mediteraneyen) [tik] 9. Sinonim mo an gra: Okenn nan yo pa t la [pyès]
10
Repons yo
1. Prese 2. Kalfou 3. Souvni 4. Matematik 5. Navigasyon 6. Vwal 7. kifkif 8. tik 9. pyès
11
II. Sèvi ak nouvo espresyon sa yo pou konplete yon fraz: 1. An de mo twa pawòl... 2. Apèn... 3. ...kou yon kana. 4. ...kòm yon vye bègwè. 5. ...ratrape... 6. ...pa di krik... 7. ...labrindiswa te desann... Pale ak zanmi ou sou sa k te pase nan chapit 2: Pale sou Woben... pale sou ou menm. 1. Ki kote Woben Lakwa te prese vwayaje nan konmansman chapit sa a? Eske ou te janm prese vwayaje? 2. Eske paran Woben te bay lajan pou sipòte premye vwayaj la? Eske pwòp paran nou ta sipòte nou si n ta vle fè menm jan ak Woben? 3. Ki batay te genyen? Konben kanno chak bato te genyen? Eske toujou gen pwoblèm sa yo sou lanmè jounen jodi a? 4. Woben tonbe nan men ki moun yo? Dekri kèk nan wòl Woben te genyen pou moun ki pran l lan. 5. Ki sa Woben te fè pou sezi Ismayèl pa kou souprann? Eske ou te janm sezi yon moun pa kou souprann? Sa ou te fè? 6. Kisa Woben te fè avèk jenn esklav la ki te akonpaye yo? 7. Ki “gwo erè” Woben te fè nan chapit sa a?
12
Nouvo vokabilè: Yon kout kanno fè boum! Peche pwason pou mèt la Batodegè atake pirat yo. Se yon bègwè, se yon moun sòt. M konn naje kou yon kana. Li voye moun nan jete nan lanmè. Se yon veritab dayiva. Yo te jete lank lan nan lanmè a. Labrindiswa te fin tonbe yon bwi efrayan
1 2
13
3 4 5
6 7
8 9 10
14
TI REVIZYON VOKABILÈ: AKTIVITE KOMINIKATIF
1. Sa w fè ak yon kanno? 2. Ki kote yon moun peche pwason? 3. Kisa yon batodegè konn fè? 4. Ki bagay yon bègwè ta fè? 5. Kijan yon kana konn pale? 6. Kisa yo voye jete nan lanmè lè yon vle kanpe
yon bato? 7. Kisa yon veritab dayiva konn fè 8. Kilè labrindiswa fin tonbe nan Gènzvil? 9. Bay yon egzanp: yon bwi efrayan.
15
Chapit 3, Woben Lakwa I. Keksyon yo sou lekti a. 1. Ki moun ki te ede Woben ak Zouri nan konmansman chapit twa a? Ki pwovizyon yo te ba yo? Ki moun ede ou? 2. Ki moun ki sove yo? Èske etranje te janm ede ou menm? 3. Yon moun ki nasyon nan batiman sa a te kapab konprann Woben? Eske ou te janm gen pwoblèm kominikasyon epi ki lè? 4. Ki kote bato sa a te ale? Sa k te rive Zouri? Ki sa ou panse sou atitid Woben lè sa a? 5. Ki aktivite Woben te konmanse fè kote l te rive? 6. Ki sèvis kaptenn batiman an te rann Woben? 7. Lè Woben rive nan nouvo peyi sa a, kisa l te fè pou viv? Kisa l te kiltive? Èske w konn kiltive manje tou? 7. Ki pale Woben te renmen pale? Akoz sa, ki antrepriz/aktivite kòmès Woben te deside pou l konmanse? Ki objektif antrepriz sa a te genyen? 8. Sa k rive sou lanmè a? 9. Ki sa ki motive Woben?
16
II. Mo efase nan tèks la.
San nou pa gade nan liv la, èske nou kapab devine ki mo ki efase anba yo? Altène ak patnè ou a.
Lè n te fin fè tou sa n te kapab, nou te fin pa wè li te
enposib pou n t al kontre ak batiman (1)___, e li ta ka byen pati
kite nou anvan nou te rive fè l yon siyal. Men, nan moman m te fin
sèvi ak tout fòs mwen pou m te fè bato nou an kouri vit, lè m te
konmanse pèdi espwa, sanble manm ekipaj (2)___ te apèsi nou
avèk (2.a)_______yo. Yo te pran nou pou (3)_______ yon bato
ewopeyen ki teperi e yo te desann kèk nan vwal yo pou yo te ban
nou tan pou n te rive jwenn yo. Sa te reban m kouraj. Kòm mwen
te genyen yon ti drapo abò a, mwen te atache l nan kòd ma (4)____
kòm yon siyal detrès e m te tire yon kout (5)_____. Yo te remake
toulede jès sa yo, paske pi ta yo te genyen pou fè m konnen yo te
wè lafimen 6.____, menm si yo pa t tande kout zam 7.__. Lè yo te
wè siyal sa yo, yo te vin desann tout vwal yo 8.__; yo te gen bon
kè ase pou yo te kanpe pou nou e, nan twa zèdtan konsa, nou te
deja rive bò kote yo. An potigè, an espayol e an franse, yo te
mande m ki moun mwen te 9.___; mwen pa t konn pale pyès nan
lang sa yo. Alafen, yon matlo ekosè ki te abò a te adrese m lapawòl
an angle; mwen te reponn ni mwen te yon 10._______ Langletè,
mwen te chape anba men Arab yo ki te fè m esklav nan vil Sale. Se
11. ___ yo te envite nou monte abò a e yo te 12.____ nou avèk
anpil swen, mwen menm, Zouri ak tout sa m te posede.
Repons yo:
1. an 2. la 2a. longvi 3. chaloup 4. a 5. fizi 6. an 7. nan 8. nèt 9. ye
10. natifnatal 11. atò 12. resevwa
17
III. Tradui fraz angle sa yo an kreyòl: 1. I had to turn the boat around. [kase tèt tounen ] 2. Prolong the contact [pwolonje kontak la ] 3. Make a move [fè yon deplasman ] 4. We got along well [nou te antann nou byen] 5. give a good yield [bay bon randman ] 6. scorn good advice [meprize bon konsèy ] 7. a head to head discussion [chita koze ] 8. share them amongst ourselves [separe yo ant nou menm] 9. money contributions [kotizasyon lajan ] 10. to drift (at sea) [ale aladriv ]
18
CHAPIT 4
Menm nan sitiyasyon sa a, van an t ap soufle avèk vyolans
toujou. Nan douvan jou, youn nan mesye n yo te rele pou l di:
“Mwen wè tè!” Apèn nou te sòti nan kabin nan pou n te wè sa l te
ye e ki kote nan lemond nou te rive, bato a t al echwe sou yon ban
sab, li pa t ka fè yon mouvman; dlo t ap antre ladan n tèlman
rapid, nou te panse nou ta pral peri sou plas e tout moun te kole kò
yo arebò batiman an pou n te pwoteje tèt nou kont vyolans lanm
lanmè yo.
Li pa fasil pou yon moun byen konprann tout lapenn yon
kretyen vivan kapab santi nan yon sitiyasyon konsa. Nou pa t
konnen ditou ki kote nou te chwe a: èske se te yon zile oubyen yon
kontinan? Eske li te abite oubyen se te yon dezè? Pèsonn pa t
konnen. E, kòm fòs van an te toujou tèrib menm si l te bese, nou te
atann nou aske bato a kraze an miyèt moso nan fay minit, sòf si pa
mirak yon kalmi ta vini toudenkou. Nou tout te rete san mouvman,
youn ap gade lòt, prèt pou n mouri nenpòt ki lè. Wi! nou te byen
pare pou n t al bwa chat; deja pou youn, pa t rete anyen pou n fè
sou latè. Sèl bagay ki te kapab ban nou yon ti espwa toujou, se lefèt
ke batiman an potko kraze –yon bagay ki te fè tout moun sezi.
Sanzatann mèt la te anonse nou van an te konmanse febli. Vrèman
vre, syèl la te anonse tanpèt la pa t lwen pou l sispann. Sepandan,
menm la ankò, lè w te konsidere jan bato a te chwe a e puiske li te
antre twò fon nan sab la pou n te espere wete l, sitiyasyon nou te
grav anpil kanmèm; sèl sa ki te rete pou n fè, se te chache wè si n
te ka sove lavi nou.
Yon ti moman anvan tanpèt la te konmanse, bato n nan
t ap trennen yon ti kannòt dèyè li. Tou dabò, van an te voye l al
frape nan gouvènay la, konsa te vin gen yon gwo fant ladan n;
answit li te kraze nèt e moso yo te swa koule apik, swa ale aladeriv
– egal la a, nou pa t mete espwa n sou li ditou. Nou te gen
yon chaloup abò a, se vre; men nou pa t fin byen konnen kijan pou
n te mete l nan lanmè. Antouka, nou pa t gen tan pou n pèdi,
paske nou te kwè bato a te san lè pou l kraze, e bri te deja ap kouri
kòmkwa li te konmanse fann.
Kaptenn nou an te eseye pran chaloup la pou mete l nan
dlo; lòt moun yo t ap ede misye e, alafen, yo te desann ti batiman
an nan lanmè bò kote bato a. Nou tout te antre ladan n: an total
nou te onz moun. Nou te remèt vi nou nan men Gran Mèt la e nou
te kite rès la nan men van an ak lanmè a; paske, menm si gwo gren
an te bese anpil, lanmè a te monte men wòtè, ou ta di li ta pral
kouvri tout latè. Se lè sa a nou te an danje – e se te yon bagay efreyan:
19
lanmè a te tèlman gwo, nou te konprann chaloup la pa t ap ka
sipòte l e nou t ap fin pa mouri neye kanmenm. Dayè, nou pa t
gen vwal; e, menm si n te genyen youn, nou pa t ap kapab sèvi avè l.
Nou t ap voye kout zaviwon ak tout fòs pou n t ale atè; men, sou
figi nou ou te ka wè tras lapèrèz ki te fin anvayi kè nou tankou
moun yo pral fiziye oubyen pann. Vrèman vre, nou tout te byen
konnen lè chaloup la ta rive sou kòt la, lanm lanmè t ap bat li tèlman,
li t ap kraze fè miyèt moso. Malgre tou, nou t ap priye Bondye ak
tout kè nou pou L te sove nanm nou; an menm tan an tou, etan done
van an t ap pouse nou al atè, nou t ap fè tou sa n te kapab pou n
te ede lanati yon fason pou n t al peri pi vit.
Lè n te fin rame – ou pito, lè n te fin ale aladeriv – sou yon
distans twa kilomèt daprè kalkil nou te fè, yon gwo lanm lanmè,
pòtre ak yon montay, te vin lage kò l sou nou pa dèyè: se
avètisman ki te anonse dènye kou ki te pou touye koukou a. Li te
tonbe sou nou ak tèlman raj, chaloup la te chavire sou plas; la a
tou li te separe nou youn ak lòt menm jan li te separe nou ak ti
batiman an, e se apèn si l te ban nou tan pou n te di yon mo, pou
n te rele non Gran Mèt la, paske menm lè a tou nou tout te
anglouti.
Pa gen mo ki ka ede m di kijan m te santi m lè m te tonbe
nan lanmè a; paske, menm si m te konn naje trè byen, mwen te gen
pwoblèm pou m te respire, jiskaske lanm yo te pouse m, ou pito
jous yo te pote m al lage byen lwen nan direksyon rivaj la. Yo te
lage m rad-si-l-kò, amwatye mò, akòz tout dlo mwen te vale a. Lè
m te wè latè te pi pre pase sa m te kwè a, mwen te gen prezans
despri avèk souf ase pou m te kanpe sou janm mwen, sèvi ak yo
jan m te kapab pou m te eseye kouri avanse nan direksyon plaj la
anvan yon lòt lanm ta vin pase sou mwen ankò. Men, mwen pa t
pran tan pou m te wè li te enposib pou m anpeche sa, paske lè m
te vire gad dèyè, mwen te wè lanmè a gwo, move, chaje ak menas,
pòtre ak yon Golyat devan David, e m pa t gen fòs ase pou m te
koresponn avè l. Tou sa m te gen pou m fè, se te kenbe souf mwen
e monte sou dlo a si m te kapab; konsa mwen ta rive naje, konsève
libète respirasyon mwen pandan m t ap mache al sou rivaj la. Sa
m te pè plis la, se pou lanm lanmè ki t ap pouse m nan direksyon
plaj la chak fwa yo te vini, pa t rale m fè bak nan fon lanmè a lè yo
t ap retounen.
Dezyèm lanm ki te vin kraze sou mwen an te kouvri m ak yon
mas dlo men wòtè; mwen te santi l ap trennen m al jete byen lwen
sou tè ak yon fòs e yon rapidite san parèy. An menm tan an tou
mwen te kenbe souf mwen pandan m te mete tout kouray mwen
sou mwen pou m te naje. Men, nan konsa, mwen te prèt pou toufe
anba dlo a anvan m te remonte. Sanzatann, ni tèt mwen ni men
mwen pa t nan dlo ankò, e m te jwenn yon soulajman rapid.
Menm si sa te dire de segond sèlman, li te byen bon pou mwen,
20
paske sa te ban m tan pou m te respire e repran fòs mwen; apre sa,
dlo te vin kouvri m ankò. Men, sa pa t fè m pèdi kontwòl mwen;
e, chak fwa m te wè lanm lanmè a t ap retounen aprè l te fin kraze
sou rivaj la, mwen te voye kò m an avan mezi m te kapab pou l
pa t rale m tounen twò lwen. Finalman mwen te byen sezi wè m te
pran pye.
Pandan yon bon moman, mwen te rete san m pa t fè yon
jès dekwa pou m te reprann souf e ret tann dlo a bese; answit, mwen
te kouri ale sou rivaj la ak tout vitès mwen te ka mete nan janm
mwen. Jèfò sa a pa t ase pou delivre m anba raj de zou twa gwo lanm
lanmè ki te vin lage kò yo sou mwen; pandan de lòt fwa ankò, yo
te rache m sou tè pou yo te pouse m an avan, menm jan yo te fè sa
lè yo te voye m sou rivaj la. Se yon mirak si dènye nan de soukous
sa yo pa t fini avèk mwen; paske, lè lanmè a te fin trennen m jan l
te fè l deja a, li t al lage m atè – pou plis presizyon, li t al frape m sou
yon gwo wòch. Frap la te tèlman fò, mwen te pèdi konesans; kidonk
mwen pa t ka fè anyen pou delivrans mwen, puiske se bò kòt mwen
ak pwatrin mwen ki t al frape a e sa te anpeche m respire pandan
yon moman. Si lanmè a te kontinye konsa san rete, san di pètèt mwen
t ap fin pa mouri toufe. Men, chans pou mwen, m te gen tan reprann
konesans anvan lanm nan te tounen; lè m te wè l t ap pral antere
m anba dlo, mwen te deside kole kò m byen di ak gwo wòch la e
rete nan pozisyon sa a jiskaske dlo a ta bese.
Lanm lanmè yo pa t tèlman gwo ankò, paske rivaj la pa t
lwen; mwen te rete la, kole byen di ak wòch la – jan m di l deja a –
pandan tout tan lanm yo t ap pase e repase sou mwen an. Apre sa,
mwen te pran yon elan ki te pèmèt mwen avanse tèlman pre latè,
lanm ki te vin apre a te kouvri m net, se vre, men li pa t bwote m
tounen; konsa, avèk de zou twa bras, mwen te fin pa naje pou m rive
atè. Rive m te rive, mwen te monte sou rivaj la e mwen te kouri
ale sou yon bon ti distans ak plaj la; mwen t al chita sou zèb la,
byen lwen toumant ak traka lanmè a.
Lè m te wè m an sekirite, premye bagay mwen te fè, se te
leve je m gade syèl la pou m te di Bondye mèsi poutèt Li te sove
lavi m. Mwen pa kwè li posib pou yon moun di egzatemen ki
kontantman, ki jwa li genyen nan nanm ni lè l fin chape konsa
anba lanmò alòske li te nan bouch tonbo. Mwen t ap pwomennen
bò lanmè a, de men m anlè tankou yon moun fou. Transpò ak
kontantman delivrans la t ap debòde nan kè m, e m t ap fè yon bann
jès san kontwòl, yon bann jès okenn lang pa ka dekri. Mwen t ap
reflechi sou sò kanmarad mwen yo ki te neye san wete youn: depi
bato a te echwe a, mwen pa t wè menm youn, mwen pa t remake
okenn tras, eksepte twa chapo, yon bonèt avèk de grenn soulye depaman.
Mwen te jete yon koudèy nan direksyon kote batiman an
te echwe a; men, lanmè a te tèlman gen kim ladan n, li te tèlman
move e pozisyon bato a te tèlman lwen, se apèn si m te ka byen
21
distenge l. Lè m te wè sa, mwen te di:
“Papa Bondye m! Kijan m te fè vin atè?
Lè m te fin pase e repase nan lespri m tout sa k te bon nan
sitiyasyon kote m te twouve m nan, kouray mwen te revni. Mwen
te konmanse gade tout alantou m pou m te ka wè ki kote m te ye
e kisa m te gen pou m fè kòm premye okipasyon. Aprè yon ti tan,
mwen te santi kontantman m nan t ap bese piti-piti e, olye m te bat
bravo poutèt mwen te delivre, mwen te santi m te vle mouri, paske
mwen te mouye e m pa t gen lòt rad pou m mete sou mwen; mwen
te grangou, m pa t gen anyen pou m manje; mwen te swaf dlo, m
pa t gen anyen pou m bwè; mwen te fèb e m pa t gen anyen ki te
pou ban m fòs. Sèl bagay ki t ap tann mwen, daprè m, se te
grangou oubyen bèt sovaj ki ta ka devore m.
Pou kounyela a, sèl fason mwen te wè pou m te anpeche
sa rive, se te pou m te monte sou yon pyebwa chaje ak gwo fèy,
tankou yon pye sapen, men plen pikan, ki te pouse tou pre a.
Mwen te deside pase nwit la sou li pou m te tann kalte lanmò ki
t ap vin pou mwen nan demen an, paske m te si e sèten arè de mò
m te siyen. Mwen te fè yon ti mache lwen rivaj la pou m te wè si
m ta jwenn dlo dous pou m bwè; chans pou mwen, mwen te jwenn
yon sous e se pa ti kontan m te kontan. Lè m te fin bwè dlo, lè m
te fin mete kèk moso fèy tabak nan bouch mwen pou m te twonpe
grangou, mwen te kouri monte sou pyebwa a; mwen te ranje kò m
sou li yon fason pou m pa t tonbe sizoka dòmi ta pran m. Mwen
te gen nan men m yon baton tou kout mwen te koupe pou defans
mwen an ka bezwen; se konsa m te fin pa enstale m sou pyebwa
a. Kòm mwen te fatige anpil, mwen pa t pran tan pou m te tonbe
nan yon pwofon somèy. Lè m te reveye, mwen te reprann tout fòs
mwen e m pa kwè sou latè beni gen anpil moun ki ta pase yon bòn
nwi konsa nan yon kondisyon malouk konsa.
Solèy la te leve depi byen lontan deja; syèl la te klè, tanpèt
la te fin pase nèt e lanmè a pa t gwo jan l te ye anvan an. Sa k te
fè m sezi, se lefèt ke tanpèt la te jwenn mwayen bwote bato a sòt
sou ban sab kote l te antere a, pou l te trennen n al mete tou pre
gwo wòch kote lanm lanmè yo te krase m nan. Ant la avèk kote m
te ye a pa t genyen yon tèlman gwo distans, se te yon ti kras plis
pase yon kilomèt; e, kòm bato a te kanpe sou kiy li toujou, mwen
te byen dispoze ale abò a pou m te pran tou sa ki te kapab itil
mwen.
Desann mwen te desann sòt nan kabann mwen te enstale
sou pye bwa a, mwen te jete yon koudèy toutotou mwen. Premye
bagay m te dekouvri se te chaloup la. Van an ak lanm lanmè yo t
al lage l sou kòt la, sou yon distans de kilomèt edmi konsa ak kote
mwen te ateri a, sou lamen dwat. Mwen te mache sou rivaj la
mezi m te kapab pou m te rive la; men, finalman, ant mwen menm
ak chaloup la te vin genyen yon pòsyon lanmè ki te gen twa ka
22
kilomèt de lajè; konsa mwen te oblije retounen sou pa m e kite sa
pou yon lòt okazyon, paske tout anvi m kounyela a, se te ale pito
nan bato a kote m te espere jwenn sa m t ap bezwen pou m viv.
Nan kòmansman apre midi, mwen te remake lanmè a te kal
anpil. Li te tèlman plat, mwen te kapab avanse yon bon distans
sou bato a; sa sèlman, tout doulè m te rekonmanse, paske m te fin
pa wè nou tout te ka sove si nou te rete abò a – antouka nou ta ka
rive atè san pwoblèm. Epitou, mwen pa t ap genyen tristès ki te
anvayi m lè m te wè m san pèsonn pou ban m konsolasyon ni pou
kenbe m konpay. Sa te fè dlo koule nan je m; men, kòm dlo nan je
sa yo pa t ban m yon twò gwo soulajman, mwen te pran desizyon
pou m t al nan bato a si m te kapab rive.
Li te fè cho anpil. Mwen te wete rad sou mwen e m te lage
kò m nan dlo. Lè m te rive tou pre batiman an, mwen te wè
li t ap trè difisil pou m monte ladan n; paske, menm si yon ti pati
te antre nan tè pandan yon gwo pati te rete nan dlo, tout kote
mwen te abòde bato a, li te byen wo, pa t genyen anyen pou m te
kenbe. Mwen te fè viwonn ni de fwa alanaj. Sou dezyèm fwa a, mwen
te sezi wè yon bagay mwen pa t wè premye fwa a: se te yon bout
kòd ki t ap pandye devan batiman an; apre anpil redi, mwen te rive
pran n e se konsa mwen te fin pa grenpe abò a.
Bato a te fann e te gen anpil dlo nan lakal la; men,
pozisyon n sou yon ban sab ki te dyanm, te pèmèt li rete avèk pon avan
an byen wo pandan pon aryè a te tèlman ba, li te prèske nan
dlo. Konsa, pon avan an te sèch e se te menmman parèyman pou
tout sa ki te anndan batiman an. Nou pa bezwen mande: premye
bagay mwen te fè, se te chache tou patou pou m te wè sa k te gate
ak sa k te bon toujou. Pou konmanse, mwen te jwenn tout
pwovizyon bato a byen sèch, dlo pa t rive kote yo te ye a. Kòm
mwen te grangou anpil, m t al nan yon ti depo kote m te plen pòch
mwen ak biskwit e m te tonbe manje pandan m t ap fè lòt bagay,
paske m pa t gen tan pou m pèdi. Mwen te jwenn wonm tou nan
chanm kaptenn nan e m te bwè yon bon valè; mwen te byen
bezwen sa pou soulaje m nan gwo soufrans mwen te wè devan m
toujou a.
Si m te rete de bra kwaze, sa pa t ap itil mwen anyen e m pa
t ka ret pèdi tan m ap di “Bondye bon” pou m te jwenn sa m pa t
kapab jwenn jiskela. Nesesite te ban m fòs pou m fè efò. Te gen
abò a anpil gòl, divès planch ak youn ou de ma de rezèv; mwen te
deside mete yo aladispozisyon m imedyatman e m te lage nan dlo
tout sa k pa t twò lou, lè m te fin tache yon kòd nan chak bout pou
kouran pa t ale avèk yo. Apre sa, mwen te desann nan dlo a, mwen
te rale yo sou mwen e m te mete deyò mezi fòs mwen te kapab
pou m te kole yo kat pa kat. Bout pou bout, travay la te pran fòm yon
rado. Lè m te fin poze de zou twa planch kout antravè sou li, li te posib
pou m mache sou li; men li pa t kapab pote yon twò gwo chay, paske
23
li te twò lejè; se poutèt sa mwen te remonte sou bato a e m te
rekonmanse travay. Avèk goyin chapantye a, mwen te koupe youn
nan madriye yo pou m te fè l fè twa moso; se avèk anpil traka, anpil
fatig mwen te rive ajoute yo sou rado a pou ba l plis fòs. Sepandan
espwa m te genyen pou m jwenn sa m te bezwen an, te ban m
kouray pou m fè plis pase sa m ta ka fè nòmalman nan tout lòt
sikonstans.
Rado m nan te vin solid ase pou l pote gwo chay. Sèl sa m
te rete pou m fè, se te deside ki mwayen ki te ka anpeche dlo antre
ladan n; men, lide sa a pa t rete lontan nan tèt mwen. Pou
konmanse, mwen te mete sou bwafouye m nan tout kalte planch
mwen te ka jwenn. Apre sa, lè m te fin reflechi pou m wè kisa m
t ap plis bezwen, premye sa m te fè, mwen te pran twa kòf matlo e
m te desann yo sou rado a grasa yon kòd; mwen te kraze seri kòf
yo anvan, pou m te ka vide yo. Nan premye a, mwen te mete
pwovizyon tankou pen, diri, twa fwomaj olande, senk moso vyann
kabrit sèch (ki te konn sèvi sou bato a kòm pla prensipal), plis yon
rès ble ewopeyen nou te mete sou kote pou n te nouri kèk poul nou
te genyen abò a; men maren yo te manje bèt sa yo depi lontan. Te
genyen tou yon kantite lòt kalte sereyal ki te mele ansanm; se avèk
regrè mwen te wè rat te manje yo oubyen gate yo. Mwen te oblije
kontante m pran sèlman sa m pa t ka kite dèyè pou le moman,
tankou zouti pou m te travay lè m ta rive atè; e, lè m te fin pase
lontan ap chache, mwen te fin pa jwenn kòf chapantye a. Pou
mwen se te yon trezò, men yon trezò pi presye nan okazyon an
pase yon gwo bato chaje ak lò. Mwen te desann ni e m te depoze
li sou rado a jan l te ye a, san m pa t pran tan gade anndan n, paske,
an gwo, mwen te byen konnen kisa k te ladan.
Anplis trezò sa a, sa m te plis bezwen se te zam ak
minisyon. Nan chanm kaptenn nan te genyen de bon fizi ak de
revolvè; se yo m te pran anvan, ansanm ak kèk ti gode poud, yon
ti sak plon ak de vye epe wouye. Mwen te byen konnen te genyen
abò a twa barik poud; men, mwen pa t konnen ki kote kanonye a te
mete yo. Alafen dè fen, lè m te fin fouye tout ti kwen, mwen te
detere yo. Gen youn ki te mouye; de lòt yo te an bon eta, e m te
mete yo sou rado a ansanm ak zam yo. Se lè sa a atò mwen te
satisfè, paske kounyeya mwen te gen ase pwovizyon. Pwoblèm ki
te poze, se te konnen kijan m ta pral mennen tout bagay sa yo atè,
puiske m pa t genyen ni vwal, ni zaviwon, ni gouvènay; e mwenn
ti van, mwenn ti lanm, t ap sifi pou chavire tout kagezon m nan
ankè.
Rado m nan te vwayaje trè byen sou yon distans yon
kilomèt edmi konsa; sèl bagay, mwen te remake li t ap devye yon
ti kras nan direksyon yon kouran dlo ki te nan zòn nan. Kidonk,
anvan m te rive nan pozisyon sa a, mwen te espere jwenn yon bè,
yon lans oubyen lanbouchi yon rivyè kèlkonk ki ta ka sèvi m kòm
24
yon pò pou m te debake chajman m nan. Anfen, sou lamen dwat,
je m te tonbe sou yon ti antre; se la mwen te mennen rado a apre
anpil traka ak difikilte; grasa yon bout planch ki te rive touche fon
dlo a, mwen te fin pa dirije l pou fè l rive nèt anndan antre a.
Premye bagay mwen te fè, se te ale rekonèt zòn nan e
chache yon bon kote pou m rete, pou m sere bagay mwen yo e
mete yo an sekirite kont tout aksidan. Jiskela mwen potko konnen
si kote m te ye a te fè pati kontinan an oubyen si se te yon zile, si
l te abite ou pa, si m te fèt pou m pè bèt sovaj ou non. Pa t gen plis
pase twa-kat kilomèt ant pozisyon sa a avèk yon montay trè wo, plen
karyann ak doukla. Sanble pik li, somè li, te sitiye sou yon masif
ki te gen plizyè lòt montay ladan e ki te o nò. Mwen te pran youn
nan fizi m yo ak youn nan pistolè m yo, yon gode poud, plis yon
ti sak plon; lè m te fin ame m konsa, mwen te met deyò pou m t al
fè dekouvèt jous sou tèt montay la.
Rive m te rive la, fatige e byen swe, mwen te wè ki move
sò ki t ap tann mwen, paske m te rekonèt mwen te sou yon zile san
m pa t ka dekouvri pyès lòt tè, eksepte kèk gwo wòch ki te byen
lwen, ak de zile pi piti pase sa m te dekouvri a e ki te sou yon
distans twa lye a lwès. Apa de sa, mwen te fin pa konprann zile kote
m te izole a, se te yon tè sovaj, san jaden, e tout lide m te di m pa t
gen abitan sou li, an wetan bèt fewòs. Sepandan mwen potko wè
youn, eksepte yon kantite zwazo m pa t janm te wè anvan nan vi m;
mwen pa t konnen ni espès yo, ni kisa m ta ka fè avèk yo si m te
touye yo. Lè m t ap retounen, mwen te tire yon gwo kokenn zwazo
ki te poze sou yon branch bwa; mwen kwè se premye kout fizi ki
te fèt sou il la depi lemond te kreye. Apèn m te peze gachèt la, tou
patou nan bwa a yon bann zwazo tout kalite te vole; yo t ap pouse
divès kalite kri diferan ki te tounen yon gwo bri makawon, efreyan
menm; yo chak te gen yon kri daprè espès yo e – jan m te di l deja a –
mwen pa t konnen menm youn nan espès bèt sa yo. Kanta pou
zwazo mwen te tire a, mwen te konsidere l kòm yon sòt de grigri
pou koulè l ak fòm bèk li; men, grif li ak zong li te diferan, vyann
ni t ap degaje yon move odè e li pa t bon pou moun manje ditou.
Apre pwomnad dekouvèt sa a ki te ban m yon gwo
satisfaksyon, mwen te retounen sou rado m nan e m te pase tout
rès jounen an ap transpòte tout kalte bagay mwen te wete sou bato
a. Lè l te fin nannwit, mwen pa t konn kisa pou m te fè ak kadav kò
m, ni ki kote pou m te pran repo. Mwen pa t fye dòmi atè, paske
m te pè pou bèt fewòs pa t vin devore m, menm si an apre mwen
te vin gen konviksyon afè de bèt sovaj la, pa t gen sa pyès sou zile
a.
Sepandan, mwen te fè tout sa m te kapab pou m te fè yon
barikad avèk youn nan kòf yo, plis planch mwen te mennen atè yo,
e m te bati yon sòt de ti joupa pou m te pase nuit la. Kanta pou
manje, mwen pa t konnen ki kote mwen t ap jwenn sa sou il la,
25
paske je m pa t tonbe sou anyen ki te manjab, eksepte de zou twa bèt,
pòtre ak lyèv, mwen te wè ki t ap kouri sòt nan bwa kote m te tire
zwazo a.
Mwen te fin pa konprann mwen te ka jwenn sou bato a
toujou anpil bagay ki te ka itil mwen, espesyalman kòd, vwal ak
lòt ekipman, si m te ka transpòte yo atè. Kidonk, mwen te deside
fè yon lòt vwayaj si m te gen fòs ase; e, kòm mwen te byen
konnen premye move tan ki ta vin pase, t ap kraze batiman an an
miyèt moso, mwen te bliye tout lòt bagay pou m te reyalize pwojè
sa a. Mwen t ap poze tèt mwen kesyon pou m konnen si m t ap
retounen nan bato a avèk rado m nan; men, sa pa t sanble l posib
e m te deside ale tankou premye fwa a, sètadi lè lanmè a ta bese.
Se sa menm mwen te fè, avèk yon sèl diferans: sèke m te
dezabiye m nèt anvan m te sòti nan ti kay pay la; sèl sa m te kite
sou mwen, se te yon chemiz dechire, yon chòt avèk yon pè sandal.
Chapit 4, keksyon pou kominikasyon ak yon patnè: 1. Kisa ki rive Woben ak kanmarad li yo? 2. Kisa Woben te fè lè l te rive atè a? 3. Ki bagay Woben te al chache nan gwo batiman an? Bay yon deskripsyon tout bagay li te jwenn. Poukisa bagay sa yo enpòtan? 4. Kijan Woben te transpòte tout bagay sa yo? 5. Ki jan Woben pral chache manje? Ki bèt Woben deja gentan konstate sou zile a? 6. Ki mezi Woben te pran pou l pwoteje tèt li sou zile sa a? 7. Eske ou te janm nan yon sitiyasyon fou kon sa? Ki jan ou ta reyaji? Si ou te pou kont ou sou yon zile:
1. Kisa w ta fè pou souviv? 2. Ki kote ou ta dòmi? 3. Kisa w ta manje? 4. Kijan w ta abiye kò w? 5. Eske ou ta chase oubyen fè lapèch? 6. Kisa w ta bwè? 7. Kijan w ta chape kò w nan zile a?
26
Mo pou konprann boul ayisyen! gadyen abit defansè boul nèg nan mitan balon atakan gòl poto penalite choute koufran kout pwen kònè pase / yon pas an avan / yon pas an aryè koufran kouri òje fè yon kout tèt fè yon bisiklèt
1. Mete atik defini ak mo ki ka pran l. 2. Esplike chak mo. Ki wòl chak bagay genyen? 3. Ki ekip ou kwè pral genyen nan Koup Mondyal la?
Chapit 5, Woben Lakwa Diskite keksyon yo ak repons yo ak patnè ou a:
1. Ki lè Woben te travay kou bourik? / Ki lè ou menm ou konn travay kou bourik?
2. Èske pwovizyon li te gwo oswa piti? Èske ou gen gwo pwovizyon lakay ou?
3. Ki sa mo “sovaj” vle di? Poukisa Woben sèvi avè l? Bay karakteristik yo yon moun “sovaj” genyen selon Woben. Èske ou konn wè kèk moun tankou sovaj?
4. Nan tout bagay Woben te al chache sou batiman an, ki bagay ki pi enpòtan yo? Ki sa ou ta sove an premye?
5. Sou ki bagay Woben te konn dòmi? Sou ki bagay ou konn dòmi? 6. Ki bèt Woben rele malen? Poukisa? 7. Ki bagay ki fè Woben tris nan chapit la? Eske l ta fè ou tris tou?
27
8. Dekri akitivite Woben te genyen an jeneral yo nan chapit senk lan.
Tradui an kreyòl: 1. „whether it was a human or an animal‟ [kit... kit] 2. I ended up having a veritable store [M te fin pa genyen] 3. In the case that it was available [Sizoka te genyen] 4. Filled with swamps [chaje ak marekay] 5. As tough as concrete posts [dyanm kou poto beton] 6. A big squall of rain [yon gwo gren lapli]
28
Bay sinonim kreyòl pou mo ak espresyon sa yo: Egzanp: gason vanyan = se yon gason ki fò, ki dyanm, ki solid, ki pa pè
1. sazatann... 2. nan fay minit 3. anplasman 4. gòl 5. tout feray mwen te ka rache 6. pwenn bato 7. bèt fewòs ki ta ka pwente 8. m alabri 9. m pa t fè yon pa kita, yon pa nago 10. m ap fè fas ak... 11. yon lavalas dlo t ap sòt nan je m 12. li t ap enposib nèt nèt
29
Chapit 6, Woben Lakwa Pataje lide ou yo ak lide patnè ou yo.
1. Woben te rive sou zile l la nan ki lanne? Nan ki lanne ou fèt? 2. Esplike kisa yon maren pral fè ak yon bousòl [compass] 3. Ki kalite liv li te genyen avè l? Ki liv ou renmen genyen? 4. Ki zouti Woben pa t genyen avè l? Ki zouti ou pa genyen (men
ou vle l, ou bezwen l)? 5. Ki règleman Woben te genyen chak jou? Ki règleman ou
genyen chak jou? 6. Ki pwoblèm Woben te genyen nan kavèn li te fouye a? 7. Pouki Woben te vle fè gadinay bèt? 8. Ki mezi sekirite Woben te enstale lakay li? 9. Ki jan Woben te fè yon chandèl primitif? 10. Ki manje Woben te plante pa aksidan? Dekri esperyans li
avèk manje sa yo. Vokabilè nan chapit 6 1. Yo sanble yonn ak lòt Yo sanble tèt k... [koupe] 2. Yo pral fè yon plafon. Yo pral ___________ [plafonnen] 3. Ou pral foure yon pote nan tè Ou pral an... [anfonse] 4. Sa anmède ou, sa nui w. Ou j... [jennen] 5. Yon kout bagay sa ka pete poud la. Se ____________ [zetwal] 6. Se yon ti jèm ki sòti anba tè a. Se yon b... [boujon] 7. L ap gaye grenn. L ap s... [simen] 8. M ap monte sou li pou ale anwo.M ap monte yon n... [nechèl]
30
Kreyòl ayisyen entèmèdyè
Ti kwiz sou Woben Lakwa chapit 3 rive 6
11. Sa k rive Zouri?
(a) li mouri (b) Woben vann li kòm esklav (c) li jwenn libète l
12. Apre l kite Brezil epi apre tanpèt la, kisa ki rive Woben?
(a) li rive Trinidad (b) nofraj bato a (c) li retounen Brezil
13. Yon chaloup se yon...
(a) gwo bato (b) yon ti bato
14. Lè yo di Woben twouve tèt li nan yon kondisyon malouk, sa vle di...
(a) yon bon kondisyon (b) yon move kondisyon
15. Bato a “kraze an miyèt moso nan fay minit” vle di
(a) sa rive rapid (b) sa pran anpil tan
16. Kisa bagay ki esansyèl pou Woben kapab souviv?
(a) chaloup (b) poud pou zam (c) wonm
17. Bèt sa li touye a te gen dèyè li yon ti bebe ki te nan tete. Se te yon...
(a) zwazo (b) kabrit (c) chwal
18. Woben rive la nan dat trant Septanm...
(a) 1458 (b) 1659 (c) 1859
19. “Mwen te pase twa ou kat mwa ap travay san pran souf pou m
bati _________________ mwen an
(a) bato (b) lantiray
20. Woben pè kontre ak moun sa yo:
(a) “potigè” (b) “esklav” (c) “sovaj”
31
Aktivite “Kou Siprèm nan” Ou nomine pou “Kou Siprèm nan.” Anvan ou chita sou chèz boure ou a, ou dwe chita devan senatè yo. Yo pral mande ou anpil keksyon difisil sou filozofi jidisyè w, sou lavi pèsonèl ou, sou Konstitisyon an, sou tout kalite bagay. Si w bay bon repons ou kapab yon gwo jij ki gen yon kokennchenn pouvwa! Tèm: Egalite fanm Filozofi ras Pozisyon sou avòtman Pozisyon sou koze omoseksyèl Pozisyon sou dwòg yo Vizyon pou kou siprèm nan Vizyon pou Etazini
32
Chapit 7, Woben Lakwa I. Enstriksyon: Konnya la ou pral sèvi ak yon sèl keksyon ak yon sèl moun epi apre ou jwenn repons ou, ou pral chache yon lòt moun. Konsa w ap kapab pale ak tout manm klas la (epi w ap blije kanpe mache!) 1. Ki bagay ki mete Woben nan yon „eta zonbi‟ nan konmansman chapit sila a? Kisa ki glase san l? Kisa ki glase san ou? 2. Kisa Woben pa t fye lakay li? Kisa ou pa fye? 3. Ki remontan Woben te pran tanzantan (p. 44)? Poukisa li te konn limite kantite li t ap pran an? 4. Dekri an jeneral aktivite Woben nan mwa Avril ak Me yo. 5. Ki zouti yo Woben te genyen pou travay li yo nan mwa sa yo? Ki sa l te fè ak zouti yo? Ki zouti ou pi itilize, èske se menm zouti Woben genyen? 6. Ki maladi ki rive Woben nan mwa Jen an? 7. Ki enpak maladi sa a te genyen sou Woben? 8. Ki vyann/manje Woben te dekouvri nan chapit 7? Ki jan li konpare manje sa ak lòt manje? Èske ou gentan manje manje enteresan? Pa egzanp, lapen, eskago, ensèk, bouden, chwal, chen, san kochon... 9. Ki remèd Woben twouve pou pwoblèm li? Ki bagay negatif remèd sa a genyen tou? Eske ou konn yon remèd tradisyonèl pou yon maladi?
33
10. Kisa Woben toujou fè san mank nan fen chapit sa a? Poukisa li vin pi enterese nan relijyon? Eske lafwa li reyèl? 11. Ki bagay natirèl frape zile a nan chapit sa a? II. Konnya ou pral fè teyat pou patnè ou kòmsi ou menm se Woben: Sèvi ak mo sa yo pou jwe yon sèn nan Woben Lakwa. Sèvi ak otan ou kapab. A. batiman demonte pyès pa pyès manjab tranblemandetè goyin fè kraze yon kite sa tòti B. wonm sitiyasyon malouk dòz fèy tabak fè yon ti mye yon efè pozitif fè mye kò kraz sèvi ak mo pa ou yo tou!
34
Ti aktivite youtyoub la: Matisan! Dantan l, demen l - Haiti http://www.youtube.com/watch?v=UMpYkQk23L0
1. Ki moun te konn vizite lotèl sa a? 2. Ki moun istorik te konn vizite kote sa a? 3. Ki ameriken te konn ale nan zòn nan? 4. Ki moun ki Katherine Dunham? 5. Nan mitan yon gwo lavil, mas pyebwa yo fè kisa
pou anviwònman an? 6. Kisa leta ayisyen vle devlope Matisan? 7. Ki kalite jaden yo vle mete la?
Prezante ti imaj yo
Sa k nan imaj la?
Èske imaj la rakonte yon istwa? Bay yon mesaj?
Ki koulè ki nan imaj la?
Ki estil / tradisyon penti imaj la reflete?
Èske ou renmen imaj la?
Ki jan imaj la reprezante peyi d Ayiti?
35
Konvèsasyon / Deba: 1. Bay bank lajan pou sove bank yo. 2. Bay konpayi machin lajan pou sove yo. 3. Ogmante enpo... ki moun ki dwe peye plis? 4. Enèji pwòp ak dezas gazolin nan gòlf la. 5. Limitasyon izaj machin: peye enpo chak fwa
ou sèvi avè l. 6. Ogmantasyon enfrastrikti bekàn.
Deba bon pou devlope kreyòl! Sijè deba: 1. Lagè nan Afgànistan 2. Refòm sistèm sante 3. Enstalasyon baz militè ameriken aletranje (Kore, Japon, Almay, Ayiti...) 4. Kontwòl zam 5. Legalizasyon dwòg dous / dwòg di
36
Chapit 8, Woben Lakwa Keksyon pou pratike vokabilè:
1. Gen yon bann ak yon pakèt kisa sou latè? 2. Kote w ap jwenn yon ti dlo dous pou bwè? 3. Ki kote ou konn layiti kò w? 4. Ki sa ou renmen san bòn (san limit)? 5. Kijan ou dezannouye tèt ou? 6. Ki moman te pi move sitiyasyon nan lavi w san di petèt? 7. Ki anvi enposib ou konn genyen? 8. Ki jan ou kontante w? 9. Kisa ki wonje w? Kisa ki anpeche ou dòmi? 10. Kilè ou dosil anpil? 11. Ki kalite moun ou gen alantou w?
Keksyon pou kominikasyon kreyòl:
1. Dekri aktivite Woben nan chapit sa a. 2. Kisa Woben vle bati nan chapit sa a? 3. Ki wòl relijyon/espirityalite genyen nan lavi Woben? 4. Ki pwoblèm Woben genyen ak anplasman kay li? 5. Ki manje ak bèt Woben te twouve nan detou/virewon li
yo? 6. Poukisa Woben rele kay li yon „swadizan prizon‟ ?
Dekri moun ak bagay nan imaj sa yo:
37
38
Asosye imaj sa yo avèk sa k te pase nan Woben Lakwa?
1 2 3
4 5 6
7 8 9
39
10 11 12
13 14
15 16 17
40
18 19
20 21
41
Chapit 9, Woben Lakwa
1. Kilè ou vin kagou? [tris… pa anfòm… bouke] 2. Kisa ki izolman? Eske ou te janm soufri sa? Ou
pou kont ou… sèl 3. Ki lè moun kriye kou yon timoun? 4. Kisa nou mete nan fon kè nou? 5. Kisa ou fè ak levye ak woulo? 6. Ki lè ou pè? 7. Kisa nan lemon ki tèt anba? 8. Ki lè ou santi ou byen/mal? 9. Kisa ki nan kagezon ou? 10. Ki lè w chagren? 11. Kisa ou pa kapab briding menm menm?
42
“Sòti nan” / “Sòti _”
1. lè l t ap sòti nan kabin ni 2. pirat tik ki te sòti nan vil Sale 3. mwen te genyen pou m te sòti nan lesklavaj la
4. Li te sòti nan pozisyon sidès 5. pou m te sòti nan kwen pèdi sa a
http://translate.google.com/#en|ht| I come from France. |Mwen soti nan Frans. I come from Haiti. |Mwen soti _ Ayiti. I come from the U.S.A. |Mwen soti nan U.S.A. I come from England. |Mwen soti nan Angletè. I come from the United States.|Mwen soti _ Ozetazini. I come from Trinidad. |Mwen soti nan Trinidad. I come from Italy. |Mwen soti nan peyi Itali. I come from China. |Mwen soti _ Lachin. I come from Germany. |Mwen soti nan peyi Almay.
43
Kesyon sou chapit 10:
1. Kijan Woben konbat chalè a nan chapit 10? 2. Kisa l simen? 3. Kisa Woben mete nan bato li a pou pwoteje
pwovizyon ak minisyon l yo? 4. Kisa Woben deside fè nan chapit la? Ki
pwoblèm li kontre? Kisa l fè pou l sove tèt li? 5. Kisa Woben fè apre l tounen? Kijan l santi l? 6. Ki bwi reveye l? 7. Tradui an angle: “Ala kontan m ta kontan...” 8. Ki gwo sezisman Woben genyen nan bout
chapit la?
44
Rakonte istwa ki dèyè imaj la
1 2
3 4
5 6
45
7 8
9 10
11 12
46
13
47
paresòl / dire / ble / kannal / gwo kannòt / ti kannòt ak yon vwal / bifèt la / minisyon / aryè bato a / bousòl / remesye Bondye ajenou / jako /
Èske w ka tradui fraz sa yo an angle? 1. Lè m pa t bezwen paresòl sa a, mwen te fèmen n. 2. Mwen te fè lide pou m te kraze yon kite sa 3. Koralen an te ka al tonbe nan kouran an 4. Apèn mwen te rive nan pwent la, se sou yon lanmè byen fon mwen te twouve m 5. E poutan se 2 zou 3 bras sèlman ki te separe m ak latè 6. Mwen te yon nonm pèdi, paske mwen te bliye bousòl mwen an 7. M t ap demele m kou Mèt Jan Jak pou m sòti nan kouran an.
48
Chapit 11, Woben Lakwa Batay vokabilè – ou dwe bay yon sinonim apwopriye (Benn se jij la) epi ou dwe egzanplifye mo a nan yon fraz Lekontrè
Efreyan
(N) Kreyati
49
(N) Detrès
(N) Frison
M twonpe m
50
Tann yon pyèj
(N) Longvi
Pou depatya m
51
Venkè
52
(N) Zo tèt
(N) Zòsman / (N) bagay efreyan
53
festen
Veyatif
(N) Twoupo
(N) Katyapika / katchapika [dagger]
54
(N) Dyenn
Pantan
(N) Rejwisans sanginè Mwen te pase plizyè jou ap chache yon zòn kote m ta ka
tann yon anbiskad pou yo; e byen souvan, lè yo te fin pati,
mwen te desann sou anplasman kote yo te òganize festen
yo a. Mwen te kòmanse abitye avè zòn nan, sitou nan
moman lespri m te chaje ak lide vanjans, lide pou m te
55
touye moun tou, paske mak sovajri manjèdmoun sa yo te
kite dèyè, te eksite m plis pou m te chache reyalize pwojè
m nan.
(N) Pant
Rasanble kole-kole
56
(N) bagay makawon
(N) anbiskad
1 2 3
57
4 5
5 6
7 8 9
58
10 11
12 13
14 14
59
15 16
17 18
19
60
Bon, atò w ap sèvi ak vokabilè a pou w pale sou lavi w
1. Ki bagay ou twouve efreyan? 2. Ki kreyati w pi renmen? 3. Ki lè w gen detrès 4. Ki bagay ba w frison 5. Si w twonpe tèt ou, kisa w fè? 6. Dekri: tann yon pyèj 7. Kisa w fè ak longvi 8. W ap depatya yon bagay ak ki zouti? 9. Kisa venkè a pran? 10. Èske ou pè zo tèt, zòsman? 11. Kisa w pral mennen nan festen an? 12. Ki lè w veyatif anpil? 13. Èske w fè pati twoupo a? Èske w naje ak
kouran an? 14. Sa w ap fè ak katyapika a? 15. Ki lè w konn santi ou pantan 16. Ki lè yon moun gen dwa santi yon
“rejwisans sanginè” 17. Kisa w pa ka fè sou yon pant? 18. Ki moun ki konn rasanble kole-kole? 19. Ki bagay makawon ou gentan wè? 20. W ap fè anbiskad kont ki moun?
Keksyon pou kominikasyon
61
1. Woben te pè ki trètman? 2. Ki pwoblèm kabrit li yo te genyen lè l te pati
pandan plizyè jou? 3. Èske Woben t ap toujou tire sou kabrit sovaj
yo? 4. Ki aktivite Woben te antreprann yo nan
chapit sa a? Pouki li te fè yo? 5. Ki bagay Woben twouve ki espante l anpil?
Ki reyaksyon ou ta genyen? 6. Pouki Woben vin pi veyatif? 7. Si ou ta kontre ak Woben, ki jan li sanble? 8. Depi dekouvèt li, èske Woben ap chanje?
62
Chapit 12, Woben Lakwa
1. Kisa ki fè tout plim leve sou do Woben... e ou menm?
2. Eske mès yo „konwonpi‟ ak „dyabolik‟ vre? 3. Ki reyaksyon koze kannibal pwovoke nan
Woben? Ki reyaksyon sa pwovoke nan ou menm?
4. Kijan laperèz afekte Woben? Kisa l fè ak gwo prekosyon konnya?
5. Ki kote Woben mete rezèv li? Pouki? 6. Eske plan Woben se yon lejitim defans? 7. Dekri sèn nan avèk endyen ki sou plaj la. Sa k
rive? 8. Kisa nouvo zanmi li fè ki fè l pouse kèk eklari?
63
Pratike vokabilè yon jan kominikatif:
1. Ki keksyon w ap poze tèt ou? 2. Ki tantasyon ou santi? 3. Bay kèk aktivite òdinè ou konn fè lendi yo? 4. Sa k ba ou chèdepoul? 5. Ou fèt pou fè kisa nan lavi a? 6. Kisa ou konn fè ak ladrès? 7. Eske yon moun/bagay te janm rapouswiv ou? 8. Ki bagay kapab kraze nan miyèt moso?
Tout nasyon yo touye yon gwo kantite moun
„Sovaj‟ touye ti kantite epi li „sakralize‟/ „rityalize‟ zak la. Eske se pi imen?
Ti dikte:
Tout panse sa yo te tèlman sakaje sèvèl mwen, yo te
tèlman fò nan tèt mwen, yo te fin pa deranje trankilite mwen te
santi depi m te fin reziye m pou m te rete sou kont Gran Mèt la.
64
Mwen pa t kapab wete lide m sou pwojè vwayaj sa a: sa te ban m
yon anvi tèlman fò, li te depase fòs rezon mwen. Pandan dezèdtan
ankò pasyon sa a te pati avèk tèt mwen; li te tèlman domine m, sa
te fè tout san nan venn mwen bouyi kòmsi m te gen lafyèv; men,
fatig lespri mwen te santi apre ajitasyon sa a te lage m nan yon
pwofon somèy.
Sèl mwayen pou m te reyalize plan m nan avèk siksè, sete
pou m ta mete men sou yon sovaj kèlkonk. (pp. 76-77)
65
Chapit 13, Woben Lakwa
Sèvi ak imaj la pou jwenn mo ki nan chapit la
Ki asosyasyon imaj la genyen ak Woben Lakwa?
1[kabicha] 2[mouskè] 3[babako]
+ 4[zegwi ak fil] 5 [yon bonèt ak po lyèv] 6[lyèv]
7[zo tèt] 8[tribi] 9[Espayòl: avantirye kriyèl]
66
10[Benakmouke = Bondye]11 [ledyab] 12[ledyab]
13[Karib / Karayib] 14 [„bon kretyen‟ ti zanj]15 [kanon]
Ki kote ou sere nepe a? 16[poudakanon] 17[dyenn] 18 [Lespri Sen an] Keksyon pèsonèl sou vokabilè a
1. Ki lè w fè yon kabicha? 2. Sa w fè ak yon mouskè?
67
3. Sa w manje nan babako pa w? 4. Sa w repare ak zegwi ak fil? 5. Ki ameriken mete yon bonèt ak po lyèv? 6. Kisa sa ye, yon tribi? 7. Èske w kwè nan ledyab? 8. Kisa moun sere nan yon dyenn?
Keksyon sou Woben Lakwa, 13
1. Poukisa Defoe devlope koze „sèvitè‟ / „mèt‟ nan liv la? 2. Dekri aspè fizik Vandredi. 3. Bay sinonim pou mo „kannibal‟. 4. Èske Woben te pè Vandredi? 5. Kisa nou aprann sou nasyon Vandredi a? Ki moun yo te akeyi
lakay yo? 6. Kijan Woben dekri relijyon kretyen? 7. Ki pwoblèm Vandredi genyen avèk teyoloji Woben an? 8. Ki pèsonay/kalite ledyab genyen? 9. Vandredi pale nan yon langaj devan dèyè, sa sa vle di? 10. Eske Woben se yon „bon kretyen‟? 11. Eske Woben gen rezon? Eske yon sèl relijyon kapab pi bon
pase yon lòt? (Eske moun ki pratike esklavaj epi chache sèvitè gen „bon relijyon‟?)
12. Pouki woben pran distans ak Vandredi? Sitasyon: Mwen te mande Gran Mèt la ban mwen kapasite pou m te bay pòv ti sovaj la edikasyon nan konesans Kreyatè a, pou Lespri Sen an te prepare kè li pou l resevwa limyè Levanjil la.
68
Chapit 14, Woben Lakwa Ti dikte:
1. M te wè l tèlman fèb nan yon pwen kote ata kanpe l pa t ka kanpe (92)
2. Grasa Dye epi chans, tout zile a te rele m chè mèt, chè mètrès (96)
3. Li pa t posib pou lòm vomi dife ak loray konsa (97) 4. Lèzòm pa toujou rekonesan; pafwa lè yo aji, se pa daprè
sèvis ou rann yo, men daprè pwòp enterè yo (98) 5. Sa pa t anpeche m santi yon ti krent ki te mande m pran
distans mwen san m pa t konn pouki (101) Devine mo a [14]
1. Se pou gide yon batiman 2. Espresyon ki asosye ak Desalin epi ki vle di travay di
69
3. Lè ou montre fidelite ak atachman. Se d... 4. Se lè ou pa ka tounen lakay ou. 5. Se yon zouti ki ede yon moun wè lwen. 6. Se yon moun ou pa konnen. Se yon en… 7. Lè ou kouri dèyè yon moun ou f... 8. Lè ou etone yon moun, ou fè l sezi... ou ba l yon k... 9. Se yon lòt mo pou kannòt. Se yon ko... 10. Ou vin fou, ou pèdi sa...
1. [gouvènay] 2. [degaje tankou mèt Janjak] 3. [devouman] 4. [egzil] 5. [longvi] 6. [enkoni] 7. [fann dèyè l] 8. [kousiprann] 9. [koralen] 10. [larezon]]
70
Reponn keksyon yo sou chapit 14: 1. Vandredi di kisa sou pèp li? 2. Si li tounen jwenn yo, èske Vandredi pral rete yon
manjèdmoun? 3. Èske Vandredi vle retounen viv ak pèp li san Woben? 4. Ki pi gwo rèv/espwa Woben genyen? 5. Ki fason Vandredi vle fouye nouvo kannòt la? Epi
Woben? 6. Ki konpòtman Vandredi genyen ak Woben? 7. Konben tan Woben gentan pase sou zile a? 8. Kisa ki estomake/etone Endyen yo? 9. Poukisa Defoe rele batay la yon „konba gason pa kanpe‟?
Keksyon sou chapit 15
1. Ki moun Vandredi jwenn sou plaj la? Ki reyaksyon l? 2. Ki bagay Woben ak sèvitè l yo ap prepare nan chapit 15?
Kisa yo vle fè? Kisa Espayòl la konseye l fè? Ki pwovizyon yo dwe genyen?
3. Ki doulè papa Vandredi genyen? Ki remèd yo sèvi avè l pou ede l?
4. Ki bagay fè Woben pè ak koze vwayaj Espayòl ak papa Vandredi a? Kisa li vle pou lòt Espayòl yo fè?
5. Ki pwovizyon ekip Woben bezwen prepare? 6. Ki gwo boulvèsman pase nan fen chapit 15 lan?
Diferans gramatikal
1. li pa t posib menm pou yo te rive atè san koralen an pa t koule
2. li pa t kapab pase 2 minit san l pa t voye je l sou grandèt la
3. lè m te fin bwè ti gout pou m te pase swaf mwen, li te pote l bay papa l
71
4. menm si li te mete gason sou li pou l te livre yon konba m te asiste avèk admirasyon, li te tèlman febli
5. yo te vin anfle men wòtè 6. men tou ant mwen menm ak Espayòl la ki te fin pa pale
lang Endyen yo trè byen. 7. yo te tèlman egare anba koutzam ki te fin pa fè yo soud 8. pou n pè pou yo pa t retounen sou il la avèk yon bann e
yon pakèt gason pou elimine nou. 9. 2 espri ki te desann sòt nan syèl pou detui yo 10. se apèn si yo te gen manje ase pou yo pa t mouri
grangou 11. Ala di sa ta di, si m ta fin delivre konpayon w yo
epi, kòm rekonpans, yo ta fè m prizonye 12. yon veritab pwa lou pou yo 13. se tòde yo t ap tòde anba l 14. kòmkwa yo dispoze swiv ou nan nenpòt ki peyi
kretyen ou ta vle mennen yo, 15. yon gwo kokennchenn bwa pou m te fè planch
Sèvi ak vokabilè a:
1. Lè w grangou, kisa w fin pa fè? 2. Ou te apèn rive epi... 3. Ki pwa lou ap peze sou kè w? 4. Kisa w ap pote ban mwen? 5. Kilè w mete fanm/gason sou ou? 6. Sèvi ak “Ala...” nan yon fraz? 7. Dekri/pale de yon kokennchenn bagay.
72
Sa sa ye? Esplike an kreyòl Pase swaf ou / Rekonesan / Yon branka / Ti bit Li febli / Yon chita koze / Tonbe mòrèd Bouwo / Lepè a – grandèt / Barik / Soufri wòd Simen tout plan / An souryan
73
74
75
[Pase swaf ou / Rekonesan / Yon branka / Ti bit Li febli / Yon chita koze / Tonbe mòrèd Bouwo / Lepè a – grandèt / Barik / Soufri wòd Simen tout plan / An souryan] Fè yon ti sèn teyat ak patnè ou Vandredi ak Woben Woben ak Espayòl la Vandredi ak papa l „Sovaj‟ yo ak papa Vandredi
76
Chapit 16
1. Ki moun ki pi neglijan e pi parese ki egziste sou latè? 2. Sa te glase tout san nan venn Woben? 3. Kisa ki “sanfwa”? Ki moun bezwen l? Eske ou genyen l? 4. Nan selera angle yo, pouki gen 2 kaptenn nan rele “ka
pèdi”? 5. Ki kondisyon Woben genyen pou de prizonye angle yo? 6. Eske kaptenn nan bezwen touye yo tout? 7. Eske Woben ak kaptenn vle epaye lavi selera yo? 8. Ki pinisyon tann prizyonye yo? 9. Kisa Woben, Vandredi ak kaptenn nan fè ak nouvo
prizyonye yo? 10. Kisa Woben ak kaptenn nan fè ak chaloup la ki te
sou plaj la? 11. Ki kote yo te mete prizyonye yo sou il la? 12. Kijan chapit la fini?
77
Keksyon pèsonèl. Pale ak patnè w sou lavi w.
1. Kilè ou gen yon kè rekonesan? 2. Èske yon moun te janm trayi w? Kisa l te fè? Kisa ou te
fè kòm repons? 3. Èske w te janm montre renmò pou yon bagay ou te fè? 4. Kilè ou bezwen pou pote kole fidèlman avèk yon plan?
Ki plan sa a? 5. Kilè nou dwè pran anpil prekosyon? 6. Se fòse m ap fòse w fè kisa? 7. Kisa ki fè w repran kouray ou? 8. Kisa w ap jwenn si ou te konpòte ou byen? 9. Ki rekòmandasyon w genyen pou patnè w? 10. Kilè lapèrèz te fin kokobe w?
78
Jwenn mo ki mache pi byen ak imaj sa yo... epi kijan imaj yo konekte ak woman Woben Lakwa
1 2 3
4 5 6
7 8 9
10 11
79
Chapit 16 – jiska fen an Tradui an angle:
1. Nou te atann nou aske lanmò pran n anvan lontan. 2. Se fòse lòt yo te fòse yo. 3. Ennmi mwen te rankontre nan lepase yo. 4. ...jwenn mwen an pasan pa kèk chemen dekoupe. 5. Kaptenn nan te desounen kanmarad li a. 6. Li pa t mete dlo nan bouch li pou l te repwoche yo.
matlo chaloup kleren plaj la yon twou ki bouche bandi
80
Chapit 17 13. Ki plan yo genyen pou yo kenbe selera yo? 14. Ki wòl Vandredi te genyen nan plan an? 15. Kisa selera yo panse sou zile a?
81
Vokabilè chapit 17
1. Apèn yo te kite rivaj la, nou te wè yo kase tèt tounen 2. yo te fin pale antre yo 3. Sa pa t ap vo nou anyen
4. rete tann sa k ta pral pase
5. rete youn kole ak lòt
82
6. swa pwoche plis pou n te ouvè koutzam sou yo, swa ale
lwen
7. lapèrèz te anvayi yo twòp 8. eseye devinen de kisa yo t ap pale
9. sèvi ak kèk fent
83
10. li t ap kabicha
11. li te kase tèt li ak yon kout kwòs revolvè 12. se sou yon zile ante yo te ye 13. yo te pase lontan ap fè ale-vini sa a
14. kaptenn nan trennen a kat pat pou yo te rive pre yo
mezi yo te kapab
84
15. chèf gwoup la ki te pi lach, pi kapon pase tout lòt yo
16. yon lòt ki te pran bal nan vant, te sikonbe anba blese
li yo
17. li te pran kouri pou l chape poul li
85
Vokabilè chapit 17 1. Apèn ou te fini manje epi... ? 2. Kilè ou bezwen kase tèt tounen? 3. Kisa n ap pale antre nou? 4. Kisa ki pa vo anyen 5. Kisa w ap rete tann? 6. Swa ou touye, swa yo touye w: sa w ap fè? 7. Kilè lapèrèz anvayi w twòp? 8. Devinen yon bagay sou patnè w. 9. Kilè w sèvi ak kèk fent 10. Èske ou konn kabicha? Konben tan chak senmenn? 11. Kisa ki pral ante yon zile? 12. Ki ale-vini ou bezwen fè nan UF? 13. Poukisa w ap trennen a kat pat? 14. Dekri yon moun ki lach epi kapon? 15. Kilè ou pral kouri pou ou chape poul ou?
86
Chapit 18 – dènye mo
87
88
89
90
91
92
93
94
95
96
97
98
99
100
101
Woben Lakwa – Daniel Dafoe, 1719
Senbòl konkèt/envasyon angle a.
Kolon pwototipik.
Repwodui kilti angle nan Karayib la.
Enperyalis kiltirèl (rapò Mèt-Sèvant)
Pèspektiv Woben Lakwa: Blan “ilimine” Pa-Blan “sovaj” – sèl fason moun ki pa blan kapab sivilize se asimilasyon kilti blan
An menm tan tou, Woben kritike koloni Panyòl yo
Woben dekouvri Bondye nan lanati, pa nan legliz la.
Konmansman “fiksyon reyèl” – istwa nofraj yo vin popilè
1. Nan ki sitiyasyon ou pral rann tèt ou? 2. Kilè ou pran pale byen fò? 3. Èske li enpòtan depoze zam yo? 4. Yon matlo ki koupab nan rebelyon merite ki trètman? 5. Kilè ou konn m te rete a leka? 6. Ki delivrans w ap tann? 7. Kilè ou konn blofe? Ki blòf ou fè? 8. Sò yon moun depann de kisa? Kounyeya di patnè w sa k te pase nan dènye lekti sa a.
102
16. Konben “lennmi” ki genyen nan liv la? Kisa sa revele?
17. Ki riz yo genyen pou twonpe selera yo? Ki riz ou sèvi avè l?
18. Sa k rive lè yo reprann bato a?
103
19. Èske Woben, kaptenn ak kontremèt renmen vèse san?
20. Ki lide teyolojik Woben genyen apre l pati kite zile a?
104
Pouki sa w pa pale manman – Manno
1. Kisa ki eksplwatasyon? 2. Kisa ki kalvè a? 3. Kisa ki “tyoul blan”? 4. Ki sa ki mesaj chante a?
Chapit 1, Pale kare, Rony Joseph Marye de kolonn yo.
1. Moun nan pa gen moun pou pran swen l. L ale a tout boulin
2. Woule ak gwo vitès. Li about ak kò l.
3. Moun nan alèlè, li fyè, li egoyis. Li achte figi yon moun
4. Malè sou malè. Li aladeriv 5. Flate yon moun. Sa mete
abse sou klou 6. Ou di sa pou montre pitye [Adje podjab!] 7. Ou mouri, ou prale... [Peyi bwachat] 8. W ap mache an kachèt. [Alawonyay] 9. Ou rilaks, ou bon, w ap tchil. [Alèz kou blèz]
105
10. Yon pyèj, yon pèlen. Tann yon pyèj [Yon atrap nigo] Ranpli espas vid la:
1. Se yon avantaj bab e ____________ [moustach] 2. Nou pou kont nou, n ap pale ann ___________
[apate] 3. Move sitiyasyon, ou an _____________ [degraba] 4. Maryaj yon wa se yon evènman an gran ___________
[panpan] 5. Moun nan abiye byen, li an plim de __________ [pan] 6. L ap aji an sekrè, anba _________ [chal] 7. Sitiyasyon l ap vin pi mal, mete bab ou _________
[bab... alatranp] 8. M kontre rival mwen ______ ______ _______ [bab
pou bab] 9. Se istansil nan kizin, se ________ kizin [batri] 10. Li kontwole simityè a, se ________ ___________
[Bawon Samdi] 11. Kraze libète lapawòl se bay ______________
[baboukèt]
106
Sèvi ak espresyon sa yo pou rakonte yon istwa, fè yon deskripsyon, bay yon definisyon, oubyen pratike kreyòl la.
bay demwatye
bay gabèl
bay koutlang
bay kout pitit
bay kwochèt
bay legen
bay ponya
bay poto
bay piyay Dekouvri mo ki manke a!
1. Rezon pou anpeche maryaj: [ban maryaj] 2. Ou pa fidèl ak menaj/mari/madanm ou [bay zoklo] 3. Bannann plati [bannann peze] 4. Li blan, li pòv. [blan mannan] 5. Li travay nan kamyon, men l pa yon bèf.[bèf chenn] 6. Li renmen pale franse twòp. [bouch pwenti] 7. Li pa gen dan menm [bouch fobo] 8. Ou gen vyann nan dan ou, ou bezwen... [bwa dan] 9. Ou pa konnen, ou pa gen rezon. [bwè pwa]