20
Yon Gid pou Pran Warfarin Non komèsyal Coumadin ® oswa Jantoven ® ) A Guide to Taking Warfarin (Haitian Creole)

Yon Gid pou Pran Warfarin - Massachusetts General …...Warfarin, Coumadin®, ak Jantoven® se menm medikaman an. Warfarin se yon medikaman yo rele kèkfwa yon “antikoagilan” oswa

  • Upload
    others

  • View
    8

  • Download
    0

Embed Size (px)

Citation preview

Page 1: Yon Gid pou Pran Warfarin - Massachusetts General …...Warfarin, Coumadin®, ak Jantoven® se menm medikaman an. Warfarin se yon medikaman yo rele kèkfwa yon “antikoagilan” oswa

Yon Gid pou Pran Warfarin

Non komèsyal Coumadin® oswa Jantoven®)

■■■

■■■

A Guide to Taking Warfarin (Haitian Creole)

Page 2: Yon Gid pou Pran Warfarin - Massachusetts General …...Warfarin, Coumadin®, ak Jantoven® se menm medikaman an. Warfarin se yon medikaman yo rele kèkfwa yon “antikoagilan” oswa

Enfòmasyon yo ki nan ti liv edikatif sa a se pou ede w jere tretman warfarin nan. Yo pa yon ranplasman pou konsèy medikal. Toujou swiv entriksyon doktè w oswa manadjè warfarin ou an.

■■■

Enfòmasyon w yo

Liv sa a se pou:

________________________________________________

Poukisa m bezwen pran warfarin?Doktè w la vle w pran warfarin pou:

________________________________________________Pwoblèm Medikal

Entèval Objektif INR W la se _______ a _______

Dat pwochen tès san INR w la se:

___________________________________________________

Moun k ap fè pwochen tès san an pou ou se:

___________________________________________________Kote W Ap Fè Tès la

___________________________________________________Asosyasyon Enfimyè K al Wè Moun Lakay yo

Page 3: Yon Gid pou Pran Warfarin - Massachusetts General …...Warfarin, Coumadin®, ak Jantoven® se menm medikaman an. Warfarin se yon medikaman yo rele kèkfwa yon “antikoagilan” oswa

■■■

Manadjè Warfarin ou an

Manadjè warfarin ou an se:

________________________________________________

Nimewo telefòn li: ____________________________

LiENPÒTAN anpil

pou w ale nan tout randevou

doktè w ak randevou pou yo fè tès san INR la

pou ou!

Si w rate yon randevou, rele epi pran yon lòt randevou imedyatman!

Si w gennenpòt kesyonoswa pwoblèm

avèkwarfarin nan,

reledoktè w

oswa manadjèwarfarin ou an imedyatman!

Grenn warfarin yo fèt an

diferan gwosè ak fòm.

Toujou asire w ou pran dòz egzat warfarin

nan!

1

Page 4: Yon Gid pou Pran Warfarin - Massachusetts General …...Warfarin, Coumadin®, ak Jantoven® se menm medikaman an. Warfarin se yon medikaman yo rele kèkfwa yon “antikoagilan” oswa

■■■

Bagay ou Bezwen Konnen

� Poukisa w ap pran warfarin nan

� Poukisa li enpòtan pou w pran warfarin nan egzateman jan yo di w pou w pran l lan

� Poukisa yo DWE fè tès san INR pou ou pou swiv warfarin ou an

� Enpòtans pou w al nan randevou yo pou w fè tès INR la

� Kote y ap pran san w pou fè tès INR la

� Dat pwochen tès san INR w la

� Poukisa pou w manje yon rejim ki gen menm kantite vitamin K ladan l chak jou

� Kilès pou w rele pou tout chanjman nan medikaman w e si medikaman an fè nenpòt efè segondè sou ou

� Men sentòm yo ak efè segondè ou dwe fè manadjè warfarin ou an konnen

2

■■■

2

Page 5: Yon Gid pou Pran Warfarin - Massachusetts General …...Warfarin, Coumadin®, ak Jantoven® se menm medikaman an. Warfarin se yon medikaman yo rele kèkfwa yon “antikoagilan” oswa

■■■

3

■■■

3

Tab Matyè yo

Enfòmasyon w yo(Al gade anndan paj kouvèti a ak premye paj la)

Bagay ou Bezwen Konnen

Tab Matyè yo

Warfarin, Coumadin®, ak Jantoven®

Tès San yo

* Poukisa m bezwen fè tès san lè m ap pran warfarin?

* Ki tès san m bezwen fè lè m ap pran warfarin?

* Kisa entèval objektif INR la ye? * Chak kilè m ap gen pou m fè tès?* Plan Kominikasyon

Pran Warfarin

* Ki kantite warfarin m bezwen pran?* Kilè pou m pran warfarin nan? * Sa k ap pase si m bliye pran warfarin nan?

Efè Segondè yo

Siy Danje yo

Mòd Lavi

Medikaman ak Sipleman yo

Rejim ou e Vitamin K

Referans Itil ak Lyen Entènèt yo

Remèsiman

Rapèl sou Sekirite yo

1

4

2

8

6

14

16

Kouvèti Dèyè a

17

13

12

10

11

3

Page 6: Yon Gid pou Pran Warfarin - Massachusetts General …...Warfarin, Coumadin®, ak Jantoven® se menm medikaman an. Warfarin se yon medikaman yo rele kèkfwa yon “antikoagilan” oswa

Warfarin, Coumadin®, ak Jantoven® se menm medikaman an.

Warfarin se yon medikaman yo rele kèkfwa yon “antikoagilan” oswa medikaman pou fè “san pi likid.” Men, warfarin pa fè san vin pi likid. Warfarin fè san an pran plis tan anvan l fè boul. Pasyan yo pran warfarin pou plizyè rezon.

• Warfarin ka anpeche yon boul san fòme.

• Warfarin ka anpeche tou yon boul san ki deja fòme vin pi gwo.

Pasyan yo k ap pran warfarin ap bezwen pou yo swiv yo sere sere. Yon manadjè warfarin ka ede ak sa. Yon manadjè warfarin ka yon doktè, enfimyè, famasyen, asistan doktè, oswa yon klinik warfarin.

Warfarin se non jenerik medikaman an. Coumadin® e Jantoven® se non komèsyal li.

Pa janm kite yon mak medikaman an pou yon lòt sofsi doktè w oswa manadjè warfarin ou an di w pou w fè sa!

Warfarin, Coumadin®, ak Jantoven®

4

■■■

4

Page 7: Yon Gid pou Pran Warfarin - Massachusetts General …...Warfarin, Coumadin®, ak Jantoven® se menm medikaman an. Warfarin se yon medikaman yo rele kèkfwa yon “antikoagilan” oswa

Sa pou W Di Doktè W oswa Manadjè Warfarin ou an

Di doktè w la oswa manadjè warfarin ou an si w:

� Tonbe souvan

� Bwè alkòl, ak ki kantitè vè alkòl ou pran chak jou

� Genyen oswa te konn genyen:

• Pwoblèm sèyman• Pwoblèm nan vant oswa nan trip• Pwoblèm fwa• Pwoblèm ren• Tansyon• Kansè

� Ap fè plan pou w vin ansent, ou ansent, oswa w ap bay bebe tete

■■■

5

■■■

5

Page 8: Yon Gid pou Pran Warfarin - Massachusetts General …...Warfarin, Coumadin®, ak Jantoven® se menm medikaman an. Warfarin se yon medikaman yo rele kèkfwa yon “antikoagilan” oswa

Tès San yo Poukisa m bezwen fè tès san lè m ap pran warfarin?

Gen anpil bagay ki afekte jan warfarin travay. Poutèt sa, yo dwe swiv efè warfarin nan ak anpil swen pa mwayen tès san. Tès san sa yo ap ede manadjè warfarin ou an konnen ki kantite warfarin ou dwe pran.

Ki tès san m bezwen fè lè m ap pran warfarin? Yo rele tès san ou bezwen fè a Pwotwonbin Time oswa protime oswa PT. Yo itilize tès san sa a pou mezire tan l ap pran pou san an fè boul. Yo rapòte rezilta PT yo kòm yon International Normalized Ratio oswa INR (Rasyo Nòmalize Entènasyonal). INR la se yon fason inivèsèl pou rapòte rezilta tès san w yo. Sa vle di tout laboratwa ki fè tès san INR rapòte rezilta yo menm jan.

Kisa yon entèval objektif INR ye? Yon entèval objektif INR se rezilta tès san INR manadjè warfarin ou an vle pou ou. Entèval objektif INR w la ap depann sou rezon ki fè w ap pran warfarin nan. Doktè w la oswa manadjè warfarin ou an ap di w entèval objektif INR w. Entèval objektif INR w la anndan paj kouvèti liv sa a.

Gen chans sèyman oswa fòmasyon boul san lè yon moun ap pran warfarin.

Poutèt sa li enpòtan pou w fè yo teste san w lè manadjè warfarin ou an mande w pou w fè sa!

6

■■■

6

Page 9: Yon Gid pou Pran Warfarin - Massachusetts General …...Warfarin, Coumadin®, ak Jantoven® se menm medikaman an. Warfarin se yon medikaman yo rele kèkfwa yon “antikoagilan” oswa

Tès San yoChak kilè m ap gen pou m fè tès? Ou ka bezwen yon tès INR 2 oswa 3 fwa chak semèn lè w fèk kòmanse pran warfarin nan. Lè INR w la ak dòz warfarin ou an vin pi estab, ou ka ap gen pou w teste INR w la mwen souvan. Gen anpil chans pou w ka fè tès san an pou pi piti chak 4 semèn. Ou ka bezwen teste l pi souvan si w tonbe malad oswa gen chanjman nan nenpòt nan lòt medikaman w yo.

Plan KominikasyonManadjè warfarin ou an ap kontakte w apre chak tès san INR. Tou depan rezilta tès san w la, manadjè warfarin ou an ap di w ki kantite warfarin pou w pran. Asire w ou gen yon plan pou w kominike ak manadjè warfarin ou an.

• Asire w manadjè warfarin ou an gen tout nimewo telefòn kote l ka jwenn ou fasilman.

• Si manadjè warfarin ou an pa kontakte w apre w fè tès san an, rele manadjè warfarin ou an.

• Si w rate yon tès san oswa ou pa t ka al fè l, kontakte manadjè warfarin ou an pi bonè w kapab pou w pran yon lòt randevou.

• Eseye pou w fè tès san INR w la nan menm labaratwa a tout tan. Si w ale nan yon lòt laboratwa, rele manadjè warfarin ou an menm jou w al fè tès la. Konsa manadjè warfarin ou an ap konnen ki kote pou l al chache rezilta tès yo.

• Si l posib, pran yon randevou bonè nan jounen an pou w fè tès san an. Sa ka ede manadjè warfarin ou an jwenn rezilta a menm jou a.

Si nenpòt nan enfòmasyon pou yo kontakte w yo chanje, li enpòtan pou w fè manadjè warfarin ou an konn sa imedyatman!

7

■■■

7

Page 10: Yon Gid pou Pran Warfarin - Massachusetts General …...Warfarin, Coumadin®, ak Jantoven® se menm medikaman an. Warfarin se yon medikaman yo rele kèkfwa yon “antikoagilan” oswa

Pran Warfarin

Manadjè warfarin ou an ap di w ki kantite warfarin pou w pran. Kantite w ap pran an ak lè w ap pran l lan ka diferan ak pa lòt pasyan yo. Rezilta tès san INR la ap ede manadjè warfarin ou an deside ki dòz warfarin k ap bon pou ou. Apre chak tès san, dòz warfarin w ap pran chak jou a ka chanje. Y ap fè sa pou yo kenbe INR w la nan entèval objektif ou a. Li nòmal pou dòz la chanje avèk letan.

Kilè pou m pran warfarin mwen an? Pran warfarin nan egzateman jan doktè w oswa manadjè warfarin ou an di w pou w pran l lan. Pran l menm lè a chak jou. Pifò moun pran warfarin yo aswè.

Sa k ap pase si m bliye pran warfarin nan? • Si w bliye pran warfarin ou an epi se pita nan jounen ou sonje

sa, pran l menm lè ou sonje sa a.

• Si w bliye pran warfarin ou an epi se nan demen ou sonje sa, pa pran dòz jou ou te bliye a. Se sèlman dòz regilyè pou jounen jodi a pou w pran epi rele mandjè warfarin ou an.

Sonje-- pa janm double dòz la si w te rate youn!

Yo Fè Tès INR yo pou Sekirite W. • Lè w pran yon kantite warfarin ki twò piti sa ka

lakoz INR w ba epi ogmante chans pou yon boul fòme nan san w.

• Lè w pran twòp warfarin, sa ka lakoz INR wo epi ogmante chans pou w senyen.

Ki kantite warfarin m bezwen pran?

■■■

8

Page 11: Yon Gid pou Pran Warfarin - Massachusetts General …...Warfarin, Coumadin®, ak Jantoven® se menm medikaman an. Warfarin se yon medikaman yo rele kèkfwa yon “antikoagilan” oswa

Pran WarfarinKisa warfarin nan sanble ? Chak dòz grenn warfarin nan gen yon koulè diferan. Grenn ou yo ka won oswa oval. Si grenn ou yo chanje fòm oswa koulè, rele doktè w la, manadjè warfarin ou an oswa famasyen w lan. Pa janm chanje dòz warfarin nan san w pa pale ak manadjè warfarin ou an dabò.

■■■

9

Echantiyon warfarin jenerik (Barr Pharmaceuticals, Inc.)

1 mg 2 mg 2.5 mg 3 mg 4 mg 5 mg 6 mg 7.5 mg 10 mg

Echantiyon Jantoven®

1 mg 2 mg 2.5 mg 3 mg 4 mg 5 mg 6 mg 7.5 mg 10 mg

Echantiyon Coumadin®

1 mg 2 mg 2.5 mg 3 mg 4 mg 5 mg 6 mg 7.5 mg 10 mg

Echantiyon warfarin jenerik (Taro Pharmaceutical Industries)

1 mg 2 mg 2.5 mg 3 mg 4 mg 5 mg 6 mg 7.5 mg 10 mg

Page 12: Yon Gid pou Pran Warfarin - Massachusetts General …...Warfarin, Coumadin®, ak Jantoven® se menm medikaman an. Warfarin se yon medikaman yo rele kèkfwa yon “antikoagilan” oswa

Pran Warfarin Efè Segondè yo

Tanpri fè doktè w oswa manadjè warfarin ou an konnen imedyatman si w gen nenpòt nan efè segondè sa yo!

� Sèyman ki pran plis pase 10 minit pou l rete

� Jansiv ou ap senyen

� Kò kòche plis pase dabitid

� Yon règ kote w bay plis san pase kantite nòmal la

� Nen senyen

� Reyaksyon alèjik tankou chofi oswa gratèl

Efè segondè sa yo posib tou men yo ra :

� Bouton sou po

� Cheve kase

� Zòtèy fè mal epi yo vin koulè mov oswa nwa

■■■

10

Page 13: Yon Gid pou Pran Warfarin - Massachusetts General …...Warfarin, Coumadin®, ak Jantoven® se menm medikaman an. Warfarin se yon medikaman yo rele kèkfwa yon “antikoagilan” oswa

Pran WarfarinSiy Danje yo

Rele 911 imedyatman si w gen nenpòt nan bagay sa yo ki anba a:

& Doulè nan kòf lestomak ou oswa yon malèz k al nan bra w, do w, kou w oswa machwa w .

& Pwoblèm pou respire.

& Langaj ou pa klè

& Gwo maltèt, konfizyon, feblès oswa angoudisman

& Touse yon pakèt san wouj vif

& Vomi san ki ka gen koulè wouj vif oswa ki sanble tankou kafe moulen

& Sèyman ou pa ka rete

& Tonbe oswa pran chòk nan tèt

TOUJOU RELE 911 POU IJANS

Rele doktè oswa manadjè warfarin ou an pou lòt pwoblèm tankou :

& San wouj vif nan poupou w

& Poupou nwa oswa ki sanble ak goudwon

& Plak ki parèt poukont li epi ki vin pi gwo

& San nan pipi w ki ka gen koulè wouj, woz oswa mawon

& Yon kote nan kò w vin tou wouj oswa cho ; sa ki ka vle di yon boul san ap fòme

■■■

11

Page 14: Yon Gid pou Pran Warfarin - Massachusetts General …...Warfarin, Coumadin®, ak Jantoven® se menm medikaman an. Warfarin se yon medikaman yo rele kèkfwa yon “antikoagilan” oswa

Mòd Lavi Chanjman nan mòd lavi w ka afekte INR w. Li enpòtan pou w fè doktè w oswa manadjè warfarin ou an konnen nenpòt chanjman w fè tankou:

• Si nenpòt moun tankou yon dantis, yon doktè oswa yon chirijyen te di w pou w sispann pran warfarin nan

• Si w te pran kèk gwo so oswa chòk sitou nan tèt

• Si w vin genyen yon nouvo pwoblèm lasante oswa ou t al entène nan lopital

• Si w te malad pou plis pase 48 èdtan

• Si w bwè 2 oswa plis vè bwason alkolize chak jou

• Si w fè chanjman nan aktivite ou konn fè chak jou oswa nan woutin egzèsis ou

• Si w fè plan pou w vwayaje pou plis pase 2 semèn oswa w planifye yon vwayaj k ap lakoz ou rate yon tès INR

• Si w ansent, w ap panse pou w vin ansent oswa w ap bay bebe tete.

Kèk Ti Konsèy pou Lè W Ap Vwayaje

• Pote medikaman w avè w tout tan• Pa mete medikaman nan malèt ki pap

nan men w yo• Pa kite medikaman w nan machin nan• Chache konnen si w ap bezwen fè plan

pou w fè tès san INR pandan vwayaj la

■■■

12

Page 15: Yon Gid pou Pran Warfarin - Massachusetts General …...Warfarin, Coumadin®, ak Jantoven® se menm medikaman an. Warfarin se yon medikaman yo rele kèkfwa yon “antikoagilan” oswa

Medikaman ak Sipleman yoToujou di nenpòt moun ki ap ba w NENPÒT nouvo preskripsyon w ap pran warfarin! Toujou tcheke ak manadjè warfarin ou an anvan w pran nenpòt medikaman san preskripsyon oswa sipleman nitritif. Anpil medikaman ak sipleman gen efè sou warfarin nan. Men kèk egzanp:

Medikaman Yo Preskri• Amiodarone • Antibyotik (tout kalite)• Chimyoterapi • Clopidogrel (Plavix®)

Medikaman Moun Achte San Preskripsyon• Acetaminophen (Tylenol®) • Aspirin• Ibuprofen (Motrin®, Advil®,

Nuprin®)• Naproxen (Aleve®)• Cimetidine (Tagamet®)

• Ranitidine (Zantac®)

Sipleman Miltivitamin• Miltivitamin yo ki gen plis pase 25 mcg vitamin K

Sipleman Nitritif yo ak Remèd Fèy yo• Tout sipleman vitamin K • Ensure®

• Boost® • Ginkgo• Lwil Pwason (Fish Oil) • Lwil Grenn Len• Co-enzyme Q-10 • (Flaxseed Oil)

Tanpri mete warfarin ak tout medikaman kote timoun pa ka jwenn yo!

■■■

13

Page 16: Yon Gid pou Pran Warfarin - Massachusetts General …...Warfarin, Coumadin®, ak Jantoven® se menm medikaman an. Warfarin se yon medikaman yo rele kèkfwa yon “antikoagilan” oswa

Rejim ou e Vitamin K Vitamin K enpòtan nan yon rejim ki bon pou lasante. Warfarin aji kont vitamin K, kidonk li enpòtan pou w konnen ki kantite vitamin K ki nan manje w ap manje yo. Chanjman nan kantite vitamin K ou manje ka chanje kantite warfarin ou bezwen pran an.

Reyalite Enpòtan Ou ka manje manje ki gen vitamin K pandan w ap pran warfarin nan, men ou dwe manje menm kantite vitamin K chak jou. Prete atansyon a gwosè pòsyon ak kantite w ap manje yo pou w konnen ki kantite vitamin K w ap manje.

• Yo mezire vitamin K an mikwogram Yo ekri mikwogram an abreje kòm mcg.

• Ou pa bezwen konte manje ki gen pi piti pase 25 mcg vitamin K

Vitamin K ak INR

Plis Gen Vitamin K INR la ap Pi BA

■■■

14

Sonje! Manje menm kantite vitamin K chak jou. Prete atansyon a gwosè pòsyon ak kantite w ap manje yo pou w konnen ki kantite vitamin K w ap manje.

Referans paj 15. US Department of Agriculture, Agricultural Research Service. 2010. USDA National Nutrient Database for Standard Reference, Release 23. Nutrient Data Laboratory Home Page, www.ars.usda.gov/ba/bhnrc/ndl

Page 17: Yon Gid pou Pran Warfarin - Massachusetts General …...Warfarin, Coumadin®, ak Jantoven® se menm medikaman an. Warfarin se yon medikaman yo rele kèkfwa yon “antikoagilan” oswa

■■■

15

Kantite Vitamin K Ki nan Manje yo Lis la fèt pa gwoup

ANPIL ANPIL (plis pase 500 mcg/pòsyon) Pòsyon mcg/PòsyonFèy bètrav, kwit 1 tas 697Chou Briksèl, jele, kwit 1 tas 300Kolad, jele, kwit 1 tas 1059Fèy pisanli, kwit 1 tas 579Kale, kwit 1 tas 1062Fèy moutad, kwit 1 tas 419Zepina, jele, kwit 1 tas 1027Fèy navè, kwit 1 tas 529ANPIL (200-250mcg nan chak pòsyon) Pòsyon mcg/PòsyonBwokoli 1 tas 220Zonyon, jechalòt, kri 1 tas 207MWAYEN (25-199 mcg nan chak pòsyon) Pòsyon mcg/PòsyonAticho, kwit 1 tas 25Aspèj 1 tas 144Blackberries, kri 1 tas 29Blueberries (bleyè), kri 1 tas 28Bwokoli, kri 1 tas 89Chou, kwit 1 tas 163Chou, kri 1 tas 53Seleri, kwit 1/2 tas 28Konkonb, kri, avèk po a 1 gwo 49Endive, kri 1 tas 115Pwa frans, nan mamit 1 tas 53Kiwi, kri 1 mwayèn 30Leti iceberg 1/4 tèt 32Leti, Women 1 tas 57Pwa mung, kri 1 tas 34Espageti (Noodles) ki gen ze ak zepina 1 tas 161Kalalou, jele, kwit 1 tas 88Pèsi, kri 10 branch 164Ti pwa 1 tas 48Pickles 1 pickle 25Prin, mi 5 prin 65Joumou, nan mamit 1 tas 39Rhubarb, kwit 1 tas 50Pwa soya, kwit 1 tas 33Sòs espageti, tou pare pou manje 1 tas 35Zepina, kri 1 tas 145Pwason ton, leje, nan mamit ki gen lwil 3 ons 37Legim melanje, jele, kwit 1 tas 43

Page 18: Yon Gid pou Pran Warfarin - Massachusetts General …...Warfarin, Coumadin®, ak Jantoven® se menm medikaman an. Warfarin se yon medikaman yo rele kèkfwa yon “antikoagilan” oswa

Referans Itil ak Lyen Sit Entènèt

� Agency for Healthcare Research and Quality (Ajans pou Rechèch ak Kalite Swen Lasante): Your Guide to Taking Coumadin®/Warfarin Therapy (Gid Ou Pou W Fè Terapi Coumadin®/Warfarin)

www.ahrq.gov/consumer/coumadin.htm

� The Coalition to Prevent Deep-Vein Thrombosis (Koalisyon pou Prevni Twonboz Pwofon nan Venn)

www.preventdvt.org

� Clot Care Online Resources (Resous nan Entènèt sou Swen pou San Fè Boul)

www.clotcare.com

� Information on Medical Alert Bracelets, Watches, and Necklaces (Enfòmasyon sou Braslè, Mont ak Chenn Alèt Medical)

www.medicalert.org/home/Homegradient.aspx www.americanmedical-id.com www.laurenshope.com

� The North American Thrombis Forum (Fowòm Nò-Ameriken sou Twonboz)

www.natfonline.org

� The National Blood Clot Alliance (Alyans Nasyonal pou San Fè Boul)

www.stoptheclot.org

� National Institutes of Health (Enstiti Nasyonal Lasante yo) www.ods.od.nih.gov/factsheets/cc/coumadin1.pdf

� Point-of-Care Self-Testing Devices for Patients (Machin Point-of-Care pou Pasyan yo Teste Poukont yo)

www.hemosense.com/patient/pst.shtml www.poc.roche.com/coaguchek/home.do www.itcmed.com

■■■

16

■■■

16

Page 19: Yon Gid pou Pran Warfarin - Massachusetts General …...Warfarin, Coumadin®, ak Jantoven® se menm medikaman an. Warfarin se yon medikaman yo rele kèkfwa yon “antikoagilan” oswa

Tanpri Ede NSi w gen nenpòt kòmantè oswa sijesyon sou kijan nou ka amelyore ti liv sa a, tanpri voye yon lèt elektwonik ba nou nan:[email protected].

Otè yoMen moun yo ki te ekri liv sa a: Cheryl Silva, PharmD (BWH) • Karen Fiumara, PharmD (BWH) • Allen Kachalia, MD, JD (BWH)

Mèsi!Pou ekpètiz klinik, nou ta renmen remèsye: Jean M Connors, MD (BWH) • Samuel Z Goldhaber, MD (BWH)

Pou kontribisyon enpòtan, nou ta renmen remèsye: Kristen Almechatt, BFA (BWH) • Julie Kim Atay, Pharm D (BWH) • Catherine Block, RN, MS (NWH) • Gail Carey RN, CACP (Emerson) • Katherine L Cazeault, RN (BWH) • Lisa A Cole, RN, MS, (NSMC) • Christopher Coley, MD (MGH) • Erin Cox, MS, ACNS-BS, CCRN (MGH) • Heather D Dell’Orfano, PharmD (BWH) • Joseph L Dorsey, MD, (MPH) • Abbie Erickson, PharmD (BWH) • Ann Furey, RN, MBA (BWH) • Elizabeth Heiman, MSN (NWH) • Nancy Hiltz, (NWH) • Andrew Karson, MD (MGH) • Mary Anne M Kenyon, RN, MPH, MS (BWH) • Alexandra Koffman, RN (FLKN) • Stephanie A Labonville, PharmD (BWH) • Guerly LaRoche, RN (BWH) • Jennifer Lenoci-Edwards, RN, MPH, BSN (Patient Safety) • Martha M Lynch, MS, RD, LDN, CNSD (MGH) • Laura MacDonald, BSN, MSN, ACNP (BWH) • Patricia C McCarthy, PA, MHA (MGH) • Elyse Mandell, NP (DFCI) • Carol Marchetta, RN (NWH) • Kathy D McManus, MS, RD (BWH) • Thalia Metalides • Kristin Munz, PharmD (BWH) • Kathleen Moriarty, MEd (BWH) • Lynn Oertel, MS, ANP, CACP (MGH) • Erin Oliver, PA-C (BWH) • Denise Petrone-Ober, RN (NWH) • Taryn Pittman, MSN, RN-BC (MGH) • Christine Rioux, MPA (BWH) • Molly Rizzo, RN (NWH) • Betty Rowe, RN (DFCI) • Dena Salzberg • Jeremiah Schuur, MD (BWH)

■■■

17

■■■

17

Page 20: Yon Gid pou Pran Warfarin - Massachusetts General …...Warfarin, Coumadin®, ak Jantoven® se menm medikaman an. Warfarin se yon medikaman yo rele kèkfwa yon “antikoagilan” oswa

Rapèl Sekirite yo � Siveye siy sèyman oswa san fè boul. Fè doktè w oswa manadjè warfarin ou an konn sa imedyatman si w gen nenpòt siy.

� Pran warfarin nan ekzateman jan manadjè warfarin ou an te di w la.

� Al nan tout randevou pou tès san w yo.

� Fè manadjè warfarin ou an konnen nenpòt medikaman w ap pran oswa si w kòmanse oswa sispann pran nenpòt lòt medikaman.

� Fè manadjè warfarin ou an konnen nenpòt chanjman nan lasante w tankou:

• Maladi• Randevou doktè an ijans• Entène nan lopital• Si w ap panse pou w vin ansent, si w ansent

oswa w ap bay bebe tete

� Fè manadjè warfarin ou an konnen lè gen chanjman nan woutin chak jou w yo tankou nan rejim ou, aktivite w ak ki kantite alkòl ou bwè.

� Fè tout moun k ap ba w swen medikal oswa dantè konnen w ap pran warfarin.

� Toujou pote kat idantifikasyon alèt medikal warfarin ou sou ou oswa achte yon braslè idantifikasyon warfarin.

■■■

©Partners 8/11 SR# 0700586 (HAITIAN CREOLE)